BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/03 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Soutit
  • Semèn 14 jiyè
  • Semèn 21 jiyè
  • Semèn 28 jiyè
  • Semèn 4 out
Ministè Wayòm nan — 2003
km 7/03 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 jiyè

Kantik 56

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Fè de demonstrasyon reyalis sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 jiyè ak Réveillez-vous ! 22 jiyè a nan tèritwa kongregasyon an. Gade nan paj 4 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Fason nou adore Jewova bay vi nou plis sans, ki jan ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Vrè adorasyon an enpòtan anpil pou yon moun mennen yon vi ki gen sans, yon vi ki bay kè kontan. 1) Li ede nou debouye nou anba pwoblèm ak enkyetid ki gen nan lavi a (Fil. 4:6, 7). 2) Li ankouraje nou kiltive kalite ki demontre nou atache ak Bondye (2 Pyè 1:5-8). 3) Li ede nou sèvi ak tan nou ansanm ak sa nou posede pi bon fason ki te ka genyen (1 Tim. 6:17-19). 4) Li ban nou yon esperans ki sèten pou lavni (2 Pyè 3:13). 5) Li pèmèt nou devlope yon relasyon entim avèk Jewova (Jak 4:8). Montre ki jan moun ki pa konnen Jewova oswa ki pa sèvi l pap jwi byenfè sa yo.

20 min : “ Ann montre rekonesans nou pou mizerikòd Bondye. ”a Lè w rive nan paragraf 3 a, bay kèk sijesyon sou fason pou nou kòmanse yon wout peryodik, dapre sa ki di nan Ministè Wayòm oktòb 1988, paj 8. Mande youn oswa de pwoklamatè ki gen eksperyans ki metòd yo remake ki bay bon rezilta pou kòmanse etid biblik. Ankouraje tout moun pou yo gen nan objektif yo pou yo kòmanse yon etid biblik e pou yo kontinye fè etid la. — om p. 91.

Kantik 176 ak priyè final.

Semèn 21 jiyè

Kantik 184

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.

10 min : “ Pwogram asanble sikonskripsyon k ap vini an. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Bay dat pwochen asanble sikonskripsyon an. Si kongregasyon an pral gen asanble nan kèk mwa, enfòme moun ki ta renmen batize yo pou yo di siveyan prezidan an sa. Ankouraje tout moun pou yo fè yon efò espesyal pou yo envite etidyan yo nan asanble a e pou yo prezan nan tout sesyon yo.

25 min : Imite kouraj apot yo lè nou nan predikasyon. Konvèsasyon ak oditwa a. L ap baze sou liv Adorez Dieu, paj 170-1. Envite oditwa a pou l reponn kesyon ki poze nan paragraf 7 la e pou yo tou pale sou vèsè yo nan kòmantè y ap fè. Chwazi kèk vèsè pou w li. Montre ki leson nou aprann nan vèsè sa yo e kòman yo ka ede nou gen yon bon pwennvi sou misyon nou genyen pou nou preche.

Kantik 201 ak priyè final.

Semèn 28 jiyè

Kantik 45

10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jiyè. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye out ak Réveillez-vous ! 8 out. Gade nan paj 4 la, n ap jwenn sijesyon sou fason pou nou fè demonstrasyon yo. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl nou pale. Nan youn nan prezantasyon yo montre pwoklamatè a ap bay temwayaj enfòmèl. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : “ Predikasyon an gwoup bay kè kontan. ”b Lè w rive nan paragraf 3 a, fè kèk kòmantè sou Repons kesyon w yo nan Ministè Wayòm septanm 2001 an. Fè yon entèvyou tou kout ak yon siveyan etid liv. Mande l ki aranjman li fè pou gwoup li a epi mande l ki pwofi gwoup la tire lefètke yo preche ansanm.

Kantik 36 ak priyè final.

Semèn 4 out

Kantik 178

10 min : Anons lokal. Di ki piblikasyon n ap ofri pandan mwa a. Fè youn oswa de demonstrasyon tou kout sou fason nou ka prezante l.

20 min : Fason pou nou sèvi ak piblikasyon yo. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Tanpri itilize lèt 27 jen 2003 a, lèt yo te voye pou tout kongregasyon ki ann Ayiti yo. Oubyen, si sa apwopriye, sèvi ak atik “ Lè n ap ofri piblikasyon nan tèritwa kote gen moun ki pale lòt lang. ”c Sèvi ak kesyon yo poze yo. Lè w rive nan paragraf 3 a, fè yon demonstrasyon tou senp kote yon pwoklamatè rankontre yon moun nan tèritwa a ki pale yon lang etranje, e pa gen okenn kongregasyon nan lang li pale a. — km 7/02, p. 1, § 4.

15 min : Jèn yo ap bay Jewova louwanj ! Diskou avèk patisipasyon oditwa a plis entèvyou. Nou kontan tande jèn yo k ap fè kòmantè byen prepare nan reyinyon. Dilijans yo ak pwogrè yo fè nan Lekòl ministè teyokratik la bay kè kontan. Yo demontre yo gen yon fwa ki otantik : yo bay yon bon temwayaj nan tèritwa a. Konduit yo onore Jewova (yb88, p. 53-4). Pwogrè yo fè nan domèn espirityèl poze yon bon baz pou yo jwenn privilèj teyokratik a lavni. Fè yon entèvyou tou kout ak de oswa twa jèn ki patisipe regilyèman nan aktivite kongregasyon an. Avèk anpil antouzyas, felisite jèn yo nan kongregasyon an pou bèl efò yo fè pou yo bay Jewova louwanj.

Kantik 49 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje