BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/07 p. 1
  • ‘ Bay pawòl Bondye a san nou pa pè ’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • ‘ Bay pawòl Bondye a san nou pa pè ’
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Sou menm sijè a
  • Lè nou preche avèk kran, nou imite Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Annou kontinye pale Pawòl Bondye a avèk kran
    Ministè Wayòm nan — 2005
  • Èske w gen kran pou w preche ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • “Pale Pawòl Bondye a avèk kran”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2007
km 4/07 p. 1

‘ Bay pawòl Bondye a san nou pa pè ’

1 Èske pafwa ou konn ezite pale de lafwa w lè yon okazyon prezante swa nan lekòl ou, swa nan travay ou ? Èske se yon defi pou ou pou w preche yon fason enfòmèl fanmi w, vwazen w, oswa moun ou pa konnen ? Ki sa ki kapab ede nou pwofite tout okazyon pou nou ‘ bay pawòl Bondye a san nou pa pè ’ ? — Fil. 1:14.

2 Pinga w ezite : Si yo ta lage yon fo akizasyon sou do yon zanmi pwòch ou oswa sou do yon manm fanmi w, èske w t ap ezite pou w defann li ? Sa gen plizyè syèk depi y ap mal prezante Jewova, Zanmi ki pi pwòch nou an. Nou gen yon gwo privilèj pou nou bay temwayaj konsènan gran Dye nou an (Iza. 43:10-12) ! Lanmou nou gen pou Jewova kapab ede nou venk timidite oswa krent nou genyen, e li kapab pouse nou bay temwayaj konsènan laverite avèk kran, san nou pa ezite. — Tra. 4:26, 29, 31.

3 Sonje sa, mesaj nou an se yon bon nouvèl, e l ap pote byenfè ki dirab pou moun ki koute l yo. Si nou fikse lespri nou sou enpòtans travay predikasyon an genyen olye nou fikse lespri nou sou santiman pèsonèl nou oswa sou moun ki opoze ak nou, n ap rive preche avèk kran.

4 Egzanp lòt moun : Egzanp lòt moun ki te fidèl e ki te preche pawòl Bondye a san yo pa pè kapab fòtifye nou. Pa egzanp, Enòk te pwoklame avèk kran jijman Jewova kont moun ki pa t gen respè pou Bondye yo (Jid 14, 15). Noye te preche fidèlman, men moun li te preche yo te endiferan devan mesaj li a (Mat. 24:37-39). Kretyen nan premye syèk la ki te moun “ san enstriksyon, moun òdinè ”, te kontinye preche malgre gwo opozisyon (Tra. 4:13, 18-20). Souvan, nou jwenn nan Toudegad ak nan Réveillez-vous ! istwa lavi moun nan epòk nou an ki te rive venk krent yo te genyen e ki vin pwoklamatè zele.

5 Nou kapab jwenn ankourajman lè nou egzamine lavi sèvitè fidèl Jewova yo ki t ap viv nan tan lontan e ki te fè fas ak sitiyasyon difisil (1 Wa 19:2, 3 ; Mak 14:66-71). ‘ Grasa Bondye yo te ranmase kouraj yo ’ e yo te pale san yo pa pè. Nou menm tou nou ka fè menm jan an. — 1 Tes. 2:2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje