Oktòb
Jedi 1ye oktòb
M ap kontinye ret tann Jewova. — Miche 7:7.
Souvan, nou resevwa enstriksyon òganizasyon Jewova a bay pa mwayen ansyen yo, siveyan sikonskripsyon yo, biwo filyal la oswa Kolèj santral la pou gide nou nan adorasyon n ap bay Jewova a. Men, pafwa, nou ka pa konprann rezon ki fè yo bay enstriksyon sa yo. Nou ka sèlman wè difikilte nou jwenn lè n suiv yo. Nou ka menm kòmanse konsantre sou enpèfeksyon frè ki bay enstriksyon sa yo. Si n ta fè sa, nou t ap montre n ap mache selon sa nou wè. Lè n ap mache selon lafwa, nou gen konfyans Jewova gen kontwòl tout bagay e l konn sa k pi bon pou nou. Se sa k fè n ap obeyi byen vit e n ap gen yon bon atitid (Ebre 13:17). Nou konnen lè n obeyi sa fè gen inite nan kongregasyon an (Efe. 4:2, 3). Nou gen konfyans, menm lè frè ki alatèt yo pa pafè, Jewova ap beni nou lè n obeyi (1 Sam. 15:22). Nan moman Jewova chwazi, l ap korije nenpòt bagay ki vrèman bezwen korije. w25.03 23-24 § 13-14.
Vandredi 2 oktòb
Bondye [...] se Sila a ki konn devwale sekrè a. — Dàn. 2:28.
N ap viv nan yon epòk estrawòdinè! Chak jou, gen pwofesi nan Bib la k ap akonpli devan je nou. Pa egzanp, nou wè “wa nò a” ak “wa sid la” ki nan chirepit paske yo chak vle domine monn nan (Dàn. 11:40, nòt). Nou wè bon nouvèl Wayòm Bondye a k ap preche nan yon nivo ki potko janm fèt anvan sa, konsa gen plizyè milyon moun ki vin sèvi Jewova (Eza. 60:22; Mat. 24:14). E nou jwenn anpil enfòmasyon “nan bon moman” ki ede n ret pwòch ak Jewova (Mat. 24:45-47). Jewova kontinye ede n pi byen konprann yon seri gwo evènman ki pral rive talè konsa (Pwo. 4:18). Nou kapab gen asirans, anvan gwo tribilasyon an kòmanse, n ap konn tout sa n bezwen konnen pou n kontinye andire e pou n kontinye gen tèt ansanm nan moman difisil sa a. Men, nou dwe rekonèt gen bagay nou pa konnen anrapò ak sa k pral rive talè konsa. w24.05 8 §1-2.
Samdi 3 oktòb
[Li] pa bay moun kout lang. — Sòm 15:3.
Moun ki te ekri sòm nan pale byen klè sou kesyon bay moun kout lang nan. Ki lè yon moun bay moun kout lang? An jeneral, se yon manti yon moun bay ki ka sal repitasyon yon lòt moun. Sòm 15:3 fè nou sonje tou yon moun Jewova envite nan tant li pa fè pwochen l anyen ki mal e li pa pale zanmi l mal (Sòm 15:1). Ki sa sa ka vle di? Nou ka ap pale yon moun mal san nou pa rann nou kont nan mache di yon seri move pawòl sou moun nan. Pa egzanp: 1) yon sè kanpe sèvis li antanke pyonye pèmanan, 2) yon mari ak madanm pap sèvi nan Betèl ankò, oubyen 3) yon frè pa ansyen oswa sèvitè ministeryèl ankò. Èske li t ap bon pou n ap mache di lòt moun genlè se paske frè a oswa sè a fè yon bagay ki mal ki fè sa rive l? Petèt, gen anpil rezon nou pa konnen ki fè yo fè chanjman sa yo. An reyalite, yon moun Jewova envite nan tant li “pa fè pwochen l anyen ki mal [e li] pa pale zanmi l mal”. w24.06 11 § 11-13.
Dimanch 4 oktòb
Mwen gen Jewova devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen. — Sòm 16:8.
Pou n vin gen plis lakrentif pou Jewova, nou bezwen reflechi sou sa k ap fè l plezi nan chak desizyon n ap pran. Lè w ap li istwa nan Bib la, mande tèt ou: ‘Si se mwen ki te nan sitiyasyon sa a, ki desizyon m t ap pran?’ Pa egzanp, imajine ou menm ki t ap koute dis chèf ann Izrayèl yo ki t ap bay move rapò a, apre yo te fin wè peyi Jewova te pwomèt li t ap bay pèp Izrayèl la. Èske w t ap kwè rapò yo bay la epi w kite sa fè w pè moun? Oswa, èske lanmou w gen pou Jewova ak anvi w genyen pou w fè l plezi t ap gen plis fòs pase laperèz ou genyen an? Se te tout yon jenerasyon Izrayelit ki pa t kwè Jozye ak Kalèb lè yo t ap di laverite. Se sa k fè yo te pèdi posiblite yo te jwenn pou yo te antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. — Nonb 14:10, 22, 23. w24.07 10 § 7.
Lendi 5 oktòb
Jewova […] wè sa k nan kè moun. — Pwo. 17:3.
Gomè, madanm Oze, te kite Oze pou lòt gason. Èske l te yon ka pèdi? Jewova, Sila ki konn li kè a, te di Oze: “Retounen al renmen fi lòt gason [...] renmen an e [k ap] fè adiltè a, menm jan Jewova renmen pèp Izrayèl la, alòske y al sèvi lòt dye.” (Oze 3:1; Pwo. 16:2). Remake nan moman sa a, madanm Oze a potko sispann fè peche grav li t ap fè yo. Poutan, Jewova te mande Oze pou l al chèche l, pou l padone l e pou l rekonsilye avè l. Menm jan an tou, Jewova pa t abandone pèp li a ki te gen tèt di. Menm lè yo te fè yon seri peche ki grav, li te toujou renmen yo e l te kontinye al chèche yo pou l ede yo repanti epi chanje fason y ap aji. Egzanp sa a montre nou Jewova, “li menm [ki] wè sa k nan kè moun”, ap chèche ede moun k ap pratike peche ki grav pou l eseye ede yo repanti. w24.08 10 § 7.
Madi 6 oktòb
Lalwa se sèlman lonbray bon bagay ki gen pou vini yo. — Ebre 10:1.
Nan premye syèk la, Juif ki te vin kretyen yo te gen gwo chanjman pou yo fè, e sa pa t fasil. Yon lè, Juif yo se te pèp Jewova te chwazi. Pandan anpil ane, Jerizalèm te vrèman yon kote espesyal. Se nan vil sa a wa ki te reprezante Jewova yo t ap dirije, e se nan tanp lan moun te konn vin adore Jewova. Tout Juif ki te fidèl yo te suiv Lalwa Moyiz la jan chèf relijye yo te anseye yo sa. Te gen yon seri lwa sou manje pou moun manje, lwa sou sikonsizyon ak fason pou yo aji ak moun lòt nasyon. Sepandan, apre lanmò Jezi, Jewova pa t aksepte sakrifis Juif yo te konn fè yo ankò. Donk, li pa t fasil pou Juif ki te vin kretyen yo chanje fason yo te konn adore (Ebre 10:1, 4, 10). Li te difisil menm pou kretyen ki te gen matirite yo, pa egzanp apot Pyè, te aksepte kèk nan chanjman sa yo (Tra. 10:9-14; Gal. 2:11-14). Kwayans kretyen sa yo te vin genyen yo te lakòz chèf relijye juif yo pèsekite yo. w24.09 9 § 4.
Mèkredi 7 oktòb
Sonje moun k ap dirije nou yo, moun ki fè nou konnen pawòl Bondye a. — Ebre 13:7.
Depi Jewova bay pèp li a yon travay pou yo fè, li atann pou yo fè l nan lòd (1 Kor. 14:33). Pa egzanp, se volonte Bondye pou bon nouvèl la preche sou tout tè a (Mat. 24:14). Jewova met Jezi responsab travay sa a. Jezi veye pou travay la fèt nan lòd. Nan premye syèk la, lè te vin gen kongregasyon ki tabli divès kote, yo te nome ansyen pou bay direksyon e pou pran latèt (Tra. 14:23). Nan Jerizalèm, te gen kolèj santral la, ki te gen ladan l apot yo ak ansyen yo, ki te pran yon seri desizyon yo te atann pou tout kongregasyon yo aplike (Tra. 15:2; 16:4). Lefètke frè ak sè yo te obeyi enstriksyon yo te resevwa yo, “kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e [...] yo te vin gen plis moun”. — Tra. 16:5. w24.04 8 § 1.
Jedi 8 oktòb
Mari, moun Magdala a, pot nouvèl la bay disip yo. Li di yo: “Mwen wè Seyè a!” — Jan 20:18.
Byen bonè nan maten nan jou ki te 16 Nizan an, gen kèk medam fidèl ki te vin nan tonm kote yo te met Jezi a (Lik 24:1, 10). Annou konsantre sou eksperyans youn nan medam sa yo te fè, anpalan de Mari, moun Magdala. Lè Mari te rive nan tonm nan, li te wè l vid. Li te kouri al di Pyè ak Jan sa epi l te suiv mesye yo pandan yo t ap kouri al nan tonm nan. Lè mesye yo te wè tonm nan vid, yo te retounen lakay yo. Men, Mari te rete la e li t ap kriye. Li pa t konnen si Jezi t ap gade l. Jezi te wè dam sa a ki te fidèl t ap kriye, e l te vle konsole l. Donk, li te parèt devan Mari e li te di yon bagay tou senp ki te ankouraje l anpil. Li te pale avè l e li te ba l yon travay enpòtan: li te voye l al di frè l yo li resisite. — Jan 20:17, 18. w24.10 13 § 7.
Vandredi 9 oktòb
M ap fè yon pakèt mèvèy ak mirak nan peyi Ejip. — Egz. 7:3.
Moyiz te sèvi kòm pwofèt, kòm jij, kòm yon dirijan e kòm yon ekriven. Li te gide nasyon Izrayèl la sot nan esklavaj nan peyi Ejip e l te wè anpil nan mirak Jewova te fè yo ak pwòp je l. Jewova te sèvi avè l pou ekri senk premye liv nan Bib la ak Sòm 90, e petèt Sòm 91 tou. Sanble se li menm ki te ekri liv Jòb la tou. Yon ti tan anvan Moyiz mouri lè l te gen 120 an, li te rele tout Izrayelit yo pou l te fè yo sonje sa yo te wè Jewova fè pou yo. Kèk nan Izrayelit yo te wè pakèt mirak Jewova te fè yo ak fason Li te pini Ejipsyen yo (Egz. 7:4). Lè Jewova te fann Lanmè Wouj de bò, yo te mache nan mitan l, e yo te wè Jewova te detwi Farawon ak tout lame l la (Egz. 14:29-31). Lè yo te nan dezè a, yo te wè fason Jewova te pwoteje yo e l te pran swen yo (Det. 8:3, 4). Kounye a, pandan nasyon an t apral antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a, Moyiz te pwofite dènye okazyon sa a pou l te ankouraje pèp la. w24.11 8-9 § 3-4.
Samdi 10 oktòb
Si yon moun manje nan pen sa a, l ap viv pou toutan. [...] Pen m ap bay pou moun nan monn nan ka gen lavi a se chè m. — Jan 6:51.
Pawòl Jezi te di apot li yo nan pandan Soupe Seyè a pa t menm ak sa l te di foul moun yo nan Galile. Sa l te di nan Soupe Seyè a gen rapò ak yon ti gwoup moun. Pifò moun Jezi t ap pale ak yo nan Galile nan ane 32 epòk nou an te sèlman vle Jezi ba yo manje pou yo manje. Men, Jezi te eseye ede yo konprann gen yon bagay ki pi enpòtan lontan pase manje. Li te fè konnen fason yo t ap ka gen lavi ki pap janm fini an. Jezi te menm di moun ki mouri yo t ap ka resisite nan dènye jou a e yo t ap ka viv pou toutan. Li pa t ap pale konsènan yon ti gwoup moun, menm jan l te fè sa annapre pandan Soupe Seyè a. Okontrè, li te pale nan Galile sou yon benediksyon tout moun te kapab jwenn. w24.12 11 § 10-11.
Dimanch 11 oktòb
Nou menm mari, se pou nou kontinye renmen madanm nou. — Kol. 3:19.
Jewova rayi nenpòt moun ki aji avèk vyolans (Sòm 11:5). Li montre li kondane mari k ap mal aji ak madanm yo (Mal. 2:16). Si yon mari pa byen aji ak madanm li, sa ka gen move efè sou relasyon l ak Bondye. Jewova ka pa menm tande priyè l (1 Pyè 3:7). Gen kèk mari ki pale avèk kòlè ak madanm yo e yo di madanm yo pawòl ki fè yo mal anpil. Men, Jewova rayi lè moun ap fè “kòlè ak move san”, lè moun ap “rele sou moun”, e lè moun ap “joure moun”. (Efe. 4:31, 32.) Yon mari ki pale di ak madanm li, nonsèlman sa ap gen move efè sou maryaj li, men tou, sa ap gen move efè sou relasyon l ak Bondye (Jak 1:26). Se menm bagay la lè yon mari ap gade pònografi. Li menm tou, l ap kraze relasyon l gen ak Jewova. Mete sou sa, li montre li pa gen respè pou madanm li. Jewova vle pou yon mari ret fidèl ak madanm li nonsèlman nan fason l aji, men tou, nan fason l panse. Jezi te di yon gason k ap gade yon lòt fi jiskaske li vin anvi l, li deja fè adiltè avè l “nan kè l”. — Mat. 5:28, 29. w25.01 9 § 6-8.
Lendi 12 oktòb
Yo deklare [yon moun] jis […] sèlman grasa lafwa li gen nan Jezi Kris. — Gal. 2:16.
Lè Bondye deklare nou jis, li retire chay nou gen sou do nou yo, li elimine dèt nou yo oswa li efase yo. Lè Jewova fè sa, li toujou aji ann amoni ak prensip li yo ki jis. Li pa deklare nou jis paske nou merite sa, ni li pa fèmen je sou peche nou yo. Sepandan, piske nou gen lafwa nan dispozisyon li pran pou peche nou jwenn padon ak nan ranson ki te peye a, sa ba l yon rezon pou l elimine dèt nou yo (Wom. 3:24). Ki sa sa vle di pou nou chak? Bondye deja deklare moun li chwazi pou al dirije ansanm ak Jezi nan syèl la jis antanke pitit li (Tit 3:7; 1 Jan 3:1). Li padone peche yo. Se kòmsi yo pa t janm fè peche, konsa yo vin kalifye pou yo fè pati Wayòm nan (Wom. 8:1, 2, 30). Bondye deklare moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a jis antanke zanmi l e li padone peche yo (Jak 2:21-23). w25.02 5 § 17; 7 § 18.
Madi 13 oktòb
Se pa panse Bondye ou gen nan tèt ou, men se panse lèzòm. — Mat. 16:23.
Apot Pyè pa t gen menm panse ak Jewova yon lè. Ann wè sa k te pase lè sa a. Jezi te di apot li yo fòk l al Jerizalèm, fòk li sibi anpil bagay anba men prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo, li gen pou l soufri e yo gen pou yo touye l (Mat. 16:21). Pyè te ka twouve li pa nòmal pou Jewova ta kite yo touye Jezi, li menm ki espwa Izrayèl e ki Mesi yo te pwomèt la (Mat. 16:16). Donk, Pyè te pran Jezi apa e l te di l: “Pa di bagay konsa non, Seyè. Sa pa gendwa janm rive w.” (Mat. 16:22). Lefètke Pyè pa t panse menm jan ak Jewova nan okazyon sa a, li pa t dakò ak Jezi. Petèt Pyè te gen bon entansyon. Men, Jezi pa t aksepte konsèy Pyè te ba l la. Ki leson nou aprann? Se pa t volonte Jewova pou Jezi pa mouri. Nan okazyon sa a, Pyè te aprann yon leson enpòtan, li te bezwen chèche panse menm jan ak Bondye. w25.03 9 § 5-6.
Mèkredi 14 oktòb
Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze. — Sòm 34:18.
Èske w tris anpil paske yon moun ou te fè konfyans te desevwa w oswa li te trayi w? Kèlkeswa jan yon moun ta aji avè w, Papa w ki nan syèl la renmen w. Lè moun trayi nou, nou kapab jwenn konsolasyon nan bèl pawòl David te di nou jwenn nan tèks pou jounen an. Gen yon liv ki fè konnen ekspresyon “moun ki gen lespri yo kraze” a ka vle di “moun ki pa atann anyen ki bon”. Ki jan Jewova ede moun ki santi yo konsa? Menm jan ak yon paran ki gen lanmou, ki kenbe pitit li e ki konsole l lè l tris, Jewova “toupre” nou. Lè n ap soufri paske gen moun ki trayi n oswa ki abandone n, Jewova konnen sa n ap pase e li pap pran tan pou l ede nou. Jewova pa ka tann pou l konsole nou e pou l soulaje nou lè n ap soufri e lè n santi n pa vo anyen. Li fè n anpil bèl pwomès k ap ede n andire eprèv nou jwenn jodi a. — Eza. 65:17. w24.12 23 § 13-14.
Jedi 15 oktòb
Se nan men Jewova n ap resevwa […] rekonpans [lan]. — Kol. 3:24.
Jodi a, ansyen yo kapab sèten Jewova wè bèl travay y ap fè e li bay sa valè. Nonsèlman ansyen yo fè vizit pastoral, yo anseye e yo preche, anpil ladan yo bay èd yo nan konstriksyon òganizasyon an ap fè yo e yo ede lè gen katastwòf. Gen lòt k ap sèvi nan Gwoup pou vizite malad oswa nan Komite lyezon ospitalye. Ansyen ki dispoze fè travay sa yo wè kongregasyon an kòm yon dispozisyon Jewova pran. Yo travay di nan kongregasyon an, e yo gen konviksyon Bondye ap rekonpanse yo pou sa yo fè (Kol. 3:23, 24). Nou tout pa kapab ansyen, men, nou tout kapab bay Jewova yon bagay. Bondye nou an apresye lè n fè tout sa n kapab pou n sèvi l. Li wè ofrann nou bay pou travay mondyal la, menmsi sa nou bay la pa anpil. Epitou, li kontan anpil lè n pase sou yon bagay moun fè nou ki fè n mal e lè nou padone. Ou mèt gen konfyans Jewova bay sa w kapab fè anpil valè. Li renmen w poutèt sa, e l ap rekonpanse w. — Lik 21:1-4. w24.06 23 § 12-13.
Vandredi 16 oktòb
Pa kite kè nou fè n chankre al nan wout fi sa a. Pa vire al nan chemen l yo. — Pwo. 7:25.
Istwa Salomon an montre sa k ka rive nenpòt sèvitè Jewova. Li ka fè yon peche ki grav, e pou li menm, se “menm kote a” tout bagay rive. Oswa li ta ka di: “Sa rive m sanzatann.” Epoutan, si l reflechi sou sa k pase a, sandout l ap rann li kont li te pran yon seri move desizyon ki lakòz li peche. Petèt li te chwazi fè zanmi ak moun ki pa renmen Jewova, petèt li te pran detant ki pa kòrèk, oswa li t al yon seri kote yon kretyen pa ta dwe ale, kit se an pèsòn oswa sou Entènèt. Epitou, li ka te sispann priye, li Labib, asiste reyinyon oswa patisipe nan travay predikasyon an. Menm jan ak jèn gason nan liv Pwovèb la, petèt li pa t tonbe nan peche “menm kote a”, men se apre li te fin pran yon seri move desizyon sa te rive l. Ki leson nou aprann? Nonsèlman nou bezwen evite fè peche, men tou, nou bezwen evite kèlkeswa sa ki ka mennen nan peche. Se egzakteman sa Salomon te esplike apre l te fin rakonte istwa a. — Mat. 5:29, 30. w24.07 16 § 10-11.
Samdi 17 oktòb
Nou gen trezò sa a nan veso ki fèt an tè. — 2 Kor. 4:7.
Ki sa trezò sa a ye? Se travay preche mesaj Wayòm nan, yon travay ki ka sove lavi moun (2 Kor. 4:1). Ki sa veso ki fèt an tè yo ye? Yo reprezante sèvitè Bondye yo k ap fè lòt moun konn bon nouvèl la. Nan epòk Pòl la, komèsan yo te konn sèvi ak ja ki fèt ak ajil pou yo transpòte bagay ki gen valè, tankou manje, diven ak lajan. Menm jan an tou, Jewova konfye nou mesaj bon nouvèl la ki gen anpil valè. Avèk èd Jewova, n ap jwenn fòs nou bezwen pou nou kontinye preche. Pafwa, nou ka pè moun oswa nou ka pè pou moun pa fè nou malonèt. Ki sa nou ka fè nan moman sa yo? Ann sonje priyè apot yo te fè lè yo te ba yo lòd pou yo sispann preche. Yo pa t kite laperèz fè yo sispann preche. Okontrè, yo te mande Jewova ede yo “kontinye pale ak kran”. Jewova te reponn priyè yo a lapoula (Tra. 4:18, 29, 31). Si pafwa ou pè moun, mande Jewova ede w vin pi renmen moun pou w ka pa pè pataje bon nouvèl la avèk yo. w24.04 16 § 8-9.
Dimanch 18 oktòb
Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. — Mat. 6:9.
Piske nou renmen Jewova nou vle fè non l vin sen. Sa vle di, nou vle fè lòt moun konnen vye bagay Satan di sou Jewova yo se manti (Jen. 3:1-5; Jòb 2:4; Jan 8:44). Nan travay fè disip la, nou kontan pran pozisyon pou Bondye nou an lè n fè tout moun ki vle koute konnen laverite sou li. Nou vle tout moun konnen pi bèl kalite l genyen se lanmou, li dirije yon fason ki dwat e avèk jistis, epitou talè konsa, Wayòm li an pral elimine tout soufrans e l pral fè lèzòm viv nan lapè ak kè kontan (Sòm 37:10, 11, 29; 1 Jan 4:8). Lè n defann repitasyon Jewova nan travay fè disip la, nou fè non l vin sen. Epitou, nou kontan paske n fè sa n dwe fè antanke Temwen Jewova. w24.05 18 § 12.
Lendi 19 oktòb
Lè w ap òganize yon resepsyon, envite moun ki pòv, moun ki domaje, moun k ap bwete oswa ki avèg, e w ap kontan, paske yo pa gen mwayen pou yo remèt ou sa. Se lè moun ki jis yo resisite, w ap jwenn rekonpans ou. — Lik 14:13, 14.
Ou menm frè, ou montre w “renmen akeyi moun” lè w fè byen pou lòt moun, san wete moun ki pa zanmi pwòch ou (1 Pyè 4:9). Gen yon liv ki fè kòmantè sou Bib la ki fè konnen yon moun ki renmen akeyi moun se yon moun ki janti, menm ak moun li pa konnen, e ki kontan akeyi moun lakay li. Mande tèt ou: ‘Èske m se yon moun ki renmen akeyi moun ki vin nan reyinyon nan kongregasyon an?’ (Ebre 13:2, 16). Yon frè ki renmen akeyi moun fè tout sa l kapab pou l byen akeyi moun ki vin vizite kongregasyon an, sa gen ladan l moun ki pa gen gwo mwayen yo ak moun k ap travay di nan sèvis Jewova, tankou siveyan sikonskripsyon yo ak frè ki vin bay diskou yo. — Jen. 18:2-8; Pwo. 3:27; Tra. 16:15; Wom. 12:13. w24.11 21 § 6.
Madi 20 oktòb
Fi vyèj ki te pare yo antre ansanm avèk li nan resepsyon maryaj la. — Mat. 25:10.
Nan parabòl fi ki vyèj yo, Jezi te pale konsènan dis fi vyèj ki te soti al rankontre yon lemarye (Mat. 25:1-4). Yo tout te vle ale ak lemarye a nan resepsyon maryaj li a. Jezi te fè konnen senk nan yo te “prevwayan” e senk lòt yo te “sòt”. Fi vyèj ki te prevwayan yo te prepare pou yo tann lemarye toutotan sa te nesesè, menmsi l ta rive byen ta nan nuit. Se sa k fè yo te vin ak lanp yo pou yo te ka wè lè l vin fè nwa. Yo te menm vin ak luil anplis pou sizoka lemarye ta pran tan pou l rive. Konsa, yo te fè preparasyon pou lanp yo te ka ret limen (Mat. 25:6-10). Lè lemarye rive, fi vyèj ki prevwayan yo te antre avè l nan resepsyon maryaj la. Menm jan an tou, kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl ki montre yo pare lè yo kontinye veye e yo kontinye ret fidèl jiskaske Kris vini ap jwenn rekonpans yo lè y al ansanm ak Jezi, Lemarye a, nan Wayòm li an nan syèl la — Rev. 7:1-3. w24.09 21 § 6.
Mèkredi 21 oktòb
Mwen wè yon gwo foul [...] ki soti nan tout nasyon. — Rev. 7:9.
Lè n reflechi ak kantite moun travay predikasyon an ede toupatou sou tè a jodi a, sa pouse n pou n kontinye chofe nan travay sa a. Chak ane, plizyè milyon moun ki enterese asiste Memoryal la e yo dakò pou n etidye Labib avè yo. Plizyè santèn milye moun batize e yo vin patisipe ansanm avè n nan travay predikasyon an. Nou pa konn konbyen moun k ap aksepte mesaj n ap preche a, men nou konnen Jewova ap rasanble yon gwo foul moun ki pral chape nan gwo tribilasyon k ap vini an (Rev. 7:9, 14). Jewova se Mèt rekòt la e li gen konfyans anpil moun ap kontinye aksepte bon nouvèl la, se sa k fè nou gen bonjan rezon pou n kontinye preche (Lik 10:2). Disip Jezi yo te toujou chofe nan travay predikasyon an. Lè moun yo te wè jan apot yo te alèz pou yo pale, “yo [te] vin rann yo kont mesye sa yo te konn avèk Jezi”. (Tra. 4:13.) Lè moun yo ap gade nou nan travay predikasyon an, se pou yo wè nou menm tou nou suiv egzanp Jezi, nou chofe nan travay la. w25.03 18 § 15; 19 § 17-18.
Jedi 22 oktòb
O Jewova, ki sa lòm ye pou w wè l? — Sòm 144:3.
Nan Bib la, nou aprann Jewova wè moun lòt moun sanble pa bay valè. Pa egzanp, Jewova te voye pwofèt Samyèl lakay Jese pou l chwazi youn nan pitit gason l yo pou vin wa Izrayèl. Jese te rele sèt nan uit pitit gason l yo vin jwenn Samyèl, men li pa t rele David, pi jèn nan. Epoutan, se David Jewova te chwazi (1 Sam. 16:6, 7, 10-12). Jewova te wè kiyès David te ye toutbon. Li te konnen jèn tigason sa a te renmen l anpil. Reflechi sou fason Jewova deja montre li wè w. Li vle ba w konsèy k ap bon pou ou (Sòm 32:8). Sa montre Jewova byen konnen w (Sòm 139:1). Lè w aplike konsèy Jewova bay yo e w wè jan sa ede w, w ap vin gen plis konviksyon Jewova enterese nan ou (1 Kwo. 28:9; Tra. 17:26, 27). Jewova wè efò w fè. Li wè bèl kalite ou genyen yo e li vle vin Zanmi w — Jer. 17:10. w24.10 25-26 § 7-9.
Vandredi 23 oktòb
Li vin gen pitye pou yo, paske yo te tankou mouton ki san bèje. — Mak 6:34.
Pa gen dout, ou renmen Jewova e w vle sèvi lòt moun. Ki jan w ka vin gen plis anvi pou w sèvi lòt moun? Li ta bon pou w reflechi ak kè kontan w ka jwenn lè w sèvi frè w ak sè w yo. Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35). Jezi te bay egzanp nan domèn sa a. Li te jwenn anpil kè kontan nan sèvi lòt moun. Ann pran yon egzanp nou jwenn nan Mak 6:31-34. Jou sa a, Jezi ak apot li yo te fatige. Yo te sou wout pou y al yon kote apa pou yo pran yon ti repo. Men, te gen yon foul moun ki te pran devan yo paske yo te vle Jezi anseye yo. Li te ka di yo non. Dayè, li menm ak apot li yo “pa t menm jwenn tan pou yo manje”. Oswa, Jezi te ka voye moun yo ale apre l te fin anseye yo kèk bagay. Men, lefètke l te gen lanmou, li te “kòmanse anseye yo” jiskaske “li [te] fin ta”. — Mak 6:35. w24.11 16 § 9-10.
Samdi 24 oktòb
Y ap rekonpanse n pou travay nou fè. — 2 Kwo. 15:7.
Paran, ankouraje pitit ou chèche okazyon pou l pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun (Wom. 10:10). Ou ta ka konpare efò pitit ou ap fè pou defann lafwa l ak efò yon moun bezwen fè pou l jwe yon enstriman mizik. Okòmansman, moun k ap aprann mizik la ap eseye jwe mizik ki fasil. Rive yon lè, l ap pi fasil pou l jwe mizik. Menm jan an tou, pou kòmanse, paran yo ka aprann pitit yo pale yon fason senp lè y ap esplike lòt moun kwayans yo. Pa egzanp, li ka mande yon kamarad lekòl li: “Èske w konnen souvan syantifik yo kopye sa yo wè nan lanati? Kite m montre w yon bèl videyo.” Apre l fin montre l yon videyo nan seri ki gen tit Ki kote mèvèy sa a soti?, li ka di: “Si yo fè lwanj pou syantifik yo pou yon bagay yo kopye ki deja egziste nan lanati, kiyès ki merite lwanj pou orijinal la?” Yon kesyon senp konsa ka pouse yon timoun vle aprann plis sou Jewova. w24.12 19 § 17-18.
Dimanch 25 oktòb
Akoz yon sèl moun peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre. — Wom. 5:12.
Pou Jewova libere n anba peche ak lanmò, li te voye Jezi pou bay ranson an. Men, ki jan sakrifis yon sèl moun pafè kapab delivre plizyè milyon moun? Men sa apot Pòl esplike: “Menm jan akoz dezobeyisans yon sèl moun [Adan] anpil moun te vin pechè, se konsa tou grasa obeyisans yon sèl moun [Jezi] anpil moun ap vin jis.” (Wom. 5:19; 1 Tim. 2:6). Sa vle di, akoz yon moun pafè te dezobeyi Bondye, sa fè n vin esklav peche ak lanmò. Donk, se yon moun pafè ki obeyi Bondye ki kapab libere nou. Èske Jewova pa t ka annik deside kite desandan Adan ki obeyi L yo viv pou toutan? Yon moun te ka panse se t ap yon bon fason pou Jewova rezoud pwoblèm nan. Men, sa pa t ap ann amoni ak jistis li ki pafè. Lefètke Jewova se yon Bondye ki gen jistis, li pa t ap janm chwazi bliye aksyon klè Adan te fè lè l te dezobeyi a. w25.01 21 § 3-4.
Lendi 26 oktòb
N ap mache selon lafwa, nou pap mache selon sa nou wè. — 2 Kor. 5:7.
Gen yon lè, apot Pòl te konnen pa t ret anpil tan pou yo touye l, men li te gen tout rezon pou l te santi l satisfè ak lavi l. Men sa l te di: “Mwen kouri nan kous la jis mwen fini l, mwen rete fèm nan lafwa.” (2 Tim. 4:6-8). Pòl te pran bonjan desizyon pou l itilize lavi l nan sèvis Jewova, e l te sèten li te fè Jewova plezi. Nou menm tou, nou vle pran bon desizyon k ap fè n jwenn favè Bondye. Ki jan n ka fè sa? Men sa Pòl te di lè l t ap panse ak tèt li e ak lòt kretyen fidèl: “N ap mache selon lafwa, nou pap mache selon sa nou wè.” Nan Bib la, pafwa mo “mache” a vle di fason yon moun chwazi viv lavi l. Lè yon moun ap mache selon lafwa, li pran desizyon ki baze sou konfyans li gen nan Jewova Dye. Aksyon l yo montre li gen konviksyon Bondye ap rekonpanse l e l ap jwenn byenfè lè l suiv konsèy Jewova ban nou nan Pawòl li a. — Sòm 119:66; Ebre 11:6. w25.03 20 § 1-2.
Madi 27 oktòb
Transfòme tèt nou, lè nou bay lespri nou yon lòt direksyon. — Wom. 12:2.
Grasa lespri Bondye anpil moun ki te konn aji tankou bèt te fè gwo chanjman nan lavi yo (Eza. 65:25). Yo te fè anpil efò pou yo retire defo yo te gen lakay yo (Efe. 4:22-24). Piske antanke pèp Bondye nou toujou enpafè, n ap kontinye fè erè. Sepandan, Jewova rasanble “tout kalite moun” ki renmen l e ki renmen youn lòt pou yo viv nan tèt ansanm ak nan lapè toutbon (Tit 2:11). Se sèl Bondye toupisan an ki kapab fè mirak sa a! Pawòl Li toujou reyalize (Eza. 55:10, 11). Paradi espirityèl la deja egziste. Jewova kreye yon fanmi frè ak sè ki vrèman san parèy. Pami pèp Jewova a, nou kapab plizoumwen anpè e nou kapab santi n an sekirite nan yon monn ki vyolan (Sòm 72:7). Pou rezon sa yo, nou vle ede plis moun posib pou yo vin jwenn nou nan fanmi nou fòme antanke kretyen an. Nou kapab fè sa lè nou konsantre sou travay fè disip la. — Mat. 28:19, 20. w24.04 23 § 13, 15.
Mèkredi 28 oktòb
Nou gen panse Kris la. — 1 Kor. 2:16.
Jezi te renmen Jewova ak tout lespri l. Li te konnen ki sa Bondye te vle l fè e l te detèmine pou l aji ann amoni ak volonte Bondye, menmsi sa t ap vle di li t apral soufri pou sa ki jis. Jezi te konsantre l sou fè volonte Papa l e l pa t kite okenn lòt bagay vin pi enpòtan nan lavi l. Pyè ak lòt apot yo te gen privilèj pou yo pase tan ak Jezi e pou yo te aprann fason l panse. Lè Pyè te ekri premye lèt Bondye te fè l ekri a, li te ankouraje kretyen yo pou yo gen menm mantalite ak Kris (1 Pyè 4:1). Nan lang orijinal la, Pyè te sèvi ak yon ekspresyon ki vle di: “Met zam nou sou nou.” Donk, si kretyen yo chèche gen menm mantalite ak Jezi, oswa yo imite fason l panse, y ap gen tout sa yo bezwen pou yo konbat tandans yo genyen pou yo fè peche a e y ap rive konbat monn Satan ap dirije a. — 2 Kor. 10:3-5; Efe. 6:12. w25.03 8-9 § 1-3.
Jedi 29 oktòb
Lide yon moun gen nan kè l tankou dlo ki fon. Men, moun ki entèlijan an rale yo met deyò. — Pwo. 20:5.
Ki bagay ou bezwen aprann konnen sou lòt moun nan pandan nou renmen an? Anvan w vin gen plis santiman pou moun nan, li t ap bon pou nou pale sou yon seri sijè ki enpòtan, pa egzanp objektif moun ou renmen avè l la. Ki jan w ka rive konnen kiyès moun nan ye toutbon? Youn nan pi bon fason w ka fè sa se lè w poze kesyon epi w byen koute, lè w di sa w santi toutbon ak lè w sensè ak moun nan (Jak 1:19). Pou w ka fè sa, ou ka twouve li bon pou n fè yon seri aktivite ki ka pèmèt nou pale youn ak lòt, tankou manje ansanm, fè ti pwomnad ansanm kote ki gen moun, epi preche ansanm. Epitou, youn ka aprann konn lòt lè nou pase tan ak zanmi nou ak fanmi nou. Mete sou sa, nou kapab òganize aktivite k ap ede w wè ki jan moun nan aji nan divès sitiyasyon e ak divès kalite moun. w24.05 27-28 § 6-7.
Vandredi 30 oktòb
Se pou nou imite Bondye, antanke pitit li renmen. — Efe. 5:1.
Nan jou k ap vini yo, nou pral jwenn yon seri eprèv k ap mande pou n konte sou Jewova plis pase nenpòt lòt lè. Istwa nan Bib la ak eksperyans Temwen Jewova nan epòk nou ap ede nou wè fason Bondye te ede sèvitè l yo. Byen reflechi sou istwa sa yo. Lè w fè sa, sa kapab ede w fè Jewova vin Mas Wòch pa w. Mete sou sa, w ap kapab fòtifye frè ak sè yo nan kongregasyon an. Pa egzanp, Jezi te bay Simon non Sefas (lè yo tradui l yo mete “Pyè” pou li), ki vle di “Wòch”. (Jan 1:42.) Sa te montre Pyè t ap gen pou l konsole lòt moun nan kongregasyon an e li t ap gen pou l fòtifye lafwa yo. Labib fè konnen ansyen yo nan kongregasyon an tankou “lonbray yon gwo mas wòch”. Sa vle di yo pwoteje moun nan kongregasyon an (Eza. 32:2). Nòmalman, gen yon bèl anbyans nan kongregasyon an lè tout frè ak sè yo imite kalite Jewova yo. w24.06 28 § 10-11.
Samdi 31 oktòb
Jewova [...] mande pou nou atache avè l sèlman. — Det. 4:24.
Wa Jewova te konsidere kòm wa ki fidèl yo te kontinye soutni vrè adorasyon an. Wa Jewova te fè konnen ki pa t fidèl yo, yo te sispann suiv Lwa Jewova a e yo te vin ap adore fo dye (1 Wa 21:25, 26; 2 Kwo. 12:1). Poukisa Jewova te bay kesyon adorasyon an anpil enpòtans konsa? Youn nan rezon yo se paske wa yo te gen responsablite ede pèp Bondye a adore l fason ki kòrèk la. Epitou, lè moun yo te konn adore fo dye, sa te konn lakòz yo fè lòt peche grav e yo te konn fè enjistis (Oze 4:1, 2). Anplis de sa, wa yo ak moun yo t ap dirije yo se byen Jewova yo te ye. Donk, lè yo pa t fidèl ak Jewova e yo te konn adore fo dye, Labib montre se kòmsi yo te fè adiltè (Jer. 3:8, 9). Lè yon moun fè adiltè, li fè moun li marye avè l la soufri anpil. Menm jan an tou, lè yon sèvitè Jewova ki vwe L lavi l lage kò l nan fo adorasyon, se kont Jewova menm li peche, e sa fè Jewova mal anpil. — Det. 4:23. w24.07 22-23 § 12-15.