Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 11 jiyè
Kantik 49
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Réveillez-vous ! 22 jiyè ak Toudegad 1ye out. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan chak demonstrasyon, montre divès fason nou ka reponn objeksyon sa a : “ Mwen okipe ”. — Gade liv Comment raisonner, paj 19-20.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : “ Chèche atenn plis moun posib. ”a Lè nou rive nan paragraf 5, fè revizyon sou sijesyon yo te bay nan Ministè Wayòm jen 2005, paj 8, sijesyon ki aplikab pou tèritwa kongregasyon an.
Kantik 88 ak priyè final.
Semèn 18 jiyè
Kantik 173
10 min : Anons lokal. Fè yon egzamen tou kout sou atik ki nan paj 32 La Tour de Garde 15 out 2000. Souliye byenfè nou jwenn lè nou toujou gen yon pwogram pou nou li Labib chak jou. Fè sa menm pandan nou nan peryòd vakans ak nan lòt moman kote nou chanje aktivite.
15 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Onzyèm pati. ”b Fè yon demonstrasyon kote yon anseyan ansanm ak yon nouvo pwoklamatè ap prepare yon vizit yo pral fè. Yo fè revizyon sou sa ki te di nan premye rankont lan e yo chwazi yon pwen apwopriye pou yo pale nan vizit la. Anplis, yo prepare yon entwodiksyon ki senp ak yon kesyon pou yo poze nan fen vizit la. Demonstrasyon an ap fini lè yo rive nan pwen pou yo repete prezantasyon yo fin prepare a.
20 min : Ede lòt moun apresye Bib la. Patisipasyon sou fòm kesyon/repons. Li baze sou liv Adorez Dieu a, paj 24-5, paragraf 3-6. Sèvi ak kesyon ki nan liv la. Fè kèk kòmantè sou paj 32 bwochi Un livre pour tous la.
Kantik 10 ak priyè final.
Semèn 25 jiyè
Kantik 138
15 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Si sijesyon ki nan paj 4 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye out ak Réveillez-vous ! 8 out. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Nan youn nan demonstrasyon yo, montre yon pwoklamatè k ap ofri peryodik yon fason enfòmèl nan yon mache oubyen nan yon lòt lye piblik apwopriye. Si nou poko resevwa peryodik nou site la yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : Fè laverite antre nan kè pitit ou (Det. 6:7). Se yon ansyen k ap fè diskou sa a. Li baze sou La Tour de Garde 15 out 2002, paj 30-1. Souliye prensip biblik ki ede yon paran leve pitit li, byenke konjwen l pa Temwen.
20 min : “ Nou gen yon dèt anvè pwochen nou. ”c Fè kèk kòmantè sou La Tour de Garde 1ye jiyè 2000, paj 11, paragraf 13.
Kantik 82 ak priyè final.
Semèn 1ye out
Kantik 187
15 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa jiyè. Envite oditwa a ouvri liv École du Ministère la nan paj 70. Egzamine paragraf 1-2 ak kare “ Comment répondre lors des réunions ? ” Fè l sou fòm konvèsasyon avèk oditwa a.
15 min : “ Ede pitit nou pwogrese nan ministè a. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Fè yon demonstrasyon kote yon paran ak pitit li ap sèvi ak yon prezantasyon senp. Pou fini konvèsasyon an, paran an ap bay yon esplikasyon tou kout sou dispozisyon ofrann volontè a.
15 min : Èske w eseye adapte prezantasyon w ap fè ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou Ministè Wayòm janvye 2005, paj 6. Egzamine sijesyon yo te bay yo epi montre ki jan nou ka adapte prezantasyon nou yo ak piblikasyon n ap ofri ann out. Fè demonstrasyon ak youn oubyen de nan prezantasyon yo.
Kantik 218 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.