BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • nwt Travay 1:1-28:31
  • Travay

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Travay
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Travay

TRAVAY APOT YO

1 O Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte w tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye, depi nan kòmansman+, 2 rive jis jou li monte nan syèl la+. Anvan sa, li te bay apot li te chwazi yo enstriksyon grasa lespri sen+. 3 Apre l te fin soufri jis li mouri, li te ba yo yon pakèt prèv klè pou l montre yo li vivan+. Yo te wè l pandan 40 jou, e li te pale ak yo konsènan Wayòm Bondye a+. 4 Pandan l te reyini ansanm avèk yo, men lòd li te ba yo: “Pa kite Jerizalèm+. Kontinye ret tann sa Papa a pwomèt la+, sa mwen te di nou an. 5 Paske, Jan te batize moun nan dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, y ap batize nou ak lespri sen+.”

6 Konsa, pandan yo te reyini, yo mande l: “Seyè, èske se nan tan sa a w ap met wayòm Izrayèl la sou pye ankò+?” 7 Li di yo: “Nou pa gen pou nou konnen tan oswa epòk Papa a mete anba otorite l+. 8 Men, nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou+, e nou pral sèvi m temwen+ nan Jerizalèm+, nan tout Jide ak nan Samari+, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a+.” 9 Lè l fin di pawòl sa yo, pandan y ap gade l, li monte nan syèl la, e vin gen yon nyaj ki bare l, yo pa wè l ankò+. 10 Kòm yo t ap fikse syèl la pandan l t ap monte a, gen de mesye ak rad blan+ ki vin kanpe bò kote yo, 11 epi yo di: “Nou menm, moun Galile, poukisa nou ret ap gade syèl la? Jezi sa a ki sot nan mitan nou pou l al nan syèl la ap vini menm jan nou te wè l ale a.”

12 Apre sa, yo kite mòn ki rele Mòn Oliv la, yo tounen Jerizalèm+ ki toupre l, nan distans yon moun gen dwa vwayaje nan jou saba*. 13 Lè yo rive, yo monte nan chanmòt kote yo te rete a. Moun ki te la yo se te Pyè, Jan, Jak, Andre, Filip, Toma, Batèlmi, Matye, Jak ki pitit Alfe a, Simon yo te konn rele moun ki zele a, ak Jida ki pitit Jak la+. 14 Yo tout te met tèt ansanm, yo t ap pèsevere nan lapriyè. Te gen kèk medam avèk yo+, tankou Mari, manman Jezi, e te gen frè Jezi yo ki te la tou+.

15 Nan jou sa yo, pandan te gen anviwon 120 moun ki te reyini, Pyè leve kanpe nan mitan frè yo, li di: 16 “Frè m yo, lespri sen te gentan anonse yon pawòl nan Ekriti yo pa mwayen David konsènan Jida+, li menm ki te vin yon gid pou moun ki te arete Jezi yo+. Fòk pawòl sa a te reyalize. 17 Paske, li te nan mitan nou+ e li te gen sèvis pa l pou l akonpli menm jan avèk nou. 18 (Jida sa a te achte yon tè ak lajan yo te ba l pou move zak li te fè a+, e li sot tonbe tèt anba, vant li eklate e trip li gaye+. 19 Tout moun nan Jerizalèm te vin konn sa. Se sa k fè, nan lang pa yo, yo rele tè sa a: Akèldama, ki vle di: “Tè San an.”) 20 Paske, men sa ki ekri nan liv Sòm nan: ‘Se pou kote l abite a vin vid, e se pou pèsonn pa abite ladan l ankò+.’ E men sa ki ekri ankò: ‘Se pou yon lòt moun pran travay li te genyen kòm siveyan an+.’ 21 Se poutèt sa, li nesesè pou yo ranplase l ak youn nan mesye ki te konn akonpaye nou pandan tout tan Seyè Jezi t ap fè travay li* nan mitan nou an, 22 depi lè Jan te batize l+ pou jis jou li te monte nan syèl la+. Moun sa a dwe vin temwen rezirèksyon l ansanm avèk nou+.”

23 Se konsa, yo prezante de moun: Jozèf ki te rele Basabas, yo te rele l Jistis tou, ak Matyas. 24 Epi, yo priye, yo di: “O Jewova, ou menm ki konn kè tout moun+, montre nou kiyès nan de mesye sa yo ou chwazi 25 pou fè sèvis sa a e pou vin apot nan plas Jida te abandone pou l al nan plas li a+.” 26 Donk, yo fè tiraj osò pou mesye yo+, e se sou Matyas li tonbe. Epi, yo vin mete l ansanm ak 11 apot yo.

2 Twouve, jou fèt Pannkòt la+, yo tout te ansanm menm kote a. 2 Bridsoukou, gen yon bri ki sot nan syèl la ki tankou bri yon gwo van ki pase rapid, e bri a gaye nan kay kote yo te chita a+. 3 Epi, yo wè yon bann lang, ki tankou dife, ki parèt e ki gaye pami yo, youn al poze sou chak moun. 4 Yo tout vin ranpli ak lespri sen+, e yo kòmanse pale divès lang, jan lespri a te pèmèt yo fè sa+.

5 Nan moman sa a, te gen yon seri Juif ki te gen lakrentif pou Bondye, ki te soti nan tout nasyon sou tè a, ki te rete nan Jerizalèm+. 6 Se sa k fè, lè bri a fèt la, gen yon gwo foul moun ki vin rasanble, yo pa t konprann sa k ap pase a paske yo chak te tande disip yo k ap pale nan lang pa yo. 7 Wi, yo te sezi anpil, yo t ap di: “Gade! Te kwè tout moun k ap pale yo se moun Galile+? 8 Kòman fè nou chak tande yo k ap pale nan lang manman nou*? 9 Nou menm, moun Pat, moun Medi+, moun Elam+, moun ki abite Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon, moun nan zòn Azi*+, 10 moun Friji, moun Panfili, moun Ejip, moun plizyè zòn nan Libi, ki toupre Sirèn, moun ki soti Wòm ki depasaj isit la, nou menm Juif ansanm ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo+, 11 nou menm moun Krèt ak moun Arabi, nou tande yo k ap pale nan lang pa nou sou bagay estrawòdinè Bondye fè.” 12 Wi, yo tout te sezi, yo pa t konn sa pou yo kwè. Youn t ap di lòt: “Ki sa bagay sa a vle di?” 13 Men, gen lòt moun ki t ap pase disip yo nan rizib, yo t ap di: “Yo sou ak diven*.”

14 Men, Pyè ak 11 lòt apot yo leve kanpe+, e li di byen fò: “Moun Jide ak tout moun Jerizalèm, aprann sa, e koute sa m pral di a. 15 Anfèt, moun sa yo pa sou, jan nou panse l la, paske se nan twazyèm èdtan* nan jounen an nou ye. 16 Okontrè, sa k ap pase la a, se sa pwofèt Jowèl te anonse lè l te di: 17 ‘Bondye di: “Nan dènye jou yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m sou tout kalite moun*. Pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo ap pwofetize*, jèn moun nou yo ap fè vizyon, e granmoun nou yo ap fè rèv+. 18 Epi, nan jou sa yo, m ap vide yon pòsyon nan lespri m ata sou esklav mwen yo, gason kou fi, e y ap pwofetize+. 19 M ap fè yon seri mèvèy* anwo nan syèl la, e m ap bay siy anba sou tè a: ap gen san, dife ak anpil lafimen. 20 Solèy la ap vin tou nwa e lalin nan ap tounen san, anvan gran jou Jewova* a rive, yon jou ki espesyal. 21 E tout moun ki met konfyans yo nan* non Jewova* ap sove+.”’

22 “Moun Izrayèl, tande sa m pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se yon moun Bondye te voye. Sa parèt aklè lè nou wè mirak* ak mèvèy* Bondye te sèvi avè l pou l fè nan mitan nou+, jan nou menm nou konn sa. 23 Mesye sa a, nou te livre l jan Bondye te deside sa, selon sa Bondye te konnen davans+, e nou te fè moun san lwa kloure l sou yon poto e nou te touye l+. 24 Men, Bondye resisite l+, li delivre l anba grif* lanmò, paske li pa t posib pou lanmò kenbe l+. 25 Anfèt, men sa David te di konsènan li: ‘Mwen gen Jewova* devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen. 26 Se poutèt sa, kè m vin kontan, e m ap pale ak anpil jwa. Epi, m ap* repoze avèk espwa. 27 Paske, ou pap kite m* nan Tonm*, ni w pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze+. 28 Ou fè m konnen chemen ki mennen nan lavi a. W ap fè kè m kontan anpil lè m devan w*+.’

29 “Frè m yo, kite m pale alèz avèk nou konsènan David, zansèt nou an, ki mouri e ki antere+, e tonm li la avèk nou jis jodi a. 30 Kòm li te yon pwofèt e li te konnen Bondye te fè l sèman li t ap mete youn nan desandan l* yo chita sou twòn li an+, 31 li te wè rezirèksyon Kris la davans e li te pale de sa. Li te fè konnen yo pa t ap kite Kris nan Tonm* ni kò l pa t ap gentan dekonpoze*+. 32 Bondye resisite Jezi sa a, e se yon bagay nou tout temwen+. 33 Kidonk, kòm Bondye leve l met adwat li+, e li resevwa lespri sen Papa a te pwomèt la+, li vide lespri sen sou nou. Se sa nou wè e se sa nou tande la a. 34 Paske, David pa t monte nan syèl, men se li menm ki di: ‘Jewova* di Seyè m nan: “Chita adwat mwen 35 jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w tankou yon ti ban+.”’ 36 Se sa k fè, se pou tout nasyon Izrayèl la konn sa byen: Jezi nou te kloure sou poto pou l mouri a, Bondye te fè l vin Seyè+, e li te fè l vin Kris+.”

37 Lè yo tande sa, yo santi kè yo fann. Yo di Pyè ak lòt apot yo: “Frè nou yo, ki sa nou dwe fè?” 38 Pyè di yo: “Se pou nou repanti+, e se pou nou chak batize+ nan non Jezi Kris pou nou jwenn padon pou peche nou+, e n ap resevwa lespri sen kòm kado. 39 Paske, pwomès la+ se pou nou, pou pitit nou yo e pou tout moun ki lwen yo, tout moun Jewova*, Bondye nou an, va rele vin jwenn li+.” 40 E li di yo anpil lòt pawòl pou l ba yo yon temwayaj konplè e pou l kontinye ankouraje yo. Men sa l di: “Se pou nou sove kite jenerasyon kòwonpi sa a+.” 41 Konsa, moun ki te byen kontan aksepte pawòl li te di yo te batize+, e jou sa a te gen anviwon 3 000 moun* ki te vin ajoute sou kantite disip yo+. 42 Yo te kontinye pran tan pou yo koute ansèyman apot yo, pou yo reyini ansanm*, pou yo manje ansanm+ e pou yo priye+.

43 Tout moun* te vin gen lakrentif pou Bondye. Apot yo te kòmanse fè anpil mèvèy*, e yo te kòmanse fè anpil mirak+. 44 Tout moun ki te vin kwayan yo te ansanm e yo te pataje tout bagay ansanm. 45 Yo te vann tè yo ak lòt bagay yo te genyen+, e yo te separe kòb la bay tout moun ki te nan bezwen+. 46 Toule jou, yo te reyini ansanm nan tanp lan. Youn te manje lakay lòt, e yo te pataje manje yo genyen ak anpil kè kontan e ak tout kè yo. 47 Yo t ap louwe Bondye, e yo te jwenn favè tout pèp la. Anmenmtan, chak jou, Jewova* te kontinye voye plis moun vin jwenn yo, moun ki t apral jwenn delivrans lan+.

3 Twouve, Pyè ak Jan t ap monte nan tanp lan nan lè priyè a. Se te nan nevyèm èdtan* nan jounen an. 2 Gen moun ki t ap pote yon mesye ki domaje nan pye depi l fèt. Chak jou, yo te konn pote l met bò pòtay tanp lan, pòtay yo rele Bèl la, yon fason pou l te ka mande moun k ap antre nan tanp lan charite. 3 Lè l wè Pyè ak Jan ki pral antre nan tanp lan, li kòmanse mande yo charite. 4 Men, Pyè ak Jan gade mesye a fiks, epi Pyè di l: “Gade nou.” 5 Epi, mesye a gade yo fiks ak espwa l ap jwenn yon bagay nan men yo. 6 Men, Pyè di l: “Mwen pa posede ajan ak lò, men sa m genyen an m ap ba ou l: Nan non Jezi Kris, moun Nazarèt la, leve mache+!” 7 Epi, li pran men dwat mesye a, li fè l leve+. Menm kote a, pye mesye a ak zo jwenti pye l vin djanm+. 8 Li vole l kanpe+ e li kòmanse mache, epi li antre nan tanp lan avèk yo, l ap mache, l ap vole anlè, l ap louwe Bondye. 9 Tout moun te wè l k ap mache e k ap louwe Bondye. 10 Epi, yo vin wè kiyès li ye, yo wè se mesye ki te konn chita ap mande charite nan pòtay tanp lan, pòtay ki rele Bèl la+. Se pa ti sezi yo te sezi lè yo wè sa k te rive mesye a, e se pa ti kontan yo te kontan!

11 Pandan mesye a te kenbe men Pyè ak Jan toujou, tout moun yo te kouri vin jwenn yo sou galri ki rele Kolonad Salomon an+. Moun yo pa t ka pi sezi pase sa. 12 Lè Pyè wè sa, li di moun yo: “Moun Izrayèl, poukisa nou sezi pou sa k pase a? Poukisa n ap gade nou konsa, kòmsi se ak pouvwa pa nou nou fè mesye a mache, oubyen kòmsi se atachman nou gen pou Bondye ki fè sa? 13 Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb la+, Bondye zansèt nou yo, bay Jezi+, Sèvitè l la+, glwa, li menm nou te livre+ e nou te nye devan Pilat, byenke Pilat te deside lage l. 14 Wi, nou te nye l, li menm ki sen e ki jis. Nou te mande pou yo fè nou favè, pou yo lage yon lòt moun pou nou, yon asasen+, 15 tandiske nou touye sila a ki se Gid prensipal ki pèmèt moun jwenn lavi a+. Men, Bondye leve l sot nan lanmò, e nou temwen sa+. 16 Epi, se grasa non l, e se grasa lafwa nou gen nan non l, ki fè mesye sa a vin djanm, mesye sa a n ap gade la a e nou konnen an. E se lafwa nou genyen grasa li ki geri mesye sa a devan nou tout. 17 Kounye a, frè m yo, mwen konnen se paske nou pa t konnen sa nou t ap fè ki fè nou te aji jan nou te aji a+, menm jan ak dirijan nou yo+. 18 Men, se nan fason sa a Bondye reyalize sa l te anonse davans pa mwayen tout pwofèt yo, sètadi Kris la t ap gen pou l soufri+.

19 “Kidonk, se pou nou repanti+, e se pou nou kase tèt tounen+, pou peche nou ka efase+, dekwa pou Jewova li menm fè tan soulajman an rive*, 20 e pou l voye Kris li te chwazi pou nou an, anpalan de Jezi. 21 Moun sa a dwe rete nan syèl la* pou jis epòk kote tout bagay pral tounen jan yo te ye anvan an, tout bagay Bondye te di pa mwayen pwofèt tan lontan yo ki te sen. 22 Anfèt, Moyiz te di: ‘Jewova*, Bondye nou an, ap ban nou yon pwofèt menm jan avèk mwen k ap soti nan mitan pèp nou an+. Nou dwe koute tout sa l di nou+. 23 Wi, tout moun* ki pa koute Pwofèt sa a, y ap detwi yo nèt nan mitan pèp la+.’ 24 Epi, tout pwofèt ki te pale yo te anonse jou sa yo aklè, kòmanse sou Samyèl ak pwofèt ki te vin apre yo+. 25 Nou se pitit pwofèt yo e nou eritye alyans Bondye te fè avèk zansèt nou yo+, lè l te di Abraram: ‘Grasa desandans* ou, tout fanmi sou tè a ap jwenn benediksyon+.’ 26 Apre Bondye te fin chwazi Sèvitè l la, se kote nou an premye li te voye l+ pou l beni nou, lè li te fè nou chak vire kite move aksyon nou yo.”

4 Pandan yo toule de t ap pale ak pèp la, prèt an chèf yo, chèf gad ki t ap veye tanp lan, ansanm ak Sadiseyen yo+ vin kote yo. 2 Mesye sa yo te kontrarye poutèt apot yo t ap anseye pèp la e poutèt yo t ap pale aklè sou rezirèksyon Jezi pami mò yo*+. 3 Se sa k fè yo te met men sou yo*, yo mete yo nan prizon+ annatandan demen rive, paske li te gentan aswè. 4 Men, anpil nan moun ki te tande pawòl apot yo te di yo te kwè, e kantite gason ki te kwè yo te rive anviwon 5 000+.

5 Nan demen, chèf yo, ansyen yo ak espè nan Lalwa yo reyini nan Jerizalèm 6 ansanm ak Àn+, prèt an chèf la, ak Kayif+, Jan, Aleksann ak tout fanmi prèt an chèf la. 7 Yo te mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan yo, epi yo mande yo: “Ki otorite nou genyen pou nou fè sa nou te fè a? Nan non kiyès nou fè l?” 8 Lè sa a, Pyè, ki te ranpli ak lespri sen+, di yo:

“Nou menm, chèf pèp la ak ansyen yo, 9 paske nou te fè yon bon bagay pou yon moun ki domaje+, jodi a n ap poze nou kesyon pou nou konnen kiyès ki geri l, 10 ebyen, n ap fè nou tout ansanm ak tout pèp Izrayèl la konnen se nan non Jezi Kris, moun Nazarèt+ nou te kloure sou yon poto pou l mouri a+, li menm Bondye te leve sot nan lanmò a+, se grasa li mesye sa a kanpe enganm devan nou la a. 11 Se li menm ki ‘wòch nou menm moun k ap bati yo pa t pran pou anyen an, men ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an*+’. 12 Mete sou sa, okenn lòt moun pa ka ban nou delivrans, paske Bondye pa t bay non okenn lòt moun+ anba syèl la pami lèzòm ki ka pèmèt nou sove+.”

13 Lè yo wè jan Pyè ak Jan te alèz pou yo pale*, lè yo remake yo se moun ki pa t fè gwo etid* e ki pa nan gwo pozisyon+, yo sezi. Epi, yo vin rann yo kont mesye sa yo te konn avèk Jezi+. 14 Lè yo gade mesye ki te geri a ki kanpe bò kote yo+, sa fè yo pa t jwenn anyen pou yo di+. 15 Se konsa, yo bay mesye yo lòd pou yo soti nan sal Sanedren an, epi yo kòmanse diskite bagay la antre yo, 16 yo di: “Ki sa n dwe fè ak mesye sa yo+? Paske, an reyalite, yo sot fè yon mirak estrawòdinè la a, yon mirak ki klè pou tout moun ki abite Jerizalèm+, e nou pa ka nye sa. 17 Men, pou sa pa gaye plis nan mitan pèp la, ann menase yo. N ap di yo pou yo pa pale nan non sa a ankò ak pèsonn+.”

18 Menm kote a, yo rele mesye yo, epi yo ba yo lòd pou yo pa ni pale ni anseye anyen nan non Jezi. 19 Men, Pyè ak Jan reponn, yo di: “Si sa bon nan je Bondye pou nou koute nou olye nou koute Bondye, se nou ki konnen. 20 Men, kanta pou nou menm, nou pa ka sispann pale bagay nou te wè yo ak bagay nou te tande yo+.” 21 Konsa, apre yo te fin menase yo ankò, yo lage yo, paske yo pa t jwenn okenn rezon pou yo pini yo e yo te pè pèp la+, piske tout pèp la t ap bay Bondye glwa pou sa k te pase a. 22 Twouve, mesye yo te fè mirak* pou yo geri l la te gen plis pase 40 an.

23 Lè yo fin lage yo, y al jwenn lòt disip yo, e yo rakonte yo sa prèt an chèf yo ak ansyen yo te di yo. 24 Lè disip yo tande sa, yo met tèt yo ansanm pou yo priye Bondye, yo di:

“Seyè ki Souvren an, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan yo+, 25 e se ou menm, pa mwayen lespri sen, ki te sèvi ak bouch David, zansèt nou an+, sèvitè w la, pou w di: ‘Poukisa nasyon yo ap bat kò yo konsa a, e poukisa pèp yo ap medite sou bagay ki san valè? 26 Wa latè yo pran pozisyon yo e dirijan yo rasanble, yo fè yon sèl kont Jewova* e kont sila a li chwazi a*+.’ 27 Paske vrèmanvre, Ewòd, Pons Pilat+ ansanm ak yon seri mesye nan nasyon yo ak pèp ki ann Izrayèl yo te rasanble vre nan vil sa a kont Jezi, sèvitè w la ki sen, li menm ou chwazi a+, 28 pou yo fè sa w te deside davans lan reyalize grasa pouvwa w e ann amoni ak volonte w+. 29 Kounye a, Jewova*, koute menas yo fè yo, epi bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou a ak anpil kran, 30 toutpandan w ap lonje men w pou w fè gerizon, e toutpandan gen mirak ak mèvèy* k ap fèt+ nan non Jezi, sèvitè w la ki sen+.”

31 Lè yo fin sipliye Bondye*, kote yo te reyini an te pran tranble. Yo tout nèt te ranpli ak lespri sen+, e yo t ap pale pawòl Bondye a avèk kran+.

32 Mete sou sa, foul moun ki te kwè yo te gen tèt ansanm*, e pa t gen yon moun pami yo ki te konsidere sa l genyen kòm zafè pa l. Okontrè, yo te pataje tout bagay+. 33 Epitou, apot yo te kontinye bay temwayaj sou rezirèksyon Seyè Jezi avèk anpil pisans+, e Bondye te vide favè san parèy li a an kantite sou tout moun yo. 34 Anfèt, pa t gen youn nan yo ki te nan bezwen+. Paske, tout moun ki te posede tè oswa kay te vann yo, yo vin ak kòb la, 35 e yo depoze l devan apot yo+. Apre sa, apot yo separe kòb la bay chak moun, selon sa moun nan te bezwen+. 36 Se konsa, Jozèf, yon Levit ki fèt sou zile Chip, li menm apot yo te rele Banabas tou+ (non ki vle di: “Pitit konsolasyon”), 37 te gen yon moso tè, li vann li, li vin ak kòb la e li depoze l devan apot yo+.

5 Twouve, yon mesye ki rele Anànyas ansanm ak madanm li, Safira, te vann yon tè yo te genyen. 2 Epi, Anànyas sere yon pati nan kòb la, li pote rès la bay apot yo, men madanm li te konn sa+. 3 Pyè di l: “Anànyas, poukisa w kite Satan fè w gen odas+ pou w sere yon pati nan kòb tè a pou w twonpe lespri sen+? 4 Tout tan tè a potko vann nan, èske se pa pou ou l te ye? E lè w te fin vann li, èske w pa t ka fè sa w vle ak kòb la? Ki jan w fè panse fè yon aksyon konsa? Se pa lèzòm w ap chèche twonpe, men se Bondye.” 5 Kou Anànyas tande pawòl sa yo, li tonbe l mouri. E tout moun ki te tande sa k pase a te vin gen yon gwo lakrentif. 6 Apre sa, gen kèk jèn gason ki vini, yo vlope l nan yon dra, yo soti avè l, y al antere l.

7 Anviwon twazèdtan apre, madanm li vin parèt, san l pa konn sa k te pase a. 8 Pyè di l: “Di m non, èske se pou tan kòb nou toule de te vann tè a?” Li reponn: “Wi, se pou tan kòb.” 9 Lè sa a, Pyè di l: “Poukisa nou toule de antann nou pou nou chèche twonpe lespri Jewova*? Gade! Moun ki sot antere mari w yo nan papòt la, e y ap pran w al avè w.” 10 Menm kote a, li tonbe devan Pyè, li mouri. Lè jèn gason yo antre, yo jwenn li mouri, yo soti avè l, y al antere l bò kot mari l. 11 Sa fè tout kongregasyon an ak tout moun ki te tande sa vin gen yon gwo lakrentif.

12 Anplis de sa, apot yo te kontinye ap fè anpil mirak ak anpil mèvèy* pami pèp la+. E yo tout te konn reyini sou galri ki rele Kolonad Salomon an+. 13 Se vre, gen kèk moun ki pa t gen kouraj pou yo vin fè pati disip yo, men, pèp la t ap fè elòj pou disip yo. 14 Mete sou sa, gen plis moun toujou, gason kou fi, ki te vin kwè nan Seyè a+. 15 Moun te menm konn mennen moun malad yo sou gran wout yo, yo te konn mete yo la sou ti kabann, sou kad, dekwa pou lè Pyè ap pase, omwen lonbray li ta pase sou kèk nan yo+. 16 Epitou, gen foul moun ki soti nan vil ki alantou Jerizalèm yo ki te kontinye ap vini. Yo te mennen moun malad ak moun movèzespri ap toumante, epi tout moun sa yo te geri.

17 Men, gran prèt la leve kanpe, epi tout moun ki te avè l yo, sa vle di gwoup Sadiseyen ki te la nan epòk sa a, te vin gen yon sèl jalouzi ki monte yo. 18 Yo met men sou apot yo e yo mete yo nan prizon+. 19 Men, pandan nuit lan, yon zanj Jewova* ouvè pòt prizon an+, li fè yo soti, epi li di: 20 “Ale, al kanpe nan tanp lan, e kontinye di pèp la tout pawòl ki gen rapò ak lavi ki pap janm fini an.” 21 Lè yo fin tande sa, yo antre nan tanp lan avanjou, e yo kòmanse anseye.

Kounye a, lè gran prèt la ak moun ki avèk li yo reyini Sanedren an ak tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la, yo voye kèk gadyen nan prizon an pou fè mennen apot yo devan yo. 22 Men, lè gadyen yo rive, yo pa jwenn apot yo nan prizon an. Donk, yo tounen, y al bay rapò, 23 yo di: “Nou jwenn prizon an fèmen byen fèmen, e nou jwenn gadyen prizon yo kanpe devan pòt yo, men lè nou ouvè prizon an, nou pa jwenn pèsonn anndan an.” 24 Lè chèf gad ki t ap veye tanp lan ak prèt an chèf yo tande sa, yo vin pa konn sa pou yo fè, yo t ap mande tèt yo sa k pral pase. 25 Men, gen yon mesye ki parèt e ki di yo: “Gade! Men mesye nou te mete nan prizon yo kanpe nan tanp lan ap anseye pèp la.” 26 Lè sa a, chèf gad ki t ap veye tanp lan ale ansanm ak gad li yo, yo pran apot yo, men yo pa fè vyolans sou yo, paske yo te pè pou pèp la pa kalonnen yo ak kout wòch+.

27 Kidonk, yo ale avèk yo, yo mete yo kanpe devan Sanedren an. Epi, gran prèt la di yo: 28 “Nou te pase nou lòd yon fason ki fèm pou nou pa kontinye sèvi ak non sa a lè n ap anseye+. Poutan, gade! nou gaye ansèyman nou an nan tout Jerizalèm, e nou byen deside pou nou rann nou responsab san mesye sa a+.” 29 Pyè ak lòt apot yo reponn, yo di: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm+. 30 Bondye zansèt nou yo resisite Jezi nou te touye a, li menm nou te kloure sou poto a*+. 31 Bondye leve l met adwat li+ kòm Gid prensipal+ e kòm Sovè+, dekwa pou Izrayèl ka repanti e pou l ka jwenn padon pou peche l yo+. 32 Nou menm, ansanm ak lespri sen Bondye bay moun ki obeyi l antanke chèf yo, nou temwen bagay sa yo+.”

33 Lè yo tande sa, yo santi yo vekse anpil, e yo te vle touye apot yo. 34 Men, gen yon Farizyen ki rele Gamalyèl+, yon anseyan Lalwa tout pèp la te respekte, ki leve kanpe nan mitan Sanedren an, e li bay lòd pou yo fè mesye yo soti yon ti moman. 35 Epi li di: “Moun Izrayèl, fè atansyon ak sa nou gen entansyon fè mesye sa yo. 36 Pa egzanp, sa gen kèk tan, gen yon mesye yo te rele Tedas ki te parèt. Li te panse l te yon pakèt afè, e te gen yon kantite gason, anviwon 400 gason konsa, ki te met ansanm avè l. Men, yo touye l, e tout moun ki t ap suiv li yo gaye e yo tou disparèt. 37 Apre misye, nan epòk resansman an, yon mesye yo te rele Jida, moun Galile, te parèt, e li te rale moun dèyè l. Men, mesye sa a te peri tou, e tout moun ki t ap suiv li yo gaye. 38 Pou rezon sa a, nan sitiyasyon nou ye la a, men sa m ap di nou: Pa okipe mesye sa yo, kite yo trankil. Paske, si pwojè sa a oswa travay sa a soti nan lèzòm, l ap kraze, 39 men, si se nan Bondye li soti, nou pap ka kraze yo+. Okontrè, nou ka menm vin twouve n ap goumen ak Bondye+.” 40 Vrèmanvre, yo koute sa l di a, yo fè apot yo vini, yo bat yo, apre sa+, yo ba yo lòd pou yo sispann pale nan non Jezi, epi yo lage yo.

41 Konsa, yo soti devan Sanedren an. Yo te kontan+ dèske Bondye te twouve yo diy pou yo imilye yo poutèt non Jezi. 42 E chak jou, yo te kontinye anseye san rete, ni nan tanp lan, ni kay an kay+, e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, anpalan de Jezi+.

6 Twouve, nan jou sa yo, kantite disip yo t ap vin pi plis. E disip ki Juif ki pale grèk yo te kòmanse ap plenyen kont disip ki Juif ki pale ebre yo, paske yo te neglije vèv ki pale grèk yo nan distribisyon manje ki te konn fèt chak jou a+. 2 Se poutèt sa, 12 apot yo te rasanble tout disip yo, e yo di: “Nou pa wè li bon* pou nou kite pawòl Bondye a pou n al distribye manje sou tab+. 3 Se sa k fè, frè nou yo, se pou nou chwazi sèt gason nan mitan nou ki gen bon repitasyon*+, ki ranpli ak lespri sen ak sajès+, pou nou mete yo fè travay sa a ki nesesè+. 4 Men nou menm, n ap konsakre nou nan lapriyè e n ap kontinye anseye pawòl la.” 5 Tout moun yo te dakò ak sa yo di a. Konsa, yo chwazi Etyèn, yon moun ki te gen anpil lafwa e ki te ranpli ak lespri sen, e yo chwazi Filip+, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon moun Antyòch ki te konvèti nan relijyon Juif yo. 6 Yo prezante yo devan apot yo, e apre apot yo fin priye, yo poze men yo sou yo+.

7 Kòm rezilta, pawòl Bondye a te kontinye ap gaye+, kantite disip yo te kontinye ap ogmante anpil+ nan Jerizalèm, e anpil prèt te vin gen lafwa+.

8 Twouve, Etyèn, ki te plen ak favè Bondye ak pisans, t ap fè yon seri mèvèy* ak mirak nan mitan pèp la. 9 Men, te gen kèk mesye ki te vin leve yon diskisyon ak Etyèn. Gen ladan yo ki te fè pati gwoup yo rele Sinagòg Afranchi yo, e genyen ki te soti pami moun Sirèn, moun Aleksandri, moun Silisi ak moun Azi*. 10 Men, yo pa t ka kenbe tèt ak li, paske li te gen sajès, e lespri sen t ap dirije l nan sa l t ap di+. 11 Lè yo wè sa, yo monte tèt kèk moun anba anba pou fè yo di: “Nou te tande l k ap di move bagay sou Moyiz e sou Bondye.” 12 Yo chofe pèp la, ansyen yo ansanm ak espè nan Lalwa yo, e moun sa yo vin sou Etyèn sanzatann, yo met men sou li ak fòs, e yo mennen l devan Sanedren an. 13 Yo vin ak fo temwen k ap di: “Mesye sa a pa sispann di yon bann bagay kont kote sa a ki sakre e kont Lalwa. 14 Pa egzanp, nou te tande l k ap di: ‘Jezi, moun Nazarèt la, pral kraze kote sa a e li pral chanje koutim Moyiz te ban nou yo.’”

15 Tout moun ki te chita nan Sanedren an t ap gade l fiks e yo te wè figi l tankou figi yon zanj.

7 Men, gran prèt la di: “Èske sa yo di yo se vre?” 2 Etyèn reponn: “Frè m yo, papa m yo, tande. Bondye ki gen glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an, pandan l te Mezopotami, anvan li t al ret Aran+, 3 epi li di l: ‘Kite peyi w, kite fanmi w pou w al nan peyi mwen pral montre w la+.’ 4 Se konsa, li kite peyi Kaldeyen yo epi l al ret Aran. Pandan l la, apre lanmò papa l+, Bondye te fè l kite kote l te rete a pou l vin nan peyi sa a, kote nou rete kounye a+. 5 Epoutan, li pa t ba l okenn byen nan peyi sa a, pa menm yon ti moso tè lajè yon pla pye. Men, li te pwomèt li l ap bay ni li menm ni desandans* li peyi a kòm byen yo+, alòske li potko menm gen pitit. 6 Mete sou sa, Bondye te di l desandans* li pral vin etranje nan yon peyi ki pa pou yo, e pèp nan peyi sa a pral fè yo vin esklav e y ap fè yo soufri* pandan 400 an+. 7 Men, Bondye di: ‘M ap jije+ nasyon sa a k ap fè yo vin esklav la, e apre sa, y ap kite peyi sa a e y ap vin ban mwen yon sèvis sakre isit la+.’

8 “Anplis de sa, li te fè yon alyans avè l ki gen rapò ak sikonsizyon+. Se konsa, Abraram vin fè Izarak+, e li sikonsi l sou uityèm jou apre l fin fèt+. Epi, Izarak vin fè* Jakòb, e Jakòb te fè 12 chèf fanmi yo*. 9 Epi, chèf fanmi yo te vin jalou sò Jozèf+, yo vann li nan peyi Ejip+. Men, Bondye te avè l+, 10 li te delivre l anba tout tribilasyon l yo, li te fè l jwenn favè Farawon, wa peyi Ejip la, e li te pèmèt li aji avèk sajès devan wa a. E Farawon vin mete l gouvène peyi Ejip ak tout kay li+. 11 Men, te vin gen yon grangou nan tout peyi Ejip ak nan peyi Kanaran, wi, se te yon gwo tribilasyon, e zansèt nou yo pa t ka jwenn anyen pou yo manje+. 12 Men, Jakòb te tande gen manje* nan peyi Ejip. Konsa, li voye zansèt nou yo al ann Ejip yon premye fwa+. 13 Lè yo t ale yon dezyèm fwa, Jozèf te fè frè l yo rekonèt li, e Farawon te vin konn fanmi Jozèf+. 14 Apre sa, Jozèf voye yon mesaj bay Jakòb, papa l, li voye chèche l, li menm ansanm ak tout fanmi l ki te Kanaran+. Yo te 75 moun* antou+. 15 Se konsa, Jakòb desann ann Ejip+ e se la li mouri+. Se menm bagay la ki te rive zansèt nou yo tou+. 16 Yo te pote zo yo al Sichèm, e yo depoze yo nan tonm Abraram te achte pou yon kantite pyès monnen ann ajan nan men pitit Amò yo nan Sichèm+.

17 “Ofiramezi tan an t ap pwoche pou pwomès Bondye te fè Abraram nan reyalize, pèp la t ap vin anpil, e li t ap vin pi plis chak jou nan peyi Ejip. 18 Apre sa, te vin gen yon lòt wa nan peyi Ejip, e wa sa a pa t konn Jozèf+. 19 Li pran pèp nou an nan pyèj, li fòse zansèt nou yo abandone tibebe yo, yon fason pou yo te ka mouri+. 20 Se nan epòk sa a Moyiz te fèt, e li te bèl anpil*. Paran l te pran swen l* lakay yo pandan twa mwa+. 21 Men, lè yo te oblije abandone l+, pitit fi Farawon an te pran l, e li te leve l kòm pwòp pitit pa l+. 22 Se konsa Moyiz te jwenn fòmasyon nan men Ejipsyen yo nan tout domèn*. Anfèt, li te pisan ni nan pawòl li ni nan aksyon l+.

23 “Twouve, lè l vin gen 40 an, li deside al vizite frè l yo*, anpalan de pitit Izrayèl yo+. 24 Lè l te wè yon Ejipsyen k ap maltrete youn ladan yo, li touye Ejipsyen an pou l defann frè l la Ejipsyen an t ap maltrete a e pou l tire revanj pou li. 25 Li te panse frè l yo t ap konprann se avè l Bondye ap sèvi pou l delivre yo, men yo pa t konprann sa. 26 Nan demen, li te parèt sou yo pandan te gen de nan yo ki t ap goumen, e li te eseye fè yo rekonsilye, li te di: ‘Mesye, se frè nou ye. Poukisa youn ap maltrete lòt?’ 27 Men, sa k t ap maltrete pwochen l lan repouse Moyiz, li di l: ‘Ki moun ki mete w chèf e ki mete w jij sou nou? 28 Ou genlè vle touye m, menm jan w te touye Ejipsyen an yè a?’ 29 Lè Moyiz tande sa, li kouri l ale, l al abite kòm etranje nan peyi Madyan. Pandan l la, li vin gen de pitit gason+.

30 “Apre 40 an, pandan Moyiz te nan dezè ki toupre Mòn Sinayi a, yon zanj parèt devan l nan yon flanm dife ki nan yon pye pikan+. 31 Lè Moyiz wè sa, li sezi. Men, pandan l ap pwoche pou l gade, li tande vwa Jewova* ki di: 32 ‘Mwen se Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb+.’ Moyiz pran tranble, e li pa t pran chans kontinye gade. 33 Jewova* di l: ‘Retire sandal nan pye w, paske kote w kanpe a se yon kote ki sakre. 34 Vrèmanvre, mwen wè abi y ap fè pèp mwen an nan peyi Ejip, mwen tande yo k ap plenn+, e mwen desann pou m vin delivre yo. Kounye a, vini m voye w ann Ejip.’ 35 Se Moyiz sa a Bondye te voye kòm chèf pèp la e kòm sovè pèp la. Pou l fè sa, li te sèvi ak zanj ki te parèt devan Moyiz nan pye pikan an. E se menm Moyiz sa a yo te rejte lè yo te di: ‘Ki moun ki mete w chèf e ki mete w jij+?’ 36 Se li menm ki te fè yo soti kite peyi Ejip+, e ki te fè anpil mèvèy* ak anpil mirak ann Ejip+, nan Lanmè Wouj+ ak nan dezè a pandan 40 an+.

37 “Se Moyiz sa a ki te di pitit Izrayèl yo: ‘Bondye ap ban nou yon pwofèt menm jan avèk mwen k ap soti nan mitan pèp nou an+.’ 38 Se li menm ki te vin nan mitan kongregasyon an nan dezè a avèk zanj+ ki te pale avè l+ nan Mòn Sinayi a, e se li menm ki te avèk zansèt nou yo, e ki te resevwa deklarasyon ki sakre e ki vivan pou l transmèt nou+. 39 Zansèt nou yo te refize obeyi l, yo te repouse l, e nan kè yo+, yo te anvi retounen ann Ejip+. 40 Yo te di Arawon: ‘Fè kèk dye pou dirije nou. Paske, nou pa konn sa k rive nonm ki rele Moyiz la ki fin fè nou soti kite peyi Ejip la+.’ 41 Se konsa, nan jou sa yo, yo fè yon zidòl, yon ti towo bèf, yo ofri yon sakrifis ba li e yo te rejwi pou travay yo te fè ak men yo a+. 42 Se sa k fè Bondye vire do ba yo, e li kite yo adore lame ki nan syèl la+, jan sa parèt nan pawòl pwofèt yo te ekri yo: ‘O nou menm pèp Izrayèl, èske se pou mwen nou te fè ofrann ak sakrifis nan dezè a pandan 40 an? 43 Men, se tant Molòk+ la ak zetwal dye Refan an nou te pote avèk nou. Se imaj dye sa yo nou te fè pou nou adore. Se poutèt sa m ap egzile nou pi lwen pase Babilòn+.’

44 “Nan dezè a, zansèt nou yo te gen tant ki te sèvi yo temwayaj la*, jan Bondye te bay Moyiz lòd lè l te di l pou l fè l selon modèl li te wè a+. 45 E lè pitit zansèt nou yo ki te vin resevwa tant sa a te ale ansanm ak Jozye, yo te pote l tou nan peyi ki te pou nasyon+ Bondye te chase devan yo+. Tant lan te rete la jis nan epòk David la. 46 David te jwenn favè Bondye, e li te mande l privilèj pou l fè yon kay pou li, li menm ki Bondye Jakòb la+. 47 Men, se Salomon ki te bati kay la pou li+. 48 Sepandan, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an pa abite nan kay ki fèt ak men lèzòm+. Se menm jan pwofèt la di l la: 49 ‘Jewova* di: Syèl la se twòn mwen+, e tè a se ti ban kote m met pye m+. Ki kalite kay n ap bati pou mwen? Oswa ki kote nou ka ban m pou m repoze? 50 Èske se pa mwen menm ki fè tout bagay sa yo ak men m+?’

51 “Nou se yon bann rebèl, nou fèmen kè nou ak zòrèy nou, nou toujou ap kenbe tèt ak lespri sen. Nou fè menm jan ak zansèt nou yo+. 52 Kiyès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t pèsekite+? Wi, yo touye pwofèt ki te anonse davans sila a ki jis ki gen pou l vini an+, sila a nou trayi e nou touye a+, 53 nou menm ki te resevwa Lalwa zanj te transmèt la+, men ki pa obeyi l.”

54 Ebyen, lè yo tande bagay sa yo, yo vin fache anpil nan kè yo*, e yo kòmanse manje dan. 55 Men li menm, ki te ranpli ak lespri sen, li fikse syèl la, li wè glwa Bondye, e li wè Jezi ki kanpe adwat Bondye+. 56 Epi li di: “Gade! Mwen wè syèl la ouvè, e mwen wè Pitit lòm nan+ ki kanpe adwat Bondye+.” 57 Lè yo tande sa, yo rele ak tout fòs yo, yo bouche zòrèy yo avèk men yo, e yo tout ansanm fonse sou li. 58 Lè yo fin trennen l sot pa deyò vil la, yo kòmanse kalonnen l ak kout wòch+. Epi, moun ki te temwaye+ kont li yo depoze rad yo bò pye yon jennonm ki rele Sòl+. 59 Pandan yo t ap kalonnen Etyèn ak kout wòch, li rele Jezi, li di: “Seyè Jezi, resevwa lespri m.” 60 Apre sa, li met ajenou, li rele byen fò, li di: “Jewova*, pa konte peche sa a pou yo+.” E apre li fin di sa, li dòmi nan lanmò.

8 Sòl li menm te dakò dèske yo te touye Etyèn+.

Nan jou sa a, te gen yon gwo pèsekisyon ki leve kont kongregasyon ki te nan Jerizalèm nan. Tout disip yo, eksepte apot yo, te gaye nan tout zòn Jide ak nan Samari+. 2 Men, gen kèk mesye ki gen lakrentif pou Bondye ki pran kò Etyèn y al antere l. Yo te nan lapenn anpil pou li. 3 Men, Sòl li menm te kòmanse fè ravaj nan kongregasyon an. Li antre nan chak kay, li trennen ni gason ni fi met deyò, epi li fè mete yo nan prizon+.

4 Sepandan, disip ki te gaye yo te anonse bon nouvèl pawòl Bondye a tout kote yo pase+. 5 Twouve, Filip te desann nan vil* Samari+, e li te kòmanse preche moun yo konsènan Kris la. 6 Tout foul moun yo te ret ansanm ap suiv sa Filip t ap di yo. Pandan yo t ap koute l, yo t ap gade mirak li t ap fè yo. 7 Paske, gen anpil moun ki te gen movèzespri sou yo, e espri sa yo te rele byen fò epi yo soti sou moun yo+. Anplis de sa, gen anpil moun paralize ak anpil moun enfim ki te geri. 8 Konsa, te vin gen gwo kè kontan nan vil sa a.

9 Twouve, nan vil la, te gen yon mesye ki te rele Simon. Misye te konn fè maji e li te konn fè tout moun Samari sezi. Li t ap mache di li se yon pakèt afè. 10 Tout moun, timoun kou granmoun, t ap suiv tout sa li t ap fè, e yo te konn ap di: “Mesye sa a se Pisans Bondye, e se yon Gwo Pisans li ye.” 11 Se sa k fè yo te konn koute l, paske sa fè yon bon ti tan depi li t ap fè yo sezi ak maji l ap fè yo. 12 Men, lè yo vin kwè Filip, ki te anonse yo bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a+ e konsènan non Jezi Kris, yo te vin batize, gason kou fi+. 13 Menm Simon te vin kwè. Apre l fin batize, li te toujou ret bò kot Filip+, e li te sezi lè l te wè mèvèy* ak mirak* Filip t ap fè yo.

14 Lè apot yo nan Jerizalèm tande moun Samari aksepte pawòl Bondye a+, yo voye Pyè ak Jan kote yo. 15 Vrèmanvre, apot yo desann, yo priye pou moun yo dekwa pou yo ka resevwa lespri sen+. 16 Paske, okenn nan yo potko resevwa l, se sèlman nan non Seyè Jezi yo te batize+. 17 Epi, apot yo poze men yo sou yo+, e yo vin resevwa lespri sen.

18 Kounye a, lè Simon wè depi apot yo poze men yo sou yon moun, moun sa a resevwa lespri sen, li ofri apot yo lajan, 19 li di yo: “Ban m pouvwa sa a tou, dekwa pou nenpòt moun mwen poze men m sou li ka resevwa lespri sen.” 20 Men, Pyè di l: “Se pou lajan w lan peri ansanm avè w. Ou panse avèk lajan ou ka gen bagay Bondye bay gratis+? 21 Ou pa gen anyen pou w wè ak travay sa a, paske kè w pa dwat nan je Bondye. 22 Kidonk, se pou w repanti pou move bagay sa a ou fè a, e se pou w sipliye Jewova* pou l padone w pou entansyon ou gen nan kè w la, si posib. 23 Paske, mwen wè ou se yon pwazon ki anmè kou fyèl, e ou toujou vle fè sa k pa bon.” 24 Simon reponn, li di: “Mesye, sipliye Jewova* pou mwen pou sa nou sot di a pa rive m.”

25 Apre sa, lè yo fin bay yon temwayaj konplè e yo fin pale pawòl Jewova* a, yo tounen Jerizalèm, e sou tout wout la, yo t ap anonse bon nouvèl la nan anpil bouk nan Samari+.

26 Men, yon zanj Jewova*+ pale ak Filip, li di l: “Leve, al nan sid, nan wout ki sot Jerizalèm ki desann Gaza a.” (Se yon wout ki nan dezè a.) 27 Lè sa a, li leve l ale. Epi, li rankontre ak yon Etyopyen, yon mesye ki te gen pouvwa e ki te gen gwo pozisyon sou Kandas*, rèn peyi Etyopi. Se li ki te responsab tout trezò rèn nan. Li t al Jerizalèm pou l adore Bondye+. 28 Pandan li t ap retounen nan peyi l, li te chita nan charyo l e li t ap li awotvwa nan liv pwofèt Ezayi a. 29 Lè sa a, lespri sen di Filip: “Avanse bò kot charyo sa a.” 30 Filip kouri al bò charyo a, e li tande Etyopyen an k ap li awotvwa nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande l: “Èske w vrèman konprann sa w ap li a?” 31 Li reponn: “Ki jan m ka rive byen konprann si pa gen yon moun ki ede m?” Se konsa, li sipliye Filip pou l monte vin chita bò kote l. 32 Men sa pasaj li t ap li a di: “Yo mennen l labatwa tankou yon mouton, e tankou yon ti mouton ki pa fè bri pandan l devan moun k ap tonn li an, se konsa li pa ouvè bouch li di yon mo+. 33 Pandan yo t ap imilye l la, yo pa t jije l kòmsadwa+. Ki moun ki pral bay detay pou fè konnen nan ki fanmi l* soti? Paske, yo retire lavi l sou latè+.”

34 Apre sa, mesye a di Filip: “Ban m mande w yon bagay: Konsènan kiyès pwofèt la ap pale la a? Konsènan tèt li, oubyen konsènan yon lòt moun?” 35 Filip kòmanse pale, e li kòmanse ak pasaj sa a pou l anonse l bon nouvèl konsènan Jezi a. 36 Etan yo prale sou wout la, yo rive yon kote ki gen yon dlo. Epi mesye ki gen gwo pozisyon an di: “Gade! Men gen yon dlo la a, ki sa k anpeche m batize?” 37 *—— 38 Li mande pou yo kanpe charyo a, e ni li menm ni Filip desann nan dlo a, epi Filip batize l. 39 Lè yo monte sot nan dlo a, lespri Jewova* mennen Filip ale byen vit, epi mesye a te vin pa wè l ankò, men li te kontinye wout li ak kè kontan. 40 Filip li menm te al nan vil Achdòd, e li travèse tèritwa sa a pandan l ap anonse bon nouvèl la nan tout vil yo, jis li rive Sezare+.

9 Men, Sòl te kontinye menase disip Seyè a, e li te vle touye yo ak tout fòs+. L al kot gran prèt la, 2 li mande l pou l ekri lèt pou li pou l pote nan sinagòg ki Damas yo. Konsa, li t ap ka mare tout moun li jwenn ki fè pati Chemen an+, gason kou fi, pou l mennen yo Jerizalèm.

3 Twouve, pandan l sou wout, lè l prèske rive Damas, bridsoukou, gen yon limyè ki sot nan syèl la ki klere toutotou li+. 4 Li tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?” 5 Sòl mande: “Kiyès ou ye, Mèt?” Seyè a di: “Mwen se Jezi+. Se mwen w ap pèsekite a+. 6 Men, leve, epi antre nan vil la e y ap di w sa w dwe fè.” 7 Mesye ki t ap vwayaje ansanm avè l yo te kanpe la, yo pa t ka di yon mo. Vrèmanvre, yo te tande yon vwa, men yo pa t wè pèsonn+. 8 Apre sa, Sòl leve atè a, e aktout je l te ouvè, li pa t wè anyen. Konsa, yo pran men l, yo mennen l Damas. 9 Pandan twa jou, li pa wè ditou+, e li pa ni manje ni bwè.

10 Gen yon disip nan Damas ki te rele Anànyas+. Seyè a di l nan yon vizyon: “Anànyas!” Li di: “Men mwen, Seyè.” 11 Seyè a di l: “Leve, al nan ri yo rele ri Dwat la, al lakay Jida, mande pou yon mesye yo rele Sòl, moun Tas+. Paske, l ap priye kounye a, 12 e nan yon vizyon, li te wè yon mesye ki rele Anànyas ki vini e ki poze men l sou li pou l ka retounen wè ankò+.” 13 Men, Anànyas reponn: “Seyè, mwen tande anpil moun ap pale de mesye sa a, mwen tande kantite bagay mal li fè moun ou yo ki sen yo nan Jerizalèm. 14 E prèt an chèf yo ba l pouvwa isit la pou l arete* tout moun ki met konfyans yo nan* non w+.” 15 Men, Seyè a di l: “Ou mèt ale, paske mesye sa a se yon enstriman mwen chwazi+ pou pote non m devan moun nasyon yo+, devan wa+ e devan pitit Izrayèl yo, 16 paske m ap montre l aklè ki kantite bagay l ap gen pou l sibi pou non m+.”

17 Donk, Anànyas ale, li antre nan kay la, li poze men l sou Sòl, e li di: “Sòl, frè m, Seyè a, Jezi, ki te parèt devan w sou wout la pandan w t ap vini an, se li menm ki voye m pou w ka retounen wè ankò e pou w ka vin ranpli ak lespri sen+.” 18 Menm kote a, yon bann bagay tankou kal pwason sot nan je l tonbe atè, epi li vin wè ankò. Apre sa, li leve, li batize, 19 epi li manje e li pran fòs.

Li pase kèk jou ak disip ki te Damas yo+, 20 e tousuit, li kòmanse preche konsènan Jezi nan sinagòg yo. Li t ap fè konnen moun sa a se Pitit Bondye a. 21 Men, tout moun ki te tande l te sezi, yo t ap di: “Se pa mesye sa a ki t ap pèsekite moun ki abite Jerizalèm ki te met konfyans yo nan* non sa a+? Èske li pa t vin isit la toutespre pou l arete yo mennen bay prèt an chèf yo+?” 22 Men, Sòl te vin gen plis pisans toujou, e li te fè Juif ki t ap viv Damas yo fèmen bouch yo, lè l t ap pwouve avèk lojik se Jezi ki Kris la+.

23 Twouve, apre anpil jou fin pase, Juif yo met tèt yo ansanm pou yo touye l+. 24 Sepandan, Sòl te vin okouran konplo y ap fè a. Yo t ap veye pòtay vil la byen veye, lajounen kou lannuit, dekwa pou yo te ka touye l. 25 Se sa k fè disip li yo pran l, e nan mitan lannuit, yo mete l nan yon pànye, e yo file l desann nan yon fenèt ki te gen nan miray vil la+.

26 Lè l rive Jerizalèm+, li chèche met kò l bò kot disip yo. Men, yo tout te pè l, paske yo pa t kwè li te vin yon disip vre. 27 Lè sa a, Banabas vin ede l+, li mennen l bay apot yo, e li rakonte yo an detay ki jan Sòl te wè Seyè a pandan l te sou wout la+, e ki jan Seyè a te pale avè l. Li rakonte yo tou ki jan Sòl te pale nan non Jezi avèk kran pandan l te Damas+. 28 Epi, Sòl rete ansanm avèk yo, li t ap monte desann nan* Jerizalèm e li t ap pale nan non Seyè a avèk kran. 29 Li te konn pale ak Juif ki pale grèk yo e li te konn fè diskisyon ak yo, men, yo te eseye touye l+. 30 Lè frè yo aprann sa, yo fè l desann Sezare, epi yo voye l nan vil Tas+.

31 Apre sa, kongregasyon an te vin gen lapè toupatou nan Jide, nan Galile ak nan Samari+, e li te vin pran fòs. E kòm kongregasyon an t ap mache nan lakrentif pou Jewova* e li te jwenn konsolasyon grasa lespri sen+, li te kontinye ap grandi.

32 Twouve, pandan Pyè t ap vwayaje nan tout zòn nan, li te desann tou kay moun ki sen ki t ap viv nan vil Lida yo+. 33 Lè l rive nan zòn nan, li jwenn yon mesye ki rele Ene ki te kouche tou long sou kabann li depi uitan, paske l te paralize. 34 Pyè di l: “Ene, Jezi Kris geri w+. Leve, ranje kabann ou+.” Menm kote a, misye leve. 35 Lè tout moun ki t ap viv nan vil Lida ak nan Plèn Chawon te wè l, yo vin kwè nan Seyè a.

36 Twouve, gen yon disip nan vil Jope ki te rele Tabita, ki vle di: “Dòkas*”. Li te konn fè anpil bèl aksyon, e li te konn ede moun ki nan nesesite yo anpil. 37 Men, nan jou sa yo, li vin malad e li mouri. Kidonk, yo benyen l e yo mete l kouche nan yon chanmòt. 38 Kòm Lida te toupre Jope, lè disip yo tande Pyè lòtbò a, yo voye de mesye al sipliye l. Yo di l: “Tanpri, vin kote nou tousuit.” 39 Lè Pyè tande sa, li leve l ale avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanmòt la. Tout vèv yo parèt devan l, y ap kriye e y ap montre l anpil manto ak anpil lòt rad Dòkas te fè pou yo lè l te la avèk yo. 40 Lè sa a, Pyè fè tout moun soti+, li met ajenou, li priye. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di: “Tabita, leve!” Tabita ouvè je l, e lè l wè Pyè, li leve chita+. 41 Pyè ba l men, li fè l kanpe, epi li rele moun ki sen yo ak vèv yo, li remèt yo l vivan+. 42 Nouvèl la te gaye nan tout vil Jope, e anpil moun te vin kwè nan Seyè a+. 43 Pyè te pase yon bon kantite jou nan vil Jope lakay yon bòs tanè* ki rele Simon+.

10 Twouve, nan vil Sezare te gen yon mesye ki rele Kònèy. Se te yon ofisye* nan batayon yo te rele batayon italyen an*. 2 Li menm ak tout moun lakay li te gen atachman ak lakrentif pou Bondye. Li te konn fè anpil byen pou moun ki pòv, e li te toujou ap sipliye Bondye. 3 Vè nevyèm èdtan*+ nan jounen an, li fè yon vizyon. Li wè yon zanj Bondye ki antre lakay li, ki di: “Kònèy!” 4 Kònèy gade zanj lan fiks, epi li vin pè. Li di: “Wi, mèt!” Zanj lan di l: “Bondye tande priyè w yo, e li sonje byen w fè pou moun ki pòv yo+. 5 Kounye a, voye kèk mesye Jope al chèche yon mesye ki rele Simon, yo konn rele l Pyè tou. 6 Li desann lakay yon lòt mesye ki rele Simon, yon bòs tanè*, ki gen yon kay toupre lanmè a.” 7 Kou zanj ki t ap pale avè l la ale, li rele de nan sèvitè l yo, e pami sòlda ki te avè l yo, li rele youn ladan yo ki gen atachman pou Bondye. 8 Li rakonte yo tout bagay, epi li voye yo Jope.

9 Nan demen, etan yo te toujou nan wout e yo t ap pwoche toupre vil Jope, Pyè monte sou do kay la pou l priye. Se te anviwon sizyèm èdtan* nan jounen an. 10 Men, li vin grangou anpil, li vin anvi manje. Pandan yo t ap prepare manje a, li fè yon vizyon+. 11 Li wè syèl la ki ouvè, li wè yon bagay* k ap desann sou tè a ki tankou yon gwo twal len yo kenbe nan kat pwent. 12 E ladan l, te gen tout kalite bèt kat pat ak bèt k ap rale sou vant ki gen sou tè a, ak tout kalite zwazo nan syèl la. 13 Li tande yon vwa ki di: “Pyè, leve! Touye, epi manje!” 14 Men, Pyè di: “Jamè, Seyè! Paske, mwen pa janm manje anyen ki kontamine e ki pa pwòp+.” 15 Epi, vwa a pale avè l yon dezyèm fwa, li di l: “Sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine.” 16 Sa fèt yon twazyèm fwa, epi menm kote a, veso a remonte nan syèl la.

17 Pandan Pyè t ap poze tèt li kesyon sou sans vizyon sa a, menm kote a, mesye Kònèy te voye yo, ki te gentan chèche konn kot kay Simon ye, vin kanpe devan pòt la+. 18 Yo rele moun nan kay la pou yo mande si se la Simon yo konn rele Pyè a desann. 19 Pandan Pyè te kontinye ap reflechi sou vizyon an, lespri sen+ di l: “Gade! Gen twa mesye k ap mande pou ou. 20 Leve, desann anba a, epi ale avèk yo san w pa gen okenn dout, paske se mwen ki voye yo.” 21 Lè sa a, Pyè desann al jwenn mesye yo, epi li di: “Men mwen n ap chèche a. Pou ki rezon nou la a?” 22 Yo di: “Gen yon mesye ki rele Kònèy+, se yon ofisye, se yon moun ki jis e ki gen lakrentif pou Bondye, yon moun tout nasyon Juif la pale an byen de li. Bondye te voye yon zanj li ki sen al di l pou l voye chèche w pou w vin lakay li pou l koute sa w gen pou w di.” 23 Se konsa, Pyè envite yo antre, li fè yo rete avèk li.

Nan demen, li leve, li pati avèk yo, e gen kèk frè nan Jope ki ale avè l. 24 Yon jou apre, li rive Sezare. Natirèlman, Kònèy t ap tann yo, e li te rasanble fanmi l ak bon zanmi l. 25 Etan Pyè pral antre, Kònèy al rankontre l, li met ajenou e li pwostène devan l. 26 Men, Pyè fè l leve, li di l: “Leve, se yon senp moun mwen ye tou+.” 27 Pandan l ap pale avè l, li antre nan kay la, li jwenn yon pil moun reyini. 28 Li di yo: “Nou konnen trè byen yon Juif pa gen dwa mele ak yon moun lòt nasyon, ni l pa gen dwa pale avè l+. Epoutan, Bondye montre m mwen pa dwe konsidere pèsonn kòm moun ki kontamine, oubyen kòm moun ki pa pwòp+. 29 Konsa, lè Bondye voye m la a, mwen vini san ezite. Se sa k fè m ap mande nou poukisa nou voye chèche m.”

30 Epi, Kònèy di: “Sa gen kat jou kounye a, pandan m te lakay mwen mwen t ap priye vè nevyèm èdtan* nan jounen an, menm kote a, gen yon mesye ak yon rad klere ki vin kanpe devan m, 31 epi li di: ‘Kònèy, Bondye tande priyè w, e li sonje byen w fè pou moun ki pòv yo. 32 Kidonk, voye kèk moun Jope al rele Simon yo konn rele Pyè a. Mesye sa a desann lakay yon bòs tanè ki rele Simon ki abite toupre lanmè a+.’ 33 Epi, menm kote a, mwen voye moun kote w, e ou byen fèt vini. Se sa k fè kounye a, nou tout nou la a devan Bondye pou n tande tout bagay Jewova* ba w lòd pou w di.”

34 Lè sa a, Pyè kòmanse pale, li di: “Vrèmanvre, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri+. 35 Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi+. 36 Bondye te voye mesaj la bay pitit Izrayèl yo pou l te anonse yo bon nouvèl konsènan lapè+ moun ka genyen pa mwayen Jezi Kris la. Men bon nouvèl la: se Jezi ki Seyè tout moun+. 37 Nou konnen ki pawòl moun nan tout Jide t ap pale, se yon bagay ki te kòmanse nan Galile+ apre Jan te fin preche konsènan batèm nan. 38 Yo t ap pale konsènan Jezi ki te soti Nazarèt, sou fason Bondye chwazi l antanke Kris ak lespri sen+ ak pisans, jan li te mache nan tout peyi a, li t ap fè sa ki byen e li t ap geri tout moun Dyab la t ap toupizi+, paske Bondye te avè l+. 39 Nou temwen tout bagay li te fè ni nan peyi Juif yo ni nan Jerizalèm. Men, yo te kloure l sou yon poto*, yo te touye l. 40 Bondye te leve l sou twazyèm jou a+, e li te pèmèt li parèt devan moun. 41 Se pa devan tout pèp la li te parèt, men se devan yon seri temwen Bondye te chwazi davans, devan nou menm, ki te manje e ki te bwè ansanm avè l apre l te fin leve sot nan lanmò+. 42 Epitou, li te ban nou lòd pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè+, pou nou di se li menm Bondye etabli pou jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri+. 43 Men temwayaj tout pwofèt yo bay sou li+: Grasa non li, y ap padone peche tout moun ki met lafwa nan li+.”

44 Pandan Pyè kontinye ap pale sou bagay sa yo, lespri sen desann sou tout moun ki t ap tande pawòl la+. 45 Frè ki te sikonsi ki te vin ansanm ak Pyè yo te sezi poutèt Bondye te bay moun ki soti nan lòt nasyon lespri sen kòm kado, menm jan l te fè pou yo. 46 Paske, yo te tande yo k ap pale lang etranje e k ap louwe Bondye+. Lè sa a, Pyè di: 47 “Èske yon moun ka anpeche moun sa yo batize nan dlo+, yo menm ki resevwa lespri sen menm jan avèk nou?” 48 Epi, li mande yo pou yo batize nan non Jezi Kris+. Apre sa, yo mande l pou l pase kèk jou avèk yo.

11 Twouve, apot yo ak frè ki te Jide yo vin aprann moun ki nan nasyon yo te resevwa pawòl Bondye a tou. 2 Se sa k fè, lè Pyè monte Jerizalèm, moun ki te pou sikonsizyon yo+ tonbe kritike l*. 3 Yo di l: “Ou antre lakay moun ki pa sikonsi e w manje avèk yo.” 4 Lè sa a, Pyè kòmanse esplike yo sa k te pase a an detay, li di yo:

5 “Mwen te nan vil Jope, mwen t ap priye, epi mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay* k ap desann sot nan syèl la, li tankou yon gwo twal len yo kenbe nan kat pwent pandan y ap desann li, e li rive jis bò kote m+. 6 Lè m gad anndan l, mwen wè bèt kat pat, bèt bwa ak bèt ki konn rale sou vant ki gen sou tè a ak zwazo nan syèl. 7 Epitou, mwen tande yon vwa ki di m: ‘Pyè, leve! Touye, epi manje!’ 8 Men, mwen di: ‘Non, Mèt! Paske, bagay ki kontamine e ki pa pwòp pa janm antre nan bouch mwen.’ 9 Vwa ki sot nan syèl la reponn yon dezyèm fwa, li di: ‘Sispann di bagay Bondye pirifye se bagay ki kontamine.’ 10 Sa te rive yon twazyèm fwa, e tout bagay yo te remonte nan syèl la. 11 Epitou, menm kote a, gen twa mesye ki te vin kanpe devan kay nou te ye a. Se yon mesye nan vil Sezare ki te voye yo kote m+. 12 Epi, lespri sen di m pou m ale avèk yo e pou m pa gen okenn dout. Men, sis frè sa yo te ale avè m tou. E nou te antre lakay mesye a.

13 “Li rakonte nou li te wè yon zanj ki te kanpe anndan lakay li, epi zanj lan di l: ‘Voye moun nan vil Jope al rele Simon yo konn rele Pyè a+, 14 epi l ap di w ki sa k ap pèmèt ou menm ak tout moun lakay ou sove.’ 15 Men, lè m kòmanse pale, lespri sen desann sou yo menm jan l te desann sou nou tou okòmansman an+. 16 Lè sa a, mwen vin sonje pawòl Seyè a te konn di a: ‘Jan, bò kote pa l, te batize moun nan dlo+, men nou menm, y ap batize nou nan lespri sen+.’ 17 Kidonk, si Bondye ba yo menm kado l te ban nou an, nou menm ki kwè nan Seyè Jezi Kris, kiyès mwen ye pou m ta ka bloke Bondye*+?”

18 Lè yo tande bagay sa yo, yo sispann diskite avè l* e yo bay Bondye glwa, yo di: “Kidonk, Bondye pèmèt moun ki nan nasyon yo repanti tou pou yo ka gen lavi+.”

19 Twouve, moun ki te gaye+ akoz tribilasyon ki te genyen apre lanmò Etyèn nan te travèse tout peyi a rive jis Fenisi, Chip ak Antyòch, men se sèlman Juif yo yo te preche pawòl la+. 20 Sepandan, pami yo, te gen kèk mesye ki moun Chip ak kèk lòt ki moun Sirèn ki te vin Antyòch e ki te kòmanse pale ak moun ki pale grèk yo, yo t ap anonse yo bon nouvèl sou Seyè Jezi. 21 Epitou, men Jewova te avèk yo, e te gen yon bonkou moun ki te vin kwè nan Seyè a+.

22 Kongregasyon ki te Jerizalèm nan te tande pale de yo, se sa k fè yo te voye Banabas+ Antyòch. 23 Lè l rive e li wè jan Bondye bay disip yo favè san parèy la, li kontan, e li kòmanse ankouraje yo tout pou yo rete nan sèvis Seyè a ak tout kè yo+. 24 Paske, Banabas te yon bon moun, li te ranpli ak lespri sen e li te gen anpil lafwa. Epi, te gen yon gwo foul moun ki te vin kwè nan Seyè a+. 25 Se konsa, l ale nan vil Tas pou l al chèche Sòl byen chèche+. 26 Lè l jwenn li, li mennen l Antyòch. Konsa, yo te pase tout yon ane ap fè reyinyon ak moun yo nan kongregasyon an, e yo te anseye anpil moun. E se Antyòch pou premye fwa Bondye te fè yo rele disip yo Kretyen+.

27 Nan jou sa yo, te gen kèk pwofèt+ ki te desann sot Jerizalèm vin Antyòch. 28 Gen youn ladan yo ki rele Agabis+ ki leve, e grasa lespri sen, li anonse pral gen yon gwo grangou sou tout tè a+. Sa te rive vre sou rèy anperè Klod. 29 Se sa k fè disip yo te deside, selon mwayen yo chak+, pou yo voye sekou bay*+ frè ki t ap viv nan Jide yo. 30 E se sa yo te fè. Yo te voye sekou yo bay ansyen yo e se Banabas ak Sòl ki te pote yo+.

12 Nan epòk sa a, wa Ewòd te kòmanse maltrete kèk moun nan kongregasyon an+. 2 Li touye Jak, frè Jan an+, ak epe+. 3 Lè l wè sa fè Juif yo plezi, li kontinye, l al arete Pyè tou. (Sa te rive pandan jou fèt Pen san ledven yo+.) 4 Li met men sou li e li mete l nan prizon+. Epi, li mete kat gwoup sòlda siveye l pa relèv, chak gwoup te gen kat sòlda. Li te gen entansyon mennen Pyè devan pèp la apre fèt Pak la. 5 Se sa k fè yo te kenbe l nan prizon. Men, moun nan kongregasyon an te kontinye ap priye Bondye pou li ak tout kè yo+.

6 Lavèy jou Ewòd t apral mennen Pyè devan pèp la, nan lannuit, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda. Li te mare ak de chenn e te gen gad devan pòt la ki t ap veye prizon an. 7 Men, yon zanj Jewova* parèt, li kanpe la+, epi yon limyè klere kacho a. Zanj lan teke Pyè bò kòt, li reveye l, li di l: “Leve vit!” Epi, chenn yo sot nan men l+. 8 Zanj lan di l: “Abiye w, epi mare sandal ou.” Li fè sa vre. Apre sa, zanj lan di l: “Met rad ou konn met pa anlè rad ou a sou ou, epi suiv mwen.” 9 Epi, li soti, li suiv zanj lan, men li pa t konnen si sa zanj lan t ap fè a se te toutbon. Anfèt, li te panse se yon vizyon li t ap fè. 10 Epi, yo pase premye pòs gad la, yo pase dezyèm nan, yo rive nan pòtay an fè ki bay sou vil la, e pòtay la ouvri poukont li devan yo. Apre yo fin soti, yo mache desann nan yon ri, epi menm kote a, zanj lan kite l. 11 Lè Pyè vin konprann sa k t ap pase a, li di: “Kounye a, mwen konnen toutbon Jewova* te voye zanj li delivre m anba men Ewòd e anba tout sa pèp Juif la te atann ki t apral rive m+.”

12 Lè l fin konprann sa k te rive a, l al kay Mari, manman Jan yo konn rele Mak la+, kote te gen yon bon kantite disip ki te reyini e yo t ap priye. 13 Lè l frape nan pòtay la, gen yon sèvant ki rele Wòd ki vin gade kiyès k ap frape a. 14 Lè l rekonèt vwa Pyè, li tèlman kontan, li pa ouvè pòtay la, li kouri rantre anndan an, l al di moun yo se Pyè ki nan pòtay la. 15 Yo di l: “Ou genlè fou.” Men, li te kontinye pèsiste ap di yo sa l di a se vre. Lè sa a, yo kòmanse di: “Ebyen, se zanj li.” 16 Men, Pyè ret la ap frape. Lè yo ouvè pòtay la, yo wè l, epi yo sezi. 17 Men, li fè yo siy ak men l pou yo fè silans, epi li rakonte yo an detay ki jan Jewova* te fè l soti nan prizon an. Epi, li di yo: “Al di Jak+ ak lòt frè yo sa m sot di nou yo.” Apre sa, li soti li vwayaje al yon lòt kote.

18 Twouve, lè l vin jou, sòlda yo te nan latwoublay, yo t ap mande ki kote Pyè pase. 19 Ewòd fè chèche l toupatou. Lè yo pa jwenn li, li poze gad yo kesyon, apre sa, li bay lòd pou pini yo+. Epi, li kite Jide, li desann Sezare e li pase yon ti tan la.

20 Twouve, Ewòd te an kòlè anpil kont* moun vil Ti ak vil Sidon yo. Konsa, yo met ansanm, yo vin kote l. Sa yo fè, yo pale ak Blastis, ki te responsab kay wa a, yo pran tèt li, apre sa, y al mande wa a fè lapè, paske se peyi wa a ki te konn founi yo manje. 21 Pandan pèp la te rasanble nan yon jou espesyal, Ewòd met abiman wa l sou li, li chita sou fotèy yo konn fè jijman an, epi li kòmanse fè yon diskou pou pèp la. 22 Lè sa a, moun yo kòmanse rele, yo di: “Sa a se vwa yon dye, se pa vwa yon moun!” 23 Menm kote a, yon zanj Jewova* frape l, paske li te aksepte resevwa yon glwa ki pou Bondye sèlman. Yon seri vè fini avè l epi li mouri.

24 Pawòl Jewova* a te kontinye ap gaye plis toujou+.

25 Apre Banabas+ ak Sòl fin pote èd pou frè ki Jerizalèm yo+, yo retounen Antyòch. Men, yo mennen Jan avèk yo+, li menm yo konn rele Mak la.

13 Twouve, nan kongregasyon ki te Antyòch la, te gen pwofèt ak anseyan+: te gen Banabas, te gen Simeyon, yo rele l Nijè tou, te gen Lisiyis, moun Sirèn, te gen Manayèn ki te lekòl ansanm ak Ewòd, chèf distri a, epi te gen Sòl. 2 Etan yo t ap fè sèvis* Jewova* e yo t ap fè jèn*, lespri sen di: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen+ pou travay mwen rele yo pou yo fè a+.” 3 Epi, apre yo fin fè jèn e yo priye, yo poze men yo sou mesye yo, apre sa, yo voye yo ale.

4 Se konsa, lespri sen voye mesye sa yo, yo desann Selesi, epi yo pran bato, y al nan zile Chip. 5 Lè yo rive Salamin, yo kòmanse preche pawòl Bondye a nan sinagòg Juif yo. Yo te gen Jan avèk yo pou ede yo+.

6 Lè yo fin travèse tout zile a rive jis Pafòs, yo rankontre ak yon mesye, yon Juif, ki rele Bajezi. Misye se te yon majisyen e li te yon fo pwofèt. 7 Li t ap travay pou Sèjiyis Polis, gouvènè a*, yon moun entèlijan. Gouvènè a rele Banabas ak Sòl, paske l te chofe pou l tande pawòl Bondye. 8 Men, Elimas, majisyen an (se sa non l vle di), te opoze ak yo. Li t ap chèche detounen gouvènè a pou l pa vin gen lafwa. 9 Lè sa a, Sòl, ki rele Pòl tou, te vin ranpli ak lespri sen. Li gade majisyen an fiks, 10 epi li di l: “Ou se yon moun ki chaje ak tout kalite twonpri ansanm ak tout kalite mechanste, ou se pitit Dyab la+, ou se ènmi tout sa ki jis. Èske w pap sispann fè chemen Jewova* yo ki dwat vin kwochi? 11 Gade! Jewova* ap met men sou ou, w ap avèg e ou pap wè limyè solèy la pandan kèk tan.” Menm kote a, gen yon bwouya pwès ak yon fènwa ki tonbe sou misye. Epi, li kòmanse ap vire adwat agoch, l ap chèche yon moun pou pran men l pou gide l. 12 Lè gouvènè a wè sa k pase a, li vin kwè. Ansèyman li te tande sou Jewova* a te frape l anpil.

13 Twouve, Pòl ansanm ak mesye ki te avè l yo kite Pafòs, yo pran lanmè, yo rive Pèje ki nan Panfili. Men, Jan+ kite yo, li tounen Jerizalèm+. 14 Men, yo menm, yo kite Pèje, y al Antyòch ki nan Pizidi a. Epi, yo antre nan sinagòg la+ yon jou saba, yo chita. 15 Apre moun yo fin li Lalwa+ ak sa pwofèt yo te ekri yo, moun ki t ap dirije sinagòg yo voye di yo: “Frè nou yo, si nou gen yon pawòl nou vle di pou nou ankouraje pèp la, nou mèt pale.” 16 Lè sa a, Pòl leve, li fè siy ak men l pou moun yo fè silans, epi li di:

“Nou menm Izrayelit, ansanm ak lòt moun yo ki gen lakrentif pou Bondye, koute. 17 Bondye pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Etan yo te abite kòm etranje nan peyi Ejip, li leve yo byen wo, li fè yo kite peyi sa a ak fòs ponyèt li+. 18 E li te sipòte yo nan dezè a pandan anviwon 40 an+. 19 Apre l fin detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li separe peyi a e li distribye l ba yo kòm eritaj+. 20 Tout sa te rive pandan 450 an.

“Apre sa, li ba yo jij rive jis nan epòk pwofèt Samyèl+. 21 Men, annapre, yo vin mande yon wa+, e Bondye ba yo Sayil, pitit Kich, ki soti nan tribi Benjamen+. Li te wa pandan 40 an. 22 Apre Bondye fin retire l sou twòn nan, li ba yo David kòm wa+. Se sou li Bondye te bay temwayaj, lè l te di: ‘Mwen jwenn David, pitit Jese+, yon moun ki fè m plezi+ e ki pral fè tout sa m vle.’ 23 Pami desandans* mesye sa a, Bondye te fè Izrayèl jwenn yon sovè, anpalan de Jezi, ann amoni ak pwomès Bondye te fè+. 24 Anvan moun sa a te parèt, Jan te preche tout pèp Izrayèl la an piblik pou yo batize pou yo montre yo repanti+. 25 Men, pandan Jan t ap fini travay pa l la, li te konn di: ‘Kiyès nou sipoze mwen ye? Mwen pa moun nou panse m ye a. Men, gen yon moun k ap vin apre m, e moun sa a, mwen pa menm merite pou m ta demare sandal ki nan pye l+.’

26 “Frè m yo, nou menm ki desandan moun ki sot nan fanmi Abraram, ansanm ak lòt moun pami nou la a ki gen lakrentif pou Bondye, Bondye voye pawòl k ap bay delivrans lan ban nou+. 27 Paske, moun k ap viv Jerizalèm yo ansanm ak chèf yo genyen yo pa t rekonèt moun sa a. Men, lè yo te jije l la, yo te akonpli sa pwofèt yo te ekri yo+, bagay y ap li awotvwa chak saba. 28 Byenke yo pa t jwenn okenn rezon pou yo touye l+, yo te mande Pilat pou l fè touye l+. 29 Epi, lè yo fin akonpli tout bagay ki te ekri sou li yo, yo desann li sou poto a*, e yo antere l nan yon tonm*+. 30 Men, Bondye leve l sot nan lanmò+, 31 e moun ki te konn ansanm avè l sot Galile al Jerizalèm yo te wè l pandan plizyè jou. E kounye a, moun sa yo ap bay pèp la temwayaj sou li+.

32 “E se konsa, n ap anonse nou bon nouvèl sou pwomès yo te fè zansèt nou yo. 33 Pwomès sa a, Bondye akonpli l nèt pou nou menm ki pitit yo, lè l resisite Jezi+. Tankou sa ekri nan dezyèm sòm nan: ‘Ou se pitit gason m. Jodi a, mwen vin papa w+.’ 34 Lefètke Bondye resisite Jezi sot nan lanmò, e Jezi pap janm retounen gen yon kò ki ka dekonpoze, men sa Bondye te deklare sou sa: ‘M ap ban nou lanmou fidèl mwen te pwomèt David la, yon lanmou ki sensè*+.’ 35 Se poutèt sa, nan yon lòt sòm, li di tou: ‘Ou pap kite kò sèvitè fidèl ou a dekonpoze+.’ 36 Yon bò, David te sèvi Bondye* nan jenerasyon pa l la, li te dòmi nan lanmò, yo te antere l avèk zansèt li yo e kò l te dekonpoze+. 37 Yon lòt bò, kò sila a Bondye resisite a pa t dekonpoze+.

38 “Kidonk, frè m yo, se pou n konnen se grasa moun sa a n ap jwenn padon pou peche nou+. 39 E grasa li, Bondye ap deklare tout moun ki kwè yo inosan pou tout yon seri bagay Lwa Moyiz la+ pa t ka deklare nou inosan pou yo+. 40 Kidonk, veye pou sa pwofèt yo te ekri yo pa rive nou. Men sa ki ekri: 41 ‘Gade, nou menm k ap meprize moun, se pou nou ret bouch ouvè, e se pou n peri, paske m ap fè yon aksyon pandan nou vivan an, yon bagay nou pap janm kwè, menmsi yon moun rakonte nou l an detay+.’”

42 Pandan y ap soti, moun yo sipliye yo pou yo vini lòt saba pou yo pale sou bagay sa yo ankò. 43 Konsa, lè reyinyon nan sinagòg la fini, anpil Juif ansanm ak moun ki te konvèti nan relijyon Juif yo e ki t ap adore Bondye suiv Pòl ak Banabas, ki t ap pale avèk yo pou ankouraje yo pou yo kontinye chèche jwenn favè san parèy Bondye a+.

44 Nan pwochen saba a, prèske tout moun nan vil la te rasanble pou yo koute pawòl Jewova* a. 45 Lè Juif yo wè foul moun yo, gen yon sèl jalouzi ki monte yo, e yo kòmanse ap di move pawòl pou yo kontredi sa Pòl t ap di yo+. 46 Lè sa a, avèk kran, Pòl ak Banabas di yo: “Li te nesesè pou se nou menm yo te anonse pawòl Bondye a an premye+. Men, piske nou voye l jete, e konsa nou montre nou pa merite resevwa lavi ki pap janm fini an, ebyen, nou menm nou pral preche moun ki nan nasyon yo+. 47 Anfèt, men kòmandman Jewova* ban nou lè l te di: ‘Mwen chwazi w kòm limyè pou nasyon yo, pou w ka anonse mwayen pou moun sove a jis nan dènye bout tè a+.’”

48 Lè moun ki nan nasyon yo tande sa, yo kontan anpil e yo fè lwanj pou pawòl Jewova* a. E tout moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè. 49 Anplis de sa, pawòl Jewova* a te kontinye ap gaye nan tout zòn nan. 50 Men, Juif yo monte tèt ni medam enpòtan ki te gen lakrentif pou Bondye yo ni mesye ki te nan gwo pozisyon nan vil la, yo leve yon pèsekisyon+ kont Pòl ak Banabas e yo mete yo deyò nan zòn nan. 51 Pòl ak Banabas souke pye yo pou yo retire pousyè ladan l* kòm temwayaj kont yo, epi y ale Ikónyòm+. 52 Disip yo te kontinye gen anpil kè kontan+ e yo te kontinye ranpli ak lespri sen.

14 Twouve, lè yo rive Ikónyòm, yo antre ansanm nan sinagòg Juif yo, e fason yo te pale te fè yon gwo foul moun vin kwè, Juif kou Grèk. 2 Men, Juif ki pa t kwè yo monte tèt* moun ki nan nasyon yo, e yo fè yo vire kont frè yo+. 3 Se sa k fè yo pase anpil tan nan zòn nan ap pale avèk kran grasa pouvwa Jewova* ba yo, li menm ki montre byen klè li dakò ak mesaj favè san parèy li a y ap preche a, lè li pèmèt yo fè mirak ak mèvèy*+. 4 Men, gwo foul moun ki te nan vil la te divize: gen kèk ki te pou Juif yo, men lòt yo te pou apot yo. 5 Lè moun ki nan nasyon yo ak Juif yo ansanm ak chèf yo t ap chèche maltrete mesye yo e kalonnen yo ak kout wòch+, 6 yo vin di mesye yo sa, e mesye yo kouri al nan vil Likawoni yo, anpalan de Lis ak Dèbe, ak nan lòt vil ki ozalantou yo+. 7 Lè yo rive la, yo kontinye anonse moun yo bon nouvèl la.

8 Twouve, gen yon mesye nan vil Lis ki te domaje nan pye. Li te enfim depi l fèt, e li pa t janm mache ditou. 9 Mesye sa a te chita ap tande Pòl k ap pale. Epi, Pòl gade l fiks, e kòm li wè mesye a gen lafwa pou l geri l+, 10 li di l byen fò: “Kanpe dwat sou de pye w!” Epi, mesye a vole l kanpe, e li kòmanse mache+. 11 Lè foul moun yo wè sa Pòl fè a, yo leve vwa yo, yo di nan lang likawonyen: “Dye yo pran fòm moun, yo desann vin jwenn nou+!” 12 Yo te kòmanse rele Banabas Zes, men yo te rele Pòl Èmès, etandone se li menm ki t ap pale. 13 Prèt Zes la, ki te gen tanp li nan antre vil la, te vin ak towo bèf ak kouwòn flè nan pòtay vil la, e li menm ansanm ak foul moun yo te vle fè sakrifis pou mesye yo.

14 Sepandan, lè apot yo tande sa, anpalan de Banabas ak Pòl, yo chire rad sou yo, yo vòltije antre nan foul la, e yo rele byen fò, yo di: 15 “Sa n ap fè konsa a, mesye? Nou menm tou, nou se moun ki gen menm feblès ak nou+, e nou vin anonse nou bon nouvèl la, pou nou ka vire do bay bagay sa yo ki pa vo anyen, pou nou vin jwenn Bondye vivan an, li menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo+. 16 Nan jenerasyon ki pase yo, li te pèmèt tout nasyon yo fè sa yo vle+, 17 byenke, li pa t sispann bay temwayaj sou tèt li+ paske li fè byen pou nou: li ban nou lapli ki soti nan syèl la ak sezon+ kote rekòt yo donnen anpil, li ban nou anpil manje e li ranpli kè nou ak lajwa+.” 18 Malgre yo fin di bagay sa yo, se apèn si yo te rive anpeche foul moun yo ofri yo sakrifis.

19 Men, gen Juif ki soti Antyòch ak Ikónyòm ki vin pran tèt foul la+, yo fè yo kalonnen Pòl ak kout wòch, e yo trennen l met deyò vil la, paske yo te panse l mouri+. 20 Sepandan, lè disip yo vin antoure l, li leve e li antre nan vil la. Nan demen, li pati al Dèbe ak Banabas+. 21 Apre yo fin anonse moun nan vil sa a bon nouvèl la e yo fin fè yon bon kantite disip ladan l, yo retounen Lis, Ikónyòm ak Antyòch. 22 Lè yo rive nan vil sa yo, yo fòtifye disip yo*+ e yo ankouraje yo pou yo rete nan lafwa. Yo di yo: “Nou dwe antre nan Wayòm Bondye a anba anpil tribilasyon+.” 23 Anplis de sa, yo te nome ansyen nan chak kongregasyon pou ede disip yo+. Yo priye e yo fè jèn*+ pou yo remèt ansyen sa yo bay Jewova*, li menm yo te vin kwè nan li a.

24 Apre sa, yo travèse Pizidi e yo antre Panfili+. 25 Lè yo fin anonse pawòl la Pèje, yo desann Atalya. 26 Pandan yo la, yo pran bato y al Antyòch, kote frè yo te konfye yo bay Bondye ki te fè yo favè san parèy pou yo t al fè tout travay yo sot fè a+.

27 Lè yo rive, yo reyini kongregasyon an, epi yo rakonte tout bagay Bondye te sèvi avèk yo pou l fè, e ki jan li te ouvri pòt pou nasyon yo pou yo ka vin gen lafwa+. 28 Apre sa, yo pase bon ti tan ak disip yo.

15 Twouve, gen kèk mesye ki te desann sot Jide e ki te kòmanse anseye frè yo, yo t ap di yo: “Si nou pa suiv Lwa Moyiz la, pou nou fè yo sikonsi nou+, nou pap ka sove.” 2 Men, Pòl ak Banabas pa t dakò menm ak moun sa yo, e sa te vin lakòz yon gwo diskisyon. Se sa k fè frè yo te deside pou Pòl ak Banabas ansanm ak kèk nan lòt moun yo te monte al kot apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm+ pou yo regle pwoblèm nan*.

3 Konsa, apre kongregasyon an fin kondui mesye yo met nan wout, mesye yo kontinye, yo pase Fenisi ak Samari, yo t ap rakonte an detay jan moun ki nan nasyon yo te konvèti, e sa te fè tout frè yo kontan anpil. 4 Lè yo rive Jerizalèm, kongregasyon an ak apot yo ansanm ak ansyen yo byen akeyi yo, e yo menm, yo rakonte tout bagay Bondye te fè pa mwayen yo. 5 Men, kèk nan moun ki te fè pati gwoup Farizyen yo e ki te vin kwè leve kanpe, yo di: “Li enpòtan pou yo sikonsi moun ki pa Juif yo e pou yo ba yo lòd pou yo obeyi Lwa Moyiz la+.”

6 Apre sa, apot yo ak ansyen yo reyini pou yo egzamine kesyon an. 7 Apre anpil gwo diskisyon*, Pyè leve kanpe, epi li di yo: “Frè m yo, nou konnen byen, depi nan kòmansman, Bondye te chwazi m pami nou pou l fè se nan bouch mwen moun ki nan nasyon yo tande pawòl bon nouvèl la pou yo ka kwè+. 8 Bondye, ki konnen kè moun+, te rann temwayaj lè l te ba yo lespri sen l+, menm jan li te fè sa pou nou tou. 9 Li pa t fè okenn diferans ant nou menm avèk yo+, men, piske yo te gen lafwa, li te pirifye kè yo+. 10 Donk, kounye a, poukisa n ap fè Bondye fache lè n ap fòse disip yo pote yon jouk sou kou yo+, yon jouk ni zansèt nou yo ni nou menm pa t ka pote+? 11 Okontrè, menm jan ak moun sa yo tou, nou gen lafwa se grasa favè san parèy Seyè Jezi a+ nou kapab sove+.”

12 Lè sa a, tout gwoup la fè silans, e yo kòmanse koute Banabas ak Pòl k ap rakonte yo kòman Bondye te itilize yo pou l fè anpil mirak ak mèvèy* nan mitan nasyon yo. 13 Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: “Frè m yo, tande. 14 Simeyon*+ rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo+. 15 E sa ann amoni ak pawòl pwofèt yo, jan sa ekri: 16 ‘Apre bagay sa yo, m ap retounen e m ap rebati tant* David la ki tonbe. Wi, m ap rebati mazi a, m ap mete l kanpe ankò, 17 dekwa pou moun ki rete yo ka chèche Jewova ak tout kè yo, ansanm ak moun nan tout nasyon yo, moun ki pote non m yo, se sa Jewova* di, li menm k ap fè bagay sa yo+ 18 moun konnen depi lontan an+.’ 19 Se sa k fè, selon opinyon pa m, nou pa dwe bay moun ki nan nasyon yo ki vin jwenn Bondye yo pwoblèm+. 20 Men, se pou n ekri yo pou yo evite ni bagay zidòl yo kontamine+, ni imoralite seksyèl*+, ni bèt ki mouri toufe*, ni san+. 21 Paske, depi lontan, gen moun k ap preche sa ki nan liv Moyiz yo nan yon vil apre yon lòt, piske yo li sa ki nan liv sa yo nan sinagòg yo awotvwa chak saba+.”

22 Apre sa, apot yo ak ansyen yo ansanm ak tout kongregasyon an te deside voye kèk mesye yo chwazi pami yo al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo te voye Jida, ki rele Basabas tou, ak Silas+, yo menm ki fè pati moun ki te alatèt pami frè yo, 23 e yo ba yo pote yon lèt yo te ekri ki di:

“Nou menm apot yo ak ansyen yo, nou menm ki frè nou, n ap salye frè ki nan Antyòch+, nan Siri ak nan Silisi yo, nou menm ki soti nan nasyon yo. 24 Nou tande gen kèk moun ki te pami nou k ap twouble nou ak pawòl y ap di+, y ap eseye boulvèse nou*, byenke nou pa t ba yo okenn enstriksyon nan sans sa a. 25 Se sa k fè nou tout vin tonbe dakò e nou deside chwazi kèk mesye pou nou voye kote nou ansanm ak Banabas ak Pòl, de moun nou renmen, 26 ki te riske lavi yo* pou non Jezi Kris, Seyè nou an+. 27 Se poutèt sa nou voye Jida ak Silas pou yo di menm bagay yo tou ak bouch yo+. 28 Paske, lespri sen+ ansanm ak nou menm twouve li bon pou nou pa mete lòt chay sou do nou, eksepte bagay sa yo ki nesesè: 29 kontinye evite ni bagay yo sakrifye bay zidòl+, ni san+, ni bèt ki mouri toufe*+, ni imoralite seksyèl*+. Si nou fè tout sa n kapab pou n evite bagay sa yo, sa ap mache byen pou nou. Pote nou byen*!”

30 Kidonk, lè yo voye mesye yo ale, mesye yo desann Antyòch, yo reyini tout disip yo, epi yo remèt yo lèt la. 31 Lè yo fin li l, yo kontan pou ankourajman yo jwenn nan. 32 Epi, kòm Jida ak Silas se pwofèt yo te ye tou, yo ankouraje frè yo ak anpil diskou, e yo fòtifye yo+. 33 Apre yo fin pase yon ti tan la, frè yo voye yo ale anpè pou y al jwenn moun ki te voye yo a. 34 *—— 35 Men, Pòl ak Banabas te rete Antyòch, yo t ap anseye. Yo menm ansanm ak yon pakèt lòt moun t ap anonse bon nouvèl ki nan pawòl Jewova* a.

36 Apre kèk jou, Pòl di Banabas: “Kounye a, ann tounen* al vizite frè yo nan chak vil kote nou te anonse pawòl Jewova* a, pou nou wè kòman yo ye+.” 37 Banabas te byen deside pou l mennen Jan, ki rele Mak tou, avèk yo+. 38 Men, Pòl pa t dakò pou yo mennen l avèk yo, paske li te kite yo depi Panfili e li pa t akonpaye yo nan travay la+. 39 Lè sa a, yo pete yon sèl lobo, e sa vin lakòz yo chak fè yon bò. Banabas+ pran Mak avèk li, yo pran bato, y al nan zile Chip. 40 Pòl li menm chwazi Silas, epi, apre frè yo fin remèt Pòl nan men Jewova* pou ba l favè san parèy la, li ale+. 41 Li travèse Siri ak Silisi, toutpandan li t ap fòtifye kongregasyon yo.

16 Epi, li rive Dèbe, apre sa l al Lis+. Nan vil sa a, te gen yon disip ki rele Timote+. Manman l te yon Juif e li te yon disip tou, men papa l te yon Grèk. 2 Frè Lis ak frè Ikónyòm yo te pale an byen de Timote. 3 Pòl di li ta renmen pou Timote al ansanm avè l. Li pran l, li sikonsi l poutèt Juif ki te nan zòn sa yo+, paske yo tout te konnen papa l te yon Grèk. 4 Etan y ap vwayaje, yo fè moun ki nan vil kote yo pase yo konnen desizyon apot yo ak ansyen ki nan Jerizalèm yo te pran, pou moun yo ka soumèt devan desizyon sa yo+. 5 Kòm rezilta, kongregasyon yo te kontinye ap vin pi solid nan lafwa, e de jou an jou, yo te vin gen plis moun.

6 Annapre, yo vwayaje al nan zòn Friji ak Galasi+, paske lespri sen te entèdi yo preche pawòl la nan tèritwa Azi*. 7 Pi devan, lè yo desann Mizi, yo eseye antre Bitini+, men Jezi, pa mwayen lespri a, pa t pèmèt yo fè sa. 8 Donk, yo pase toupre* Mizi, epi yo desann Twowas. 9 E pandan nuit lan, Pòl fè yon vizyon kote li wè yon mesye, yon moun Masedwàn, ki kanpe k ap sipliye l, k ap di l: “Vin Masedwàn pou w ede nou.” 10 Kou l fin fè vizyon an, nou chèche al Masedwàn, paske nou te vin rann nou kont se Bondye ki voye rele nou pou n al anonse moun sa yo bon nouvèl la.

11 Konsa, etan nou Twowas, nou pran lanmè, nou file toudwat n al Samotras, e nan demen, n al Neyapolis. 12 Apre sa, n al Filip+, yon vil ki anba dominasyon Wòm. Se vil ki pi enpòtan nan Masedwàn. Nou pase kèk jou nan vil sa a. 13 Nan jou saba a, nou sot pa deyò pòtay vil la, toupre yon rivyè, yon kote nou te panse moun te konn vin lapriyè. Epi, nou chita la, e nou kòmanse pale ak medam ki te rasanble nan zòn nan. 14 Epi, gen yon dam ki rele Lidi ki t ap sèvi Bondye ki te la, ki t ap koute. Li se moun Tiyati+, e li te konn vann twal ak rad* wouj vyolèt. Jewova* te ouvri kè l byen laj pou l koute sa Pòl t ap di yo. 15 Epi, li menm ak moun lakay li vin batize+. Apre sa, li sipliye nou, li di nou: “Si nou twouve mwen fidèl devan Jewova*, vin fè ladesant lakay mwen.” Se konsa, li fòse nou vin lakay li.

16 Yon jou, pandan nou t apral kote moun yo konn vin lapriyè a, nou rankontre ak yon tifi. Se te yon sèvant ki te gen yon espri sou li, yon demon ki konn fè konnen sa k pral rive+, e konsa, tifi a te konn fè mèt li yo fè anpil kòb. 17 Tifi sa a pa t sispann suiv Pòl avèk nou, e li t ap di byen fò: “Mesye sa yo se esklav Bondye+, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an. Y ap anonse nou mwayen pou nou jwenn delivrans lan.” 18 Li fè plizyè jou ap fè sa. Finalman, Pòl vin bouke avè l. Pòl vire, epi li di espri a: “Nan non Jezi Kris, mwen ba w lòd pou w sot sou tifi a.” Epi, menm kote a, espri a soti sou tifi a+.

19 Ebyen, lè mèt tifi a wè yo pèdi tout espwa pou yo fè kòb ak tifi a+, yo met men sou Pòl ak Silas, yo trennen yo mennen bay chèf yo sou plas piblik la*+. 20 Lè yo mennen yo bay majistra yo, yo di: “Se pa ti boulvèse mesye sa yo ap boulvèse vil nou an+. Yo se Juif, 21 e y ap anseye yon seri koutim nou pa gen dwa aksepte, ni nou pa gen dwa suiv, piske nou se Women.” 22 Tout foul moun yo leve kanpe kont yo. Epi, majistra yo fè rache rad sou yo, e yo bay lòd pou yo bat yo ak kout baton+. 23 Apre yo fin ba yo anpil kout baton, yo mete yo nan prizon, e yo bay gadyen prizon an lòd pou l byen siveye yo+. 24 Etandone yo ba l lòd sa a, li mete yo nan yon kacho ki jis nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan sèp*.

25 Men, nan mitan lannuit, Pòl ak Silas t ap priye, yo t ap chante pou yo louwe Bondye+, e prizonye yo te tande yo. 26 Bridsoukou, gen yon gwo tranblemanntè ki souke prizon an jis nan fondasyon l. Anplis de sa, tout pòt prizon yo ouvri yon sèl kou, e chenn tout prizonye detache+. 27 Lè gadyen prizon an pantan nan dòmi, epi li wè pòt prizon yo tou ouvè, li pran epe l pou l touye tèt li, paske li te panse prizonye yo sove+. 28 Men, Pòl di l byen fò: “Pa fè tèt ou mal, paske nou tout la!” 29 Lè l tande sa, li mande pou yo vin ak limyè pou li. Li kouri antre anndan kacho a, epi, etan l tou ap tranble, li lage kò l devan Pòl ak Silas. 30 Li fè yo soti, epi li di yo: “Mesye, ki sa pou m fè pou m ka sove?” 31 Yo di l: “Kwè nan Seyè Jezi, e ou menm ak tout moun lakay ou ap sove+.” 32 Epi, yo fè ni li menm ni tout moun lakay li konn pawòl Jewova* a. 33 Menm lè a, nan mitan nuit lan, li pran yo avèk li, li lave blese yo te genyen yo, e li menm ak tout moun lakay li batize san pèdi tan+. 34 Li mennen yo lakay li, li met manje sou tab pou yo, e li menm ak tout moun lakay li rejwi anpil poutèt kounye a li kwè nan Bondye.

35 Lè l jou, majistra yo voye ajan sekirite yo al di: “Lage mesye yo.” 36 Gadyen prizon an vin di Pòl sa, li di: “Majistra yo voye moun pou fè lage nou toule de. Kidonk, kounye a, nou mèt soti, al anpè.” 37 Men, Pòl di yo: “Ki sa? Yo bat nou an piblik san nou pa kondane, nou menm ki se Women+, yo fèmen nou nan prizon, epi kounye a, yo vle libere nou an kachèt! Non, jamè! Se yo menm menm ki pou vin fè nou soti.” 38 Ajan sekirite yo al di majistra yo pawòl sa yo. Lè yo tande mesye yo se Women+, yo vin pè. 39 Se sa k fè yo vin sipliye yo, e apre yo fin akonpaye yo pou yo soti, yo mande yo pou yo kite vil la. 40 Men, yo soti nan prizon an, y al lakay Lidi. E lè yo wè frè yo, yo ankouraje yo+, epi yo ale.

17 Apre sa, yo travèse Anfipolis ak Apoloni, e yo rive Tesalonik+, kote Juif yo te gen yon sinagòg. 2 Se konsa, Pòl antre al jwenn yo, jan l abitye fè sa+, e pandan twa saba, li rezone avèk yo sou Ekriti yo+. 3 Li t ap ba yo esplikasyon, e li t ap sèvi ak pasaj nan Ekriti yo pou l pwouve yo li te nesesè pou Kris la soufri+ e pou l leve sot nan lanmò+. Li te di: “Jezi m ap anonse nou an, se li ki Kris la.” 4 Kòm rezilta, kèk ladan yo te vin kwè e yo te vin jwenn Pòl ak Silas+. Gen anpil Grèk ki t ap adore Bondye ki te fè menm bagay la tou ansanm ak yon bonkou medam ki enpòtan.

5 Men, Juif yo, ki te vin jalou+, pran kèk mesye ki mechan pami vagabon ki sou plas piblik la* met avèk yo, yo vin fòme yon foul moun, e yo met vil la tèt anba. Epi, yo anvayi kay Jazon pou yo chèche Pòl ak Silas mennen bay popilasyon an. 6 Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ak kèk frè al devan chèf yo nan vil la, e yo di byen fò: “Men mesye sa yo k ap boulvèse* tout tè a rive bò isit la+, 7 epi Jazon li menm akeyi yo lakay li. Anplis, tout mesye sa yo ap aji kont dekrè Seza yo, yo di gen yon lòt wa yo rele Jezi+.” 8 Lè foul la ansanm ak chèf yo ki nan vil la tande bagay sa yo, yo vin move anpil. 9 Jazon ak lòt frè yo te oblije ba yo yon bon kantite lajan pou yo te ka kite yo ale.

10 Kou lannuit rive, frè yo voye Pòl ak Silas Bere. Lè yo rive, yo antre nan sinagòg Juif yo. 11 Twouve, Juif Bere yo te gen pi bon atitid pase Juif Tesalonik yo, paske yo te byen dispoze lè yo t ap resevwa pawòl la, e yo te konn byen egzamine Ekriti yo chak jou pou yo wè si se konsa bagay yo ye vre. 12 Se sa k fè, anpil nan yo te vin kwè, epi, te gen yon bonkou medam ki enpòtan pami Grèk yo ak anpil gason ki te vin kwè tou. 13 Men, lè Juif Tesalonik yo aprann Pòl ap anonse pawòl Bondye a nan Bere tou, yo vin Bere pou yo soulve foul moun yo kont li e pou fè yo fè dezòd+. 14 Menm kote a, frè yo fè Pòl desann al bò lanmè a+. Silas ak Timote yo menm rete. 15 Men, moun ki t ap kondui Pòl yo te mennen l jis Atèn, e apre Pòl fin mande yo pou yo di Silas ak Timote+ pou yo vin jwenn li pi vit posib, yo ale.

16 Twouve, pandan Pòl t ap ret tann yo Atèn, lespri l te vin boulvèse lè l wè jan vil la chaje ak zidòl. 17 Se sa k fè li kòmanse rezone nan sinagòg la avèk Juif yo ansanm ak lòt moun ki t ap adore Bondye yo. E chak jou, li te konn rezone sou plas piblik la* ak moun li te rankontre. 18 Men, te gen kèk filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki* yo e te gen kèk lòt ki t ap suiv ansèyman Zenon* yo ki te pran diskite avè l. Genyen ki t ap di: “Ki sa paladò sa a ap di la a?” Gen lòt ki t ap di: “Genlè l ap preche konsènan lòt kalite dye.” Yo t ap di sa, paske li t ap anonse moun yo bon nouvèl sou Jezi ak sou rezirèksyon an+. 19 Konsa, yo met men sou li, yo mennen l nan Areyopaj la*, epi yo di: “Èske w ka fè nou konnen ki nouvo ansèyman sa a w ap bay la? 20 Paske, ou vin ak kèk bagay ki sonnen dwòl nan zòrèy nou e nou vle konnen sa bagay sa yo vle di.” 21 Anfèt, tout moun Atèn ak etranje ki abite la yo se bagay ki nouvo sèlman yo te pase tan yo ap rakonte oswa ap tande. 22 Lè sa a, Pòl kanpe nan mitan Areyopaj la+, li di:

“Moun Atèn, selon tout sa mwen wè, sanble nou pi atache ak dye yo* pase lòt moun yo+. 23 Pa egzanp, pandan mwen t ap pwonmennen e mwen t ap byen gade bagay nou sèvi pou nou fè adorasyon yo, mwen jwenn yon lotèl yo ekri sou li: ‘Pou yon Dye nou pa konnen.’ Kidonk, sa n ap adore san nou pa konnen l lan, se li m ap anonse nou. 24 Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l, li menm ki Mèt* syèl la ak tè a+, li pa abite nan tanp moun fè ak men+, 25 ni li pa mande moun fè anyen pou li nonplis, kòmsi li ta bezwen yon bagay kèlkonk+, paske se li menm ki bay tout moun lavi ak souf+ ak tout bagay. 26 Li sèvi ak yon sèl moun+ pou l fè moun tout nasyon, pou yo abite sou tout kò tè a+. Li fikse tan, e li mete limit kote pou moun rete+, 27 dekwa pou yo chèche Bondye, e menm pou yo tatonnen pou yo jwenn li e pou yo jwenn li vre+, byenke, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou. 28 Paske, se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman ak kò nou e nou egziste, jan kèk nan powèt nou yo di sa: ‘Nou menm tou, nou se pitit li.’

29 “Kidonk, piske nou se pitit Bondye+, nou pa dwe panse Bondye sanble ak bagay ki fèt ak lò oswa ak ajan oubyen ak wòch, bagay lèzòm sèvi ak entèlijans yo ansanm ak imajinasyon yo pou yo fè+. 30 Se vre, Bondye te fèmen je l sou tan kote moun yo te nan inyorans+, men kounye a, l ap fè tout moun tout kote konnen yo dwe repanti. 31 Paske, li fikse yon jou kote li pral sèvi ak yon moun li chwazi pou l jije+ tout tè a avèk jistis, e li bay tout moun yon garanti lè l te resisite moun sa a sot nan lanmò+.”

32 Twouve, lè yo tande Pòl ap pale de rezirèksyon mò, gen ladan yo ki kòmanse pase l nan rizib+, tandiske gen lòt ki di: “N a tande koze sa a yon lòt lè.” 33 Se konsa, Pòl kite yo. 34 Men, gen kèk mesye ki te vin jwenn li, e yo te vin kwè. Pami yo, te gen Dyoniziyis, yon jij nan tribinal Areyopaj la, ak yon dam ki te rele Damaris, ansanm ak lòt moun ankò.

18 Apre sa, li kite Atèn, l al Korent. 2 Epi, li jwenn yon Juif yo rele Akila+. Misye se moun Pon, li te fèk sot ann Itali e li te ansanm ak Prisil, madanm li. Yo te vin Korent, paske anperè Klod te bay lòd pou tout Juif yo kite Wòm. Pòl al jwenn yo, 3 e kòm yo te gen menm metye avè l, li rete lakay yo, e yo travay ansanm+. Metye yo se te fè tant. 4 Men, chak saba, li te konn bay yon diskou* nan sinagòg la+ e li te konn konvenk ni Juif ni Grèk.

5 Lè Silas+ ak Timote+ rive sot Masedwàn, Pòl kòmanse vin okipe anpil nan preche pawòl la, li t ap bay Juif yo temwayaj pou l pwouve yo Jezi se Kris la+. 6 Men, etandone yo te kontinye opoze ak li e yo t ap pale lèd avè l, li souke rad sou li*+, epi li di yo: “Se nou ki responsab pwòp san nou+. Mwen menm, mwen pa responsab+. Apati kounye a, mwen pral kot moun ki nan nasyon yo+.” 7 Vrèmanvre, li kite kote l te ye a*, l al lakay yon mesye ki rele Titiyis Jistis ki te gen lakrentif pou Bondye. Kay li te tou kole ak sinagòg la. 8 Men, Krispis+, mesye ki t ap dirije sinagòg la, te vin kwè nan Seyè a ansanm ak tout moun lakay li. E anpil moun nan vil Korent ki te tande bon nouvèl la te kòmanse kwè, e yo te vin batize. 9 Anplis de sa, nan lannuit, Seyè a di Pòl nan yon vizyon: “Pinga w pè, kontinye pale, pa ret an silans, 10 paske mwen avèk ou+, e pèsonn pap ka atake w pou fè w anyen, paske mwen gen anpil moun nan vil sa a.” 11 Donk, li rete la pandan ennan sis mwa, e li t ap anseye yo pawòl Bondye a.

12 Pandan Galyon te gouvènè* nan Akayi, Juif yo fè yon sèl, yo leve kont Pòl e yo mennen l nan tribinal la, 13 yo di: “Misye ap fè moun yo adore Bondye yon fason ki kontrè ak lalwa.” 14 Men, etan Pòl vini pou l ouvri bouch li, Galyon di Juif yo konsa: “Nou menm Juif, tande m! An reyalite, si se te yon bagay mal li te fè, yon move zak, mwen t ap gen rezon pou mwen pran pasyans pou m tande nou. 15 Men, piske se diskisyon sou mo, sou non moun oswa sou lwa nou an n ap fè+, nou mèt okipe sa poukont nou. Mwen pa vle jije bagay sa yo.” 16 Lè l fin di sa, li fè yo soti nan tribinal la. 17 Lè sa a, yo tout yo met men sou Sostèn+, mesye ki t ap dirije sinagòg la, epi yo kòmanse bat li depi devan tribinal la. Men, Galyon pa t mele menm nan bagay sa yo.

18 Men, Pòl rete la kèk jou ankò. Apre sa, li di frè yo orevwa, epi li pran bato, l al Siri. Prisil ak Akila te ansanm avè l. Lè l rive Sankre+, li fè koupe cheve l byen ba, paske li te fè yon ve. 19 Epi, yo rive Efèz, e li kite yo, li antre nan sinagòg la, e li kòmanse rezone avèk Juif yo+. 20 Yo pa t sispann mande l pou l rete plis avèk yo, men li pa t dakò. 21 Li di yo orevwa, epi li di yo: “Si Jewova* vle, m ap tounen vin wè nou ankò.” Epi li pran bato detan l Efèz, 22 li desann Sezare. Apre sa, li monte* al salye kongregasyon an, epi li desann Antyòch+.

23 Lè l fin pase yon ti tan la, li ale, li pase yon bann kote nan peyi Galasi ak nan Friji+, e li t ap fòtifye tout disip yo+.

24 Twouve, gen yon Juif yo rele Apolòs+ ki vin rive Efèz. Misye te moun Aleksandri, li te pale byen e li te konn Ekriti yo byen. 25 Yo te anseye l* chemen Jewova* a. E grasa lespri a, li te vin chofe pou l pale e pou l anseye bagay ki gen rapò ak Jezi yo yon fason ki egzak, men se sèlman batèm Jan an li te konnen. 26 Li te kòmanse pale avèk kran nan sinagòg la. Lè Prisil ak Akila+ tande misye k ap pale, yo pran l avèk yo, e yo esplike l chemen Bondye a yon fason ki pi egzak toujou. 27 Anplis de sa, kòm li te vle travèse al Akayi, frè yo ekri disip yo e yo sipliye yo pou yo byen akeyi l. Vrèmanvre, lè l rive la, se pa ti ede li te ede moun ki te vin kwè grasa favè san parèy Bondye te fè yo a. 28 Paske, avèk fòs, li te pwouve Juif yo te nan erè. Li te fè sa yon fason total devan tout moun, e li te sèvi ak Ekriti yo pou l montre yo Jezi se Kris la+.

19 Apre sa, pandan Apolòs+ nan vil Korent, Pòl pase sou anndan, nan tèritwa Azi*, li desann Efèz+. Epi li jwenn kèk disip la, 2 li di yo: “Èske nou te resevwa lespri sen lè nou te vin kwè a+?” Yo reponn li: “Men, nou pa t janm tande yo di gen yon lespri sen!” 3 Epi li di: “Ki batèm menm nou te resevwa?” Yo di: “Batèm Jan an+.” 4 Pòl di: “Jan te batize moun ki montre yo repanti yo+, e li te di pèp la pou yo kwè nan sila a k ap vin apre l la+, sètadi, nan Jezi.” 5 Lè yo tande sa, yo fè yo batize yo nan non Seyè Jezi. 6 E lè Pòl poze men l sou yo, lespri sen desann sou yo+, yo kòmanse pale lòt lang, e yo kòmanse pwofetize*+. 7 Antou, yo te 12 gason konsa.

8 Apre sa, Pòl fè twa mwa ap vin nan sinagòg la+, e li pale sou Wayòm Bondye a avèk kran, li bay diskou, e li pale yon fason pou l konvenk moun yo+. 9 Men, lè kèk nan moun yo vin ap fè tèt di e yo pa kwè, y ap denigre Chemen an+ devan foul la, li rale kò l sou yo+, e li fè disip yo fè menm bagay la tou. Chak jou, l al bay diskou nan oditoryòm lekòl Tiranis la. 10 Li fè dezan ap fè sa. Konsa, tout moun ki t ap viv nan tèritwa Azi a te tande pawòl Seyè a, Juif kou Grèk.

11 Bondye te kontinye sèvi ak Pòl pou l fè mirak* ki estrawòdinè+. 12 Yo te menm konn pran moso twal ak tabliye ki te touche ak kò l pote bay moun malad yo+, epi maladi yo sot sou moun yo, e movèzespri yo ale+. 13 Men, gen kèk Juif ki t ap mache toupatou ap chase demon, e yo menm tou, yo t ap eseye sèvi ak non Seyè Jezi sou moun ki gen movèzespri sou yo, yo t ap di: “Se nan non Jezi Pòl ap preche a mwen ban nou lòd pou nou soti+.” 14 Twouve, te gen yon mesye, yon prèt an chèf Juif ki rele Seva ki te gen sèt pitit gason ki t ap fè sa. 15 Men, movèzespri a reponn, li di yo: “Mwen konn Jezi+, e mwen rekonèt Pòl+. Men nou menm, kiyès nou ye?” 16 Sa w tande a, mesye ki te gen movèzespri sou li a fonse sou yo, li metrize yo youn apre lòt, e li maltrete yo, sa fè yo kouri sot nan kay kote yo te ye a san rad sou yo ak kò yo blese. 17 Tout moun ki te abite Efèz te vin konn sa, Juif kou Grèk. Yo tout te vin gen yon laperèz ki anvayi yo, e moun t ap fè lwanj pou non Seyè Jezi. 18 Anpil nan moun ki te vin kwè yo te vin konfese sa yo te konn fè devan tout moun. 19 Anfèt, anpil moun ki te konn pratike maji te rasanble liv maji yo te genyen yo, e yo te boule yo devan tout moun+. Yo te kalkile pri yo te koute, e yo jwenn yo te vo 50 000 pyès ann ajan. 20 Se konsa, pawòl Jewova* a te kontinye gaye avèk pisans, e se li ki te gen plis fòs+.

21 Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase Masedwàn+ ak Akayi, epi apre sa pou l al Jerizalèm+. Li di: “Apre m sot Jerizalèm, mwen dwe al Wòm tou+.” 22 Konsa, li voye de nan moun ki t ap ede l yo Masedwàn, anpalan de Timote+ ak Eras+, men li menm, li rete kèk tan toujou nan tèritwa Azi a.

23 Nan moman sa a, se pa ti latwoublay+ ki te vin genyen poutèt Chemen an+. 24 Paske, te gen yon òfèv ki rele Demetriyis ki te konn fè ti tanp ann ajan pou Atemis, e sa te konn rapòte atizan yo anpil+. 25 Li reyini yo ansanm ak lòt moun ki konn travay nan aktivite sa a, e li di yo: “Mesye, nou konnen byen se travay sa a ki fè afè n ap byen mache. 26 Selon sa nou wè e selon sa nou tande se pa nan vil Efèz+ sèlman nonm yo rele Pòl la konvenk yon pakèt moun pou l fè yo vin gen yon lòt opinyon, men se prèske nan tout tèritwa Azi a li fè sa. Li di imaj lèzòm fè ak men yo se pa dye yo ye vre+. 27 Mete sou sa, men sa k ka rive: Se pa sèlman metye n ap fè a ki pral gen move renome, men tou tanp gran deyès Atemis la pral pèdi repitasyon l, e menm gran deyès la pral pèdi grandè li, yon deyès moun nan tout tèritwa Azi ak moun toupatou sou tè a ap adore.” 28 Lè mesye yo tande sa, yo vin an kòlè nèt, yo kòmanse rele, yo t ap di: “Atemis, deyès moun Efèz yo, se yon gran deyès!”

29 Lè sa a, vil la vin tèt anba, e tout moun yo met men sou Gayis ak Aristak+, de moun Masedwàn ki te konn vwayaje ak Pòl, yo kouri antre nan teyat la avèk yo. 30 Pòl li menm te dispoze antre anndan an al kot moun yo, men disip yo pa t kite l fè sa. 31 Te menm gen kèk nan moun ki te byen apresye l, ki te konn òganize fèt ak jwèt nan teyat la, ki te voye di l tanpri souple pa pran chans al nan teyat la. 32 Anfèt, moun yo t ap pale byen fò, yon pòsyon t ap di yon bagay, yon lòt pòsyon t ap di yon lòt bagay. Paske, te gen konfizyon nan mitan moun ki te rasanble yo, e pifò ladan yo pa t konn pou ki rezon yo te reyini. 33 Konsa, yo fè Aleksann sot nan mitan foul la, e Juif yo menm t ap pouse l devan. Aleksann fè jès ak men l, paske li te vle pale pou l defann tèt li devan pèp la. 34 Men, lè yo vin wè li se yon Juif, yo tout pran rele ansanm pandan anviwon dezèdtan, yo t ap di: “Atemis, deyès moun Efèz yo, se yon gran deyès!”

35 Alafen, administratè vil la kalme foul la. Apre sa, li di: “Nou menm, moun Efèz, ki moun an reyalite ki pa konnen se vil Efèz k ap pwoteje tanp gran Atemis la ak estati ki te tonbe sot nan syèl la? 36 Kòm pèsonn pa ka nye sa, ebyen, fòk nou kalme nou pou nou pa fè anyen nan tèt cho. 37 Paske, mesye sa yo nou mennen la a, yo pa ni piye tanp, ni yo pa di move pawòl sou deyès nou an. 38 Kidonk, si Demetriyis+ ak atizan ki avè l yo gen yon pwoblèm ak yon moun, gen jou tribinal la travay e gen gouvènè* ki la, se pou youn pot plent pou lòt. 39 Men, si se yon lòt bagay n ap chèche, se pou nou regle sa nan youn nan asanble ki fèt selon lalwa yo. 40 Akoz sa ki pase jodi a, yo sanlè akize nou kòm moun k ap fè soulèvman. E pa gen anyen n ap ka di pou nou esplike dezòd sa a.” 41 Lè l fin di pawòl sa yo, li fè moun yo ale.

20 Lè dezòd la sispann, Pòl fè rele disip yo, li ankouraje yo, li di yo orevwa, epi li pati l al Masedwàn. 2 Apre li fin pase nan tout zòn nan e li fin di disip ki la yo anpil pawòl pou l ankouraje yo, li rive nan peyi Lagrès. 3 Li pase twa mwa la. Men, etandone Juif yo t ap mare yon konplo sou do l+ pandan l t apral pran bato pou l al Siri, li fè lide pase pa Masedwàn lè l ap retounen. 4 Moun ki te akonpaye l yo se te Sopatè, pitit Piris, moun Bere, ansuit te gen Aristak+ ak Sekindis, moun Tesalonik, te gen Gayis, moun Dèbe, te gen Timote+, epi te gen Tichik+ ak Twofim+ ki te sot nan tèritwa Azi*. 5 Mesye sa yo ale devan nou, y al tann nou Twowas. 6 Men nou menm, nou pran bato nan vil Filip apre jou fèt Pen san ledven yo+, e nou rive kote yo Twowas sou senk jou. Nou pase sèt jou la.

7 Premye jou nan semèn nan, etan nou reyini ansanm pou nou manje, Pòl kòmanse pale avèk yo. Etandone li te gen pou l pati nan demen, li kontinye pale jiska minui. 8 Te gen yon bonkou lanp nan chanmòt kote nou te reyini an. 9 Pandan Pòl te kontinye ap pale, dòmi ale nèt ak yon jèn gason ki rele Etich ki te chita arebò yon fenèt. Epi, li tèlman ap dòmi, li sot nan dezyèm etaj la li tonbe anba, e lè y al ranmase l, yo jwenn li mouri. 10 Men, Pòl desann anba a, li panche kò l sou li e li pran l nan bra l+, li di moun yo: “Sispann rele, paske li vivan kounye a*+.” 11 Apre sa, Pòl monte anlè a, li kase yon pen e li kòmanse manje. Li pase anpil tan ap pale avèk yo ankò, jis li jou, finalman li pati. 12 Konsa, yo te retounen ak jèn gason an vivan, e yo te jwenn anpil konsolasyon.

13 Kounye a, Pòl ban nou enstriksyon pou nou pran devan pou n al nan yon bato k ap mennen nou Asòs, kote nou gen pou n pran l abò bato a, paske li menm, li te deside ale apye. 14 Lè l vin jwenn nou Asòs, nou pran l abò bato a, epi n al Mitilèn. 15 Nan demen, nou fè vwal e nou rive anfas yon zile ki rele Kyòs. Men, apre yon jou, nou fè eskal Samòs, e nan jou apre a, nou rive Milè. 16 Pòl te deside pase devan Efèz+ pou l pa t pèdi tan nan tèritwa Azi a, paske li t ap prese pou l wè si l posib pou l ta Jerizalèm+ jou fèt Pannkòt la.

17 Sepandan, detan l Milè, li voye yon mesaj Efèz pou l mande ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l. 18 Lè yo rive kote l, li di yo: “Nou konnen byen ki fason m te viv nan mitan nou depi premye jou mwen te met pye m nan tèritwa Azi a+. 19 Mwen te travay tankou esklav pou Seyè a ak bonjan imilite*+, avèk dlo nan je, e anba tout eprèv mwen te jwenn akoz konplo Juif yo te fè. 20 Anmenmtan, mwen pa t ezite anonse nou tout bagay ki te bon pou nou*, e mwen pa t ezite anseye nou ni an piblik+ ni kay an kay+. 21 Mwen te bay ni Juif ni Grèk yon temwayaj konplè, mwen te fè yo konnen yo dwe repanti+, yo dwe vin jwenn Bondye e yo dwe gen lafwa nan Seyè nou an, Jezi+. 22 Kounye a, gade! lespri a oblije m* al Jerizalèm, malgre mwen pa konn sa k pral rive m lòtbò a. 23 Sèl sa m konnen, sèke nan chak vil mwen pase, lespri sen pa sispann fè m konnen se prizon ak tribilasyon k ap tann mwen+. 24 Malgre sa, mwen pa bay lavi m* okenn enpòtans, depi m rive fini kous mwen+ ak sèvis Seyè Jezi ban mwen an, sètadi pou m bay yon temwayaj konplè sou bon nouvèl konsènan favè san parèy Bondye a.

25 “Kounye a, gade! mwen konnen pa gen youn nan nou mwen te preche mesaj Wayòm nan k ap wè m ankò. 26 Se poutèt sa, jodi a menm, mwen pran nou sèvi m temwen, mwen pa responsab san pèsonn+, 27 paske mwen pa t ezite fè nou konnen tout sa Bondye deside*+. 28 Veye sou tèt nou+, e veye sou tout twoupo lespri sen etabli nou siveyan sou li a+, pou nou ka pran swen kongregasyon Bondye a+, yon kongregasyon li achte ak san pwòp Pitit li a+. 29 Mwen konnen apre m fin ale, gen moun ki tankou lou mechan k ap antre nan mitan nou+, yo pap aji ak twoupo a avèk tandrès, 30 e gen yon seri mesye k ap leve nan mitan nou, y ap pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo+.

31 “Kidonk, rete je klè, e pa bliye, pandan twazan+, lannuit kou lajounen, mwen pa t janm sispann konseye nou chak ak dlo nan je. 32 E kounye a, se pou nou jwenn pwoteksyon nan men Bondye ak nan mesaj konsènan favè san parèy li a, mesaj ki ka fòtifye nou e ki ka fè nou jwenn eritaj pa nou ansanm ak tout moun ki vin sen yo+. 33 Mwen pa t anvi ni ajan, ni lò, ni rad pèsonn+. 34 Nou menm, nou konnen se ak men sa yo mwen te travay dekwa pou ni mwen+, ni moun ki ansanm avè m yo ka jwenn sa nou bezwen. 35 Mwen te montre nou nan tout bagay se pou nou travay di+ menm jan an pou nou ede moun ki fèb yo, e nou dwe sonje pawòl Seyè Jezi yo, li menm ki te di: ‘Yon moun pi kontan lè l bay+ pase lè l resevwa.’”

36 Lè Pòl fin di bagay sa yo, li met ajenou avèk yo tout, epi li priye. 37 Apre sa, yo tout pran kriye, yo pase bra yo nan kou l e yo anbrase l ak anpil afeksyon*, 38 paske yo te gen lapenn, sitou poutèt li te di yo yo pap wè l ankò+. Apre sa, yo kondui l al nan bato a.

21 Apre nou fin chape n ale, nou pran lanmè, nou file tou dwat, e nou rive Kòs. Nan demen, nou ale Wòd, e lè nou sot la, nou ale Patara. 2 Lè nou jwenn yon bato ki t ap travèse al Fenisi, nou monte bato a, epi nou ale. 3 Nou vin ap gade zile Chip toupre a, men nou kite l dèyè sou bò goch* e nou fè vwal pou peyi Siri. Nou vin fè tè nan vil Ti, kote bato a te gen pou l debake chay li te pote yo. 4 Nou chèche disip yo, nou jwenn yo, epi nou fè sèt jou avèk yo. Apre lespri sen te fin avèti disip yo, yo di Pòl plizyè fwa pou l pa met pye l Jerizalèm+. 5 Lè tan nou te gen pou n fè la a fin pase, nou ale e nou kontinye wout nou. Men yo tout, san wete medam yo ak timoun yo akonpaye nou rive jis deyò vil la. Apre sa, nou met ajenou sou rivaj la, nou priye. 6 Epi, youn di lòt orevwa e nou monte bato a. Men yo menm, yo retounen lakay yo.

7 Apre sa, nou vwayaje sot nan vil Ti rive Tolemayis, nou salye frè yo, epi nou pase yon jou avèk yo. 8 Nan demen, nou pati, nou rive Sezare, e nou antre lakay Filip, yon moun ki konn ap evanjelize, youn nan sèt mesye yo te chwazi yo+, epi nou rete lakay li. 9 Misye te gen kat pitit fi ki te vyèj, ki t ap pwofetize*+. 10 Nou te gen kèk jou depi nou te la, lè yon pwofèt yo rele Agabis+ desann sot Jide. 11 Li vin sou nou, li pran sentiwon Pòl la, e li mare pye pa l ak men pa l avèk li. Epi li di: “Men sa lespri sen deklare: ‘Se konsa Juif yo pral mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm+ e yo pral livre l bay moun ki nan nasyon yo+.’” 12 Lè nou tande sa, nou menm ansanm ak moun nan zòn nan te pran sipliye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. 13 Lè sa a, Pòl reponn: “Sa n ap fè konsa a? Apa n ap kriye? Apa n ap fann kè m? Met sa byen nan tèt nou: Nonsèlman mwen pare pou m kite yo mare m, men tou mwen pare pou m mouri nan Jerizalèm pou non Seyè Jezi+.” 14 Kòm li pa t kite nou fè l chanje lide, nou te sispann ensiste*, epi nou di: “Se pou volonte Jewova* fèt.”

15 Apre jou sa yo, nou prepare nou pou vwayaj la e nou pran wout pou n monte Jerizalèm. 16 Te gen kèk nan disip ki Sezare yo ki te vin ansanm avèk nou tou pou yo mennen nou kot mesye nou t apral desann lakay li a. Se yon mesye ki rele Nason, yon moun zile Chip, e se youn nan moun ki te gen plis tan depi l disip. 17 Lè nou rive Jerizalèm, frè yo resevwa nou ak kè kontan. 18 Nan demen, Pòl al kot Jak ansanm avèk nou+. Tout ansyen yo te la. 19 Li salye yo, apre sa, li rakonte yo an detay tout sa Bondye te fè nan mitan moun ki nan nasyon yo pa mwayen sèvis li a.

20 Lè yo tande sa, yo tonbe bay Bondye glwa, men yo di Pòl: “Frè m nan, ou wè konbyen milye Juif ki vin kwè, e yo tout zele pou yo obeyi Lalwa+. 21 Men, yo tande moun ap di ou anseye tout Juif k ap viv nan mitan moun ki nan nasyon yo pou yo abandone Lwa Moyiz la, kòmkwa ou di yo pou yo pa ni sikonsi pitit yo, ni suiv koutim Juif yo+. 22 Sa pou n fè la a menm? Se sèten, yo pral tande ou rive isit la. 23 Ebyen, fè sa n ap di w la: Nou gen kat mesye la a ki te fè yon ve. 24 Fè yo ale avè w, pirifye tèt ou ansanm avèk yo, epi fè tout depans pou yo pou yo kapab fè kale tèt yo. Konsa, tout moun ap konnen sa yo t ap di sou ou a pa t vre, men w ap mache nan lòd, e w ap obeyi Lalwa+. 25 Kanta pou moun ki soti nan nasyon yo ki vin kwè yo, nou te ekri yo pou nou fè yo konnen desizyon nou te pran pou yo evite ni bagay yo sakrifye bay zidòl+, ni san+, ni bèt ki mouri toufe*+, ni imoralite seksyèl*+.”

26 Ebyen, nan demen, Pòl mennen mesye yo avè l, li pirifye tèt li ansanm avèk yo+, epi li ale nan tanp lan pou l fè konnen kantite jou pirifikasyon an ap pran anvan yo fè ofrann pou yo chak.

27 Twouve, lè sèt jou yo te prèt pou fini, Juif ki soti nan tèritwa Azi* yo annik wè Pòl nan tanp lan, yo kòmanse chofe tout foul la, epi yo met men sou li, 28 yo t ap rele, yo t ap di: “Moun Izrayèl, pote n sekou! Men nonm k ap anseye tout moun toupatou kont pèp la, kont Lalwa, e kont tanp lan. Epi, sa k pi rèd la, li menm mennen Grèk nan tanp lan, konsa, li pa demontre respè pou kote sa a ki sakre+.” 29 Yo te di sa, paske, anvan sa, yo te wè Twofim+, yon moun Efèz, nan vil la ansanm avè l. Donk, yo te panse Pòl te mennen l nan tanp lan. 30 Tout vil la te tèt anba, moun t ap kouri vin rasanble. Yo met men sou Pòl, epi yo trennen l met pa deyò tanp lan. Menm kote a, yo fèmen pòtay tanp lan. 31 Pandan yo t ap chèche touye l, gen moun ki pot nouvèl bay kòmandan batayon an pou fè l konnen tout Jerizalèm tèt anba. 32 Lamenm, li pran kèk sòlda ak kèk ofisye avè l, li kouri desann bò kot foul moun yo. Lè moun yo wè kòmandan an ak sòlda yo, yo sispann bat Pòl.

33 Lè sa a, kòmandan an pwoche kot Pòl, li arete l e li bay lòd pou yo mare l ak de chenn+. Lèfini, li mande ki moun li ye e ki sa l fè. 34 Men, moun yo t ap rele byen fò, yon pati moun nan foul la t ap di yon bagay, yon lòt pati t ap di yon lòt bagay. Yo te sitèlman ap fè bri, kòmandan an pa t kapab fin konprann sa yo t ap di a. Kidonk, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. 35 Men, lè Pòl rive sou eskalye a, sòlda yo te oblije pote l tèlman foul la te fin dechennen. 36 Paske, te gen yon foul moun ki t ap suiv li, yo t ap rele: “Touye l!”

37 Pandan yo pral fè Pòl antre nan kazèn nan, li di kòmandan an: “Èske w pèmèt mwen di w yon bagay?” Kòmandan an di l: “Apa w konn pale grèk! 38 Donk, se pa ou menm vre ki Ejipsyen an ki te kòmanse yon soulèvman sa gen yon ti tan, e ki te mennen 4 000 gason ak ponya nan men yo nan dezè a?” 39 Lè sa a, Pòl di: “Anfèt, mwen se yon Juif+, mwen fèt nan vil Tas+, nan peyi Silisi. Mwen se sitwayen yon vil moun byen konnen. Donk, tanpri, pèmèt mwen pale ak pèp la.” 40 Lè kòmandan an fin bay Pòl pèmisyon, Pòl kanpe sou eskalye a, li fè yon jès ak men l pou l mande pèp la fè silans. Lè yo fin fè silans, li pale avèk yo ann ebre+, li di yo:

22 “Frè m yo, papa m yo, koute sa m pral di nou la a pou m defann tèt mwen+.” 2 Lè yo tande se ann ebre l ap pale avèk yo, yo fè silans plis toujou. Epi Pòl di: 3 “Mwen se yon Juif+. Mwen fèt nan vil Tas nan peyi Silisi+, men, mwen te resevwa fòmasyon isit la, nan vil sa a, nan men Gamalyèl+. Yo te aprann mwen obeyi Lwa zansèt nou yo yon fason ki strik+, e mwen te chofe pou m fè sèvis Bondye, menm jan nou tout nou ye jodi a+. 4 Mwen te pèsekite moun k ap suiv Chemen sa a, mwen te mare gason kou fi met nan prizon, e gen ladan yo ki menm mouri+. 5 Gran prèt la ak tout ansyen yo ka temwaye sa. Mwen te menm fè yo ban m lèt pou m remèt frè nou yo ki Damas yo, e mwen te sou wout pou m al mare disip ki te la yo tou, epi mennen yo Jerizalèm pou m fè pini yo.

6 “Men, pandan vwayaj la, lè m te prèske rive Damas, vè midi, bridsoukou, gen yon gwo limyè ki sot nan syèl la ki klere toutotou m+. 7 Epi, mwen tonbe atè e mwen tande yon vwa ki di m: ‘Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m?’ 8 Mwen reponn: ‘Kiyès ou ye, Mèt?’ Epi, li di m: ‘Mwen se Jezi, moun Nazarèt la. Se mwen w ap pèsekite a.’ 9 Twouve, mesye ki te avè m yo te wè limyè a tou, men yo pa t tande sa vwa moun ki t ap pale avè m nan t ap di. 10 Lè sa a, mwen di: ‘Ki sa m dwe fè, Mèt?’ Seyè a di m: ‘Leve, ale Damas, e lè w rive, y ap di w tout sa w gen pou w fè+.’ 11 Men, kòm mwen pa t ka wè ditou paske limyè ki te klere m nan te fò anpil, se moun ki te avèk mwen yo ki te pran men m mennen m Damas.

12 “Twouve, te gen yon mesye yo rele Anànyas ki te gen lakrentif pou Bondye, jan Lalwa mande sa. Tout Juif ki t ap viv Damas yo te pale an byen de li. 13 Li vin jwenn mwen, li kanpe toupre m, epi li di m: ‘Sòl, frè mwen, se pou w retounen wè ankò!’ Menm lè a, mwen wè ankò epi mwen leve je m gade l+. 14 Li di: ‘Bondye zansèt nou yo chwazi w pou w vin konn volonte l, pou w wè sila a ki jis la+ e pou w tande vwa l, 15 paske ou dwe sèvi l temwen devan tout moun pou w fè yo konnen sa w te wè ak sa w te tande+. 16 Kounye a, poukisa w ap pèdi tan? Leve pou w al batize, epi met konfyans ou nan* non Jezi+ pou peche w yo ka efase+.’

17 “Men, lè m te retounen Jerizalèm+, etan m t ap lapriyè nan tanp lan, mwen fè yon vizyon. 18 Mwen wè Seyè a ki di m: ‘Fè vit, kite Jerizalèm, paske moun Jerizalèm yo pap aksepte temwayaj w ap bay sou mwen an+.’ 19 Epi mwen di: ‘Seyè, yo konnen byen mwen te konn al nan tout sinagòg yo al pran moun ki kwè nan ou yo met nan prizon, e m te konn fè bat yo+. 20 E lè yo t ap touye Etyèn, temwen w lan, mwen te la tou e mwen te dakò. Se mwen menm ki t ap veye rad moun ki t ap touye l yo+.’ 21 Epoutan, Seyè a di m: ‘Ale, paske m ap voye w byen lwen, bò kot nasyon yo+.’”

22 Twouve, foul moun yo te ret la ap koute Pòl. Men, lè yo tande pawòl sa a, yo tout pran rele: “Retire nonm sa a sou tè a, paske li pa merite viv!” 23 Kòm yo t ap rele byen fò, yo t ap voye rad ki te anlè rad ki sou yo a jete e yo t ap voye pousyè anlè+, 24 kòmandan an bay lòd pou yo fè Pòl antre nan kazèn nan. Li mande pou yo bat li pou fè l pale, dekwa pou l ka konn egzakteman poukisa foul moun yo t ap rele dèyè Pòl konsa. 25 Men, lè yo fin mare Pòl pou yo bat li, li di ofisye ki te la a: “Èske nou gen dwa bat yon Women* ki pa kondane*+?” 26 Ebyen, lè ofisye a tande sa, l al fè kòmandan an konn sa, li di: “Ki sa w gen entansyon fè? Paske, mesye sa a se yon Women.” 27 Lè sa a, kòmandan an pwoche kot Pòl, li mande l: “Di m non: Ou se yon Women?” Pòl di: “Wi.” 28 Kòmandan an reponn: “Mwen menm, mwen te peye gwo lajan pou m te ka vin yon sitwayen women.” Pòl di: “Mwen menm, mwen fèt tou sitwayen women+.”

29 Kidonk, lamenm, moun ki t apral bat li pou fè l pale yo retire kò yo bò kote l. Ata kòmandan an te pè lè l vin aprann se yon Women li te fè mare nan chenn nan+.

30 Se konsa, nan demen, kòm li te vle konnen egzakteman poukisa Juif yo t ap akize Pòl, li fè lage l, epi li bay prèt an chèf yo ansanm ak tout Sanedren an lòd pou yo reyini. Li fè Pòl desann, epi li fè l kanpe nan mitan yo+.

23 Pòl fikse je l sou manm Sanedren yo, li di: “Frè m yo, mwen toujou viv ak yon konsyans ki klè devan Bondye+, rive jis jodi a.” 2 Lè l di sa, Anànyas, gran prèt la, bay moun ki te kanpe toupre l yo lòd pou yo ba l yon kalòt nan bouch. 3 Lè sa a, Pòl di l: “Bondye ap frape w, ipokrit*. Apa w chita pou w jije m dapre Lalwa, epi anmenmtan w ap vyole Lalwa, w ap bay lòd pou yo frape m?” 4 Moun ki te kanpe la yo di: “Apa w ap joure gran prèt Bondye a?” 5 Epi, Pòl di: “Frè m yo, mwen pa t konnen si se te gran prèt la. Paske, men sa ki ekri: ‘Nou pa dwe manke yon chèf ki nan pèp nou an dega+.’”

6 Lè Pòl remake yon pati nan Sanedren an se Sadiseyen e lòt pati a se Farizyen, li kòmanse di byen fò: “Frè m yo, mwen se yon Farizyen+, mwen se pitit Farizyen. Se paske mwen kwè nan rezirèksyon mò yo ki fè y ap jije m la a.” 7 Poutèt sa l di a, gen yon diskisyon ki leve ant Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize. 8 Paske, Sadiseyen yo di pa gen ni rezirèksyon, ni zanj, ni espri, men Farizyen yo aksepte tout bagay sa yo*+. 9 Konsa, vin gen yon sèl eskandal ki eklate. Epi, gen kèk espè nan Lalwa ki te fè pati Farizyen yo ki leve kanpe, e yo kòmanse diskite ak tout fòs, yo t ap di: “Nou pa wè mesye sa a fè anyen ki mal. Paske, gendwa se yon espri oswa yon zanj ki te pale avè l+...” 10 Lè diskisyon an vin cho anpil, kòmandan an vin pè pou yo pa depatcha Pòl. Li bay sòlda yo lòd pou yo desann al pran Pòl nan mitan moun yo e pou yo mennen l tounen nan kazèn nan.

11 Men, nan aswè, Seyè a vin kanpe bò kot Pòl, li di l: “Pran kouraj+! Paske, menm jan w bay yon temwayaj konplè sou mwen nan Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm+.”

12 Lè l fè jou, Juif yo monte yon konplo, e yo sèmante sou tèt yo, yo di yo pa gendwa ni manje ni bwè, toutotan yo pa touye Pòl. 13 Te gen plis pase 40 gason ki te fè sèman sa a. 14 Mesye sa yo al jwenn prèt an chèf yo ak ansyen yo, yo di yo: “Nou sèmante pou malediksyon tonbe sou nou si nou manje yon bagay, toutotan nou pa touye Pòl. 15 Se sa k fè, kounye a, n ap mande nou menm ansanm ak Sanedren an pou nou fè kòmandan an konnen li dwe mennen Pòl desann ban nou. Fè kòmsi nou vle egzamine ka l la pi byen. Men, nou menm bò kote pa nou, nou pare pou nou touye l depi anvan l rive kote nou.”

16 Men, pitit gason sè Pòl la tande pale de konplo a, li antre nan kazèn nan, l al di Pòl sa. 17 Lè sa a, Pòl rele youn nan ofisye yo, li di l: “Mennen jennonm sa a kot kòmandan an, paske li gen yon bagay pou l di l.” 18 Kidonk, ofisye a mennen l kot kòmandan an, epi li di: “Prizonye ki rele Pòl la rele m, li mande m pou m mennen jennonm sa a kote w paske jennonm nan gen yon bagay pou l di w.” 19 Kòmandan an pran men jennonm nan, li deplase avè l, e li mande l: “Ki sa w vle di m?” 20 Jennonm nan di: “Juif yo antann yo pou yo mande w pou w desann avèk Pòl devan Sanedren an demen, kòmsi yo anvi konn plis detay sou ka l la+. 21 Men, pa kite yo konvenk ou. Paske, gen plis pase 40 gason pami yo ki pare yon anbiskad pou li. Yo sèmante sou tèt yo pou yo pa ni manje ni bwè toutotan yo pa touye l+. Kounye a, yo pare, se tann y ap tann ou dakò ak sa y ap mande w la.” 22 Lè sa a, kòmandan an di jennonm nan: “Pa di pèsonn ou te di m sa.” Epi, li fè l ale.

23 Apre sa, kòmandan an rele de nan ofisye yo, li di yo: “Fè 200 sòlda prepare yo pou yo mache al Sezare vè twazyèm èdtan* nan nuit lan, ansanm ak 70 kavalye ak 200 moun ki konn tire lans. 24 Pare cheval tou pou Pòl ka monte, yon fason pou w mennen l bay gouvènè Feliks sennesòf.” 25 Epi, li ekri yon lèt. Men sa l di ladan l:

26 “Klod Lizyas pou Sonnekselans, gouvènè Feliks: Mwen salye w! 27 Juif yo te met men sou nonm sa a, yo t apral touye l. Men, lè m aprann se Women li ye+, mwen kouri vin ak yon batayon sòlda pou m pote l sekou+. 28 Kòm mwen te vle konnen pou ki rezon yo te akize l, mwen te desann avè l devan Sanedren yo a+. 29 Mwen te wè se pou kèk bagay ki gen rapò ak Lwa yo a yo te akize l+. Men, mwen pa t wè li fè anyen ki pou ta fè yo touye l, ni pou yo ta mete l nan prizon. 30 Men, kòm mwen vin aprann gen yon konplo ki mare sou do l+, mwen voye l ba ou tousuit. Epi, mwen mande moun ki t ap akize l yo pou yo vin pote plent pou li devan w.”

31 Se konsa, selon lòd sòlda yo te resevwa, yo pran Pòl+, yo mennen l Antipatris nan nuit lan. 32 Nan demen, sòlda yo kite kavalye yo fè rès wout la avè l, men yo menm, yo retounen nan kazèn nan. 33 Lè kavalye yo rive Sezare, yo remèt gouvènè a lèt la, epi yo prezante l Pòl. 34 Gouvènè a li lèt la, li mande nan ki zòn Pòl soti, yo di l li se moun Silisi+. 35 Li di Pòl: “Lè moun k ap akize w yo rive+, m ap pran tout tan m pou m koute w.” Apre sa, li bay lòd pou yo met Pòl sou siveyans nan palè Ewòd la.

24 Senk jou apre, Anànyas, gran prèt la+, desann avèk kèk ansyen ansanm ak yon avoka yo rele Tètilis pou yo prezante pwoblèm yo gen ak Pòl la devan gouvènè a+. 2 Lè yo mande Tètilis pou l pale, li kòmanse akize Pòl, li di gouvènè a:

“Sonnekselans Feliks, piske se grasa ou nou gen lapè konsa, e se paske w konn prevwa ki fè plizyè refòm fèt nan nasyon sa a, 3 nou toujou fè konnen jan nou apresye tout bagay sa yo toupatou. 4 Men, pou m pa kenbe w plis, m ap mande w tanpri pran pasyans pou w koute nou pou yon ti moman. 5 Paske, nou rann nou kont nonm sa a se yon moun k ap bay pwoblèm*+. L ap pouse tout Juif ki abite toupatou sou tè a fè soulèvman+ e li se youn nan moun ki alatèt sèk moun Nazarèt yo+. 6 Epitou, li pa t demontre respè pou tanp lan, se sa k fè nou te met men sou li+. 7 *—— 8 Si w poze l kesyon, w ap ka verifye tout bagay nou akize l yo poukont ou.”

9 Lè sa a, Juif yo fè kò avè l, yo di sa l di yo se vre. 10 Lè gouvènè a fè Pòl siy pou l pale, li reponn:

“Kòm mwen konnen byen se ou nasyon sa a genyen kòm jij depi plizyè ane, mwen dispoze pale pou m defann tèt mwen+. 11 Jan ou menm ou kapab verifye sa, mwen pa gen plis pase 12 jou depi mwen te monte Jerizalèm pou m al adore Bondye+, 12 e yo pa t jwenn mwen ap diskite ak pèsonn nan tanp lan, ni yo pa t jwenn mwen ap fè moun rasanble nan sinagòg yo oswa nan vil la. 13 Epitou, yo pa ka ba w prèv pou sa y ap akize m kounye a. 14 Men, mwen admèt devan w, fason m adore Bondye, yo di se yon sèk li ye a, se fason sa a mwen bay Bondye zansèt mwen yo yon sèvis sakre+, piske mwen kwè nan tout sa ki nan Lalwa e nan tout sa pwofèt yo te ekri yo+. 15 Men espwa mwen gen nan Bondye, e se espwa sa a mesye sa yo genyen tou: Pral gen yon rezirèksyon+ ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis+. 16 Se poutèt sa mwen toujou fè tout posib mwen pou konsyans mwen ret klè* ni devan Bondye ni devan lèzòm+. 17 Kounye a, apre m fin fè anpil ane deyò, mwen te vin pote yon don+ pou moun nan nasyon m nan, e mwen te vin fè ofrann bay Bondye. 18 Pandan m t ap okipe bagay sa yo, yo te jwenn mwen nan tanp lan tou pirifye+. Yo pa t jwenn mwen avèk yon foul moun, ni yo pa t jwenn mwen ap fè briganday. Men, te gen kèk Juif ki te sot nan tèritwa Azi* ki te la. 19 Si yo te gen yon bagay kont mwen, se yo menm ki te dwe la devan w pou akize m+. 20 Oubyen, mesye ki la a yo, se pou yo di ki bagay mal yo te wè m fè lè yo te jije m devan Sanedren an. 21 Amwenske se pou pawòl mwen te di byen fò lè m te kanpe nan mitan yo a y ap akize m. Mwen te di: ‘Se paske mwen kwè nan rezirèksyon mò yo ki fè y ap jije m devan nou jodi a+!’”

22 Men, Feliks, ki te byen konnen yon seri bagay sou Chemen an+, voye mesye yo ale, epi li di: “Lè kòmandan Lizyas desann, m ap pran yon desizyon sou ka nou an.” 23 Epi, li pase ofisye a lòd pou l kenbe Pòl nan prizon, men pou li ba l kèk libète e pou l pa anpeche okenn moun pa l rann li sèvis.

24 Kèk jou apre, Feliks te vini ak madanm li, Drizil, ki te Juif. Li voye chèche Pòl e li koute l k ap pale sou kwayans li gen nan Kris Jezi+. 25 Men, pandan Pòl ap pale sou sa ki dwat, sou metriz ak sou jijman ki gen pou vini an+, Feliks vin pè, e li di: “Pou kounye a, ou mèt ale. Lè m jwenn yon ti tan, m a voye chèche w ankò.” 26 Anmenmtan, li te espere Pòl t ap ba l lajan. Se poutèt sa li te konn voye chèche l tanzantan pou l pale avè l. 27 Men, dezan pase, e Feliks kite Pòl nan prizon, paske li te vle jwenn favè Juif yo+. Apre sa, Pòsiyis Festis monte nan plas Feliks.

25 Twa jou apre Festis+ te vin ap dirije tèritwa Jide a, li sot Sezare, li monte Jerizalèm. 2 Epi, prèt an chèf yo ak moun ki enpòtan pami Juif yo pote l plent pou Pòl+. Yo te kòmanse sipliye Festis 3 pou l fè yo favè pou l voye chèche Pòl mennen Jerizalèm. Men yo menm, yo te pare yon anbiskad pou Pòl pou yo touye l nan wout+. 4 Men, Festis reponn yo Pòl ap ret nan prizon Sezare, e li menm, li pa lwen deplase pou l al lòtbò a. 5 Li di: “Donk, si misye fè yon bagay ki pa sa, se pou moun ki alatèt pami nou yo desann avè m pou y al akize l+.”

6 Konsa, li pase ant uit a dis jou omaksimòm nan zòn nan. Apre sa, li desann Sezare. Nan demen, l al chita nan tribinal la, epi li bay lòd pou yo mennen Pòl vini. 7 Lè Pòl antre, Juif ki te desann sot Jerizalèm yo kanpe toutotou l, yo lage anpil akizasyon grav sou do l, yon seri akizasyon yo pa t ka pwouve+.

8 Men, Pòl defann tèt li, li di: “Mwen pa fè okenn peche ni kont Lwa Juif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza+.” 9 Festis, ki te vle jwenn favè Juif yo+, reponn Pòl: “Èske w vle monte Jerizalèm pou yo jije w devan m pou bagay sa yo?” 10 Men, Pòl di: “Se devan tribinal Seza mwen kanpe, se la pou yo jije m. Ou menm tou, ou konn trè byen mwen pa fè Juif yo anyen ki mal. 11 Si m fè yon bagay ki mal vre, si m fè yon bagay ki merite lanmò+, mwen pap refize mouri. Men, si pa gen youn nan bagay mesye sa yo akize m yo ki vre, pèsonn pa gen dwa fè yo favè pou yo livre m ba yo. Mwen mande pou m al devan Seza+!” 12 Lè sa a, Festis pale ak gwoup konseye l yo, apre sa, li reponn: “Piske w mande pou w al devan Seza, ou pral devan Seza.”

13 Apre kèk jou, wa Agripa ansanm ak Berenis rive Sezare pou yo rann Festis yon vizit koutwazi. 14 Kòm yo t ap pase plizyè jou la, Festis pwofite prezante ka Pòl la devan wa a, li di l:

“Gen yon mesye Feliks te kenbe nan prizon, 15 e pandan m te Jerizalèm, prèt an chèf yo ak ansyen ki nan mitan Juif yo pote plent pou li+, yo mande pou yo kondane l. 16 Men, mwen te reponn yo Women yo pa gen koutim livre yon moun bay moun k ap akize l yo konsa pou fè yo favè. Anvan sa, moun yo akize a dwe gen posiblite pou l rankontre moun k ap akize l yo fasafas, e li dwe gen posiblite pou l defann tèt li anba akizasyon y ap lage sou do l la+. 17 Se sa k fè, lè yo tout te vin la a, san pèdi tan, nan demen, mwen t al chita nan tribinal la, e mwen te bay lòd pou yo mennen misye vini. 18 Moun k ap akize l yo te parèt, men yo pa t akize l pou bagay mal mwen te sipoze l te fè yo+. 19 Yo te senpleman fè kèk diskisyon avè l sou fason yo menm yo adore nan relijyon yo a*+ e sou yon nonm ki rele Jezi ki mouri, alòske Pòl pa sispann deklare li vivan+. 20 Kòm mwen pa t konn ki sa pou m fè anrapò ak diskisyon yo t ap fè sou bagay sa yo, mwen mande l si l vle al Jerizalèm pou yo jije l+. 21 Men, lè Pòl mande pou l ret nan prizon pandan l ap tann desizyon Majeste a+, mwen bay lòd pou yo kenbe l nan prizon an jiskaske mwen voye l al jwenn Seza.”

22 Lè sa a, Agripa di Festis: “Mwen menm tou, mwen ta renmen tande misye+.” Festis di l: “Demen, w ap tande l.” 23 Se konsa, nan demen, Agripa ansanm ak Berenis vin an granpanpan, yo antre nan oditoryòm nan ansanm ak kòmandan yo ak mesye ki nan gwo pozisyon nan vil la. E lè Festis bay lòd, yo vin ak Pòl. 24 Epi, Festis di: “Wa Agripa, e nou tout mesye ki la a avèk nou yo, mesye sa a nou wè la a, se pou li tout Juif yo te vin pote m plent, ni nan Jerizalèm, ni isit la, e yo t ap di byen fò li pa dwe kontinye viv+. 25 Men, dapre mwen, misye pa fè anyen ki merite lanmò+. Konsa, lè li menm li te mande pou l al devan Majeste a, mwen te deside voye l. 26 Men, mwen pa gen anyen ki klè pou m ekri Mèt* mwen an konsènan misye. Se poutèt sa, mwen mennen l devan nou tout, espesyalman devan w, wa Agripa, dekwa pou mwen ka jwenn yon bagay pou m ekri lè ka a fin jije. 27 Paske, dapre mwen menm, sa pa gen sans pou m voye yon prizonye Wòm san m pa tou fè konnen ki akizasyon yo lage sou do l.”

26 Agripa+ di Pòl: “Ou mèt pale pou w defann tèt ou.” Lè sa a, Pòl lonje men l, epi li di:

2 “Wa Agripa, mwen kontan dèske se devan w mwen ye pou m defann tèt mwen jodi a pou tout bagay Juif yo ap akize m yo+, 3 sitou w byen konnen tout koutim Juif yo, e ou byen konn tout diskisyon ki gen nan mitan yo. Se poutèt sa, m ap mande w, tanpri, pou w pran yon ti pasyans pou w koute m.

4 “Tout Juif ki byen konnen fason m ap viv depi lè m te jèn, fason m te toujou konpòte m nan mitan pèp mwen an ak nan Jerizalèm+, 5 wi, Juif ki konnen m depi byen lontan yo, si yo te vle, yo te ka temwaye pou yo di mwen se yon Farizyen+, e kòm nou konnen, Farizyen yo se gwoup ki pi strik nan relijyon nou an+. 6 Men, y ap jije m kounye a poutèt mwen gen espwa nan yon pwomès Bondye te fè zansèt nou yo+, 7 e se menm pwomès sa a 12 tribi nou yo ap tann reyalize. Se pou sa yo toujou ap bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit. Se poutèt esperans sa a Juif yo ap akize m+, o monwa.

8 “Mesye, poukisa kèk nan nou panse* li enposib pou Bondye leve moun ki mouri? 9 Mwen menm bò kote pa m, mwen te gen konviksyon mwen te oblije fè anpil aksyon pou m opoze ak Jezi, moun Nazarèt la. 10 Se sa menm mwen te fè nan Jerizalèm. E kòm prèt an chèf yo te ban m pouvwa+, mwen te fèmen anpil nan moun ki sen yo nan prizon+. E lè yo t apral touye yo, mwen te dakò ak sa. 11 Byen souvan, mwen te pini yo nan tout sinagòg yo pou m te fòse yo abandone lafwa yo. E mwen tèlman pa t vle wè yo, mwen te menm rive pèsekite yo nan lòt vil tou.

12 “Pandan m t ap fè sa, mwen te pran wout pou m al Damas, e mwen te resevwa otorite ak lòd nan men prèt an chèf yo. 13 A midi, etan m sou wout la, o monwa, mwen wè yon limyè ki sot nan syèl la ki pi klere pase solèy la, e li klere toutotou ni mwen menm, ni moun ki t ap vwayaje avè m yo+. 14 Lè nou tout tonbe atè, mwen tande yon vwa ki di m nan lang ebre: ‘Sòl, Sòl, poukisa w ap pèsekite m? Sa rèd pou ou pou w kontinye ap voye pye sou digèt*.’ 15 Men, mwen di: ‘Kiyès ou ye, Mèt?’ Epi, Seyè a di: ‘Mwen se Jezi. Se mwen w ap pèsekite a. 16 Men, leve kanpe sou de pye w. Paske, rezon ki fè mwen fè w wè m, se pou m ka chwazi w kòm sèvitè e kòm temwen ni pou bagay ou deja wè, ni pou bagay mwen pral fè w wè ki gen rapò avè m+. 17 E m ap delivre w anba men pèp sa a ak anba men yon seri nasyon m ap voye w kote yo+, 18 pou w ouvri je yo+, pou w fè yo kite fènwa+ pou yo vin nan limyè+, e pou yo sot anba pouvwa Satan+ pou yo vin jwenn Bondye, dekwa pou yo ka jwenn padon pou peche yo+ e pou yo ka jwenn yon eritaj pami moun ki vin sen grasa lafwa yo gen nan mwen an.’

19 “Konsa, wa Agripa, mwen pa t dezobeyi sa yo te di m nan vizyon ki te sot nan syèl la. 20 Men, mwen te al kot moun Damas yo+ anvan, apre sa, m al kot moun Jerizalèm yo+, ansuit m al nan tout zòn Jide, epi m al kot moun ki nan nasyon yo tou, m al pote yon mesaj ba yo pou m fè yo konnen yo dwe repanti e yo dwe tounen vin jwenn Bondye lè yo fè aksyon ki mache ak repantans+. 21 Se poutèt sa, Juif yo te met men sou mwen nan tanp lan e yo te eseye touye m+. 22 Men, kòm mwen jwenn èd nan men Bondye, mwen kontinye bay temwayaj jis jodi a devan ni piti ni gran. Mwen pa di lòt bagay, eksepte sa pwofèt yo ak Moyiz te ekri ki gen pou rive yo+, 23 sètadi Kris la t ap gen pou l soufri+, e antanke premye moun ki t ap resisite pami mò yo+, li t apral fè pèp sa a ak nasyon yo konn limyè a+.”

24 Twouve, pandan Pòl t ap di pawòl sa yo pou l defann tèt li, Festis di byen fò: “Ou vin fou, Pòl! Gwo konesans ou genyen an fè w vin fou!” 25 Men, Pòl di: “Mwen pa vin fou non, Sonnekselans Festis. Okontrè, pawòl m ap di yo se pawòl verite ak pawòl ki gen bonsans. 26 An reyalite, mwen alèz pou m pale ak wa a sou bagay sa yo, paske li byen konn bagay sa yo. Mwen sèten li konn tout bagay sa yo, paske se pa bagay ki fèt an kachèt+. 27 Wa Agripa, èske w kwè nan sa pwofèt yo ekri yo? Mwen konnen ou kwè.” 28 Men, Agripa di Pòl: “Ou sanlè konvenk mwen pou m vin yon kretyen.” 29 Lè sa a, Pòl di: “Mwen swete pou Bondye fè ni ou menm, ni tout moun k ap koute m jodi a vin menm jan avè m, kit se nan yon tikras tan, kit se nan yon tan ki long, sof pou nou pa ta nan chenn.”

30 Lè sa a, wa a leve kanpe, epi ni gouvènè a, ni Berenis, ni mesye yo ki te chita ansanm avèk yo leve kanpe tou. 31 Men, pandan yo prale, yo kòmanse pale youn ak lòt, yo di: “Mesye sa a pa fè anyen ki merite lanmò oswa prizon+.” 32 Epi, Agripa di Festis: “Nou ta ka lage misye si l pa t mande pou l al devan Seza+.”

27 Lè yo deside fè nou pran bato pou n al Itali+, yo remèt Pòl ak kèk lòt prizonye nan men yon ofisye ki rele Jiliyis ki te nan batayon Ogis la. 2 Nou monte yon bato ki te sot Adramityòm e ki t apral pase nan plizyè pò ki sou kòt tèritwa Azi*, epi nou fè vwal, n ale. Aristak+, yon moun Masedwàn ki sot Tesalonik, te ansanm avèk nou. 3 Nan demen, nou fè tè Sidon. E Jiliyis te byen boule ak Pòl, li te pèmèt li al kay zanmi l pou yo pran swen l.

4 De la etan, nou repran lanmè. Men, akoz van yo ki t ap bat nou, nou pase bò zile Chip, ki te vin bare van an pou nou. 5 Nou travèse gwo lanmè ki anfas Silisi ak Panfili a, epi nou antre nan pò Mira ki nan Lisi. 6 Lè nou rive la, ofisye a jwenn yon bato ki sot Aleksandri ki pral ann Itali, li fè nou monte ladan l. 7 Epi, apre nou fin pase plizyè jou ap navige tou dousman, nou rive Nid anba redi. Piske van an pa t pèmèt nou avanse, nou pase nan zòn Salmone ki nan zile Krèt, ki te vin bare van an pou nou. 8 Se anba redi nou pase sou kòt la, epi nou rive yon kote ki rele Bon Pò, toupre vil Laze.

9 Kòm te gen yon bon kantite tan ki te pase, e kounye a te vin gen danje pou moun pran lanmè, paske menm jou Pirifikasyon an*+ te gentan pase, Pòl bay yon konsèy, 10 li di yo: “Mesye, mwen santi vwayaj la pral gen malè ladan l, e ap gen gwo pèt. Mwen pap pale sèlman pou chajman an ak bato a, men m ap pale pou lavi* nou tou.” 11 Men, ofisye a te pito koute kapitèn bato a ak mèt bato a, olye l koute sa Pòl di a. 12 Kòm pò a pa t yon bon kote pou nou pase sezon fredi a, pifò moun te vle kite kote nou ye a, pou wè si yo te ka fè yon jan pou y al pase sezon fredi a Feniks, yon pò nan Krèt ki ouvri sou nòdès ak sidès.

13 Lè yon ti van ki sot nan sid te kòmanse soufle, yo te panse yo te ka rive Feniks. Epi, yo leve lank, e yo kòmanse pase toupre kòt Krèt. 14 Men, apre yon ti tan, yon gwo van nòde* vin frape zile a. 15 Kòm van an t ap bwote bato a, e li pa t ka kenbe tèt ak van an, nou lage ba li, e nou kite l pote n ale. 16 Apre sa, nou pase bò yon ti zile ki rele Koda, ki te vin bare van an pou nou, epoutan se pa ti redi nou te redi pou n te pran ti kannòt ki te pa dèyè bato a. 17 Men, lè yo fin rale l monte nan bato a, yo sentre bato a ak kòd, e kòm yo te pè pou yo pa al chwe sou yon ban sab nan lanmè a ki rele Lasit*, yo desann vwal, e konsa, yo kite bato a ale. 18 Kòm tanpèt la t ap sakaje nou ak anpil fòs, nan demen, yo kòmanse jete chay ki te nan bato a pou fè l vin pi lejè. 19 Sou twazyèm jou a, yo voye ekipman bato a jete ak pwòp men yo.

20 Apre nou fin pase plizyè jou nou pa wè ni solèy ni zetwal, e kòm tanpèt ki t ap frape nou an pa t piti, alafen, sanble pa t gen espwa ankò pou moun sove. 21 Etandone moun yo pa t goute anyen depi yon bon bout tan, Pòl kanpe nan mitan yo, li di: “Mesye, nou te dwe koute konsèy mwen. Lè nou te Krèt la, nou pa t dwe pran lanmè, konsa nou t ap evite tout danje sa yo ak tout pèt sa a+. 22 Men kounye a, m ap di nou pran kouraj, paske pa gen youn* nan nou k ap peri, se sèl bato a k ap kraze. 23 Pandan nuit lan, gen yon zanj+ Bondye m ap adore a, Bondye m ap bay yon sèvis sakre a, ki vin kanpe toupre m, 24 li di: ‘Pòl, ou pa bezwen pè. Ou gen pou w kanpe devan Seza+. Epi, gade! poutèt ou menm, Bondye ap sove lavi tout moun k ap vwayaje avè w yo.’ 25 Ebyen, mesye, pran kouraj. Paske, mwen gen konfyans nan Bondye. Sa ap fèt egzakteman jan zanj lan di m nan. 26 Men, n ap gen pou n chwe sou yon zile+.”

27 Twouve, sou 14yèm nuit lan, pandan van an t ap bwote nou sou lanmè Adriya, a minui, maren yo vin sispèk y ap pwoche toupre yon tè. 28 Yo lage yon sonn nan fon lanmè a, yo jwenn 20 bras*. Epi, yo fè yon ti avanse, yo lage sonn nan ankò, yo jwenn 15 bras*. 29 E kòm yo te pè pou n pa al monte sou resif, yo jete kat lank pa dèyè bato a, e yo t ap tann ki lè pou l jou. 30 Men, maren yo te dèyè sove kite bato a. Sa yo fè, yo desann ti kannòt la nan lanmè, yo pran pòz yo t apral jete lank ki pa devan bato a. 31 Lè sa a, Pòl di ofisye a ak sòlda yo: “Si mesye sa yo pa ret nan bato a, nou pap ka chape+.” 32 Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ti kannòt la, epi yo kite l ale.

33 Kounye a, lè l prèt pou l jou, Pòl ankouraje tout moun pou yo manje yon bagay, li di: “Jodi a fè 14 jou depi nou nan pwoblèm e n ap tann, epi nou pa manje anyen ditou. 34 Se sa k fè, m ap ankouraje nou pou nou manje yon bagay, pou byen nou. Paske, pa gen youn nan nou k ap pèdi yon branch cheve nan tèt li.” 35 Lè l fin di sa, li pran yon pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase l e li kòmanse manje. 36 Konsa, yo tout vin kontan, e yo kòmanse manje tou. 37 Nou te 276 moun* antou nan bato a. 38 Lè moun yo fin manje kont yo, yo jete ble yo te genyen an nan lanmè pou fè bato a vin pi lejè+.

39 Lè l fè jou, yo pa t ka rekonèt tè a+, men yo te wè yon pwent lanmè ki gen yon plaj, e se sou plaj la yo te deside fè bato a chwe si yo te kapab. 40 Se sa k fè yo koupe kòd lank yo, yo kite yo tonbe nan lanmè, e anmenmtan yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay yo. Lè yo fin monte ti vwal ki pa devan bato a pou van ka pouse bato a, yo met tèt nan direksyon plaj la. 41 Lè yo frape yon ban sab ki te gen lanm lanmè k ap monte sou chak bò l, yo fè bato a chwe sou li. Nen bato a antre ladan l e li ret kole la. Men, dèyè bato a te kòmanse kraze fè plizyè moso akoz lanm lanmè yo+. 42 Lè sòlda yo wè sa, yo deside touye prizonye yo pou okenn nan yo pa naje pou yo sove ale. 43 Men, ofisye a te deside mennen Pòl ale sennesòf. Konsa, li anpeche yo fè sa yo te vle fè a. Li bay moun ki konn naje yo lòd pou yo lage kò yo nan lanmè, pou yo ka al atè anvan. 44 Lòt moun yo menm va ale sou moso planch, oubyen sou lòt bagay ki te nan bato a. Se konsa tout moun rive atè sennesòf+.

28 Lè nou fin rive sou zile a sennesòf, nou vin aprann li rele Malt+. 2 Moun k ap viv sou zile a* te boule trè byen avèk nou. Akoz lapli ki t ap tonbe e akoz li te fè frèt, yo te limen yon dife e yo te resevwa nou avèk jantiyès. 3 Men, etan Pòl fin ranmase yon bon valè bwa sèch e l ap mete yo sou dife a, yon vipè sot nan bwa yo akoz chalè a, li kole nan men Pòl. 4 Lè moun sou zile yo wè bèt danjere sa a ret pandye nan men Pòl, youn kòmanse di lòt: “Se sèten mesye sa a se yon asasen. Malgre li rive atè sennesòf, li pap kontinye viv, Jistis* pa pèmèt li kontinye viv.” 5 Men, Pòl souke men l, li lage bèt la nan dife a, e anyen pa rive l. 6 Moun yo menm t ap tann pou kò l anfle, oswa pou l annik tonbe l mouri. Men, apre yo fin tann yon bonkou tan, e yo wè anyen mal pa rive l, yo chanje lide e yo kòmanse di li se yon dye.

7 Chèf zile a, yon mesye ki rele Pibliyis, te gen tè toupre kote nou te ye a. Li te byen resevwa nou, e avèk byenveyans, li te ban nou kote pou n rete pandan twa jou. 8 Twouve, papa Pibliyis te kouche ak lafyèv ak kolerin. Pòl antre al wè l, li priye, li poze men l sou li, epi li geri l+. 9 Apre sa fin pase, lòt moun ki te malad sou zile a kòmanse vin jwenn Pòl tou, e li geri yo+. 10 Epitou, yo te onore nou, yo te ban nou anpil kado. E lè nou t apral pran bato pou n ale, yo te ban nou tout sa nou t ap bezwen.

11 Twa mwa apre, nou pran yon bato ki te gen yon senbòl “Pitit Zes yo” devan l. Bato a te soti Aleksandri e li te pase sezon fredi a sou zile a. 12 Nou rantre nan pò Sirakiz, e nou pase twa jou la. 13 Pandan nou la, nou pase sou kòt la, e nou rive Regyòm. Nan demen, gen yon van ki soti nan sid ki pran soufle, e sou dezyèm jou a, nou rive Piteyoli. 14 Nou jwenn kèk frè la, e yo sipliye nou pou n pase sèt jou avèk yo. Apre sa, nou rive Wòm. 15 Lè frè yo aprann nou la, yo vin rankontre nou jis nan Mache Apiyis ak nan Twa Obèj*. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj+. 16 Lè nou resi antre Wòm, yo pèmèt Pòl ret lakay pa l avèk sòlda ki t ap veye l la.

17 Men, twa jou apre, li rele mesye ki enpòtan pami Juif yo. Lè yo tout reyini, li di yo: “Frè m yo, malgre mwen pa fè pèp la anyen ki pa sa, ni mwen pa fè anyen ki kontrè ak koutim zansèt nou yo+, yo lage m nan men Women yo kòm prizonye depi Jerizalèm+. 18 E apre yo fin egzamine ka a+, yo te vle lage m paske yo pa wè m fè anyen ki merite lanmò+. 19 Men, kòm Juif yo pa t dakò, mwen te oblije mande pou m vin devan Seza+, men, sa pa vle di mwen te gen okenn rezon pou m akize nasyon m nan. 20 Se poutèt sa mwen te mande wè nou pou m pale avèk nou. Paske, se poutèt moun pèp Izrayèl t ap tann nan ki fè mwen nan chenn sa a+.” 21 Yo di l: “Nou pa resevwa okenn lèt ki soti Jide konsènan ou menm, nitou pa gen youn nan frè ki vini yo ki di okenn bagay mal sou ou. 22 Men, nou panse li bon pou nou tande opinyon w, paske vrèmanvre, pou sa ki konsène sèk sa a+, nou konnen se tout kote y ap pale l mal+.”

23 Donk, yo antann yo avè l sou yon jou e yo vin jwenn li kote l te rete a. Lè sa a, te gen plis moun ki te vini. E soti nan maten rive jis aswè, Pòl t ap ba yo esplikasyon, li ba yo yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a, e li sèvi ak Lwa Moyiz la+ ak sa pwofèt yo+ te ekri yo pou l konvenk yo pou yo kwè nan Jezi+. 24 Gen kèk ladan yo ki te kòmanse kwè nan sa l t ap di yo, men, gen lòt ki pa t kwè. 25 E kòm youn pa t dakò ak lòt, yo kòmanse ale. Lè Pòl wè sa, li di:

“Lespri sen te byen pale ak zansèt nou yo, pa mwayen pwofèt Ezayi, 26 lè l te di: ‘Al di pèp la: “N ap tande, men nou pap konprann anyen nan sa nou tande a. N ap gade, men nou pap wè anyen+. 27 Paske, kè pèp sa a vin di. Yo tande ak zòrèy yo, men yo pa reyaji, e yo fèmen je yo, pou yo ka pa janm wè ak je yo, e pou yo ka pa janm tande ak zòrèy yo, pou sa yo tande a pa janm touche kè yo, pou yo pa janm kase tèt tounen pou m geri yo+.”’ 28 Se sa k fè nou dwe konnen Bondye voye anonse nasyon yo mesaj delivrans lan+. E san mank, y ap koute l+.” 29 *——

30 Konsa, Pòl te pase dezan antye nan kay li te lwe a+ e li te konn byen resevwa tout moun ki vin wè l. 31 Li te preche yo Wayòm Bondye a e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak Seyè Jezi Kris. Li te alèz anpil pou l pale*+, li te fè sa san pwoblèm.

Anviwon 1 km.

Lit.: “t ap antre soti”.

Oswa: “lang nou pale depi nou fèt la”.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Oswa: “ak diven ki fèk fèt”.

Vè nevè dimaten.

Lit.: “sou tout kalite chè”.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Oswa: “siy”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “moun ki rele”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “aksyon ki pisan”.

Oswa: “siy”.

Se kapab tou: “anba kòd”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “chè mwen ap”.

Oswa: “pap kite nanm mwen”.

Oswa: “Adès”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “lè m devan fas ou”.

Lit.: “youn nan pitit ki soti nan ren l”.

Oswa: “Adès”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “gentan pouri”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “3 000 nanm”.

Oswa: “pou yo pataje sa yo genyen youn ak lòt”.

Oswa: “Tout nanm”.

Oswa: “siy”.

Gade Apendis A5.

Vè twazè nan aprèmidi.

Lit.: “dekwa pou tan soulajman an soti nan fas Jewova”. Gade Apendis A5.

Oswa: “Syèl la dwe kenbe moun sa a”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “tout nanm”.

Lit.: “semans”.

Oswa: “e poutèt yo te pale sou rezirèksyon pami mò yo anrapò ak Jezi”.

Oswa: “yo te arete yo”.

Lit.: “vin tounen tèt kwen an”.

Oswa: “te pale avèk kran”.

Oswa: “moun ki pa t al lekòl”. Y ap pale la a de moun ki pa t pran fòmasyon nan lekòl chèf relijye Juif yo. Sa pa vle di yo pa t konn li ak ekri.

Oswa: “siy”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “e kont Kris li a”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “siy”.

Oswa: “fin priye Bondye ak tout fòs yo”.

Lit.: “te gen yon sèl kè ak yon sèl nanm”. Gade “Nanm” nan Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Oswa: “siy”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “sou bwa a”.

Lit.: “Sa pa fè nou plezi”.

Oswa: “sèt gason moun bay bon enfòmasyon sou yo”.

Oswa: “siy”.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Lit.: “semans”.

Lit.: “semans”.

Oswa: “e y ap maltrete yo”.

Se kapab tou: “Izarak te fè menm bagay la pou”.

Oswa: “12 patriyach yo”.

Oswa: “gen manje angren”.

Oswa: “75 nanm”.

Oswa: “li te bèl nan je Bondye”.

Oswa: “Paran l te leve l”.

Lit.: “te jwenn fòmasyon nan tout sajès Ejipsyen yo”.

Oswa: “al gade pou l wè ki jan frè l yo ye”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “siy”.

Oswa: “zansèt nou yo te gen tabènak la ki te gen lach alyans lan anndan l”.

Gade Apendis A5.

Lit.: “yo santi kè yo fann”.

Gade Apendis A5.

Se kapab tou: “nan yon vil nan”.

Oswa: “siy”.

Lit.: “ak aksyon ki pisan”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Se yon tit yo te konn bay rèn yo nan peyi Etyopi.

Lit.: “nan ki jenerasyon l”.

Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.

Gade Apendis A5.

Lit.: “pou l mare; pou l met anba kòd”.

Lit.: “tout moun ki rele”.

Lit.: “ki te rele”.

Oswa: “li te antre soti”.

Gade Apendis A5.

Dòkas se yon non grèk. Tabita se yon non arameyen. De non sa yo vle di: “Gazèl”.

Se yon moun ki konn travay po bèt pou l fè kui pou atizan ka reyalize plizyè kalite bagay moun bezwen.

Oswa: “yon ofisye nan lame women an”. Li t ap kòmande 100 sòlda.

Se yon batayon nan lame women an ki te gen 600 sòlda.

Vè twazè nan aprèmidi.

Se yon moun ki konn travay po bèt pou l fè kui pou atizan ka reyalize plizyè kalite bagay moun bezwen.

Vè midi.

Lit.: “yon bagay ki sanble ak yon veso”.

Vè twazè nan aprèmidi.

Gade Apendis A5.

Oswa: “sou yon bwa”.

Oswa: “tonbe diskite avè l”.

Lit.: “yon bagay ki sanble ak yon veso”.

Oswa: “pou m ta kanpe nan chemen Bondye”.

Lit.: “yo pe bouch yo”.

Oswa: “pou yo voye al fè yon travay sekou pou”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “te anvi goumen ak”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “fè sèvis piblik pou”.

Gade Apendis A5.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Yon gouvènè women ki t ap dirije yon tèritwa. Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Lit.: “Pami semans”.

Oswa: “sou bwa a”.

Oswa: “yon tonm ki fè sonje moun ki mouri”.

Oswa: “yon lanmou ki merite pou nou kwè nan li”.

Oswa: “te fè volonte Bondye”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Moun ki te fè jès sa a te montre li pa responsab sa k rive moun ki te nan zòn sa a.

Oswa: “nanm”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “siy”.

Oswa: “yo fòtifye nanm disip yo”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Oswa: “pou yo regle dezakò a”.

Oswa: “anpil dezakò”.

Oswa: “siy”.

Se yon lòt fason yo di “Simon”, anpalan de Pyè.

Oswa: “tonèl; kay”.

Gade Apendis A5.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “ni bèt yo touye san yo pa retire san an ladan yo”.

Oswa: “boulvèse nanm nou”.

Oswa: “ki te riske nanm yo”.

Oswa: “ni bèt yo touye san yo pa retire san an ladan yo”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “Orevwa”.

Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.

Gade Apendis A5.

Se kapab tou: “ann degaje n tounen”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Oswa: “yo travèse”.

Oswa: “ak tenti”.

Gade Apendis A5.

Gade Apendis A5.

Oswa: “mennen bay chèf yo nan mache a”.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Oswa: “vagabon ki nan mache a”.

Oswa: “mesye sa yo ki lakoz latwoublay sou”.

Oswa: “rezone nan mache a”.

Epiki se te yon filozòf ki fè konnen moun ta dwe pran plezi yo nan lavi a otan yo kapab.

Zenon se te yon filozòf ki fè konnen moun ta dwe viv ann akò ak sa ki lojik, e yo pa ta dwe bay ni doulè ni kè kontan okenn enpòtans. Yo te rele moun k ap suiv Zenon yo Estoyisyen.

Se te yon ti mòn nan vil Atèn tan lontan an, kote pi gwo tribinal peyi a te konn reyini.

Oswa: “sanble nou pi kwè nan dye yo”.

Lit.: “Seyè”.

Oswa: “li te konn rezone avèk yo”.

Moun ki te fè jès sa a te montre li pa responsab sa k rive moun ki nan kote sa a.

Anpalan de sinagòg la.

Yon gouvènè women ki t ap dirije yon tèritwa. Gade Lis mo yo esplike yo.

Gade Apendis A5.

Sanble se Jerizalèm li te monte.

Oswa: “Yo te anseye l aloral”.

Gade Apendis A5.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Lit.: “fè aksyon ki pisan”.

Gade Apendis A5.

Yon gouvènè women ki t ap dirije yon tèritwa. Gade Lis mo yo esplike yo.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Oswa: “paske nanm li nan li kounye a”.

Oswa: “ak lespri m tou ba”.

Oswa: “tout bagay pou byen nou”.

Lit.: “lespri a pouse m”.

Oswa: “nanm mwen”.

Oswa: “tout objektif Bondye”.

Oswa: “ak tandrès”.

Oswa: “sou bò pò a”.

Sa gen ladan l anonse sa k pral pase alavni, anonse mesaj ki soti nan Bondye, oswa fè konnen volonte Bondye oubyen anonse l.

Lit.: “nou te fè silans”.

Gade Apendis A5.

Oswa: “ni bèt yo touye san yo pa retire san ladan yo”.

Mo grèk la se pòneya. Gade Lis mo yo esplike yo.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Lit.: “epi rele”.

Oswa: “yon sitwayen women”.

Oswa: “ki pa pase devan tribinal”.

Oswa: “miray blanchi”.

Oswa: “Farizyen yo anonse tout bagay sa yo an piblik”.

Vè nevè nan aswè.

Lit.: “se yon epidemi”.

Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.

Oswa: “ret san repwòch”.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Oswa: “sou fason yo adore dye pa yo a”.

Lit.: “Seyè”. Anpalan de Anperè women an.

Lit.: “kèk nan nou jije”.

Yon digèt se yon baton ki pwenti yo konn itilize pou fè bèt mache oubyen pou bay bèt direksyon.

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.

Yo te konn fete jou Pirifikasyon an nan yon mwa ki rele Tichri ki te tonbe nan zòn mwa septanm/oktòb yo. Sezon lapli a te kòmanse nan mwa sa a e lanmè a te move.

Lit.: “pou nanm”.

An grèk, Erakilon.

Gade Lis mo yo esplike yo.

Oswa: “pa gen yon nanm”.

Anviwon 36 m (120 pye). Gade Apendis B14.

Anviwon 27 m (90 pye). Gade Apendis B14.

Oswa: “276 nanm”.

Oswa: “Moun ki pale yon lòt lang yo”.

Se yon mo grèk, Dike, ki genlè gen rapò ak yon deyès yo te kwè ki te la pou fè moun jwenn jistis, oubyen yo ka ap pale la a de jistis nan yon sans senbolik.

Yon obèj se yon kote moun ka manje e yo ka rete pou yo repoze yo.

Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.

Oswa: “Li te pale ak anpil kran”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje