BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Jodi a

Jedi 31 jiyè

Se pou nou kontinye verifye sa k ap fè Seyè a plezi. — Efe. 5:10.

Lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran, nou bezwen chèche konprann “sa volonte Jewova ye”, epi aji ann amoni ak volonte l (Efe. 5:17). Lè n ap chèche wè ki prensip biblik nou kapab aplike nan sitiyasyon pa nou, anfèt se chèche n ap chèche wè fason Bondye wè sitiyasyon an. Epi, pandan n ap aplike prensip li yo, n ap kapab pran bon desizyon. “Mechan an”, anpalan de Satan, ènmi nou an, ta renmen nou tèlman okipe nan kouri dèyè yon seri bagay nan monn sa a, nou pa gen tan pou sèvis n ap bay Bondye a (1 Jan 5:19). Li ka fasil pou yon kretyen chèche gen byen materyèl, edikasyon oswa yon karyè olye l chèche jwenn posiblite pou l fè plis nan sèvis Jewova. Si l ta fè sa, sa t ap montre li kite fason moun nan monn nan panse enfliyanse l. Nòmalman, bagay sa yo pa gen anyen mal ladan yo, men yo pa dwe janm gen premye plas nan lavi nou. w24.03 24 § 16-17.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Vandredi 1ye out

Moun ki jis la jwenn anpil pwoblèm, men, Jewova delivre l anba yo tout. — Sòm 34:19.

Remake gen de pwen enpòtan nan sòm sa a: 1) Moun ki jis yo jwenn pwoblèm. 2) Jewova delivre n anba eprèv nou yo. Ki jan Jewova delivre n? Youn nan fason li fè sa, se lè l ede n wè lavi nan monn sa a yon fason ki reyalis. Byenke Jewova pwomèt nou lè n sèvi l n ap gen kè kontan, sepandan, li pa ban n garanti nou pap janm jwenn pwoblèm nan lavi n kounye a (Eza. 66:14). Li ankouraje n ret konsantre sou sa demen sere pou nou, sa vle di lè n pral gen lavi li ta renmen nou genyen pou toutan an (2 Kor. 4:​16-18). Annatandan, li ede n pou n kontinye sèvi l chak jou (Lam. 3:​22-24). Ki sa nou ka aprann nan egzanp yon seri moun fidèl ki t ap adore Jewova nan epòk yo t ap ekri Bib la ak nan egzanp yon seri moun fidèl k ap adore l nan epòk nou an? Nou ka jwenn pwoblèm sanzatann. Men, lè n konte sou Jewova, li pap manke pa ede nou. — Sòm 55:22. w23.04 14-15 § 3-4.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025

Samdi 2 out

Soumèt devan otorite yo. — Wom. 13:1.

Nou ka aprann nan egzanp Jozèf ak Mari ki te dispoze obeyi otorite yo, menm lè sa pa t fasil pou yo (Lik 2:​1-6). Lè Mari te gen anviwon nèf mwa ansent, otorite yo te mande yon bagay ki te difisil anpil pou li menm ak Jozèf te obeyi. Anperè Ogis te bay lòd pou fè yon resansman. Sa te mande pou Jozèf ak Mari t al Betleyèm, yon vwayaj anviwon 150 kilomèt nan yon zòn ki gen anpil mòn. Vwayaj la pa t ap fasil, sitou pou Mari. Petèt mesyedam yo t ap mande tèt yo si Mari ak tibebe ki nan vant li an pa t ap gen pwoblèm. E si Mari ta vin gen tranche pandan vwayaj la? Tibebe ki te nan vant li an se te Mesi ki te gen pou vini an. Èske se te yon rezon pou yo pa t obeyi lòd gouvènman an te bay la? Jozèf ak Mari pa t kite enkyetid yo te genyen yo fè yo pa t obeyi lalwa. Jewova te beni yo poutèt yo te obeyi. Mari te byen rive Betleyèm, li te fè yon tibebe ki te an sante, e sa te menm reyalize yon pwofesi ki nan Bib la! — Miche 5:2. w23.10 8 § 9; 9 § 11-12.

Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2025
Nou kontan w vin sou sit sa a.
Se yon zouti ki pèmèt nou fè rechèch nan divès lang nan piblikasyon Temwen Jewova yo.
Pou w ka telechaje piblikasyon yo, ale sou jw.org
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje