Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 9 out
Kantik 57
10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Si sijesyon ki nan paj 8 la apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, sèvi ak yo pou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 out ak Réveillez-vous ! 22 out. Nou ka itilize lòt prezantasyon. Fè pwoklamatè yo sonje pou yo mande ofrann volontè a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Fè pwoklamatè yo sonje pote bwochi Bondye vle a semèn pwochèn.
15 min : “ Andirans bay rekonpans. ”a Fè kèk kòmantè toukout sou sa ki di nan paj 22-3, paragraf 15-18, nan La Tour de Garde 15 desanm 2000.
20 min : Sèvi ak feyè pou nou kòmanse etid biblik. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou Ministè Wayòm novanm 2001, paj 3-4. Mete aksan sou nesesite pou nou dispoze adapte nou selon sitiyasyon chak etidyan, jan paragraf 5 lan montre sa. Fè youn oubyen de demonstrasyon toukout ki baze sou paragraf 8-10. Si gen yon lòt prezantasyon ki bay bon rezilta nan tèritwa kongregasyon an, mansyone l epi fè demonstrasyon sou li pito. Envite moun nan oditwa a rakonte eksperyans yo te fè lè yo te itilize feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ?
Kantik 74 ak priyè final.
Semèn 16 out
Kantik 189
10 min : Anons lokal.
15 min : Fè laverite antre nan lespri pitit ou. Diskou. Li baze sou liv Bonheur familial, paj 55-9. Egzamine kat fason paran yo ka ede pitit yo gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova. Pandan w ap egzamine fason yo, montre aplikasyon pratik konsèy yo bay yo.
20 min : “ Annou kondui etid biblik k ap pwogrese — Dezyèm pati. ”b Fè yon demonstrasyon ki dire senk minit. Yon pwoklamatè mande yon ansyen konsèy sou fason pou l ede yon etidyan l pwogrese. Ansyen an ap esplike l, youn nan erè byen souvan moun fè sèke yo pase twòp tan pandan etid la ap pale sou detay ki pa enpòtan, sou yon seri de ide segondè. L ap sèvi ak leson 9 nan bwochi Bondye vle a pou l montre pwoklamatè a 1) fason pou l mete aksan sou pwen kle ki nan etid la, 2) jan pou l sèvi ak vèsè yo site yo yon fason efikas, e 3) fason pou l adapte leson an selon bezwen etidyan an. Li fè remake li nesesè pou l byen prepare chak fwa li pral fè etid la.
Kantik 85 ak priyè final.
Semèn 23 out
Kantik 33
15 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont. Fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye septanm ak Réveillez-vous ! 8 septanm. Nan youn nan demonstrasyon yo montre yon elèv k ap bay yon pwofesè lekòl temwayaj. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
10 min : “ Yon nouvo dispozisyon sou fason pou yo fè revizyon pou asanble yo. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou atik ki nan paj 4 la. Bay dat pwochen asanble sikonskripsyon an ak jounen asanble espesyal la si nou deja konnen dat sa yo. Moun ki ta renmen batize dwe fè siveyan prezidan an konnen sa byen alavans.
20 min : Ann ofri liv Créateur la an septanm. Diskou ak demonstrasyon. Site kèk kòmantè yo fè sou liv la (w99 15/6 p. 25-6). Fè yon rezime sou liv la epi souliye kèk pwen presi ki ka atire moun nan tèritwa kongregasyon an (km 2/99 p. 1 ; km 4/99 p. 2 ; km 9/99 p. 2). Fè yon prezantasyon senp ki gen ladan l : yon entwodiksyon ki soti nan liv Comment raisonner a oubyen nan Ministè Wayòm nan, yon vèsè ansanm ak yon pwen oubyen tit yon chapit nan liv Créateur la. Mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou l fè yon demonstrasyon sou prezantasyon an.
Kantik 220 ak priyè final.
Semèn 30 out
Kantik 90
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa out.
15 min : “ Lekòl fòmasyon ministeryèl : Yon gwo pòt ki mennen nan aktivite. ” Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Fè kèk kòmantè sou sa ki di nan Annuaire 2004 la, nan paj 239-40. Fè moun yo konnen ap gen yon reyinyon nan asanble sikonskripsyon an pou moun ki ta renmen asiste Lekòl fòmasyon ministeryèl la. Ankouraje tout frè ki ranpli kondisyon yo pou yo asiste reyinyon sa a.
20 min : Èske nou te tire pwofi ? Konvèsasyon avèk oditwa a. Fè yon revizyon sou sijesyon sa yo ki te parèt nan Ministè Wayòm pandan ane sèvis ki sot pase a : Ekri entwodiksyon w yo sou yon moso papye (km 10/03 p. 8). Bay felisitasyon ki dirèk, ki presi e ki sot nan kè nou (km 11/03 p. 1). Patisipe nan predikasyon nan moman moun yo sanble yo plis lakay yo (km 12/03 p. 1). Prevwa tan pou nou li Bib la, pou nou prepare reyinyon yo e pou nou patisipe nan predikasyon (km 1/04 p. 4). Sèvi ak bwochi “ Voyez le bon pays ” a ni lè n ap fè etid pèsonèl ni lè n ap li Bib la (km 3/04 p. 2). Fikse kòm objektif pou nou li Bib la annantye (km 4/04 p. 1). Preche nan tèritwa ki gen komès (km 7/04 p. 4). Sèvi ak feyè pou nou kòmanse etid biblik (km 8/04 p. 2). Envite moun ki nan oditwa a pou yo pale sou byenfè yo te jwenn lefètke yo te suiv sijesyon sa yo.
Kantik 145 ak priyè final.
Semèn 6 septanm
Kantik 197
5 min : Anons lokal.
15 min: Bezwen kongregasyon an.
25 min: “ Ann manifeste lespri pyonye. ”c Fè yon entèvyou toukout ak youn oubyen de pyonye. Mande yo ki jan egzanp paran yo, ansyen yo oubyen lòt moun, te ankouraje yo pou yo kontinye nan sèvis a plen tan.
Kantik 142 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.