Nou dwe bay Jewova anpil louwanj
Y ap selebre Soupe Seyè a 16 avril
1 Tank 16 avril 2003 a ap pwoche, se tank nou rann nou kont moman sa a te dwe rive deja. Jou swa sa a, n ap met ansanm ak plizyè milyon adoratè Bondye parèy nou ki sou tout kò tè a pou nou glorifye non Jewova. Nou dwe bay Jewova tout louwanj li merite pou kalite bèl dispozisyon sa a li pran, anpalan de ranson an. Se grasa ranson an l ap vide gwo benediksyon sou tout moun ki obeyisan. Se avèk tout kè nou n ap di menm pawòl ak salmis la ki te di : “ Jewova gran e nou dwe ba li anpil louwanj. ” — Sòm 145:3.
2 Nan moman nou ye la a, se moman pou nou medite sou bonte Bondye. Se moman tou pou nou medite sou rekonesans nou dwe Jewova pou voye l “ voye sèl Pitit li te fè a nan monn nan pou nou ka jwenn lavi grasa li ”. (1 Jan 4:9, 10.) Lè nou selebre Soupe Seyè a avèk obeyisans, sa ap ede nou grave nan kè nou jan ‘ Jewova gen konpasyon ak mizèrikòd [...] e jan li gen anpil bonte nan kè l ’. (Sòm 145:8.) An reyalite, ranson an se pi bèl fason Jewova demontre li renmen lèzòm (Jan 3:16). Lè nou reflechi sou lanmou Bondye, lè nou pran tan pou nou reflechi sou jan Jezi te rete fidèl lè l te sou tè a, sa pouse nou pou nou bay Jewova louwanj. Anfèt, Jewova tèlman renmen nou, li fè lavi etènèl vin posib pou nou. Poutèt sa, nou pral fè tout letènite ap ba l louwanj. — Sòm 145:1, 2.
3 Annou ede lòt moun vin bay Jewova louwanj : Ranson Bondye bay la se yon kado san parèy. Rekonesans nou genyen pouse nou al envite moun yo vin bay Jewova louwanj avèk nou. Men sa Bondye te enspire salmis la pou l di : “ Lè yo tande pale jan w gen anpil bonte, y ap debòde ak lajwa, e akoz jistis ou, y ap pouse gwo kri ak kè kontan. ” (Sòm 145:7). Ane pase sèlman, Temwen Jewova yo te fè plis pase yon milya èdtan nan predikasyon sou tout kò tè a. Ki rezilta sa bay ? Chak semèn, gen an mwayèn 5 100 moun ki batize pou yo montre yo vwe vi yo bay Jewova. Te gen 15 597 746 moun ki te asiste Memoryal la, sa fè plis pase 9 milyon moun ki pa ko vin pwoklamatè. Sa montre gen bèl pwogrè ki gen pou fèt pi devan ! Antanke pwoklamatè, nou cheri privilèj nou genyen pou nou anonse bon nouvèl la, pou nou dirije kè moun yo sou Jewova, sou Pitit li a, ak sou Wayòm nan.
4 Youn nan bon fason nou ka ankouraje moun yo pou yo onore Jewova, se lè nou envite yo pou yo vin selebre Soupe Seyè a avèk nou. Èske w fè lis tout moun ou ta renmen envite nan Memoryal la ? Èske w make non tout moun ki ta bezwen pou w raple yo jou ak lè Memoryal la ? Èske w bay tout moun ki nan lis ou a yon envitasyon ? Si w pa ko fè sa, pwofite fè l nan ti tan ki rete a. Ede yo pou yo konprann rezon ki fè y ap fè selebrasyon sa a. Mete w prè pou w salye vizitè ki vin nan Memoryal la. Mete yo alèz. Prezante yo bay lòt moun. Felisite yo poutèt yo vini.
5 Asiste Memoryal kapab ede yon nouvo fè pwogrè. Gen yon moun k ap etidye Labib ki twouve li trè difisil pou l rete kote ki gen anpil moun apre yon chòk li te sibi. Men, li te vin nan Memoryal la kanmenm. Yo te mande l sa l panse de reyinyon an, li di : “ Se sware ki te pi sakre, e mwen menm, mwen te la. ” Depi lè sa a, li kòmanse asiste reyinyon.
6 Apre Memoryal la : Ki sa ki ka fèt pou ede moun ki enterese sa yo pou yo vin bay Jewova louwanj ? Ansyen yo ap veye ki nouvo ki asiste Memoryal la e y ap pran dispozisyon pou pwoklamatè ki alawotè vizite yo chak san pèdi tan. Pwoklamatè a ap pale ak moun nan sou sa l te aprann ak sou sa l te wè. Petèt gen ladan yo ki ta byen renmen etidye. Pwoklamatè yo ta dwe envite yo pou yo asiste reyinyon regilyèman piske sa ap pèmèt yo gen plis konesans sou Bib la.
7 Gen dispozisyon ki pran pou ankouraje tout moun ki pa pwoklamatè regilye oubyen ki inaktif pou yo asiste reyinyon regilyèman. Si ansyen yo mande w pou w ede yon moun ki inaktif, fè sa san grate tèt. Lè nou demontre nou renmen frè nou nan fason sa a, sa ann amoni avèk yon ankourajman apot Pòl bay kote li di : “ Toutotan nou gen tan favorab pou sa, annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki paran nou nan lafwa. ” — Galat 6:10.
8 Annou tout fè yon efò espesyal pou nou la nan Memoryal k ap fèt 16 avril la. Nou pa ta renmen rate yon moman sakre konsa pou nou bay Jewova louwanj. Wi, depi jodi a e pou toutan, annou bay Jewova louwanj pou gwo travay li fè ! — Sòm 145:21.