BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 10/09 p. 1
  • Èske nou pare pou nou bay temwayaj enfòmèl?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske nou pare pou nou bay temwayaj enfòmèl?
  • Ministè Wayòm nan — 2009
  • Sou menm sijè a
  • Ou kapab bay temwayaj enfòmèl!
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Se pou nou dilijan : Annou “ bay yon temwayaj konplè ”
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Temwayaj enfòmèl : yon mwayen pou nou louwe Jewova
    Ministè Wayòm nan — 2003
  • Nou se Temwen tout tan
    Ministè Wayòm nan — 2009
Ministè Wayòm nan — 2009
km 10/09 p. 1

Èske nou pare pou nou bay temwayaj enfòmèl?

1. Ki egzanp ki montre lè nou bay temwayaj enfòmèl sa ka pote bon rezilta?

1 Lè nou bay temwayaj enfòmèl, sa ka pote bon rezilta. Bib la gen anpil egzanp temwayaj enfòmèl moun te bay ki te pote bon rezilta (Jan 4:7-15). Ki sa nou ka fè pou nou prepare nou pou fòm temwayaj sa a?

2. Kòman abiman nou ak aparans nou ka ede nou pou nou bay temwayaj?

2 Abiman nou ak aparans nou: Lè nou toujou veye sou abiman nou ak aparans nou, sa ap fè nou pi alèz pou nou pataje kwayans nou ak lòt moun (1 Tim. 2:9, 10). Si nou santi nou mal alèz nan fason nou abiye, n ap gen tandans ezite pou nou bay moun yo temwayaj. Tandiske, si nou byen pwòp, nou byen abiye, sa ka eveye kiryozite moun yo. Pa egzanp, gen yon mari ansanm ak madanm li ki te byen abiye pandan yo t ap vwayaje, yo te chita bò yon mesye mizilman. Mesye a te remake jan yo byen prezante, li te mande yo si yo se kretyen. Sa te fè yo pase twazèdtan ap pale sou Labib ak mesye sa a.

3. Si nou suiv egzanp Jezi, ki sa nou ka fè pou nou kòmanse yon konvèsasyon?

3 Kòmanse konvèsasyon ak moun yo: Lè Jezi te rankontre dam samaritèn nan bò pi Jakòb la, Jezi te annik mande l yon ti dlo pou l bwè e konsa li te tou kòmanse yon konvèsasyon ak dam nan (Jan 4:7). Menm jan an tou, nou ka annik di yon ti pawòl tou kout, oubyen nou ka jis poze yon kesyon tou senp pou nou kòmanse yon konvèsasyon. Menmsi pafwa nou ka ezite, si nou konte sou èd Jewova, n ap rive “mete kran sou nou” pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo. — 1 Tes. 2:2.

4. Ki sa nou ka fè pou nou toujou pare pou nou bay temwayaj enfòmèl?

4 Kreye okazyon pou nou bay temwayaj enfòmèl: Gen anpil pwoklamatè ki rive jwenn yon fason pou yo bay temwayaj enfòmèl. Rekonsidere sitiyasyon pa w, epi reflechi sou moun w ap gen okazyon rankontre chak jou nan aktivite w. Mache ak piblikasyon ki apwopriye ansanm ak yon ti bib. Se pou w yon bon obsèvatè. Montre w enterese nan moun ki bò kote w. Lè w reflechi alavans sou divès okazyon ki ka prezante devan w pandan jounen an, l ap pi fasil pou w bay yon bon temwayaj. — Fil. 1:12-14; 1 Pyè 3:15.

5. Pou ki rezon nou pa ta dwe kite se sou chans pou nou bay temwayaj enfòmèl?

5 Nou gen de bon rezon pou nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou bay temwayaj enfòmèl: lanmou nou gen pou Jewova ak lanmou nou gen pou pwochen nou (Mat. 22:37-39). Lè nou gade jan travay predikasyon an se yon travay ki ijan, nou pa ta dwe kite se sou chans pou nou bay temwayaj enfòmèl. Nou ta dwe pare pou nou pwofite tout okazyon apwopriye nou jwenn pou nou pataje bon nouvèl Wayòm nan ak lòt moun pandan gen tan toujou. — Wom. 10:13, 14; 2 Tim. 4:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje