Jen
Lendi 1ye jen
Paske, ou bon e w dispoze padone, o Jewova. — Sòm 86:5.
Nou deja jwenn byenfè grasa sakrifis ranson Kris la. Pa egzanp, sou baz ranson an, Jewova padone peche nou. Jewova pa oblije padone nou. Men, li vle fè sa (Sòm 103:3, 10-13). Gen moun ki ka santi yo pa merite pou Jewova padone yo. An reyalite, pa gen youn nan nou ki merite jwenn padon. Apot Pòl te konprann li “pa merite pou yo rele [l] apot, paske [l] te konn pèsekite kongregasyon Bondye a”. Epoutan, men sa l te ajoute: “Grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a.” (1 Kor. 15:9, 10). Lè nou repanti pou peche nou yo, Jewova padone nou. Poukisa? Se pa paske nou merite sa, men, se paske li renmen nou. Si w santi w tris paske w panse ou pa merite pou Jewova padone w, sonje Jewova pa t bay ranson an pou moun ki san peche, men l te bay li pou moun ki peche e ki repanti. — Lik 5:32; 1 Timote 1:15. w25.01 26-27 § 3-4.
Madi 2 jen
Lè yon moun bon moun, se tèt li l fè byen, men, moun ki mechan an rale malè sou tèt li. — Pwo. 11:17.
Nou pa ka gen kontwòl sou sa lòt moun ap di n oswa fè n, men nou ka chèche gen kontwòl sou fason n ap reyaji. E souvan, sa ki pi bon pou n fè se padone. Poukisa? Paske nou renmen Jewova e li vle nou padone. Si nou ret fache e nou pa padone, nou ka aji san reflechi, e sa ka gen efè sou sante n (Pwo. 14:17, 29, 30). Lè n pa ret fache, nou pa kite lahèn anvayi kè n. Epitou, nou fè tèt nou yon kado: nou sispann panse ak sa k te pase a e nou vin gen kè kontan nan lavi n ankò. Ki sa w ka fè pou w sispann santi w fache? Youn nan bagay ou kapab fè, se bay tèt ou tan pou w geri. Lè yon moun ki te blese grav fin resevwa swen, li bezwen tan pou l geri. Menm jan an tou, sa ka pran tan pou n santi n pare pou n padone yon moun ak tout kè n (Ekl. 3:3; 1 Pyè 1:22). Priye Jewova pou w mande l ede w padone lòt moun. w25.02 16-17 § 8-11.
Mèkredi 3 jen
Gwo manje se pou moun ki gen matirite. — Ebre 5:14.
Pami ansèyman sa yo, gen repantans, lafwa, batèm ak rezirèksyon (Ebre 6:1, 2). Ansèyman sa yo se kèk nan ansèyman tout kretyen kwè ladan yo. Se pou rezon sa a, apot Pyè te pale de yo lè l t ap preche foul moun ki te reyini nan fèt Pannkòt la (Tra. 2:32-35, 38). Nou dwe aksepte ansèyman de baz sa yo pou nou vin yon disip Kris. Pa egzanp, apot Pòl te fè konnen si nou pa kwè nan rezirèksyon, nou pa ka di nou se yon disip Kris (1 Kor. 15:12-14). Sepandan, pou nou vin gen matirite, nou pa dwe aprann verite de baz yo sèlman. Kontrèman ak doktrin de baz yo, gwo manje gen ladan l nonsèlman lwa Jewova yo, men tou prensip li yo ki ede n konprann fason l panse. Pou nou jwenn byenfè nan kalite manje sa a, nou dwe etidye Pawòl Bondye a, medite sou sa nou aprann, e fè efò pou n byen aplike yo. Lè n fè sa, nou vin konn ki jan pou n pran desizyon k ap fè Jewova plezi. w24.04 5 § 12-13.
Jedi 4 jen
Moun Niniv yo ap leve lè jijman an. — Mat. 12:41.
Bondye te oblije fè Jonas sonje moun Niniv yo “pa [t] menm konn sa ki byen ak sa ki mal”. (Jon. 1:1, 2; 3:10; 4:9-11.) Annapre, Jezi te sèvi ak egzanp sa a pou montre Jewova gen jistis ak mizèrikòd. Lè Jezi te di moun Niniv yo ap “leve lè jijman an”, ki sa l te vle di? Jezi te fè konnen ap gen moun k ap “resisite pou jijman”. (Jan 5:29.) Li t ap pale konsènan Rèy mil an an, kote “ni [...] moun ki jis ni [...] moun ki enjis” ap resisite (Tra. 24:15). Moun ki enjis yo pral “resisite pou jijman”. Sa vle di, lè moun sa yo resisite, Jewova ak Jezi pral gade pou yo wè si y ap obeyi e si y ap aplike sa y ap aprann yo. Apre yon moun Niniv fin resisite, si l refize adore Jewova, Li pap kite l kontinye viv (Eza. 65:20). Men, tout moun ki chwazi adore Jewova fidèlman ap gen posiblite viv pou toutan! — Dàn. 12:2. w24.05 5 § 13-14.
Vandredi 5 jen
Se moun ki pèdi yo Pitit lòm nan vin chèche, se yo l vin sove. — Lik 19:10.
Jezi te montre aklè ki jan Papa l gen mizèrikòd (Jan 14:9). Ni nan pawòl li, ni nan aksyon l, li te montre ki jan Papa l ki gen konpasyon e ki gen mizèrikòd renmen moun e li vle ede chak moun sa yo pou yo pote laviktwa sou peche. Jezi te ede moun ki peche pou yo gen dezi pou yo chanje fason y ap aji e pou yo suiv li (Lik 5:27, 28). Jezi te konnen ki sa k t ap tann li. Pandan plizyè fwa, li te di disip li yo gen moun ki t ap trayi l e yo t ap touye l sou yon poto (Mat. 17:22; 20:18, 19). Li te konnen sakrifis li t ap fè a t ap elimine peche nan monn nan. Mete sou sa, Jezi te fè konnen lè l fin bay lavi l kòm sakrifis, li t ap “rale tout kalite moun” vin jwenn li (Jan 12:32). Lèzòm t ap kapab fè Jewova plezi lè yo aksepte Jezi antanke Seyè yo e lè yo imite l. Si yo ta fè sa, yo t ap rive “libere anba peche”. (Wom. 6:14, 18, 22; Jan 8:32.) Se sa k fè, avèk kouraj, Jezi te aksepte mouri fason terib sa a. — Jan 10:17, 18. w24.08 5 § 11-12.
Samdi 6 jen
Fòk yo preche bon nouvèl la anvan nan tout nasyon. — Mak 13:10.
Reflechi sou jan w te santi w lè w te fèk aprann verite ki nan Pawòl Bondye a. Ou te aprann Papa w ki nan syèl la renmen w, li vle w vin fè pati moun k ap adore l yo, li pwomèt li pral retire doulè ak soufrans, ou te aprann ou kapab gen espwa pou w wè moun ou renmen yo retounen viv ankò nan yon monn nouvo, san wete anpil lòt verite (Mak 10:29, 30; Jan 5:28, 29; Wom. 8:38, 39; Rev. 21:3, 4). Verite sa yo te ba w anpil kè kontan (Lik 24:32)! Ou te renmen sa w t ap aprann yo e w pa t ka kenbe bèl verite sa yo pou ou! (Konpare ak Jeremi 20:9). Lè nou vin renmen verite ki nan Bib la, nou pa ka rete san n pa pale (Lik 6:45). Nou santi nou menm jan ak disip Jezi yo nan premye syèk la ki te di: “Nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo.” (Tra. 4:20). Nou tèlman renmen laverite nou vle pataje l ak plis moun posib! w24.05 15 § 5; 16 § 7.
Dimanch 7 jen
Sèvi Jewova ak kè kontan. — Sòm 100:2.
Antanke pèp Jewova, nou preche lòt moun paske nou renmen Papa nou ki nan syèl la e nou vle ede yo vin konnen l. Men gen pwoklamatè ki twouve l difisil pou yo pran plezi nan preche. Sa k fè sa? Gen nan yo ki ka timid anpil oswa ki ka santi yo manke konfyans nan tèt yo. Genyen ki santi yo pa alèz pou y al lakay moun san yo pa envite yo. Genyen ki ka pè pou moun pa fè yo malonèt. Gen nan yo, petèt paran yo te aprann yo pou yo evite fè diskisyon ak moun. Frè ak sè sa yo twouve l difisil pou yo pataje bon nouvèl la ak moun yo pa konnen. Èske pafwa w konn gen santiman sa yo e sa fè l difisil pou w gen kè kontan nan travay fè disip la? Si w konn santi w konsa, pa dekouraje. Santiman sa yo ka montre w gen imilite, ou pa vle atire atansyon sou tèt ou e w pa ta renmen nan diskisyon ak moun. E pa gen moun ki ta renmen yo fè yo malonèt, sitou si se byen y ap chèche fè pou lòt moun. Papa w ki nan syèl la byen konnen difikilte w jwenn e li vle ede w. — Eza. 41:13. w24.04 14 § 1-2.
Lendi 8 jen
Se moun ki konn limit yo ki gen sajès. — Pwo. 11:2.
Lè w ap li Bib la, olye w chèche aplike tout sa w li yo yon sèl kou, ou bezwen chèche gen yon seri objektif ki rezonab. Ou ka eseye suiv konsèy ki vin annapre a: Fè yon lis ki gen ladan l yon seri bagay ou bezwen amelyore, chwazi youn oswa de ladan yo pou kòmanse epi kite lòt yo pou apre. Ak ki sa w ta dwe kòmanse? Ou ka deside kòmanse ak yon objektif ki pi fasil pou w reyalize. Oswa ou ka chwazi travay sou yon aspè ou santi w plis bezwen amelyore. Yon fwa ou konn ki objektif ou ta renmen reyalize, fè rechèch nan piblikasyon nou yo. Priye Jewova sou objektif ou genyen an, mande l pou l ba w “volonte [ak] fòs pou [w] aji”. (Flp. 2:13.) Apre sa, fè efò pou w aplike sa w aprann yo. Lè w kòmanse reyalize premye objektif ou genyen an, petèt sa ap ankouraje w plis pou w travay sou yon lòt. Lè w wè ou rive fè yon chanjman oswa ou amelyore yon kalite w genyen antanke kretyen, sa ka ankouraje w kontinye fè chanjman e l ap vin pi fasil pou w fè lòt chanjman yo. w24.09 6 § 13-14.
Madi 9 jen
Nou montre nou pwòp tout jan nan zafè sa a. — 2 Kor. 7:11.
Petèt ou ka dekouraje akoz move aksyon ou te fè ki te lakòz lòt moun soufri. Ki sa w ka fè? Fè tout sa w kapab pou repare sa k te pase a, sa gen ladan l mande padon ak tout kè w. Mande Jewova pou l ede moun ki te sibi move aksyon w te fè yo. Jewova kapab ede ni ou menm ni moun ou te fè soufri yo pou n kontinye sèvi l e pou n gen lapè ankò. Aprann nan erè w te fè lontan yo, epi kite Jewova sèvi avè w kèlkeswa fason li chwazi a. Ann pran egzanp pwofèt Jonas. Olye li te vwayaje al Niniv jan Bondye te mande l la, li te kouri al nan yon lòt direksyon. Jewova te disipline Jonas e li te aprann nan erè l te fè a (Jon. 1:1-4, 15-17; 2:7-10). Jewova pa t dekouraje ak Jonas. Bondye te ba l yon lòt posiblite pou l t al Niniv, e li te obeyi lapoula. Jonas pa t kite remò l te genyen akoz erè l te fè a anpeche l aksepte misyon Jewova te ba li a. — Jon. 3:1-3. w24.10 8-9 § 10-11.
Mèkredi 10 jen
Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase, dekwa pou Jewova li menm fè tan soulajman an rive. — Tra. 3:19.
Jewova pa annik elimine dèt nou yo oswa peche nou yo, li efase yo. Lè yo elimine yon dèt, se kòmsi yo fè yon gwo kwa sou chif ki ekri a. Sepandan, moun ka toujou wè chif ki ekri a anba kwa yo fè sou li a. Men, se pa menm bagay si yo efase l. Pou n konprann konparezon sa a, nou bezwen sonje nan tan lontan yo te konn sèvi ak lank ki te fèt ak chabon yo te konn melanje ak gonm ak dlo. Yon moun te ka sèvi ak yon eponj mouye pou l efase sa ki te ekri a. Donk, lè yo te “efase” yon dèt, li te disparèt nèt. Yon moun k ap gade pa t ap ka wè tras sa ki te ekri a. Se kòmsi l pa t janm egziste. Lefètke nou konnen Jewova pa sèlman elimine peche nou yo, men li efase yo nèt, sa vrèman touche kè nou! — Sòm 51:9. w25.02 10 § 11.
Jedi 11 jen
Pinga w fache epi w al lage kò w nan fè sa ki mal. — Sòm 37:8.
Lè lòt moun mal jije nou oswa yo mal aji avè n, nou gen konfyans Jewova byen konn sitiyasyon an. Lè n gen konfyans nan Jewova, sa kapab ede n andire lè yo mal aji avè n, paske nou konnen rive yon lè Jewova pral korije bagay yo. Si nou fè Jewova konfyans e nou tann li pou l rezoud pwoblèm yo, nou pap ret an kòlè oswa nou pap rayi moun. Lè nou ret an kòlè sa kapab fè nou mal aji, nou kapab pèdi jwa nou, e n ka pèdi relasyon nou ak Jewova. Nòmalman, nou pap janm ka suiv egzanp Jezi yon fason ki pafè. Pafwa, nou ka fè oswa di yon seri bagay nou regrèt annapre (Jak 3:2). Gen kèk enjistis yo fè nou ki ka fè n soufri e ki ka fè n gen pwoblèm pandan tout rès vi nou. Si w nan yon sitiyasyon konsa, ou mèt gen asirans Jewova konnen sa w ap andire. Epi, Jezi konnen jan w santi w, paske li menm tou yo te fè l enjistis (Ebre 4:15, 16). Se pa ti kontan nou kontan dèske Jewova ban nou bonjan konsèy k ap ede n fè fas ak enjistis. w24.11 6 § 12-13.
Vandredi 12 jen
Pou n fè travay Bondye a, se pou nou demontre nou gen lafwa nan moun Li voye a. — Jan 6:29.
Yo te bezwen demontre yo gen lafwa nan Jezi pou yo te ka “gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16-18, 36. Jan 17:3.) Anpil Juif pa t panse yo te dwe met lafwa yo nan Jezi. Men sa yo te mande l: “Ki mirak w ap fè nou wè pou nou ka kwè nan ou?” (Jan 6:30). Yo te fè konnen zansèt yo nan epòk Moyiz la te resevwa lamàn pou yo manje, e se sa yo te manje chak jou (Ney. 9:15; Jan 6:31; Sòm 78:24, 25). Sa klè, lide yo te toujou sou pen. Lè Jezi te vin ap pale konsènan “bonjan pen ki sot nan syèl la”, ki t ap pèmèt yo gen lavi ki pap janm fini an, alòske lamàn pa t ka fè sa, yo pa t menm mande l sa l te vle di (Jan 6:32). Lide yo te tèlman sou manje, yo pa t menm koute sa Jezi t ap eseye di yo anrapò ak sa pou yo fè pou yo gen lavi ki pap janm fini an. w24.12 5-6 § 10-11.
Samdi 13 jen
Moun ki fè tout bagay se Bondye. — Ebre 3:4.
Pandan pitit ou ap suiv kou syans nan lekòl, li ka aprann yon seri lòt fòm nou jwenn toupatou nan lanati. Pa egzanp, pifò pyebwa gen yon fason yo fèt. Gen gwo branch ki pouse nan kò pyebwa a, apre sa gen ti branch yo, epi vin gen branch ki pi piti. Yo rele fòm sa a fraktal. Nou jwenn fòm fraktal yo tou nan lòt bagay nan lanati. Men, kiyès ki tabli lwa ki fè gen tout bèl fòm sa yo? Kiyès ki fè gen lòd ak bèl fòm nou wè nan lanati yo? Plis pitit ou reflechi sou kesyon sa yo, se plis l ap ka kwè toutbon se Bondye ki kreye tout bagay. Rive yon lè, ou ka mande pitit ou: “Si Bondye kreye nou, èske w pa panse li pi byen konnen fason nou dwe aji pou n ka gen kè kontan?” Lè sa a, ou ka esplike l Bondye ban nou Bib la pou montre n fason n ka gen kè kontan. w24.12 16 § 8.
Dimanch 14 jen
Yo rapòte gen imoralite seksyèl pami nou, e yon imoralite konsa pa menm egziste pami nasyon yo: Gen yon mesye ki ak madanm papa l. — 1 Kor. 5:1.
Bondye te enspire apot Pòl ekri yon lèt pou fè konnen yo te dwe retire yon mesye ki te peche e ki pa t repanti nan kongregasyon an (1 Kor. 5:13). Ki jan kretyen ki fidèl yo te dwe aji avè l? Pòl te di yo pou yo “sispann frekante” l. Sa sa vle di? Pòl esplike sa gen ladan l pou yo “pa menm manje ak yon moun konsa”. (1 Kor. 5:11.) Chita manje ak yon moun fè l fasil pou gen bèl konvèsasyon avè l. Donk, li klè, Pòl te vle di pou kongregasyon an pa pase tan ki pa nesesè avèk mesye sa a. Sa t ap pwoteje kongregasyon an kont move enfliyans li ta ka gen sou yo (1 Kor. 5:5-7). Anplis de sa, sa t ap ede mesye a wè nan ki pwen sa l te fè a te fè Jewova mal, sa ki t ap fè l santi l wont e ki t ap pouse l repanti. w24.08 15 § 4-5.
Lendi 15 jen
Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li. — Jan 3:16.
Ann Izrayèl, yo te konn selebre Jou pirifikasyon an chak ane. Nan jou sa a, gran prèt la te konn ofri sakrifis bèt pou pèp la. Nòmalman, sakrifis bèt yo pa t ka kouvri peche Izrayelit yo nèt paske bèt gen mwens enpòtans pase moun. Men, depi Izrayelit ki te repanti yo te ofri Jewova sakrifis li te mande a, li te dispoze padone peche yo (Ebre 10:1-4). Dispozisyon sa a te raple yo nan ki eta yo te ye antanke pechè. Men, ki sa Jewova te fè pou lèzòm te ka jwenn padon pou peche yo? Li te pran dispozisyon pou Pitit Gason l lan li renmen anpil “te ofri tèt li yon sèl fwa pou l pote peche anpil moun”. (Ebre 9:28.) Jezi te bay “lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. — Mat. 20:28. w25.02 4 § 9-10.
Madi 16 jen
Kontinye veye e kontinye priye pou nou pa tonbe nan tantasyon. — Mat. 26:41.
“Se vre, lespri a byen dispoze, men chè a fèb.” (Mat. 26:41b). Lè Jezi te di pawòl sa yo li te montre li konprann nou enpafè e n ap fè erè. Men, pawòl li te di yo gen yon avètisman tou: Nou bezwen veye pou n pa twò kwè nan tèt nou. Kèk èdtan anvan Jezi te di pawòl sa yo jou swa sa a, disip li yo te pwomèt yo pa t ap janm abandone l (Mat. 26:35). Yo te sensè lè yo te di sa. Men yo pa t rann yo kont jis nan ki pwen yo te ka pran nan presyon nan yon batje. Se sa k fè Jezi te avèti yo lè l te di yo pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an. Malerezman, disip Jezi yo pa t kontinye veye. Lè yo te arete Jezi, èske yo te kanpe ansanm avè l oswa yo te vin pè e yo te kouri? Piske disip yo pa t kontinye veye, yo te fè egzakteman sa yo te di yo pa t ap janm fè a: yo te abandone Jezi. — Mat. 26:56. w24.07 14 § 1-2.
Mèkredi 17 jen
Nou te vin rekonsilye avè l grasa lanmò Pitit li a. — Wom. 5:10.
Adan ak Èv te pèdi bèl relasyon yo te gen ak Jewova, Papa yo a. Okòmansman, Adan ak Èv te fè pati fanmi Bondye (Lik 3:38). Men, lè yo te dezobeyi Jewova, li te mete yo deyò nan fanmi sa a anvan yo te kòmanse fè pitit (Jen. 3:23, 24; 4:1). Donk, antanke desandan yo, nou bezwen rekonsilye ak Jewova (Wom. 5:10, 11). Sa vle di, nou bezwen chèche gen bon relasyon avè l. Selon yon liv referans, mo grèk lè yo tradui l yo mete “rekonsilye” pou li a kapab vle di “vin zanmi yon moun ou te ènmi avè l”. Sa vrèman estrawòdinè dèske Jewova te pran dispozisyon pou fè sa vin posib! Ki jan l te fè sa? Pa mwayen dispozisyon Jewova pran ki pèmèt lèzòm ki eritye peche vin gen bon relasyon avè l. Li te fè yon fason pou l bay yon bagay ki gen menm valè ak sa Adan te pèdi a, yon bagay ki te kapab ranplase sa Adan te pèdi a. w25.02 3-4 § 7-8.
Jedi 18 jen
Tristès ki ann akò ak volonte Bondye […] fè nou repanti pou nou ka sove. — 2 Kor. 7:10.
Apot Pòl te di: “Reprimann sa a pifò moun te bay la kont pou mesye sa a.” (2 Kor. 2:5-8). Donk, disiplin nan te ede frè a ki te gen relasyon seksyèl ak bèlmè l toutbon (1 Kor. 5:1). Nan ki sans? Li te ede l repanti (Ebre 12:11). Pòl te di kongregasyon an pou yo “dispoze padone” frè yo a, pou yo “konsole l” e pou yo “fè l santi [yo] renmen l”. Pòl pa t vle pou kongregasyon an jis kite mesye a retounen pami pèp Jewova a. Li te vle yo ba l asirans yo padone l toutbon e yo renmen l, kit se nan pawòl yo, kit se nan aksyon yo. Konsa, yo t ap montre aklè yo te kontan li retounen nan kongregasyon an. w24.08 15 § 4; 16-17 § 6-8.
Vandredi 19 jen
Yo te dezonore nou an piblik e yo te lage nou nan tribilasyon. — Ebre 10:33.
Apot Pòl te byen konnen sa yo te bezwen fè pou yo andire. Li te fè kretyen sa yo sonje yo pa dwe konte sou tèt yo lè yo jwenn eprèv, men yo bezwen konte sou Jewova. Pòl te kapab di avèk kouraj: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.” (Ebre 13:6). Gen kèk nan frè nou yo k ap andire pèsekisyon kounye a. Youn nan fason nou kapab ede yo se lè nou priye pou yo. E pafwa, nou ka fè yo jwenn yon bagay yo bezwen. Dayè, Bib la di aklè “tout moun ki vle demontre atachman pou Bondye nan lavi yo ann inyon ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou”. (2 Tim. 3:12.) Pou rezon sa a, nou tout bezwen prepare nou pou sa k ap vin pi devan. Ann kontinye met tout konfyans nou nan Jewova piske nou konnen l ap ede nou pou n andire kèlkeswa eprèv nou ta jwenn. Nan moman Jewova fikse a, l ap fè tout moun k ap adore l ki fidèl yo jwenn soulajman. — 2 Tes. 1:7, 8. w24.09 13 § 17-18.
Samdi 20 jen
Anpil moun nan vil Korent ki te tande bon nouvèl la te kòmanse kwè, e yo te vin batize. — Tra. 18:8.
Ki sa k te ede moun Korent yo pou yo te batize (2 Kor. 10:4, 5)? Pawòl Bondye a ak lespri sen Bondye ki gen anpil fòs te ede yo fè gwo chanjman nan lavi yo (Ebre 4:12). Moun nan vil Korent ki te aksepte bon nouvèl konsènan Kris la te rive abandone yon seri move abitid tankou bwè pou sou, vòlè ak omoseksyalite (1 Kor. 6:9-11). N ap remake, menm lè kèk moun nan vil Korent te gen yon seri move abitid ki te anrasinen byen fon yo te bezwen konbat, yo pa t di li twò difisil pou yo vin kretyen. Yo te fè anpil efò pou yo vin mache nan wout jennen ki mennen nan lavi ki pap janm fini an (Mat. 7:13, 14). Èske w ap goumen pou w pot laviktwa sou yon move abitid ou genyen pou w ka batize? Pa janm bay vag! Sipliye Jewova pou l ba w lespri sen pou ede w reziste kont anvi ou genyen pou w fè sa ki mal. w25.03 6 § 15-17.
Dimanch 21 jen
Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l. — Jak 1:5.
Jewova pwomèt l ap ban nou sajès pou n ka wè si yon desizyon ap fè l plezi. Li bay sajès “paske l donan ak tout moun e li pap fè repwòch”. Yonfwa w fin priye Jewova pou l gide w, chèche byen wè fason l ap reponn ou. Ann pran yon egzanp. Si w pèdi pandan w ap vwayaje, ou ta ka mande yon moun ki abite nan zòn nan pou l ede w. Men, èske w t ap annik ale anvan moun nan reponn ou? Se sèten ou pa t ap fè sa. Ou t ap byen koute esplikasyon l t ap ba w la. Menm jan an tou, lè w fin mande Jewova pou l ba w sajès, ou bezwen chèche konprann fason Jewova reponn ou lè w chèche wè ki lwa ak prensip nan Bib la ki gen rapò ak sitiyasyon w lan. Pa egzanp, lè w ap deside si w pral nan yon fèt, ou ka egzamine sa Bib la di sou fèt ki gen debòch, move frekantasyon ak nesesite pou w met enterè Wayòm nan anvan enterè pa w. — Mat. 6:33; Wom. 13:13; 1 Kor. 15:33. w25.01 16 § 6-7.
Lendi 22 jen
Gade! Sèvitè m yo ap manje, men nou menm, n ap ret grangou. — Eza. 65:13.
Pwofesi Ezayi a montre gen yon gwo diferans ant fason lavi a ye pou moun ki anndan paradi espirityèl la ak moun ki pa ladan l yo. Jewova bay moun k ap adore l yo tout sa yo bezwen pou yo rete pwòch avè l. Nou gen lespri sen ak Pawòl li fè ekri a ansanm ak anpil piblikasyon ki baze sou Bib la. Konsa, nou kapab ‘manje, bwè, epi gen kè kontan’. (Konpare ak Revelasyon 22:17.) Se pa menm bagay ditou pou moun ki pa nan paradi espirityèl la. ‘Yo ret grangou, yo ret swaf, e yo wont.’ Yo pa gen okenn relasyon ak Bondye (Amòs 8:11). Jewova bay pèp Li a tout sa yo bezwen pou yo kontinye gen yon lafwa solid, sa gen ladan l enstriksyon ki soti nan Pawòl li a (Jow. 2:21-24). Pa egzanp, li ban nou Bib la ak piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la, sit Entènèt nou an, san wete reyinyon yo, asanble yo ak kongrè yo. Nou kapab pwofite dispozisyon sa yo chak jou, e konsa, n ap santi nou byen manje nan domèn espirityèl e n ap pi fre. w24.04 21 § 5-6.
Madi 23 jen
Se pou pawòl nou toujou bèl. — Kol. 4:6.
Si w ta vle renmen ak yon moun, ou ka pran randevou pou w pale avè l yon kote ki gen moun oswa nan telefòn. Fè l konn entansyon w byen klè (1 Kor. 14:9). Si sa nesesè, bay moun nan yon ti tan pou l reflechi anvan l reponn (Pwo. 15:28). E si moun nan pa enterese, aksepte repons li ba w la. E si yon moun di w li enterese nan ou? Sandout li te met kouraj sou li pou l pale avè w. Donk, montre w janti e montre w gen respè pou li. Si w bezwen tan pou w reflechi pou w konnen si w ap aksepte renmen avè l, di l sa. Men, pa pran twòp tan pou w ba l yon repons (Pwo. 13:12). Si w pa enterese, fè l konn sa avèk jantiyès, e se pou w klè avè l. Si w ta vle renmen, fè l konnen santiman w e fè l konnen ki sa w ap atann pandan nou renmen an. Sa w ap atann gendwa se pa sa lòt moun nan ap atann. w24.05 23-24 § 12-13.
Mèkredi 24 jen
M ap vin sou ou nan non Jewova, Chèf lame yo. — 1 Sam. 17:45.
Sandout pandan David te toujou nan adolesans li, li t al vizite kan lame Izrayèl la. Li te wè sòlda yo panike paske te gen yon jeyan ki moun Filisti ki rele Golyat ki te vin “bay lame Izrayèl la defi”. (1 Sam. 17:10, 11.) Sòlda yo te pè paske yo te ret ap gade jeyan an e yo t ap tande defi l t ap bay yo (1 Sam. 17:24, 25). Sepandan, David te wè sitiyasyon an yon lòt jan. Li te konnen lè Golyat t ap bay lame Izrayèl la defi, an reyalite se “lame Bondye vivan an” li t ap bay defi (1 Sam. 17:26). Se ak Jewova David t ap panse. David te gen konfyans menm jan Bondye te ede l lè l te bèje a, li t ap ede l ankò nan sitiyasyon sa a. Piske li te gen konviksyon Bondye avè l, li te atake Golyat e li te genyen batay la! — 1 Sam. 17:45-51. w24.06 21 § 7.
Jedi 25 jen
Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la. — Eza. 41:10.
Panse ak fason lavi w t ap ye si w pa t ap sèvi Jewova. Lè w fè sa, sa kapab ede w ret fidèl e pou w di menm jan ak moun ki te ekri sòm nan: “Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” (Sòm 73:28.) Nou kapab fè fas ak nenpòt difikilte nou jwenn nan dènye jou sa yo paske n ap “travay kòm esklav pou yon Dye ki vivan e ki reyèl”. (1 Tes. 1:9.) Bondye nou an pran swen nou e l ap toujou ede n. Li te avèk sèvitè l yo nan tan lontan e li avèk nou tou jodi a. Talè konsa, nou pral jwenn pi gwo tribilasyon ki potko janm rive sou tè a. Men, nou pap poukont nou. Nou swete pou nou tout “gen anpil kouraj, e [konsa] n ap kapab di: ‘Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.’” — Ebre 13:5, 6. w24.06 25 § 17-18.
Vandredi 26 jen
N ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan. — Mal. 3:18.
Labib bay non plis pase 40 gason ki te wa peyi Izrayèl. Bon wa yo te fè yon seri bagay ki pa t bon. Ann pran egzanp wa David ki te yon bon wa. Men sa Jewova te di konsènan David: “David, sèvitè m nan, [...] te suiv mwen ak tout kè l e [li] te toujou fè sa k bon devan je m.” (1 Wa 14:8). Sepandan, David te fè imoralite seksyèl ak yon madan marye e l te fè konplo pou fè touye mari dam nan nan lagè (2 Sam. 11:4, 14, 15). Yon lòt bò, anpil nan wa ki pa t fidèl yo te fè kèk bon aksyon. Ann pran egzanp Wobowam. Nan je Jewova, li “te fè sa ki mal”. (2 Kwo. 12:14.) Epoutan, Wobowam te obeyi lè Bondye te ba l lòd pou l pa t al fè lagè ak dis tribi Izrayèl yo e pou l te kite yo chwazi yon lòt wa. Anplis de sa, li te ranfòse anpil vil nan wayòm li an pou pwoteje pèp Bondye a kont ènmi yo (1 Wa 12:21-24; 2 Kwo. 11:5-12). Sou ki baz Jewova te fè konnen yon wa te fidèl? Jewova te chèche wè sa k nan kè l, si l repanti, e si l soutni vrè adorasyon an. w24.07 20 § 1-3.
Samdi 27 jen
Kontinye leve yo nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay. — Efe. 6:4.
Ki sa ansyen yo ka fè lè yon timoun ki batize ki poko gen 18 an fè yon peche grav? Gwoup ansyen an ap pran dispozisyon pou de ansyen reyini ak timoun nan ansanm ak paran l ki Temwen Jewova. Ansyen yo ap chèche wè ki sa paran yo deja fè pou ede pitit yo a repanti. Si timoun nan gen yon bon etadespri e paran l yo ap ede l, de ansyen yo gendwa deside li pa nesesè pou y ale pi lwen. Ansyen yo konnen Bondye bay paran yo responsablite pou yo korije pitit yo avèk lanmou (Det. 6:6, 7; Pwo. 6:20; 22:6; Efe. 6:2-4). Annapre, ansyen yo ap rankontre detanzantan ak paran yo pou asire yo timoun nan jwenn èd li bezwen. Sepandan, ki sa ansyen yo bezwen fè si yon timoun ki batize ki poko gen 18 an pa repanti e li kontinye fè sa ki mal? Nan ka sa a, yon komite ansyen ap reyini avè l ansanm ak paran l ki Temwen Jewova. w24.08 24 § 18.
Dimanch 28 jen
Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa. — Tra. 20:35.
Nou kontan lè nou resevwa yon kado. Sepandan, nou pi kontan toujou lè se nou menm ki bay. Lefètke Jewova kreye nou konsa, nou kapab chèche gen plis kè kontan. Nou kapab vin gen plis kè kontan lè n chèche plis okazyon pou n bay. Sa vrèman estrawòdinè dèske se konsa Jewova fè nou (Sòm 139:14)! Labib fè nou konnen moun ki bay lòt moun gen kè kontan. Donk, nou ka konprann poukisa Bib la fè konnen Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Se li menm an premye ki te bay e se li ki bay plis. Se grasa li “nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste”, jan apot Pòl fè konn sa (Tra. 17:28). Vrèmanvre, “tout bèl don ak tout kado pafè sot” nan Jewova (Jak 1:17). Petèt nou tout ta renmen gen pi plis kè kontan lè nou bay. Nou kapab gen kè kontan sa a lè n imite Jewova ki renmen bay. — Efe. 5:1. w24.09 26 § 1-4.
Lendi 29 jen
Kèlkeswa degre nou rive nan pwogrè nou, annou kontinye mache annòd nan menm direksyon an. — Flp. 3:16.
Gen kèk sèvitè ministeryèl, apre yo fin wè kondisyon Bib la bay pou yon moun vin ansyen, ki ka panse yo pap janm vin kalifye. Men, sonje, ni Jewova, ni òganizasyon l lan pa atann pou w demontre kalite sa yo yon fason ki pafè (1 Pyè 2:21). E se lespri sen Jewova ki gen anpil fòs k ap ede w pou w vin kalifye (Flp. 2:13). Èske gen yon kalite ou ta renmen amelyore? Priye Jewova sou sa. Fè rechèch sou kalite sa a, epi mande youn nan ansyen yo ede w wè fason w ka amelyore. Kontinye fè pwogrè! Mande Jewova pou l ba w fòmasyon pou w ka vin pi itil li e pou w vin pi itil kongregasyon an (Eza. 64:8). Nou swete pou Jewova beni efò w ap fè pou w kalifye pou w vin ansyen. w24.11 25 § 17-18.
Madi 30 jen
Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l lè nou ede moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo. — Ebre 6:10.
Pa gen youn nan nou ki ta dwe panse nou merite pou Jewova padone n, menmsi nou gen anpil tan depi n ap sèvi l. Natirèlman, Jewova apresye tout sa nou fè pou li. Li ban nou ranson an gratis, men se pa peye l peye n pou sa n te fè pou li. Si nou ta di nou merite pou Jewova padone nou, oswa pou l ta aji yon fason espesyal avè n, se kòmsi nou ta di Kris te mouri pou granmesi. (Konpare ak Galat 2:21.) Apot Pòl te konnen pa gen anyen l te ka fè pou l merite pou Bondye padone l. Donk, poukisa li te travay di anpil nan sèvis Jewova a? Li pa t fè sa pou l te montre li merite pou Bondye padone l, men, pou l te montre li gen rekonesans pou favè san parèy Jewova fè l (Efe. 3:7). Menm jan ak Pòl, nou kontinye chofe nan sèvis Jewova a. Nou pa fè sa pou Jewova ka fè nou mizèrikòd, men, paske nou gen rekonesans poutèt li fè nou mizèrikòd. w25.01 27 § 5-6.