Jiyè
Mèkredi 1ye jiyè
Mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis. — Sòm 37:25.
Gen kèk nan sèvitè Jewova yo ki pa ka fè sa yo ta renmen fè paske yo vin granmoun, yo pa gen bon sante oswa yo enfim. Sa ka fè yo panse yo pa gen valè pou Jewova. Yo ka ap mande tèt yo: ‘Èske m toujou itil Jewova?’ Moun ki te ekri Sòm 71 lan te santi l menm jan an. Men sa l te di nan yon priyè: “Pa lage m lè m fin pèdi fòs mwen.” (Sòm 71:9, 18). Sepandan, moun ki te ekri sòm nan te gen konviksyon si l ret fidèl nan sèvis Jewova, Bondye l la, Li t ap ede l. Moun ki te ekri sòm nan te aprann sa fè Jewova plezi lè l wè moun k ap fè tout sa yo kapab pou yo sèvi l malgre yo gen limit (Sòm 37:23-25). Frè n ak sè n ki granmoun yo, panse ak fason Jewova wè nou. Li kapab ede n pou n kontinye sèvi l fidèlman malgre gen bagay nou pa kapab fè (Sòm 92:12-15). Olye n ret konsantre sou sa n pa ka fè ankò, konsantre pito sou sa n ka fè. w24.10 28 § 14-16.
Jedi 2 jiyè
Pou kesyon manje manje yo ofri bay zidòl la, nou konnen yon zidòl pa anyen ditou. — 1 Kor. 8:4.
Lè kretyen ki pa gen matirite yo nan sitiyasyon pou yo pran yon desizyon ki mande pou yo reflechi sou prensip ki nan Bib la e pou yo aplike yo, souvan yo twouve sa difisil. Gen moun ki ka santi yo ka fè sa yo vle, depi Bib la pa bay okenn lwa sou sa. Gen lòt ki ka mande pou ba yo yon règ alòske sa pa nesesè. Pa egzanp, sanble kretyen ki te nan vil Korent yo te mande apot Pòl pou l bay yon règ pou yo konnen si yo ka manje manje moun te ofri bay zidòl. Pòl pa t di yo sa pou yo fè. Okontrè, li te montre yo wòl konsyans lan genyen, e li te fè yo konnen chak moun gen “dwa [pou yo] chwazi”. Li te rezone sou yon seri prensip ki t ap fè konsyans chak moun anpè toutpandan yo pa fè lòt moun bite (1 Kor. 8:7-9). Konsa, Pòl t ap ede kretyen nan vil Korent yo pou yo vin gen matirite yon fason pou yo sèvi ak kapasite pou yo konprann nan olye yo depann de lòt moun oswa pou y ap mande règ. w24.04 5 § 14.
Vandredi 3 jiyè
Mwen menm, Jewova, mwen egzamine kè a [...] pou m bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo. — Jer. 17:10.
Nan epòk Jonas la, moun Niniv yo te gen posiblite pou yo repanti. Epitou, sonje Jezi te di se “moun ki te pratike sa ki mal” k ap “resisite pou jijman” an (Jan 5:29). Sanble gen espwa pou moun Sodòm ak Gomò yo tou. Li posib pou omwen kèk nan yo resisite, e petèt n ap gen posiblite aprann yo konnen Jewova ak Jezi Kris. Jewova toujou “egzamine kè”, li “egzamine panse ki pi pwofon yo”. Anrapò ak rezirèksyon ki pral fèt la, li pral “bay chak moun sa yo merite selon aksyon yo”, jan l te toujou fè sa. Jewova ap montre l fèm lè sa nesesè. Men, l ap demontre mizèrikòd lè sa posib. Donk, nou pa ta dwe janm di yon moun pap resisite, amwenske nou konnen Bib la di sa! w24.05 5-6 § 15-16.
Samdi 4 jiyè
Ou pa bezwen pè, m ap ede w. — Eza. 41:13.
Depi nan tan lontan, sèvitè Bondye yo te jwenn fòs nan pawòl Bondye lè yo te gen yon travay ki difisil pou yo fè. Ann pran egzanp pwofèt Jeremi. Li te yon ti jan renka lè Jewova te voye l al preche. Men sa Jeremi te di: “Mwen pa yon moun ki konn pale, paske, se yon timoun mwen ye.” (Jer. 1:6). Ki sa k te ede Jeremi jwenn kouraj pou l preche? Li te jwenn fòs nan pawòl Bondye. Men sa l di: “Li te tankou yon dife ki fèmen nan zo m. Mwen te bouke kenbe l.” (Jer. 20:8, 9). Malgre Jeremi te gen yon tèritwa ki difisil, mesaj Jewova te ba l preche a te ba l fòs li te bezwen pou l fè travay la. Kretyen yo jwenn fòs nan mesaj ki nan Pawòl Bondye a. Apot Pòl te di lè frè ak sè yo chèche gen konesans egzak sa t ap ede yo pou yo “mache yon fason ki diy devan Jewova” toutpandan y ap “kontinye pote fwi nan tout bon travay [y] ap fè”. — Kol. 1:9, 10. w24.04 14-15 § 2-4.
Dimanch 5 jiyè
Zadòk, prèt la, [...] vide enpe luil sou tèt Salomon. — 1 Wa 1:39.
Zadòk te ret fidèl ak Jewova, menm lè gran prèt Abyata te chwazi soutni Adonija, pitit gason David la, lè l t ap planifye pou l pran pouvwa a. David te konnen li te ka toujou fè Zadòk konfyans. Lè yo te vin fè David konnen konplo Adonija te fè a, David te mande Zadòk, Natan ak Benaya al met Salomon wa (1 Wa 1:32-34). Lefètke Zadòk te ansanm ak yon seri moun fidèl ki t ap adore Jewova, tankou Natan ak lòt moun ki t ap soutni wa David, sa dwe te ba l fòs e sa dwe te ankouraje l. Lè Salomon te vin wa, li te met Zadòk gran prèt nan plas Abyata (1 Wa 2:35). Ki jan w ka suiv egzanp Zadòk? Si yon moun ki pwòch avè w chwazi kite Jewova, montre Jewova ou chwazi ret fidèl avè l (Joz. 24:15). Jewova ap ba w fòs ak kouraj ou bezwen. Priye l, konte sou li, epi rete pwòch ak frè w ak sè w ki fidèl yo. Jewova bay fidelite w anpil valè, e l ap rekonpanse w pou sa. — 2 Sam. 22:26. w24.07 6-7 § 16-17.
Lendi 6 jiyè
Annou pa sispann fè sa ki byen. — Gal. 6:9.
Sòm 15:2 montre yon zanmi Bondye se yon “moun ki toujou aji byen, ki fè sa ki dwat”. Ekspresyon “toujou aji” ak mo “fè” a montre se yon aksyon ki pa janm sispann e ki dwe kontinye fèt. Men, èske n ka vrèman “toujou aji byen”? Wi. Byenke pa gen moun ki pafè, Jewova ap wè nou “toujou aji byen” si nou fè anpil efò pou n obeyi l. Lè nou vwe Bondye lavi nou epi nou batize, nou apèn kòmanse vwayaj n ap fè ak Bondye a. Remake nan epòk yo t ap ekri Bib la, lefètke yon moun te fè pati nasyon Izrayèl la, sa pa t vle di li tou kalifye pou l yon envite nan tant Jewova a. Gen moun ki te konn priye Jewova, men yo pa t “fè sa ak laverite e ann amoni ak sa ki dwat”. (Eza. 48:1.) Izrayelit ki te sensè yo te oblije aprann konnen sa Jewova mande, epi suiv yo. Menm jan an tou, pou n ka gen yon relasyon sere ak Bondye jodi a, nou pa dwe annik batize epi fè pati kongregasyon an. Nou dwe kontinye “fè sa ki dwat”. w24.06 9 § 4; 10 § 6.
Madi 7 jiyè
Se pou nou imite Bondye. — Efe. 5:1.
Ki fason Jewova montre li renmen bay? Ann egzamine kèk egzanp. Jewova ban nou bagay materyèl nou bezwen. Nou ka pa toujou ap viv nan liks, men, grasa Jewova, pifò nan nou gen sa nou bezwen. Pa egzanp, li pèmèt nou jwenn manje, rad ak yon kote pou n rete (Sòm 4:8; Mat. 6:31-33; 1 Tim. 6:6-8). Èske se paske Jewova santi l oblije ban n bagay sa yo ki fè l fè sa? Non! Ann egzamine pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 6:25, 26. Li te pale konsènan zwazo yo. Men sa l te di: “Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al met nan depo.” Sepandan, remake sa l di annapre: “Papa nou ki nan syèl la ba yo manje.” Apre sa, Jezi mande: “Èske nou pa gen plis valè pase yo?” Ki leson nou aprann? Si Jewova pran swen bèt yo, nou kapab gen asirans l ap ban nou sa n bezwen! Menm jan ak yon papa ki pran swen pitit li, Jewova bay fanmi l sa yo bezwen paske l renmen yo. — Sòm 145:16; Mat. 6:32. w24.09 26-27 § 4-6.
Mèkredi 8 jiyè
Mesye ki fè sèvis yo yon fason ki kòrèk ap vin gen yon bèl repitasyon, e y ap vin alèz anpil pou yo pale konsènan lafwa yo. — 1 Tim. 3:13.
Yon sèvitè ministeryèl se yon frè batize lespri sen nome pou ede ansyen yo fè anpil travay enpòtan nan kongregasyon an. Sa k pi enpòtan an, sèvitè ministeryèl yo se yon seri frè ki renmen Jewova e ki fè efò pou yo suiv prensip li yo. Epitou, yo renmen frè ak sè yo anpil (Mat. 22:37-39). Ki jan yon frè ki batize kapab chèche vin sèvitè ministeryèl? Bib la montre ki kalite yon frè bezwen genyen pou l vin sèvitè ministeryèl (1 Tim. 3:8-10, 12). Ou kapab chèche gen privilèj sa a lè w etidye kalite Bib la montre sèvitè ministeryèl yo bezwen genyen epi lè w fè efò pou w chèche genyen yo. Men toudabò, ou bezwen byen reflechi sou rezon ki fè w ta renmen vin sèvitè ministeryèl. w24.11 15 § 4-5.
Jedi 9 jiyè
Se pa kòm pawòl lèzòm nou te aksepte l, men, nou te aksepte l pou sa li ye vrèman, kòm pawòl Bondye. — 1 Tes. 2:13.
Gen moun ki fè konnen yo li Pawòl Bondye a plizyè fwa. Men, èske yo kwè toutbon nan sa Bib la di? Èske yo aplike sa k ladan l yo oswa yo kite l aji nan lavi yo? Malerezman, byen souvan yo pa fè sa. Men, pèp Jewova a pa aji konsa. Nou fè tout sa n kapab pou n aplike konsèy ki nan Bib la nan lavi nou. Malgre sa, li pa toujou fasil pou n li Pawòl Bondye a e pou n aplike sa nou li yo. Li ka pa fasil pou n jwenn tan pou n li l. Oswa nou ka gen tandans li byen vit epi nou pa reflechi sou sa nou li yo. Oubyen nou ka twouve l difisil pou n fè tout chanjman nou bezwen fè yo. Kèlkeswa difikilte nou ta jwenn, gen yon solisyon. Grasa èd Jewova nou ka rezoud li. Ann pran detèminasyon pou n obeyi Pawòl la. Pa gen dout, plis nou li Pawòl Bondye a e nou aplike sa nou li yo nan lavi n, se plis n ap gen kè kontan. — Jak 1:25. w24.09 7 § 15-16.
Vandredi 10 jiyè
Kontinye mande, y ap ban nou. — Lik 11:9.
Jewova ba nou lespri sen pou konsole nou lè yon bagay terib rive nou. Si w santi kè w ap fann akoz yon bagay mal ki te rive w, ou ka di Jewova egzakteman ki jan w santi w e w ka priye l toutotan ou santi w bezwen fè sa (Sòm 86:3; 88:1). Kontinye mande Jewova lespri sen, l ap toujou ede w. Èske w te jwenn yon eprèv ki difisil anpil e kounye a ou prèske pa gen fòs pou w fè anyen ankò? Lespri sen kapab ba w fòs pou w kontinye sèvi Jewova fidèlman (Efe. 3:16). Ki sa w bezwen fè lè w fin mande Jewova lespri sen? Fè aktivite k ap pèmèt lespri Bondye ede w. Sa gen ladan l asiste reyinyon yo epi preche lòt moun. Li Pawòl Bondye a chak jou, sa ap ede w pou w medite sou panse l yo (Flp. 4:8, 9). Pandan w ap li, reflechi sou moun Bib la pale de yo ki te jwenn anpil tribilasyon epi medite sou fason Jewova te ede yo andire. w24.10 9 § 12-14.
Samdi 11 jiyè
Bondye tèlman renmen monn nan. — Jan 3:16.
Menm jan ak Jewova ak Pitit li a, nou renmen moun (Pwo. 8:31). Kè n fè n mal anpil pou moun ki “san Bondye” yo ak moun ki “san esperans” yo (Efe. 2:12). Y ap neye anba pwoblèm ki gen nan lavi a, men nou gen jile sovtaj ki kapab ede yo a, anpalan de bon nouvèl Wayòm Bondye a. Lanmou ak konpasyon nou genyen pou moun sa yo fè nou fè tout sa n kapab pou n fè yo tande bon nouvèl la. Mesaj sa a ki gen anpil valè ka ba yo espwa, li ka ede yo viv pi bon fason an depi kounye a, e li ka ba yo espwa pou yo gen “lavi toutbon an”, lavi ki pap janm fini an, nan monn nouvo Bondye pwomèt la (1 Tim. 6:19). Lefètke nou renmen moun, sa pouse nou pou n fè yo konnen monn mechan sa a prèske rive nan bout li (Eze. 33:7, 8). Nou vle yo konnen sa k pral rive pandan gwo tribilasyon an, kote fo relijyon pral detwi, e annapre, monn sa a ki mechan pral detwi nan Amagedon. — Rev. 16:14, 16; 17:16, 17; 19:11, 19, 20. w24.05 16-17 § 8-9.
Dimanch 12 jiyè
Pa vanje tèt nou, byenneme, men kite kòlè Bondye aji, paske men sa ki ekri: “Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè.” Se sa Jewova di. — Wom. 12:19.
Nou suiv konsèy apot Pòl bay la, lè n kite Jewova fè n jwenn jistis nan moman l chwazi a ak nan fason l deside a. Apre yo te fin mal aji ak yon frè ki rele John, men sa l te di: “Mwen te bezwen kontwole kòlè m pou m pa t fè anyen ki mal. Men, sa pa t fasil. Women 12:19 te ede m pou m tann Jewova.” Lè n kite Jewova rezoud yon pwoblèm, sa nan avantaj nou. Lè n aji konsa, nou evite difikilte ak strès nou ta ka jwenn nan chèche rezoud pwoblèm nan poukont nou. Jewova ofri nou pou l ede n. Se kòmsi l di nou: ‘Kite sa nan men m, m ap regle sa.’ Si n aksepte pwomès Jewova fè nou lè l di: “Se mwen k ap fè yo peye pou sa yo fè”, nou kapab kite bagay yo nan men Jewova, piske nou gen konfyans l ap fè sa k pi bon an. w24.11 6 § 14-15.
Lendi 13 jiyè
Chak jou, ban nou pen nou bezwen pou jounen an. — Lik 11:3.
Nou bezwen kite bagay materyèl yo nan plas yo. Se sa apot Pòl te montre lè l te ekri kretyen ki t ap viv nan fen sistèm juif la. Li te pale konsènan move egzanp Izrayelit yo te bay lè yo te nan dezè a, san wete lè yo te toupre Mòn Sinayi a. Li te avèti kretyen yo pou yo “pa anvi move bagay, menm jan ak [Izrayelit] yo”. (1 Kor. 10:6, 7, 11.) Jewova te fè mirak pou l bay pèp Izrayèl la manje. Men, lefètke yo te ava pou manje, sa te vin tounen yon “move bagay” pou yo (Nonb 11:4-6, 31-34). Lè Izrayelit yo te adore ti bèf annò a, yo te montre sa k te plis enterese yo se manje, bwè epi pran plezi yo olye yo te obeyi Jewova (Egz. 32:4-6). Pòl te site egzanp sa yo kòm avètisman pou kretyen ki t ap viv nan fen sistèm juif la nan ane 70 epòk nou an. Jodi a, n ap viv nan fen yon sistèm, se sa k fè li vrèman enpòtan pou n koute konsèy Pòl te bay la. w24.12 6 § 13.
Madi 14 jiyè
Se pou w pran plezi w ak madanm ou genyen depi w jèn nan. — Pwo. 5:18.
Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”, e li vle nou gen kè kontan tou (1 Tim. 1:11). Li ban n anpil kado pou ede n gen kè kontan nan lavi nou (Jak 1:17). Youn nan kado sa yo se maryaj. Lè yon gason ak yon fi marye, yo pwomèt y ap renmen youn lòt, y ap respekte youn lòt e y ap ancheri youn lòt. Lè yo kontinye renmen youn lòt anpil, sa ka fè yo gen kè kontan toutbon. Malerezman, gen anpil mari ak madanm nan monn nan jodi a ki bliye pwomès yo te fè jou yo t ap marye a. Se sa k fè yo pa gen kè kontan. Ki jan Jewova vle yon mari aji ak madanm li? Jewova mande mari yo pou yo onore madanm yo. Onore gen rapò ak fason n aji ak yon moun nou respekte. Yon mari ki onore madanm li ap aji avè l yon fason ki janti e ki montre li renmen l. — 1 Pyè 3:7. w25.01 8 § 1-2; 9 § 4-5.
Mèkredi 15 jiyè
Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. — Ebre 13:6.
Se sèten, lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo te ede kretyen nan premye syèk yo pou yo prepare yo pou tribilasyon yo t apral jwenn. Pòl te ankouraje frè l yo pou yo te byen etidye Pawòl Bondye a e pou yo te chèche konprann li pi byen. Si yo te fè sa, sa t ap ede yo idantifye ansèyman ki te kapab febli lafwa yo, epi pa aksepte yo. Li te ankouraje yo pou yo fòtifye lafwa yo pou yo te ka suiv direksyon Jezi ak moun ki alatèt nan kongregasyon an san pèdi tan. Epitou, li te ede yo pou yo andire eprèv yo jwenn, e pou yo konsidere eprèv sa yo kòm yon okazyon pou Papa yo ki nan syèl la ki renmen yo ba yo fòmasyon. Nou menm tou nou dwe aplike konsèy sa a ki soti nan Bib la. Konsa, n ap kapab andire fidèlman jiska lafen. — Ebre 3:14. w24.09 13 § 17, 19.
Jedi 16 jiyè
Nou vin sen [...] paske Jezi Kris te bay kò l kòm ofrann yon fwa pou tout. — Ebre 10:10.
Selon Labib, Jewova te deside pou gen yon ranson ki peye pou peche nou ka jwenn padon e pou n ka rekonsilye avè l. Ki ranson ki te nesesè pou lèzòm te ka jwenn sa Adan te pèdi a? Yon bagay nou bezwen sonje, Adan ak Èv te pèdi vi pafè yo te genyen an e yo te pèdi posiblite pou yo te viv pou toutan. Donk, ranson an te dwe egalego ak sa yo te pèdi a (1 Tim. 2:6). Se sèlman yon gason ki majè ki te ka peye l. 1) Li te dwe pafè, 2) li te dwe gen posiblite pou l viv pou toutan sou tè a, e 3) li te dwe dispoze bay lavi l kòm sakrifis pou nou. Reflechi sou twa rezon ki fè Jezi te kapab peye ranson sa a. 1) Li te pafè, sa vle di “li pa t fè peche”. (1 Pyè 2:22.) 2) Piske l pa t fè peche, li te gen posiblite viv sou tè a pou toutan. 3) Li te dispoze mouri pou l bay lavi l pou nou. — Ebre 10:9. w25.02 4-5 § 11-12.
Vandredi 17 jiyè
Bondye bay lespri l san mezire. — Jan 3:34.
Jewova renmen w e l vle w vin fè pati fanmi l, kèlkeswa difikilte ou jwenn nan lavi w ki te ka fè l difisil pou w batize. Men sa Jezi te di kèk nan disip li yo nan premye syèk la: “Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, e l ap deplase. E pa gen anyen k ap enposib pou nou.” (Mat. 17:20). Moun ki te tande pawòl sa yo nan moman sa a te gen sèlman kèk ane depi yo te ansanm ak Jezi, donk, yo te bezwen vin gen plis lafwa. Men, Jezi te ba yo asirans si yo te vin gen plis lafwa, Jewova t ap ede yo deplase difikilte ki tankou mòn. Jewova ap ede w fè menm bagay la tou! Si w wè gen difikilte ki anpeche w batize, fè efò pou w elimine yo san pèdi tan. Vwe Jewova lavi w pou w batize. Se pi bon desizyon ou ka pran nan lavi w! w25.03 7 § 18-20.
Samdi 18 jiyè
Jewova avè m, mwen pap pè. — Sòm 118:6.
Nou kapab fè fas ak eprèv nou jwenn yo si nou sonje Bondye vivan an pare pou l ede n. Nou kapab vin gen plis konfyans Jewova ap ede nou lè n reflechi sou sa l te fè nan tan lontan (Eza. 37:17, 33-37). Epitou, egzamine rapò ki sou sit Entènèt jw.org la ki montre fason Jewova ede frè n ak sè n yo nan epòk nou an. Mete sou sa, sonje moman Jewova te ede w. Pa bay tèt ou pwoblèm si w pa ka sonje yon eksperyans estrawòdinè. Poukisa? Paske Jewova fè anpil bagay pou ou nan lavi w! Li rale w vin jwenn li (Jan 6:44). Sa w panse si w ta mande l ede w sonje moman li te reponn priyè w, lè l te ede w nan moman ou te bezwen sa, oswa lè l te soutni w nan yon sitiyasyon difisil? Lè w reflechi sou eksperyans konsa, sa ap fè w vin gen plis konviksyon Jewova ap kontinye ede w. w24.06 21 § 8.
Dimanch 19 jiyè
Lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche. — Wom. 5:12.
Nou pran detèminasyon pou n pa kite anyen fè n vire do bay Jewova. Sepandan, nou enpafè, e li fasil pou n anvi fè sa k mal (Wom. 7:21-23). Sanzatann, nou ka vin nan sitiyasyon kote nou vrèman anvi fè yon bagay nou konnen ki pa bon. Pou n ret fidèl ak Jewova ak Pitit Gason l lan, nou bezwen suiv konsèy Jezi te bay pou n kontinye veye pou n pa tonbe nan tantasyon, sa ki ta ka lakòz nou peche. Nou tout jwenn tantasyon pou n peche. Men, nou chak gen feblès pa nou, kit se pou n fè yon peche grav, pou n gen yon konduit ki pa pwòp, oswa pou n vin ap panse menm jan ak moun nan monn nan. Pa egzanp, yon moun ka ap goumen ak tantasyon li jwenn pou l fè imoralite seksyèl. Yon lòt ka gen gwo anvi pou l fè yon seri bagay ki pa pwòp, tankou mastibasyon oswa gade pònografi. Yon lòt li menm ka ap lite ak yon seri feblès: li ka pè moun, li ka gen ògèy, li ka fache pou ti krik ti krak oswa li ka gen yon lòt feblès. w24.07 14 § 3; 15 § 5.
Lendi 20 jiyè
Nou ta dwe dispoze padone l [...], e nou ta dwe konsole l, dekwa pou gwo tristès pa fini avè l. — 2 Kor. 2:7.
Imajine ki sa k t ap rive si ansyen yo te refize kite yon mesye ki te repanti toutbon retounen nan kongregasyon an? Oswa, si apre l fin retounen, kongregasyon an refize montre yo renmen l? “Gwo tristès” t ap fini avè l. Li t ap fasil pou l panse sitiyasyon l lan sanzespwa. Li te ka menm sispann fè efò pou l retounen gen bon relasyon ak Bondye. Sa k pi mal la, si lòt frè ak sè nan kongregasyon an te refize padone mesye sa a ki te peche e ki te repanti, yo t ap met relasyon yo gen ak Jewova a an danje. Poukisa? Paske lè sa a, yo pa t ap imite Jewova, li menm ki padone moun ki peche e ki repanti. Olye de sa, yo t ap montre yo imite Satan, li menm ki di e ki pa demontre mizèrikòd. Anfèt, yo t ap tounen zouti Dyab la itilize pou kraze relasyon mesye sa a gen ak Jewova. — 2 Kor. 2:10, 11; Efe. 4:27. w24.08 17 § 7, 10-11.
Madi 21 jiyè
Lè li monte anwo a, [...] li bay gason kòm kado. — Efe. 4:8.
Kris Jezi bay kongregasyon an “gason kòm kado” pou ede yon lòt fason ankò. Anba direksyon Jezi, ansyen yo nan Jerizalèm te voye Pòl, Banabas ak kèk lòt frè kòm siveyan sikonskripsyon (Tra. 11:22). Poukisa? Pou menm rezon yo nome sèvitè ministeryèl yo ak ansyen yo: pou fòtifye kongregasyon yo (Tra. 15:40, 41). Siveyan sikonskripsyon yo toujou ap deplase. Genyen ki vwayaje sou yon distans plizyè santèn kilomèt pou yo vizite kongregasyon yo. Chak semèn, yon siveyan sikonskripsyon fè plizyè diskou, li fè plizyè vizit pastoral, li fè yon reyinyon ak pyonye yo, li fè yon reyinyon ak ansyen yo, e li kondui reyinyon predikasyon. Epitou, li prepare diskou e li òganize asanble sikonskripsyon ak kongrè. Li anseye nan lekòl pyonye e li fè yon reyinyon espesyal ak pyonye yo nan sikonskripsyon an. Anplis tout bagay sa yo, li gen lòt travay enpòtan pou l fè, pafwa se yon seri travay ijan biwo filyal la mande l fè. w24.10 21 § 12-13.
Mèkredi 22 jiyè
M ap padone sa yo fè ki pa bon, mwen pap sonje peche yo ankò. — Jer. 31:34.
Jewova te di pwofèt Jeremi pawòl ki nan tèks pou jounen an. Apot Pòl te site pawòl sa yo nan Ebre 8:12. Ki sa pawòl sa yo vle di menm? Nan Bib la, mo “sonje” a pa toujou vle di lè yon moun ap panse ak yon bagay ki te rive. Okontrè, sa kapab mande pou moun nan aji. Youn nan bandi ki te sou poto bò kot Jezi a te di l: “Jezi, sonje m lè w vin wa.” (Lik 23:42, 43). Li pa t jis vle di Jezi pou l panse avè l nan moman sa a. Repons Jezi te bay la te montre li t ap bezwen aji pou l resisite bandi a. Kidonk, lè Jewova di li pap sonje peche nou yo ankò li vle di li pap aji kont nou. Li pap pini nou pi devan pou peche li deja padone yo. w25.02 10-11 § 14-15.
Jedi 23 jiyè
Konesans Sila a ki pi sen an bay la fè moun gen bon konprann. — Pwo. 9:10.
Lè n vin konn kalite Jewova yo ak objektif li ansanm ak sa l renmen oswa sa l rayi, n ap vin gen bon konprann toutbon. Mande tèt ou: ‘Selon sa m konnen sou Jewova, ki desizyon mwen ka pran k ap fè l plezi?’ (Efe. 5:17). Pou n fè Jewova plezi, pafwa nou dwe pran desizyon ki pap fè moun ki pwòch nou plezi. Pa egzanp, gen kèk paran ki gen bon entansyon ki ka fè presyon sou pitit fi yo ki majè pou l marye ak yon gason ki gen lajan, menm lè moun sa a pa fin gen bon relasyon ak Jewova. Se vre, yo ta renmen pitit fi yo jwenn tout sa l bezwen, men, kiyès k ap ede l gen yon relasyon solid ak Jewova? Ki jan Jewova wè sa? Nou jwenn repons lan nan Matye 6:33. Nan vèsè sa a, Jezi mande kretyen yo pou yo “kontinye chèche Wayòm nan an premye”. Byenke nou vle onore paran nou e n respekte moun nan zòn kote n ap viv la, sa k pi enpòtan pou nou se fè kè Jewova kontan. w25.01 17 § 9-10.
Vandredi 24 jiyè
Seyè a te kanpe toupre m e li te ban m pisans. — 2 Tim. 4:17.
Jodi a tou, nou bezwen èd Jewova pou n ka kontinye chofe nan travay predikasyon an, menm lè n jwenn opozisyon (Rev. 12:17). Sa k fè w ka gen asirans Jewova ap ede w? Ann egzamine priyè Jezi te fè ki nan Jan chapit 17 la. Jezi te mande Jewova pou l voye je sou apot yo, e Jewova te fè sa Jezi te mande a. Liv Travay la montre fason Jewova te ede apot yo pou yo kontinye chofe nan travay predikasyon an malgre yo te jwenn pèsekisyon. Epitou, nan priyè Jezi te fè a, li te mande Papa l pou l voye je sou moun ki t ap met lafwa yo nan mesaj apot yo t ap preche a. Ou menm tou, ou fè pati moun sa yo. Jewova pa sispann fè sa Jezi te mande nan priyè l te fè a. L ap ede w menm jan L te ede apot yo (Jan 17:11, 15, 20). Tank lafen an ap pwoche, menmsi l vin pi difisil pou nou preche bon nouvèl la, n ap jwenn tout èd nou bezwen. — Lik 21:12-15. w25.03 18 § 13-14.
Samdi 25 jiyè
Sèvitè m yo ap rele tèlman y ap kontan. — Eza. 65:14.
Pèp Bondye a kapab “rele tèlman [yo] kontan” paske yo gen Jewova anpil rekonesans. Verite ankourajan ak pwomès ki konsole nou nou jwenn nan Pawòl Bondye a, san wete bonjan esperans nou genyen ki baze sou sakrifis ranson Kris la, fè “kè [nou] bon”. Lè n ap pale sou bagay sa yo sa fè nou vrèman kontan (Sòm 34:8; 133:1-3)! Lanmou ak tèt ansanm ki gen pami pèp Jewova a se de aspè enpòtan ki gen nan paradi espirityèl la. “Chenn [sa a] ki ini moun” nan ede n imajine fason lavi a pral ye nan monn nouvo a kote sèvitè Jewova yo pral gen plis lanmou ak tèt ansanm pase jodi a (Kol. 3:14). Nenpòt moun ki vle gen kè kontan toutbon e ki vle jwenn satisfaksyon bezwen vin nan paradi espirityèl nou ladan l lan. Kèlkeswa sa monn nan panse de sèvitè Jewova yo, yo gen yon bèl non oswa yon bèl repitasyon nan fanmi Jewova. — Eza. 65:15. w24.04 21 § 7-8.
Dimanch 26 jiyè
Se pou youn kontinye fòtifye lòt. — 1 Tes. 5:11.
Ki jan nou tout kapab ede kretyen selibatè ki ta renmen marye yo? Youn nan fason nou ka fè sa se lè n veye sa n ap di (Efe. 4:29). Nou ka mande tèt nou: ‘Èske m konn fawouche moun ki ta renmen marye yo? Lè m wè yon frè selibatè ak yon sè selibatè ap pale, èske m met nan tèt mwen youn enterese nan lòt?’ (1 Tim. 5:13). Mete sou sa, nou pa ta dwe janm fè kretyen ki selibatè yo santi yo manke yon bagay paske yo pa marye. Li pi bon lontan pou n chèche okazyon pou n felisite kretyen ki selibatè yo! Si nou panse yon frè ak yon sè nou konnen ka byen viv youn ak lòt, ki sa n ka fè? Bib la fè nou konnen pou nou respekte santiman lòt moun (Wom. 15:2). Gen anpil selibatè ki pa vle lòt moun ede yo jwenn yon moun pou yo marye, e nou bezwen respekte desizyon yo (2 Tes. 3:11). Gen lòt ki t ap byen renmen yo ede yo, men nou pa dwe fè sa san yo pa mande nou. — Pwo. 3:27. w24.05 24-25 § 14-15.
Lendi 27 jiyè
Mas wòch ènmi nou yo pa menm ak Mas Wòch pa nou an. — Det. 32:31.
N ap viv nan yon monn kote difikilte nou jwenn sanzatann ka chanje lavi nou nèt. Se pa ti rekonesans nou genyen lefètke nou kapab konte sou Jewova Dye pou l ede nou! Lè Jewova ede n, sa ban n asirans “Jewova vivan”! (Sòm 18:46.) Sepandan, tousuit apre David te fin fè deklarasyon sa a, li te rele Bondye “Mas Wòch mwen an”. Poukisa l te ka konpare Jewova, ak yon mas wòch, yon bagay ki pa gen vi? Bib la itilize ekspresyon “mas wòch” la pou ede n konprann kèk nan kalite Jewova genyen. Byen souvan, mo sa a parèt nan yon seri pasaj k ap fè louwanj pou Jewova antanke yon Dye ki san parèy. Premye kote yo pale de Jewova antanke “Mas Wòch la” se nan Detewonòm 32:4. Epitou, nan yon priyè Ana te fè, li te di “pa gen yon wòch ki djanm tankou Bondye nou an”. (1 Sam. 2:2.) Abakouk te rele Jewova “Mas Wòch mwen”. (Aba. 1:12.) Moun ki te ekri Sòm 73 la te rele Bondye “mas wòch mwen”. (Sòm 73:26.) Menm Jewova konpare tèt li ak yon mas wòch. — Eza. 44:8. w24.06 26 § 1, 3.
Madi 28 jiyè
Jozafa [...] te chèche Jewova ak tout kè l. — 2 Kwo. 22:9.
Wa Izrayèl ki te fè Jewova plezi yo te adore l ak tout kè yo. Men sa Bib la di konsènan Jozyas: “Pa t gen okenn wa anvan l ki te tankou l, ki te retounen vin jwenn Jewova ak tout kè l.” (2 Wa 23:25). Ki sa Bib la di konsènan Salomon ki te fè yon seri bagay ki mal lè l te vin granmoun? Li di: “Li pa t kontinye sèvi Jewova [...] ak tout kè l.” (1 Wa 11:4). Men sa Bib la di konsènan Abijam, yon lòt wa ki pa t fidèl: “Li pa t sèvi Jewova [...] ak tout kè l.” (1 Wa 15:3). Souvan, Bib la sèvi ak mo “kè” a pou pale konsènan moun nou ye pa anndan an sa ki gen ladan l sa nou anvi, panse nou, tanperaman nou, atitid nou, kapasite nou genyen, sa ki pouse n aji, ak objektif nou. Donk, ki sa sèvi Jewova ak tout kè n vle di? Yon moun k ap sèvi Bondye ak tout kè l pa fè sa paske l konnen li oblije. Okontrè, li sèvi Bondye pandan tout vi l paske l renmen L e paske l gen respè pou Li. w24.07 21 § 4-5.
Mèkredi 29 jiyè
Efase tout erè m yo. — Sòm 51:9.
Jewova sèvi ak yon konparezon pou l montre fason li efase peche. Men sa l di: “M ap efase sa w fè ki mal yo tankou se ak nyaj mwen kouvri yo, e m ap efase peche w yo tankou se ak nyaj pwès mwen kouvri yo.” (Eza. 44:22). Lè Jewova padone, se kòmsi li sèvi ak yon gwo nyaj pwès pou l kouvri peche nou yo pou ni li menm ni nou menm pa wè yo. Ki sa sa vle di pou nou? Lè Jewova padone peche nou yo, nou pa ta dwe kontinye santi n koupab pou peche nou yo pandan tout rès vi nou. Grasa san Jezi Kris, dèt nou yo elimine nèt. Lè Jewova padone yon peche nou te fè, se kòmsi nou pa t janm fè peche a. Se fason sa a Jewova padone nou lè nou repanti pou peche nou. Epi, mizèrikòd Jewova pèmèt nou gen bon relasyon avè l e sa ede n pou n pa kontinye santi n koupab. w25.02 10 § 11-14.
Jedi 30 jiyè
Se bonte Bondye gen lakay li ki fè li vle w repanti. — Wom. 2:4.
Ansyen k ap sèvi nan komite yo gen responsablite devan Jewova pou yo kenbe kongregasyon an pwòp (1 Kor. 5:7). Epitou, yo vle ede moun ki peche yo pou yo repanti depi yo vle sa. Pou ansyen yo rive fè sa, lè y ap ede yon moun, yo espere moun sa a ap chanje. Poukisa? Se paske yo vle imite Jewova, Sila a ki “gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd” la (Jak 5:11). Remake fason apot Jan ki te granmoun anpil te montre li te renmen frè ak sè yo. Men sa l te ekri: “Timoun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou ka pa fè peche. Men, si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd bò kot Papa a, se Jezi Kris, yon moun ki jis.” (1 Jan 2:1). Malerezman, gen moman kote yon kretyen refize repanti. Nan ka sa a, yo dwe retire l nan kongregasyon an. w24.08 25 § 19-20.
Vandredi 31 jiyè
Kenbe fèm nan lafwa. — 1 Kor. 16:13.
Petèt, w ap eseye konpare sa w fè ak sa lòt moun ka fè. Pa fè sa! Poukisa? Paske Jewova pa fè konparezon konsa (Gal. 6:4). Pa egzanp, Mari te fè Jezi kado yon luil santi bon ki te chè anpil (Jan 12:3-5). Yon lòt bò, vèv malerèz la te bay de ti pyès monnen ki te prèske pa vo anyen kòm kontribisyon nan tanp lan (Lik 21:1-4). Sepandan, Jezi te wè de moun sa yo te montre yo gen lafwa. Jezi te suiv egzanp Papa l yon fason ki pafè. Donk, nou kapab gen asirans Jewova wè tout sa nou fè paske nou gen lafwa nan li e nou renmen l, e sa gen anpil valè pou li, menmsi nou wè sa n fè a piti anpil. Pafwa nou tout konn gen dout. Men, Bib la, Pawòl Bondye a, ka ede n elimine yo. Konsa w ap vin santi w byen olye w santi w dekouraje. Jewova konnen w pèsonèlman. Li apresye sakrifis ou fè e l ap kenbe pwomès li fè pou l rekonpanse w. Jewova renmen tout sèvitè fidèl li yo e li gen sousi pou yo. w24.10 25 § 3; 29 § 17-18.