BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • es26 p. 88-97
  • Septanm

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Septanm
  • Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
  • Soutit
  • Madi 1ye septanm
  • Mèkredi 2 septanm
  • Jedi 3 septanm
  • Vandredi 4 septanm
  • Samdi 5 septanm
  • Dimanch 6 septanm
  • Lendi 7 septanm
  • Madi 8 septanm
  • Mèkredi 9 septanm
  • Jedi 10 septanm
  • Vandredi 11 septanm
  • Samdi 12 septanm
  • Dimanch 13 septanm
  • Lendi 14 septanm
  • Madi 15 septanm
  • Mèkredi 16 septanm
  • Jedi 17 septanm
  • Vandredi 18 septanm
  • Samdi 19 septanm
  • Dimanch 20 septanm
  • Lendi 21 septanm
  • Madi 22 septanm
  • Mèkredi 23 septanm
  • Jedi 24 septanm
  • Vandredi 25 septanm
  • Samdi 26 septanm
  • Dimanch 27 septanm
  • Lendi 28 septanm
  • Madi 29 septanm
  • Mèkredi 30 septanm
Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2026
es26 p. 88-97

Septanm

Madi 1ye septanm

Kontinye verifye si nou nan lafwa. — 2 Kor. 13:5.

Nou dwe fè efò nonsèlman pou nou vin gen matirite, men tou, pou nou kontinye genyen l. Sa mande pou nou veye pou n pa twò kwè nan tèt nou (1 Kor. 10:12). Nou dwe “kontinye verifye” pou nou wè si n ap kontinye fè pwogrè. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Kolòs yo, yon lòt fwa ankò li te montre nou bezwen kontinye gen matirite. Menm lè kretyen sa yo te vin gen matirite, Pòl te ankouraje yo pou yo veye pou yo pa kite fason monn nan panse twonpe yo (Kol. 2:​6-10). Epafras, sanble ki te byen konnen moun ki nan kongregasyon an, te toujou ap priye “yon fason pou [yo te] ka rete djanm antanke moun ki gen matirite”. (Kol. 4:12.) Ki leson nou ka aprann? Pòl ak Epafras te konprann pou n kontinye gen matirite sa mande pou n fè efò e nou bezwen èd Bondye. Yo te vle kretyen nan vil Kolòs yo kontinye gen matirite oswa kontinye fè pwogrè antanke kretyen malgre difikilte yo te jwenn. w24.04 6-7 § 16-17.

Mèkredi 2 septanm

Jewova avèk nou. Nou pa bezwen pè yo. — Nonb 14:9.

Lè n vin gen bonjan lakrentif pou Jewova, nou vin tèlman renmen l nou pa t ap janm fè yon bagay ki pap fè l plezi. Nou vrèman anvi aprann konnen diferans ki genyen ant sa ki byen ak sa ki mal, ant laverite ak manti, pou n ka jwenn favè Jewova (Pwo. 2:​3-6; Ebre 5:14). Si nou plis pè moun pase nou gen lakrentif pou Bondye, nou ka kòmanse kwè yon seri bagay ki depaman ak laverite. Ann pran egzanp 12 chèf ki t al kòm espyon nan peyi Jewova te pwomèt l ap bay Izrayelit yo. Laperèz dis nan espyon yo te gen pou moun Kanaran yo te pi fò pase lanmou yo te gen pou Jewova. Men sa yo te di lòt Izrayelit yo: “Nou pap kapab monte al goumen ak pèp sa a, paske yo gen plis fòs pase nou.” (Nonb 13:​27-31). Gen moun ki te ka di moun Kanaran yo te gen plis fòs e se te vre. Men, si yo ta di Izrayelit yo pa t ap kapab pot laviktwa sou ènmi yo, konnen yo bliye Jewova. w24.07 9 § 5-6.

Jedi 3 septanm

Èske Jij tout tè a pap fè sa ki jis? — Jen. 18:25.

Èske nou gen bonjan rezon pou n kwè lè Jewova ap jije moun li toujou pran bon desizyon an? Wi! Abraram te byen konprann Jewova se “Jij tout tè a”, yon Jij ki pafè, ki toujou aji avèk sajès e ki gen mizèrikòd. Jewova bay Pitit Gason l lan fòmasyon e l ba l responsablite pou l jije tout moun (Jan 5:22). Ni Papa a ni Pitit la kapab li sa k nan kè chak moun (Mat. 9:4). Donk, lè y ap jije chak moun, y ap toujou “fè sa ki jis”! Ann pran detèminasyon pou n fè Jewova konfyans e pou n fè tout desizyon l pran konfyans. Nou rekonèt nou pa gen kapasite pou n jije, men, li menm, li gen kapasite sa a (Eza. 55:​8, 9)! Donk, n ap kite tout jijman an nan men l ak nan men Pitit li a, Wa ki toujou demontre jistis ak mizèrikòd menm jan ak Papa l la, paske nou fè yo konfyans. — Eza. 11:​3, 4. w24.05 7 § 18-19.

Vandredi 4 septanm

Jewova pa vle wè moun k ap fè sa k pa sa, men, li bon zanmi ak moun ki dwat. — Pwo. 3:32.

Nou ka aprann jan l enpòtan pou n gen yon kè ki sensè lè n sonje sa Jezi te di premye fwa l te rankontre Natanayèl. Lè Filip te mennen Natanayèl, zanmi l, kot Jezi, gen yon bagay estrawòdinè ki te rive. Byenke Jezi potko janm rankontre Natanayèl, Jezi te di: “Gade! Men yon Izrayelit ki vrèman pa gen riz nan li.” (Jan 1:47). Jezi te wè Natanayèl gen yon senserite estrawòdinè lakay li. Byenke Natanayèl te yon moun enpafè menm jan avè n, pa t gen okenn ipokrizi nan li. Jezi te apresye Natanayèl pou sa, e l te felisite l. Pifò nan sa Sòm 15 lan mande nou fè pou n fè Jewova plezi yo gen rapò ak fason n aji ak lòt moun. Sòm 15:3 di yon moun Jewova envite nan tant li se yon moun “ki pa bay moun kout lang, ki pa fè pwochen l anyen ki mal, ki pa pale zanmi l mal”. Si n mal sèvi ak lang nou, sa ka fè lòt moun soufri anpil. — Jak 1:26. w24.06 10 § 7, 9; 11 § 10.

Samdi 5 septanm

Seyè, lè nou sèvi ak non w, menm demon yo soumèt devan nou. — Lik 10:17.

Si w byen prepare pou travay fè disip la, w ap santi w pi alèz lè w ap pale ak lòt moun. Jezi te ede disip li yo prepare anvan l te voye yo al preche (Lik 10:​1-11). Lefètke yo te aplike sa Jezi te anseye yo, yo te rive fè bon travay e sa te fè yo gen kè kontan. Ki jan nou ka prepare pou travay fè disip la? Nou bezwen reflechi sou fason nou ka byen esplike laverite nan pwòp mo pa nou. Li bon tou pou n panse ak de oswa twa fason moun nan tèritwa a konn reyaji epi reflechi sou sa n ap fè nan chak sitiyasyon. Konsa, lè n ap pale ak moun yo, nou ka fè efò pou nou rilaks, pou n souri e pou n amikal. w24.04 16 § 6-7.

Dimanch 6 septanm

Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, onè ak pisans, paske ou kreye tout bagay. — Rev. 4:11.

Pi gwo rezon ki fè nou preche bon nouvèl la, se paske nou renmen Jewova Dye e n renmen non l ki sen. Nou konsidere travay fè disip la kòm yon mwayen pou n bay Bondye nou renmen an louwanj. Se ak tout kè n nou dakò Jewova Dye merite resevwa glwa, onè ak pisans nan men moun k ap sèvi l fidèlman yo. Nou ba l glwa ak onè lè n fè lòt moun konnen prèv ki montre li “kreye tout bagay” e se grasa li nou egziste. Nou ba l pisans, sa vle di pisans pa nou, lè n sèvi ak tan nou, fòs nou ak sa n posede pou n patisipe nan travay fè disip la toutotan sitiyasyon nou pèmèt nou fè sa (Mat. 6:33; Lik 13:24; Kol. 3:23). Anfèt, nou renmen pale ak lòt moun konsènan Bondye nou renmen an. Epitou, nou santi nou dwe fè lòt moun konn non l ak tout sa non l reprezante. w24.05 17 § 11.

Lendi 7 septanm

Li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre. — Ebre 11:6.

Jewova ban nou lapè ak anpil bon bagay ki fè nou gen kè kontan depi kounye a e l ap ban nou lavi ki pap janm fini an alavni. Nou kapab met espwa nou nan Jewova, paske nou gen konviksyon li vle rekonpanse nou e li gen pouvwa pou l fè sa. E konviksyon sa a fè n ret okipe nan adorasyon n ap ba li a, menm jan sèvitè fidèl li te genyen nan tan lontan yo te fè sa. Se sa Timote ki t ap viv nan premye syèk la te fè (Ebre 6:​10-12). Timote te met espwa l nan Bondye vivan an (1 Tim. 4:10). Se sa k fè li te gen bonjan rezon pou l te travay di e pou l te lite. Nan ki sans? Apot Pòl te ankouraje l pou l te vin yon pi bon anseyan nan travay predikasyon an ak nan kongregasyon an. Pòl te di l tou pou l bay kwayan parèy li yo, jèn kou granmoun, bon egzanp. E li te gen pou l fè yon seri travay ki difisil, sa te gen ladan l bay moun konsèy yon fason ki fèm men avèk lanmou paske yo te bezwen sa (1 Tim. 4:​11-16; 2 Tim. 4:​1-5). Timote te ka gen asirans Jewova t ap rekonpanse l. — Wom. 2:​6, 7. w24.06 22-23 § 10-11.

Madi 8 septanm

Jewova te kontinye sèvi ak pwofèt li yo [...] pou l avèti Izrayèl ak Jida. — 2 Wa 17:13.

Byen souvan, Jewova te sèvi ak pwofèt li yo pou avèti pèp li a e pou korije yo. Pa egzanp, men sa Jewova te di pa mwayen Jeremi: “O Izrayèl, ou menm ki vire do ban mwen, retounen vin jwenn mwen. [...] Mwen pap meprize w e m pap rete fache kont ou, paske m fidèl. [...] Mwen pap rete an kòlè pou toutan. Sèlman, se pou w rekonèt ou koupab, paske w fè rebèl ak Jewova.” (Jer. 3:​12, 13). Men sa Jewova te di tou pa mwayen Jowèl: “Tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou.” (Jow. 2:​12, 13). Men sa l te fè Ezayi di: “Se pou n pirifye tèt nou! Retire move aksyon nou yo devan je m. Sispann fè sa ki mal.” (Eza. 1:​16-19). Pa mwayen Ezekyèl, men sa Jewova te mande yo: “Èske lè yon moun mechan mouri, sa fè m plezi? [...] Èske m pa t ap pi pito pou l sispann fè sa l t ap fè yo e pou l kontinye viv? Mwen pa pran plezi nan lanmò pèsonn. [...] Kidonk, se pou nou sispann fè sa ki mal pou nou ka sove lavi nou.” (Eze. 18:​23, 32). Jewova pran plezi lè moun repanti paske li vle pou yo viv pou toutan. w24.08 9 § 5-6.

Mèkredi 9 septanm

Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil. — 2 Tim. 3:16.

Jewova bay chak sèvitè l sa yo bezwen pou yo ka kontinye gen bon relasyon avè l, li gide yo e li pwoteje yo. Yon lòt egzanp ki montre Jewova pa gen patipri antanke Sila a ki akeyi nou nan tant li se lefètke li fè moun toupatou sou tè a jwenn Bib la. Okòmansman, yo te ekri Bib la nan twa lang: ebre, arameyen ak grèk. Èske moun ki kapab li Bib la nan lang yo te ekri l okòmansman yo gen yon pi bon relasyon ak Jewova pase moun ki pa kapab li l nan lang sa yo? Non, sa pa vle di sa (Mat. 11:25). Se pa paske nou fè gwo etid oswa paske nou gen kapasite pou nou konn plizyè lang ki fè Jewova envite n antanke zanmi l. Se pa moun ki fè gwo etid sèlman Jewova bay posiblite jwenn sajès li. Li bay moun toupatou sou tè a posiblite sa a, kit yo fè gwo etid kit yo pa fè gwo etid. Yo tradui Labib, Pawòl li te fè ekri a, nan plizyè milye lang. Konsa, moun toupatou sou tè a kapab pwofite ansèyman ki ladan l lan e yo kapab aprann ki jan pou yo vin zanmi Jewova. — 2 Tim. 3:​16, 17. w24.06 6-7 § 13-15.

Jedi 10 septanm

Lè pou yo ravaje [Jerizalèm nan] ap pwoche. — Lik 21:20.

Jerizalèm pa t lwen detwi, jan Jezi te anonse sa. Kretyen yo te bezwen sèvi ak tan ki te rete a pou yo te prepare yo lè yo te chèche gen yon seri kalite tankou lafwa ak andirans (Ebre 10:25; 12:​1, 2). Talè konsa, nou pral jwenn yon tribilasyon ki pi gwo lontan pase sa kretyen ebre yo te jwenn nan (Mat. 24:21; Rev. 16:​14, 16). Ann egzamine kèk nan bonjan konsèy Jewova te bay pou ede kretyen sa yo ki kapab itil nou tou. Apot Pòl te ankouraje kwayan parèy li yo pou yo fouye pi fon nan Pawòl Bondye a (Ebre 5:14–6:1). Pòl te sèvi ak Liv ki te ekri ann ebre yo pou l te ede frè l yo konprann rezon ki fè fason kretyen yo t ap adore Jewova te pi bon lontan pase fason Juif yo t ap adore Jewova. Pòl te konnen si kretyen sa yo ta vin gen plis konesans e yo ta vin pi byen konprann laverite, yo t ap ka rekonèt fo rezònman e yo pa t ap aksepte yo. Konsa, yo pa t ap kite moun pran tèt yo. w24.09 8-9 § 2-3; 10 § 6.

Vandredi 11 septanm

Se toutbon Seyè a leve wi. — Lik 24:34.

Disip Jezi yo te bezwen ankourajman. Poukisa? Gen ladan yo ki te kite kay yo, fanmi yo ak biznis yo pou yo te suiv Jezi nèt (Mat. 19:27). Gen lòt, moun te mal aji avè yo paske yo te vin disip Jezi (Jan 9:22). Yo te fè sakrifis sa yo paske yo te kwè Jezi se Mesi Bondye te pwomèt la (Mat. 16:16). Men, lè yo te touye Jezi, yo te vin tris e yo te dekouraje paske yo pa t konnen ki sa k t apral pase. Jezi te konprann se te yon bagay ki nòmal pou disip li yo santi yo tris lè l te mouri a, e l te konnen se pa paske yo te manke lafwa ki fè yo te santi yo konsa. Donk, jou l te resisite a, li te kòmanse ankouraje zanmi l yo. Pa egzanp, li te parèt devan Mari, moun Magdala a, pandan Mari t ap kriye bò tonm li an (Jan 20:​11, 16). Li te parèt tou devan de disip ki te deplase pou y al Emayis. Epi, li te parèt devan apot Pyè. w24.10 13 § 5-6.

Samdi 12 septanm

Se pou nou toujou pare pou nou defann nou devan nenpòt moun ki mande nou rezon ki fè nou gen esperans nou genyen an. — 1 Pyè 3:15.

Paran, ede pitit ou pou l esplike lòt moun rezon ki fè l kwè nan yon Kreyatè. Li ta bon pou n gade ansanm atik ki nan seri ki gen tit “Kesyon jèn yo konn poze: Kreyasyon oswa evolisyon?” ki sou jw.org. Epi, pitit ou ka chwazi esplikasyon li santi ki ka ede lòt moun konprann gen yon Kreyatè. Fè repetisyon avè l sou sa. Ankouraje l sèvi ak esplikasyon ki senp e ki lojik si yon moun dispoze pale sou sijè a. Pa egzanp, yon kamarad lekòl li ka di: “Mwen kwè sèlman sa m ka wè e m pa janm wè Bondye.” Yon jèn kretyen ta ka reponn: “Imajine w ap mache nan yon forè kote pa gen moun epi w jwenn yon pi ki gen dlo. Ki s w t ap panse? Si lè nou wè yon pi sa montre aklè se yon moun ki te fè l, alewè pou linivè!” w24.12 18 § 16.

Dimanch 13 septanm

Èske se pa moun ki granmoun ki gen sajès, e èske se pa moun ki viv lontan ki gen bon konprann? — Jòb 12:12.

Nou tout bezwen konsèy lè n ap pran desizyon enpòtan nan lavi nou. Ansyen yo ak lòt kretyen ki gen matirite kapab ede n nan sans sa a. Si yo pi gran anpil pase n, nou pa ta dwe kouri panse konsèy yo ban nou yo pap itil nou jodi a. Jewova vle n aprann nan men moun ki granmoun yo. Yo gen plis tan pase n depi y ap ranmase eksperyans, bon konprann ak sajès. Nan epòk yo t ap ekri Bib la, Jewova te sèvi ak granmoun ki fidèl pou ankouraje pèp li a e pou gide yo. Ann pran egzanp Moyiz, David ak apot Jan. Yo pa t viv nan menm epòk e yo pa t nan menm sitiyasyon. Nan fen lavi yo, yo te bay moun ki pi jèn pase yo konsèy ki gen sajès. Chak mesye fidèl sa yo ki te granmoun te montre jan sa enpòtan pou n obeyi Bondye. Kit nou jèn, kit nou granmoun, nou kapab jwenn byenfè lè n egzamine konsèy yo te bay yo. — Wom. 15:4; 2 Tim. 3:16. w24.11 8 § 1-2.

Lendi 14 septanm

Si nou pa manje chè Pitit lòm nan, e si nou pa bwè san l, nou pap gen lavi. — Jan 6:53.

Nan epòk Noye a, Bondye te entèdi moun manje san (Jen. 9:​3, 4). Annapre, nan Lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la, li te ba yo lòd pou yo pa manje san. Nenpòt moun ki te manje san, yo te dwe “touye” l (Lev. 7:​27, nòt). Jezi te anseye Juif yo pou yo obeyi tout Lwa Jewova te ba yo a (Mat. 5:​17-19). Donk, li pa t ap janm mande Juif yo pou yo manje chè l oswa pou yo bwè san ki sot nan venn li. Jezi t ap pale nan yon sans senbolik, menm jan li te fè anvan sa lè l t ap pale ak yon dam ki moun Samari. Men sa l te di dam nan: “Dlo m ap [bay la] ap [...] bay lavi ki pap janm fini an.” (Jan 4:​7, 14). Jezi pa t vle di dam ki moun Samari a t ap jwenn lavi ki pap janm fini an si l ta jis bwè dlo ki sot nan yon pi. Menm jan an tou, Jezi pa t vle di foul moun li t ap pale avè yo Kapènawòm yo t ap gen lavi ki pap janm fini an si yo te manje chè l e yo te bwè san l toutbon. w24.12 9 § 4-6.

Madi 15 septanm

Prezante kò nou kòm yon sakrifis ki vivan, ki sen, ki fè Bondye plezi. Konsa, n ap ba li yon sèvis sakre avèk kapasite nou genyen pou nou rezone. — Wom. 12:1.

Mari ki kretyen yo bezwen fè atansyon pou yo pa kite move fason monn nan konsidere fi detenn sou yo. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske byen souvan se fason yon moun panse ki lakòz li fè yon seri aksyon. Apot Pòl te avèti kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki te nan vil Wòm yo pou yo “sispann konfòme [yo] ak sistèm sa a”. (Wom. 12:​1, 2.) Lè Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo, li klè kongregasyon an te deja egziste depi yon bon bout tan. Sepandan, pawòl Pòl yo te montre gen kèk moun nan kongregasyon an ki te kontinye aji selon koutim ak panse monn nan. Se poutèt sa li te ankouraje yo pou yo chanje fason yo panse ak konpòtman yo. Se sèten mari ki kretyen yo bezwen suiv konsèy sa a jodi a. Malerezman, gen kèk ladan yo ki kite fason moun nan monn nan panse detenn sou yo, e sa menm fè yo mal aji ak madanm yo. w25.01 9 § 4.

Mèkredi 16 septanm

Pran swen twoupo Bondye a ki sou kont nou, epi fè travay nou kòm siveyan. — 1 Pyè 5:2.

Jodi a, ansyen yo gen anpil aktivite pou yo fè. Yo se moun k ap evanjelize (2 Tim. 4:5). Yo bay yon bèl egzanp lefètke yo chofe nan travay fè disip la, yo òganize travay predikasyon an nan tèritwa kote y ap viv, yo ban nou fòmasyon pou n preche e pou n anseye yon fason ki efikas. Epitou, yo sèvi kòm jij ki gen mizèrikòd e ki pa nan patipri. Lè yon kretyen fè yon peche grav, ansyen yo fè tout sa yo kapab pou yo ede l retounen gen bon relasyon ak Jewova. Anmenmtan, yo veye pou kongregasyon an rete pwòp (1 Kor. 5:​12, 13; Gal. 6:1). Yo plis konnen ansyen yo kòm bèje (1 Pyè 5:​1-3). Yo bay diskou ki byen prepare ki baze sou Bib la, yo fè efò pou yo konnen chak moun ki gen nan kongregasyon an e yo fè vizit pastoral. Gen kèk ansyen ki ede nan konstriksyon ak nan antretyen Sal Wayòm. Yo ede nan òganize kongrè, nan travay Komite lyezon ospitalye yo ap fè, nan Gwoup pou vizite malad, anplis lòt travay yo gen pou yo fè. Ansyen yo travay di pou nou! w24.10 20 § 9.

Jedi 17 septanm

Menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi. — 1 Kor. 15:22.

Labib fè konnen, piske yo te peye ranson an, nou libere anba peche ak lanmò. Men sa apot Pyè te di sou sa: “Nou konnen se pa avèk ajan ak lò, bagay ki ka depafini, yo te delivre nou [literalman, “yo te bay ranson pou nou; yo te rachte nou”] anba fason nou t ap viv la ki san sans nou te eritye nan men zansèt nou yo. Men, se avèk yon san ki gen anpil valè, ki tankou san yon ti mouton ki san defo e ki san tach, sa vle di san Kris la.” (1 Pyè 1:​18, 19; nòt.) Grasa ranson an, nou kapab libere anba peche ak lanmò ki lakòz anpil soufrans (Wom. 5:21). Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n santi nou gen Jewova ak Jezi anpil rekonesans lefètke nou libere anba peche ak lanmò grasa san Jezi ki gen anpil valè, oswa lavi l. w25.02 5 § 15-16.

Vandredi 18 septanm

Byennere moun ki toujou ap veye kò l. — Pwo. 28:14.

Ki jan n ka veye kò nou? Ann wè ki sa n ka aprann nan istwa jèn gason yo pale de li nan Pwovèb chapit 7 la. Li te fè imoralite seksyèl ak yon fi ki imoral. Vèsè 22 a fè n konnen jèn gason an te mache dèyè fi a “menm kote a”. Men, jan vèsè ki vin anvan yo montre sa, jèn gason an te pran yon seri desizyon anvan sa ki te fè l vin pi fasil pou l tonbe nan peche. Ki sa k te lakòz li tonbe nan peche? Anvan sa, nan aswè, li te “pase nan wout ki toupre kafou kote fi [imoral la] rete a”. Apre sa, li mache al nan direksyon kay fi a (Pwo. 7:​8, 9). Epi, lè l te wè fi a li pa t vire l ale. Okontrè, li te aksepte fi a bo l e li te koute l lè l t ap di l li te fè sakrifis kominyon, petèt nan entansyon pou l te fè misye panse li pa t yon move moun (Pwo. 7:​13, 14, 21). Si jèn gason an te evite danje ki te lakòz li peche a, li t ap rete sou pinga l, konsa, li pa t ap tonbe nan tantasyon e li pa t ap peche. w24.07 16 § 8-9; 19 § 19.

Samdi 19 septanm

Nou ta dwe dispoze padone l [...], e nou ta dwe konsole l. — 2 Kor. 2:7.

Jewova pa tolere peche grav nan mitan pèp li a. Li pa dakò ak moun ki panse yo dwe demontre mizèrikòd pou moun ki peche ki pa repanti yo epi kite yo kontinye rete nan kongregasyon an. Jewova gen mizèrikòd, men li pa sitirè, ni li pap chanje prensip li yo (Jid 4). Dayè, si l ta fè sa, li pa t ap demontre l gen mizèrikòd ditou paske sa t ap mete tout kongregasyon an an danje (Pwo. 13:20; 1 Kor. 15:33). Mete sou sa, nou aprann Jewova pa ta renmen pou pèsonn moun detwi. Li vle sove plis moun posib. Li montre mizèrikòd pou moun ki repanti e ki vle retounen vin gen bon relasyon avè l ankò (Eze. 33:11; 2 Pyè 3:9.) Se sa k fè, lè mesye nan kongregasyon Korent lan te repanti e l te kase tèt tounen, Jewova te sèvi ak apot Pòl pou l te esplike kongregasyon an yo te dwe padone mesye sa a epi akeyi l. w24.08 17 § 7; 18-19 § 14-15.

Dimanch 20 septanm

Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l. — Mat. 25:40.

Nan parabòl mouton ak kabrit yo, Jezi te pale konsènan jijman moun ki gen posiblite pou yo soutni frè l yo ki gen esperans pou y al viv nan syèl (Mat. 25:​31-46). L ap fè jijman sa a pandan “gwo tribilasyon” an, yon ti tan anvan Amagedon (Mat. 24:21). Menm jan yon bèje met mouton apa e l met kabrit apa, Jezi pral fè yon separasyon ant moun ki kontinye soutni frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl ak moun ki pa fè sa. Pwofesi ki nan Bib la fè konnen lè Jezi pral jije pou Jewova, l ap fè sa yon fason ki jis (Eza. 11:​3, 4). L ap egzamine konpòtman moun yo, fason yo panse ak pawòl y ap di, san wete fason yo aji ak frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl (Mat. 12:​36, 37). Jezi ap konnen kiyès ki te ede frè l yo Bondye chwazi pou al nan syèl e ki te soutni travay y ap fè a. Youn nan fason ki pi enpòtan moun ki tankou mouton yo ede frè Kris yo se lè yo patisipe nan travay predikasyon an. w24.09 20-21 § 3-4.

Lendi 21 septanm

Verifye tout bagay. — 1 Tes. 5:21.

Nou kapab verifye si sa nou kwè yo se laverite lè n konpare yo ak sa Bib la di. Pa egzanp, sonje jèn pwoklamatè a ki t ap mande tèt li si Bondye vrèman enterese nan li. Èske l ta dwe panse, lefètke l ap poze tèt li kesyon sa a, Jewova pa enterese nan li? Non, li dwe “verifye tout bagay” lè l etidye Bib la pou l konnen ki jan Jewova wè l. Pandan n ap li Pawòl Bondye a, se kòmsi Jewova ap pale avè n. Men, nou bezwen fè plis pase annik li Bib la si n vle jwenn repons Jewova bay pou yon kesyon nou genyen. Nou bezwen egzamine vèsè k ap ede n jwenn repons kesyon an. Nou ka fè rechèch sou sijè sa a lè n sèvi ak zouti òganizasyon Jewova a ban nou (Pwo. 2:​3-6). Nou kapab priye Jewova pou l gide nou nan rechèch n ap fè a e pou l ede nou konn sa l panse sou kesyon an. Apre sa, nou kapab chèche prensip ki nan Bib la ak enfòmasyon ki gen rapò ak sitiyasyon pa nou an. w24.10 25 § 4-5.

Madi 22 septanm

[Lanmou] pa chèche pwòp enterè l. — 1 Kor. 13:5.

Jewova pap beni efò okenn moun fè si se ògèy oswa anbisyon ki pouse moun sa a fè efò sa yo (1 Kor. 10:​24, 33; 13:4). Pafwa, menm pi bon zanmi Jezi yo t ap chèche jwenn privilèj nan move entansyon. Ann wè sa apot Jak ak apot Jan te fè. Yo te mande Jezi pou l ba yo plas espesyal nan Wayòm li an. Jezi pa t felisite yo pou sa. Okontrè, men sa l te di toule 12 apot yo: “Nenpòt moun ki vle vin enpòtan pami nou dwe vin sèvitè nou, e nenpòt moun ki vle premye pami nou dwe vin esklav nou tout.” (Mak 10:​35-37, 43, 44). Frè k ap chèche vin kalifye nan objektif pou yo sèvi lòt moun ap ede kongregasyon an divès fason. — 1 Tes. 2:8. w24.11 15-16 § 7-8.

Mèkredi 23 septanm

Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy. — Pwo. 15:22.

Lè n ap pran desizyon, lanmou ap pouse n chèche “avantaj pa lòt moun” epi aji avèk bonsans (1 Kor. 10:​23, 24, 32; 1 Tim. 2:​9, 10). Konsa, n ap pran yon desizyon k ap montre nou renmen lòt moun e nou gen respè pou yo. Si w ap pran yon gwo desizyon, reflechi ak sa w ap bezwen fè pou w pran desizyon sa a. Jezi te anseye nou pou n “kalkile konbyen sa ap koute” nou (Lik 14:28). Donk, reflechi ak kantite tan, kantite lajan ak kantite efò sa ap mande pou w fè desizyon an reyisi. Nan kèk sitiyasyon, ou ka pale ak fanmi w pou w konnen sa chak moun nan fanmi an ap bezwen fè pou desizyon an ka reyisi. Poukisa li bon pou w fè sa? Sa ka ede w wè si w bezwen fè kèk chanjman nan desizyon w vle pran an oswa si w ap bezwen pran yon lòt desizyon k ap pi bon. Mete sou sa, lè w pale ak fanmi w e w koute lè y ap fè w konnen sa yo panse, y ap pi dispoze travay ansanm avè w pou desizyon an reyisi. w25.01 18-19 § 14-15.

Jedi 24 septanm

Se pou nou rejwi e se pou kè nou kontan. — Eza. 65:18.

Ezayi esplike poukisa nou gen bonjan rezon “pou nou rejwi e [...] pou kè nou kontan” nan paradi espirityèl la. Se Jewova ki kreye paradi espirityèl la (Eza. 65:​18, 19). Nou pa sezi lefètke Jewova sèvi avè n pou ede moun yo soti nan òganizasyon ki nan monn sa a ki pa anseye laverite sou Bondye e pou nou ede yo vin fè pati bèl paradi espirityèl nou ladan l lan! Se pa ti kontan nou kontan pou benediksyon nou jwenn paske nou nan laverite, e sa fè nou anvi fè lòt moun konn sa (Jer. 31:12). Nou gen rekonesans tou pou esperans nou genyen antanke moun k ap viv nan paradi espirityèl la, e sa fè nou kontan anpil. Bib la pwomèt n ap “bati kay e [n] ap abite ladan yo. [N] ap plante jaden rezen e [n] ap manje fwi yo bay”. Nou “pap kraze kò [nou] travay pou granmesi”, paske “Jewova [ap] beni” nou. Li pwomèt nou yon vi ki bay satisfaksyon, ki gen sans toutbon. Li konnen sa chak moun bezwen e l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen”. — Eza. 65:​20-24; Sòm 145:16. w24.04 22-23 § 11-12.

Vandredi 25 septanm

Bondye [...] se mas wòch mwen e li se refij mwen. — Sòm 62:7.

Nou fè Jewova vin Mas Wòch pa nou lè n konte sou li nèt. Nou gen konfyans lè n obeyi l menm nan moman difisil yo, sa bon pou nou (Eza. 48:​17, 18). Lè n wè jan Jewova ede n, nou vin gen plis konfyans nan li. Lè sa a, n ap pi byen prepare pou n fè fas ak yon seri eprèv se Jewova sèlman ki ka ede nou reziste anba yo. Jewova tankou yon gwo mas wòch, Li toujou ret menm jan an. Pèsonalite l ak objektif li pa janm chanje (Mal. 3:6). Lè Adan ak Èv te fè rebèl ak Jewova nan jaden Edenn nan, li pa t chanje objektif li gen pou lèzòm nan. Jan apot Pòl te ekri, Jewova “pa ka demanti tèt li”. (2 Tim. 2:13.) Sa vle di, kèlkeswa sa k rive oswa kèlkeswa sa lòt moun fè, Jewova pap janm chanje fason l ye, objektif li, oswa prensip li yo. Lefètke nou gen konfyans Bondye nou an pa chanje, nou kapab konte sou li pou l sove nou e pou l ede n nan moman difisil yo. — Sòm 62:​6, 7. w24.06 27-28 § 7-8.

Samdi 26 septanm

Moun nou ye nan fon kè nou an [...] gen anpil valè. — 1 Pyè 3:4.

Si w renmen ak yon moun, ki sa k ap ede w deside si w ap marye avè l oswa si w pap marye avè l? Chèche byen konnen youn lòt. Anvan w te renmen ak moun nan, sandout ou te chèche konn kèk bagay sou li. Men, kounye a, ou gen posiblite konnen “moun li ye nan fon kè l”. Sa mande pou w aprann konn plis bagay sou moun ou vle marye avè l la, sou relasyon l ak Jewova, sou pèsonalite l ak fason l panse. Rive yon lè, ou ta dwe kapab reponn yon seri kesyon tankou: ‘Èske moun sa a ap yon bon mari oswa yon bon madanm pou mwen?’ (Pwo. 31:​26, 27, 30; Efe. 5:33; 1 Tim. 5:8). ‘Èske youn ka bay lòt lanmou ak atansyon l bezwen? Èske youn ka sipòte defo lòt?’ (Wom. 3:23). Tank youn ap chèche konn lòt, nou bezwen sonje sa k pi enpòtan se pa rive wè tout bagay menm jan, men se rive adapte youn ak lòt malgre diferans nou genyen yo. w24.05 27 § 5.

Dimanch 27 septanm

Mwen peche kont Jewova. — 2 Sam. 12:13.

Wa David te fè yon peche grav. Men, lè pwofèt Natan t al pale avè l pou peche l te fè a, li te repanti ak tout kè l (Sòm 51:​3, 4, 17, ak pawòl ki anlè tèt chapit la). Wa Ezekyas te peche kont Jewova tou (2 Kwo. 32:25). Men, Ezekyas te repanti ak tout kè l, menm jan ak David (2 Kwo. 32:26). Se sa k fè Jewova te wè l kòm yon wa fidèl ki “te kontinye fè sa ki dwat”. (2 Wa 18:3.) Ki sa nou aprann? Nou bezwen repanti pou peche n fè yo e n bezwen fè tout sa n kapab pou n pa refè yo ankò. Kòman n ap reyaji si ansyen yo nan kongregasyon an ta ban nou konsèy menm sou yon bagay ki sanble pa gen twòp enpòtans? Nou pa ta dwe panse Jewova pa renmen nou oswa ansyen yo gen pwoblèm avè n. Menm bon wa ann Izrayèl yo te konn resevwa konsèy ak disiplin (Ebre 12:6). Lè n resevwa disiplin, nou bezwen 1) montre n gen imilite, 2) fè chanjman ki nesesè yo, e 3) kontinye sèvi Jewova ak tout kè n. Si n repanti pou peche n, Jewova ap padone n. — 2 Kor. 7:​9, 11. w24.07 21 § 8; 22 § 9, 11.

Lendi 28 septanm

Retire mechan an nan mitan nou. — 1 Kor. 5:13.

Yo retire yon moun ki peche nan kongregasyon an lè l refize byen reyaji devan tout efò ansyen yo te fè pou yo ede l repanti (2 Wa 17:​12-15). Aksyon l yo montre li pa chwazi obeyi prensip Jewova yo (Det. 30:​19, 20). Yo fè yon anons pou fè kongregasyon an konnen li pa yon Temwen Jewova ankò. Se pa pou yo imilye moun ki peche a ki fè yo fè anons sa a. Okontrè, yo fè anons sa a pou kongregasyon an kapab suiv konsèy Bib la bay ki mande pou nou “sispann frekante” moun sa a e pou nou “pa menm manje ak” yon moun konsa (1 Kor. 5:​9-11). Gen bonjan rezon ki fè Bib la ban nou konsèy sa a. Men sa apot Pòl te ekri: “Yon tikras ledven fè tout pat la leve.” (1 Kor. 5:6). Si yo pa retire yon moun ki peche ki pa repanti nan kongregasyon an, lòt moun gendwa panse yo pa bezwen fè efò pou yo obeyi kòmandman Jewova yo. — Pwo. 13:20; 1 Kor. 15:33. w24.08 27 § 3-4.

Madi 29 septanm

Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan. — Flp. 4:13.

Nou pa ka pataje fòs oswa enèji nou genyen an ak lòt moun. Men, nou ka sèvi ak fòs nou genyen an pou n ede yo. Pa egzanp, nou ka al fè komisyon pou yon kretyen ki granmoun oswa ki malad oubyen nou ka fè travay nan kay pou li. Oubyen, nou ka ofri tèt nou kòm volontè pou nou netwaye Sal Wayòm nan e pou n fè antretyen ladan l. Epitou, pa bliye pawòl nou di gen fòs. Èske w konn yon moun ki t ap kontan si w felisite l ak tout kè w? Èske w konn yon moun ki bezwen konsolasyon? Nan ka sa yo, fè moun nan konnen ou gen sousi pou li. Ou kapab al vizite moun nan, rele l nan telefòn, oswa petèt ou kapab voye yon kat pou li, yon imel oswa yon mesaj. Ou pa bezwen di pawòl ki konplike. Kèk pawòl tou senp ou di ak tout kè w se kapab egzakteman sa frè w la oswa sè w la bezwen pou l kontinye ret fidèl e pou l santi l pi byen nan sitiyasyon l ye a. — Pwo. 12:25; Efe. 4:29. w24.09 28 § 8-10.

Mèkredi 30 septanm

Si yon moun ap chèche vin siveyan, se yon bèl travay li ta renmen genyen. — 1 Tim. 3:1.

Si w gen kèk tan depi w sèvitè ministeryèl, petèt w ap chèche kalifye pou w vin ansyen. Èske w ta renmen fè “bèl travay” sa a? Ki travay yon ansyen fè? Li pran devan nan travay predikasyon an, li travay di antanke bèje e li anseye, epi li ankouraje kongregasyon an nan pawòl li ak nan egzanp li bay. Bib la gen rezon rele ansyen yo k ap travay di “gason kòm kado”. (Efe. 4:8.) Ki jan w ka vin kalifye pou w vin ansyen? Kondisyon pou yon frè kalifye pou l vin ansyen se pa menm kondisyon pou yon moun kalifye pou l jwenn yon travay. Byen souvan nan monn nan, depi yon patwon jwenn sa l ap chèche nan yon anplwaye, moun sa a ka jwenn djòb la. Yon lòt bò, si w ta renmen vin ansyen, sa mande plis pase konn preche byen oswa anseye byen. Ou bezwen ranpli kondisyon Bib la bay pou yon frè vin ansyen, jan sa parèt nan 1 Timote 3:​1-7 ak Tit 1:​5-9. w24.11 20 § 1-3.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje