Labib — Tradiksyon monn nouvo a Jòb — Sa ki gen nan liv sa a JÒB SA KI GEN NAN LIV SA A 1 Fidelite Jòb ak richès li (1-5) Satan fè konprann Jòb pa sensè (6-12) Jòb pèdi byen l ak pitit li yo (13-19) Jòb pa blame Bondye (20-22) 2 Yon lòt fwa ankò, Satan fè konprann Jòb pa sensè (1-5) Bondye pèmèt Satan frape Jòb (6-8) Madanm Jòb di l: ‘Manke Bondye dega, epi mouri mouri w!’ (9, 10) Twa zanmi Jòb yo rive (11-13) 3 Jòb regrèt li te fèt (1-26) Li mande poukisa l ap soufri (20, 21) 4 Premye diskou Elifaz (1-21) Li pase fidelite Jòb nan rizib (7, 8) Li rakonte sa yon espri di l (12-17) ‘Bondye pa fè sèvitè l yo konfyans’ (18) 5 Premye diskou Elifaz la ap kontinye (1-27) ‘Bondye fè moun ki gen sajès yo pran nan pwòp pyèj yo’ (13) ‘Jòb pa dwe meprize disiplin Bondye bay la’ (17) 6 Jòb reponn (1-30) Li fè konnen li gen rezon kriye (2-6) Konsolatè Jòb yo trèt (15-18) “Lè moun di laverite, sa pa fè pèsonn mal” (25) 7 Jòb kontinye reponn (1-21) Lavi chaje ak tribilasyon (1, 2) “Poukisa se mwen w vize?” (20) 8 Premye diskou Bildad (1-22) Li fè konprann pitit Jòb yo te peche (4) ‘Si w te pwòp vre, Bondye ta veye sou ou’ (6) Li fè konprann Jòb kite Bondye (13) 9 Jòb reponn (1-35) Lòm pa ka gen rezon devan Bondye (2-4) ‘Bondye fè yon seri bagay moun pa ka konprann’ (10) Yon moun pa ka lite ak Bondye (32) 10 Jòb kontinye reponn (1-22) ‘Pou ki rezon Bondye ap lite avè m?’ (2) Bondye diferan ak Jòb (4-12) ‘Èske m ka pran yon ti souf?’ (20) 11 Premye diskou Sofa (1-20) Li di Jòb ap di pawòl ki san valè (2, 3) Li di Jòb pou l sispann fè sa ki mal (14) 12 Jòb reponn (1-25) “Nou pa plis pase m” (3) ‘Mwen vin tounen yon moun y ap pase nan rizib’ (4) “Bondye gen sajès” (13) Bondye sou tèt jij yo ak wa yo (17, 18) 13 Jòb kontinye reponn (1-28) ‘Mwen ta renmen pale ak Bondye’ (3) ‘Nou se fo doktè’ (4) “Mwen konnen mwen gen rezon” (18) Li mande pou ki rezon Bondye pran l pou ènmi l (24) 14 Jòb kontinye reponn (1-22) Lavi lòm kout e li chaje ak pwoblèm (1) “Gen espwa menm pou yon pyebwa” (7) “O! Pito w ta sere m nan Tonm” (13) “Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò?” (14) Bondye ap anvi wè travay li fè ak men l (15) 15 Dezyèm diskou Elifaz (1-35) Li fè konprann Jòb pa gen lakrentif pou Bondye (4) Li di Jòb gen ògèy (7-9) “Bondye pa menm fè zanj li yo konfyans” (15) “Yon moun ki mechan ap soufri” (20-24) 16 Jòb reponn (1-22) “Olye pou n konsole m, se soufri nou fè m soufri plis!” (2) Li fè konprann se li Bondye vize (12) 17 Jòb kontinye reponn (1-16) “Moun k ap pase m nan rizib yo toutotou m” (2) “Bondye fè m tounen yon moun y ap pase nan rizib” (6) “Se Tonm k ap vin tounen kay mwen” (13) 18 Dezyèm diskou Bildad (1-21) Li esplike sa k pral rive moun k ap pratike peche yo (5-20) Li fè konprann Jòb pa konn Bondye (21) 19 Jòb reponn (1-29) Li pa dakò ak pawòl swadizan zanmi l yo (1-6) Li di moun abandone l (13-19) “Moun k ap sove m nan vivan” (25) 20 Dezyèm diskou Sofa (1-29) Li santi Jòb manke l dega (2, 3) Li fè konprann Jòb mechan (5) Li di Jòb renmen peche (12, 13) 21 Jòb reponn (1-34) ‘Poukisa mechan yo ap byen mennen?’ (7-13) Li denonse swadizan konsolatè l yo (27-34) 22 Twazyèm diskou Elifaz (1-30) ‘Èske yon moun ka fè yon bagay pou Bondye?’ (2, 3) Li di Jòb ava e Jòb renmen fè abi (6-9) ‘Retounen vin jwenn Bondye, w ap refè’ (23) 23 Jòb reponn (1-17) Li vle plede kòz li devan Bondye (1-7) Li di li pa ka jwenn Bondye (8, 9) “Mwen rete nan chemen l san m pa devye” (11) 24 Jòb kontinye reponn (1-25) ‘Poukisa Bondye pa fikse yon lè?’ (1) Li di Bondye pèmèt mechanste (12) Moun k ap pratike peche renmen fènwa (13-17) 25 Twazyèm diskou Bildad (1-6) ‘Ki jan yon moun ka inosan devan Bondye?’ (4) Li di se pou granmesi moun ret fidèl (5, 6) 26 Jòb reponn (1-14) “Se konsa w ede moun ki pa gen fòs la!” (1-4) ‘Bondye fè tè a ret pandye san pa gen anyen ki kenbe l’ (7) ‘Se sèlman yon ti bagay nan sa Bondye fè yo’ (14) 27 Jòb deside rete fidèl (1-23) “Mwen pap sispann ret fidèl” (5) Moun ki kite Bondye yo pa gen espwa (8) “Poukisa pawòl nou yo san valè konsa?” (12) Mechan yo ap ret san anyen (13-23) 28 Jòb fè diferans ant trezò latè yo ak sajès (1-28) Efò lòm fè pou yo jwenn metal (1-11) Sajès gen plis valè pase grenn pèl (18) Lakrentif pou Jewova, se sa ki sajès (28) 29 Jòb sonje bèl moman li te viv anvan tribilasyon l yo (1-25) Yo te respekte l nan pòtay vil yo (7-10) Li te konn aji yon fason ki jis (11-17) Tout moun te konn tande konsèy li (21-23) 30 Jòb esplike jan sitiyasyon l chanje (1-31) Moun ki pa vo anyen pase l nan rizib (1-15) Sanble pèsonn pa ede l (20, 21) “Po m vin nwa” (30) 31 Jòb montre li se yon moun ki fidèl (1-40) “Yon alyans ak je m” (1) Li mande pou Bondye peze l nan balans (6) Li pa fè adiltè (9-12) Li pa renmen lajan (24, 25) Li pa adore zidòl (26-28) 32 Eliyou, yon jèn, antre nan konvèsasyon an (1-22) Li fache kont Jòb ak zanmi Jòb yo (2, 3) Avèk respè, li te ret tann anvan l pale (6, 7) Se pa laj yon moun genyen sèlman ki fè l gen sajès (9) Eliyou vle pale ak tout fòs (18-20) 33 Eliyou reprann Jòb paske Jòb panse li dwat (1-33) Bondye jwenn yon ranson (24) Vin jèn ankò (25) 34 Eliyou defann jistis Bondye ak fason Bondye aji (1-37) Jòb te di Bondye pa fè l jwenn jistis (5) Vrè Dye a pa janm aji ak mechanste (10) Jòb manke konesans (35) 35 Eliyou denonse fo rezònman Jòb yo (1-16) Jòb te di li pi dwat pase Bondye (2) Bondye tèlman wo, peche pa ka fè l anyen (5, 6) Jòb dwe ret tann Bondye (14) 36 Eliyou fè lwanj pou grandè Bondye (1-33) Bondye beni moun ki obeyi, li abandone moun ki kite l (11-13) ‘Ki pwofesè ki tankou Bondye?’ (22) Jòb dwe fè louwanj pou Bondye (24) “Bondye gen plis enpòtans pase tout sa nou ka konnen” (26) Bondye gen kontwòl sou lapli ak zèklè (27-33) 37 Fòs lanati yo montre pouvwa Bondye (1-24) Bondye kapab fè lèzòm sispann tout aktivite (7) “Byen reflechi sou bèl travay Bondye fè yo” (14) Lòm pa ka rive konprann Bondye (23) Okenn moun pa dwe panse li gen sajès (24) 38 Jewova montre jan lòm piti (1-41) ‘Kote w te ye lè m te fè tè a?’ (4-6) Pitit Bondye yo te pran rele tèlman yo te kontan (7) Kesyon sou fòs lanati yo (8-32) “Lwa k ap gouvène syèl la” (33) 39 Bèt Bondye kreye yo montre jan lòm pa konn anyen (1-30) Kabrit mawon yo ak sèf yo (1-4) Bourik mawon an (5-8) Towo bèf nan bwa a (9-12) Otrich la (13-18) Cheval la (19-25) Grigri a ak èg la (26-30) 40 Lòt kesyon Jewova poze (1-24) Jòb admèt li pa gen anyen pou l di (3-5) “Èske w vle fè konprann mwen pa fè sa ki dwat?” (8) Bondye esplike fòs Beyemòt la genyen (15-24) 41 Bondye pale de Levyatan an ki estrawòdinè (1-34) 42 Jòb reponn Jewova (1-6) Bondye kondane twa zanmi Jòb yo (7-9) Jewova geri Jòb (10-17) Pitit gason ak pitit fi Jòb yo (13-15)