BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/00 p. 2
  • Ki sa w ap di si se yon repondè ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa w ap di si se yon repondè ?
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Predikasyon nan telefòn bay bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2001
  • Poukisa w dwe asiste reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm yo?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Ankouraje moun ki enterese vin asiste reyinyon
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • Lè nou bay temwayaj nan telefòn, sa pote bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2009
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 11/00 p. 2

Ki sa w ap di si se yon repondè ?

Telefòn se yon mwayen efikas pou bay temwayaj. Grasa mwayen sa a, ou ka kontakte moun ou pa rive jwenn lakay yo, oswa moun ki abite nan tèritwa kote ou pa ka rive. Sepandan, anpil moun alèkile gen tandans pa reponn telefòn. Yo kite yon repondè fè travay sa a pou yo. Lè se yon repondè ki reponn, ki sa pou w fè ? Ou pa bezwen fèmen telefòn nan. Okontrè, se pou w byen prepare yon repons sou papye pou w li nan telefòn nan. Fè kèk repetisyon, ak yon vwa ki agreyab, tankou se konvèsasyon w ap fè ak yon moun. Ki sa w ka di ?

Yon fason kòdyal, ou ta gen dwa envite moun ki nan kay la pou l vin asiste pwochen reyinyon piblik nan Sal Wayòm nan. Ou ta ka di : “ Mwen byen regrèt mwen pa jwenn ou lakay ou. Si w ta renmen koute yon diskou ki baze sou Labib [bay tit diskou piblik la], mwen envite w silvouplè, vini nan Sal Wayòm Temwen Jewova yo. Nou envite tout moun. Nou pa janm fè lakolèt. ” Annapre, bay jou ak lè reyinyon an byen klè, bay adrès Sal Wayòm nan, oswa esplike ki jan yon moun ka rive nan Sal la.

Se pou w veyatif pou w remake kèlkeswa moun ki vin asiste reyinyon pou premye fwa. Fè konesans avèk yo, epi fè yo santi ou kontan wè yo. Pa bliye ofri yo yon etid biblik gratis !

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje