Yon nouvo ribrik k ap parèt nan Toudegad
Chak mwa, nan premye samdi a, nou konn sèvi ak ribrik “Kite Pawòl Bondye a anseye w”, ki nan Toudegad yo fè pou piblik la, pou nou kòmanse etid ak moun yo. Apati mwa janvye, ap gen yon nouvo ribrik k ap ranplase ribrik sa a. Men tit ribrik la: “Repons Bib la bay.” N ap jwenn nouvo ribrik sa a nan dènye paj Toudegad yo fè pou piblik la. N ap ka sèvi ak ribrik “Repons Bib la bay” la ni lè n ap preche moun yo ni lè n ap anseye yo menm jan nou te konn sèvi ak ribrik “Kite Pawòl Bondye a anseye w” la (km 12/10 p. 2). Menm jan ak lontan, Ministè Wayòm nan ap gen yon prezantasyon yo bay kòm modèl n ap ka itilize premye samdi nan mwa a.