Matye
13 Nan menm jou sa a, Jezi kite kay la, l al chita bò lanmè a. 2 Gen yon gwo foul moun ki vin rasanble bò kote l. Se sa k fè, li monte nan yon bato, li chita, e tout foul la te kanpe bò lanmè a. 3 Apre sa, li di yo anpil bagay an parabòl. Li di yo: “Gen yon moun ki al simen semans. 4 Pandan l ap simen, gen kèk semans ki tonbe bò chemen an, e zwazo vini yo manje yo. 5 Gen lòt ki tonbe kote ki gen wòch, kote yo pa jwenn anpil tè, e nan yon ti moman yo leve, paske tè a pa t fon ase. 6 Men, lè solèy la monte, yo boule, e kòm yo pa t gen rasin, yo seche. 7 Gen lòt ki tonbe nan mitan pye pikan, pye pikan yo grandi e yo toufe yo. 8 Gen lòt ankò ki tonbe nan bon tè, e yo menm, yo donnen. Genyen ki bay san fwa lavalè, gen lòt ki bay swasant, e gen lòt ki bay trant. 9 Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.”
10 E disip yo vin kote l, yo di l: “Poukisa w sèvi ak parabòl pou w pale avèk yo?” 11 Jezi reponn yo, li di: “NOU menm, yo pèmèt NOU konprann sekrè sakre wayòm syèl la, men moun sa yo, yo pa fè sa pou yo. 12 Paske, moun ki genyen an, y ap ba l plis e l ap vin gen anpil. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran ata ti sa l genyen an nan men l. 13 Se poutèt sa mwen sèvi ak parabòl pou m pale avèk yo, paske yo gade, men se pou granmesi yo gade, yo tande, men se pou granmesi yo tande, e yo pa konprann sa yo tande a. 14 Pwofesi Izayi a reyalize sou yo. Men sa l di: ‘N ap tande, men NOU pa gendwa konprann sa NOU tande a. N ap gade, men NOU pa gendwa wè. 15 Paske, kè pèp sa a vin di. Yo tande ak zòrèy yo san yo pa reyaji, e yo fèmen je yo, dekwa pou yo pa janm wè ak je yo, pou yo pa janm tande ak zòrèy yo, pou yo pa janm konprann, pou yo pa janm kite kè yo touche, pou yo pa janm tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.’
16 “Sepandan, NOU menm, NOU byennere paske je NOU ap gade, e zòrèy NOU ap tande. 17 Paske, anverite m ap di NOU sa: Gen anpil pwofèt ak anpil moun ki jis ki te anvi wè bagay N ap gade yo, men yo pa t wè yo, e yo te anvi tande bagay N ap tande yo, men yo pa t tande yo.
18 “Kidonk, NOU menm, koute sa parabòl mesye ki t ap simen an vle di. 19 Lè yon moun tande mesaj wayòm nan, men li pa konprann li, Mechan an vini, li rache sa yo te simen nan kè l la. Sa a se semans ki te tonbe bò chemen an. 20 Kanta pou sa ki tonbe kote ki gen wòch yo, se moun ki tande pawòl la, e tousuit yo aksepte l ak kè kontan. 21 Poutan, li pa pran rasin nan yo, men li dire yon ti tan, epi kou vin gen tribilasyon oswa pèsekisyon akoz pawòl la, lamenm yo lage sa. 22 Kanta pou semans ki tonbe nan mitan pye pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men enkyetid ki gen nan sistèm sa a ak pouvwa richès genyen pou l twonpe moun toufe pawòl la, e yo pa bay fwi. 23 Kanta pou sa ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann sans li, ki bay fwi toutbon. Genyen ki bay san fwi, gen lòt ki bay swasant, e gen lòt ki bay trant.”
24 Men yon lòt parabòl li te bay foul moun yo: “Nou ka konpare wayòm syèl la ak yon moun ki simen bon semans nan jaden l. 25 Pandan tout moun ap dòmi, yon ènmi l vini, li simen move zèb nan mitan ble a, epi l ale. 26 Lè plant lan leve e li donnen, lè sa a move zèb yo parèt tou. 27 Epi, esklav mèt kay la vin kote l e yo mande l: ‘Mèt, èske se pa bon semans ou te simen nan jaden w lan? Kòman l fè vin gen move zèb?’ 28 Li di yo: ‘Se yon ènmi ki fè sa.’ Yo di l: ‘Ebyen, èske w vle nou soti al rache yo?’ 29 Li di: ‘Non, dekwa pou NOU pa tou rache ble a pandan N ap rache move zèb yo. 30 Kite yo toule de grandi ansanm jiskaske rekòt la rive. Epi, nan sezon rekòt la, m ap di moun k ap rekòlte yo: Rache move zèb yo anvan, mare yo pa pakèt pou NOU boule yo. Apre sa, ranmase ble a met nan depo m.’”
31 Li ba yo yon lòt parabòl, li di: “Wayòm syèl la sanble ak yon grenn moutad yon moun pran li plante nan jaden l. 32 Anfèt, grenn moutad se grenn ki pi piti nan tout semans, men lè l grandi li fè pi gwo pye legim ki genyen, e li vin tounen yon pyebwa. Konsa, zwazo nan syèl la vini, e yo jwenn kote pou yo abite nan branch li.”
33 Li ba yo yon lòt parabòl ankò, li di: “Wayòm syèl la sanble ak ledven yon fi pran li mete nan twa gwo mezi farin, jiskaske tout pat la leve.”
34 Jezi te sèvi ak parabòl pou l di foul moun yo tout bagay sa yo. Wi, li pa t pale avèk yo san l pa sèvi ak parabòl, 35 dekwa pou sa pwofèt la te di a ka reyalize. Li te di: “M ap sèvi ak parabòl pou m pale, m ap fè konnen bagay ki te kache depi lè monn nan te fonde.”
36 Lè l fin voye foul moun yo ale, li antre nan kay la. Epi, disip li yo vin jwenn li e yo di l: “Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.” 37 Jezi reponn, li di: “Moun ki simen bon semans lan, se Pitit lòm nan. 38 Jaden an, se monn nan. Kanta pou bon semans lan, se pitit wayòm nan. Men, move zèb yo, se pitit Mechan an, 39 e lènmi ki simen yo a, se Dyab la. Moman rekòt la, se fen sistèm nan, e travayè k ap rekòlte yo, se zanj yo. 40 Donk, menm jan yo ranmase move zèb yo e yo boule yo nan dife, se konsa sa ap ye nan fen sistèm nan. 41 Pitit lòm nan ap voye zanj li yo, e y ap ranmase tout moun ki lakòz lòt moun peche* ak tout moun k ap pratike sa ki mal, y ap mete yo deyò nan wayòm li an, 42 e y ap lage yo nan founèz dife a. Se la yo pral kriye e yo pral manje dan. 43 Nan epòk sa a, moun ki jis yo pral briye menm jan ak solèy la nan wayòm Papa yo. Moun ki gen zòrèy pou l tande, tande.
44 “Wayòm syèl la sanble ak yon trezò yo sere nan yon jaden, epi yon mesye jwenn li, li sere l. Li tèlman kontan, l ale li vann tout sa l genyen e l achte jaden an.
45 “Anplis de sa, wayòm syèl la sanble ak yon komèsan k ap vwayaje pou l chèche bèl pèl. 46 Lè l jwenn yon pèl ki gen anpil valè, l ale, e tousuit li vann tout sa l genyen epi l achte l.
47 “Yon lòt bò, wayòm syèl la sanble ak yon filè kèk pechè lage nan lanmè e ki pran tout kalite pwason. 48 Lè l plen, yo rale l met bò lanmè a, epi yo chita, yo triye bon pwason yo met nan veso, men yo voye sa k pa bon yo jete. 49 Se konsa sa ap ye nan fen sistèm nan: zanj yo ap soti, y ap retire mechan yo nan mitan moun ki jis yo, 50 e y ap voye yo jete nan founèz dife a. Se la mechan yo pral kriye e yo pral manje dan.
51 “Èske NOU konprann tout bagay sa yo?” Yo di l: “Wi.” 52 Lè sa a, li di yo: “Se konsa tou, chak anseyan, lè yo fin anseye l anrapò ak wayòm syèl la, li tankou yon moun, yon mèt kay, ki rale bagay ki nèf ak bagay ki la lontan soti nan trezò l.”
53 Lè Jezi fin bay parabòl sa yo, li kite kote l te ye a. 54 E lè l rive nan peyi l, li kòmanse anseye moun yo nan sinagòg yo. Sa fè yo sezi, e yo di: “Ki kote misye jwenn sajès sa a ak pouvwa pou l fè mirak sa yo? 55 Èske se pa pitit bòs chapant lan? Èske se pa Mari ki manman l? Èske se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jida li ye? 56 E sè l yo, èske yo tout pa ansanm avèk nou? Ebyen, ki kote misye jwenn tout bagay sa yo?” 57 E yo te refize kwè nan li. Men, Jezi di yo: “Yo onore yon pwofèt tout kote, sof nan peyi l ak lakay li.” 58 E li pa t fè anpil mirak nan zòn sa a, paske moun yo pa t gen lafwa.