ATIK ETID 21
Fason Jewova reponn priyè nou yo
“Nou konnen n ap gen bagay nou mande yo, piske nou mande l yo.” — 1 JAN 5:15.
KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan
SA NOU PRAL WÈa
1-2. Ki sa nou ka ap mande tèt nou anrapò ak priyè n yo?
ÈSKE W janm mande tèt ou si Jewova reponn priyè w? Si w te fè sa, konnen se pa ou menm sèlman. Anpil frè ak sè deja mande tèt yo sa, sitou lè y ap fè fas ak pwoblèm. Si n ap soufri, li ka difisil pou n rive wè fason Jewova reponn priyè n tou.
2 Ann fè yon ti pale ankò sou rezon ki fè n kapab gen konfyans Jewova reponn priyè moun k ap adore l yo (1 Jan 5:15). Epitou, n ap egzamine kesyon ki vin annapre yo: Poukisa pafwa se kòmsi Jewova pa reponn priyè nou? Ki fason Jewova reponn priyè n jodi a?
JEWOVA KA PA REPONN FASON N T AP ATANN NAN
3. Poukisa Jewova vle n priye l?
3 Bib la ban nou asirans Jewova renmen nou anpil e nou gen anpil valè pou li (Aje 2:7; 1 Jan 4:10). Se sa k fè li vle n mande l èd lè n ap priye l (1 Pyè 5:6, 7). Li vle ede n rete pwòch avè l e pou n rive andire difikilte nou jwenn yo.
Jewova te reponn priyè David lè l te delivre l anba men ènmi l yo (Gade paragraf 4.)
4. Ki jan nou fè konnen Jewova reponn priyè moun k ap adore l yo? (Gade foto a tou.)
4 Nan Bib la, souvan nou konn li Jewova reponn priyè moun k ap adore l yo. Èske gen yon egzanp ki vin nan tèt ou? Sa w panse de wa David? Pandan tout lavi David, li te gen yon pakèt ènmi ki pa t vle wè l, e byen souvan, li te konn priye Jewova pou l mande l sekou. Yon lè, li te sipliye Jewova, li te di l: “O Jewova, koute priyè m, koute m lè m ap sipliye w pou m mande w sekou. Reponn mwen, paske ou fidèl e ou jis.” (Sòm 143:1). Jewova te reponn priyè David te fè pou l mande l delivre l (1 Sam. 19:10, 18-20; 2 Sam. 5:17-25). David te kapab di avèk konfyans: “Jewova toupre tout moun ki rele l.” Nou menm tou, nou kapab gen menm asirans sa a. — Sòm 145:18.
Jewova reponn priyè Pòl lè l te ba l fòs li te bezwen pou l andire. (Gade paragraf 5.)
5. Èske Jewova te toujou reponn priyè moun ki te konn adore l nan tan lontan yo fason yo t ap atann nan? Bay yon egzanp. (Gade foto a tou.)
5 Jewova ka pa reponn priyè n fason n t ap atann nan. Se sa k te rive apot Pòl. Li te mande Bondye pou l retire “yon pikan nan chè” l. Pandan twa fwa, Pòl te priye egzakteman sou gwo pwoblèm sa a. Èske Jewova te reponn priyè sa yo? Wi, men li pa t reponn yo fason Pòl te espere a. Olye Jewova te retire pwoblèm nan, Li te ba l fòs li te bezwen pou l te kontinye sèvi L fidèlman. — 2 Kor. 12:7-10.
6. Poukisa pafwa se kòmsi Jewova pa reponn priyè n?
6 Pafwa, Jewova ka reponn priyè n tou fason nou pa t atann. Nou kapab gen asirans Jewova konnen egzakteman ki pi bon fason pou l ede n. Li kapab menm “fè pi plis lontan pase tout sa nou mande oubyen tout sa nou imajine”. (Efe. 3:20.) Se poutèt sa li kapab reponn priyè nou yo nan yon moman oswa yon fason nou pa t atann.
7. Sa k fè nou ka bezwen priye pou lòt bagay pito? Bay yon egzanp.
7 Lè n vin pi byen konprann volonte Jewova, nou ka bezwen mande lòt bagay pito nan priyè n ap fè. Ann pran egzanp Martin Poetzinger. Yon ti tan apre frè Poetzinger fin marye, yo te mete l nan prizon nan yon kan konsantrasyon Nazi. Okòmansman, li te mande Jewova pou l fè l soti nan kan konsantrasyon an pou l te ka pran swen madanm li e pou l te ka kontinye patisipe nan travay predikasyon an. Sepandan, apre de semèn, li pa t wè okenn siy ki montre Jewova t ap fè l sot nan prizon an. Donk, men sa l te vin ap mande Jewova: “Jewova, tanpri, montre m sa w vle m fè.” Li te kòmanse panse ak sitiyasyon lòt frè ki nan kan an t ap andire. Anpil nan yo t ap enkyete anpil pou madanm yo ak pitit yo. Men priyè frè Poetzinger te fè annapre: “Jewova, mèsi pou nouvo responsablite sa a ou ban mwen an. Ede m pou m bay frè m yo fòs ak kouraj.” Li te pase nevan nan kan an ap fè sa.
8. Ki bagay enpòtan nou bezwen sonje lè n ap priye?
8 Nou dwe sonje Jewova gen yon objektif e l ap reyalize l nan lè li fikse a. Lè Jewova ap reyalize objektif li genyen an, l ap elimine tout pwoblèm ki lakòz n ap soufri anpil konsa jodi a, pa egzanp, katastwòf natirèl, maladi ak lanmò. Nonsèlman l ap elimine pwoblèm sa yo nèt, nou pap janm wè yo ankò. Jewova pral sèvi ak Wayòm li an pou l reyalize objektif li (Dàn. 2:44; Rev. 21:3, 4). Men annatandan, Jewova kite Satan dirije monn nanb (Jan 12:31; Rev. 12:9). Si Jewova ta rezoud tout pwoblèm lèzòm genyen yo depi kounye a, sa t ap parèt kòmsi Satan ap byen dirije monn nan. Donk, menmsi nou dwe tann Jewova reyalize yon seri pwomès li fè, sa pa vle di li lage n poukò n. Ann wè kèk fason Jewova ede nou.
KÈK FASON JEWOVA REPONN PRIYÈ NOU JODI A
9. Ki jan Jewova kapab ede n lè n bezwen pran desizyon? Bay yon egzanp.
9 Li ban nou sajès. Jewova pwomèt l ap ban nou sajès nou bezwen pou n pran bon desizyon. Nou sitou bezwen sajès Bondye lè n ap pran desizyon k ap gen efè sou tout rès vi n, pa egzanp, si n ap ret selibatè oswa si n ap marye (Jak 1:5). Ann pran egzanp yon sè selibatè ki rele Mariac. Li te pyonye pèmanan e li te gen kè kontan nan sèvis li lè l te rankontre yon frè. Men sa l di: “Tank nou t ap vin zanmi, se tank nou te kòmanse gen santiman youn pou lòt. Mwen konnen mwen te dwe pran yon desizyon. Mwen te priye anpil sou sa. Mwen te bezwen Jewova gide m, men m te konnen tou, Jewova pa t ap pran desizyon an pou mwen.” Li te santi Jewova te reponn priyè l te fè pou l mande L sajès. Ki jan l te fè santi sa? Pandan li t ap fè rechèch nan piblikasyon nou yo, li te rive jwenn yon seri atik ki te ede l jwenn repons kesyon li t ap poze yo. Epitou, li te suiv bon konsèy manman l, yon sè ki fidèl, te ba li. Konsèy sa a te ede Maria egzamine santiman l. Finalman, li te rive pran yon bon desizyon.
Ki jan Jewova ban nou fòs pou n andire? (Gade paragraf 10.)
10. Selon Filipyen 4:13, ki sa Jewova ap fè pou ede moun k ap adore l yo? Bay yon egzanp. (Gade foto a tou.)
10 Li ban nou fòs pou n andire. Menm jan Jewova te bay apot Pòl fòs pou l andire, konsa tou l ap ban nou fòs nou bezwen pou n andire eprèv nou yo. (Li Filipyen 4:13.) Ann wè jan Jewova te ede yon frè ki rele Benjamin pou l andire yon seri pwoblèm li te genyen. Benjamin, ansanm ak fanmi l, te pase pifò nan jenès li nan plizyè kan refijye ann Afrik. Men sa Benjamin di: “Mwen te toujou priye Jewova, mwen te konn mande l pou l ban m fòs pou m fè sa ki fè l plezi. Jewova te reponn priyè m paske l te fè m santi m anpè, li te ban m kouraj pou m kontinye preche e li te pèmèt mwen jwenn piblikasyon yo ki te ede m rete pwòch avè l.” Men sa l di ankò: “Mwen te konn li eksperyans lòt frè ak sè, e lè m te konn wè jan Jewova te ede yo andire, sa te ban m plis detèminasyon pou m ret fidèl.”
Èske w te wè fason Jewova sèvi ak frè w ak sè w yo pou ede w? (Gade paragraf 11-12.)d
11-12. Ki jan Jewova ka sèvi ak frè n ak sè n yo pou l reponn priyè n? (Gade foto a tou.)
11 Li sèvi ak frè n ak sè n yo. Nan nuit anvan Jezi te bay lavi l pou nou kòm sakrifis, li te priye Jewova ak tout kè l. Li te sipliye Jewova pou yo pa t pran l pou yon moun k ap sal non L. Olye Jewova te fè sa Jezi te mande a, li te voye youn nan zanj yo vin ba l fòs (Lik 22:42, 43). Menm jan an tou, Jewova ka fè yon frè oswa yon sè rele n nan telefòn oswa vizite n pou ankouraje n. Nou tout kapab chèche okazyon pou n di kwayan parèy nou yo “bèl ti pawòl”. — Pwo. 12:25.
12 Ann pran egzanp yon sè ki rele Miriam. Kèk semèn apre mari Miriam fin mouri, Miriam te poukont li nan kay la, li te santi l tris e l te dekouraje. Li pa t ka sispann kriye e l te bezwen yon moun pou l pale. Men sa l di: “Mwen pa t gen fòs pou m rele pèsonn. Donk, mwen te priye Jewova. Pandan m t ap kriye e m t ap priye, telefòn mwen te sonnen. Se yon ansyen ki te rele m, e se yon bon zanmi.” Ansyen an ak madanm li te konsole Miriam. Li gen konviksyon se Jewova ki te fè frè sa a rele l.
Ki jan Jewova ka pouse lòt moun ede n? (Gade paragraf 13-14.)
13. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova kapab sèvi ak moun ki pap adore l pou l reponn priyè nou.
13 Li ka sèvi ak moun ki pap adore l (Pwo. 21:1). Pafwa Jewova konn sèvi ak moun ki pap adore l pou l reponn priyè sèvitè l yo. Pa egzanp, lè Neyemi te mande wa Atagzèsès pèmisyon pou l retounen Jerizalèm pou l te ka patisipe nan travay ki t ap fèt pou rekonstwi vil la, Jewova te touche kè wa a pou fè l aksepte sa Neyemi te mande l la (Ney. 2:3-6). Menm jan an tou jodi a, Jewova kapab touche kè menm moun ki pap adore l pou ede n lè n bezwen sa.
14. Ki jan eksperyans Soo Hing te fè a ankouraje w? (Gade foto a tou.)
14 Gen yon sè ki rele Soo Hing ki te santi Jewova te sèvi ak doktè ki te konn pran swen l lan pou ede l. Pitit gason sè sa a gen divès kalite pwoblèm mantal. Lè pitit la te fè yon aksidan ki te grav anpil, sè a ak mari l te kite travay yo pou yo te ka pran swen l. Sa te vin fè yo gen pwoblèm lajan. Soo Hing te di li te vin santi l pa t kapab menm ankò. Li te vide kè l bay Jewova e li te mande l pou l ede l. Doktè li t ap suiv la te chèche jwenn èd pou yo. Konsa, yo te rive jwenn èd gouvènman an e yo te vin jwenn yon kote pou yo viv ki pa t twò chè. Men sa Soo Hing te di annapre: “Nou te wè jan Jewova te ede n nan sitiyasyon sa a. Vrèmanvre, li se Sila a ‘ki tande lapriyè’ a.” — Sòm 65:2.
LAFWA AP EDE N CHÈCHE REPONS JEWOVA BAY EPI AKSEPTE REPONS LI BAY LA
15. Ki sa k te ede yon sè rann li kont Jewova reponn priyè l?
15 An jeneral, Jewova pa reponn priyè nou yo yon fason ki estrawòdinè. Men, repons nou jwenn yo, se jis sa n bezwen pou n ret fidèl ak Papa nou ki nan syèl la. Donk, chèche wè ki fason Jewova reponn priyè w. Gen yon sè ki rele Yoko ki te santi Jewova pa t reponn priyè l. Men, li te vin fè yon lis ki te gen yon seri bagay li te mande Jewova. Apre yon ti tan, li te gade sa l te ekri yo e l te rann li kont Jewova te reponn pifò nan priyè l te fè yo, menm sa l te bliye yo. Detanzantan, nou bezwen pran yon ti tan pou n reflechi sou fason Jewova reponn priyè n. — Sòm 66:19, 20.
16. Ki jan n ka montre n gen lafwa anrapò ak priyè nou fè? (Ebre 11:6).
16 Se pa sèlman lè n priye Jewova nou montre nou gen lafwa, men, lè n aksepte kèlkeswa repons li ban nou an, nou montre n gen lafwa tou. (Li Ebre 11:6.) Ann pran egzanp Mike ansanm ak madanm li Chrissy. Yo te gen objektif pou y al sèvi nan Betèl. Men sa Mike di: “Nou te fè plizyè ane ap aplike e nou te priye Jewova sou sa pandan plizyè fwa. Men, yo pa t janm rele nou.” Mike ak Chrissy te kontinye gen konfyans Jewova pi byen konnen fason pou l itilize yo nan sèvis li. Donk, yo te kontinye fè tout sa yo kapab, yo te sèvi kòm pyonye pèmanan kote ki te bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan, e yo te patisipe nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè. Jodi a, yo nan sèvis sikonskripsyon. Men sa Mike di: “Jewova pa t toujou reponn priyè n fason n t ap atann nan. Men, li te reponn yo e l te fè sa fason ki pi bon lontan pase sa n te ka imajine.”
17-18. Selon Sòm 86:6, 7, ki asirans nou kapab genyen?
17 Li Sòm 86:6, 7. David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te gen asirans Jewova te tande priyè l e l te reponn yo. Ou kapab gen menm asirans sa a. Egzanp nou te egzamine nan atik sa a ban nou asirans Jewova kapab ban nou sajès ak fòs nou bezwen pou n andire. Li ka itilize frè n ak sè n yo oswa menm moun ki poko ap adore l pou ede n yon fason oswa yon lòt.
18 Byenke Jewova ka pa toujou reponn priyè n fason n ap atann nan, nou konnen l ap reponn yo. L ap ban nou sa nou vrèman bezwen, egzakteman nan moman n bezwen l lan. Kidonk, kontinye priye Jewova, e se pou w gen konfyans l ap tande w. Epitou, ou bezwen gen asirans l ap pran swen w depi kounye a e l ap “bay tout sa k vivan sa yo bezwen” nan monn nouvo ki gen pou vini an. — Sòm 145:16.
KANTIK 46 Mèsi Jewova
a Jewova ban nou asirans l ap reponn priyè nou si yo ann amoni ak volonte l. Lè n ap andire eprèv, nou kapab gen konfyans l ap ban n èd nou bezwen pou n ret fidèl avè l. Ann wè fason Jewova reponn priyè n.
b Pou n jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè Jewova pèmèt Satan dirije monn nan, gade atik ki gen tit “Kite je w fikse sou kesyon ki pi enpòtan an” ki parèt nan Toudegad jen 2017.
c Gen kèk non yo chanje.
d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ak pitit fi l ki rive nan yon peyi antanke refijye. Frè ak sè yo kontan akeyi yo e yo ba yo èd yo bezwen.