EGZÒD
1 Lè Jakòb, oswa Izrayèl, t al ann Ejip, pitit gason l yo te ale avèk li ansanm ak fanmi yo. Men non pitit gason l yo+: 2 Ribenn, Simeyon, Levi, Jida+, 3 Isaka, Zabilon, Benjamen, 4 Dann, Neftali, Gad ak Achè+. 5 Antou, Jakòb te gen 70 desandan* lè sa a. Jozèf te deja ann Ejip+. 6 Annapre, Jozèf te vin mouri+, e frè l yo ansanm ak tout moun ki te fè pati jenerasyon sa a te vin mouri tou. 7 Izrayelit yo* te fè anpil pitit e yo te kòmanse vin anpil. Yo te kontinye fè pitit, e yo te kontinye vin gen plis pisans. Sa te fèt byen rapid. E yo te gaye nan tout peyi a+.
8 Rive yon lè, te vin gen yon lòt wa nan peyi Ejip, wa sa a pa t konn Jozèf. 9 Li te di pèp li a: “Tande non, pèp Izrayèl la plis pase nou e yo gen plis fòs pase nou+. 10 Annou fè yon kou entèlijan sou yo. Si nou pa fè sa, y ap kontinye vin pi plis, e si lagè ta pete, y ap met ansanm ak ènmi nou yo pou yo goumen kont nou, epi y ap kite peyi a.”
11 Konsa, yo mete moun sou tèt Izrayelit yo pou fè yo travay di+. Izrayelit yo te bati Piton ak Ramsès+ pou Farawon, de vil kote li te ka fè depo. 12 Men, plis yo t ap toupizi Izrayelit yo, se plis Izrayelit+ yo te fè pitit e se plis yo te gaye nan peyi a. Se sa k fè Ejipsyen yo te vin pè anpil. 13 Konsa, yo te fè Izrayelit yo tounen esklav+ e yo te fè yo travay di. 14 Yo te fè lavi yo difisil anpil piske yo te fè yo travay di nan fè mòtye ak ajil, nan fè brik, ak tout kalite kòve nan savann yo. Vrèmanvre, yo te fè yo fè tout kalite kòve+ nan kondisyon ki te difisil anpil.
15 Annapre, wa Ejip la pale ak de fanmsaj ebre ki te rele Chifra ak Pouwa. 16 Li di yo: “Lè n ap ede medam ebre yo akouche+, lè nou wè yo sou choukèt, si nou wè timoun nan se yon tigason, touye l, men si se yon tifi, kite l viv.” 17 Men, fanmsaj yo te gen lakrentif pou vrè Dye a, yo pa t fè sa wa Ejip la te mande yo fè a. Olye de sa, yo te kite tigason yo viv+. 18 Rive yon lè, wa Ejip la rele fanmsaj yo, li di yo: “Poukisa nou kite tigason yo viv?” 19 Fanmsaj yo di Farawon: “Medam ebre yo pa tankou medam ejipsyen yo. Yo menm yo djanm, e yo gentan akouche depi anvan fanmsaj la rive.”
20 Bondye te beni fanmsaj yo. Pèp la te kontinye vin pi plis e li te kontinye vin gen plis pisans. 21 Kòm fanmsaj yo te gen lakrentif pou vrè Dye a, li te pèmèt yo vin gen pitit. 22 Finalman, Farawon bay pèp li a lòd, li di yo: “Se pou nou lage tout tigason ebre ki fèk fèt yo nan Rivyè Nil la, men se pou nou kite tout tifi yo viv+.”
2 Nan epòk sa a, gen yon mesye nan fanmi Levi ki te marye ak yon pitit fi* Levi+. 2 Fi a te vin ansent e li fè yon pitit gason. Lè l wè jan pitit la bèl, li kache l pandan twa mwa+. 3 Lè l wè li pa kapab kache l+ ankò, li pran yon pànye ki fèt ak wozo, li pase goudwon ak gonm sou li, li mete pitit la ladan l e li mete pànye a nan mitan wozo ki arebò Rivyè Nil la. 4 Men, sè+ tibebe a te ret kanpe pa twò lwen pou l te ka wè sa k t apral rive l.
5 Pitit fi Farawon an te desann bò Rivyè Nil la pou l al benyen, e medam ki t ap sèvi l yo t ap mache bò rivyè a. Epi, li wè yon pànye nan mitan wozo yo. Lapoula, li voye fi ki te esklav li a al chèche l+. 6 Lè esklav la vin ak pànye a, pitit fi Farawon an ouvè l e li wè tibebe a. Tigason an t ap kriye. Lè l wè sa, kè l fè l mal pou li, men li di: “Se youn nan pitit Ebre yo.” 7 Apre sa, sè tigason an di pitit fi Farawon an: “Èske m mèt al chèche yon nouris nan mitan Ebre yo pou l ka ba l tete e pou l ka okipe l pou ou?” 8 Pitit fi Farawon an di l: “Ale non.” Epi, tifi a kouri al rele manman+ tibebe a. 9 Lè manman an vini, pitit fi Farawon an di l: “Pran pitit la, okipe l pou mwen e m ap peye w pou sa.” Se konsa fi a pran pitit la pou l ka pran swen l. 10 Lè pitit la vin pi gran, li pote l bay pitit fi Farawon an ki te pran l kòm pitit li+. Li te rele l Moyiz* e li te di: “Se paske mwen te retire l nan dlo a+.”
11 Annapre, lè Moyiz te fin grandi nèt*, li soti pou l al wè Ebre parèy li yo, e pou l wè jan y ap fè yo travay di+. Lè sa a, li wè yon Ejipsyen k ap bat yon Ebre. 12 Li gade adwat, li gade agoch, lè l wè pa gen pèsonn, li touye Ejipsyen an e li kache l nan sab la+.
13 Men, nan demen, li soti e li wè de gason ki t ap goumen, se te de Ebre. Li di sa ki antò a: “Poukisa w ap bat frè w la+?” 14 Lè misye tande sa, li di l: “Ki moun ki mete w chèf e ki mete w jij sou nou? Ou bezwen touye m menm jan w te touye Ejipsyen an+?” Lè Moyiz tande sa, li vin pè. Li di tèt li: “A! Genlè gen moun ki konn bagay la!”
15 Annapre, Farawon vin konn sa, e li te vle touye Moyiz. Men, Moyiz chape poul li poutèt Farawon e l al abite nan peyi Madyan+. Lè l rive, li chita arebò yon pi. 16 Prèt Madyan an+ te gen sèt pitit fi, e yo te vin nan pi a pou yo pran dlo e pou yo plen ganmèl yo ak dlo pou yo bay bèt papa yo te genyen yo bwè. 17 Men, jan bèje yo te gen abitid fè sa, yo vini epi yo fè yo ale. Lè Moyiz wè sa, li leve, li ede* medam yo epi li bay bèt yo bwè dlo. 18 Lè medam yo retounen lakay yo al jwenn papa yo, Rewouyèl*+, li di yo: “Kòman nou fè retounen vit konsa jodi a?” 19 Yo reponn li: “Gen yon Ejipsyen+ ki te sove nou anba men bèje yo. Li te menm tire dlo nan pi a pou nou e li te bay bèt yo bwè.” 20 Lè sa a, li di pitit fi l yo: “Kote li? Poukisa nou pa t vin avè l? Al rele l non pou l ka manje avèk nou.” 21 Apre sa, Moyiz te aksepte rete ak Rewouyèl, e Rewouyèl te ba l pitit fi l ki rele Sefora+ a kòm madanm. 22 Annapre, Sefora fè yon pitit gason pou Moyiz e Moyiz di: “M ap rele l Gèchòm*+ paske m se yon etranje nan peyi sa a+.”
23 Apre yon bon bout tan*, wa Ejip la vin mouri+, men Izrayelit yo te kontinye ap plenn akoz yo te nan esklavaj, yo te kontinye ap plenyen akoz yo t ap soufri, e yo te kontinye ap mande vrè Dye a pote yo sekou+. 24 Rive yon lè, Bondye te tande jan yo t ap plenn+ e li te sonje alyans li te fè ak Abraram, Izarak ak Jakòb la+. 25 Se sa k fè, Bondye te voye je gade Izrayelit yo e li te wè nan ki sitiyasyon yo ye.
3 Moyiz te konn gade bèt bòpè l, Jetwo+, prèt Madyan an, te genyen yo. Pandan li t ap mennen bèt yo al sou bò lwès dezè a, li rive bò kot Mòn Orèb+, mòn vrè Dye a. 2 Lè sa a, zanj Jewova a parèt devan l nan yon flanm dife nan mitan yon pye pikan+. Pandan l kontinye ap gade, li wè pye pikan an gen dife ladan l men li pa boule. 3 Lè Moyiz wè sa, li di: “Ban m al gade bagay dwòl sa a, ban m al wè poukisa pye pikan an pa boule.” 4 Lè Jewova wè l ap pwoche pou l gade, detan l nan pye pikan an, li rele l, li di: “Moyiz! Moyiz!” epi Moyiz di: “Men mwen.” 5 Epi Bondye di l: “Pa pwoche pi pre. Retire sandal nan pye w, paske kote w kanpe a se yon kote ki sakre.”
6 Bondye di l ankò: “Mwen se Bondye zansèt ou yo*, Bondye Abraram+, Bondye Izarak+ ak Bondye Jakòb+.” Lè sa a, Moyiz bouche figi l paske l te pè gade vrè Dye a. 7 Jewova di l ankò: “Vrèmanvre, mwen wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Ejip e mwen tande yo k ap rele osekou akoz moun k ap fòse yo travay di yo. Mwen byen konnen jan y ap soufri+. 8 M ap desann pou m vin delivre yo anba men Ejipsyen yo+ e m ap fè yo kite peyi sa a. M ap mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. M ap mennen yo nan tèritwa moun Kanaran yo, desandan Èt yo, Amorit yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+. 9 Mwen tande pèp Izrayèl la k ap rele osekou, mwen wè jan Ejipsyen yo ap toupizi yo e jan y ap fè yo travay di+. 10 Kounye a, vini m voye w kote Farawon pou w fè pèp mwen an, Izrayelit yo, kite peyi Ejip+.”
11 Men, Moyiz di vrè Dye a: “Kiyès mwen ye pou m al pale ak Farawon e pou m fè Izrayelit yo kite peyi Ejip?” 12 Lè sa a, Bondye di l: “M ap avèk ou+. Men sa m ap fè k ap montre se mwen ki voye w: Lè w fin fè pèp la kite Ejip, n ap vin sèvi* m, mwen menm, vrè Dye a, nan mòn sa a+.”
13 Men, Moyiz di vrè Dye a: “Ann sipoze m al kot Izrayelit yo, mwen di yo: ‘Bondye zansèt nou an voye m kote nou’ e yo mande m: ‘Ki jan l rele+?’, ki sa m ap reponn yo?” 14 Lè sa a, Bondye di Moyiz: “M ap tounen sa m chwazi* tounen*+.” Mete sou sa, li di l: “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘M ap tounen voye m kote nou+.’” 15 Apre sa, Bondye di Moyiz ankò:
“Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram+, Bondye Izarak+ ak Bondye Jakòb+ la, voye m kote nou.’ Se non sa a m ap toujou genyen+, e jenerasyon apre jenerasyon se nan non sa a pou yo sonje m. 16 Kounye a, ale, rasanble tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la epi di yo: ‘Jewova, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram, Izarak ak Jakòb la parèt devan m e li di m: “Mwen wè nan ki sitiyasyon nou ye+ e mwen wè sa y ap fè nou pase nan peyi Ejip. 17 Se sa k fè m ap delivre nou nan soufrans+ nou ye anba men yo a e m ap mennen nou nan tèritwa moun Kanaran yo, desandan Èt yo, Amorit yo+, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.”’
18 “Se sèten y ap koute w+. Epi, ou menm ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la, nou pral kot wa peyi Ejip la e n ap di l: ‘Jewova, Bondye Ebre yo+, te pale avèk nou. Tanpri, kite nou vwayaje pandan twa jou nan dezè a pou n al fè sakrifis pou Jewova, Bondye nou an+.’ 19 Men, mwen menm mwen konnen byen wa Ejip la pap kite nou ale toutotan mwen pa fòse l fè sa+. 20 Se sa k fè mwen pral oblije leve men m pou m frape peyi Ejip ak yon seri aksyon estrawòdinè mwen pral fè nan mitan l. Apre sa, wa a ap voye nou ale+. 21 M ap fè pèp mwen an jwenn favè Ejipsyen yo, e lè nou prale, nou pap soti de men vid+. 22 Chak fi dwe mande vwazin li ak fi ki abite lakay li bagay ki fèt ann ajan, bagay ki fèt annò, e yo dwe mande yo rad. Nou dwe mete yo sou pitit gason ak pitit fi nou yo. Konsa, n ap piye Ejipsyen yo+.”
4 Sepandan, Moyiz di: “Bon, e si yo pa kwè m e yo pa koute m+? Paske, se sèten y ap di: ‘Jewova pa t okenn parèt devan w.’” 2 Lè sa a, Jewova di l: “Ki sa w gen nan men w la a?” Li reponn: “Yon baton.” 3 Bondye di l: “Lage l atè.” Li lage l atè, e baton an tounen yon sèpan+. Lè Moyiz wè sa, li kouri pou li. 4 Jewova di Moyiz: “Lonje men w, pran sèpan an nan ke.” Li lonje men l, li pran sèpan an e li tounen yon baton nan men l. 5 Apre sa, Bondye di l: “Konsa, y ap kwè Jewova, Bondye zansèt yo a, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb+ la te parèt devan w+.”
6 Epi, Jewova di l: “Tanpri, foure men w anndan rad ou.” Li foure men l anndan rad li. Lè l rale men l, men l te gen lèp, li te blan tankou nèj+! 7 Epi, Bondye di l: “Foure men w anndan rad ou ankò.” Li foure men l anndan rad li. Lè l rale l, men an te geri, li te retounen vin tankou rès kò l. 8 Apre sa, Bondye di l: “Si yo pa kwè w oswa yo pa koute w apre premye mirak la, y ap kwè w apre dezyèm nan+. 9 Men, si apre de mirak sa yo yo toujou pa kwè w e yo pa vle koute w, lè sa a, w ap pran yon ti dlo nan Rivyè Nil la, w ap vide l atè, e l ap tounen san+.”
10 Apre sa, Moyiz di Jewova: “Eskize m wi Jewova, men, pale pa yon bagay ki fasil pou mwen. Se konsa m ye depi lontan, e menm apre w kòmanse pale ak sèvitè w la, sa pa chanje. Paske, bouch mwen lou e lang mwen lou+.” 11 Jewova di l: “Kiyès ki bay lòm bouch, oubyen kiyès ki fè* moun pa ka pale, oubyen ki fè yo soud, ki fè yo wè byen oubyen ki fè yo avèg? Èske se pa mwen menm, Jewova? 12 Bon, ou mèt ale kounye a, m ap avèk ou lè w ap pale*, e m ap fè w konnen sa pou w di+.” 13 Men Moyiz di: “Eskize m Jewova, tanpri, voye nenpòt lòt moun ou vle.” 14 Lè sa a, Jewova vin fache anpil kont Moyiz e li di l: “E frè w la Arawon+, Levit la? Mwen konnen li konn pale byen. Epitou, men l sou wout ap vin rankontre w kounye a. Lè l wè w, kè l ap kontan+. 15 Se pou w pale avè l, se pou w fè l konnen sa m te di w yo+. M ap avèk ou e m ap avèk li lè n ap pale+. M ap fè nou konnen sa pou nou fè. 16 L ap pale ak pèp la pou ou, l ap tounen pòtpawòl ou e ou menm w ap tankou Bondye pou li*+. 17 Ou prale ak baton sa a nan men w e w ap fè mirak yo avè l+.”
18 Kidonk, Moyiz tounen kot Jetwo, bòpè l+, li di l: “Tanpri, kite m ale. Mwen vle tounen kot frè m yo ann Ejip pou m wè si yo la toujou.” Jetwo di Moyiz: “Ale anpè.” 19 Apre sa, pandan Moyiz Madyan an, Jewova di l: “Retounen ann Ejip, paske tout mesye ki t ap chèche touye w* yo mouri+.”
20 Vrèmanvre, Moyiz pran madanm li ak pitit gason l yo, li mete yo sou yon bourik e li pran wout pou l retounen nan peyi Ejip. Mete sou sa, li pran baton vrè Dye a avè l. 21 Annapre, Jewova di Moyiz: “Apre w fin tounen ann Ejip, se pou w fè tout mirak mwen ba w pouvwa fè yo devan Farawon+. Men, m ap kite l fè tèt di+, li pap voye pèp mwen an ale+. 22 Se pou w di Farawon: ‘Men sa Jewova di: “Izrayèl se pitit gason m, premye pitit mwen+. 23 Voye pitit gason m nan ale pou l ka sèvi m. Si w refize voye l ale, m ap touye pitit gason w lan, premye pitit ou a+.”’”
24 Pandan yo te sou wout, Jewova*+ t al rankontre l kote yo te loje a, e li t ap chèche touye l*+. 25 Finalman, Sefora+ pran yon wòch byen file*, li sikonsi pitit gason l lan, li fè po a touche pye l, e li di: “Se paske ou se yon mari san pou mwen.” 26 Lè sa a, Bondye kite l ale. Sefora te di: “Ou se yon mari san” poutèt sikonsizyon an.
27 Apre sa, Jewova di Arawon: “Al rankontre Moyiz nan dezè a+.” Vrèmanvre, Arawon ale, l al rankontre Moyiz sou mòn vrè Dye a+. Lè l rankontre avè l, li bo l. 28 Lè sa a, Moyiz di Arawon tout sa Jewova, Sila a ki te voye l la+, te di l, e li pale l de tout mirak Li te ba l lòd fè yo+. 29 Apre sa, Moyiz ak Arawon ale, yo rasanble tout ansyen ki pami Izrayelit yo+. 30 Arawon di yo tout pawòl Jewova te di Moyiz yo, e li fè mirak+ yo devan je pèp la. 31 E moun yo nan pèp la te kwè+ yo. Lè yo tande Jewova vire je gade Izrayelit yo+ e li wè jan y ap soufri+, yo bese byen ba, yo bese tèt yo jis atè.
5 Apre sa, Moyiz ak Arawon antre kot Farawon e yo di l: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Voye pèp mwen an ale pou y al fè yon fèt pou mwen nan dezè a.’” 2 Men, Farawon di: “Kiyès Jewova+ ye pou m ta obeyi l, pou m ta voye pèp Izrayèl la ale+? Mwen pa konn kiyès ki Jewova a, mete sou sa, m pap voye pèp Izrayèl la ale+.” 3 Men, yo di l: “Bondye Ebre yo te pale avèk nou. Tanpri, kite nou vwayaje pandan twa jou nan dezè a pou n al ofri Jewova, Bondye+ nou an, sakrifis. Si nou pa fè sa, l ap lage maladi sou nou, oswa l ap fè touye nou anba kout epe.” 4 Wa Ejip la di yo: “Moyiz, Arawon, poukisa nou vle fè pèp la kite travay l ap fè a? Retounen al fè travay nou*+!” 5 Epi, Farawon di ankò: “Gade jan moun sa yo anpil nan peyi a, e nou ta vle fè yo sispann travay?”
6 Nan menm jou sa a, Farawon bay chèf ki te sou tèt Izrayelit yo ak fòmann yo te pran nan mitan Izrayelit yo lòd, li di yo: 7 “Pinga nou bay pèp la pay pou yo fè brik+ ankò. Kite yo al ranmase pay poukont yo. 8 Men, kontinye egzije yo pou yo fè menm kantite brik yo te konn fè anvan an. Pa wete sou kantite a, paske se parese ki nan kò yo. Se sa k fè y ap di: ‘Nou vle ale, nou vle al fè sakrifis pou Bondye nou an.’ 9 Fè yo travay pi di toujou. Ba yo okipasyon, konsa yo pap nan ret koute moun k ap bay manti.”
10 Konsa, chèf+ ki te sou tèt Izrayelit yo ak fòmann yo soti e yo di pèp la: “Men sa Farawon di: ‘Mwen pap ban nou pay ankò. 11 Al chèche pay nou poukont nou, kèlkeswa kote nou ka jwenn, men, n ap kontinye fè menm kantite travay la.’” 12 Lè sa a, pèp la al nan tout peyi Ejip pou yo ranmase rès plant nan jaden pou yo fè pay. 13 E chèf ki te sou tèt Izrayelit yo te kontinye ap di yo: “Chak jou, se pou nou fin fè kantite travay nou gen pou n fè a, jan nou te konn fè sa lè yo te konn ban nou pay la.” 14 Mete sou sa, yo bat+ fòmann yo te pran nan mitan Izrayelit yo. Se chèf Farawon yo ki te mete fòmann yo sou tèt Izrayelit yo. Chèf yo te di yo: “Poukisa nou pa fè menm kantite brik nou te konn fè a? Menm bagay la rive ni yè ni jodi a.”
15 Se sa k fè, fòmann yo al kot Farawon pou yo plenyen ba li, yo di l: “Poukisa se konsa w ap aji ak sèvitè w yo? 16 Yo pa ban nou pay, poutan y ap di nou: ‘Fè brik!’ Yo bat nou, alòske se pèp ou a ki antò.” 17 Men, Farawon di yo: “Se parese n ap fè! Se parese+ ki nan kò nou ki fè n ap di: ‘Nou vle ale, nou vle al ofri Jewova sakrifis+.’ 18 Kounye a, ale! Tounen nan travay nou! Yo pap ban nou okenn pay, men, n ap kontinye fè menm kantite brik la.”
19 Lè sa a, fòmann yo, ki te soti nan pèp Izrayèl la, rann yo kont yo nan gwo pwoblèm akoz lòd yo te ba yo a, kote yo te di yo: “Nou pa dwe diminye nan kantite brik nou konn fè chak jou a.” 20 Apre sa, yo rankontre ak Moyiz ak Arawon ki te kanpe ap tann yo pandan yo t ap soti kot Farawon an. 21 Lè sa a, yo di yo: “Se pou Jewova wè sa nou fè a, e se pou l pini nou. Paske, nou fè Farawon ak sèvitè l yo pa vle wè nou*, e nou mete yon epe nan men yo pou yo touye nou+.” 22 Apre sa, Moyiz pale ak Jewova, li di l: “Jewova, poukisa w ap fè pèp la soufri konsa? Poukisa w te voye m kote yo? 23 Depi lè m te antre al devan Farawon pou m pale nan non w+ lan, li aji pi mal ak pèp+ ou a, e ou pa menm delivre yo+.”
6 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Kounye a, ou pral wè sa m pral fè Farawon+: M ap sèvi ak fòs mwen pou m fè l voye yo ale. Wi, m ap sèvi ak fòs mwen pou m fè l mete yo deyò nan peyi l la+.”
2 Apre sa, Bondye di Moyiz: “Mwen se Jewova. 3 Mwen te konn pale ak Abraram, ak Izarak ak Jakòb antanke Bondye Toupisan+. Men, mwen pa t fè yo+ konn non Jewova a+ nèt. 4 Mete sou sa, mwen te fè yon alyans avèk yo pou m ba yo peyi Kanaran, kote yo te viv kòm etranje a+. 5 Mwen tande jan pèp Izrayèl la ap plenn akoz Ejipsyen yo fè yo tounen esklav, e mwen sonje alyans+ mwen an.
6 “Kidonk, men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Mwen se Jewova, m ap fè nou soti anba jouk Ejipsyen yo, m ap delivre nou nan esklavaj anba men yo+, m ap sove nou avèk fòs ponyèt mwen e m ap pini+ yo. 7 M ap fè nou tounen pèp mwen, e se mwen k ap Bondye nou+. N ap konnen se mwen menm, Jewova, ki Bondye nou, e se mwen k ap fè nou soti anba jouk Ejipsyen yo. 8 M ap fè nou antre nan peyi mwen te fè sèman* m ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, e m ap ban nou l kòm byen pa nou+. Mwen se Jewova+.’”
9 Annapre, Moyiz bay Izrayelit yo mesaj la, men, yo pa t kwè l paske yo te dekouraje e esklavaj la te rèd anpil+.
10 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 11 “Antre kot Farawon, wa Ejip la, epi, di l pou l voye Izrayelit yo ale.” 12 Men, Moyiz di Jewova: “Bon, si Izrayelit yo pa t koute m+, ki jan Farawon ap fè koute m? Dayè, m tou deja pa ka pale byen*+.” 13 Men, yon lòt fwa ankò, Jewova fè Moyiz ak Arawon konnen ki sa pou yo di ni Izrayelit yo ni Farawon, wa Ejip la, yon fason pou Izrayelit yo ka kite peyi Ejip.
14 Men non chèf fanmi ki soti nan zansèt Izrayelit yo: Pitit gason Ribenn, premye pitit Izrayèl la+, te genyen yo se te Anòk, Palou, Ezwon ak Kami+. Fanmi sa yo soti nan Ribenn.
15 Pitit gason Simeyon yo se te Jemouwèl, Jamin, Orad, Jakin, Zora ak Chayil, pitit yon fi ki moun Kanaran+. Fanmi sa yo soti nan Simeyon.
16 Men non pitit gason Levi yo+, chèf fanmi ki soti nan Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari+. Levi te viv 137 an.
17 Pitit gason Gèchon yo se te Libni ak Chimeyi. Yo te chèf fanmi+.
18 Pitit gason Keyat yo se te Amram, Izeya, Ebwon ak Ouzyèl+. Keyat te viv 133 an.
19 Pitit gason Merari yo se te Mali ak Mouchi.
Fanmi sa yo soti nan Levi+.
20 Amram te pran Jokebèd, sè papa li, pou madanm+. Jokebèd te fè Arawon ak Moyiz+ pou li. Amram te viv 137 an.
21 Pitit gason Izeya yo se te Kore+, Nefèg ak Zikri.
22 Pitit gason Ouzyèl yo se te Michayèl, Elizafan+ ak Sitri.
23 Arawon te pran Elicheba, pitit fi Aminadab, sè Nachon+, pou madanm. Elicheba te fè Nadab, Abiyou, Eleyaza ak Itama+ pou li.
24 Pitit gason Kore yo se te Asi, Èlkana ak Abyazaf+. Fanmi sa yo soti nan Kore+.
25 Eleyaza+, pitit gason Arawon, te pran youn nan pitit fi Poutyèl yo pou madanm. Madanm li te fè Fineyas+ pou li.
Mesye sa yo se chèf fanmi ki soti nan Levi yo+.
26 Se Arawon sa a ak Moyiz sa a Jewova te di: “Fè pèp Izrayèl la kite peyi Ejip yon fason ki byen òganize, gwoup pa gwoup+.” 27 Se yo menm ki te pale ak Farawon, wa Ejip la, pou yo mande l voye pèp Izrayèl la ale. Wi, se Moyiz sa a ak Arawon sa a+.
28 Jou Jewova te pale ak Moyiz nan peyi Ejip la, 29 Jewova te di l: “Mwen se Jewova. Fè Farawon, wa Ejip la, konnen tout sa m di w.” 30 Lè sa a, Moyiz te di Jewova: “Bon, mwen pa menm ka pale byen*, ki jan Farawon pral fè koute m+?”
7 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Gade, mwen fè w vin tankou Bondye* pou Farawon, e Arawon, frè w la, ap vin pwofèt ou+. 2 W ap fè Arawon konnen tout lòd mwen ba ou, li menm l ap pale ak Farawon e Farawon ap fè Izrayelit yo kite peyi l la. 3 Kanta pou mwen, m ap kite Farawon fè tèt di+, e m ap fè yon pakèt mèvèy ak mirak nan peyi Ejip+. 4 Men, Farawon pap koute nou e m ap oblije leve men m pou m frape Ejip ak yon seri gwo aksyon+ mwen pral fè nan mitan l pou m fè tout moun ki nan pèp mwen an, Izrayelit yo, kite peyi Ejip. 5 Lè mwen lonje men m pou m frape Ejip pou m fè Izrayelit yo soti nan mitan Ejipsyen yo, se sèten Ejipsyen yo ap konnen mwen se Jewova+.” 6 Moyiz ak Arawon te fè egzakteman sa Jewova te ba yo lòd fè yo. 7 Moyiz te gen 80 an e Arawon te gen 83 an lè yo t al pale ak Farawon an+.
8 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: 9 “Si Farawon di nou: ‘Fè yon mirak’, w ap di Arawon: ‘Pran baton w lan, lage l atè devan Farawon.’ Lè sa a, baton an ap tounen yon gwo koulèv+.” 10 Vrèmanvre, Moyiz ak Arawon al kot Farawon e yo fè egzakteman sa Jewova te ba yo lòd fè a. Arawon te lage baton l lan atè devan Farawon ak sèvitè l yo e baton an te tounen yon gwo koulèv. 11 Men, Farawon te voye rele gwo save yo ak moun ki konn fè maji yo. Epi, prèt ki te majisyen ann Ejip yo+ te fè maji e yo te fè menm bagay la+. 12 Yo chak te lage baton pa yo atè e baton yo te tounen gwo koulèv, men baton Arawon an te vale baton sa yo. 13 Malgre sa, Farawon te kontinye fè tèt di+ e li pa t koute yo, jan Jewova te di sa a.
14 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Tèt Farawon di+. Li refize voye pèp mwen an ale. 15 Demen maten, se pou w al kot Farawon. Li gen pou l soti al nan rivyè a. W ap kanpe yon kote bò kot Rivyè Nil la pou w ka kontre avè l. Ou prale ak baton ki te tounen sèpan an nan men w+. 16 W ap di l: ‘Jewova, Bondye Ebre yo, voye m kote w+, e li di: “Voye pèp mwen an ale pou y al sèvi m nan dezè a.” Men, jis kounye a, ou poko obeyi toujou. 17 Men sa Jewova di: “W ap konnen se mwen menm ki Jewova+ lè m frape Rivyè Nil la ak baton ki nan men m nan e rivyè a tounen san. 18 Pwason ki nan Rivyè Nil la ap mouri, rivyè a ap santi, e Ejipsyen yo pap ka bwè dlo ladan l.”’”
19 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Men sa pou w di Arawon: ‘Pran baton w lan, lonje men w sou dlo Ejip yo+, sou rivyè l yo, sou kanal* li yo, sou lagon l yo+ ak sou tout rezèvwa dlo l yo, pou yo ka tounen san.’ Ap gen san nan tout peyi Ejip, menm nan veso ki fèt an bwa ak veso ki fèt ak wòch yo.” 20 Menm moman an, Moyiz ak Arawon fè egzakteman sa Jewova di a. Arawon leve baton an, li frape dlo Rivyè Nil la devan je Farawon ak sèvitè l yo, e tout dlo ki nan rivyè a tounen san+. 21 Pwason ki te nan rivyè a te mouri+, rivyè a te vin santi e Ejipsyen yo pa t ka bwè dlo ki te ladan l lan+. Te gen san nan tout peyi Ejip.
22 Men, prèt ki te konn fè maji ann Ejip yo te fè maji pou yo fè menm bagay la+. Sa te fè Farawon kontinye fè tèt di, e li pa t koute Moyiz ak Arawon, jan Jewova te di sa a+. 23 Apre sa, Farawon tounen lakay li, e fwa sa a tou li pa t bay sa regle anyen pou li. 24 Ejipsyen yo te fouye toutotou Rivyè Nil la pou yo ka jwenn dlo pou yo bwè, paske yo pa t ka bwè dlo ki sot nan Rivyè Nil la. 25 Apre Jewova te frape Rivyè Nil la, sèt jou te pase.
8 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Al kot Farawon, epi w ap di l: ‘Men sa Jewova di: “Voye pèp mwen an ale pou y al sèvi m+. 2 Si w kontinye pa vle voye yo ale, m ap fè krapo+ anvayi peyi w la. 3 Rivyè Nil la ap chaje ak krapo. Y ap anvayi kay ou, chanm ou, kabann ou, kay sèvitè w yo, e y ap vin sou tout pèp la. Y ap antre nan fou ou kuit pen yo ak nan kote* ou konn prepare pat pou fè pen yo+. 4 Krapo yo ap vin sou ou, sou pèp ou a e sou tout sèvitè w yo.”’”
5 Annapre, Jewova di Moyiz: “Men sa w ap di Arawon: ‘Lonje baton w lan sou rivyè yo, sou kanal Nil yo, e sou lagon yo pou w fè krapo anvayi peyi Ejip.’” 6 Vrèmanvre, Arawon lonje men l sou dlo Ejip yo e krapo te kòmanse soti nan dlo yo pou yo kouvri tout peyi a. 7 Sepandan, prèt ki te konn fè maji yo te fè maji e yo fè menm bagay la. Yo te fè krapo anvayi peyi Ejip+ tou. 8 Apre sa, Farawon rele Moyiz ak Arawon e li di yo: “Sipliye Jewova pou l fè krapo yo wete kò yo sou mwen ak pèp mwen an+, paske mwen vle voye pèp la al ofri Jewova sakrifis.” 9 Moyiz di Farawon: “M ap kite se ou ki di m ki lè pou m sipliye Bondye pou l fè krapo yo wete kò yo sou ou, sou sèvitè w yo, sou pèp ou a ak nan kay ou yo. Se sèlman nan Rivyè Nil la k ap gen krapo.” 10 Lè sa a, Farawon di l: “Demen.” Moyiz reponn li: “Sa ap fèt jan w mande a pou w ka konnen pa gen moun ki tankou Jewova, Bondye nou an+. 11 Krapo yo ap wete kò yo sou ou, y ap kite kay ou yo, y ap wete kò yo sou sèvitè w yo ak pèp ou a. Se sèlman nan Rivyè Nil la k ap gen krapo+.”
12 Konsa, Moyiz ak Arawon soti devan Farawon, epi Moyiz sipliye Jewova konsènan krapo Li te fè vin sou Farawon+ yo. 13 Jewova te fè sa Moyiz te mande l la e krapo yo te kòmanse mouri nan kay yo, nan lakou yo ak nan rès peyi a. 14 Ejipsyen yo te anpile krapo yo, yo te fè yo fè yon pakèt pil e peyi a te kòmanse santi. 15 Lè Farawon wè li jwenn soulajman, li kontinye fè tèt di+ e li pa koute yo, jan Jewova te di sa a.
16 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Men sa w ap di Arawon: ‘Lonje baton w lan pou w frape pousyè tè a, e pousyè a ap tounen moustik nan tout peyi Ejip.’” 17 Vrèmanvre, yo te fè sa. Arawon lonje men l, li frape pousyè tè a, e moustik te vin ni sou moun ni sou bèt. Tout pousyè tè ki te genyen yo te tounen moustik nan tout peyi Ejip+. 18 Prèt ki te konn fè maji yo te fè maji pou yo eseye fè moustik tou+, men yo pa t kapab. Moustik yo te vin ni sou moun ni sou bèt. 19 Lè sa a, prèt ki te konn fè maji yo di Farawon: “Sa k fèt la, se grasa fòs Bondye*+ li fèt!” Men, Farawon te kontinye fè tèt di e li pa t koute yo, jan Jewova te di sa a.
20 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Leve granmmaten, al kanpe devan Farawon. Li gen pou l soti al bò rivyè a. Se pou w di l: ‘Men sa Jewova di: “Voye pèp mwen an ale pou y al sèvi m. 21 Si w pa voye yo ale, m ap voye yon seri gwo mouch* sou ou, sou sèvitè w yo, sou pèp ou a. M ap fè yo antre anndan kay ou yo, e tout kay nan peyi Ejip ap chaje gwo mouch. Mouch yo ap kouvri tout tè kote Ejipsyen yo rete nan peyi a. 22 Men, jou sa a, m ap aji yon lòt jan ak Gochenn, kote pèp mwen an abite a. Pap gen okenn mouch nan zòn sa a+. Konsa, w ap konnen, mwen menm, Jewova, mwen nan peyi a+. 23 M ap fè yon diferans ant pèp mwen an ak pèp ou a. Mirak sa a ap fèt demen.”’”
24 Vrèmanvre, se sa Jewova te fè. Yon pakèt gwo mouch te kòmanse anvayi kay Farawon, kay sèvitè l yo ak tout peyi Ejip+. Mouch yo te ravaje peyi a nèt+. 25 Finalman, Farawon rele Moyiz ak Arawon, li di yo: “Nou mèt ale. Ofri Bondye nou an sakrifis nan peyi a.” 26 Men, Moyiz di: “Li pap bon si nou fè sa. Paske, Ejipsyen yo ap choke+ lè yo wè sa n ap sakrifye pou Jewova, Bondye nou an. Èske Ejipsyen yo pa t ap kalonnen nou ak wòch si nou ta ofri sakrifis devan je yo ki fè yo choke? 27 Nou vle fè twa jou ap vwayaje nan dezè a, e se la n ap ofri Jewova, Bondye nou an, sakrifis jan li te di nou an+.”
28 Epi, Farawon di: “M ap voye nou ale pou n al ofri Jewova, Bondye nou an, sakrifis nan dezè a. Men, nou pa dwe ale lwen konsa. Sipliye Bondye pou mwen+.” 29 Apre sa, Moyiz di: “Kounye a, mwen prale, m ap sipliye Jewova pou ou, e demen, gwo mouch yo ap wete kò yo sou Farawon, sou sèvitè l yo ak pèp li a. Men, pinga Farawon kontinye twonpe nou* pou l pa voye pèp la al ofri Jewova sakrifis+.” 30 Apre sa, Moyiz soti devan Farawon e li sipliye Jewova+. 31 Vrèmanvre, Jewova fè sa Moyiz mande l la e gwo mouch yo wete kò yo sou Farawon, sou sèvitè l yo ak pèp li a. Pa gen youn ki te rete. 32 Sepandan, Farawon te kontinye fè tèt di e li pa t voye pèp la ale.
9 Se sa k fè, Jewova di Moyiz: “Al kot Farawon, e w ap di l: ‘Men sa Jewova, Bondye Ebre yo, di: “Voye pèp mwen an ale pou yo ka sèvi m+. 2 Si w kontinye pa vle voye yo ale e w kontinye kenbe yo, 3 Jewova ap frape bèt ou yo+. L ap lage yon gwo maladi+ sou cheval ou yo, bourik ou yo, chamo w yo, bèf ou yo ak mouton w yo. 4 Men, Jewova ap fè yon diferans ant bèt Izrayelit yo ak bèt Ejipsyen yo. Pa gen youn nan sa k pou Izrayelit yo k ap mouri+.”’” 5 Mete sou sa, Jewova fikse yon lè pou l fè sa. Men sa li di: “Demen, mwen menm, Jewova, m ap fè sa rive nan peyi a.”
6 Vrèmanvre, nan demen, Jewova fè sa l te di a e tout kalite bèt te kòmanse mouri ann Ejip+. Men, pa gen youn nan bèt Izrayelit yo ki te mouri. 7 Lè Farawon mennen ankèt, li aprann pa gen youn nan bèt Izrayelit yo ki mouri. Malgre sa, Farawon te kontinye fè tèt di e li pa t voye pèp la ale+.
8 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: “Plen de men nou ak sann ki sot nan fou yo kuit brik yo, e Moyiz ap voye sann nan anlè devan je Farawon. 9 Sann nan ap tounen pousyè nan tout peyi Ejip e l ap fè gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt nan tout peyi a.”
10 Vrèmanvre, yo pran sann nan yon fou, yo kanpe devan Farawon e Moyiz voye sann nan anlè. Epi, sann nan fè gwo bouton leve ni sou moun ni sou bèt. 11 Prèt ki te konn fè maji yo pa t ka rete devan Moyiz paske bouton te leve sou yo e sou tout Ejipsyen yo+. 12 Men, Jewova te kite Farawon kontinye fè tèt di, e Farawon pa t koute yo, jan Jewova te di Moyiz sa a+.
13 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Leve granmmaten, al kot Farawon. W ap kanpe devan l e w ap di l: ‘Men sa Jewova, Bondye Ebre yo, di: “Voye pèp mwen an ale pou yo ka sèvi m. 14 Si w pa fè sa, m ap lage tout flewo m yo sou ou, sou sèvitè w yo ak pèp ou a pou w ka konnen pa gen pèsonn ki tankou m sou tout tè a+. 15 Paske m te gendwa gentan leve men m pou m frape ni ou menm ni pèp ou a avèk yon gwo maladi, e m t ap gentan disparèt* nou sou tè a. 16 Sepandan, men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a+. 17 Men, mwen wè w kontinye ap fè awogan ak pèp mwen an, ou toujou pa vle voye yo ale. 18 Enben, demen, nan apeprè menm lè sa a, m ap fè yon gwo lagrèl tonbe ann Ejip. Poko janm gen yon lagrèl ki tonbe konsa nan peyi a depi l egziste. 19 Kidonk, bay lòd pou yo rantre tout bèt ou yo ak tout sa w genyen ki deyò. Tout moun ak tout bèt ki ret deyò ap mouri lè lagrèl la tonbe sou yo.”’”
20 Tout moun pami sèvitè Farawon yo ki te pè akoz sa Jewova di a te kouri fè sèvitè pa yo ak bèt pa yo rantre, 21 men, tout moun ki pa t okipe sa Jewova te di a te kite sèvitè yo ak bèt yo deyò.
22 Annapre, Jewova di Moyiz: “Leve men w anlè pou lagrèl ka tonbe sou tout peyi Ejip+, sou moun ak bèt ak sou tout plant ki nan peyi a+.” 23 Vrèmanvre, Moyiz leve baton l lan anlè, Jewova fè loray gwonde e li fè lagrèl ak dife* tonbe sou peyi a. Jewova te kontinye fè lagrèl tonbe sou peyi Ejip. 24 Lagrèl t ap tonbe e dife t ap flache nan mitan lagrèl la. Se pa de lagrèl ki pa t tonbe. Depi lè Ejip te vin yon nasyon, lagrèl pa t janm tonbe konsa nan peyi a+. 25 Lagrèl te frape tout sa ki te deyò nan peyi Ejip, ni moun, ni bèt. Li te depatcha tout plant ak tout pyebwa+. 26 Sèl kote lagrèl la pa t tonbe se nan Gochenn, zòn kote Izrayelit yo te ye a+.
27 Apre sa, Farawon voye chèche Moyiz ak Arawon, li di yo: “Fwa sa a, mwen peche. Jewova jis, men, se mwen menm ak pèp mwen an ki antò. 28 Sipliye Jewova pou loray la ak lagrèl la sispann. Lè sa a, m ap dispoze voye nou ale e mwen pap fè nou rete ankò.” 29 Lè Moyiz tande sa, li di l: “Kou m kite vil la m ap leve men m devan Jewova pou m priye l. Loray la ak lagrèl la ap sispann yon fason pou w ka konnen se pou Jewova tè a ye+. 30 Men, kanta pou ou menm ak sèvitè w yo, mwen deja konnen nou pap gen lakrentif pou Jewova Dye menm lè nou wè sa.”
31 Ni pye len yo, ni pye lòj yo te detwi, paske lòj* la te gentan fè grap e pye len yo te gentan fleri. 32 Men, lagrèl la pa t detwi ble yo* paske yo potko mi*. 33 Annapre, Moyiz soti devan Farawon, li soti deyò vil la e li leve men l devan Jewova pou l priye l. Lè sa a, loray la, lagrèl la ak lapli a sispann+. 34 Lè Farawon wè lapli a, lagrèl la ak loray la sispann, li retounen fè tèt di+, ni li menm, ni sèvitè l yo. 35 Farawon te kontinye fè tèt di e li pa t voye Izrayelit yo ale, jan Jewova te di sa pa mwayen Moyiz la+.
10 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Al kot Farawon. Paske, mwen kite li menm ak sèvitè l yo kontinye fè tèt di+ pou m ka fè mirak mwen yo devan l+, 2 pou w ka fè pitit ou ak pitit pitit ou konnen jan m te pini Ejipsyen yo e pou w ka fè yo konnen mirak mwen te fè nan mitan Ejipsyen yo+. Konsa, n ap konnen mwen se Jewova.”
3 Lè sa a, Moyiz ak Arawon al kot Farawon epi yo di l: “Men sa Jewova, Bondye Ebre yo, di: ‘Pandan konbyen tan w ap refize soumèt devan m?+ Voye pèp mwen an ale pou yo ka sèvi m. 4 Paske, si w kontinye refize voye pèp mwen an ale, demen, m ap voye krikèt vèt nan peyi a. 5 Y ap kouvri tout peyi a, e moun pap ka wè atè a. Y ap manje tout sa nou genyen ki rete apre lagrèl la, y ap devore tout pyebwa k ap grandi nan peyi a+. 6 Y ap anvayi kay ou yo, kay tout sèvitè w yo ak tout kay ki gen ann Ejip nan yon nivo papa w ak granpapa w pa t janm wè depi lè yo te fèt rive jis jodi a+.’” Apre sa, Moyiz vire e li soti devan Farawon.
7 Annapre, sèvitè Farawon yo di l: “Pandan konbyen tan ankò nonm sa a ap kontinye menase* nou? Voye pèp la ale pou y al sèvi Jewova, Bondye yo a. Ou pa wè jan Ejip fin depafini?” 8 Kidonk, yo fè Moyiz ak Arawon tounen vin kot Farawon epi Farawon di yo: “Nou mèt al sèvi Jewova, Bondye nou an. Men, kiyès ki prale?” 9 Lè sa a, Moyiz di l: “Nou prale ak timoun yo, ak granmoun yo, ak pitit gason nou yo, ak pitit fi nou yo, ak mouton nou yo ansanm ak bèf nou yo+ paske nou pral fè yon fèt pou Jewova+.” 10 Farawon di yo: “Si nou wè m voye nou ale ansanm ak pitit nou yo, nou mèt konnen Jewova avèk nou vre+! Se sèten nou gen move entansyon nan tèt nou. 11 Non, se mesye yo sèlman ki pou al sèvi Jewova paske se sa nou te mande.” Apre sa, yo fè yo soti devan Farawon.
12 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Lonje men w sou peyi Ejip pou krikèt vèt vin sou peyi a, pou yo ka manje tout plant yo, tout sa ki rete apre lagrèl la.” 13 Lamenm, Moyiz lonje baton l lan sou peyi Ejip e Jewova fè yon van ki sot nan direksyon lès soufle sou peyi a pandan tout jounen an ak tout nuit lan. Nan maten, van an te vin ak krikèt yo. 14 Krikèt yo te anvayi tout peyi a+ e yo te rete la. Sitiyasyon an te grav anpil. Pa t janm gen tout krikèt sa yo nan peyi a anvan sa+ e pap janm gen yon kantite konsa ankò. 15 Yo te kouvri tout peyi a, e peyi a te vin tou nwa akoz krikèt yo. Yo te devore tout plant nan peyi a ak tout fwi nan pyebwa yo, tout sa ki te rete apre lagrèl la. Pa t gen okenn fèy ki te rete ni sou pyebwa ni sou plant ki nan peyi Ejip yo.
16 Lè sa a, Farawon voye rele Moyiz ak Arawon prese prese epi li di yo: “Mwen peche kont Jewova, Bondye nou an, e mwen peche kont nou. 17 Tanpri, padone peche m fwa sa a e sipliye Jewova, Bondye nou an, pou l ka retire flewo sa a sou mwen. Se touye flewo sa a ap touye m.” 18 Konsa, li* soti devan Farawon e li sipliye Jewova+. 19 Epi, Jewova fè van an chanje direksyon pou l tounen yon gwo van ki soti nan direksyon lwès e ki ale ak krikèt yo pou l al lage yo nan Lanmè Wouj. Pa t gen yon krikèt ki te rete nan tout peyi Ejip. 20 Men, Jewova te kite Farawon kontinye fè tèt di+, e Farawon pa t voye Izrayelit yo ale.
21 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Leve men w anlè pou fènwa kapab kouvri peyi Ejip, yon fènwa ki tèlman pwès, se kòmsi moun yo ap ka manyen l.” 22 Menm kote a, Moyiz leve men l anlè, e yon fènwa pwès te kouvri tout peyi Ejip pandan twa jou+. 23 Ejipsyen yo pa t kapab wè youn lòt, e pandan twa jou, yo pa t deplase kite kote yo te ye a. Men, te gen limyè kote Izrayelit yo te rete a+. 24 Apre sa, Farawon fè rele Moyiz e li di l: “Nou mèt al sèvi Jewova+. Menm pitit nou yo mèt ale avèk nou. Sèl bagay, n ap kite mouton nou yo ak bèf nou yo.” 25 Men, Moyiz di: “W ap ban nou* bèt pou nou touye e pou nou boule kòm sakrifis pou Jewova, Bondye nou an+. 26 Nou prale ak tout bèt nou yo. Pa gen youn k ap rete dèyè paske se ladan yo n ap pran bèt pou nou ofri Jewova, Bondye nou an, pandan nou pral adore l la. Se lè nou rive kote nou prale a n ap konnen ki sa n ap ofri Jewova pou nou adore l.” 27 Men, Jewova te kite Farawon kontinye fè tèt di, e Farawon pa t dakò voye pèp la ale+. 28 Farawon di Moyiz: “Disparèt ou devan m nan! Epi, veye pou w pa eseye vin devan m nan ankò, paske, lejou w vin devan m ankò, w ap mouri.” 29 Lè Moyiz tande sa, li di: “Enben, m ap fè sa w di a. Mwen pap eseye vin devan w ankò.”
11 Apre sa, Jewova di Moyiz: “M ap lage yon dènye flewo sou Farawon ak peyi Ejip, epi l ap voye nou ale+. Lè l ap voye nou ale a, se do nou l ap pouse met deyò+. 2 Kounye a, fè pèp la konnen se pou tout gason ak tout fi mande vwazen yo bagay ki fèt ann ajan ak bagay ki fèt annò+.” 3 Jewova te fè pèp la jwenn favè Ejipsyen yo. Mete sou sa, sèvitè Farawon yo ak lòt Ejipsyen yo te vin respekte Moyiz anpil nan peyi Ejip.
4 Annapre, Moyiz di Farawon: “Men sa Jewova di: ‘Nan mitan nuit lan, m ap pase nan peyi Ejip+ 5 e tout premye pitit nan peyi a ap mouri+, depi premye pitit Farawon ki chita sou twòn li an rive nan premye pitit sèvant k ap vire moulen yo. Tout premye pitit bèt yo tou ap mouri+. 6 Pral gen yon sèl rèl nan tout peyi Ejip. Pa t janm gen yon rèl konsa nan peyi a e pap janm gen youn konsa ankò+. 7 Men, anyen mal pap rive ni Izrayelit yo, ni bèt yo genyen yo. Menm yon chen pap jape yo. Lè sa a, n ap konnen Jewova kapab fè diferans ant Ejipsyen yo ak Izrayelit yo+.’ 8 Tout sèvitè w yo ap desann, y ap bese byen ba devan m, epi y ap di: ‘Ou mèt ale ansanm ak moun ki pral avè w yo+.’ Apre sa, mwen prale.” Lè Moyiz fin di pawòl sa yo, li soti devan Farawon byen fache.
9 Annapre, Jewova di Moyiz: “Farawon pap koute nou+, konsa, m ap ka fè plis mirak toujou nan peyi Ejip+.” 10 Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan Farawon+, men, Jewova te kite Farawon kontinye fè tèt di e Farawon pa t voye Izrayelit yo ale+.
12 Annapre, men sa Jewova te di Moyiz ak Arawon pandan yo te nan peyi Ejip: 2 “Se mwa sa a k ap premye mwa nan ane a pou nou+. 3 Men sa n ap di tout pèp Izrayèl la: ‘Nan dizyèm jou nan mwa a, nou chak dwe pran yon mouton+ pou fanmi nou, youn pou chak kay. 4 Men, si pa gen ase moun nan kay la pou manje mouton an, n ap* met ansanm ak vwazen ki pi pre a pou nou pataje mouton an avèk li lakay nou, selon kantite moun* nan. Lè n ap fè kontwòl la, nou dwe reflechi sou kantite chak moun ap manje nan mouton an. 5 Bèt nou chwazi a ta dwe yon mal ki pa gen okenn domaj+ e ki gen ennan. Li kapab yon jenn ti mal mouton oswa yon jenn ti kabrit. 6 N ap pran swen l rive jis nan 14yèm jou nan mwa a+, e chak fanmi nan pèp Izrayèl la dwe touye l nan aswè, anvan l fin fè nwa*+. 7 Nou dwe pran enpe nan san bèt la pou nou pase l sou de chanbrann pòt kay kote n ap manje mouton an ak sou lento pòt la+.
8 “‘Nou dwe manje vyann mouton an nan nuit sa a+. Nou dwe boukannen l sou dife epi nou dwe manje l avèk pen san ledven+ ansanm ak fèy anmè+. 9 Pinga nou manje l san l pa byen kuit e pinga nou bouyi l nan dlo. Men, nou dwe boukannen l sou dife, ansanm ak tèt li, pye l ak tout sa ki anndan l. 10 Nou pap sere ladan l pou demen maten, men, n ap boule tout sa k rete nan demen maten yo nan dife+. 11 Lè n ap manje l, ren nou dwe mare, sandal nou dwe nan pye nou e baton nou dwe nan men nou. Se pou nou manje l byen vit. Se fèt Pak Jewova a. 12 M ap pase nan peyi Ejip nan nuit sa a, m ap touye tout premye pitit ki gen nan peyi a, soti nan moun rive nan bèt+. M ap frape dye Ejip yo+. Mwen se Jewova. 13 Lè m ap frape peyi Ejip, san an ap sèvi kòm siy sou kay kote nou rete yo. Lè m wè san an, m ap pase anlè tèt kay la e flewo a pap vin sou nou pou l detwi nou+.
14 “‘Nou dwe sonje jou sa a e nou dwe fè yon fèt nan jou sa a pou Jewova jenerasyon apre jenerasyon. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan. 15 N ap manje pen san ledven pandan sèt jou+. Nan premye jou a, nou dwe retire pat ki gen ledven yo lakay nou. Paske, si yon moun manje yon bagay ki gen ledven ladan l ant premye jou a ak setyèm jou a, nou dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp Izrayèl la. 16 Nan premye jou a, n ap reyini pou n adore Bondye, e n ap fè sa tou nan setyèm jou a. Pèsonn pa dwe fè okenn travay nan jou sa yo+. Men, chak moun* kapab prepare sa yo bezwen pou yo manje sèlman.
17 “‘Nou dwe selebre fèt Pen san ledven an+ paske se nan jou sa a m ap fè foul moun* nou yo soti nan peyi Ejip. Nou dwe selebre jou sa a jenerasyon apre jenerasyon paske se yon kòmandman pou nou obeyi pandan lontan. 18 Nan premye mwa a, nan 14yèm jou a, nan aswè, n ap manje pen san ledven rive jis nan 21yèm jou nan mwa a, nan aswè+. 19 Pandan sèt jou, pa dwe gen pat ki gen ledven lakay nou, paske, si yon moun manje yon bagay ki gen ledven ladan l, kit se yon etranje k ap viv nan peyi a, kit se yon moun ki fèt nan peyi a+, nou dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp Izrayèl la+. 20 Nou pa dwe manje anyen ki gen ledven ladan l. Se pen san ledven nou dwe manje lakay nou.’”
21 Menm kote a, Moyiz rele tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la+ e li di yo: “Al chwazi jenn ti bèt* pou fanmi nou epi touye l kòm sakrifis pou Pak la. 22 Apre sa, n ap tranpe yon touf izòp nan yon kivèt kote nou mete san an e n ap pase san an sou lento pòt kay nou ak sou de chanbrann yo. Pèsonn pa dwe soti kite kay li rive jis nan maten. 23 Konsa, lè Jewova pase nan peyi a pou l lage flewo a sou Ejipsyen yo e li wè san ki sou lento pòt yo ak de chanbrann yo, Jewova ap pase anlè tèt pòt kay la e li pap kite flewo lanmò a* antre lakay nou+.
24 “Nou menm ak pitit nou yo dwe selebre fèt sa a. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan+. 25 Lè nou antre nan peyi Jewova gen pou l ban nou an, jan li te pwomèt sa a, nou dwe kontinye selebre fèt sa a+. 26 Lè pitit nou yo va mande nou: ‘Poukisa nou selebre fèt sa a+?’, 27 se pou nou di yo: ‘Se sakrifis pou fèt Pak n ap fè pou Jewova a paske li te pase anlè tèt kay Izrayelit yo ann Ejip lè l t ap pini Ejipsyen yo e li pa t fè moun anndan kay nou yo anyen.’”
Apre sa, moun yo nan pèp la bese byen ba, yo bese tèt yo jis atè. 28 Vrèmanvre, Izrayelit yo ale epi yo fè egzakteman sa Jewova te bay Moyiz ak Arawon lòd pou yo fè yo+.
29 Epi, nan mitan nuit lan, Jewova touye tout premye pitit nan peyi Ejip yo+, depi premye pitit Farawon, ki chita sou twòn nan, rive nan premye pitit moun ki nan prizon* yo ak premye pitit bèt yo+. 30 Nan nuit sa a, lè Farawon ak sèvitè l yo ansanm ak tout lòt Ejipsyen yo leve, se pa de rele yo pa t rele, paske, pa t gen yon kay ki pa t gen moun ki mouri ladan l+. 31 Menm kote a, Farawon fè rele Moyiz ak Arawon+ e li di yo: “Al fè wout nou, soti nan mitan pèp mwen an, ni nou menm, ni lòt Izrayelit yo. Al sèvi Jewova, jan nou te mande sa a+. 32 Pran mouton nou yo, kabrit nou yo ak bèf nou yo epi ale, jan nou te mande sa a+. Mete sou sa, se pou nou beni m.”
33 Ejipsyen yo te kòmanse ap mande pèp la kite peyi a prese prese+, e yo t ap di yo: “Si nou pa ale, tout moun ap mouri+!” 34 Konsa, pèp la te ale ak pat ki pa t gen ledven yo ansanm ak veso* yo te konn prepare pat pou fè pen yo. Yo te vlope veso sa yo nan rad yo e yo te mete yo sou zepòl yo. 35 Izrayelit yo te fè sa Moyiz te di yo fè a, yo te mande Ejipsyen yo bagay ki fèt ann ajan ak bagay ki fèt annò, e yo te mande yo rad+. 36 Jewova te fè pèp la jwenn favè Ejipsyen yo ki te ba yo sa yo te mande yo. Se konsa Izrayelit yo te piye Ejipsyen yo+.
37 Annapre, Izrayelit yo kite Ramsès+ pou y al Soukòt+. Yo te anviwon 600 000 gason apye, san konte timoun+. 38 Te gen yon pakèt lòt moun*+ avèk yo tou ansanm ak yon pakèt mouton, kabrit ak bèf. Te gen anpil bèt. 39 Yo te kòmanse kuit pat yo te pote sot Ejip yo pou yo fè pen won san ledven. Pat yo pa t gen ledven ladan yo. Piske yo te fè yo kite Ejip sanzatann, yo pa t gentan fè pwovizyon+.
40 Antou, Izrayelit yo te pase 430 an+ ann Ejip+. 41 Nan jou ki te fè 430 an an, tout foul moun* Jewova yo te soti nan peyi Ejip. 42 Se yon nuit pèp Izrayèl la ap gen pou yo selebre paske Jewova te fè yo soti nan peyi Ejip. Yo dwe selebre fèt sa a pou Jewova jenerasyon apre jenerasyon+.
43 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: “Men kòmandman pou fèt Pak la: Okenn etranje pa dwe manje manje Pak la+. 44 Men, si yon moun gen yon gason ki esklav li li te achte ak kòb li, li dwe sikonsi l+. Se apre sa sèlman esklav sa a ap kapab manje manje Pak la. 45 Etranje k ap viv nan peyi a ak travayè k ap travay nan peyi a pou kòb yo pap kapab manje ladan l. 46 Se anndan kay nou pou nou manje l. Nou pa dwe soti deyò ak vyann nan. Nou pa dwe kraze okenn zo nan mouton an+. 47 Se tout moun nan pèp Izrayèl la ki dwe selebre fèt sa a. 48 Si yon etranje k ap viv nan mitan nou vle selebre fèt Pak la pou Jewova, se pou tout gason ki lakay li sikonsi. Se lè sa a l ap kapab selebre fèt la. L ap menm jan ak yon moun ki fèt nan peyi a. Okenn moun ki pa sikonsi pap kapab manje manje Pak la+. 49 Se menm lwa a k ap genyen ni pou moun ki fèt nan peyi a, ni pou etranje k ap viv nan mitan nou yo+.”
50 Vrèmanvre, tout Izrayelit yo te fè egzakteman sa Jewova te bay Moyiz ak Arawon lòd pou yo fè yo. 51 Se nan menm jou sa a Jewova te fè tout Izrayelit yo kite peyi Ejip ansanm ak foul moun* yo.
13 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Mete tout premye pitit gason Izrayelit yo apa pou mwen. Tout premye pitit gason ki fèt ak tout premye mal bèt ki fèt se pou mwen+.”
3 Apre sa, Moyiz di pèp la: “Se pou nou sonje jou sa a nou te soti nan esklavaj nan peyi Ejip la+, paske Jewova te sèvi ak fòs ponyèt li pou l fè nou kite peyi sa a+. Nou pa dwe manje anyen ki gen ledven. 4 Jodi a nou nan mwa Abib*+, e se jodi a n ap soti nan peyi a. 5 Lè Jewova fè nou antre nan tèritwa moun Kanaran yo, desandan Èt yo, Amorit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+, peyi li te pwomèt zansèt nou yo li t ap ban nou an+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+, se pou nou kontinye selebre fèt sa a nan mwa sa a. 6 Pandan sèt jou, nou dwe manje pen san ledven+, e sou setyèm jou a, n ap fè yon fèt pou Jewova. 7 Pandan sèt jou sa yo, nou dwe manje pen san ledven+, nou pa dwe gen anyen ki gen ledven lakay nou+ e nou pa dwe gen okenn pat ki gen ledven nan tout tèritwa nou an*. 8 Nan jou sa a, n ap di pitit nou yo: ‘Nou fè sa akoz sa Jewova te fè pou nou lè li t ap fè nou soti nan peyi Ejip+.’ 9 Fèt sa a ap tankou yon siy nou gen sou men nou ak fwon nou* pou fè nou sonje sa k te pase a+, yon fason pou lwa Jewova a kapab toujou nan bouch nou, paske Jewova te fè nou soti nan peyi Ejip ak fòs ponyèt li. 10 Se pou nou obeyi kòmandman sa a chak ane lè moman an rive+.
11 “Lè Jewova fè nou antre nan peyi moun Kanaran yo, yon peyi li te fè ni zansèt nou yo ni nou menm+ sèman l ap ban nou l, 12 nou dwe mete tout premye pitit gason nou yo apa pou Jewova e nou dwe fè sa tou pou tout premye mal ki sot nan vant bèt nou yo. Tout premye pitit gason yo ak tout premye mal ki sot nan vant bèt yo se pou Jewova yo ye+. 13 Nou dwe bay yon mouton pou nou achte lavi premye pitit bourik nou yo. Si nou pa fè sa, nou dwe kase kou bourik la. Nou dwe achte lavi tout premye pitit gason nou yo+.
14 “Si pi devan pitit nou yo ta mande nou: ‘Poukisa nou fè sa?’, lè sa a, n ap di yo: ‘Jewova te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip ak fòs ponyèt li+. 15 Lè Farawon t ap fè tèt di e li te refize voye nou ale+, Jewova te touye tout premye pitit nan peyi Ejip yo, depi premye pitit moun rive nan premye pitit bèt+. Se sa k fè nou ofri Jewova tout premye mal ki sot nan vant bèt nou yo kòm sakrifis e nou achte lavi tout premye pitit gason nou yo.’ 16 Sa ap tankou yon siy nou gen sou men nou e tankou yon bando sou fwon nou*+ pou nou pa bliye Jewova te fè nou kite peyi Ejip ak fòs ponyèt li.”
17 Lè Farawon te voye pèp la ale, Bondye pa t fè yo pase sou wout ki pase nan tèritwa moun Filisti yo, byenke wout sa a te pi kout. Paske, men sa Bondye te di: “Pèp la ka chanje lide si yo wè yo pral oblije fè lagè, e y ap retounen nan peyi Ejip.” 18 Se sa k fè Bondye te fè yo pase nan yon wout ki pi long ki pase nan dezè ki toupre Lanmè Wouj la+. Lè Izrayelit yo t ap kite peyi Ejip, yo te byen òganize tankou sòlda ki pral nan lagè. 19 Moyiz te ale ak zosman Jozèf paske Jozèf te fè pitit Izrayèl yo fè sèman pou yo fè sa. Jozèf te di yo: “Bondye pap pa voye je gade nou, e se pou nou ale ak zosman m lè n ap kite isit la+.” 20 Apre pèp la fin kite Soukòt, yo rive Etam, toupre dezè a, epi yo pase yon ti tan la.
21 Lajounen, pou Jewova te kapab dirije yo, li te pran devan yo nan yon nyaj ki te gen fòm yon poto+ e leswa li te fè sa nan yon dife ki te gen fòm yon poto pou l te ka ba yo limyè yon fason pou yo te kapab vwayaje lajounen kou lannuit+. 22 Lajounen, nyaj la te toujou rete devan pèp la, e lannuit, dife a te toujou rete devan yo+.
14 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Di Izrayelit yo pou yo kase tèt tounen pou y al monte tant yo devan Piyayiwòt, ant Migdòl ak lanmè a, yon kote y ap kapab wè Baalsefon. Se pou nou monte tant nou anfas Baalsefon+, toupre lanmè a. 3 Lè Farawon wè sa, l ap di: ‘Yo pèdi nan dezè a, y ap vire anwon. Pa gen mwayen pou yo soti.’ 4 Konsa, m ap kite Farawon fè tèt di+ ankò, l ap pati dèyè yo, e m ap sèvi avè l ansanm ak tout lame l la pou m bay tèt mwen glwa+. Lè sa a, Ejipsyen yo ap konnen mwen se Jewova+.” Vrèmanvre, Izrayelit yo te fè sa Bondye te di yo fè a.
5 Annapre, yo te fè wa peyi Ejip la konnen Izrayelit yo ale. Menm kote a, Farawon ansanm ak sèvitè l yo chanje lide+ e yo di: “Ki sa nou fè konsa a? Poukisa nou kite Izrayelit yo sispann sèvi nou antanke esklav?” 6 Konsa, Farawon fè prepare charyo l yo e li pran sòlda l yo avè l+. 7 Li pati ak 600 charyo espesyal ak tout lòt charyo ki te gen ann Ejip yo ansanm ak sòlda sou yo chak. 8 Se konsa Jewova te kite Farawon, wa Ejip la, fè tèt di ankò, e Farawon te pati dèyè Izrayelit yo ki te soti kite peyi a san kè sote*+. 9 Ejipsyen yo te pati dèyè Izrayelit yo+, e tout charyo Farawon yo, sòlda l te gen sou cheval yo ak tout rès lame l la te vin ap pwoche pi pre yo pandan yo te toupre Piyayiwòt, bò lanmè a, anfas Baalsefon.
10 Pandan Farawon ansanm ak lòt Ejipsyen yo t ap pwoche pi pre Izrayelit yo, Izrayelit yo leve je yo epi yo wè yo k ap kouri dèyè yo. Lè sa a, yon sèl laperèz pran yo, epi yo pran rele Jewova+. 11 Yo te di Moyiz: “Èske se paske pa gen kote pou yo antere nou nan peyi Ejip ki fè ou mennen nou isit la pou n mouri nan dezè a+? Ki sa w fè n konsa? Poukisa w fè n kite peyi Ejip? 12 Èske lè n te nan peyi Ejip, nou pa t di w: ‘Kite nou an repo pou nou sèvi Ejipsyen yo’? Paske, nou pito sèvi Ejipsyen yo olye n mouri nan dezè a+.” 13 Lè sa a, Moyiz di pèp la: “Nou pa bezwen pè+. Kanpe la pou nou wè jan Jewova pral sove nou jodi a. Ejipsyen sa yo nou wè jodi a+, nou pa gendwa janm rewè yo ankò+. 14 Jewova pral goumen pou nou+, e nou menm n ap rete an silans.”
15 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Poukisa w kontinye ap rele m konsa a? Di Izrayelit yo ranmase afè yo pou y ale. 16 Ou menm, leve baton w lan epi lonje men w sou lanmè a pou w ka fann li e pou Izrayelit yo kapab pase nan mitan lanmè a sou tè sèk. 17 Mwen menm, m ap kite Ejipsyen yo fè tèt di pou yo ka antre dèyè yo nan mitan lanmè a. Konsa, m ap sèvi ak Farawon ansanm ak charyo l yo, sòlda li gen sou cheval yo ak tout rès lame l la pou m bay tèt mwen glwa+. 18 Lè m sèvi ak Farawon, ak charyo l yo ansanm ak sòlda li gen sou cheval yo pou m bay tèt mwen glwa, Ejipsyen yo ap konnen mwen se Jewova+.”
19 Apre sa, zanj vrè Dye a+ ki te devan Izrayelit yo te deplase al dèyè yo e nyaj ki te gen fòm poto ki te devan yo a te deplase al dèyè yo tou+. 20 Konsa, nyaj la te vin ant Ejipsyen yo ak Izrayelit yo+. Sou yon bò, li te fè gen fènwa e sou lòt bò a li t ap bay limyè pandan nuit lan+. Se sa k fè Ejipsyen yo pa t ka pwoche pre Izrayelit yo pandan tout nuit lan.
21 Apre sa, Moyiz lonje men l sou lanmè a+ e Jewova sèvi ak yon gwo van ki te soti nan direksyon lès e ki te soufle pandan tout nuit lan pou l fè lanmè a fè bak. Fon lanmè a te vin sèk+, lanmè a te fann de bò+. 22 Konsa, Izrayelit yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèk+ e dlo a te tankou de miray, youn sou bò dwat yo, youn sou bò goch yo+. 23 Ejipsyen yo te pousuiv Izrayelit yo e tout cheval Farawon yo, charyo l yo, ak tout sòlda l te gen sou cheval yo te antre dèyè yo nan mitan lanmè a+. 24 Nan granmmaten*, pandan Jewova te nan dife ak nyaj ki gen fòm poto a+, li voye je gade Ejipsyen yo e li lage yon sèl panik nan mitan yo. 25 Li te pran rache wou charyo Ejipsyen yo, e li te vin difisil pou yo kondui charyo yo. Ejipsyen yo t ap di: “Ann kouri lwen Izrayelit yo, paske Jewova avèk yo, l ap batay kont Ejipsyen yo+.”
26 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Lonje men w sou lanmè a pou dlo a ka tounen nan plas li pou l kouvri Ejipsyen yo, charyo yo ak sòlda ki sou cheval yo.” 27 Menm kote a, Moyiz lonje men l sou lanmè a e lanmè a te retounen nan plas li. Sa te fèt anvan solèy la leve. Pandan Ejipsyen yo t ap kouri pou dlo lanmè a, Jewova te lage yo nan mitan lanmè a+. 28 Dlo a te kouvri charyo yo, sòlda ki te sou cheval yo ansanm ak rès lame Farawon an ki te antre dèyè Izrayelit yo nan lanmè a+. Pa gen youn nan yo ki te chape+.
29 Men, Izrayelit yo te mache nan mitan lanmè a+ sou tè sèk e dlo a te tankou de miray, youn sou bò dwat yo, youn sou bò goch yo+. 30 Se konsa Jewova te delivre Izrayelit yo nan jou sa a anba men Ejipsyen yo+. Izrayelit yo te wè kadav Ejipsyen yo tout arebò lanmè a. 31 Izrayelit yo te wè tou jan Jewova te sèvi ak kokenn fòs li genyen an kont Ejipsyen yo. Sa te fè pèp la vin gen lakrentif pou Jewova, e yo te vin gen lafwa ni nan Jewova, ni nan Moyiz, sèvitè l la+.
15 Nan moman sa a, Moyiz ak Izrayelit yo te chante yon chante pou Jewova+. Yo te di:
“Kite m chante pou Jewova, paske li ranpòte yon kokennchenn viktwa+.
Li lage cheval la ak moun ki te sou li a nan lanmè+.
2 Se Ja* ki fòs mwen, se li ki pisans mwen paske se li menm ki sove m+.
Se li menm ki Bondye m e m ap fè louwanj pou li+. Se Bondye papa m+, m ap ba li glwa+.
3 Jewova se Sila a ki pisan ki konn fè lagè a+. Se Jewova ki non l+.
4 Li lage charyo Farawon yo ak tout lame l la nan lanmè+.
Pi bon sòlda Farawon yo te koule nan Lanmè Wouj+.
5 Lanmè a te fè yon gwo bri pandan l ap kouvri yo, e yo koule nan fon lanmè a tankou wòch+.
6 O Jewova, men dwat ou gen anpil fòs+,
O Jewova, ak men dwat ou, ou kapab kraze ènmi an.
7 Ou tèlman gran, ou kapab desann moun ki leve kont ou+.
Kòlè w tankou dife, li boule yo tankou pay.
8 Ou rasanble dlo a ak souf ki soti nan nen w.
Dlo a te kanpe anplas kòmsi te gen yon baraj ki kenbe l.
Dlo a, ki t ap monte desann, te kanpe anplas nan mitan lanmè a.
9 Ènmi an te di: ‘M ap kouri dèyè yo, m ap pran yo!
M ap separe bagay m ap jwenn yo jiskaske m* satisfè!
M ap rale epe m e m ap detwi yo ak men m+!’
10 Ou annik soufle, lanmè a kouvri yo+,
Yo koule nan gwo dlo a tankou plon.
11 O Jewova, kiyès ki tankou w pami dye yo+?
Kiyès ki tankou w? Ou menm ki montre jan w sen anpil+,
Ou menm ki merite pou moun gen lakrentif pou ou e pou moun chante pou yo fè louwanj pou ou, ou menm ki fè yon seri bagay estrawòdinè+.
12 Ou lonje men dwat ou, e tè a vale yo+.
13 Ou dirije pèp ou sove a+ akoz lanmou fidèl ou genyen an.
Avèk fòs ponyèt ou, w ap mennen yo kote ki sakre w ap abite a.
15 Lè sa a, chèf* peyi Edòm yo ap pè anpil.
Moun ki gen anpil pisans k ap dirije Mowab yo*+ ap pran tranble,
Tout moun ki abite nan peyi Kanaran yo ap dekouraje+.
16 Laperèz ap anvayi yo, kè yo ap kase+.
Y ap rete anplas tankou wòch akoz fòs ponyèt ou,
Jiskaske pèp ou a pase, o Jewova,
17 Ou pral avèk yo e w ap plante yo nan mòn ki pou ou a+,
Kote w prepare pou w rete a, o Jewova,
Yon kote ki sakre ou prepare ak men w, o Jewova.
18 Jewova ap dirije antanke wa pou tout tan gen tan+.
19 Lè cheval Farawon yo, charyo l yo ak sòlda li te gen sou cheval yo te antre nan lanmè a+,
Jewova te fè dlo a kouvri yo+,
Alòske pèp Izrayèl la te mache nan mitan lanmè a sou tè sèk+.”
20 Apre sa, Miryam, yon dam ki pwofèt, sè Arawon, pran yon tanbouren e tout lòt fi yo t ap suiv li ak tanbouren nan men yo toutpandan yo t ap danse. 21 Miryam te chante pou l reponn mesye yo, li te di:
“Chante pou Jewova, paske li ranpòte yon kokennchenn viktwa+.
Li lage cheval la ak moun ki te sou li a nan lanmè+.”
22 Annapre, Moyiz kite Lanmè Wouj ak Izrayelit yo, y al nan Dezè Chou. Yo te fè twa jou ap mache nan dezè a, men yo pa t jwenn dlo. 23 Yo te rive Mara*+, men, yo pa t kapab bwè dlo ki te gen Mara a paske li te anmè. Se sa k fè li te rele zòn nan Mara. 24 Pèp la te pran plenyen kont Moyiz+, yo t ap di: “Ki sa nou pral bwè?” 25 Lè sa a, Moyiz pran rele Jewova+, e Jewova montre l yon ti pyebwa. Lè l lage l nan dlo a, dlo a vin dous.
Se la Bondye te ba yo yon lwa pou yo suiv, li te teste yo+ 26 epi l te di yo: “Si nou toujou koute Jewova, Bondye nou an, nou fè sa ki dwat nan je l, e nou obeyi kòmandman l yo ak tout lwa l yo+, mwen pap lage okenn nan maladi mwen te lage sou Ejipsyen yo+ sou nou, paske se mwen menm, Jewova, k ap geri nou+.”
27 Apre sa, y al Elim, yon kote ki te gen 12 sous dlo ak 70 palmye. Yo te monte tant yo la, toupre dlo a.
16 Apre tout Izrayelit yo fin kite Elim, yo te vin rive nan Dezè Sin+, ki ant Elim ak Sinayi, nan 15yèm jou nan dezyèm mwa apre yo te fin kite peyi Ejip.
2 Apre sa, tout Izrayelit yo te kòmanse ap plenyen kont Moyiz ak Arawon nan dezè a+. 3 Izrayelit yo t ap plede di yo: “Pito Jewova te tou touye nou nan peyi Ejip lè n te chita bò kot gwo chodyè vyann nou+ e lè n t ap manje lòt manje jis vant nou plen. Kounye a, nou mennen nou nan dezè sa a pou nou fè grangou touye tout pèp la+.”
4 Apre sa, Jewova di Moyiz: “M ap fè manje desann sot nan syèl la pou nou tankou lapli+. E chak moun nan pèp la ap soti pou y al ranmase sa yo bezwen chak jou+, yon fason pou m teste yo pou m wè si y ap fè sa m di yo oswa si yo pap fè sa m di yo+. 5 Men, sizyèm jou a+, y ap pran de fwa kantite yo abitye pran nan lòt jou yo pou yo prepare+.”
6 Moyiz ak Arawon di tout Izrayelit yo: “Aswè a menm, n ap konnen se Jewova ki te fè nou soti nan peyi Ejip+. 7 Demen maten, n ap wè glwa Jewova, paske Jewova tande jan n ap plenyen kont li. Kiyès mwen menm ak Arawon ye pou n ap plenyen kont nou?” 8 Epi, Moyiz di: “Lè Jewova ban nou vyann pou nou manje aswè a e lè l ban nou lòt manje pou nou manje vant plen demen maten, n ap konnen Jewova te tande jan nou t ap plenyen kont li. Kiyès mwen menm ak Arawon ye? Se pa kont nou n ap plenyen, men se kont Jewova+.”
9 Apre sa, Moyiz di Arawon: “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Pwoche devan Jewova, paske li tande jan n ap plenyen+.’” 10 Kou Arawon fin pale ak Izrayelit yo, yo vire e yo bay dezè a fas. Lè yo gade, yo wè glwa Jewova ki parèt nan nyaj la+.
11 Annapre, Jewova di Moyiz: 12 “Mwen tande jan Izrayelit yo ap plenyen+. Men sa w ap di yo: ‘Nan aswè, anvan l fin fè nwa*, n ap manje vyann, e demen maten, n ap jwenn lòt bagay pou nou manje vant plen+. Lè sa a, n ap konnen se mwen menm, Jewova, ki Bondye nou+.’”
13 Nan nuit sa a, gen yon seri zwazo* ki te anvayi kote Izrayelit yo te ye a+. Nan demen maten, te gen lawouze toutotou kote Izrayelit yo te ye a. 14 Lè lawouze a te ale, te gen yon pakèt ti grenn atè nan dezè a+ ki te kouvri atè a tankou nèj. 15 Lè Izrayelit yo wè l, youn te kòmanse ap di lòt: “Ki sa sa a ye?” Paske, yo pa t konn sa l te ye. Lè sa a, Moyiz di yo: “Se manje Jewova ban nou pou n manje a+. 16 Men sa Jewova di: ‘Nou chak ap ranmase yon kantite ladan l selon kantite nou ka manje. N ap pran yon omè*+ pou chak moun, selon kantite moun* nou chak genyen nan tant nou.’” 17 Vrèmanvre, Izrayelit yo te kòmanse ranmase l. Genyen ki te ranmase anpil e genyen ki te ranmase yon ti kantite. 18 Lè yo te mezire l, moun ki te pran anpil yo pa t gen twòp e moun ki te pran yon ti kantite yo te gen ase pou yo manje+. Chak moun te ranmase yon kantite selon sa yo te kapab manje.
19 Apre sa, Moyiz di yo: “Pèsonn pa dwe kite rès pou demen maten+.” 20 Men, yo pa t koute Moyiz. Lè kèk moun te kite rès pou demen maten, vè te kale ladan l e li te vin santi. Sa yo te fè a te fè Moyiz fache. 21 Yo te konn ranmase l chak maten. Chak moun te konn pran yon kantite selon sa yo ka manje. Lè solèy la te vin cho, li te fonn.
22 Men, nan sizyèm jou a, yo te konn ranmase de fwa kantite sa yo te konn ranmase a+. Yo te ranmase de omè pou chak moun. Tout chèf fanmi pami Izrayelit yo te vin di Moyiz sa. 23 Lè sa a, Moyiz di yo: “Se sa Jewova te di. Demen, n ap repoze nou nèt*, se yon saba pou Jewova, se yon jou sakre+. Kuit sa nou bezwen kuit, bouyi sa nou bezwen bouyi+, epi kèlkeswa sa k rete a, sere l pou demen maten.” 24 Vrèmanvre, yo te sere l pou demen maten, jan Moyiz te di yo sa a, e li pa t santi, nitou vè pa t kale ladan l. 25 Lè sa a, Moyiz di yo: “Manje sa k rete a jodi a, paske jodi a se yon jou saba pou Jewova. Jodi a, nou pap jwenn li atè a. 26 N ap ranmase l pandan sis jou, men, nan setyèm jou a, jou saba a+, nou pap jwenn pou nou ranmase.” 27 Sepandan, nan setyèm jou a, gen kèk moun ki te soti pou y al ranmase l, men, yo pa t jwenn anyen.
28 Se sa k fè, Jewova di Moyiz: “Ki lè n ap sispann dezobeyi kòmandman m yo ak lwa m yo+? 29 Nou dwe sonje Jewova ban nou yon jou pou nou repoze, jou saba a+. Se rezon sa a ki fè, nan sizyèm jou a, li ban nou manje pou de jou. Nou chak dwe rete kote nou ye a, pèsonn pa dwe kite kote l ye a nan setyèm jou a.” 30 Vrèmanvre, pèp la te obeyi lwa konsènan saba a* nan setyèm jou a+.
31 Pèp Izrayèl la te rele manje a “lamàn*”. Li te blan tankou grenn pitimi e li te gen gou gato ki fèt ak siwo myèl+. 32 Apre sa, Moyiz di: “Men sa Jewova di: ‘Pran yon omè ladan l pou nou konsève l jenerasyon apre jenerasyon+ pou desandan n yo ka wè sa mwen te ban nou manje nan dezè a lè mwen te fin fè nou kite peyi Ejip.’” 33 Konsa, Moyiz di Arawon: “Pran yon ti krich, mete yon omè lamàn ladan l epi mete l devan Jewova. Se yon bagay n ap konsève jenerasyon apre jenerasyon+.” 34 Jan Jewova te di Moyiz sa, Arawon mete lamàn nan devan kòf espesyal la+ pou yo te kapab konsève l. 35 Izrayelit yo te manje lamàn nan pandan 40 an+ jiskaske yo te rive nan yon peyi ki te gen moun ki rete ladan l+. Yo te manje lamàn nan jiskaske yo rive nan fwontyè peyi Kanaran+. 36 Twouve, yon omè te dis fwa pi piti pase yon efa*.
17 Izrayelit yo te kite Dezè Sin+ e yo te fè wout la moso pa moso, selon lòd Jewova te bay+. Lè yo rive Refidim+, yo monte tant yo la. Men, pèp la pa t gen dlo pou l bwè.
2 Se sa k fè pèp la te kòmanse fè kont ak Moyiz+. Yo t ap di l: “Ban nou dlo pou n bwè.” Men, Moyiz te di yo: “Poukisa n ap fè kont avè m konsa? Poukisa nou kontinye ap teste Jewova+?” 3 Pèp la te swaf anpil e yo te kontinye ap plenyen kont Moyiz+. Yo t ap di l: “Poukisa w te fè nou kite peyi Ejip pou w fè swaf dlo touye nou isit la ansanm ak pitit nou yo ak bèt nou yo?” 4 Finalman, Moyiz pale ak Jewova, li di l: “Ki sa pou m fè ak pèp sa a? Yo sanlè touye m ak kout wòch!”
5 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Pase devan pèp la ansanm ak kèk nan ansyen ki nan pèp Izrayèl la e ak baton ou te frape Rivyè Nil la+. Pran baton an epi mache. 6 M ap kanpe devan w sou wòch la nan Orèb. W ap frape wòch la, e dlo ap soti ladan l pou pèp la ka jwenn dlo pou yo bwè+.” Vrèmanvre, Moyiz te fè sa devan je ansyen ki nan pèp Izrayèl la. 7 Moyiz te rele kote a Masa*+ ak Meriba*+ paske Izrayelit yo te fè kont avè l e yo te teste+ Jewova lè yo t ap di: “Jewova nan mitan nou oubyen l pa nan mitan nou?”
8 Apre sa, moun Amalèk yo+ te vin goumen ak pèp Izrayèl la pandan yo Refidim+. 9 Lè Moyiz wè sa, li di Jozye+: “Chwazi kèk gason pami pèp la epi al goumen ak moun Amalèk yo. Demen, m ap kanpe sou tèt ti mòn nan avèk baton vrè Dye a nan men m.” 10 Jozye te fè egzakteman sa Moyiz te di l fè a+. Li te goumen ak moun Amalèk yo. Moyiz, Arawon ak Ou+, bò kote pa yo, te monte sou tèt ti mòn nan.
11 Toutotan Moyiz te kenbe men l anlè, se Izrayelit yo ki te pi fò. Men, lè men l te desann, se moun Amalèk yo ki te pi fò. 12 Se sa k fè, lè men Moyiz te kòmanse fè l mal, yo te pran yon wòch pou l chita sou li epi Arawon ak Ou te soutni men l, youn sou bò dwat li, youn sou bò goch li, yon fason pou men l te rete anlè pou jis solèy la kouche. 13 Se konsa Jozye te bat moun Amalèk yo ak lòt moun ki te avèk yo. Li te touye yo anba kout epe+.
14 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Ekri sa k pase a nan liv la pou nou pa bliye sa. E men sa w ap di Jozye: ‘M ap efase moun Amalèk yo nèt anba syèl la+.’” 15 Epi, Moyiz bati yon lotèl, li rele l Jewova-nisi*. 16 Men sa l te di: “Piske moun Amalèk yo leve men yo kont twòn Ja a+, Jewova pral fè lagè ak yo jenerasyon apre jenerasyon+.”
18 Jetwo, prèt Madyan an, bòpè Moyiz+, te tande tout sa Bondye te fè pou Moyiz e pou Izrayèl, pèp li a. Li te tande jan Jewova te fè pèp Izrayèl kite peyi Ejip+. 2 Anvan sa, Moyiz te voye Sefora, madanm li, bay Jetwo, bòpè l, e Jetwo te pran Sefora 3 ansanm ak de pitit gason Sefora yo+ lakay li. Youn nan yo te rele Gèchòm*+, paske Moyiz te di: “Mwen vin yon etranje nan yon peyi ki pa peyi m.” 4 Lòt la te rele Elyezè*, paske Moyiz te di: “Bondye papa m nan se èd mwen paske li te delivre m anba men Farawon pou l pa touye m ak kout epe+.”
5 Se sa k fè Jetwo, bòpè Moyiz la, te al jwenn Moyiz kote l te ye nan dezè a, sou mòn vrè Dye a+, ansanm ak pitit gason Moyiz yo ak madanm li. 6 Li te voye di Moyiz: “Mwen menm, Jetwo, bòpè w+, m ap vin jwenn ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason w yo.” 7 Lamenm, Moyiz al rankontre bòpè l la, li bese byen ba devan l, apre sa, li bo l. Youn mande lòt kòman yo ye, epi yo antre nan tant Moyiz la.
8 Moyiz te rakonte bòpè l tout sa Jewova te fè Farawon ak peyi Ejip poutèt pèp Izrayèl la+. Li te rakonte l tout difikilte yo te jwenn pandan yo te sou wout la+ e jan Jewova te delivre yo. 9 Jetwo te kontan tande tout bon bagay Jewova te fè pou pèp Izrayèl la lè l te delivre yo nan peyi Ejip*. 10 Apre sa, Jetwo di: “Louwanj pou Jewova, ki te fè nou soti nan peyi Ejip, anba men Farawon, e ki te fè pèp li a soti anba kontwòl peyi Ejip. 11 Kounye a, mwen konnen Jewova pi gran pase tout lòt dye yo+ poutèt sa l fè Ejipsyen yo ki t ap aji avèk awogans ak pèp li a.” 12 Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, vin ak yon bèt pou boule nèt pou Bondye ak plizyè lòt sakrifis. Arawon ak tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te vin manje devan vrè Dye a avèk bòpè Moyiz la.
13 Nan demen, Moyiz chita, jan l konn abitye fè sa, pou l sèvi kòm jij pou pèp la, e moun yo nan pèp la t ap vin kote l soti nan maten rive nan aswè. 14 Lè bòpè Moyiz la wè tout sa Moyiz t ap fè pou pèp la, li di l: “Ki sa w ap fè pou pèp la konsa a? Poukisa w chita poukont ou epi tout moun nan pèp la ap vin kote w soti nan maten rive nan aswè?” 15 Moyiz di bòpè l: “Moun yo vin kote m pou yo ka chèche direksyon nan men Bondye. 16 Lè de moun gen pwoblèm, se devan m yo vini. Se mwen ki pou jije ka a. Epi, mwen fè yo konnen desizyon vrè Dye a pran ansanm ak lwa l yo+.”
17 Bòpè Moyiz la di l: “Jan w fè a pa bon. 18 W ap fatige, e pèp la ap fatige tou. Chay sa a twò lou pou ou e w pa ka pote l poukont ou. 19 Koute sa m ap di w. M ap ba w yon konsèy e Bondye ap avè w+. W ap reprezante pèp la devan vrè Dye a+, e se ou k ap prezante ka yo devan l+. 20 W ap fè pèp la konnen kòmandman Bondye yo ak lwa l yo+, e w ap fè yo konnen ki jan pou yo aji ak ki sa pou yo fè. 21 Men, ou dwe chwazi kèk gason nan mitan pèp la ki kapab+, ki gen krentif pou Bondye, moun ou ka fè konfyans e ki pap chèche avantaj nan move kondisyon+. W ap mete yo chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo, e w ap mete yo chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo+. 22 Y ap jije pèp la lè gen pwoblèm e y ap pote ka ki difisil yo devan w+. Men, ka ki pa difisil yo, y ap pran desizyon sou yo. Kite yo ede w pote chay la, konsa, travay la ap pi fasil pou ou+. 23 Si w fè sa, epi Bondye dakò, w ap kapab sipòte chay la. E tout moun ap tounen lakay yo ak kè kontan.”
24 Moyiz koute bòpè l e li pa pran tan pou l fè tout sa l te di l fè yo. 25 Li chwazi yon seri gason ki kapab pami Izrayelit yo e li mete yo chèf sou pèp la. Genyen ki te chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, genyen ki te chèf gwoup ki gen 50 moun ladan yo e genyen ki te chèf gwoup ki gen 10 moun ladan yo. 26 Yo te jije pèp la lè te gen pwoblèm. Lè te gen yon ka ki difisil, yo te mennen l devan Moyiz+, men, lè ka a pa t difisil, yo te fè jijman an. 27 Annapre, Moyiz separe ak bòpè l+, e bòpè l la te retounen nan peyi l.
19 Nan twazyèm mwa apre Izrayelit yo te soti nan peyi Ejip la, yo te antre nan Dezè Sinayi nan menm jou a*. 2 Yo te kite Refidim+ e yo te antre nan Dezè Sinayi. Yo te monte tant yo la anfas mòn nan+.
3 Apre sa, Moyiz monte nan mòn nan pou l ka parèt devan vrè Dye a, e detan Jewova nan mòn+ nan, li rele l, li di l: “Men sa pou w di Izrayelit yo, desandan Jakòb yo: 4 ‘Nou te wè sa m te fè Ejipsyen yo+ yon fason pou m te ka pote nou sou zèl mwen tankou èg e pou m mennen nou vin jwenn mwen+. 5 Si nou obeyi tout sa m di nou e si nou kenbe alyans mwen an, n ap vin byen espesyal pa m* nan mitan tout pèp yo+, paske tout tè a se pou mwen+. 6 N ap tounen yon wayòm prèt pou mwen e n ap tounen yon nasyon ki sen pou mwen+.’ Se sa pou w di Izrayelit yo.”
7 Se sa k fè, Moyiz ale, li fè rele ansyen yo pami pèp la e li fè yo konnen tout sa Jewova te ba l lòd di yo+. 8 Apre sa, tout pèp la reponn ansanm: “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè+.” Menm moman an, Moyiz tounen kot Jewova pou l fè l konnen sa pèp la di. 9 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “M ap vin kote w nan yon nyaj tou nwa, yon fason pou pèp la tande lè m ap pale avèk ou, konsa y ap toujou gen konfyans nan ou tou.” Apre sa, Moyiz fè Jewova konnen sa pèp la te di.
10 Epi, Jewova di Moyiz: “Al kot pèp la e se pou w fè yo pirifye tèt yo jodi a ak demen. Se pou yo lave rad yo. 11 Se pou yo pare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a Jewova ap desann sou Mòn Sinayi devan je tout pèp la. 12 W ap mete yon limit toutotou mòn nan, e men sa w ap di pèp la: ‘Fè atansyon pou n pa monte nan mòn nan e pou pye n pa depase limit la. Kèlkeswa moun nan, depi l met pye l sou mòn nan, y ap touye l san mank. 13 Pèsonn pap manyen moun sa a, men y ap kalonnen l ak kout wòch oswa y ap pèse l*. Kit se yon bèt, kit se yon moun, se pou yo touye l+.’ Se sèlman lè yo tande son kòn mouton an+, y ap kapab pwoche pre mòn nan.”
14 Apre sa, Moyiz desann mòn nan e l al kot pèp la. Li te kòmanse fè moun yo pirifye tèt yo. Yo te lave rad yo+. 15 Epi, li di pèp la: “Se pou nou pare nou pou twazyèm jou a. Pinga n al nan relasyon seksyèl*.”
16 Nan twazyèm jou a, nan maten, te gen loray, zèklè ak yon nyaj tou nwa+ sou mòn nan, te gen yon kòn ki t ap sonnen byen fò, e pèp la te kòmanse tranble+. 17 Epi, Moyiz fè pèp la kite kote yo te ye a, li mennen yo al rankontre vrè Dye a. Yo te rete nan pye mòn nan. 18 Te gen lafimen toupatou sou Mòn Sinayi, paske Jewova te desann sou li nan mitan yon dife+. Tout mòn nan t ap bay lafimen tankou lè lafimen ap soti nan yon fou yo fè brik. E tout mòn nan t ap souke anpil+. 19 Pandan son kòn nan t ap vin pi fò, Moyiz t ap pale, e moun yo te tande vwa vrè Dye a ki t ap reponn li.
20 Se konsa Jewova te desann sou tèt Mòn Sinayi. Apre sa, Jewova rele Moyiz sou tèt mòn nan, e Moyiz monte al kote l+. 21 Epi, Jewova di Moyiz: “Desann kot pèp la, di yo pa chèche pwoche pou yo wè Jewova, paske si yo fè sa, anpil nan yo ap mouri. 22 Mete sou sa, fè prèt yo, ki abitye pwoche devan Jewova, pirifye tèt yo pou Jewova pa touye yo+.” 23 Lè sa a, Moyiz di Jewova: “Pèp la pap monte sou Mòn Sinayi a, paske w te deja di nou: ‘Mete limit toutotou mòn nan e mete l apa pou ou+.’” 24 Men, Jewova di l: “Ale, desann kot pèp la, e ou dwe tounen kote m, ni ou menm ni Arawon. Men, pa kite prèt yo ak moun ki nan pèp la chèche pwoche pou yo wè Jewova, paske si yo fè sa, m ap touye yo+.” 25 Vrèmanvre, Moyiz desann kot pèp la e li di yo sa Bondye te di l yo.
20 Apre sa, men sa Bondye di+:
2 “Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip+. 3 Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm*+.
4 “Nou pa dwe fè zidòl oubyen yon bagay ki sanble ak kèlkeswa bagay ki anwo nan syèl la oubyen ki sou tè a oubyen ki nan dlo ki sou tè a*+. 5 Nou pa dwe pwostène devan yo ni nou pa dwe kite moun fè nou sèvi yo+, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki mande pou moun atache avè m sèlman+, ki pini pitit ak pitit pitit moun ki rayi m yo pou bagay mal papa yo fè, rive nan twazyèm ak nan katriyèm jenerasyon, 6 men, ki montre yon lanmou ki fidèl pou moun ki renmen m e ki obeyi kòmandman m yo rive jis nan mil jenerasyon+.
7 “Nou pa dwe mal sèvi ak non Jewova+, Bondye nou an, paske Jewova pap manke pa pini yon moun ki mal sèvi ak non l+.
8 “Se pou nou sonje jou saba a, se pou nou konsidere l kòm yon jou ki sakre+. 9 Nou dwe fè tout travay nou gen pou n fè nan sis jou+. 10 Men, setyèm jou a, se yon jou saba pou Jewova, Bondye nou an. Nou pa dwe fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni gason ki esklav nou, ni fi ki esklav nou, ni bèt nou, ni etranje ki ret nan zòn ki toupre nou yo*+. 11 Paske, Jewova te fè syèl la ak tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo nan sis jou, e li te kòmanse repoze nan setyèm jou a+. Se poutèt sa, Jewova beni jou saba a e li mete l apa pou li.
12 “Onore papa nou ak manman nou+ pou n ka viv lontan nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an+.
13 “Nou pa dwe asasinen moun+.
15 “Nou pa dwe vòlè+.
16 “Nou pa dwe bay manti lè n ap sèvi kòm temwen kont pwochen nou+.
17 “Nou pa dwe gen tanta sou kay pwochen nou. Nou pa dwe gen tanta sou madanm pwochen nou+, ni sou gason ki esklav li oswa sou fi ki esklav li, ni sou towo bèf li, ni sou bourik li, ni sou kèlkeswa bagay ki pou pwochen nou+.”
18 Pèp la te tande kout loray yo ak son kòn yo, yo te wè kout zèklè yo ak lafimen ki t ap sot nan mòn nan. Lè yo te tande e lè yo te wè tout bagay sa yo, yo te pran tranble e yo te ret kanpe lwen mòn nan+. 19 Lè sa a, yo di Moyiz: “Pito se ou menm ki pale avèk nou. N ap koute w. Men, nou pa vle Bondye pale avèk nou paske nou pè pou nou pa mouri+.” 20 Moyiz di pèp la: “Nou pa bezwen pè, paske vrè Dye a vini pou l teste+ nou yon fason pou nou ka kontinye gen lakrentif pou li e pou nou pa peche+.” 21 Pèp la te kontinye kanpe lwen mòn nan, men Moyiz t al toupre nyaj tou nwa kote vrè Dye a te ye a+.
22 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Men sa pou w di Izrayelit yo: ‘Nou wè ki jan m te pale avèk nou detan m nan syèl la+. 23 Nou pa dwe fè dye ann ajan pou nou adore toutpandan n ap adore m, e nou pa dwe fè dye annò+. 24 Se pou nou fè yon lotèl an tè pou mwen, e se sou li pou nou ofri m sakrifis n ap boule nèt, sakrifis kominyon* nou yo ansanm ak sakrifis mouton oswa bèf. Kèlkeswa kote m chwazi pou m fè sonje non m+, m ap vin jwenn nou e m ap beni nou. 25 Si n ap fè yon lotèl ak wòch pou mwen, nou pa dwe fè l ak wòch nou taye ak zouti*+. Paske, si nou sèvi ak sizo pou n taye wòch yo, nou pap ka sèvi ak lotèl sa a pou mwen. 26 Nou pa dwe fè mach pou nou monte sou lotèl mwen an, yon fason pou pati entim nou pa parèt sou li.’
21 “Men lwa pou w bay Izrayelit yo+:
2 “Si w achte yon Ebre kòm esklav+, l ap sèvi w kòm esklav pandan sizan, men nan setyèm ane a, w ap libere l san l pa peye anyen+. 3 Si l te vini poukont li, li prale poukont li. Men, si l te vin ak yon madanm, madanm nan pral avè l. 4 Si se mèt li ki te ba l yon madanm, e madanm nan te fè pitit gason ak pitit fi pou li, madanm nan ak pitit yo ap rete pou mèt li e li prale poukont li+. 5 Men, si esklav la ta ensiste epi l ta di: ‘Mwen renmen mèt mwen e mwen renmen madanm mwen ak pitit mwen, mwen pa vle vin lib+’, 6 mèt la dwe mennen l devan vrè Dye a. Apre sa, l apral avè l devan pòt la oswa chanbrann pòt la, l ap pèse zòrèy li ak yon pik. Konsa, l ap vin esklav li pou lavi.
7 “Si yon gason vann pitit fi l kòm esklav, pitit fi a pap vin lib menm jan sa fèt pou yon gason ki esklav. 8 Si mèt li pa pran plezi nan li e li pa pran l kòm madanm sou kote, men li deside fè yon lòt moun achte* l, li pa gen dwa vann li bay yon etranje, paske li trayi l. 9 Si li chwazi bay yon pitit gason l li, l ap gen menm dwa ak yon pitit fi. 10 Si pitit la pran yon lòt fi kòm madanm, li pa dwe diminye nan sa l te konn ba l pou l manje, nan rad li te konn ba li e li dwe kontinye gen relasyon+ mari ak madanm avè l*. 11 Si li pa fè twa bagay sa yo pou li, fi a dwe vin lib san l pa peye anyen.
12 “Si yon moun frape yon moun e moun sa a mouri, yo dwe touye l tou+. 13 Men, si l pa t fè espre, e vrè Dye a kite sa rive, m ap ban nou yon kote l ap ka ale pou l chape poul li+. 14 Si yon moun vin an kòlè anpil kont pwochen l e li touye l+, moun sa a dwe mouri tou, menmsi se devan lotèl mwen an nou oblije al pran l+. 15 Si yon moun leve men l sou papa l oswa sou manman l, yo dwe touye moun sa a+.
16 “Si yon moun kidnape yon moun+, epi li vann li, oubyen si yo jwenn moun li kidnape a nan men l+, se pou yo touye moun ki te kidnape lòt la+.
17 “Nenpòt moun ki bay papa l oswa manman l madichon, yo dwe touye l+.
18 “Si de gason nan kont epi youn nan yo bay lòt la yon kout wòch oswa yon kout pwen*, si sa k pran kou a pa mouri, men li oblije pran kabann, men sa ki dwe fèt: 19 Si moun nan kapab leve, si l ka sèvi ak yon baton pou l al mache deyò, yo pap pini moun ki te frape l la. L ap annik peye moun nan pou tout tan l fè li pa ka travay depi lè l pran kabann nan pou jis lè li geri nèt.
20 “Si yon moun frape yon gason ki esklav li oswa yon fi ki esklav li avèk yon baton, epi esklav la mouri frèt, se pou yo vanje esklav sa a+. 21 Sepandan, si esklav la kontinye viv pandan youn oubyen de jou, yo pa dwe vanje l paske mèt li te achte l ak lajan l.
22 “Si de gason ap goumen epi youn ladan yo frape yon fi ki ansent, e fi a akouche anvan lè*+, men ni li menm ni pitit li pa mouri*, se pou moun ki frape l la peye amann mari fi a mande a. L ap peye sa jij yo deside a+. 23 Men, si youn nan yo mouri*, se pou w bay vi pou vi*+, 24 je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye+, 25 boule pou boule, blese pou blese, kou pou kou.
26 “Si yon moun frape yon esklav li nan je e je a pete, kit esklav la se yon gason kit li se yon fi, se pou l libere esklav la poutèt je l li pete a+. 27 Si l frape yon esklav li e dan esklav la rache, kit esklav la se yon gason kit li se yon fi, se pou l libere esklav la poutèt dan l li rache a.
28 “Si yon towo bèf bay yon gason oswa yon fi yon kout kòn epi moun nan mouri, se pou yo kalonnen bèf la ak kout wòch jiskaske l mouri+, mete sou sa, yo pa dwe manje vyann nan. Yo pa dwe pini mèt bèf la. 29 Men, si towo bèf la te gen abitid bay moun kout kòn e yo te avèti mèt li, men l pa t fè anyen pou sa, e bèf la touye yon gason oswa yon fi, y ap kalonnen bèf la ak kout wòch jiskaske l mouri e y ap touye mèt li tou. 30 Si yo mande l pou l bay yon ranson*, li dwe bay tout sa yo mande l la pou l sove lavi l*. 31 Menmsi se yon tigason oswa yon tifi bèf la bay kout kòn nan, se lwa sa a y ap aplike pou mèt bèf la. 32 Si towo bèf la bay yon esklav yon kout kòn, kit se yon gason kit se yon fi, mèt bèf la ap bay mèt esklav la 30 chekèl*, e y ap kalonnen bèf la ak kout wòch jiskaske l mouri.
33 “Si yon moun dekouvri yon twou, oswa li fouye yon twou e l pa kouvri l, epi yon bèf oswa yon bourik tonbe ladan l, 34 mèt twou a ap dedomaje mèt bèt la+. L ap bay mèt bèt la kantite kòb bèt la vo, e bèt ki mouri a ap vin pou li. 35 Si towo bèf yon moun atake towo bèf yon lòt moun e li touye l, y ap vann bèf ki vivan an e y ap separe lajan an. Y ap separe bèt ki mouri a tou. 36 Men, si yon towo bèf te gen abitid bay bèt kout kòn e mèt li pa t fè anyen pou sa, li dwe bay bèf pa l la pou towo bèf ki mouri a, e towo bèf ki mouri a ap vin pou li.
22 “Si yon moun vòlè yon bèf oswa yon mouton, si l touye l oswa li vann li, se pou l bay senk bèf pou bèf li vòlè a oswa kat mouton pou mouton li vòlè a+.
2 (“Si yo bare yon vòlè+ k ap kase yon kay, si yon moun ba l yon kou e li mouri, moun ki ba l kou a pa koupab. 3 Men, si sa rive apre solèy fin leve, moun ki ba l kou a ap koupab.)
“Yon vòlè dwe dedomaje moun li vòlè afè l la. Si l pa posede anyen, se pou yo vann li kòm esklav pou l peye pou sa l vòlè yo. 4 Si yo jwenn bèt li te vòlè a vivan nan men l, kit se yon bèf, kit se yon bourik oswa yon mouton, se pou l bay de bèt pou l dedomaje mèt bèt la.
5 “Si yon moun met bèt li manje nan yon jaden oswa nan yon plantasyon rezen, si li kite bèt yo manje nan jaden yon lòt moun, se pou l bay sa k pi bon nan jaden l oswa sa k pi bon nan plantasyon rezen l pou l dedomaje mèt jaden an oswa mèt plantasyon rezen an.
6 “Si yon dife ta pran, si l gaye nan kèk pye pikan e li boule pake danre yo fin rekòlte oswa li boule plant ki poko rekòlte oubyen li boule tout yon jaden, moun ki te met dife a dwe remèt sa k boule yo.
7 “Si yon moun bay yon lòt moun kenbe kòb oswa lòt bagay pou li e yo vòlè bagay sa yo lakay moun nan, si yo jwenn vòlè a, se pou l bay mèt bagay la de fwa sa l te pran an+. 8 Si yo pa jwenn vòlè a, se pou yo mennen mèt kay la devan vrè Dye a*+ pou yo ka konnen si se pa li menm ki pran afè moun nan. 9 Si de moun nan kont akoz yon bèf, yon bourik, yon mouton, yon rad oswa akoz kèlkeswa bagay ki ta pèdi a paske gen youn nan yo ki di: ‘Sa a se pou mwen’, se pou yo mennen ka a devan Bondye+. Moun Bondye deklare ki koupab la dwe bay lòt la de fwa sa bagay la vo+.
10 “Si yon moun bay yon lòt moun gade yon bourik, oswa yon bèf, yon mouton oubyen nenpòt lòt bèt e bèt la mouri nan men moun k ap gade bèt la oswa li estwopye oubyen yo pran l san pèsonn pa wè sa, 11 moun yo te bay gade bèt la dwe fè sèman devan Jewova pou l fè konnen se pa li ki te pran bèt moun nan, e mèt bèt la ap aksepte sa. Moun nan pa bezwen dedomaje mèt bèt la+. 12 Men, si yo vòlè bèt la nan men l*, li dwe dedomaje mèt bèt la. 13 Si se yon bèt sovaj ki devore l, li dwe vin ak rès bèt la kòm prèv. Li pa bezwen dedomaje mèt bèt la si se yon bèt sovaj ki devore l.
14 “Si yon moun mande yon lòt moun prete yon bèt e bèt la vin estwopye oswa li mouri pandan mèt bèt la pa la, moun ki te prete bèt la dwe dedomaje mèt bèt la. 15 Si mèt bèt la te la lè sa rive, moun nan pap bezwen dedomaje l. Si se lwe l te lwe bèt la, kòb li te lwe l la se dedomajman an.
16 “Si yon gason pran tèt yon fi vyèj ki pa fiyanse e li kouche avè l, se pou l peye lajan yo konn bay pou maryaj la e se pou fi a vin madanm li+. 17 Si papa fi a refize ba l fi a, l ap peye lajan an kanmenm.
18 “Nou pa dwe kite okenn fi k ap fè maji rete vivan+.
19 “Si yon moun kouche ak yon bèt, se pou yo touye moun sa a san mank+.
20 “Kèlkeswa moun ki fè sakrifis pou yon lòt dye apa Jewova, se pou yo touye moun sa a+.
21 “Nou pa dwe maltrete yon etranje k ap viv nan mitan nou ni nou pa dwe toupizi l+, paske nou menm tou nou t ap viv kòm etranje nan peyi Ejip+.
22 “Nou pa dwe maltrete yon vèv oswa yon timoun ki pa gen papa*+. 23 Si nou maltrete l epi li ta mande m sekou, mwen pap pa koute l+. 24 M ap vin an kòlè anpil e m ap touye nou ak kout epe, madanm nou ap vin vèv e pitit nou ap vin san papa.
25 “Si nou prete yon moun ki pòv* k ap viv nan mitan nou lajan, nou pa dwe aji avè l tankou moun k ap eskonte moun lajan*. Nou pa dwe mande l ban nou enterè sou lajan an+.
26 “Si nou kenbe rad yon moun kòm garanti pou yon kòb nou prete l+, nou dwe remèt li rad la anvan solèy kouche, 27 paske se sèl li l genyen pou l kouvri kò* l lè l al kouche. Ki sa l ap met sou li lè l pral dòmi+? Lè li mande m sekou, mwen pap pa koute l, paske m se yon Bondye ki gen kè sansib*+.
28 “Nou pa dwe modi* Bondye+ ni nou pa dwe bay yon chèf ki nan pèp nou an madichon+.
29 “Nou pa dwe renka pou n pran nan pakèt pwodui nou genyen yo ak nan tout sa k soti nan près*+ nou yo pou n fè ofrann. Nou dwe ban mwen premye pitit gason nou yo+. 30 Kanta pou premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton n yo+, men sa ki dwe fèt: L ap pase sèt jou bò kot manman l, men sou uityèm jou a, n ap ofri m li+.
31 “Nou dwe montre nou se yon pèp ki apa pou mwen+. Si yon bèt sovaj devore yon bèt, nou pa dwe manje vyann nan+. Se pou nou voye l bay chen.
23 “Nou pa dwe gaye yon enfòmasyon ki pa verite+. Pinga nou met ansanm ak yon moun ki mechan pou n vin yon temwen k ap di move bagay sou moun+. 2 Nou pa dwe fè sa ki mal akoz n ap suiv pifò moun. Nou pa dwe fè yon moun pa jwenn jistis akoz nou bay fo temwayaj poutèt nou vle fè pifò moun plezi*. 3 Nou pa dwe gen patipri lè yon moun pòv nan diskisyon ak yon lòt moun+.
4 “Si nou rankontre towo bèf yon ènmi nou oswa nou rankontre yon bourik li ki pèdi, se pou nou mennen l tounen bay moun nan+. 5 Si nou wè bourik yon moun ki rayi nou kouche anba yon chay, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè l epi n kite l kote l ye a. Se pou n ede moun nan retire chay la sou bèt la+.
6 “Lè n ap jije ka yon pòv ki nan mitan nou, nou pa dwe mal jije ka a+.
7 “Pinga n patisipe nan yon fo akizasyon* e pinga n touye yon inosan oswa yon moun ki dwat, paske mwen pap konsidere mechan an kòm yon moun ki dwat*+.
8 “Nou pa dwe aksepte moun ban nou anyen anba anba, paske sa ka anpeche nou fè sa ki dwat e sa ka fè moun ki dwat di sa k pa sa+.
9 “Nou pa dwe toupizi yon etranje k ap viv nan mitan nou. Nou konnen byen jan sa ye lè yon moun se yon etranje* k ap viv nan yon lòt peyi paske nou menm tou nou te etranje ki t ap viv nan peyi Ejip+.
10 “Nou dwe plante jaden nou e nou dwe rekòlte sa li bay pandan sizan+. 11 Men, nan setyèm ane a, nou pa dwe travay tè a. Se pou n kite l rete konsa pou pòv yo ka jwenn sa yo bezwen pou yo manje. Sa pòv yo kite yo, bèt nan bwa yo a manje yo. Se sa pou n fè ak jaden rezen nou yo e ak jaden oliv nou yo.
12 “Nou dwe travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a, nou dwe sispann travay, yon fason pou towo bèf nou ak bourik nou ka repoze e pou pitit esklav nou yo ak etranje k ap viv nan mitan nou yo ka pran yon ti souf+.
13 “Nou dwe fè tout sa m di nou+, e nou pa dwe site non okenn lòt dye. Moun pa dwe tande non yo nan bouch nou+.
14 “Pandan twa fwa nan ane a, nou dwe selebre yon fèt pou mwen+. 15 N ap selebre fèt Pen san ledven an+. N ap manje pen san ledven pandan sèt jou, jan m te ban nou lòd fè sa, nan tan ki fikse pou sa a nan mwa Abib*+, paske se lè sa a nou te kite peyi Ejip. Pèsonn pa dwe parèt devan m de men vid+. 16 Epitou, n ap selebre fèt Rekòt* pou premye danre ki soti nan jaden nou te travay di ladan yo+, e n ap selebre fèt Rekòt* nan fen ane a, lè n ap fin rekòlte jaden nou te travay di ladan yo+. 17 Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la, dwe parèt devan Jewova, vrè Seyè a+.
18 “Nou pa dwe ofri san yon bèt nou bay kòm sakrifis pou mwen ak yon bagay ki gen ledven ladan l. Lè nou ofri grès bèt nan fèt mwen yo kòm sakrifis, yo pa dwe rete pandan tout nuit lan rive jis demen maten.
19 “Nou dwe pote sa k pi bon nan premye danre nou rekòlte nan jaden n yo lakay Jewova, Bondye nou an+.
“Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.
20 “M ap voye yon zanj devan nou+ pou l pwoteje nou sou wout nou e pou l mennen nou kote mwen prepare pou nou an+. 21 Nou dwe fè sa l di n fè. Pinga n fè rebèl ak li paske li pap padone fot nou+. L ap aji nan non m. 22 Men, si nou byen koute tout sa l di nou, si nou fè tout sa m di nou, m ap koresponn ak ènmi nou yo pou nou e m ap konbat moun ki kont nou yo. 23 Paske zanj mwen an ap mache devan nou, l ap mennen nou nan tèritwa Amorit yo, desandan Èt yo, Perizit yo, moun Kanaran yo, Ivit yo ak moun Jebis yo, e san mank m ap detwi yo+. 24 Nou pa dwe pwostène devan dye moun sa yo ni nou pa dwe kite yo fè n sèvi dye sa yo. Epitou, nou pa dwe fè sa y ap fè+. Se pou n detwi dye sa yo e se pou n kraze poto sakre yo genyen ki fèt an wòch yo+. 25 Se pou nou sèvi Jewova, Bondye nou an+, e l ap beni nou lè l ban nou manje ak dlo+. Mwen pap kite maladi tonbe sou nou+. 26 Fi ki nan peyi nou an pap fè foskouch, yo pap rete san yo pa ka fè pitit+. M ap fè nou viv lontan*.
27 “M ap fè moun ki abite nan peyi nou gen pou n ale yo pè m menm anvan yo wè nou+, m ap lage latwoublay nan mitan tout pèp nou rankontre yo, m ap fè nou bat tout ènmi n yo e y ap kouri pou nou*+. 28 M ap fè moun yo dekouraje* depi anvan nou vini+ e sa ap fè Ivit yo, moun peyi Kanaran yo ak desandan Èt yo kouri pou nou+. 29 Mwen pap chase yo nan yon sèl ane, yon fason pou peyi a pa rete san moun ladan l e pou bèt nan bwa pa anvayi nou+. 30 M ap chase yo tikras pa tikras jiskaske nou vin anpil e nou pran tout peyi a+.
31 “M ap fè fwontyè n yo soti depi Lanmè Wouj rive nan lanmè moun Filisti yo e depi nan dezè a rive nan Rivyè a*+, paske m ap lage moun ki abite nan peyi a nan men nou e n ap chase yo+. 32 Nou pa dwe fè alyans ansanm avèk yo ni avèk dye y ap sèvi yo+. 33 Yo pa dwe abite nan peyi nou an, yon fason pou yo pa fè n peche kont mwen. Si n sèvi dye y ap sèvi yo, se sèten sa ap tounen yon pyèj pou nou+.”
24 Apre sa, li di Moyiz: “Monte sou mòn nan pou w vin kot Jewova ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou+ ak 70 ansyen ki nan pèp Izrayèl la. N ap rete nan yon distans e n ap pwostène devan m. 2 Se Moyiz sèlman ki dwe pwoche bò kote Jewova, lòt yo pa dwe pwoche e pèp la pa dwe monte sou mòn nan avè l+.”
3 Apre sa, Moyiz al kot pèp la, li di yo tout sa Jewova te di e li fè yo konnen tout lwa l yo+. Tout pèp la te reponn ansanm: “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè+.” 4 Apre sa, Moyiz ekri tout sa Jewova te di yo+. Epi, li leve byen bonè nan maten, li bati yon lotèl nan pye mòn nan e li mete 12 gwo wòch kanpe ki te reprezante 12 tribi Izrayèl yo. 5 Apre sa, li chwazi kèk jèn gason pami Izrayelit yo pou yo ofri sakrifis yo boule nèt e pou yo ofri Jewova bèf kòm sakrifis kominyon*+. 6 Epi, Moyiz pran mwatye nan san an, li mete l nan bòl e li wouze lotèl la ak lòt mwatye a. 7 Lè l fini, li pran liv alyans lan* e li li l byen fò devan pèp la+. Apre sa, yo di: “Nou dakò fè tout sa Jewova di nou fè. N ap obeyi l+.” 8 Lè sa a, Moyiz pran san an, li wouze pèp la avè l+ epi li di: “Sa a se san alyans Jewova fè avèk nou an selon tout pawòl nou fèk tande yo+.”
9 Moyiz, Arawon, Nadab, Abiyou ak 70 ansyen ki nan pèp Izrayèl la te monte nan mòn nan 10 e yo te wè Bondye Izrayèl la+. Anba pye l, te gen yon bagay ki sanble ak yon platfòm ki fèt ak pyè yo rele safi a e ki te klè tankou lè syèl la klè+. 11 Bondye pa t fè mesye yo te respekte ann Izrayèl yo anyen+. Yo te wè vrè Dye a nan yon vizyon, e yo te manje, yo te bwè.
12 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Monte vin jwenn mwen nan mòn nan epi rete la. Mwen pral ekri lwa m yo ak kòmandman m yo sou wòch plat pou m anseye yo e m ap ba w wòch sa yo+.” 13 Lè sa a, Moyiz leve ansanm ak Jozye+, sèvitè l la, epi li monte nan mòn vrè Dye a+. 14 Men, anvan sa, li te di ansyen yo: “Ret tann nou la jiskaske nou retounen vin jwenn nou+. Nou gen Arawon ak Ou+ ansanm avèk nou. Si gen yon ka ki prezante, n a al jwenn yo+.” 15 Konsa, Moyiz te monte nan mòn nan pandan nyaj la te kouvri mòn nan+.
16 Glwa Jewova+ te rete la sou Mòn Sinayi+ e nyaj la te kouvri mòn nan pandan sis jou. Nan setyèm jou a, pandan Bondye nan mitan nyaj la, li rele Moyiz. 17 Pou Izrayelit yo ki t ap gade, glwa Jewova te tankou yon dife sou tèt mòn nan. 18 Lè sa a, Moyiz antre nan nyaj la e li monte nan mòn nan+. Moyiz te rete nan mòn nan pandan 40 jou, 40 nuit+.
25 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Di pèp Izrayèl la pou yo fè yon ofrann pou mwen. Se pou nou pran ofrann mwen an nan men tout moun kè yo pouse yo bay ofrann nan+. 3 Men ki sa pou nou pran nan men yo: lò+, ajan+, kuiv+, 4 fil ble, lenn vyolèt*, fil wouj vif, twal len bon kalite, plim kabrit, 5 po mouton ki tenn ak tenti wouj, po fòk*, bwa akasya+, 6 luil pou met nan lanp yo+, luil santi bon pou met nan luil onksyon*+ an e pou met nan lansan ki santi bon an+, 7 pyè oniks ak lòt pyè yo dwe met sou efòd*+ la ak sou pòch la*+. 8 N ap fè yon tabènak* pou mwen, e m ap rete nan mitan nou+. 9 Lè n ap fè tabènak la ak tout sa k pral ladan l yo, se pou n byen suiv modèl* mwen pral ba ou a+.
10 “N ap fè yon lach* ak bwa akasya, l ap mezire de koude* edmi longè, yon koude edmi lajè ak yon koude edmi wotè+. 11 Apre sa, w ap kouvri l ak bon lò+. W ap kouvri l anndan kou deyò e w ap fè yon bòdi annò toutotou l+. 12 W ap fè kat gwo bag annò pou Lach la e w ap mete youn pa anlè chak pye l yo, de bag sou yon bò, de bag sou lòt bò a. 13 Epi, w ap fè baton ak bwa akasya e w ap kouvri yo ak lò+. 14 W ap mete baton yo nan bag yo, sou kote Lach la, pou nou kapab pote l. 15 Baton yo ap rete nan bag yo, nou pa dwe retire yo ladan yo+. 16 W ap mete wòch plat mwen pral ba ou yo anndan Lach la+.
17 “W ap fè yon kouvèti ak bon lò, l ap mezire de koude edmi longè ak yon koude edmi lajè+. 18 W ap fè de cheriben annò nan de pwent kouvèti a, w ap ba yo fòm ak mato+. 19 Fè cheriben yo nan de pwent kouvèti a, yon cheriben nan chak pwent. 20 De zèl cheriben yo dwe ouvri pa anlè pou yo kouvri kouvèti a+. Cheriben yo ap youn anfas lòt. Figi cheriben yo ap bay sou kouvèti a. 21 W ap mete kouvèti a+ sou Lach la e w ap mete wòch plat mwen pral ba ou yo anndan Lach la. 22 Se sou tèt kouvèti a m ap vin pale avè w+. Se nan mitan de cheriben yo ki sou lach alyans lan* m ap fè w konnen tout kòmandman m ap ba ou pou Izrayelit yo.
23 “Mete sou sa, w ap fè yon tab+ ak bwa akasya. L ap mezire de koude longè, yon koude lajè ak yon koude edmi wotè+. 24 W ap kouvri l ak bon lò e w ap fè yon bòdi annò toutotou tèt tab la. 25 Ou dwe fè yon ankadreman ki mezire lajè kat dwèt* sou arebò tab la ak yon bòdi annò nan pwent anba ankadreman an. 26 W ap fè kat gwo bag annò pou tab la e w ap mete bag yo nan kat kwen tab la, kote kat pye yo kole ak tab la. 27 Bag yo dwe toupre ankadreman tab la e se ladan yo w ap pase baton k ap sèvi pou pote tab la. 28 W ap fè baton yo ak bwa akasya, w ap kouvri yo ak lò, e se avèk yo n ap pote tab la.
29 “Epitou, w ap fè asyèt, koup, krich ak bòl pou li. Se avèk yo n ap vide bwason n ap bay kòm ofrann yo. Ou dwe fè yo ak bon lò+. 30 Nou dwe toujou mete pen nou konn prezante devan m yo sou tab la+.
31 “W ap fè yon pòtlanp+ ak bon lò. Ou dwe ba l fòm ak mato. Pye pòtlanp lan, kò li, branch li yo, baz flè yo, boujon yo ak flè yo ap yon sèl pyès+. 32 Ap gen sis branch k ap soti sou kote pòtlanp lan, twa branch sou yon bò, twa branch sou lòt bò a. 33 Nan branch ki sou yon bò, w ap fè twa baz flè ki sanble ak flè pye zanmann, apre chak baz flè, w ap fè yon boujon, epi w ap fè yon flè. W ap fè menm bagay la pou twa branch ki sou lòt bò a. Se konsa sis branch yo dwe ye sou kò pòtlanp lan. 34 W ap fè kat baz flè ki sanble ak flè pye zanmann sou kò pòtlanp lan. Apre chak baz flè, w ap fè yon boujon, epi w ap fè yon flè. 35 Ap gen yon boujon anba de premye branch ki soti nan kò pòtlanp lan, ap gen yon boujon anba de lòt yo, epi ap gen yon boujon anba de dènye yo. Se konsa sa ap ye pou sis branch ki soti nan kò pòtlanp lan. 36 Tout pòtlanp lan nèt, boujon yo ak branch yo ap fè yon sèl pyès ki fèt ak bon lò yo travay ak mato+. 37 W ap fè sèt lanp pou pòtlanp lan, e lè lanp yo limen y ap klere espas ki devan pòtlanp lan+. 38 Se ak bon lò pou w fè pensèt pou kenbe mèch yo ansanm ak veso pou nou met mèch ki fin boule yo+. 39 Ou dwe itilize yon talan* bon lò pou w fè pòtlanp lan ansanm ak veso sa yo. 40 Veye pou w fè yo dapre modèl* yo te montre w sou mòn nan+.
26 “Nou dwe fè tabènak*+ la ak dis twal tant ki fèt ak bon fil len ki tòde, fil ble, lenn vyolèt ak twal wouj vif. N ap bwode desen+ cheriben+ sou yo. 2 Chak twal tant ap mezire 28 koude* longè ak 4 koude lajè. Tout twal tant yo dwe menm gwosè+. 3 N ap koud senk nan twal yo ansanm pou yo fè yon sèl e n ap koud senk lòt yo ansanm tou. 4 N ap fè pasan ak fil ble arebò youn nan twal ki nan pwent senk twal ki koud ansanm yo e n ap fè menm bagay la tou arebò youn nan twal ki nan pwent senk lòt twal ki koud ansanm yo pou n ka mete de twal sa yo ansanm. 5 N ap fè 50 pasan nan youn nan twal tant yo e n ap fè 50 pasan nan lòt twal tant lan. N ap fè yo yon fason pou yo tonbe youn anfas lòt, kote twal yo pral kole ansanm nan. 6 Nou dwe fè 50 agraf annò e n ap kole twal yo ak agraf yo e twal yo ap fè yon sèl twal tant pou tabènak la+.
7 “Epitou, n ap fè 11 twal tant ak plim kabrit+ tou pou n kouvri tabènak la+. 8 Chak twal tant ap mezire 30 koude longè ak 4 koude lajè. Toule 11 twal tant yo dwe menm gwosè. 9 Nou dwe koud senk nan twal tant sa yo ansanm e nou dwe koud sis lòt twal tant yo ansanm. N ap pliye sizyèm twal la sou devan tant lan. 10 Epi, nou dwe fè 50 pasan arebò youn nan twal ki nan pwent senk twal ki koud ansanm yo e n ap fè 50 pasan arebò sis lòt twal ki koud ansanm yo kote twal yo pral kole ansanm nan. 11 N ap fè 50 agraf an kuiv e n ap mete agraf yo nan pasan yo pou n kole twal yo ansanm, konsa, twal yo ap fè yon sèl. 12 Gen yon rès nan twal tant lan k ap ret pandye. Mwatye ladan l ap pandye pa dèyè tabènak la. 13 Ap gen yon koude nan rès twal tant lan k ap pandye sou chak bò pou kouvri tabènak la.
14 “Epitou, n ap fè yon kouvèti pou tant lan ak po mouton ki tenn ak tenti wouj, e n ap mete yon kouvèti ki fèt ak po fòk* anlè kouvèti sa a+.
15 “N ap fè ankadreman+ pou tabènak la ak bwa akasya e n ap mete ankadreman yo kanpe dwat+. 16 Chak ankadreman dwe mezire dis koude wotè ak yon koude edmi lajè. 17 Chak ankadreman ap gen de tenon*, youn sou kote lòt. Se konsa nou dwe fè tout ankadreman yo pou tabènak la. 18 Nou dwe fè 20 ankadreman pou fasad tabènak la k ap bay nan direksyon sid la.
19 “N ap fè 40 sipò ann ajan+ ki gen yon twou nan mitan yo pou mete anba 20 ankadreman yo, e n ap mete de sipò anba chak ankadreman pou resevwa de tenon ki nan ankadreman yo+. 20 N ap fè 20 ankadreman pou lòt bò tabènak la, sa vle di fasad k ap bay nan direksyon nò a. 21 N ap fè 40 sipò ann ajan pou ankadreman sa yo, de sipò pou chak ankadreman. 22 N ap fè sis ankadreman pa dèyè tabènak la k ap bay nan direksyon lwès+. 23 N ap fè de ankadreman k ap sèvi kòm de poto kwen pou dèyè tabènak la. 24 Nou dwe double ankadreman sa yo depi anba rive jis anwo. De ankadreman yo ap fè yon sèl lè yo rive nan premye gwo bag la. N ap fè sa pou toule de ankadreman yo e y ap sèvi kòm de poto kwen pou tabènak la. 25 Ap gen uit ankadreman ak 16 sipò ann ajan ki gen twou ladan yo, de sipò anba chak ankadreman.
26 “N ap fè baton ak bwa akasya pou ankadreman yo. N ap fè senk baton pou ankadreman ki nan yon bò tabènak la+, 27 senk baton pou ankadreman ki nan lòt bò a ak senk baton pou ankadreman ki pou dèyè tabènak la ki bay nan direksyon lwès. 28 Baton k ap nan mitan an, k ap pase nan ren ankadreman yo, dwe soti nan yon pwent tabènak la rive nan lòt pwent lan.
29 “N ap kouvri ankadreman yo ak lò+, n ap fè gwo bag annò pou met sou yo pou kenbe baton yo e n ap kouvri baton yo ak lò. 30 Nou dwe konstwi tabènak la selon plan mwen montre w nan mòn nan+.
31 “N ap fè yon rido+ ak fil ble, lenn vyolèt, ak fil wouj vif, ak bon fil len tòde. N ap bwode desen cheriben sou li. 32 N ap mete l sou kat poto akasya ki kouvri ak lò. Kwochèt yo ap annò. Poto yo ap chita sou kat sipò ann ajan ki gen yon twou ladan yo. 33 N ap mete rido a kote agraf yo ye a e n ap mete lach alyans lan*+ dèyè rido a. Rido a ap separe Kote ki sen an+ ak Kote ki pi sen an+. 34 Nou dwe mete kouvèti a sou lach alyans lan* e nou dwe mete Lach la anndan Kote ki pi sen an.
35 “N ap mete tab la devan rido a, n ap mete pòtlanp lan+ anfas tab la nan bò tabènak la k ap bay nan direksyon sid la e tab la ap nan bò k ap bay nan direksyon nò a. 36 N ap fè yon lòt rido pou antre tant lan. N ap tise fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde pou nou fè l+. 37 N ap fè senk poto ak bwa akasya pou rido sa a, e n ap kouvri yo ak lò. N ap fè kwochèt annò sou poto yo e n ap fè senk sipò an kuiv pou poto yo.
27 “N ap fè yon lotèl ak bwa akasya+. Lotèl la ap kare, l ap mezire senk koude* longè, senk koude lajè ak twa koude wotè+. 2 N ap fè yon kòn nan+ chak kwen lotèl la. N ap kouvri lotèl la ak kuiv+ e kat kòn yo ap fè yon sèl ak lotèl la. 3 N ap fè bokit pou mete sann yo*, n ap fè pèl, kivèt, fouch ak veso pou mete chabon dife yo. N ap fè tout bagay sa yo an kuiv+. 4 N ap fè yon gri an kuiv pou lotèl la, e n ap fè kat gwo bag an kuiv nan kat kwen gri a. 5 N ap mete l anndan lotèl la, pi ba ankadreman ki toutotou lotèl la, e l ap rive prèske nan mwatye wotè lotèl la. 6 N ap fè baton ak bwa akasya pou lotèl la e n ap kouvri yo ak kuiv. 7 N ap mete baton yo anndan bag yo, yon fason pou baton yo ka sou de bò lotèl la lè y ap pote l+. 8 N ap fè lotèl la ak planch, l ap tankou yon kòf ki san fon. N ap fè l egzakteman jan m montre w sa nan mòn nan+.
9 “Nou dwe fè yon lakou+ toutotou tabènak* la. Nan bò ki bay nan direksyon sid la, ap gen rido ki fèt ak bon fil len tòde e k ap mezire 100 koude longè lè n mete yo ansanm+. 10 L ap gen 20 poto sou bò sa a ansanm ak 20 sipò an kuiv ki gen twou ladan yo. Kwochèt ki pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo dwe fèt ann ajan. 11 Tout rido k ap nan direksyon nò yo ap mezire 100 koude longè tou lè n mete yo ansanm. Ap gen 20 poto sou bò sa a ak 20 sipò anba yo ki an kuiv, e kwochèt ak pyès pou fè koneksyon ki pou poto yo ap ann ajan. 12 Nan bò ki bay nan direksyon lwès la, sou tout lajè lakou a, ap gen rido k ap mezire 50 koude lè w mete yo ansanm, e ap gen dis poto ak dis sipò anba yo. 13 Nan fasad ki bay nan direksyon lès la, nan direksyon solèy leve a, lakou a ap mezire 50 koude lajè. 14 Sou yon bò, ap gen rido ki mezire 15 koude lè n mete yo ansanm, e ap gen twa poto ak twa sipò anba yo+. 15 Sou lòt bò a, ap gen rido ki mezire 15 koude lè n mete yo ansanm, e ap gen twa poto ak twa sipò anba poto yo.
16 “Kote pou yo antre nan lakou a ap gen yon rido k ap mezire 20 koude longè. L ap fèt ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde+, e ap gen kat poto ak kat sipò anba poto yo+. 17 Tout poto k ap antoure lakou a ap gen pyès ann ajan ladan yo pou fè koneksyon e y ap gen kwochèt ann ajan, men, sipò ki anba yo a ap an kuiv+. 18 Lakou a ap mezire 100 koude longè+ sou 50 koude lajè. Rido yo, ki fèt ak bon fil len tòde, ap mezire senk koude wotè, e poto yo ap gen sipò anba yo ki fèt an kuiv. 19 Tout veso ak lòt bagay y ap itilize nan sèvis tabènak la, tout pikèt pou tant lan ak tout pikèt pou lakou a dwe fèt an kuiv+.
20 “W ap bay Izrayelit yo lòd pou yo ba w bon luil pou pòtlanp lan, luil ki fèt ak oliv yo pile, yon fason pou lanp yo ka toujou rete limen+. 21 Arawon ak pitit li yo ap veye pou lanp ki nan tant reyinyon an+, devan rido ki toupre lach alyans lan, rete limen devan Jewova depi nan aswè rive jis nan maten+. Se yon kòmandman Izrayelit yo dwe obeyi pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon+.
28 “W ap chwazi Arawon+, frè w la, ansanm ak Nadab, Abiyou+, Eleyaza ak Itama+, pitit li yo+, nan mitan Izrayelit yo pou yo sèvi m kòm prèt+. 2 W ap fè bèl rad ki sakre pou Arawon pou onore l+. 3 W ap pale ak moun ki fò nan travay y ap fè yo*, moun mwen te bay sajès yo+, e y ap fè rad Arawon yo k ap montre mwen mete l apa pou l sèvi m kòm prèt.
4 “Men sa y ap fè pou l met sou li: yon pòch*+, yon efòd*+, yon gwo rad long san manch+, yon wòb akawo, yon gwo mouchwa espesyal+ pou l vlope tèt li ak yon senti+. Y ap fè bagay sa yo pou Arawon, frè w la, ak pitit li yo, pou yo kapab sèvi m kòm prèt. 5 Travayè sa yo ap sèvi ak lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len.
6 “Y ap sèvi ak lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde pou yo fè efòd la e y ap bwode l+. 7 Efòd la ap gen de moso twal y ap koud sou li k ap sèvi kòm zepòl efòd la. 8 Y ap tise senti efòd la ak menm bagay yo: lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde. Senti a+ ap rete nan efòd la e l ap sèvi pou yo ka mare l byen mare.
9 “W ap pran de pyè oniks+ e w ap grave non pitit Izrayèl yo sou yo+. 10 W ap mete sis non sou youn nan pyè yo e w ap mete sis lòt non yo sou lòt pyè a, nan lòd yo te fèt la. 11 Se yon moun ki konn grave pyè k ap grave non pitit Izrayèl yo sou pyè yo, menm jan ak lè y ap fè yon so+. Apre sa, w ap mete yo nan monti annò. 12 W ap mete de pyè sa yo sou de moso twal k ap nan zepòl efòd la pou Bondye ka sonje pitit Izrayèl yo+. Arawon ap pote non yo devan Jewova sou de twal k ap nan zepòl efòd la pou Bondye kapab sonje yo. 13 W ap fè monti annò, 14 w ap fè de chèn ak bon lò, w ap trese yo tankou kòd+ e w ap tache yo nan monti yo+.
15 “W ap bay yon moun ki konn bwode fè pòch y ap itilize pou yo konnen desizyon Bondye pran yo+. Se pou yo fè l ak menm bagay yo te fè efòd la: lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde+. 16 Lè yo pliye pòch la, l ap kare. Longè l ap lajè yon men* e lajè l ap lajè yon men. 17 W ap mete kat ranje pyè ladan l. Premye ranje a ap gen ribi, topaz ak emwod. 18 Dezyèm nan ap gen tikwaz, safi ak jasp. 19 Twazyèm ranje a ap gen lechèm*, agat ak ametis. 20 Katriyèm ranje a ap gen krizolit, oniks ak jad. W ap mete yo nan monti ki annò. 21 Pyè yo ap koresponn ak non 12 pitit Izrayèl yo. Sou chak pyè, w ap fè grave non youn nan 12 tribi Izrayèl yo, menm jan ak lè y ap fè yon so.
22 “W ap fè chèn ak bon lò pou met sou pòch la e w ap trese yo tankou kòd+. 23 W ap fè de bag annò pou pòch la, e w ap tache de bag yo nan de pwent pòch la, sou anwo. 24 W ap pase de kòd annò yo nan de bag ki nan de pwent pòch la. 25 W ap fè de pwent kòd yo pase nan de monti yo e w ap tache yo pa devan sou de moso twal ki nan zepòl efòd la. 26 W ap fè de bag annò, w ap mete yo nan de lòt pwent pòch la sou anndan e y ap bay sou efòd la+. 27 W ap fè de lòt bag annò e w ap mete yo sou efòd la, pa devan, pi ba de moso twal ki nan zepòl efòd la, toupre kote li rankontre a, pa anlè senti ki tise ki sou efòd la+. 28 Pou pòch la ka rete nan plas li, w ap pase yon kòd ble nan bag pòch la pou w mare l nan bag efòd la. Konsa, pòch la ap rete nan plas li, sou efòd la, anlè senti a.
29 “Lè Arawon ap antre nan Kote ki sen an, li dwe pote non pitit Izrayèl yo sou pòch ki sou kè l la, pòch y ap itilize pou yo konnen desizyon Bondye pran yo. Konsa, Jewova ap toujou sonje pitit Izrayèl yo. 30 W ap mete Ourim nan ak Toumim nan*+ anndan pòch la, y ap sou kè Arawon lè l ap antre devan Jewova. Lè Arawon ap antre devan Jewova, li dwe toujou gen bagay sa yo sou kè l, bagay k ap pèmèt li fè Izrayelit yo konnen desizyon Bondye pran yo.
31 “W ap fè yon gwo rad long san manch ak fil ble sèlman, l ap anba efòd la+. 32 W ap fè yon ouvèti nan tèt rad la*, nan mitan. W ap bay yon moun ki konn tise fè yon bòdi nan kou rad la pou li pa chire. Kou a ta dwe tankou kou jile ki gen ti plak an metal yo. 33 W ap fè grenad pou w met sou tout woulèt rad la, w ap sèvi ak fil ble, lenn vyolèt ansanm ak fil wouj vif pou w fè yo. Epitou, w ap fè yon seri ti klòch annò pou w mete nan mitan grenad yo. 34 W ap mete yon ti klòch annò apre chak grenad sou tout woulèt rad long san manch lan. 35 Arawon ap mete rad sa a lè l ap sèvi nan tabènak* la, e moun dwe tande son klòch yo lè l ap antre nan tabènak la devan Jewova e lè l ap soti, yon fason pou l pa mouri+.
36 “W ap fè yon ti plak byen klere ak bon lò e w ap fè yo grave ‘Jewova sen’ sou li. Y ap grave pawòl sa yo sou li menm jan ak lè y ap fè yon so+. 37 W ap mare l ak yon ti kòd ble sou gwo mouchwa espesyal la+ e li dwe toujou rete sou devan mouchwa a. 38 L ap sou fwon Arawon, e Arawon ap responsab lè yon moun mal itilize bagay sakre Izrayelit yo mete apa pou Bondye yo+, bagay yo ofri l kòm kado yo. Li dwe toujou sou fwon Arawon, yon fason pou yo ka jwenn favè Jewova.
39 “W ap fè yo tise wòb akawo a ak bon fil len, w ap fè gwo mouchwa espesyal la ak bon fil len e w ap fè yo tise yon senti+.
40 “W ap fè rad ak senti pou pitit gason Arawon yo+ tou e w ap fè mouchwa pou yo pou yo ka byen abiye e pou w onore yo+. 41 W ap abiye Arawon, frè w la, ak pitit li yo, w ap vide luil sou tèt yo+ pou w mete yo apa pou mwen e pou w mete yo nan fonksyon yo*+. Y ap sèvi m kòm prèt. 42 Epitou, w ap fè kalson len pou yo pou yo ka kouvri pati entim yo+. Kalson yo dwe soti nan ren yo pou rive sou kuis yo. 43 Arawon ak pitit li yo ap mete kalson sa yo lè y ap vin nan tant reyinyon an oswa lè y ap pwoche bò lotèl la pou yo sèvi nan kote ki sakre a, konsa, yo pap koupab e yo pap mouri. Se yon kòmandman Arawon ak desandan l yo* dwe toujou obeyi.
29 “Men sa w ap fè pou w mete yo apa pou yo sèvi m kòm prèt: W ap pran yon jenn towo bèf, de mal mouton ki pa gen okenn domaj+, 2 pen san ledven, pen san ledven ki won e ki gen yon twou nan mitan yo, ki fèt ak pat yo melanje ak luil ansanm ak bisuit sèk yo pase luil sou yo+. W ap fè yo ak bon farin frans, 3 w ap mete yo nan yon pànye e w ap ofri m yo nan pànye a+ ansanm ak towo bèf la ak de mal mouton yo.
4 “W ap mennen Arawon ansanm ak pitit gason l yo devan tant reyinyon an+ e w ap fè yo benyen+. 5 Apre sa, w ap abiye+ Arawon. W ap mete wòb la sou li, gwo rad long ki san manch lan, efòd* la, pòch* ki pral sou efòd la e w ap mare senti efòd la byen mare nan ren l+. 6 W ap vlope tèt li ak gwo mouchwa espesyal la e w ap mare plak annò ki sakre a* sou mouchwa a+. 7 Epitou, w ap pran luil onksyon an+, w ap vide l sou tèt li pou w mete l apa pou mwen+.
8 “Apre sa, w ap fè pitit gason l yo pwoche, w ap abiye yo ak wòb yo+, 9 w ap mare senti yo nan ren yo, menm jan w te fè sa pou Arawon, e w ap mete mouchwa yo sou tèt yo. Konsa, fonksyon prèt la ap vin pou yo. Se yon kòmandman k ap la pou toutan+. Se konsa w ap mete Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo kòm prèt*+.
10 “Apre sa, w ap mennen towo bèf la devan tant reyinyon an e Arawon ak pitit gason l yo ap met men yo sou tèt li+. 11 W ap touye towo bèf la devan Jewova, devan tant reyinyon an+. 12 Apre sa, w ap pran yon ti kantite nan san towo bèf la ak dwèt ou, w ap mete l sou kòn lotèl la+. Rès san an, w ap vide l nan pye lotèl la+. 13 Annapre, w ap pran grès+ ki sou trip yo, grès ki sou fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a, w ap boule yo sou lotèl la pou yo ka bay lafimen+. 14 Men, w ap boule vyann towo bèf la, po l, ak poupou l pa deyò kote pèp la ye a. Se yon sakrifis pou peche.
15 “Apre sa, w ap pran youn nan mal mouton yo e Arawon ak pitit gason l yo ap mete men yo sou tèt li+. 16 W ap touye mouton an, w ap pran san l e w ap wouze lotèl la avè l sou chak bò+. 17 W ap dekoupe mouton an, w ap fè l fè plizyè moso, w ap lave trip li+ ak pye l, epi w ap ranje moso yo sou lotèl la ansanm ak tèt mouton an. 18 W ap boule tout mouton an nèt, w ap fè l fè lafimen sou lotèl la. Se yon sakrifis w ap boule nèt pou Jewova, k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+. Se yon ofrann w ap boule pou Jewova.
19 “Apre sa, w ap pran lòt mouton an e Arawon ak pitit gason l yo ap mete men yo sou tèt li+. 20 W ap touye mouton an, w ap pran nan san an, w ap mete l sou pwent zòrèy dwat Arawon ak sou pwent zòrèy dwat pitit li yo, w ap mete l tou sou pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo, epi w ap pran rès san an w ap wouze lotèl la sou chak bò. 21 Annapre, w ap pran nan san ki sou lotèl la ansanm ak yon ti luil nan luil onksyon an+, w ap voye yo sou Arawon ak sou rad li, w ap voye yo sou pitit gason l yo ak sou rad yo, konsa ni li menm, ni rad li, ni pitit gason l yo, ni rad yo ap vin apa pou sèvis Bondye a+.
22 “Apre sa, w ap pran tout grès ki nan mouton an, ke a ak tout grès li, grès ki sou trip yo, grès ki sou fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a+ ansanm ak jigo dwat li paske se yon mouton k ap sèvi pou mete prèt yo nan fonksyon yo+. 23 Epitou, ou pral nan pànye ki devan Jewova a, ki gen pen san ledven ladan l lan, w ap pran yon pen won ak yon pen won ki gen yon twou nan mitan l ki fèt ak pat yo melanje ak luil ansanm ak yon bisuit sèk yo pase luil sou li, 24 w ap mete yo tout nan men Arawon ak nan men pitit gason l yo, w ap fè yo balanse yo, paske se yon ofrann yo dwe balanse devan Jewova. 25 Apre sa, w ap pran yo nan men yo e w ap boule yo sou lotèl la sou sakrifis w ap boule nèt pou Jewova a, k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. Se yon ofrann w ap boule pou Jewova.
26 “Apre w fin ofri mouton w ap ofri pou w mete Arawon nan fonksyon l kòm prèt la+, w ap pran pwatrin mouton an, w ap balanse l devan Jewova kòm yon ofrann ki balanse e w ap pran l kòm pòsyon pa w. 27 W ap pran pwatrin ofrann ou te balanse a, w ap pran jigo pòsyon sakre w te balanse a, jigo w te pran nan mouton w te ofri lè w t ap met Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo kòm prèt la+, e w ap mete yo apa pou mwen. 28 Pòsyon sa yo ap vin pou Arawon ak pitit gason l yo. Se yon kòmandman Izrayelit yo dwe toujou suiv, paske pòsyon sa yo sakre, se pòsyon Izrayelit yo ap gen pou yo bay+. Se pòsyon sakre y ap bay Jewova nan sakrifis kominyon* yo+.
29 “Pitit gason Arawon+ k ap vin apre l yo ap gen rad sakre l yo+ sou yo lè y ap vide luil sou yo pou yo mete yo apa pou mwen nan fonksyon yo kòm prèt. 30 Pitit gason Arawon k ap ranplase l kòm prèt la e k ap antre nan tant reyinyon an pou l sèvi nan kote ki sakre a ap mete rad sa yo pandan sèt jou+.
31 “W ap pran mouton w te itilize pou w mete prèt yo nan fonksyon yo a, w ap bouyi vyann li nan kote ki sakre a+. 32 Arawon ak pitit gason l yo ap manje+ vyann mouton an ansanm ak pen ki nan pànye a devan tant reyinyon an. 33 Y ap manje bagay sa yo ou te itilize pou yo jwenn padon pou peche yo lè w t ap mete yo nan fonksyon yo kòm prèt* e lè w t ap mete yo apa pou mwen an. Men, yon moun ki pa gen otorizasyon* pou l manje bagay sa yo pa dwe manje yo paske bagay sa yo sakre+. 34 Si nan demen maten gen rès ki rete nan vyann mouton an e gen pen ki rete tou, w ap boule yo nan dife+. Pèsonn pa dwe manje bagay sa yo paske yo sakre.
35 “Ou dwe fè tout sa m di w fè yo pou Arawon ak pitit gason l yo. W ap pran sèt jou pou w mete yo nan fonksyon yo kòm prèt*+. 36 W ap ofri yon towo bèf chak jou kòm sakrifis pou yo jwenn padon pou peche yo, w ap pirifye lotèl la tou e w ap vide luil sou li pou w mete l apa pou mwen+. 37 Pandan sèt jou, w ap fè sakrifis pou w pirifye lotèl la e w ap mete l apa pou mwen pou l ka vin yon lotèl ki sen anpil+. Tout moun k ap manyen lotèl la dwe sen.
38 “Men sa w ap ofri sou lotèl la: de mal mouton ki gen ennan. W ap fè sa chak jou, san sote yon jou+. 39 W ap ofri youn nan mouton yo nan maten, e w ap ofri lòt la nan aswè anvan l fin fè nwa*+. 40 Lè w ap ofri premye mouton an, w ap ofri yon dizyèm efa* bon farin ki melanje ak anviwon yon ka hin* bon luil, luil ki fèt ak oliv yo pile, epi w ap bay yon ka hin diven kòm ofrann. 41 Lè w ap ofri dezyèm mouton an nan aswè anvan l fin fè nwa*, w ap bay menm kantite farin nan ak menm kantite bwason w te bay kòm ofrann nan maten an. Se yon ofrann y ap boule pou Jewova, yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 42 Jenerasyon apre jenerasyon, n ap toujou boule ofrann sa a devan Jewova, devan tant reyinyon an. Se la m ap parèt devan pèp la pou m pale avè w+.
43 “Se la m ap parèt devan Izrayelit yo, e kote sa a ap sakre grasa glwa mwen+. 44 M ap mete tant reyinyon an ak lotèl la apa pou mwen, e m ap mete Arawon ak pitit gason l yo+ apa pou mwen pou yo ka sèvi m kòm prèt. 45 M ap rete nan mitan pèp Izrayèl la e m ap vin Bondye yo+. 46 Se sèten y ap konnen se mwen menm, Jewova, Bondye yo a, ki te fè yo kite peyi Ejip pou m ka rete nan mitan yo+. Mwen se Jewova, Bondye yo a.
30 “W ap fè yon lotèl ak bwa akasya+ pou yo boule lansan+. 2 W ap fè l kare, l ap mezire yon koude* longè, yon koude lajè ak de koude wotè. Kòn lotèl la dwe fè yon sèl ak lotèl la+. 3 Ou dwe kouvri lotèl la ak bon lò, ni tèt lotèl la, ni arebò l yo, ni kòn li yo. Epi, w ap fè yon bòdi annò toutotou tèt lotèl la. 4 W ap fè bag annò tou pou w mete anba bòdi lotèl la, de sou yon bò, de sou lòt bò ki anfas la. Se ladan yo baton pou pote lotèl la ap ye. 5 W ap fè baton yo ak bwa akasya e w ap kouvri yo ak lò. 6 W ap mete lotèl la devan rido ki toupre lach alyans lan+, wi, pa devan lach alyans lan ak kouvèti l la, kote m ap parèt devan w lan+.
7 “Arawon+ ap boule lansan ki santi bon+ sou lotèl la+. L ap fè lansan an fè lafimen sou lotèl la chak maten lè l ap netwaye lanp yo+. 8 Epitou, Arawon ap boule lansan lè l ap limen lanp yo nan aswè anvan l fin fè nwa*. Se pou nou toujou fè ofrann lansan sa a pou Jewova jenerasyon apre jenerasyon. 9 Nou pa dwe ofri lansan mwen pa ban nou lòd ofri sou lotèl la+, nou pa dwe ofri ni sakrifis n ap boule nèt, ni manje angren sou li e nou pa dwe vide okenn bwason sou li kòm ofrann. 10 Arawon dwe mete enpe nan san sakrifis li fè pou peche yo sou kòn lotèl la pou l ka pirifye l+. Li dwe fè sa yon fwa chak ane+. N ap fè sa jenerasyon apre jenerasyon. Se yon bagay ki sakre anpil pou Jewova.”
11 Apre sa, Jewova di Moyiz: 12 “Lè w ap fè yon resansman pou w konte pitit Izrayèl yo+, chak moun dwe bay Jewova yon ranson pou lavi l* nan moman resansman an. Y ap fè sa pou malè pa tonbe sou yo lè y ap anrejistre yo a. 13 Chak moun yo anrejistre yo dwe bay mwatye yon chekèl*, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*+. Yon chekèl egal 20 gera*. Se mwatye yon chekèl yo dwe bay kòm kontribisyon pou Jewova+. 14 Tout moun ki gen 20 an oswa plis ap bay kontribisyon Jewova mande a+. 15 Moun ki rich la pap bay plis pase mwatye yon chekèl kòm kontribisyon pou Jewova e moun ki pòv la pap bay mwens pase mwatye yon chekèl, pou yo ka prezève lavi* yo. 16 W ap pran pyès monnen ann ajan Izrayelit yo ap bay pou kouvri peche yo a, w ap bay li pou sèvis k ap fèt nan tant reyinyon an pou Jewova ka sonje Izrayelit yo e pou nou ka prezève lavi* nou.”
17 Apre sa, Jewova di Moyiz: 18 “W ap fè yon basen an kuiv, w ap fè pye pou li+, w ap mete l ant tant reyinyon an ak lotèl la e w ap met dlo ladan l+. 19 Se la Arawon ak pitit gason l yo ap lave men yo ak pye yo+. 20 Lè yo pral antre nan tant reyinyon an oswa lè y ap pwoche bò lotèl la pou yo fè sèvis yo, pou yo boule sakrifis sou li e pou yo fè sakrifis yo fè lafimen pou Jewova, y ap lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. 21 Yo dwe lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Se yon kòmandman li menm ak desandan l yo dwe toujou obeyi. Sa dwe kontinye fèt jenerasyon apre jenerasyon+.”
22 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 23 “Apre sa, w ap pran bagay ki santi bon: 13 liv lami*, 6 liv edmi kanèl, 6 liv edmi wozo ki santi bon an 24 ak 13 liv kas. W ap mezire yo dapre mezi ki nan kote ki sakre a*+. Mete sou sa, w ap pran yon hin* luil doliv. 25 Apre sa, w ap sèvi avèk yo pou w fè yon luil onksyon ki sakre. Se pou w byen melanje tout bagay yo ansanm*+.
26 “W ap vide luil sou tant reyinyon an+ e sou lach alyans lan* pou w mete yo apa pou mwen, 27 w ap fè menm bagay la tou pou tab la ak tout sa k mache avè l yo, pou pòtlanp lan ak tout sa k mache avè l yo, pou lotèl pou boule lansan an, 28 pou lotèl kote n ap ofri sakrifis n ap boule nèt yo ak tout sa k mache avè l yo e pou basen an ak pye l. 29 Ou dwe mete yo apa pou mwen yon fason pou yo ka vin sakre+. Kèlkeswa moun k ap manyen yo dwe sen+. 30 W ap vide luil sou Arawon+ ak pitit gason l yo+ tou pou w ka mete yo apa pou mwen pou yo sèvi m kòm prèt+.
31 “W ap pale ak Izrayelit yo, w ap di yo: ‘Jenerasyon apre jenerasyon, luil sa a ap yon luil ki apa pou mwen k ap sèvi kòm luil onksyon+. 32 Pèsonn pa dwe pase l sou li, ni pèsonn pa dwe fè yon luil ki menm jan avè l. Se yon bagay ki sakre. Se pou nou toujou konsidere l kòm yon bagay ki sakre. 33 Kèlkeswa moun ki fè yon luil santi bon menm jan ak luil sa a e ki mete enpe ladan l sou yon moun ki pa gen dwa met luil sa a sou li*, se pou nou retire* moun* ki fè sa a nan mitan pèp la+.’”
34 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Pran menm kantite nan bagay santi bon sa yo+: gonm stakte*, onika*, galbanòm* ak lansan blan ki pa melanje ak anyen. 35 Se pou w fè yon lansan+ avèk yo, yon lansan k ap gen sèl+ ladan l, k ap pwòp e k ap apa pou mwen. Se pou w byen melanje yo ansanm*. 36 W ap pran yon pati nan lansan an, w ap kraze l pou l tounen yon poud ki fen e w ap mete enpe nan poud sa a devan lach alyans lan ki nan tant reyinyon an, kote m ap parèt devan w lan. Nou dwe konsidere lansan sa a kòm yon bagay ki sakre anpil. 37 Nou pa dwe prepare yon lansan menm jan ak lansan sa a pou n itilize+. Nou dwe konsidere l kòm yon bagay ki apa pou Jewova. 38 Kèlkeswa moun ki fè yon lansan konsa pou l pran sant li, se pou nou retire* l nan mitan pèp la.”
31 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Tande, mwen chwazi Betsalèl*+, pitit gason Ouri, ki se pitit gason Ou, moun tribi Jida+. 3 M ap met lespri m sou li pou l ka gen sajès, bon konprann ak konesans pou l ka fè tout kalite travay ak men l, 4 pou l trase plan, pou l travay ak lò, ak ajan, ak kuiv, 5 pou l travay pyè ki gen anpil valè+, pou l fè monti pou l mete yo e pou l fè tout kalite bagay an bwa+. 6 Mete sou sa, mwen chwazi Owolyab+, pitit gason Ayisamak, moun tribi Dann, pou ede l, e m ap bay tout moun ki fò nan travay y ap fè yo* sajès pou yo fè tout sa mwen te ba w lòd fè yo+: 7 tant reyinyon an+, lach alyans lan*+, kouvèti+ ki sou Lach la, tout sa ki nan tant lan, 8 tab+ la ak tout sa ki mache avè l yo, pòtlanp ki fèt ak bon lò a ak tout sa ki mache avè l yo+, lotèl pou boule lansan an+, 9 lotèl pou ofri sakrifis n ap boule nèt yo+ ak tout sa ki mache avè l yo, basen an ak pye li+, 10 rad ki byen tise yo, rad sakre pou Arawon, prèt la, rad pitit gason l yo pou yo fè sèvis yo antanke prèt+, 11 luil onksyon an ak lansan ki santi bon y ap boule anndan tabènak*+ la. Y ap fè tout sa mwen te ba w lòd fè yo.”
12 Apre sa, Jewova di Moyiz: 13 “Pale avèk Izrayelit yo, men sa pou w di yo: ‘Li vrèman enpòtan pou nou obeyi lwa konsènan saba a+, paske, jenerasyon apre jenerasyon, se ap yon siy ant mwen menm avèk nou pou nou ka konnen se mwen menm, Jewova, ki mete nou apa pou mwen. 14 Nou dwe obsève saba a paske se yon bagay ki sakre pou nou+. Se pou nou touye nenpòt moun ki pa respekte saba a. Si yon moun fè nenpòt kalite travay nan jou sa a, se pou nou retire* moun* sa a nan mitan pèp la+. 15 N ap ka travay pandan sis jou, men setyèm jou a se yon jou saba, e nou dwe repoze nou nèt+. Se yon jou ki apa pou Jewova. Se pou nou touye nenpòt moun ki travay nan jou saba a. 16 Izrayelit yo dwe respekte saba a, yo dwe obsève saba a jenerasyon apre jenerasyon. Se yon kòmandman k ap la pandan lontan. 17 Se yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la+ k ap la pandan lontan, paske se nan sis jou Jewova te fè syèl la ak tè a. Men, nan setyèm jou a, li sispann travay pou l repoze l+.’”
18 Kou Bondye fin pale ak Moyiz sou Mòn Sinayi, li bay Moyiz de wòch plat+ li te ekri sou yo ak dwèt li a+.
32 Pandan Moyiz te sou mòn nan+, pèp la te wè l pran tan pou l desann. Se sa k fè yo t al rasanble bò kot Arawon e yo te di l: “Fè yon dye pou dirije nou+, paske, kanta pou nonm yo rele Moyiz la, ki te fè nou soti nan peyi Ejip la, nou pa konn sa k rive l.” 2 Lè sa a, Arawon di yo: “Retire zanno lò+ ki nan zòrèy madanm nou, nan zòrèy pitit gason nou ak pitit fi nou epi pote yo ban mwen.” 3 Se konsa tout pèp la te kòmanse retire zanno lò yo te gen nan zòrèy yo e yo te kòmanse pote yo bay Arawon. 4 Epi, Arawon pran lò a nan men yo e li sèvi ak yon zouti pou l fè estati yon ti bèf*+. Se konsa yo te kòmanse ap di: “O Izrayèl, men Bondye w la ki te fè w soti nan peyi Ejip la+.”
5 Lè Arawon wè sa, li konstwi yon lotèl devan ti bèf la. Apre sa, Arawon rele byen fò, li di: “N ap fè yon fèt pou Jewova demen.” 6 Se sa k fè yo te leve byen bonè nan demen maten, yo te kòmanse ofri sakrifis yo boule nèt ak sakrifis kominyon*. Apre sa, pèp la chita pou l manje e pou l bwè, e yo leve pou yo pran plezi yo+.
7 Lè sa a, Jewova di Moyiz: “Desann, paske pèp ou a ap mal aji, pèp ou te fè kite peyi Ejip la+. 8 Yo gentan dezobeyi lòd mwen te ba yo a+. Yo fè estati* yon ti bèf e y ap plede pwostène devan l, y ap fè sakrifis ba li epi y ap di: ‘O Izrayèl, men Bondye w la ki te fè w soti nan peyi Ejip la.’” 9 Epitou, Jewova di Moyiz: “Mwen wè pèp sa a se yon pèp ki gen tèt di*+. 10 Kounye a, kite m detwi yo, paske m fache anpil, kite m fè yon gwo nasyon soti nan ou pou ranplase yo+.”
11 Lè sa a, Moyiz sipliye* Jewova, Bondye l la+, li di l: “O Jewova, poukisa w kite kòlè w fè w anvi fè pèp ou a sa, alòske se ou menm ki te fè l kite peyi Ejip ak fòs ponyèt ou, ak kokennchenn fòs ou genyen an+? 12 Poukisa pou w ta fè Ejipsyen yo di: ‘Se paske l te gen move entansyon ki fè l te fè yo kite peyi a. Li te vle touye yo nan mòn yo e li te vle fè yo sispann egziste sou tè a+’? Pa koute kòlè w, tounen sou* desizyon w te pran pou w detwi pèp ou a. 13 Sonje Abraram, Izarak ak Izrayèl, sèvitè w yo. Ou te fè sèman ba yo, ou te di yo: ‘M ap fè nou vin gen anpil desandan* tankou zetwal nan syèl la+, m ap ba yo tout peyi m te di m ap ba yo a e l ap byen pa yo pou toutan+.’”
14 Konsa, Jewova te tounen sou* desizyon l te pran an e li pa t detwi pèp li a+.
15 Apre sa, Moyiz ale, li desann mòn nan ak de wòch plat yo+ nan men l+. Bondye te ekri sou toule de bò wòch plat yo, devan kou dèyè. 16 Se Bondye ki te fè wòch plat yo e ki te grave pawòl yo sou yo+. 17 Lè Jozye kòmanse tande bri pèp la ki t ap rele byen fò, li di Moyiz: “Mwen tande yon bri batay nan mitan pèp la.” 18 Men, Moyiz di l:
“Bri m tande a se pa yon chante pou selebre yon viktwa*,
Nitou se pa rele y ap rele akoz yo pèdi yon batay.
Sa m tande a se yon lòt kalite chante.”
19 Lè Moyiz rive toupre kote pèp la te ye a e li wè ti bèf la+ ak moun yo k ap danse, li fè yon sèl kòlè e li voye de wòch plat ki te nan men l yo jete. Yo te fè miyèt moso nan pye mòn nan+. 20 Apre sa, li pran ti bèf yo te fè a, li boule l nan dife, li kraze rès ki rete a, li fè l tounen poud+. Epitou, li lage poud la nan dlo a e li fè Izrayelit yo bwè dlo a+. 21 Apre sa, Moyiz di Arawon: “Ki sa pèp la fè w pou w kite yo fè yon peche grav konsa?” 22 Arawon di l: “Pa fache mèt mwen. Ou byen konnen pèp la toujou pare pou l fè sa ki mal+. 23 Yo te di m: ‘Fè yon dye pou dirije nou, paske, kanta pou nonm yo rele Moyiz la, ki te fè nou soti nan peyi Ejip la, nou pa konn sa k rive l+.’ 24 Lè sa a, mwen di yo: ‘Nenpòt moun ki gen yon bagay sou li ki fèt annò, se pou l retire l pot ban mwen.’ Apre sa, mwen lage yo nan dife epi m wè ti bèf sa a parèt.”
25 Moyiz te wè jan pèp la te vin san kontwòl. Arawon te kite pèp la fè sa l vle e ènmi pèp la te vin mal wè pèp la. 26 Apre sa, Moyiz al kanpe nan antre kan an, epi li di: “Kiyès ki pou Jewova? Se pou tout moun ki pou li yo vin jwenn mwen+.” Lè sa a, tout Levit yo al jwenn li. 27 Epi, li di yo: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Se pou nou chak pran epe nou e se pou nou pase nan tout kan an, sot nan yon antre al nan yon lòt, pou nou touye frè nou, vwazen nou ak bon zanmi nou+.’” 28 Levit yo te fè egzakteman sa Moyiz te mande yo a. Nan jou sa a, yo te touye anviwon 3 000 gason. 29 Apre sa, Moyiz di: “Jodi a, nou mete tèt nou apa* pou Jewova, paske nou chak nou te touye pitit nou ak frè nou+. L ap ban nou yon benediksyon pou sa nou fè a jodi a+.”
30 Nan demen, Moyiz di pèp la: “Peche nou fè a grav anpil. Se sa k fè m ap monte kot Jewova pou m wè si gen yon bagay mwen kapab fè pou nou jwenn padon pou peche nou an+.” 31 Vrèmanvre, Moyiz tounen al kot Jewova, li di l: “Pèp la fè yon peche ki grav! Yo te fè yon dye annò+! 32 Men, si w vle, padone peche yo a+. Si se pa sa, tanpri, retire non m nan liv ou ekri a+.” 33 Men, Jewova di Moyiz: “Se non moun ki peche kont mwen m ap retire nan liv mwen an. 34 Ou mèt ale kounye a, mennen pèp la kote m te di w la. Tande, zanj mwen an ap mache devan w+. Lè jou a rive pou m mande yo kont, m ap pini yo pou peche yo te fè a.” 35 Annapre, Jewova te kòmanse frape pèp la poutèt ti bèf yo te fè a, ti bèf Arawon te fè a.
33 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Ou menm ak pèp ou te fè kite peyi Ejip la, nou mèt leve kite kote nou ye a. Pran wout pou n al nan peyi mwen te fè Abraram, Izarak ak Jakòb sèman se desandan* yo mwen t ap bay li a+. 2 M ap voye yon zanj devan nou+ e l ap mete moun Kanaran yo, Amorit yo, desandan Èt yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo+ deyò nan peyi a. 3 N ap monte al nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+, men, mwen pa pral avèk nou, paske nou se yon pèp ki gen tèt di*+ e mwen pa vle touye nou sou wout la+.”
4 Lè pèp la tande jan Bondye te pale di, sa te lage yo nan lapenn, e pa gen youn nan yo ki te mete bèl bagay sou yo. 5 Jewova di Moyiz: “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nou se yon pèp ki gen tèt di*+. Mwen ta gendwa pase nan mitan nou epi m touye nou tout yon sèl kou+. Pa met bèl bagay nou yo sou nou pandan m ap reflechi pou m wè ki sa pou m fè nou.’” 6 Se sa k fè, depi nan Mòn Orèb, Izrayelit yo te sispann met bèl bagay* sou yo.
7 Apre sa, Moyiz leve tant li l al mete l pa deyò kan an, nan yon ti distans parapò ak kan an. Li te rele tant lan tant reyinyon. Chak moun ki te vle mande Jewova+ yon bagay te ale nan tant reyinyon an, ki te pa deyò kan an. 8 Chak fwa Moyiz te soti pou l al nan tant lan, tout pèp la te leve e chak moun te kanpe devan tant pa yo, yo t ap gade Moyiz jis li antre nan tant lan. 9 Depi Moyiz te antre nan tant lan, nyaj ki gen fòm poto a te desann+ e l te ret devan tant lan pandan Bondye ap pale ak Moyiz+. 10 Lè moun yo nan pèp la te wè nyaj la devan tant lan, yo tout te leve e yo te pwostène devan tant pa yo. 11 Jewova te pale fasafas+ ak Moyiz tankou se te de moun k ap pale youn ak lòt. Lè Moyiz te retounen nan kan an, Jozye+, pitit gason Noun nan, sèvitè Moyiz la+, te toujou rete nan tant lan.
12 Apre sa, Moyiz di Jewova: “Ou di m: ‘Se pou w pran devan pèp la pou w monte avè l.’ Men, ou pa di m kiyès w ap voye avè m. Mete sou sa, ou di m: ‘Mwen konnen w byen* e w jwenn favè nan je m.’ 13 Si m jwenn favè nan je w vre, tanpri, ede m konn chemen w yo+ pou m ka konnen w e pou m ka kontinye jwenn favè nan je w. Pa bliye tou, pèp sa a se pèp pa w+.” 14 Lè sa a, Bondye di l: “Mwen* pral avè w+ e m ap fè w jwenn lapè+.” 15 Epi, Moyiz di Bondye: “Si w* pa prale ansanm avèk nou, pito w kite nou kote nou ye a. 16 Ki jan moun ap fè konnen mwen menm ak pèp la jwenn favè nan je w? Èske se pa lè w ale avèk nou+ mwen menm ak pèp la ap konnen nou diferan ak tout lòt pèp ki gen sou tè a+?”
17 Apre sa, Jewova di Moyiz: “M ap fè sa w mande m nan paske w jwenn favè nan je m e mwen konnen w byen*.” 18 Moyiz di l: “Tanpri, fè m wè glwa w.” 19 Men, Bondye di l: “M ap fè w wè tout bon bagay mwen gen lakay mwen, e m ap pwoklame non m, Jewova+, devan w. Se moun mwen fè favè a m ap fè favè e se moun mwen gen pitye pou li a m ap gen pitye pou li+.” 20 Epitou, li di l: “Ou pa ka wè fas mwen, paske pèsonn pa ka wè m epi pou l kontinye viv.”
21 Apre sa, Jewova di l: “Men yon kote ki toupre m. Kanpe sou gwo wòch sa a ki la a. 22 Lè m ap fè glwa m pase devan w, m ap mete w nan yon fant nan wòch la e m ap bare w ak men m jiskaske m fin pase. 23 Apre sa, m ap retire men m e w ap wè do m. Men ou pap ka wè fas mwen+.”
34 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Taye de wòch plat ki sanble ak premye wòch plat+ ou te kraze+ yo e m ap ekri pawòl mwen te ekri sou premye wòch plat yo+ sou yo. 2 Prepare w pou demen maten paske demen maten w ap monte sou Mòn Sinayi pou w parèt devan m sou tèt mòn nan+. 3 Pèsonn pa dwe monte avè w, e mwen pa dwe wè okenn lòt moun okenn kote sou mòn nan. Menm bèf yo ak mouton yo pa dwe al manje devan mòn nan+.”
4 Vrèmanvre, Moyiz taye de wòch plat ki sanble ak de premye yo, li leve byen bonè nan maten epi li monte nan Mòn Sinayi avèk de wòch plat yo nan men l, jan Jewova te mande l la. 5 Lè sa a, Jewova desann+ sou mòn nan nan nyaj la pou l vin bò kote Moyiz pou l fè yon deklarasyon konsènan non l, Jewova+. 6 Jewova te pase devan Moyiz e li te di: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd+ e ki gen kè sansib*+, ki pa fè kòlè fasil+, ki gen anpil lanmou fidèl*+, ki toujou di laverite*+, 7 ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon+, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche+. Men, li pap pa pini moun ki koupab yo+. L ap pini pitit ak pitit pitit pou bagay mal papa yo fè rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon an+.”
8 Lè sa a, Moyiz kouri bese tèt li jis atè. 9 Apre sa, li di: “O Jewova, si mwen jwenn favè nan je w vre, tanpri Jewova, ale avèk nou epi rete nan mitan nou+, menmsi nou se yon pèp ki gen tèt di*+, padone erè nou ak peche nou+ epi pran nou kòm byen pa w.” 10 Epi Bondye di: “M ap fè yon alyans avèk nou: Mwen gen pou m fè yon seri bagay estrawòdinè devan je nou, yon seri bagay ki poko janm fèt* sou tout tè a oswa nan mitan nasyon yo+. Tout nasyon n ap gen pou n viv nan mitan yo ap wè travay Jewova fè, paske sa m ap fè avèk nou an se yon bagay estrawòdinè+.
11 “Se pou nou byen koute sa m ap di nou jodi a+. M ap mete Amorit yo, moun Kanaran yo, desandan Èt yo, Perizit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo deyò devan nou+. 12 Veye kò nou pou nou pa fè alyans ak moun ki abite nan peyi kote nou prale a+ pou yo pa tounen yon pyèj pou nou+. 13 Men, se pou nou kraze lotèl yo bati yo ak poto sakre ki fèt an wòch yo e se pou nou koupe poto sakre ki fèt an bwa yo*+. 14 Nou pa dwe pwostène devan yon lòt dye+, paske Jewova se Sila a ki* mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman*. Vrèmanvre, li se yon Bondye ki mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman+. 15 Veye pou nou pa fè alyans avèk moun ki abite nan peyi a, paske lè y ap aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo e y ap fè sakrifis pou yo+, y ap envite nou e n ap manje nan sakrifis y ap ofri yo+. 16 Si nou fè alyans avèk yo, se sèten n ap pran kèk nan pitit fi yo pou pitit gason nou yo+. Lè pitit fi yo ap aji tankou pwostitye ak dye y ap sèvi yo, sa ap lakòz pitit gason nou yo aji tankou pwostitye ak dye sa yo+.
17 “Nou pa dwe fonn metal pou n fè zidòl+.
18 “Nou dwe selebre fèt Pen san ledven an+. N ap manje pen san ledven, jan m te ban nou lòd fè sa. N ap fè sa pandan sèt jou, nan tan ki fikse pou sa a nan mwa Abib*+, paske se nan mwa Abib nou te kite peyi Ejip.
19 “Tout premye pitit gason ak tout premye mal bèt yo se pou mwen+, kit se premye towo bèf la, kit se premye mal mouton an+. 20 Se pou n bay yon mouton pou n achte lavi premye pitit yon bourik. Men, si n pa fè sa, nou dwe kase kou bourik la. Nou dwe achte lavi tout premye pitit gason nou yo+. Pèsonn pa dwe parèt devan m de men vid.
21 “N ap travay pandan sis jou, men n ap repoze* setyèm jou a+, kit se lè moman an rive pou n vire tè a, kit se nan sezon rekòt.
22 “N ap fete fèt Semèn yo avèk premye danre nou rekòlte nan rekòt ble a, e n ap fete fèt Rekòt* nan fen ane a+.
23 “Pandan twa fwa nan ane a, tout gason ki nan pèp la, dwe parèt devan Jewova, vrè Seyè a, Bondye Izrayèl la+. 24 M ap chase nasyon yo devan nou+ e m ap agrandi tèritwa nou an. Pa gen moun k ap gen tanta sou peyi nou an lè nou monte pou n parèt devan Jewova, Bondye nou an, twa fwa nan ane a.
25 “Nou pa dwe ofri san yon bèt nou bay kòm sakrifis pou mwen ansanm ak yon bagay ki gen ledven ladan l+. Lè nou ofri sakrifis fèt Pak la, nou pa dwe kite l rete pandan tout nuit lan rive jis demen maten+.
26 “Se sa k pi bon nan premye danre nou rekòlte nan jaden n yo nou dwe pote lakay Jewova, Bondye nou an+.
“Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l+.”
27 Apre sa, Jewova di Moyiz: “W ap ekri pawòl sa yo+, paske se selon pawòl sa yo m ap fè yon alyans avèk ou e avèk pèp Izrayèl la+.” 28 Moyiz te rete avèk Jewova 40 jou, 40 nuit. Li pa t manje pen ni li pa t bwè dlo+. Li* te ekri pawòl alyans lan, Dis Kòmandman yo*+, sou wòch plat yo.
29 Apre sa, Moyiz desann Mòn Sinayi, e de wòch plat Bondye te ekri sou yo ak dwèt li a te nan men l+. Lè Moyiz desann mòn nan, li pa t konnen si te gen reyon limyè ki t ap soti nan figi l akoz li te pale ak Bondye. 30 Lè Arawon ak tout Izrayelit yo te wè Moyiz, kòm yo te wè reyon limyè ap soti nan figi l, yo te pè pwoche bò kote l+.
31 Men, Moyiz te rele yo. Konsa, Arawon ak chèf ki te nan mitan pèp la te vin jwenn Moyiz e Moyiz te pale avèk yo. 32 Apre sa, tout Izrayelit yo te pwoche kote l e li te fè yo konnen tout kòmandman Jewova te ba li sou Mòn Sinayi a+. 33 Lè Moyiz te konn fin pale avèk yo, li te konn met yon vwal sou figi l+. 34 Men, lè Moyiz te konn antre kot Jewova pou l pale avè l, li te konn retire vwal la sou figi l jiskaske l soti+. Apre sa, li te konn soti pou l fè Izrayelit yo konnen lòd li te resevwa yo+. 35 Izrayelit yo te konn wè reyon limyè k ap soti nan figi Moyiz, se sa k fè Moyiz te konn remete vwal la sou figi l pou jis li tounen al pale ak Bondye*+.
35 Annapre, Moyiz rasanble tout Izrayelit yo e li di yo: “Men lòd Jewova bay+: 2 ‘N ap travay pandan sis jou, men setyèm jou a ap yon jou ki apa pou nou, se yon saba, yon jou Jewova ban nou pou n repoze nou nèt+. N ap touye nenpòt moun ki travay nan jou sa a+. 3 Nou pa dwe limen dife nan jou saba a, kèlkeswa kote nou rete a.’”
4 Apre sa, Moyiz di tout Izrayelit yo: “Men lòd Jewova bay: 5 ‘Se pou nou bay yon kontribisyon pou Jewova+. Se pou tout moun pote yon kontribisyon pou Jewova depi kè l pouse l fè sa+. Nou ka bay lò, ajan, kuiv, 6 fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, twal len bon kalite, plim kabrit+, 7 po mouton ki tenn ak tenti wouj, po fòk*, bwa akasya, 8 luil pou met nan lanp yo, luil santi bon pou met nan luil onksyon an e pou met nan lansan ki santi bon an+, 9 pyè oniks ak lòt pyè pou yo met sou efòd* la+ ak sou pòch* la+.
10 “‘Se pou tout moun pami nou ki fò nan travay n ap fè yo*+ vini pou nou ka fè tout sa Jewova te bay lòd fè yo: 11 tabènak* la ak divès pati li gen ladan l yo, twal pou kouvri l yo, agraf yo, ankadreman yo, baton l yo, poto yo ak sipò yo ki gen twou ladan yo, 12 Lach la+, baton l yo+, kouvèti l la+ ak rido+ ki fè separasyon an, 13 tab la+, baton l yo, sa ki mache ak tab la, pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo+, 14 pòtlanp+ k ap bay limyè a ansanm ak sa k mache avè l yo, lanp yo, luil y ap met nan lanp yo+, 15 lotèl pou boule lansan an+, baton l yo, luil onksyon an, lansan ki santi bon an+, rido k ap nan antre tabènak la, 16 lotèl pou nou ofri sakrifis n ap boule nèt yo+, gri an kuiv ki ladan l lan, baton l yo ak tout sa ki mache avè l yo, basen an ansanm ak pye basen an+, 17 rido pou bare lakou a+, poto lakou a ak sipò ki gen twou pou mete anba poto yo, rido ki nan antre lakou a, 18 pikèt pou tabènak la, pikèt pou lakou a ansanm ak kòd yo+, 19 rad ki byen tise+ pou sèvis k ap fèt nan tabènak la, rad sakre pou Arawon+, prèt la, ak rad pou pitit gason l yo fè sèvis yo antanke prèt.’”
20 Apre sa, tout Izrayelit yo deplase bò kot Moyiz la. 21 Tout moun kè* yo te pouse yo te vini+, yo te pote kontribisyon pou Jewova, kontribisyon pou tant reyinyon an, pou sèvis k ap fèt anndan l lan e pou rad sakre yo. 22 Ni gason ni fi kè yo te pouse yo te pote bwòch, zanno, bag, ak lòt bijou ankò e yo te pote tout kalite bagay ki fèt annò. Yo tout te pote lò kòm ofrann* pou Jewova+. 23 Tout moun ki te gen fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, twal len bon kalite, plim kabrit, po mouton ki tenn ak tenti wouj ansanm ak po fòk te pote yo vini. 24 Tout moun ki t ap fè ofrann ajan ak kuiv te pote kontribisyon an pou Jewova, e tout moun ki te gen bwa akasya te pote yo vini pou fè tout sa k te gen pou fèt pou tabènak la.
25 Tout fi ki te fò nan travay yo te konn fè yo+ te file fil ak men yo, e yo te pote sa yo te file yo: fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len. 26 Tout fi kè yo te pouse yo e ki te fò nan travay yo te konn fè yo te fè fil ak plim kabrit.
27 Chèf yo te pote pyè oniks ak lòt pyè yo dwe met sou efòd la ak sou pòch la*+. 28 Yo te pote luil santi bon an, luil pou mete nan lanp yo, luil onksyon an+ ak lansan santi bon an+. 29 Tout gason ak fi kè yo te pouse yo te pote yon bagay pou travay Jewova te bay lòd fè a. Se Moyiz Bondye te itilize pou l bay Izrayelit yo lòd sa a. Sa Izrayelit yo te bay pou Jewova a se kè yo ki te pouse yo bay li+.
30 Apre sa, Moyiz di Izrayelit yo: “Tande, Jewova chwazi Betsalèl, pitit gason Ouri, ki se pitit gason Ou, moun tribi Jida+. 31 Li met lespri l sou li, li ba li sajès, bon konprann ak konesans pou l ka fè tout kalite travay ak men l, 32 pou l trase plan, pou l travay ak lò, ak ajan, ak kuiv, 33 pou l travay pyè ki gen anpil valè, pou l fè monti pou l mete yo e pou l fè tout kalite bèl bagay an bwa. 34 Bondye bay ni li menm ni Owolyab+, pitit gason Ayisamak, moun tribi Dann, kapasite pou yo anseye lòt moun. 35 Li ba yo kapasite*+ pou yo fè tout kalite travay ak men yo, travay moun ki konn bwode ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, bon fil len e ki konn fè twal. Mesye sa yo ap fè tout kalite travay e y ap trase tout kalite plan.
36 “Betsalèl ap gen pou l travay ansanm ak Owolyab ak tout mesye ki fò nan travay yo te konn fè yo*, moun Jewova te bay sajès ak bon konprann pou yo konnen jan pou yo fè tout travay ki gen rapò ak kote ki sakre a, jan Jewova te mande pou sa fèt la+.”
2 Apre sa, Moyiz rele Betsalèl ak Owolyab ansanm ak tout mesye ki fò nan travay yo te konn fè yo, moun Jewova te bay sajès yo+, wi, tout moun kè yo te pouse yo pou yo vin fè travay la+. 3 Yo te pran tout kontribisyon+ Izrayelit yo te bay pou yo fè travay ki gen rapò ak kote ki sakre a nan men Moyiz. Sepandan, chak maten, Izrayelit yo te kontinye pote ofrann ba li e yo te fè sa ak tout kè yo.
4 Men, apre mesye ki fò nan travay yo te konn fè yo te kòmanse fè travay sakre a, yo tout t al kot Moyiz youn apre lòt, 5 yo t ap di l: “Pèp la bay plis pase sa k nesesè pou nou fè travay Jewova te bay lòd fè a.” 6 Se sa k fè Moyiz te mande pou yo fè yon anons nan tout kan an. Li te di: “Pèsonn, ni gason ni fi, pa dwe kontinye pote kontribisyon pou travay sakre a.” Lè sa a, pèp la sispann pote bagay vini. 7 Sa pèp la te pote yo te ase pou yo fè tout travay la. Yo te menm bay plis pase sa k te nesesè.
8 Konsa, tout mesye ki fò nan travay yo te konn fè yo+ te fè tabènak*+ la ak dis twal tant ki fèt ak bon fil len ki tòde, fil ble, lenn vyolèt ak twal wouj vif. Li* te fè yo e li te bwode desen cheriben sou yo+. 9 Chak twal tant te mezire 28 koude* longè ak 4 koude lajè. Tout twal tant yo te menm gwosè. 10 Apre sa, li koud senk nan dis twal tant yo ansanm, e li koud senk lòt yo ansanm. 11 Epi, li fè pasan ak fil ble arebò youn nan twal ki nan pwent senk twal ki koud ansanm yo, e li fè menm bagay la tou arebò youn nan twal ki nan pwent senk lòt twal ki koud ansanm yo kote y ap kole ansanm nan. 12 Li fè 50 pasan nan youn nan twal tant yo e li fè 50 pasan nan lòt twal tant lan kote twal yo pral kole ansanm nan. Pasan yo te youn anfas lòt. 13 Epitou, li fè 50 agraf annò, li kole twal yo ak agraf yo e twal yo te fè yon sèl twal tant pou tabènak la.
14 Apre sa, li fè 11 twal tant ak plim kabrit pou l kouvri tabènak la+. 15 Chak twal tant te mezire 30 koude longè ak 4 koude lajè. Tout 11 twal tant yo te menm gwosè. 16 Apre sa, li koud senk nan twal tant sa yo ansanm e li koud sis lòt twal tant yo ansanm. 17 Epitou, li fè 50 pasan arebò youn nan twal ki nan pwent senk twal ki koud ansanm yo e li fè 50 pasan arebò youn nan twal ki nan pwent sis twal ki koud ansanm yo kote yo pral kole ansanm nan. 18 Apre sa, li fè 50 agraf an kuiv pou l ka tache twal yo ansanm pou yo fè yon sèl twal.
19 Li fè yon kouvèti pou tant lan ak po mouton ki tenn ak tenti wouj, e li fè yon lòt kouvèti ak po fòk* pou mete sou kouvèti ki fèt ak po mouton an+.
20 Apre sa, li fè ankadreman pou tabènak la ak bwa akasya+. Ankadreman sa yo te ret kanpe dwat+. 21 Chak ankadreman te mezire dis koude wotè ak yon koude edmi lajè. 22 Chak ankadreman te gen de tenon* youn sou kote lòt. Se konsa l te fè tout ankadreman yo pou tabènak la. 23 Li te fè 20 ankadreman pou fasad tabènak la ki bay nan direksyon sid la. 24 Apre sa, li fè 40 sipò ann ajan ki gen twou nan mitan yo pou mete anba 20 ankadreman yo, e li te mete de sipò anba chak ankadreman pou resevwa de tenon ki nan ankadreman yo+. 25 Li te fè 20 ankadreman pou lòt bò tabènak la, sa vle di fasad ki te bay nan direksyon nò a, 26 e li te fè 40 sipò ann ajan pou ankadreman sa yo, de sipò pou chak ankadreman.
27 Li te fè sis ankadreman pa dèyè tabènak la ki te bay nan direksyon lwès+. 28 Li te fè de ankadreman ki te sèvi kòm de poto kwen pou dèyè tabènak la. 29 Li te double ankadreman sa yo depi anba rive jis anwo. Li te fè de ankadreman yo fè yon sèl lè yo rive nan premye gwo bag la. Li te fè sa pou toude poto kwen yo. 30 Antou te gen uit ankadreman ak 16 sipò ann ajan ki gen twou ladan yo, de sipò anba chak ankadreman.
31 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya pou ankadreman yo, senk baton pou ankadreman ki nan yon bò tabènak la+, 32 senk baton pou ankadreman ki nan lòt bò a ak senk baton pou ankadreman ki pou dèyè tabènak la ki bay nan direksyon lwès. 33 Li fè baton k ap nan mitan an, baton k ap pase nan ren ankadreman yo, soti nan yon pwent tabènak la rive nan lòt pwent lan. 34 Li kouvri ankadreman yo ak lò, li fè gwo bag annò pou met sou yo pou kenbe baton yo e li kouvri baton yo ak lò+.
35 Apre sa, li fè yon rido+ ak fil ble, ak lenn vyolèt, ak fil wouj vif, ak bon fil len tòde e li bwode desen+ cheriben+ sou li. 36 Li fè kat poto akasya, li kouvri yo ak lò. Li fè kwochèt annò e li fè kat sipò ann ajan ki gen twou ladan yo pou poto yo. 37 Apre sa, li fè yon lòt rido pou antre tant lan. Li te tise fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde pou l fè l+. 38 Epi li fè senk poto pou rido a ansanm ak kwochèt pou met sou poto yo. Li kouvri ni tèt poto yo ni pyès pou fè koneksyon yo ak lò, men li fè senk sipò pou poto yo an kuiv.
37 Apre sa, Betsalèl+ fè Lach la+ ak bwa akasya. Li te mezire de koude* edmi longè, yon koude edmi lajè ak yon koude edmi wotè+. 2 Li te kouvri l ak bon lò ni anndan ni deyò e li te fè yon bòdi annò toutotou l+. 3 Apre sa, li fè kat bag annò pou Lach la pou l mete pa anlè chak pye l yo. Li te met de bag sou yon bò, de bag sou lòt bò a. 4 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e li kouvri yo ak lò+. 5 Epi, li mete baton yo nan bag yo, sou kote Lach la, pou yo pote Lach la+.
6 Li te fè kouvèti Lach la ak bon lò+. Kouvèti a te mezire de koude edmi longè ak yon koude edmi lajè+. 7 Apre sa, li fè de cheriben+ annò sou de pwent kouvèti a. Li te ba yo fòm ak mato+. 8 Yon cheriben te sou yon pwent e lòt cheriben an te sou lòt pwent lan. 9 De cheriben yo te youn anfas lòt e figi yo te bay sou kouvèti a+. Zèl yo te ouvri pa anlè pou yo kouvri kouvèti a+.
10 Apre sa, li fè yon tab ak bwa akasya+. Li te mezire de koude longè, yon koude lajè ak yon koude edmi wotè+. 11 Li te kouvri l ak bon lò e li te fè yon bòdi annò toutotou l. 12 Apre sa, li fè yon ankadreman ki mezire lajè kat dwèt* sou arebò tab la e li fè yon bòdi annò pou ankadreman an. 13 Epitou, li fè kat gwo bag annò pou tab la e li mete bag yo nan kat kwen tab la, kote pye yo kole ak tab la. 14 Bag yo te toupre ankadreman tab la. Se ladan yo yo te dwe mete baton pou pote tab la. 15 Li te fè baton pou yo pote tab la ak bwa akasya e li te kouvri yo ak lò. 16 Apre sa, li fè veso ki pou tab la ak bon lò: asyèt, koup, bòl ak po. Se avèk yo yo te dwe vide bwason y ap bay kòm ofrann yo+.
17 Epi li fè pòtlanp lan+ ak bon lò. Li te ba l fòm ak mato. Pye pòtlanp lan, kò li, baz flè yo, boujon yo ak flè yo te fè yon sèl pyès+. 18 Te gen sis branch ki te soti sou kò pòtlanp lan, twa branch sou yon bò, twa branch sou lòt bò a. 19 Nan branch ki sou yon bò, te gen twa baz flè ki sanble ak flè pye zanmann. Apre chak baz flè, te gen yon boujon, epi te gen yon flè. Se te menm bagay la pou branch ki sou lòt bò a. Se konsa sis branch yo te ye sou kò pòtlanp lan. 20 Epitou, te gen kat baz flè ki sanble ak flè pye zanmann sou kò pòtlanp lan. Apre chak baz flè, te gen yon boujon, epi te gen yon flè. 21 Te gen yon boujon anba de premye branch ki soti nan kò pòtlanp lan, te gen yon boujon anba de lòt yo, e te gen yon boujon anba de dènye yo. Se konsa sa te ye pou sis branch ki soti nan kò pòtlanp lan. 22 Tout pòtlanp lan nèt, boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ki fèt ak bon lò yo travay ak mato. 23 Apre sa, li sèvi ak bon lò pou l fè sèt lanp pou pòtlanp lan+, pensèt pou kenbe mèch yo ansanm ak veso pou met mèch ki fin boule yo. 24 Li te itilize yon talan* bon lò pou l fè pòtlanp lan ansanm ak tout veso ki mache avè l yo.
25 Apre sa, li fè lotèl pou yo boule lansan an+ ak bwa akasya. Li te fè l kare, li te mezire yon koude longè, yon koude lajè ak de koude wotè. Kòn lotèl la te fè yon sèl ak lotèl la+. 26 Apre sa, li kouvri lotèl la ak bon lò, ni tèt lotèl la, ni arebò l yo, ni kòn li yo. Epi, li fè yon bòdi annò toutotou l. 27 Li te fè bag annò tou e li te mete yo anba bòdi lotèl la, de sou yon bò, de sou lòt bò a. Se ladan yo yo te mete baton pou yo pote lotèl la. 28 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e l kouvri yo ak lò. 29 Mete sou sa, li fè luil onksyon ki sakre a+, li fè lansan santi bon an+, yon lansan ki te pwòp e ki te byen melanje*.
38 Li te fè lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo ak bwa akasya. Lotèl la te kare, li te mezire senk koude* longè, senk koude lajè ak twa koude wotè+. 2 Apre sa, li fè yon kòn nan chak kwen lotèl la. Kat kòn yo te fè yon sèl ak lotèl la. Epi, li kouvri l ak kuiv+. 3 Apre sa, li fè tout bagay ki mache ak lotèl la: bokit yo, pèl yo, kivèt yo, fouch yo, ak veso pou mete chabon dife yo. Li te fè tout bagay sa yo an kuiv. 4 Mete sou sa, li te fè yon gri an kuiv pou lotèl la, li te mete l pi ba pase ankadreman ki antoure lotèl la e li te rive prèske nan mwatye wotè lotèl la. 5 Li te fè kat gwo bag e li te mete yo nan kat kwen lotèl la, toupre gri an kuiv la, pou yo resevwa baton yo. 6 Apre sa, li fè baton ak bwa akasya e li kouvri yo ak kuiv. 7 Li te mete baton yo nan bag yo, ki sou de bò lotèl la, pou yo pote lotèl la. Li te fè lotèl la ak planch, li te tankou yon kòf ki san fon.
8 Apre sa, li fè basen an+ ak pye basen an an kuiv. Se glas* ki te pou medam ki t ap sèvi devan tant reyinyon an li te itilize pou l fè yo. Medam sa yo t ap fè sèvis yo dapre aranjman ki te fèt pou sa.
9 Apre sa, li fè lakou a+. Li fè rido ak bon fil len tòde pou lakou a pou bò ki te bay nan direksyon sid la. Rido sa yo te mezire 100 koude longè lè w mete yo ansanm+. 10 Te gen 20 poto sou bò sa a ansanm ak 20 sipò an kuiv ki gen twou ladan yo e te gen kwochèt pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo ki te fèt ann ajan. 11 Pou bò ki te bay nan direksyon nò a, te gen rido ki te mezire 100 koude longè lè w mete yo ansanm. Te gen 20 poto an kuiv ak 20 sipò an kuiv pou poto yo. Kwochèt ki te pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te ann ajan. 12 Nan bò ki te bay nan direksyon lwès la, rido yo te mezire 50 koude lè w mete yo ansanm. Te gen dis poto ak dis sipò, e kwochèt pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te ann ajan. 13 Fasad ki te bay nan direksyon lès la, nan direksyon solèy leve a, te mezire 50 koude lajè. 14 Sou yon bò antre lakou a, te gen rido ki te mezire 15 koude lè n mete yo ansanm e te gen twa poto ak twa sipò pou anba yo. 15 Sou lòt bò antre lakou a, te gen rido ki te mezire 15 koude lè n mete yo ansanm, te gen twa poto ak twa sipò anba poto yo. 16 Tout rido ki antoure lakou a te fèt ak bon fil len tòde. 17 Sipò pou poto yo te fèt an kuiv, kwochèt pou poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te fèt ann ajan. Yo te kouvri tèt poto yo ak ajan. Te gen pyès pou fè koneksyon ann ajan pou tout poto ki te nan lakou a+.
18 Rido pou antre lakou a te fèt ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif, ak bon fil len tòde. Li te mezire 20 koude longè ak 5 koude wotè. Li te menm wotè ak rido ki te antoure lakou a+. 19 Kat poto yo ak sipò yo te fèt an kuiv. Kwochèt pou poto sa yo te fèt ann ajan, tèt poto yo ak pyès pou fè koneksyon yo te kouvri ak ajan. 20 Tout pikèt tabènak* la ak pikèt ki te toutotou lakou a te fèt an kuiv+.
21 Men lis bagay yo te itilize pou yo fè tabènak la ki te gen lach alyans lan+ anndan l. Se Moyiz ki te bay lòd pou yo fè lis sa a e se Levit yo+ ki te fè l anba sipèvizyon Itama+, ki se pitit gason Arawon, prèt la. 22 Betsalèl+, pitit gason Ouri, ki se pitit gason Ou, moun tribi Jida, te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd fè yo. 23 Owolyab+, pitit gason Ayisamak, moun tribi Dann, te ansanm avè l. Owolyab te yon atizan. Li te konn bwode e li te tise twal ak fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len.
24 Kantite lò yo te itilize pou fè travay ki gen rapò ak kote ki sakre a se te 29 talan* lò plis 730 chekèl* lò, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. Se te lò yo te balanse kòm ofrann pou Bondye a+. 25 Kantite ajan moun yo te anrejistre nan pèp la te pote a se te 100 talan ak 1 775 chekèl, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*. 26 Mwatye chekèl chak moun te bay la se te mwatye chekèl ki te nan kote ki sakre a*. Se kantite sa a chak gason yo te anrejistre yo te bay. Gason sa yo te gen 20 an pou pi piti+. Antou te gen 603 550 gason ki te anrejistre+.
27 Sipò yo te fè pou kote ki sakre a ak sipò yo te fè pou rido a te fèt ak 100 talan ajan antou. Te gen 100 sipò, yo te fèt ak 100 talan ajan, sa vle di yon talan pou chak sipò+. 28 Li te fè kwochèt pou poto yo e l te kouvri tèt poto yo ak 1 775 chekèl ajan an. Apre sa, li relye poto yo ansanm.
29 Kantite kuiv yo te ofri a* se te 70 talan kuiv ak 2 400 chekèl kuiv. 30 Avèk kantite kuiv sa a, li te fè sipò pou antre tant reyinyon an, lotèl an kuiv la, gri an kuiv pou lotèl la, tout lòt bagay ki mache ak lotèl la, 31 sipò ki gen twou ladan yo ki pou lakou a, sipò pou antre lakou a, pikèt pou tabènak la ak pikèt pou tout lakou a+.
39 Yo te fè rad ki byen tise avèk fil ble, lenn vyolèt ak fil wouj vif+ pou sèvis k ap fèt nan kote ki sakre a. Yo te fè rad sakre Arawon yo+, jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a.
2 Li* te fè efòd*+ la avèk lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde. 3 Yo te bat lò ak mato pou yo fè fèy lò e yo te koupe fèy yo fè fil pou yo mete ak fil ble a, lenn vyolèt la, fil wouj vif la ak bon fil len an, e yo te bwode l. 4 Yo te fè moso twal k ap nan zepòl efòd la. Yo te tache yo nan de pwent li yo. 5 Yo te tise senti efòd la ak menm bagay yo: lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde pou yo te ka mare efòd la byen mare+, jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a.
6 Apre sa, yo mete pyè oniks yo nan monti annò e yo grave non pitit Izrayèl yo sou yo, menm jan ak lè y ap fè yon so+. 7 Li mete yo sou de moso twal ki nan zepòl efòd la pou Bondye ka sonje pitit Izrayèl yo+, jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a. 8 Apre sa, li bwode pòch* la+ e li fè l ak menm bagay li te fè efòd la: lò, fil ble, lenn vyolèt, fil wouj vif ak bon fil len tòde+. 9 Lè yo te pliye pòch la, li te kare. Ni longè l ni lajè l te mezire lajè yon men*. 10 Yo te mete kat ranje pyè sou li. Premye ranje a te gen ribi, topaz ak emwod. 11 Dezyèm ranje a te gen tikwaz, safi ak jasp. 12 Twazyèm ranje a te gen lechèm*, agat ak ametis. 13 E katriyèm ranje a te gen krizolit, oniks ak jad. Yo te mete yo nan monti ki annò. 14 Pyè yo te koresponn ak non 12 pitit Izrayèl yo. Sou chak pyè, yo te grave non youn nan 12 tribi Izrayèl yo, menm jan ak lè y ap fè yon so.
15 Apre sa, yo fè chèn ak bon lò pou yo met sou pòch la e yo te trese yo tankou kòd+. 16 Yo te fè de monti annò ak de bag annò e yo te tache de bag yo nan de pwent pòch la. 17 Apre sa, yo pase de kòd annò yo nan de bag ki nan de pwent pòch la. 18 Epi, yo fè de pwent kòd yo pase nan de monti yo e yo tache yo pa devan sou de moso twal ki nan zepòl efòd la. 19 Apre sa, yo fè de bag annò, yo mete yo nan de lòt pwent pòch la sou anndan e yo te bay sou efòd la+. 20 Epi, yo fè de lòt bag annò e yo mete yo sou efòd la, pa devan, pi ba de moso twal ki nan zepòl efòd la e toupre kote li rankontre a, pa anlè senti ki tise ki sou efòd la. 21 Finalman, yo pase yon kòd ble nan bag pòch la e yo mare l nan bag efòd la. Konsa, pòch la te rete nan plas li, sou efòd la, anlè senti a, jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a.
22 Apre sa, li tise gwo rad long san manch k ap anba efòd la ak fil ble+. 23 Te gen yon ouvèti nan tèt gwo rad long ki san manch lan, nan mitan, tankou ouvèti ki nan tèt jile ki gen ti plak an metal yo. Ouvèti sa a te gen yon bòdi toutotou l ki te anpeche l chire. 24 Apre sa, yo te fè grenad pou yo met sou woulèt gwo rad long san manch lan ak fil ble, lenn vyolèt, ak fil wouj vif yo te tòde ansanm. 25 Mete sou sa, yo te fè ti klòch ak bon lò e yo te mete yo nan mitan grenad yo sou woulèt gwo rad san manch lan. 26 Yo te mete yon ti klòch apre chak grenad sou tout woulèt gwo rad long san manch lan ki te pou sèvis k ap fèt nan kote ki sakre a, jan Jewova te bay Moyiz lòd la.
27 Apre sa, yo tise bon fil len pou yo fè wòb pou Arawon ak pitit gason l yo+, 28 pou yo fè gwo mouchwa espesyal la+ ki fèt ak bon fil len an, bèl mouchwa+ ki fèt ak bon fil len yo, kalson ki te fèt ak bon fil len+ tòde yo 29 ansanm ak senti ki te fèt ak bon fil len ki tòde, fil ble, lenn vyolèt ak twal wouj vif la, jan Jewova te bay Moyiz lòd fè a.
30 Finalman, yo te fè plak sakre* ki te byen klere a ak bon lò e yo te grave l menm jan ak lè y ap fè yon so. Yo te ekri “Jewova sen” sou li+. 31 Yo te mete yon kòd ki fèt ak fil ble ladan l pou yo mare l sou gwo mouchwa espesyal la, jan Jewova te bay Moyiz lòd la.
32 Se konsa yo te fin fè tout travay ki te gen rapò ak tabènak* la oswa tant reyinyon an. Izrayelit yo te fè tout travay Jewova te bay Moyiz lòd fè yo+. Yo te fè egzakteman sa Bondye te mande a.
33 Apre sa, yo pote tabènak la+ bay Moyiz ansanm ak tant lan+, tout bagay ki te anndan l yo, agraf yo+, ankadreman yo+, baton yo+, poto yo, sipò ki gen twou ladan yo a+, 34 kouvèti ki te fèt ak po mouton yo te tenn ak tenti wouj la+, kouvèti ki te fèt ak po fòk la, rido ki fè separasyon an+, 35 lach alyans lan*, baton pou pote l yo+, kouvèti+ Lach la, 36 tab la, sa k mache avè l yo+, pen yo konn prezante devan Bondye kòm ofrann yo, 37 pòtlanp lan ki te fèt ak bon lò, lanp li yo+ k ap fè yon sèl ranje, tout sa k mache ak pòtlanp lan+, luil pou lanp yo+, 38 lotèl+ annò a, luil onksyon an+, lansan santi bon an+, rido+ ki nan antre tant lan, 39 lotèl ki an kuiv la+, gri an kuiv pou lotèl la, baton l yo+, tout sa ki mache avè l yo+, basen an ak pye l+, 40 rido pou lakou a, poto pou lakou a ak sipò pou poto yo+, rido+ pou antre lakou a, kòd li yo, pikèt li yo+ ak tout sa ki gen rapò ak sèvis k ap fèt nan tabènak la oswa tant reyinyon an, 41 rad ki byen tise pou sèvis k ap fèt nan tabènak la, rad sakre pou Arawon, prèt la+, ak rad pou pitit gason l yo fè sèvis yo antanke prèt.
42 Izrayelit yo te fè tout travay la jan Jewova te bay Moyiz lòd la+. 43 Lè Moyiz enspekte tout travay yo te fè a, li wè yo te fè egzakteman sa Jewova te bay lòd pou yo fè a. Apre sa, Moyiz beni yo.
40 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Nan premye mwa a, nan premye jou nan mwa a, w ap monte tabènak* la oswa tant reyinyon an+. 3 W ap mete lach alyans lan* anndan l+ e w ap bare Lach la ak rido a+. 4 W ap mete tab la+ anndan l e w ap ranje tout bagay ki mache ak tab la nan plas yo. W ap mete pòtlanp lan+ anndan l e w ap limen lanp yo+. 5 Apre sa, w ap mete lotèl annò pou boule lansan an+ pa devan lach alyans lan e w ap mete rido ki pou antre tabènak la nan plas li+.
6 “W ap mete lotèl pou ofri sakrifis n ap boule nèt yo+ devan antre tabènak la oswa tant reyinyon an, 7 w ap met basen an ant tant reyinyon an ak lotèl la e w ap mete dlo ladan l+. 8 Apre sa, w ap monte lakou a+ toutotou l e w ap mete rido+ ki pou antre lakou a nan plas li. 9 Apre sa, w ap pran luil onksyon an+ e w ap vide enpe sou tabènak la ak sou tout sa ki anndan l yo+. Konsa, w ap met tabènak la ak tout sa ki anndan l yo apa e l ap vin yon bagay ki sakre. 10 W ap vide enpe nan luil sa a sou lotèl pou ofri sakrifis n ap boule nèt yo ak sou tout sa ki mache avè l yo pou w mete l apa. Konsa, l ap vin yon lotèl ki sakre anpil+. 11 Apre sa, w ap vide enpe nan luil sa a sou basen an ak pye l pou w ka mete l apa.
12 “Apre sa, w ap fè Arawon ak pitit gason l yo pwoche devan antre tant reyinyon an e w ap fè yo benyen+. 13 W ap abiye Arawon ak rad sakre yo+ e w ap vide enpe nan luil onksyon an sou li+ pou w mete l apa pou mwen pou l kapab sèvi m antanke prèt. 14 Apre sa, w ap fè pitit gason l yo pwoche, w ap mete wòb yo sou yo+ 15 e w ap vide enpe nan luil sa a sou yo, menm jan w te fè sa pou papa yo+. Konsa, y ap kapab sèvi m antanke prèt. Lefètke w vide luil sou pitit gason l yo, y ap gen dwa pou yo sèvi m antanke prèt pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon+.”
16 Moyiz te fè egzakteman tout sa Jewova te ba l lòd fè yo+.
17 Nan dezyèm ane a, nan premye mwa a, nan premye jou nan mwa a, Moyiz te monte tabènak la+. 18 Lè Moyiz t ap monte tabènak la, li te met sipò l yo+ ki gen twou ladan yo atè, li te met ankadreman l yo+ kanpe, li te pase baton yo+ nan plas yo e li te met poto l yo kanpe. 19 Moyiz te mete twal tant lan+ sou ankadreman tabènak la e li te met kouvèti tabènak la+ sou li, egzakteman jan Jewova te ba l lòd pou l fè sa a.
20 Apre sa, Moyiz pran de wòch plat yo+, li mete yo anndan Lach la+, li mete baton yo+ nan plas yo sou de bò Lach la e li mete kouvèti+ Lach la sou li+. 21 Apre sa, Moyiz mete Lach la anndan tabènak la, li mete rido+ separasyon an nan plas li pou l bare lach alyans lan+, egzakteman jan Jewova te ba l lòd pou l fè sa a.
22 Apre sa, li mete tab la+ nan tant reyinyon an sou bò ki bay nan direksyon nò a, pa deyò rido a, 23 e li mete pen+ youn sou lòt sou tab la devan Jewova, egzakteman jan Jewova te ba l lòd pou l fè sa a.
24 Moyiz te mete pòtlanp lan+ nan tant reyinyon an, anfas tab la, nan bò ki bay nan direksyon sid la 25 e li te limen lanp yo+ devan Jewova, egzakteman jan Jewova te ba l lòd pou l fè sa a.
26 Apre sa, Moyiz mete lotèl annò a+ anndan tant reyinyon an, devan rido a, 27 pou l boule+ lansan santi bon sou li+, egzakteman jan Jewova te ba l lòd pou l fè sa a.
28 Apre sa, li mete rido+ ki pou antre tabènak la nan plas li.
29 Moyiz te mete lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo+ devan antre tabènak la, oswa tant reyinyon an, pou l ofri sakrifis l ap boule nèt sou li+, pou l ofri manje angren, egzakteman jan Jewova te ba l lòd pou l fè sa a.
30 Apre sa, li mete basen an ant tant reyinyon an ak lotèl la e li met dlo ladan l pou prèt yo ka lave men yo ak pye yo+. 31 Moyiz, Arawon ak pitit gason l yo te lave men yo ak pye yo la. 32 Lè yo* t ap antre nan tant reyinyon an oswa yo t ap pwoche bò kot lotèl la, yo te lave men yo ak pye yo+, egzakteman jan Jewova te bay Moyiz lòd la.
33 Finalman, li monte lakou a+ toutotou tabènak la ak lotèl la e li mete rido ki pou antre lakou a+ nan plas li.
Konsa, Moyiz te fini ak tout travay la. 34 Nyaj la te kòmanse kouvri tant reyinyon an e glwa Jewova te ranpli tabènak la+. 35 Moyiz pa t ka antre nan tant reyinyon an paske nyaj la te rete sou li e glwa Jewova te ranpli tabènak la+.
36 Pandan tout tan Izrayelit yo te fè ap vwayaje a, chak fwa nyaj la te monte anlè e li kite tabènak la, Izrayelit yo te ranmase zafè yo y ale+. 37 Men, toutotan nyaj la te rete sou tèt tabènak la, yo te rete kote yo te ye a jiskaske nyaj la te monte anlè+. 38 Pandan tout tan Izrayelit yo te fè ap vwayaje a, lajounen, nyaj Jewova a te rete anlè tabènak la, men nan nuit, te gen yon dife ki te rete anlè l, e tout Izrayelit yo te wè l+.
Oswa: “Tout nanm ki te soti nan ren Jakòb se te 70 nanm”.
Lit.: “Pitit gason Izrayèl yo”.
Oswa: “yon desandan”.
Sa vle di: “Retire nan”, sètadi sove nan mitan dlo.
Oswa: “lè Moyiz te kòmanse gen anpil fòs”.
Oswa: “defann”.
Anpalan de Jetwo.
Sa vle di: “Yon etranje isit la”.
Lit.: “Apre anpil jou”.
Lit.: “Bondye papa w”.
Oswa: “adore”.
Oswa: “vle”.
Oswa: “M ap tounen sa m ap tounen”. Gade Apendis A4.
Oswa: “pèmèt”.
Lit.: “m ap avèk bouch ou”.
Oswa: “w ap reprezante Bondye pou li”.
Oswa: “chèche nanm ou”.
Gen kèk lòt maniskri ki di: “zanj Jewova a”.
Petèt y ap pale de pitit gason Moyiz la.
Oswa: “yon kouto ki fèt ak wòch silèks”.
Oswa: “al pote chay nou”.
Lit.: “pa ka pran sant nou”.
Lit.: “mwen te leve men m anlè”.
Lit.: “po bouch mwen pa sikonsi”.
Lit.: “po bouch mwen pa sikonsi”.
Lit.: “fè w tounen Bondye”.
Anpalan de kanal dlo ki sot nan Rivyè Nil la.
Oswa: “bòl”.
Lit.: “dwèt Bondye”.
Yon kalite mouch ki konn mòde.
Oswa: “kontinye pase nou nan jwèt”.
Oswa: “efase”.
Petèt se te gwo kout zèklè.
Se yon kalite manje angren.
Nan tèks ebre a, yo pale de de kalite ble. Youn ladan yo se yon ble ki pa bon kalite yo te konn plante nan peyi Ejip nan tan lontan.
Oswa: “paske se potko sezon pa yo”.
Lit.: “vin yon pyèj pou”.
Sanble se Moyiz.
Oswa: “W ap kite nou ale ak”.
Lit.: “l ap”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “fè lame”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Anpalan de jenn ti mouton oswa jenn ti kabrit.
Lit.: “kite destriksyon an”.
Lit.: “kay ki nan sitèn”.
Oswa: “bòl”.
Anpalan de moun ki pa t Izrayelit. Te gen Ejipsyen pami yo tou.
Lit.: “tout lame”.
Lit.: “ak lame”.
Gade Apendis B15.
Lit.: “ki gen ledven anndan tout fwontyè nou yo”.
Lit.: “ak nan mitan de je nou”.
Lit.: “yon bando nan mitan de je nou”.
Lit.: “avèk men yo leve anlè”.
Sa vle di ant dezè dimaten ak sizè dimaten.
“Ja” se non Jewova yon fason ki kout.
Oswa: “nanm mwen”.
Lit.: “ap gen doulè tranche”.
Anpalan de chèf tribi.
Oswa: “Diktatè Mowab yo”.
Sa vle di: “Anmè”.
Lit.: “Ant de swa yo”.
Lit.: “kay”. Se yon zwazo ki gen anpil vyann (li mezire anviwon 18 sm longè). Vyann li bon anpil, menm jan ak vyann poul.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon omè egal anviwon 2,2 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “n ap obsève yon saba”.
Oswa: “te repoze”.
Petèt non sa a soti nan ekspresyon ebre ki vle di: “Ki sa sa a ye?”
Oswa: “anviwon 7 gwo mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Sa vle di: “Teste; Eprèv”.
Sa vle di: “Diskisyon”.
Sa vle di: “Jewova se poto siyal mwen”.
Sa vle di: “Yon etranje isit la”.
Sa vle di: “Bondye m nan se èd mwen”.
Lit.: “anba men Ejip”.
Sanble ekspresyon sa a vle di nan menm jou yo te kite Refidim nan.
Oswa: “vin yon byen ki gen anpil valè pou mwen”.
Petèt se ak kout flèch.
Lit.: “Pinga nou pwoche bò kot yon fi”.
Oswa: “lòt dye pou nou defye m”. Lit.: “devan figi m”.
Lit.: “dlo ki anba tè a”, sanble se paske dlo ki sou tè a nan yon nivo ki pi ba pase nivo tè a.
Lit.: “ki ret anndan pòtay nou yo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “ak wòch taye”.
Lit.: “rachte”.
Lit.: “kontinye ba l sa l dwe l nan maryaj la”.
Se kapab tou: “yon kout zouti”.
Lit.: “e pitit li yo soti”.
Oswa: “pa blese grav”.
Anpalan de fi a oswa pitit la.
Oswa: “se pou w bay nanm pou nanm”.
Oswa: “yon reparasyon”.
Oswa: “nanm li”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Sa vle di devan jij yo ki te reprezante vrè Dye a.
Sandout akoz li te fè neglijans oswa akoz li pa t fè anyen pou anpeche sa fèt.
Oswa: “yon òfelen”.
Oswa: “ki nan mizè”.
Oswa: “moun k ap bay ponya”.
Lit.: “po”.
Oswa: “ki gen mizèrikòd”.
Oswa: “joure”.
Anpalan de près pou fè diven oswa pou fè luil.
Oswa: “bay temwayaj pifò moun dakò a”.
Lit.: “pawòl”.
Oswa: “pap deklare moun mechan an pa koupab”.
Oswa: “konnen lavi (nanm) yon etranje”.
Gade Apendis B15.
Yo rele fèt sa a tou fèt Semèn yo oswa Pannkòt.
Yo rele fèt sa a fèt Tonèl (Tabènak) tou.
Oswa: “M ap fè kantite jou nou yo konplè”.
Oswa: “m ap fè nou wè do ènmi nou yo”.
Se kapab tou: “panike; pè”.
Anpalan de Rivyè Efrat.
Oswa: “ofrann lapè”.
Sanble liv sa a te gen lwa nou jwenn nan Eg 20:22–23:33.
Oswa: “lenn yo tenn ak tenti wouj vyolèt”.
Se yon bèt ki viv nan lanmè.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la. Gade Lis mo yo esplike yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “plan”.
Oswa: “kòf”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Anviwon 7,4 sm (2,9 pous). Gade Apendis B14.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Oswa: “plan”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Se yon bèt ki viv nan lanmè.
Oswa: “de poto ki kanpe”. An jeneral, yon tenon se yon pwent yo fè nan yon moso planch ki antre nan yon fant oswa nan yon twou yo fè nan yon lòt moso planch.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “moun ki gen sajès nan kè yo”.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la. Gade Lis mo yo esplike yo.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Anviwon 22,2 sm (8,75 pous). Gade Apendis B14.
Pèsonn pa konnen egzakteman ki pyè li te ye. Petèt se te anb, yasent, opal oubyen toumalin.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “yon ouvèti pou tèt li”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “pou w plen men yo”.
Lit.: “semans li”.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “w ap mete siy sakre ki montre Bondye mete Arawon apa pou li a; w ap mete kouwòn sakre a”.
Lit.: “w ap plen men Arawon e w ap plen men pitit gason l yo”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “lè w t ap plen men yo a”.
Lit.: “yon etranje”, anpalan de yon gason ki pa nan fanmi Arawon.
Lit.: “pou w plen men yo”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Anviwon 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “pou nanm li”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Yon gera egal 0,57 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Se yon gonm ki santi bon.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Oswa: “anviwon twa lit edmi”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “Se pou w fè l menm jan ak moun ki konn fè pomad yo”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Lit.: “e ki mete enpe nan luil sa a sou yon etranje”, anpalan de yon gason ki pa nan fanmi Arawon.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Yon gonm santi bon ki soti nan kèk pyebwa.
Pèsonn pa byen konnen ki sa l te ye. Petèt li te soti nan yon plant ki santi bon oswa nan yon bèt ki gen kokiy e ki viv nan lanmè.
Se yon gonm ki soti nan yon plant. Lè yo melanje l ak lòt bagay ki santi bon, li fè yo santi bon plis toujou e li fè bon sant lan dire pi lontan.
Oswa: “Se pou w fè l menm jan ak moun ki konn fè pomad yo”.
Oswa: “touye”.
Lit.: “Mwen rele Betsalèl nan non l”.
Lit.: “moun ki gen sajès nan kè yo”.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “estati yon ti bèf ki fèt ak metal li fonn”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Lit.: “gen kou rèd”.
Oswa: “adousi fas”.
Lit.: “se pou w regrèt”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “te regrèt”.
Oswa: “yon gwo aksyon”.
Lit.: “nou plen men nou”.
Lit.: “semans”.
Lit.: “ki gen kou rèd”.
Lit.: “ki gen kou rèd”.
Lit.: “te retire bèl bagay yo”.
Oswa: “Mwen chwazi w”. Lit.: “Mwen konnen w nan non w”.
Lit.: “Figi m”.
Lit.: “Si figi w”.
Lit.: “mwen konnen w nan non w”.
Oswa: “e ki gen pitye”.
Oswa: “ki gen bonte ki gen lanmou”.
Oswa: “ki fidèl”.
Lit.: “ki gen kou rèd”.
Oswa: “kreye”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “Jewova, non l”.
Oswa: “ki pa dakò okenn rivalite”.
Gade Apendis B15.
Oswa: “obsève saba”.
Yo rele fèt sa a fèt Tonèl (Tabènak) tou.
Sanble se Jewova. Gade vèsè 1.
Lit.: “Dis Pawòl yo”.
Lit.: “li”.
Se yon bèt ki viv nan lanmè.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la. Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “moun pami nou ki gen sajès nan kè yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “lespri”.
Oswa: “lò yo te balanse kòm ofrann”.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la.
Lit.: “sajès nan kè yo”.
Lit.: “tout mesye ki gen sajès nan kè yo”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Sanble se Betsalèl.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Se yon bèt ki viv nan lanmè.
Oswa: “de poto ki kanpe”. An jeneral, yon tenon se yon pwent yo fè nan yon moso planch ki antre nan yon fant oswa nan yon twou yo fè nan yon lòt moso planch.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Anviwon 7,4 sm (2,9 pous). Gade Apendis B14.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Oswa: “e ki te fèt jan moun yo konn fè pomad”.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Anpalan de glas ki te fèt an metal e ki te byen poli.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Yon talan egal 34,2 kg. Gade Apendis B14.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Oswa: “chekèl ki sakre a”.
Oswa: “yo te balanse kòm ofrann nan”.
Sanble “li” ki nan vèsè sa a ak nan vèsè 7, 8 ak 22 a se Betsalèl.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la. Gade Lis mo yo esplike yo.
Anviwon 22,2 sm (8,75 pous). Gade Apendis B14.
Pèsonn pa konnen egzakteman ki pyè li te ye. Petèt se te anb, yasent, opal oubyen toumalin.
Oswa: “yo te fè siy sakre ki montre Bondye mete Arawon apa pou li; yo te fè kouwòn sakre”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “lach Temwayaj la”.
Anpalan de Arawon ak pitit gason l yo.