BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 3/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 14 mas
  • Semèn 21 mas
  • Semèn 28 mas
  • Semèn 4 avril
Ministè Wayòm nan — 2005
km 3/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 14 mas

Kantik 132

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Ankouraje tout moun pou gade kasèt videyo David : il mettait sa confiance en Dieu, yon fason pou yo prepare reyinyon sèvis semèn 4 avril la. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 mas ak Réveillez-vous ! 22 mas. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan youn nan prezantasyon yo, montre n ap vizite yon moun nou gen wout peryodik avè l. Nan fen prezantasyon an, sèvi ak dènye paj La Tour de Garde 15 mas la pou nou fè moun n ap pale avè l la sonje Memoryal k ap vini an.

20 min : “ Plis aksan sou Bib la ! ”a

15 min : Yon dispozisyon pou fòtifye nou. Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi egzamine Annuaire 2005 lan ak oditwa a. Lè nou medite sou bèl aktivite Jewova yo nan epòk modèn nan, sa fè nou pwoche pi plis bò kote li ansanm ak bò kote frè nou yo nan lemonnantye (Sòm 77:12-14). Sa ban nou fòs pou kenbe tèt ak Dyab la, “ etan nou rete solid nan lafwa ”. (1 Pyè 5:8, 9.) Sa ede nouvo yo devlope apresyasyon pou òganizasyon Jewova a. Envite moun nan oditwa a pou yo bay kèk pwen yo te apresye lè yo t ap li Annuaire 2005 lan. Fè aranjman alavans pou youn oswa de moun fè kòmantè sou fason yo etabli pwogram pou yo li Annuaire la pèsonèlman.

Kantik 137 ak priyè final.

Semèn 21 mas

Kantik 140

10 min : Anons lokal.

15 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Setyèm pati. ”b Lè n ap prepare pati sa a, li paragraf 4-5, paj 27 nan La Tour de Garde 15 jiyè 2002 a.

20 min : Ki sa Amagedòn ye ? Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons nan liv Comment raisonner a, paj 181-6. Envite oditwa a pou l fè kòmantè sou kesyon ki an karaktè gra yo, toutpandan y ap sèvi ak tèks biblik yo site yo ansanm ak tèks biblik yo bay kòm referans. Egzamine fason nou kapab sèvi ak enfòmasyon sa yo nan ministè a.

Kantik 109 ak priyè final.

Semèn 28 mas

Kantik 144

10 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont ak lèt remèsiman pou ofrann. Fè tout moun sonje pou yo gade kasèt videyo David : il mettait sa confiance en Dieu, yon fason pou yo prepare reyinyon sèvis semèn pwochèn nan. Ankouraje tout moun pou yo envite sila yo ki enterese pou yo vin asiste diskou espesyal 10 avril la. Anonse ki piblikasyon n ap ofri ann avril ak me.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Prezante Toudegad [oubyen La Tour de Garde] ak Réveillez-vous ! Fè yon ti pale sou sijesyon ki nan paj 8 nan Ministè Wayòm fevriye 2005 lan k ap pèmèt nou plase plis peryodik. Pale de pwen enteresan ki nan peryodik yo. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye avril ak Réveillez-vous ! 8 avril. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan chak prezantasyon, esplike ki jan travay mondyal la finanse. — Gade nan paj 2 Toudegad oubyen nan paj 5 Réveillez-vous !

Kantik 116 ak priyè final.

Semèn 4 avril

Kantik 119

5 min : Anons lokal.

15 min : Se pou nou gen lanmou nan mitan nou (Jan 13:35). Yon ansyen ap fè diskou sa a. Li baze sou paragraf 10-21, paj 23-26 nan Toudegad 1ye fevriye 2003 a. Jan nou deja di sa nan piblikasyon n ap ofri yo ann avril ak me, nou ankouraje nou pou nou kòmanse etid biblik ak moun ki te deja etidye nan liv Konesans lan ak bwochi Bondye vle a. Mete aksan sou fason pwoklamatè yo kapab kowopere ak ansyen yo pou yo ede moun ki fèb yo.

25 min : “ Yon kasèt videyo ki gen yon mesaj k ap toujou itil .” Li Sòm 91:2 ak Sòm 31:14. Fè yon kòmantè tou kout sou chak vèsè. Tousuit apre, sèvi ak seri kesyon ki nan kasèt videyo David la pou w fè oditwa a patisipe. Sèvi ak lis kesyon ki nan dezyèm paragraf la ansanm ak kesyon ki nan twazyèm paragraf la. Apre sa, mande fanmi yo pou yo di ki pwofi yo tire lè yo te patisipe nan “ Aktivite edikatif ” ki sou DVD a. Pou fini, li Sòm 56:11.

Kantik 36 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje