BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Semèn sa a
28 jiyè–3 out
Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2025 | jiyè

28 JIYÈ–3 OUT

PWOVÈB 24

Kantik 38 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Chèche jwenn fòs pou lè w jwenn pwoblèm

(10 min.)

Kontinye chèche gen plis konesans ak sajès (Pw 24:5; it-2 563 § 4)

Asire w ou toujou priye, ou li Bib la chak jou, e w asiste reyinyon yo menm lè w dekouraje (Pw 24:10; w09 15/12 18 § 12-13)

Gwo lafwa ak lanmou w gen pou Bondye ap ede w fè fas ak pwoblèm yo (Pw 24:16; w20.12 15)

Yon sè ki malad grav ki kontan patisipe nan predikasyon kay an kay ak zanmi l. L ap montre dam li rankontre a yon bagay sou tablèt li.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Pw 24:27 — Ki leson nou ka aprann nan pwovèb sa a? (w09 15/10 12)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Pw 24:​1-20 (th leson 11)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Konvèsasyon an fini anvan w rive bay yon temwayaj. (lmd leson 2 pwen 4)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. (lmd leson 3 pwen 4)

6. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Pale ak moun nan konsènan pwogram etid Labib nou an, epi bay moun nan yon kat etid Labib. (lmd leson 4 pwen 3)

7. Diskou

(3 min.) lmd apendis A pwen 11 — Tèm: Bondye pale avèk nou. (th leson 6 )

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 99

8. Annou youn ede lòt lè gen pwoblèm

(15 min.) Konvèsasyon.

Epidemi, katastwòf natirèl, gwo latwoublay, lagè oswa pèsekisyon ka rive sanzatann. Lè pwoblèm sa yo rive, frè ak sè nou yo ap ede youn lòt e youn ap ankouraje lòt. Sepandan, menm lè se pa nou menm ki viktim, nou santi doulè frè ak sè nou yo e nou fè tout sa n kapab pou n ede yo. — 1Ko 12:​25, 26.

Foto ki ansanm: Frè ak sè k ap ede kwayan parèy yo plizyè fason. 1. Frè ak sè k ap rekonstwi yon Sal Wayòm ki te kraze akoz yon katastwòf natirèl. 2. Frè ak sè ki kontan akeyi yon manman ak pitit li ki refijye. 3. Yon sè k ap met ofrann nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm nan. 4. Frè ak sè k ap bay kwayan parèy yo ki refijye sa yo bezwen nan yon Sal Wayòm. 5. Volontè k ap bay kès boutèy dlo. 6. Yon frè k ap priye.

Li 1 Wa 13:6 ak Jak 5:16b. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Sa k fè priyè sèvitè Bondye yo fè pou lòt moun gen pouvwa?

Li Mak 12:​42-44 ak 2 Korentyen 8:​1-4. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Menmsi nou pa gen gwo mwayen e nou pa ka bay anpil kòb pou travay mondyal la pou n ede frè ak sè ki nan bezwen yo, sa k fè n dwe kontinye fè sa?

Pase VIDEYO Yo bay frè yo fòs nan moman entèdiksyon. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki sakrifis ki demontre lanmou frè ak sè yo te fè pou kwayan parèy yo ki t ap viv kote yo te met entèdiksyon sou aktivite nou ann Ewòp delès?

  • Lè frè ak sè yo te anba entèdiksyon, ki jan yo te obeyi kòmandman pou yo reyini ansanm e pou youn ankouraje lòt la? — Eb 10:​24, 25

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) lfb leson 4-5

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 112 ak priyè

Lis atik yo
Toudegad etid — 2025 | me

Atik etid no 21: Semèn 28 jiyè 2025–3 out 2025

14 Ann kontinye tann vil k ap toujou la a

Lòt bagay ou ka li

Lòt atik ki gen nan Toudegad sa a

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje