LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Bon rezilta temwayaj piblik bay toupatou sou tè a
Ann amoni ak Travay chapit 5, kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo t al nan tanp lan, yon kote yo te ka jwenn anpil moun, yon fason pou yo te ka preche bon nouvèl la (Tr 5:19-21, 42). Jodi a, nou wè jan temwayaj an piblik ak charyo yo bay bon rezilta nan zòn piblik yo.
GADE VIDEYO BON REZILTA TEMWAYAJ PIBLIK BAY TOUPATOU SOU TÈ A, EPI REPONN KESYON KI VIN ANNAPRE YO:
Ki lè temwayaj piblik ak charyo te kòmanse e ki jan sa te fèt?
Byen souvan, ki avantaj charyo yo genyen sou tab yo?
Ki sa nou ka aprann nan eksperyans Mi Jung You te fè a?
Ki jan eksperyans Jacob Salomé montre jan temwayaj piblik ak charyo gen anpil enpòtans?
Ki jan eksperyans Annies ak mari l montre jan nou ka rive bay bon temwayaj lè n ap sèvi ak yon charyo?