BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/07 p. 2
  • Pwogram reyinyon sèvis

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwogram reyinyon sèvis
  • Ministè Wayòm nan — 2007
  • Soutit
  • Semèn 9 avril
  • Semèn 16 avril
  • Semèn 23 avril
  • Semèn 30 avril
  • Semèn 7 me
Ministè Wayòm nan — 2007
km 4/07 p. 2

Pwogram reyinyon sèvis

Remak : Pandan gran vakans lan, Ministè Wayòm nan ap gen pwogram pou yon reyinyon sèvis chak semèn. Piske kongregasyon yo ap gen pou yo asiste kongrè distri “ Suiv Kris ! ” la, yo kapab fè modifikasyon yo wè ki nesesè nan pwogram nan. Si nou twouve li apwopriye, rezève 15 minit nan dènye reyinyon sèvis k ap fèt anvan kongrè a pou nou repale sou konsèy presi ki konsène kongregasyon an, konsèy nou jwenn nan paj mitan Ministè Wayòm ki nan men nou an. Yon mwa oswa de mwa apre kongrè a, pran 15 a 20 minit nan yon reyinyon sèvis (petèt nou ka pran tan ki rezève pou bezwen kongregasyon an) pou nou fè yon ti pale sou pwen pwoklamatè yo te note nan kongrè a, pwen yo twouve ki itil yo nan ministè a. Se siveyan sèvis la ki ta dwe fè patisipasyon sa a. Mande moun nan oditwa a pou yo fè yon ti pale sou fason yo aplike enfòmasyon sa yo oswa sou fason yo pral aplike yo nan ministè a.

Semèn 9 avril

Kantik 89

10 min : Anons lokal. Ankouraje tout moun pou yo gade DVD Les jeunes s’interrogent — Que vais-je faire de ma vie ? a pou yo prepare yo pou patisipasyon k ap fèt nan reyinyon sèvis semèn apre a. Atire atansyon sou kare ki rele “ Menu principal ” la, epi esplike ki jan nou kapab navige sou DVD a. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 avril ak Réveillez-vous ! avril. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Nan youn nan demonstrasyon yo, pwoklamatè a ap soulve yon kesyon l ap gen pou l reponn lè l retounen al vizite moun nan.

15 min : “ Nou tout kapab kontribye pou fè yon nouvo disip. ”a Lè n ap egzamine paragraf 4 la, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou fason lòt moun nan kongregasyon an te ankouraje yo anvan yo te batize. Nou ka fè aranjman alavans pou youn oswa de kòmantè.

20 min : “ Toupatou sou tè a nou pral fè efò pou nou envite moun nan kongrè distri “ Suiv Kris ! ” la. ”b Lè n ap egzamine paragraf 3 a, mande moun ki nan oditwa a pou yo pale de kèk eksperyans yo te fè lè yo t ap distribye fich envitasyon pou kongrè distri ane pase a, oubyen pale de kèk eksperyans yo rapòte nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 2007 la, soti nan paj 7 pou rive nan soutit ki nan paj 10 la.

Kantik 19 ak priyè final.

Semèn 16 avril

Kantik 10

10 min : Anons lokal. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.

15 min : ‘ Bay pawòl Bondye a san nou pa pè. ’ c Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè ki site yo.

20 min : “ Ki sa w ap fè ak lavi w ? ” — Premye pati. d Apre w fin fè kèk kòmantè tou kout sou paragraf 1 ak paragraf 2 a, egzamine chak kesyon yo poze nan paragraf 3 ak nan paragraf 4 la. Lè w ap egzamine kesyon 4 la ki nan paragraf 3 a, fè li toule de vèsè yo. Pou fini, fè revizyon sou kare ki rele “ Menu principal ” la. Ankouraje tout moun pou yo gade “ Interviews ” yo ansanm ak “ Suppléments ” ki nan DVD a pou yo ka prepare yo pou patisipasyon k ap fèt nan reyinyon sèvis nan semèn apre a.

Kantik 91 ak priyè final.

Semèn 23 avril

Kantik 96

10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 8 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante Toudegad 1ye me ak Réveillez-vous ! me a. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.

10 min : Limyè a estrawòdinè ! Yon diskou ki baze sou La Tour de Garde 15 mars 2007, paj 12-14.

25 min : “ Ki sa w ap fè ak lavi w ? ” — Dezyèm pati. e Egzamine tout kesyon yo poze nan paragraf 5-7 la. Pou fini, pale de bonjan egzòtasyon nou jwenn nan paragraf 8 la.

Kantik 76 ak priyè final.

Semèn 30 avril

Kantik 7

5 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa avril.

10 min : Bezwen kongregasyon an.

30 min : “ Suiv Kris lè nou aji yon fason ki diy. ” f Sekretè kongregasyon an ap fè patisipasyon sa a. Di nan ki kongrè kongregasyon an envite. Fè revizyon sou kare “ Rapèl pou kongrè distri a ”.

Kantik 34 ak priyè final.

Semèn 7 me

Kantik 72

10 min : Anons lokal.

15 min : Dispozisyon ki pran anrapò ak lokal kote nou adore Jewova. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Li baze sou chapit 11 liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a.

20 min : “ Lè pa gen moun nan kay la. ” g Se siveyan sèvis la k ap fè patisipasyon sa a.

Kantik 28 ak priyè final.

[Nòt anba paj]

a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

d Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

e Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

f Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

g Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje