BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 11/03 p. 1
  • Felisitasyon bay ankourajman

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Felisitasyon bay ankourajman
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Montre yon enterè sensè pou moun : lè nou felisite yo
    Ministè Wayòm nan — 2006
  • Se pou n di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • “ Medam k ap travay di nan sèvis Seyè a ”
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Annou youn bati lòt lè nou nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2008
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2003
km 11/03 p. 1

Felisitasyon bay ankourajman

1 “ Èske m pa t fè bèl tifi jodi a ? ” Se konsa tifi a te pete kriye pandan l pral dòmi. Kesyon sa a te fè manman an sezi. Aktout manman an te remake tout efò ti pitit fi l la te fè pou l te fè bon timoun jou sa a, li pa t bay sa enpòtans, li pa t menm di l yon ti mo pou l felisite l. Kriye tifi a ta dwe raple nou tout nou bezwen felisitasyon, jèn kou granmoun. Èske nou ankouraje moun ki bò kote nou yo lè nou fè yo konnen nou apresye bon bagay yo fè ? — Pwo. 25:11.

2 Frè ak sè nou yo fè anpil bon bagay ki mande pou nou felisite yo. Ansyen yo, asistan ministeryèl yo ak pyonye yo ap travay di pou akonpli responsablite yo (1 Tim. 4:10 ; 5:17). Paran ki gen lakrentif pou Bondye yo fè tout sa yo kapab pou yo elve pitit yo nan chemen Jewova (Efe. 6:4). Jèn kretyen yo ap mennen yon gwo konba pou yo reziste kont “ lespri monn nan ”. (1 Kor. 2:12 ; Efe. 2:1-3.) Gen lòt moun k ap sèvi Jewova fidèlman malgre yo fin granmoun, malgre yo gen pwoblèm sante ak lòt kalite eprèv (2 Kor. 12:7). Yo tout yo merite felisitasyon. Èske nou remake bèl efò yo fè yo ?

3 Felisite moun nan dirèkteman : Nou tout nou konn byen kontan tande felisitasyon yo konn bay sou estrad la. Sepandan, nou santi nou jwenn plis ankourajman lè se nou menm dirèkteman yo felisite. Pa egzanp, nan lèt Pòl te ekri Women yo, nan chapit 16 la, li te voye felisitasyon espesyal pou Febe, Priska ak Akila, pou Trifèn ak Trifoz, pou Pèsis ak lòt moun ankò (Wom. 16:1-4, 12). Se pa ti ankourajan pawòl li yo dwe te ankourajan pou moun fidèl sa yo ! Ankourajman konsa bay frè ak sè nou yo asirans nou renmen yo e sa fè nou vin pi pwòch youn ak lòt. Èske tou dènyèman la a ou te felisite yon moun dirèkteman ? — Efe. 4:29.

4 Fè sa ak tout kè w : Pou yon felisitasyon ankouraje yon moun toutbonvre, fòk li sot nan kè nou. Moun kapab wè aklè si sa n ap di a sot nan kè nou oswa si se jis flate n ap ‘ flate moun ak lang nou ’. (Pwo. 28:23.) Lè nou pran abitid chèche sa ki bon nan moun, kè nou ap pouse nou felisite yo. Se pou nou vin donan nan bay bonjan felisitasyon, paske nou konnen ‘ yon pawòl ki di nan bon moman, o, ala sa bon ’ ! — Pwo. 15:23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje