Out
Samdi 1ye out
Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan. — Mat. 24:21.
N ap priye pou gen plis moun toujou ki tande mesaj avètisman n ap bay la e pou yo vin sèvi Jewova ansanm avèk nou. Men, ki sa k ap rive moun ki pa koute avètisman n ap bay la jodi a, san wete moun nan fanmi nou nou renmen anpil? Jewova ka deside sove moun ki vin gen lafwa nan li lè yo wè Gran Babilòn nan detwi. Si se ta sa, li vin pi ijan toujou pou n kontinye avèti moun yo. Sa n ap di moun yo kounye a gendwa se sa yo pral sonje pi devan. (Konpare ak Ezekyèl 33:33.) Petèt yo pral sonje sa nou te konn di yo e sa ka fè yo vle vin adore Jewova anvan l twò ta. Menm jan ak gadyen prizon nan vil Filip kè l te vin chanje apre “yon gwo tranblemanntè”, petèt, gen nan yo ki pa byen reyaji kounye a kè yo pral chanje lè Gran Babilòn nan detwi, yon bagay k ap fè lemonnantye sezi. — Tra. 16:25-34. w24.05 17 § 9-10.
Dimanch 2 out
Kris se finisman Lalwa. — Wom. 10:4.
Nou aprann yon leson enpòtan nan sa apot Pòl te ekri kretyen ebre yo. Gen nan yo ki pa t kontinye fè pwogrè. An reyalite, yo te vin “retounen bezwen lèt ankò, olye [yo te] bezwen gwo manje”. (Ebre 5:12.) Yo pa t rive aprann verite Jewova t ap anseye yo tikras pa tikras nan kongregasyon an e yo pa t aksepte yo (Pwo. 4:18). Pa egzanp, anpil Juif ki te vin kretyen te kontinye ap ankouraje moun obeyi Lwa Moyiz la, alòske sakrifis Jezi a te gentan retire yo anba Lalwa depi anviwon 30 an (Tit 1:10). Nenpòt moun ki te li lèt Bondye te pouse Pòl ekri kretyen ebre yo te ka wè liv sa a gen gwo manje ladan l. Se egzakteman sa kretyen sa yo te bezwen pou yo vin gen plis lafwa nan nouvo dispozisyon ki te vin genyen pou moun adore Bondye ki pi bon lontan, e sa te ba yo kouraj tou pou yo kontinye preche. — Ebre 10:19-23. w24.04 6 § 15.
Lendi 3 out
Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis. — Tra. 24:15.
Depi lè Adan ak Èv te suiv Satan e yo te fè rebèl ak Jewova Dye, gen plizyè milya moun ki mouri. Ki sa k pral rive tout moun sa yo? Gen yon ti kantite disip Kris ki fidèl, 144000 antou, ki gen pou resisite pou yo viv nan syèl, e yo pap ka mouri (Rev. 14:1). E gen yon pakèt gason ak fi ki te fidèl ki te renmen Jewova ki pral pami “moun ki jis” k ap resisite yo, e yo pral viv pou toutan sou tè a si yo kontinye fè sa ki jis pandan Rèy mil an Kris la e pandan dènye eprèv la (Dàn. 12:13; Ebre 12:1). Epitou, pandan Rèy mil an an, “moun ki enjis” yo, sa gen ladan l moun ki pa t janm sèvi Jewova oubyen menm ki te “pratike sa ki mal”, pral gen posiblite pou yo chanje fason yo aji e pou yo fidèl ak Jewova (Jan 5:29; Lik 23:42, 43). Men, gen yon seri moun ki te tèlman mechan, Jewova deside yo pap janm resisite. — Lik 12:4, 5. w24.05 2 § 3; 5 § 15; 6 § 17.
Madi 4 out
Se nan bouch yo onore m, men, kè yo byen lwen m. — Eza. 29:13.
Si yon moun vle Jewova apwouve l, li dwe “pale laverite nan kè l”. (Sòm 15:2.) Se pa annik pa bay manti. Jewova vle nou sensè nan tout sa n ap di ak nan tout sa n ap fè (Ebre 13:18). Sa enpòtan, “paske Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat”. (Pwo. 3:32.) Moun ki “pale laverite nan kè” yo pa pran pòz yo obeyi lè gen moun la, e annapre, yo dezobeyi lwa Bondye yo an kachèt. Yo pa aji yon fason ki pa dwat. Lè yon moun ap aji yon fason ki pa dwat, li ka kòmanse panse lwa Jewova yo pa toujou pi bon (Jak 1:5-8). Li ka dezobeyi yon seri lwa Jewova bay ki parèt pa gen twòp enpòtans pou li. Epi, si l wè pa gen anyen mal ki rive lè l dezobeyi, li ka vin ap fè yon seri bagay ki pi mal toujou. Byenke li ka met nan tèt li l ap sèvi Bondye, Jewova pap aksepte adorasyon l ap ba li a (Ekl. 8:11). Men, nou menm, nou vle aji yon fason ki dwat nan tout bagay. w24.06 10 § 7-8.
Mèkredi 5 out
Kenbe fèm, epi mare laverite nan ren nou tankou se yon sentiwon.— Efe. 6:14.
Pèp Jewova a renmen laverite yo jwenn nan Pawòl Bondye a. Se sou sa nou bati lafwa nou (Wom. 10:17). Nou vin gen konviksyon Jewova tabli kongregasyon kretyen an kòm “yon pilye ak yon sipò pou laverite”. (1 Tim. 3:15.) Satan t ap vrèman kontan fè n sispann fè Bib la konfyans oswa fè n sispann fè direksyon òganizasyon Bondye a ap ban nou konfyans (Efe. 4:14). Talè konsa, Dyab la pral itilize yon seri pwopagann ki gen fòs pou l twonpe tout nasyon yo pou l fè yo kanpe kont Jewova (Rev. 16:13, 14). Nou ka atann tou Satan pral fè plis efò toujou pou l twonpe pèp Jewova a (Rev. 12:9). Se sa k fè li enpòtan pou n fè efò pou n rive wè diferans ki genyen ant laverite ak manti e pou n obeyi laverite (Wom. 6:17; 1 Pyè 1:22). Li enpòtan pou n fè sa si nou vle soti vivan anba gwo tribilasyon an! w24.07 8 § 1-3.
Jedi 6 out
Kòmandman m ap ban nou jodi a, pa twò difisil pou nou konprann, ni l pa twò difisil pou nou obeyi. — Det. 30:11.
Lè Jewova te fè pèp Izrayèl la vin yon nasyon, li te fè yon alyans avèk yo, sa vle di yon kontra. Si yo te obeyi lwa l yo, li t ap pwoteje yo e li t ap beni yo. Men, si yo te fè rebèl avè l, pa egzanp, si yo ta chwazi adore lòt dye, li t ap sispann beni yo e yo t ap soufri. Poutan, menm lè sa a, yo te ka rejwenn favè Bondye. Yo te ka ‘tounen vin jwenn Jewova, Bondye yo a, e koute’ sa l di (Det. 30:1-3, 17-20). Sa vle di, yo te ka repanti. E si yo te fè sa, Jewova t ap vin pwòch avèk yo ankò e li t ap rekòmanse beni yo. Se pa ni de ni twa fwa pèp Jewova te chwazi a te rebele kont li. Kòm rezilta, yo te soufri. Men, Jewova pa t abandone pèp li a ki te vire do ba li. Pandan plizyè fwa, li te voye pwofèt pou ankouraje yo repanti e retounen vin jwenn li. — 2 Wa 17:13, 14. w24.08 9 § 4-5.
Vandredi 7 out
Te gen yon gwo pèsekisyon ki leve kont kongregasyon ki te nan Jerizalèm nan. — Tra. 8:1.
Kretyen ebre ki t ap viv Jerizalèm ak Jide yo te jwenn anpil difikilte kèk ane apre lanmò Jezi. Yon ti tan apre kongregasyon kretyen an te fin fòme, kretyen yo te jwenn gwo pèsekisyon. Epi, anviwon 20 an annapre, disip Kris yo te vin gen gwo pwoblèm ekonomik, petèt, akoz yon gwo grangou ki te gen nan peyi a anvan sa (Tra. 11:27-30). Sepandan, ozanviwon ane 61 epòk nou an, kretyen yo te vin gen yon ti lapè, men, yo t apral jwenn gwo pèsekisyon pi devan. Pandan peryòd sa a, yo te resevwa yon lèt Bondye te pouse apot Pòl ekri ki te vini nan bon moman. Lèt apot Pòl te ekri kretyen ebre yo te vini nan bon moman paske lapè yo te genyen an pa t ap dire. Pòl te bay kretyen sa yo bonjan konsèy ki t apral ede yo andire tribilasyon yo t apral jwenn nan yon ti tan ankò. w24.09 8 § 1-2.
Samdi 8 out
Yo vin tounen yon gwo rekonfò pou mwen. — Kol. 4:11.
Lè n ap soufri, frè n ak sè n yo se youn nan fason Jewova montre li renmen nou. Yo konsole nou lè yo pase tan avè n e lè yo koute n k ap di yo jan n santi n. Yo ka ankouraje n lè yo li yon vèsè nan Bib la avè n oswa lè yo priye avè n (Wom. 15:4). Pafwa yon frè oswa yon sè ka fè n sonje fason Jewova panse e sa ka ede n kontinye andire. Kwayan parèy nou yo ka ban nou èd ki pratik, pa egzanp yo ka ofri n manje lè n dekouraje. Pafwa nou ka bezwen mande lòt moun pou yo ede n (Pwo. 17:17). Yo ka pa konnen ki jan nou santi n oswa ki jan pou yo ede n (Pwo. 14:10). Donk, ou ka pale ak bon zanmi w epi fè yo konnen ki jan w santi w. Fè yo konnen ki èd ou bezwen. Petèt ou ka chwazi pale ak youn oswa de ansyen ou santi w alèz avè yo. Gen kèk sè ki twouve lè yo pale ak yon sè ki gen matirite sa ede yo. w24.10 10 § 15-16.
Dimanch 9 out
Tout moun ki rekonèt Pitit la e ki demontre yo gen lafwa nan li [ap] gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 6:40.
Anpil moun veye sa y ap manje e yo eseye fè egzèsis regilyèman pou yo ka ret an sante. Sepandan, yo konnen sa pa ka anpeche yo vin granmoun epi pou yo mouri. Yo ka panse li pa posib pou yo viv pou toutan. Men, Jezi te di li posib pou moun gen “lavi ki pap janm fini an”, jan sa parèt nan Jan 3:16 ak nan 5:24. Yon jou, Jezi te fè yon mirak pou l te bay plizyè milye moun pen ak pwason pou yo manje. Se te yon bagay estrawòdinè! Men, nan demen, sa Jezi te di foul moun ki t ap suiv li bò Lanmè Galile a lè l t al Kapènawòm nan te pi estrawòdinè toujou! Li te fè yo konnen li gen pou l resisite moun ki mouri yo e y ap ka viv pou toutan (Jan 6:39, 40). Pawòl Jezi yo bay asirans anpil moun ki mouri kapab resisite e ni ou menm ni moun pa w yo kapab viv pou toutan. w24.12 8 § 1-2.
Lendi 10 out
Nou menm mari, [...] se pou nou onore yo tankou yon veso ki pi fèb, anpalan de fi. — 1 Pyè 3:7.
Sa pa gen twò lontan, Òganizasyon mondyal lasante te bay yon rapò ki fè konnen gen anpil mari ki bat madanm yo, ki di madanm yo vye pawòl, oswa ki maltrete yo lòt fason ankò. Yon mari ki aji konsa ka montre li respekte madanm li devan lòt moun, men annapre, li ka mal aji avè l lè yo poukont yo lakay yo. Ki sa k ka lakòz kèk mari mal aji ak madanm yo? Petèt, yo te grandi ak yon papa ki vyolan, se sa k fè yo ka panse se nòmal pou yo mal aji ak madanm yo. Gen lòt ki kite fason pifò moun nan zòn yo leve a aji detenn sou yo. Yo ka panse yon gason ki “gason toutbon” dwe aji di ak madanm li pou l ka montre se li menm ki chèf. Gen lòt gason ki pa t aprann ki jan pou yo kontwole emosyon yo, sa gen ladan l fason pou yo kontwole kòlè yo. Gen gason ki gade pònografi souvan, e sa ka fè yo panse fi la sitou pou satisfè dezi seksyèl yo genyen. Epitou, gen rapò ki montre pandemi COVID-19 la te fè pwoblèm sa yo vin pi plis toujou. Natirèlman, pa gen youn nan rezon sa yo ki bay yon mari dwa pou l mal aji ak madanm li. w25.01 8 § 2-3.
Madi 11 out
Piske Kris te soufri nan lachè, nou menm tou, se pou nou gen menm mantalite sa a. — 1 Pyè 4:1.
“Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout fòs nou e ak tout lespri nou.” (Lik 10:27). Jezi te montre se kòmandman sa a ki pi enpòtan nan Lalwa Moyiz la. N ap remake lanmou nou gen pou Jewova gen rapò ak kè nou, sa gen ladan l sa n anvi, ak sa n santi. Sa gen ladan l tou atachman nou gen pou li ak tout nanm nou, e ak tout fòs nou. Sepandan, lanmou pou Jewova gen rapò ak lespri nou tou, sa gen ladan l fason n panse ak efò n ap fè pou n chèche panse menm jan ak Jewova. Natirèlman, nou pap janm ka fin konprann tout sa k nan panse Jewova. Men, nou ka pi byen konprann panse Bondye lè n etidye “panse Kris la”, paske Jezi panse egzakteman menm jan ak Papa l. — 1 Kor. 2:16. w25.03 8 § 1.
Mèkredi 12 out
Piske Pitit li a te peye ranson an, nou libere grasa san li, wi, nou jwenn padon pou fot nou yo, selon richès favè san parèy Bondye a. — Efe. 1:7.
Piske Jezi te pafè, li te egal ak Adan, premye moun nan, anvan Adan te peche (1 Kor. 15:45). Lefètke Jezi te mouri pou nou, li te kapab peye egzakteman pri ki te nesesè pou ranplase sa Adan te pèdi a (Wom. 5:19). Konsa, Jezi te vin “dènye Adan an”. Li pa nesesè pou yon lòt moun pafè vini pou peye pou sa Adan te pèdi a. Jezi te mouri “yon fwa pou tout”. (Ebre 7:27; 10:12.) Ki diferans ki gen ant dispozisyon Bondye pran pou n jwenn padon pou peche nou ak ranson an? Dispozisyon Bondye pran pou moun jwenn padon pou peche yo se sa l fè pou pèmèt li menm ak lèzòm vin gen bon relasyon ankò. Ranson an se pri Bondye peye pou lèzòm ka jwenn padon pou peche yo. Pri sa a se san Jezi ki gen anpil valè ki te koule pou nou. — Ebre 9:14. w25.02 5 § 12-13.
Jedi 13 out
Bondye fidèl, li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou jwenn tantasyon an, l ap ouvri yon chemen tou, dekwa pou nou ka andire l. — 1 Kor. 10:13.
Lefètke n konnen Jewova vivan, sa ap ede n wè eprèv nou jwenn yo yon fason ki pozitif. Nan ki sans? Lè n jwenn eprèv, nou bezwen konsantre sou sa ki pi enpòtan an. Dyab la fè konnen lè n gen pwoblèm n ap abandone Jewova. Donk, fason nou reyaji devan eprèv nou jwenn gen efè sou Jewova (Jòb 1:10, 11; Pwo. 27:11). Lè nou byen reyaji devan eprèv nou jwenn, nou montre nou renmen Jewova e nou montre Dyab la se yon mantè. Èske gouvènman nan zòn kote w ap viv la ap bay sèvitè Jewova yo pwoblèm? Èske w gen pwoblèm ekonomik? Èske moun yo pa enterese nan mesaj w ap preche a? Oswa èske w ap fè fas ak lòt eprèv? Si se ka pa w, sonje sitiyasyon w lan ba w okazyon pou w fè kè Jewova kontan. Sonje tou li pap janm kite w tante depase limit. L ap ba w fòs pou w andire. w24.06 22 § 9.
Vandredi 14 out
Chak moun pase anba eprèv lè l kite pwòp dezi l mennen l, lè l kite pwòp dezi l sedui l. — Jak 1:14.
Èske w konn ki bagay ki plis tante w? Li pa bon pou n fèmen je n sou feblès nou genyen oswa pou n met nan tèt nou nou tèlman djanm nou pap tonbe nan fè sa ki mal. Si n ta fè sa, nou t ap twonpe tèt nou (1 Jan 1:8). Sonje Pòl te di menm moun “ki gen matirite” ka tonbe nan tantasyon si yo pa veye kò yo (Gal. 6:1). Nou dwe sensè ak tèt nou e nou dwe rekonèt nou gen feblès. (2 Kor. 13:5). Yonfwa nou fin wè ki bagay ki ka fè l pi fasil pou n tonbe nan tantasyon, ki sa n bezwen fè? Nou bezwen fè efò pou n vin pi djanm! Pa egzanp, nan epòk yo t ap ekri Bib la, pòtay yon vil se kote ki te pi fasil pou yo atake vil la. Se sa k fè se nan pòtay yo yo te konn mete plis gad. Menm jan an tou, se bagay nou konnen ki ka fè l pi fasil pou n tonbe nan tantasyon yo nou bezwen plis veye. — 1 Kor. 9:27. w24.07 15 § 5-7.
Samdi 15 out
Kontinye pote fwi nan tout bon travay n ap fè, e [...] kontinye grandi nan konesans egzak sou Bondye. — Kol. 1:10.
Bon travay yo di nan tèks pou jounen an gen ladan l preche bon nouvèl la. Donk, lè nou li Pawòl Bondye a e nou medite sou sa nou li yo, nou vin gen plis lafwa nan Jewova, e nou vin pi byen konprann jan l enpòtan pou n pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun. Pou n pi byen pwofite Pawòl Bondye a, nou pa dwe prese lè n ap li l, lè n ap etidye l e lè n ap medite sou li. Pran san w. Si w tonbe sou yon vèsè ou pa ka fin byen konprann, pa jis pase sou li. Okontrè, sèvi ak Index des publications des Témoins de Jéhovah a oswa Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la pou w jwenn esplikasyon sou vèsè a. Si w pran tan w pou etidye, w ap vin gen plis konfyans Pawòl Bondye a se laverite (1 Tes. 5:21). Plis ou gen konviksyon Pawòl Bondye a se laverite, se plis w ap pran plezi pataje sa w aprann yo ak lòt moun. w24.04 15 § 4-5.
Dimanch 16 out
Mwen ekri nou: pou m ka wè si n ap montre nou obeyisan nan tout bagay. — 2 Kor. 2:9.
David te di li “bon e [li] dispoze padone”. (Sòm 86:5.) Miche te di: “Kiyès ki tankou w, o Bondye, ou menm ki padone erè [...] e ki pase sou peche?” (Miche 7:18). Ezayi te di: “Se pou moun ki mechan an kite wout li ladan l lan, e se pou moun k ap fè sa k mal la retire lide li gen nan tèt li yo. Se pou l retounen vin jwenn Jewova k ap fè l mizèrikòd, e se pou l vin jwenn Bondye nou an, paske l ap padone l nèt.” (Eza. 55:7). Pou kongregasyon Korent lan te ka imite Jewova, yo te mande yo pou yo akeyi yon mesye ki te repanti e pou yo fè l santi yo renmen l. Lè kongregasyon an te suiv konsèy sa a, yo t ap montre yo “obeyisan nan tout bagay”. Se vre, se kèk mwa sèlman ki te pase depi yo te retire mesye a nan kongregasyon an, men disiplin nan te bay bon rezilta, li te pouse l repanti. Donk, pa t gen okenn rezon pou kongregasyon an te pran tan pou yo reyentegre l. w24.08 17-18 § 12-13.
Lendi 17 out
Y ap pran youn, y ap kite lòt la. — Mat. 24:40.
N ap viv nan yon epòk kote gen gwo chanjman ki pral fèt! Talè konsa, Jezi pral jije chak moun k ap viv sou tè a. Jezi te fè n konnen sa k t ap gen pou rive anvan l fè jijman sa a lè l te bay disip li yo yon “siy” ki t ap anonse prezans li e ki t ap anonse “fen sistèm nan”. (Mat. 24:3.) Nou jwenn pwofesi sa a nan Matye chapit 24 ak chapit 25, epitou nan Mak chapit 13 ak nan Lik chapit 21. Jezi te bay twa parabòl pou l ede nou prepare n. Parabòl sa yo se avètisman pou nou. Se parabòl mouton ak kabrit yo, parabòl fi vyèj ki prevwayan yo ak fi vyèj ki sòt yo, ak parabòl talan yo. Chak parabòl sa yo ap ede n konprann fason Jezi pral jije yon moun selon sa l fè. w24.09 20 § 1-2.
Madi 18 out
Tout sa n ap fè, se pou nou fè l ak lanmou. — 1 Kor. 16:14.
Jezi Kris, pi bèl egzanp nou an, renmen Papa l e l renmen lèzòm. Se lanmou sa a ki te pouse l travay di epi fè yon seri travay moun pa bay valè (Mat. 20:28; Jan 13:5, 14, 15). Antanke frè, si se lanmou ki motive w, Jewova ap beni w e l ap ede w pou w reyalize objektif ou gen nan sèvis li, tankou objektif pou w kalifye pou w vin sèvitè ministeryèl (1 Pyè 5:5). Moun yo nan monn nan bay moun k ap atire atansyon sou tèt yo anpil valè. Se pa konsa sa ye nan òganizasyon Jewova a. Yon frè ki renmen moun menm jan ak Jezi pap chèche domine sou lòt moun oswa parèt yon moun enpòtan. Si yo ta bay yon moun ki vle parèt gen plis enpòtans privilèj nan kongregasyon an, petèt gen travay moun pa bay valè ki bezwen fèt nan kongregasyon an li pa t ap vle fè. Li te ka wè travay sa yo pa sanble l. — Jan 10:12. w24.11 15 § 6-7.
Mèkredi 19 out
Lespri sen etabli nou siveyan. — Tra. 20:28.
Toupatou sou tè a, nou bezwen plis frè pou sèvi antanke “gason kòm kado”. (Efe. 4:8.) Si w se yon frè batize, èske w “kapab fè sa”? (Pwo. 3:27.) Èske w dispoze fè efò pou w kalifye pou w vin yon sèvitè ministeryèl? Si w deja yon sèvitè ministeryèl, èske w dispoze fè efò pou w vin ansyen pou w ka sèvi frè w ak sè w yo? Èske w ka fè ajisteman nan lavi w pou w aplike pou Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan? Lekòl sa a ap ba w fòmasyon pou Jezi ka itilize w pi plis toujou. Si w santi w pa kalifye, priye Jewova. Mande l pou l ba w lespri sen pou w ka rive fè nenpòt travay yo ba w fè (Lik 11:13). Frè Jezi bay pou sèvi antanke “gason kòm kado” yo se prèv ki montre se li menm k ap dirije nou nan dènye jou sa yo (Mat. 28:20). Èske w pa gen rekonesans dèske nou gen yon Wa ki gen lanmou, ki renmen bay, ki konnen sa n bezwen, e ki ban nou yon seri frè pou ede n? w24.10 23 § 16-17.
Jedi 20 out
Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo. — Eza. 65:17.
Ki sa nou ka di konsènan tout bagay ki lakòz pèp Bondye a ap soufri? Rive yon lè, “yo pral bliye” bagay sa yo e Bondye “pap wè bagay sa yo ankò”. (Eza. 65:16.) Jewova ap retire pwoblèm nou yo e rive yon lè nou pap menm sonje jan pwoblèm sa yo te fè n soufri. Menm kounye a nou santi nou soulaje lè nou nan reyinyon kote nou santi nou alèz e nou bliye pwoblèm ki gen nan monn mechan sa a. Nou ede frè n ak sè n yo pou yo santi yo kalm lè nou demontre lanmou, lajwa, lapè, byenveyans, ak dousè, yon seri kalite ki fè pati fwi lespri Bondye a (Gal. 5:22, 23). Se pa ti benediksyon nou jwenn lefètke nou fè pati òganizasyon Bondye a! Moun ki rete nan paradi espirityèl la pral wè pwomès Bondye fè pou gen “yon syèl tounèf ak yon tè tounèf” la reyalize nèt. w24.04 22 § 9-10.
Vandredi 21 out
Se yon pyèj sa ye pou yon moun lè l kouri deklare: “Sa a sakre!” Epi se apre sa l ap egzamine ve l te fè a. — Pwo. 20:25.
Se vre lè de moun renmen sa kapab bay kè kontan, men yo dwe sonje se yon bagay ki serye paske sa ka mennen nan maryaj. Nan jou de moun ap marye, yo fè yon ve devan Jewova pou youn renmen lòt e pou youn respekte lòt toutotan y ap viv. Men, anvan nou fè kèlkeswa ve a, nou bezwen byen reflechi. Se menm bagay la tou pou ve moun k ap marye yo fè. Lè yon gason ak yon fi renmen, sa pèmèt yo aprann konnen youn lòt epi pran bon desizyon. Pafwa se kapab desizyon pou yo marye, pafwa tou se kapab desizyon pou yo kraze renmen an. Si yon gason ak yon fi ki renmen kite sa, sa pa vle di yo te pran yon move desizyon. Okontrè, renmen an te ede yo wè si yo dwe marye oswa si yo pa dwe marye. Poukisa li enpòtan pou de moun ki renmen byen konprann poukisa moun renmen? Lè yon selibatè byen konprann nan ki objektif moun renmen, li pa pral renmen ak yon moun alòske l deja konnen li pa gen entansyon marye avè l. w24.05 26-27 § 3-4.
Samdi 22 out
Pinga w wont bay temwayaj sou Seyè nou an. — 2 Tim. 1:8.
Pafwa, jèn kretyen yo konn pè defann kwayans yo. Yo ka pa santi yo alèz pou yo esplike rezon ki fè yo pa kwè nan teyori evolisyon an. Sa k ka fè sa? Petèt, pwofesè yo ka montre evolisyon se yon bagay ki reyèl. Si w se yon paran, ki jan w ka ede pitit ou gen bonjan konviksyon sa l kwè yo se laverite? Ba l asirans li pa bezwen santi l jennen paske l kwè nan kreyasyon an. Poukisa? Ebyen, se paske gen anpil syantifik ki kwè lavi pa t parèt bridsoukou oswa pa aza. Syantifik sa yo wè prèv gen yon Kreyatè entèlijan ki dwe kreye tout bagay konplike ki vivan yo. Se sa k fè yo pa aksepte teyori evolisyon an. Yon bagay k ap ede pitit ou vin gen plis lafwa ak kouraj, se lè l reflechi sou sa k te konvenk lòt frè ak sè pou yo kwè se kreye yo te kreye lavi. w24.12 18 § 14-15.
Dimanch 23 out
Li vin kontan anpil e li vin ranpli ak lespri sen. — Lik 10:21.
Jezi te kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an. Sa te ede l kontinye gen kè kontan nan sèvis li. Pa egzanp, nan fen ane 30 epòk nou an, Jezi te wè gen anpil moun ki te dispoze koute bon nouvèl la e l te konpare yo ak yon jaden ki pare pou yo rekòlte l (Jan 4:35). Anviwon ennan annapre, men sa l te di disip li yo: “Rekòt la anpil.” (Mat. 9:37, 38). Epi, annapre, men sa l te di yo ankò: “Rekòt la anpil, [...] priye Mèt rekòt la pou l voye travayè nan rekòt li a.” (Lik 10:2). Jezi te toujou gen konfyans gen moun ki t ap koute bon nouvèl la e l te rejwi lè yo te fè sa. Jezi te anseye disip li yo pou yo ret pozitif nan travay predikasyon an, e sa t ap ankouraje yo pou yo kontinye chofe nan travay la. w25.03 18-19 § 15-16.
Lendi 24 out
Bondye m nan se mas wòch kote m ka al kache a. — Sòm 94:22.
Jewova se yon refij. Menm jan yon gwo mas wòch ka sèvi kòm refij lè gen yon tanpèt, se konsa tou, Jewova pwoteje nou lè n ap fè fas ak sitiyasyon difisil nan lavi nou. Li ede n pou n kontinye gen bon relasyon avè l e li ban nou asirans pa gen okenn soufrans n ap andire kounye a k ap la pou toutan. Epitou, li pwomèt l ap fè plis bagay toujou: L ap elimine kèlkeswa bagay ki ta ka anpeche nou gen lapè ak sekirite (Eze. 34:25, 26). Youn nan fason nou fè Jewova vin yon Refij pou nou menm jan ak yon mas wòch se lè nou priye l. Lè nou priye, Jewova ban nou “lapè Bondye” ki pwoteje kè nou ak lespri nou (Flp. 4:6, 7). Jewova toujou la pou nou. Nou kapab fè l konfyans paske li se “Mas Wòch ki la pou toutan an”. (Eza. 26:3, 4.) L ap toujou vivan pou l kenbe pwomès li, pou l tande priyè nou e pou l ban nou èd nou bezwen. Nou ka konte tou sou Jewova paske li fidèl ak moun k ap sèvi l (2 Sam. 22:26). Li pap janm bliye sa nou fè e l ap toujou rekonpanse nou. — Ebre 6:10; 11:6. w24.06 27 § 4-6.
Madi 25 out
Pwoteje kè w, paske se ladan l sous ki bay lavi yo soti. — Pwo. 4:23.
Divètisman ki pa kòrèk ka anpeche n sèvi Jewova ak tout kè n. Epitou, nou bezwen evite move zanmi, e n pa dwe kite lajan vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. Si n vin remake gen yon bagay ki kòmanse fè lanmou nou gen pou Jewova a febli, nou dwe aji tousuit pou n korije sa (Mat. 5:29, 30). Nou pa dwe kite anyen anpeche n sèvi Jewova ak tout kè n. Nou ka twonpe tèt nou lè n panse, depi nou gen anpil aktivite nan sèvis Jewova a, nou pa bezwen evite move enfliyans. Pa egzanp, imajine ou nan lari, li fè frèt anpil e gen van k ap vante. Lè w rive lakay ou, ou met yon chanday sou ou. Men, èske sa t ap vrèman itil si w kite pòt la ouvè? Van frèt ki deyò a t ap antre byen vit nan kay la. Ki leson nou ka aprann? Nou pa dwe annik kontante n fè yon seri bagay nou konnen k ap fè n vin pi pwòch ak Jewova. Nan yon sans, nou dwe fèmen pòt la sou move enfliyans yo, pou “lè” frèt ki gen nan monn sa a, sa vle di atitid moun yo ki pa gen respè pou Bondye, pa antre nan kè n epi anpeche n sèvi Jewova ak tout kè n. — Efe. 2:2. w24.07 21 § 6-7.
Mèkredi 26 out
Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou. — Mat. 5:44.
Jezi te soufri anpil e yo te fè l gwo enjistis. Nou pa ka vrèman konprann jan l te soufri. Malgre sa, li te toujou renmen Papa l te rete fidèl avè L, menm lè l t ap soufri anpil. Olye l te mande malediksyon pou sòlda ki te kloure l sou poto a, men sa l te di nan yon priyè: “Papa, padone yo, paske yo pa konn sa y ap fè a.” (Lik 23:34). Lè n priye pou moun ki mal aji avè n, sa kapab ede n rete kalm, sa ka fè kòlè nou bese, e sa ka menm ede n chanje fason n wè moun sa yo. Nou pa konnen ki enjistis yo ka fè nou anvan monn sa a detwi. Kèlkeswa sa n ta gen pou n andire, ann pa janm sispann priye Jewova pou l ede n. Epitou, ann imite fason Jezi te aji lè yo te mal aji avè l e ann kontinye aplike prensip ki nan Bib la. Si n fè sa, nou kapab sèten Jewova ap beni nou. — 1 Pyè 3:8, 9. w24.11 6 § 16; 7 § 17, 19.
Jedi 27 out
Ou pa yon Dye ki pran plezi nan mechanste. Moun ki pa bon pa ka rete bò kote w. — Sòm 5:4.
Jewova pa yon Bondye sitirè, li pa aksepte tout kalite konduit (Sòm 5:4-6). Li mande n pou n respekte prensip li yo ki jis, yon seri prensip li ban nou nan Pawòl li a. Natirèlman, Jewova pa atann pou sèvitè l yo ki enpafè aji yon fason ki pafè (Sòm 130:3, 4). Anmenmtan, li pa tolere ‘moun ki san respè pou li, ki pran favè san parèy li a fè l sèvi eskiz pou yo lage kò yo nan konduit derespektan’. (Jid 4.) Anfèt, Bib la pale de “destriksyon moun ki pa gen respè pou Bondye yo” nan lagè Bondye pral fè nan Amagedon an (2 Pyè 3:7; Rev. 16:16). Sepandan, Jewova pa ta renmen pèsonn moun detwi. Bib la fè konnen aklè Bondye “ta renmen pou tout moun rive repanti”. (2 Pyè 3:9.) Menm jan ak Jewova, ansyen yo montre yo gen pasyans lè y ap eseye ede yon moun ki peche pou l repanti e pou l vin pwòch ak Jewova ankò. w24.08 26 § 1-2.
Vandredi 28 out
Ou ouvri men w e w bay tout sa k vivan sa yo bezwen. — Sòm 145:16.
Menm jan ak Jewova, nou menm tou nou kapab bay moun ki nan bezwen yon bagay paske nou renmen yo. Pa egzanp, èske w konnen yon kwayan parèy ou ki bezwen manje oswa rad? Jewova kapab sèvi avè w pou w ede l. Yo konnen pèp Jewova a konn aji byen vit pou ede lòt moun lè gen katastwòf. Pa egzanp, pandan pandemi COVID-19 la, frè ak sè yo te bay moun ki te nan bezwen manje, rad ak lòt bagay ankò. Gen anpil ladan yo tou ki te fè ofrann ak tout kè yo pou travay mondyal la. Sa te ede frè yo jwenn kòb pou yo pote sekou bay moun ki nan bezwen toupatou sou tè a. Yo te aplike pawòl nou jwenn nan Ebre 13:16 la ki di: “Pa bliye fè byen, e pa bliye pataje sa nou genyen ak lòt moun, paske se nan sakrifis sa yo Bondye pran plezi.” w24.09 27 § 6-7.
Samdi 29 out
Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo. — Flp. 1:10.
Eseye imajine sitiyasyon ki vin annapre a. W ap chèche yon travay pou w pran swen fanmi w. Gen de travay ou gen posiblite jwenn. Ou reflechi sou tout enfòmasyon w genyen yo, pa egzanp, ki kalite travay w ap gen pou w fè, ki orè w ap genyen, konbyen tan sa ap pran pou w rive nan travay la, eksetera. Toule de travay yo pa vyole okenn prensip nan Bib la. Petèt, w ap chwazi youn nan travay sa yo paske w pi renmen l oswa paske y ap peye w pi byen. Men, gen lòt bagay pou w egzamine anvan w pran yon desizyon. Pa egzanp, èske orè travay sa yo pap tonbe nan lè reyinyon kongregasyon w? Èske travay sa yo pap anpeche w jwenn tan pou w ede fanmi w gen kè kontan e pou yo ret pwòch ak Jewova? Lè w poze tèt ou kesyon konsa, sa ap ede w met “bagay ki pi enpòtan yo”, sa vle di adorasyon w ap bay Jewova a ak sa fanmi w bezwen, anvan avantaj materyèl. Konsa, w ap kapab pran yon desizyon Jewova ap beni. w25.01 17 § 11-13.
Dimanch 30 out
Jewova toupre moun kè yo ap fann. — Sòm 34:18.
Menmsi lòt moun te maltrete w, ou ka gen asirans Jewova renmen w e w gen valè pou li. Si w santi ‘lespri w kraze’, sonje Jewova te wè bon bagay nan kè w e se li menm ki te rale w vin jwenn li (Jan 6:44). Li toujou pare pou l ede w paske li renmen w anpil. Nou ka aprann ki jan Jewova santi l lè nou egzamine egzanp Jezi. Lè Jezi te sou tè a, li te janti ak moun lòt moun te konn maltrete yo e li te aji avèk yo ak konpasyon (Mat. 9:9-12). Lè yon dam ki te gen espwa li t ap geri anba yon maladi terib li te genyen te touche rad Jezi, Jezi te konsole l e l te felisite l pou lafwa l (Mak 5:25-34). Jezi te imite Papa l yon fason ki pafè (Jan 14:9). Se sa k fè ou ka gen asirans Jewova ba w anpil valè e li remake bèl kalite w genyen, sa gen ladan l lafwa w genyen ak lanmou w gen pou li. w24.10 7 § 4-5.
Lendi 31 out
Se pou w mete tout dlo ki sot nan je m yo nan bidon an po w la. — Sòm 56:8.
David te oblije andire anpil sitiyasyon difisil nan lavi l e sa te fè l kriye. Gen moun ki te rayi l e gen moun li te fè konfyans ki te menm trayi l (1 Sam. 19:10, 11; 2 Sam. 15:10-14, 30). Rive yon lè, men sa David te ekri: “Mwen fatige tèlman m ap plenn. Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m, mwen benyen kabann mwen nèt tèlman m kriye.” (Sòm 6:6). Malgre David te nan gwo pwoblèm, li te gen konviksyon Jewova renmen l. Men sa l te ekri: “Jewova ap tande m lè m ap kriye.” (Sòm 6:8). Pawòl nou jwenn nan tèks pou jounen an montre aklè Jewova renmen nou anpil, li enterese konn ki jan n santi n. David te santi se kòmsi Jewova t ap ranmase dlo nan je l met nan yon bidon oswa Li t ap ekri yo nan yon liv. David te sèten Jewova te wè jan l t ap soufri e L pa t bliye sa. David te gen konviksyon Papa l ki nan syèl la ki gen lanmou pa t sèlman wè pwoblèm li yo, men l te wè tou jan sa te fè l santi l. w24.12 22 § 11-12.