BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/05 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2005
  • Soutit
  • Semèn 12 desanm
  • Semèn 19 desanm
  • Semèn 26 desanm
  • Semèn 2 janvye
Ministè Wayòm nan — 2005
km 12/05 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Semèn 12 desanm

Kantik 32

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 desanm ak Réveillez-vous ! 22 desanm. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Apre chak demonstrasyon, montre ki jan li fasil pou pwoklamatè a antre yon vèsè nan prezantasyon an. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

15 min : “ Yon lekòl ki ede nou fè aplikasyon pratik. ” Diskou pou siveyan lekòl la fè. Fè yon ti pale sou paj mitan Ministè Wayòm oktòb 2005 lan.

20 min : “ Yon enstriksyon k ap mennen nan lavi. ”a Fè aranjman alavans ak youn oubyen de pwoklamatè pou yo esplike ki jan yo benefisye enstriksyon Bondye bay la.

Kantik 101 ak priyè final.

Semèn 19 desanm

Kantik 160

5 min : Anons lokal. Pale sou aranjman espesyal ki fèt pou predikasyon 25 desanm ak 1ye janvye. Fè tout moun sonje pote Réveillez-vous ! janvye 2006 la nan reyinyon sèvis semèn pwochèn nan.

15 min : “ Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou fleksib. ”b Fè yon demonstrasyon tou kout pou montre ki jan yon pwoklamatè ka adapte metòd li ann amoni ak repons moun l ap pale avè l la bay.

25 min : “ Èske pitit ou ka pran desizyon ki montre li gen matirite ? ”c Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Fè yon frè ki konn li byen li chak paragraf. Pale sou tout vèsè yo bay kòm referans yo. Apre w fin konsidere paragraf 2 a, montre diferans ki genyen nan sitiyasyon de jèn yo mansyone nan La Tour de Garde 15 jen 1991 lan (fransè), paj 16-17, paragraf 16-17 ansanm ak kare a. Pou fini, ankouraje paran yo pou yo egzamine tout atik la nèt nan Toudegad la e tousuit apre, pou yo egzamine l ak pitit yo, pou yo fè seyans pratik ak yo sou kòmandman Bib la bay anrapò ak san. Konsa, timoun yo ap ekipe pou yo eksprime kwayans yo avèk konviksyon. Chèf fanmi yo dwe asire yo timoun ki batize yo gen yon kat DPA e timoun ki poko batize yo gen yon kat idantite (Carte d’identité médicale). Si jamè yon timoun ta entène lopital e yo ta soulve kesyon transfizyon san an, ansyen yo dwe kontakte komite lyezon ospitalye ki pi pre a pou pote èd li.

Kantik 56 ak priyè final.

Semèn 26 desanm

Kantik 85

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa desanm nan. Si kongregasyon w lan ap chanje orè reyinyon yo pou ane k ap vini an, anonse nouvo orè a. Di ki piblikasyon y ap ofri an janvye, epi siyale ki kote y ap jwenn prezantasyon yo sijere pou yo.

15 min : Bezwen kongregasyon an.

20 min : Fason Réveillez-vous ! pral parèt kounye a. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Mansyone chanjman ki genyen nan Réveillez-vous ! kounye a, jan sa te anonse nan Ministè Wayòm mas 2005 lan, paj 1, paragraf 5, 6. Fè kèk kòmantè sou sijè ki gen tit “ À nos lecteurs ” nan Réveillez-vous ! janvye 2006, paj 3-4. Bay kèk egzanp pou montre fason peryodik la dirije atansyon lektè yo dirèkteman sou Bib la. Envite oditwa a fè kòmantè sou nouvo ribrik ki nan paj 31 an. Lè nou abòde moun yo pou nou prezante yo peryodik, n ap ofri Toudegad ak Réveillez-vous ! ansanm. Natirèlman, moun nou gen wout peryodik avèk yo ansanm ak moun ki aksepte peryodik yo regilyèman, n ap remèt yo yon sèl nan chak nimewo Réveillez-vous ! Fè yon demonstrasyon pou nou montre fason nou ka prezante Toudegad 1ye janvye ak Réveillez-vous ! janvye a. Gade nan paj 8 la, n ap jwenn sijesyon sou sa nou ka di nan demonstrasyon yo. Nou ka itilize lòt prezantasyon ki reyalis. Ministè Wayòm janvye a ap gen yon dezyèm prezantasyon sou youn nan atik segondè nan Réveillez-vous ! janvye a. Nou ka itilize toule de prezantasyon yo pandan mwa a.

Kantik 222 ak priyè final.

Semèn 2 janvye

Kantik 5

Remak : Okenn kongregasyon pa dwe fè reyinyon sèvis semèn 2 janvye a anvan dat sa a, amwenske yon kongregasyon ta gen vizit siveyan sikonskripsyon. Chak kongregasyon dwe fè patisipasyon sou kongrè a, ki nan paj mitan Ministè Wayòm nan, nan lè pwogram reyinyon sèvis la prevwa l la. Si yon kongregasyon ap gen asanble sikonskripsyon nan semèn sa a, siveyan etid liv yo dwe anonse dat kongrè distri a ak kote l ap fèt la nan etid liv la.

5 min : Anons lokal.

15 min : “ Annou itilize piblikasyon biblik nou yo avèk sajès. ”d Fè kèk kòmantè sou paj 1 Ministè Wayòm septanm 2002 a.

25 min : “ ‘ Delivrans lan toupre ’ kongrè distri Temwen Jewova pou ane 2006. ”e Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. Apre w fin egzamine paragraf 1 an, li lèt 15 desanm 2005 lan, lèt ki anonse nan ki kongrè kongregasyon an envite. Ankouraje tout moun pou yo fè aranjman ki nesesè pou kongrè a osito sa posib.

Kantik 48 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje