Kèk modèl prezantasyon
Toudegad 1ye janvye
“Sanble depi lontan koripsyon se yon pwoblèm ki gen nan gouvènman yo. Dapre ou menm, poukisa gen koripsyon nan gouvènman yo? [Kite moun nan reponn.] Mwen twouve pawòl Bib la di nan vèse sa a vrèman enteresan. [Li Eklezyas 7:20.] Peryodik sa a montre nou solisyon Bib la bay pou pwoblèm koripsyon an. Tanpri pran yon ti tan pou w li l. Men peryodik pa w nou pote pou ou.”
Réveillez-vous! Janvye
“Gen anpil moun ki kwè se grasa evolisyon lavi te kòmanse, men gen lòt moun ki pa fin kwè sa. Ki jan w panse lavi te kòmanse? [Kite moun nan reponn.] Dapre rechèch yo fè pandan plizyè dizèn ane, yo remake lavi soti sèlman nan yon vi ki te deja egziste. Pawòl sa a ann amoni ak yon pawòl senp nou jwenn nan Bib la. [Li Sòm 36:9.] Peryodik sa a esplike rezon ki fè anpil moun panse lavi twò konplike e li twò bèl pou l ta soti nan evolisyon.”