ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ
Revelasyon 21:4 — “L ap siye tout dlo nan je”
“L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4, Labib — Tradiksyon monn nouvo a.
“Li gen pou l’ cheche tout dlo nan je yo. p’ap gen lanmò ankò, yo p’ap nan lapenn ankò, yo p’ap janm plenyen ankò, yo p’ap janm soufri ankò. Tout vie bagay sa yo pral disparèt.” — Revelasyon 21:4, Bib la.
Sa Revelasyon 21:4 vle di
Bondye pa sèlman pwomèt pou l retire lapèn ak soufrans lèzòm ap fè fas jodi a, men tou, li pwomèt pou l retire tout sa ki lakòz bagay sa yo.
“L ap siye tout dlo nan je yo.” Pawòl sa yo mete aksan sou pwomès Jewovaa te fè, pwomès pwofèt Ezayi te ekri: “L ap siye dlo nan je tout moun.” (Ezayi 25:8; Revelasyon 7:17). Pawòl sa yo montre fason Bondye gen sousi pou tout moun k ap kriye akoz yon moun pa yo ki mouri oswa akoz yon lòt bagay k ap fè yo soufri.
“Pap gen lanmò ankò.” Yo te ka mete tou “lanmò pap egziste ankò” oswa “lanmò pap la ankò” pou tradui ekspresyon sa a. Bondye pwomèt pou l elimine lanmò ak soufrans lanmò lakòz. Mete sou sa, moun ki mouri pral gen pou resisite (1 Korentyen 15:21, 22). Konsa, Bondye pral elimine lanmò.” — 1 Korentyen 15:26.
“Moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” Pwomès sa a Bondye fè a pa vle di moun pap janm santi okenn doulè ankò, tankou doulè yon moun santi lè l frape oswa blese. Pito, pwomès sa a fè konnen se doulè pecheb ak enpèfeksyon lakòz tankou pwoblèm mantal, pwoblèm afektif, doulè fizik ki pap la ankò. — Women 8:21, 22.
“Ansyen bagay yo disparèt.” Dènye fraz sa a rezime gwo chanjman lèzòm pral viv. Men sa yon liv referans di: “Fason lèzòm abitye viv kote yo pa ka evite lanmò, soufrans akoz moun pa yo ki mouri, kriye ak doulè pap la ankò. Moun pral viv yon lòt fason.” Lè sa a lèzòm pral ka pwofite lavi sou tè a pou toutan, nan bon kondisyon, jan Bondye te vle sa depi nan kòmansman an. — Jenèz 1:27, 28.
Kontèks Revelasyon 21:4
Nan kòmansman chapit 21 an, apot Jan pale de sa l te wè nan yon vizyon: “Mwen wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf.” (Revelasyon 21:1). Li itilize langaj senbolik pou l pale de yon gwo chanjman plizyè lòt vèsè nan Bib la pale de li tou (Ezayi 65:17; 66:22; 2 Pyè 3:13). Gouvènman Bondye a ki nan syèl la, oswa syèl tounèf la, pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo. Li pral dirije sou yon “tè tounèf”, ki se moun ki jis k ap viv sou tè a. — Ezayi 65:21-23.
Ki sa k montre vizyon sa a konsène lavi sou tè a? Premyèman, men ak ki pawòl pwomès Bondye a kòmanse: “Tant Bondye a avèk lèzòm.” (Revelasyon 21:3). Se pa zanj nan syèl la yo fè pwomès sa a, men se moun sou tè a. Dezyèmman, nan vizyon an yo pale de yon monn kote “pap gen lanmò ankò”. (Revelasyon 21:4.) Pa t janm gen lanmò nan syèl la, se sou tè a moun te toujou ap mouri (Women 5:14). Kidonk, sa fè sans pou nou kwè vèsè sa a ap pale de sa ki gen pou rive sou tè a.
Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Revelasyon an.
a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?” a.
b Nan Bib la, mo yo mete peche pou li a vle di tout aksyon nou fè, santiman, panse ki pa ann amoni ak prensip Bondye yo, oswa sa Bondye atann pou nou fè men, nou pa fè (1 Jan 3:4). Gade atik “Ki sa peche ye?”