LEVITIK
1 Jewova rele Moyiz, li pale avè l detan l nan tant reyinyon an+ epi li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo*, di yo: ‘Si yon moun pami nou vle ofri Jewova yon bèt kòm sakrifis, li dwe ofri swa yon bèf, swa yon mouton, swa yon kabrit+.
3 “‘Si ofrann l ap bay kòm sakrifis pou yo boule nèt pou Bondye a se yon bèf, li dwe bay yon towo bèf ki pa gen okenn domaj+. Li dwe vin avè l devan Jewova nan antre tant reyinyon an san yo pa fòse l+. 4 L ap mete men l sou tèt bèt li bay kòm sakrifis pou yo boule nèt la, e y ap aksepte l nan men l pou l ka jwenn padon pou peche l.
5 “‘Apre sa, prèt yo+, pitit gason Arawon yo, dwe touye jenn towo bèf sa a devan Jewova. Y ap prezante san an e y ap vide l sou chak bò lotèl la+ ki devan antre tant reyinyon an. 6 Y ap kòche bèt y ap ofri kòm sakrifis pou yo boule nèt la e y ap fè l fè plizyè moso+. 7 Prèt yo, pitit gason Arawon yo, ap limen dife sou lotèl la+ e y ap ranje bwa nan dife a. 8 Y ap ranje tout moso bèt la+ ansanm ak tèt li ak suif li* sou bwa ki nan dife ki sou lotèl la. 9 Y ap pran dlo pou yo lave trip bèt la ansanm ak pye l, e prèt la ap boule tout ofrann nan, l ap fè l bay lafimen sou lotèl la, kòm yon sakrifis yo boule nèt. Se yon sakrifis y ap boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant+ k ap fè l plezi*.
10 “‘Si bèt l ap bay kòm sakrifis pou yo boule nèt la se yon mouton oswa yon kabrit+, li dwe bay yon mal ki pa gen okenn domaj+. 11 Prèt yo, pitit gason Arawon yo, ap touye bèt la devan Jewova toupre lotèl la, nan bò ki bay nan direksyon nò a, e y ap vide san an sou chak bò lotèl la+. 12 L ap dekoupe bèt la fè l fè plizyè moso. Prèt la ap ranje moso yo ansanm ak tèt la ak suif la* sou bwa ki nan dife ki sou lotèl la. 13 L ap lave trip bèt la ak pye l ak dlo, prèt la ap prezante l e l ap boule l sou lotèl la kòm yon sakrifis yo boule nèt. Se yon sakrifis y ap boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*.
14 “‘Men, si se zwazo l ap ofri kòm sakrifis pou yo boule nèt pou Jewova, l ap ofri toutrèl oswa jenn pijon+. 15 Prèt la ap vin ak zwazo a bò lotèl la, l ap kase kou l e l ap boule l sou lotèl la, men l ap vide san an akote lotèl la. 16 L ap retire fal li, plim li e l ap lage yo akote lotèl la, nan bò ki bay nan direksyon lès la, kote yo lage sann yo*+. 17 L ap koupe l nan mitan de zèl yo, men li pap fè l fè de moso. Apre sa, prèt la ap boule l sou lotèl la, sou bwa ki nan dife a, kòm yon sakrifis yo boule nèt. Se yon sakrifis y ap boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*.
2 “‘Si yon moun* ap bay manje angren kòm ofrann+ pou Jewova, li dwe bay bon farin. L ap vide luil sou farin nan e l ap mete lansan blan sou li+. 2 Apre sa, l ap pote l bay prèt yo, pitit gason Arawon yo, e youn nan prèt yo ap pran yon ponyen nan bon farin ki gen luil la kòm yon echantiyon+, l ap pran tout lansan blan an tou, l ap boule yo sou lotèl la. Se yon ofrann y ap boule nan dife pou Jewova, k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 3 Tout sa ki rete nan ofrann manje angren an ap pou Arawon ak pitit gason l yo+ kòm yon bagay ki sakre anpil+ ki soti nan ofrann yo boule nan dife pou Jewova.
4 “‘Si manje angren n ap bay kòm ofrann nan se pen ki kuit nan fou, yo dwe fèt ak bon farin. Se ta dwe pen san ledven ki won e ki gen twou nan mitan yo, ki fèt ak pat ki melanje ak luil oubyen se ta dwe bisuit sèk nou pase luil sou yo+.
5 “‘Si n ap kuit manje angren n ap bay kòm ofrann nan sou platin+, nou dwe fè l ak bon farin ki melanje ak luil e ki pa gen ledven ladan l. 6 N ap fè l fè plizyè moso, e n ap vide luil sou li+. Se yon ofrann manje angren pou Bondye.
7 “‘Si n ap kuit manje angren n ap bay kòm ofrann nan nan yon kaswòl, n ap fè l ak bon farin ki melanje ak luil. 8 N ap pote ofrann manje angren nou te fè ak bagay sa yo pou Jewova. N ap prezante l bay prèt la ki pral toupre lotèl la avè l. 9 Epi, prèt la ap pran enpe nan ofrann nan kòm yon echantiyon+, l ap boule l sou lotèl la devan Jewova. Se yon ofrann y ap boule nan dife pou Bondye, k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+. 10 Sa k rete nan ofrann manje angren sa a ap pou Arawon ak pitit gason l yo kòm yon bagay ki sakre anpil ki soti nan ofrann yo boule nan dife pou Jewova+.
11 “‘Manje angren n ap bay Jewova kòm ofrann yo pa dwe gen ledven ladan yo+. Nou pa dwe boule ni pat ki gen ledven ladan l ni siwo* kòm ofrann pou Jewova.
12 “‘Nou ka ofri Jewova yo kòm premye danre+ nou rekòlte nan jaden nou, men nou pa dwe boule yo sou lotèl la kòm yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*.
13 “‘Se pou n mete sèl nan tout ofrann manje angren nou yo. Nou pa dwe bliye mete sèl k ap fè nou sonje alyans Bondye a nan ofrann manje angren nou yo. Se pou n mete sèl nan tout ofrann n ap prezante yo+.
14 “‘Si n ap ofri manje angren ki soti nan premye danre nou rekòlte nan jaden nou kòm ofrann pou Jewova, se grenn ki fèk rekòlte*, ki griye nan dife, ki kraze, men ki pa kraze fen pou nou bay kòm premye danre+ nou rekòlte nan jaden nou. 15 N ap mete luil ak lansan blan sou li. Se yon ofrann manje angren pou Bondye. 16 Prèt la ap boule enpe nan manje angren ki pa kraze fen ki gen luil sou li a kòm yon echantiyon+ ansanm ak tout lansan blan an kòm yon ofrann yo boule nan dife pou Jewova.
3 “‘Si ofrann l ap bay la se yon sakrifis kominyon*+ e se yon bèf, kit se yon towo bèf kit se yon gazèl bèf, se yon bèt ki pa gen okenn domaj pou l bay Jewova. 2 L ap mete men l sou tèt bèt l ap bay kòm sakrifis la e y ap touye bèt la devan antre tant reyinyon an. Prèt yo, pitit gason Arawon yo, ap voye san an sou chak bò lotèl la. 3 L ap prezante yon pòsyon nan sakrifis kominyon an kòm yon ofrann l ap boule pou Jewova+. Men ki pòsyon l ap prezante: grès+ ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo, 4 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+. 5 Pitit gason Arawon yo ap boule yo sou lotèl la anlè sakrifis y ap boule nèt ki sou bwa ki nan dife a+. Se yon sakrifis y ap boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+.
6 “‘Si bèt l ap bay Jewova kòm sakrifis kominyon an se yon mouton oswa yon kabrit, li dwe bay yon mal oswa yon femèl ki pa gen okenn domaj+. 7 Si se yon jenn mal mouton l ap ofri, l ap vin avè l devan Jewova. 8 L ap mete men l sou tèt bèt l ap bay kòm sakrifis la e y ap touye bèt la devan antre tant reyinyon an. Pitit gason Arawon yo ap voye san an sou chak bò lotèl la. 9 L ap prezante grès ki soti nan sakrifis kominyon an kòm yon ofrann pou yo boule nan dife pou Jewova+. L ap koupe ke gra a toupre zo rèl do bèt la e l ap pran grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo, 10 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+. 11 Prèt la ap boule yo sou lotèl la kòm manje* yo boule nan dife pou Jewova+.
12 “‘Si se yon kabrit l ap ofri, l ap vin avè l devan Jewova. 13 L ap mete men l sou tèt bèt l ap bay kòm sakrifis la e y ap touye bèt la devan antre tant reyinyon an. Pitit gason Arawon yo dwe voye san an sou chak bò lotèl la. 14 Pòsyon l ap prezante kòm ofrann y ap boule pou Jewova a se grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo+, 15 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a. 16 Prèt la ap boule yo sou lotèl la kòm manje* yo boule nan dife pou Bondye k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. Tout grès la se pou Jewova+.
17 “‘Nou pa dwe manje okenn grès ni okenn san+. Se yon kòmandman n ap suiv pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon, kèlkeswa kote nou abite a.’”
4 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Men sa k dwe fèt si yon moun* peche san l pa fè espre+, si l fè nenpòt nan bagay Jewova te bay lòd pou nou pa fè yo:
3 “‘Si prèt+ Bondye chwazi a peche+ e sa fè tout pèp la vin koupab, lè sa a, se pou l bay yon jenn towo bèf ki pa gen okenn domaj kòm sakrifis pou Jewova pou peche li fè a+. 4 L ap vin ak towo bèf la devan antre tant reyinyon an+, devan Jewova, l ap mete men l sou tèt towo bèf la e l ap touye l devan Jewova+. 5 Apre sa, prèt Bondye chwazi a+ ap pran enpe nan san towo bèf la, l ap antre nan tant reyinyon an avè l, 6 l ap tranpe dwèt li nan san an+ e l ap voye enpe nan san an sèt fwa+ devan Jewova, devan rido ki nan kote ki sakre a. 7 Mete sou sa, prèt la ap mete enpe nan san an sou kòn lotèl pou boule lansan santi bon an+ ki devan Jewova nan tant reyinyon an, apre sa, l ap vide tout rès san towo bèf la nan pye lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt+ yo ki devan antre tant reyinyon an.
8 “‘Apre sa, l ap retire tout grès ki nan towo bèf li te ofri kòm sakrifis pou peche a, sa gen ladan l grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo, 9 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+. 10 L ap retire menm grès li retire nan towo bèf yo bay kòm sakrifis kominyon an*+. Prèt la ap boule yo sou lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo.
11 “‘Men, kanta pou po towo bèf la, vyann li, tèt li, pye l, trip li ak poupou ki anndan l lan+, 12 wi, tout rès towo bèf la, l ap fè yo soti avèk yo pa deyò kan an pou yo ale avèk yo nan zòn ki pwòp kote yo jete sann yo*, l ap limen yon dife ak bwa e l ap boule yo sou li+. Se kote yo jete sann yo pou l boule yo.
13 “‘Si tout pèp Izrayèl la koupab paske yo fè yon peche san yo pa t fè espre+, si yo te fè yon bagay yo pa t konnen Jewova te bay lòd pou yo pa fè+, 14 men apre sa, yo vin konnen yo te peche, lè sa a, pèp la dwe vin ak yon jenn towo bèf devan tant reyinyon an kòm sakrifis pou peche yo fè a. 15 Ansyen ki nan pèp la ap mete men yo sou tèt towo bèf la devan Jewova, e y ap touye l devan Jewova.
16 “‘Apre sa, prèt Bondye chwazi a ap pran enpe nan san towo bèf la, l ap antre nan tant reyinyon an avè l, 17 l ap tranpe dwèt li nan san an e l ap voye enpe nan san an sèt fwa devan Jewova, devan rido a+. 18 Epitou, l ap mete enpe nan san an sou kòn lotèl la+ ki devan Jewova nan tant reyinyon an, apre sa, l ap vide tout rès san an nan pye lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo ki devan antre tant reyinyon an+. 19 Apre sa, l ap retire tout grès ki nan towo bèf la e l ap boule l sou lotèl la+. 20 Prèt la ap fè towo bèf sa a menm sa li fè towo bèf l ap ofri lè se li ki peche a. L ap fè sakrifis sa a pou l pirifye pèp la anba peche l fè a+ e pou yo ka jwenn padon pou peche a. 21 L ap fè yo pote rès bèf la pa deyò kan an e l ap boule l menm jan l ap boule towo bèf+ l ap ofri lè se li ki peche a. Se yon sakrifis pou peche pèp la+.
22 “‘Lè yon chèf+ nan mitan pèp la peche san se pa espre li fè, si l fè nenpòt nan bagay Jewova, Bondye l la, te bay lòd pou moun pa fè e li vin koupab, 23 oswa si l vin konnen li te peche paske l pa t respekte yon kòmandman, lè sa a, li dwe vin ak yon jenn bouk kabrit ki pa gen okenn domaj kòm ofrann pou Bondye. 24 L ap mete men l sou tèt kabrit la e y ap touye kabrit la menm kote yo touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt pou Jewova yo+. Se yon sakrifis pou peche. 25 Prèt la ap pran enpe nan san bèt li te ofri kòm sakrifis pou peche a ak dwèt li, l ap mete l sou kòn+ lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo e l ap vide rès san an nan pye lotèl la+. 26 Prèt la ap boule tout grès bèt la sou lotèl la jan sa fèt pou sakrifis kominyon an+, l ap ofri l pou l pirifye chèf la anba peche l, e chèf la ap jwenn padon pou peche l te fè a.
27 “‘Si yon moun* nan mitan pèp la fè yon peche san l pa fè espre e li koupab paske li fè yon bagay Jewova bay lòd pou moun pa fè+, 28 oubyen si l vin konnen li fè yon peche, lè sa a, l ap ofri yon jenn femèl kabrit ki pa gen okenn domaj pou peche li fè a. 29 L ap met men l sou tèt bèt li ofri kòm sakrifis pou peche a e y ap touye bèt la menm kote yo touye bèt yo ofri kòm sakrifis yo boule nèt+ pou Bondye yo. 30 Prèt la ap pran enpe nan san bèt la ak dwèt li, l ap mete l sou kòn lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo e l ap vide tout rès san an nan pye lotèl la+. 31 L ap pran tout grès bèt sa a+, menm jan yo pran grès sakrifis kominyon an+ e l ap boule grès la sou lotèl la kòm yon sakrifis pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. Prèt la ap ofri l pou l pirifye moun nan anba peche l fè a e moun nan ap jwenn padon pou peche a.
32 “‘Si se yon mouton l ap ofri kòm sakrifis pou peche l fè a, li dwe ofri yon ti femèl ki pa gen okenn domaj. 33 L ap met men l sou tèt bèt l ap ofri kòm sakrifis pou peche l la e y ap touye l pou li kote yo touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt+ pou Bondye yo. 34 Prèt la ap pran enpe nan san bèt li ofri kòm sakrifis pou peche a ak dwèt li, l ap mete l sou kòn lotèl pou ofri sakrifis y ap boule nèt yo+ e l ap vide tout rès san an nan pye lotèl sa a. 35 Prèt la ap pran tout grès bèt la menm jan yo pran grès jenn mal mouton yo ofri kòm sakrifis kominyon an, e l ap boule yo sou lotèl la anlè ofrann y ap boule nan dife+ pou Jewova yo. Prèt la ap ofri l pou l pirifye moun nan anba peche l fè a e moun nan ap jwenn padon pou peche a+.
5 “‘Si yon moun* wè yon moun fè yon peche, oswa li aprann yon moun te fè yon peche, men li pa fè konn sa lè l tande y ap mande pou moun vin temwaye*+ konsènan peche a, moun sa a ap koupab e l ap peye pou sa.
2 “‘Si yon moun* manyen kèlkeswa bagay ki pa pwòp la, kit se kadav yon bèt nan bwa ki pa pwòp, kit se kadav yon bèt ki pa pwòp ki viv bò kot moun, oswa kadav yon bèt ki pa pwòp ki viv an gwoup ak bèt parèy li*+, moun sa a pa pwòp e li koupab menmsi li pa konn sa. 3 Si yon moun te manyen yon bagay ki pa pwòp+ ki kapab fè l vin pa pwòp e li pa t konn sa, men annapre li vin konn sa, li koupab.
4 “‘Si yon moun* fè sèman san l pa reflechi e li di l ap fè yon bagay, kit se yon bon bagay, kit se yon move bagay, kèlkeswa sa l ye a, epi apre sa li wè li te fè sèman san l pa t reflechi, moun sa a koupab*+.
5 “‘Si moun nan koupab akoz li fè youn nan bagay sa yo, se pou l fè konnen+ peche l fè a. 6 Mete sou sa, l ap vin ak yon bèt pou l ofri Jewova kòm sakrifis ki montre li koupab pou peche l fè a+. L ap bay yon ti femèl mouton oubyen yon jenn femèl kabrit kòm sakrifis pou peche l la. Apre sa, prèt la ap ofri bèt la pou moun nan ka jwenn padon pou peche l la.
7 “‘Men, si moun nan pa gen ase lajan pou l achte yon mouton, l ap ofri Jewova de toutrèl oswa de jenn pijon+ kòm sakrifis ki montre li koupab pou peche l fè a. Y ap ofri youn ladan yo kòm yon sakrifis pou peche e lòt la kòm yon sakrifis pou yo boule nèt+. 8 L ap pote yo bay prèt la k ap ofri sa k pou peche a an premye apre l fin kase kou l san l pa rache tèt la. 9 L ap voye enpe nan san sakrifis pou peche a sou arebò lotèl la e l ap vide rès la nan pye lotèl la+. Se yon sakrifis pou peche. 10 L ap ofri lòt la kòm yon sakrifis yo boule nèt jan sa dwe fèt la+. Prèt la ap ofri sakrifis la pou peche moun nan fè a pou moun nan ka vin pwòp e moun nan ap jwenn padon pou peche a+.
11 “‘Si moun nan pa gen ase lajan pou l achte de toutrèl oswa de jenn pijon, l ap ofri yon dizyèm efa*+ bon farin kòm ofrann pou peche a. Li pap melanje l ak luil, ni li pap mete lansan blan sou li, paske se yon ofrann pou peche. 12 L ap pote l bay prèt la e prèt la ap pran yon ponyen ladan l kòm yon echantiyon pou l boule sou lotèl la anlè sakrifis yo boule pou Jewova a. Se yon ofrann pou peche. 13 Prèt la ap ofri l pou kèlkeswa peche moun nan fè pami peche sa yo pou moun nan ka vin pwòp e moun nan ap jwenn padon pou peche a+. Rès ofrann nan ap pou prèt la+, menm jan ak ofrann manje angren an+.’”
14 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 15 “Si yon moun* montre li pa fidèl lè l peche kont bagay sakre Jewova yo san l pa fè espre+, li dwe vin ak yon mal mouton ki pa gen okenn domaj pou Jewova kòm sakrifis ki montre li koupab+. Prèt la ap fè konnen konbyen chekèl* ajan mouton an vo, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*+. 16 L ap peye pou peche li te fè ki gen rapò ak kote ki sakre a e l ap ajoute 20 pousan pri mouton an sou kòb la+. Moun nan dwe bay prèt la lajan an yon fason pou prèt la ka ofri mouton moun nan bay kòm sakrifis ki montre li koupab pou peche l fè a pou moun nan ka vin pwòp+, e moun nan ap jwenn padon pou peche a+.
17 “Si yon moun* peche lè l fè nenpòt nan bagay Jewova bay lòd pou moun pa fè yo, menmsi l pa t konnen l te peche, li koupab kanmenm, e l ap peye pou sa l fè a+. 18 Li dwe vin ak yon mal mouton ki pa gen okenn domaj pou l bay prèt la kòm sakrifis ki montre li koupab+. Se prèt la k ap fikse pri mouton pou l bay la. Apre sa, prèt la ap ofri l pou peche moun nan te fè san l pa t konnen an pou moun nan ka vin pwòp, e moun nan ap jwenn padon pou peche a. 19 Se yon sakrifis ki montre yon moun koupab. Se sèten moun sa a koupab poutèt li peche kont Jewova.”
6 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Men sa yon moun* dwe fè si l peche e li montre li pa fidèl devan Jewova+ lè l twonpe yon pwochen l ki te konfye l yon bagay+ oswa ki te ba l kenbe yon bagay, oubyen lè l vòlè afè yon pwochen l, 3 oubyen si li jwenn yon bagay yon moun te pèdi, men li kache sa, e li fè sèman li pa t fè youn nan peche sa yo, alòske li konnen se manti+ l ap bay: 4 Si l peche e li koupab, se pou l remèt bagay li te vòlè a, bagay yo te konfye l la, oswa bagay ki pèdi li jwenn nan, 5 oswa nenpòt bagay li te fè sèman li pa t pran, alòske li te konnen se manti li t ap bay. Li dwe remèt mèt bagay la tout sa li te pran an plis 20 pousan valè bagay la+. L ap fè sa nan jou yo jwenn prèv se li ki koupab la. 6 L ap mennen sakrifis ki montre li koupab devan Jewova a bay prèt la. L ap chwazi yon mal mouton selon pri yo fikse a. Se yon sakrifis ki montre li koupab+. 7 Prèt la ap ofri l bay Jewova pou moun nan ka vin pwòp, e moun nan ap jwenn padon pou nenpòt sa l te fè ki fè l vin koupab la+.”
8 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 9 “Men sa pou w di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men lwa konsènan sakrifis pou yo boule nèt yo+: Sakrifis n ap boule nèt la ap rete sou fwaye lotèl la pandan tout nuit lan pou jis demen maten, e n ap fè dife a rete limen sou lotèl la. 10 Prèt la ap abiye ak rad ofisyèl li a ki fèt an len+ e l ap met kalson len an+ sou li pou kouvri kò l. Apre sa, l ap retire sann*+ ki rete sou lotèl la apre ofrann nan fin boule a e l ap mete l akote lotèl la. 11 Apre sa, l ap chanje rad+ sou li e l ap pote sann yo yon kote ki pwòp, pa deyò kan an+. 12 Dife a dwe ret limen sou lotèl la. Yo pa dwe kite l mouri. Prèt la ap boule bwa+ sou li chak maten e l ap ranje sakrifis y ap boule nèt la sou bwa a e l ap boule grès sakrifis kominyon* yo sou li+. 13 Dwe toujou gen dife k ap boule sou lotèl la. Yo pa dwe kite l mouri.
14 “‘Men lwa konsènan ofrann manje angren an+: Se pitit gason Arawon yo k ap ofri l bay Jewova devan lotèl la. 15 Youn nan yo ap pran yon ponyen nan bon farin yo ofri kòm manje angren an ak enpe nan luil ki sou farin nan ak tout lansan blan ki sou li a e l ap boule l sou lotèl la kòm yon echantiyon pou Jewova kòm yon bagay k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+. 16 Arawon ak pitit gason l yo ap manje sa ki rete nan ofrann nan+. Y ap fè pen san ledven avè l pou yo manje nan yon kote ki sakre. Y ap manje l nan lakou tant reyinyon an+. 17 Yo pa dwe prepare l avèk ledven+. Se yon pòsyon mwen ba yo nan ofrann yo boule pou mwen yo+. Se yon bagay ki sakre anpil+, menm jan ak sakrifis pou peche a ak sakrifis ki montre yon moun koupab la. 18 Tout gason pami pitit Arawon yo ap manje l+. Jenerasyon apre jenerasyon, se yon pòsyon y ap toujou resevwa nan ofrann yo boule pou Jewova yo+. Kèlkeswa bagay ki touche yo*, bagay sa a ap sakre.’”
19 Apre sa, men sa Jewova di Moyiz: 20 “Men ofrann Arawon ak pitit gason l yo ap toujou prezante Jewova nan jou y ap mete yo nan fonksyon yo antanke prèt la+: yon dizyèm efa*+ bon farin, kòm manje angren y ap ofri Bondye+. Y ap bay mwatye nan maten e y ap bay lòt mwatye a nan aswè. 21 Se pou yo kuit li avèk luil sou yon platin+. W ap byen melanje l ak luil, w ap kase l fè ti moso e w ap prezante l kòm manje angren ki kuit w ap ofri Jewova, yon ofrann k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 22 Se pitit gason Arawon ki ranplase l kòm prèt la+ k ap ofri l. Se yon kòmandman k ap la pandan anpil tan. Y ap boule tout ofrann nan pou Jewova. 23 Tout manje angren yon prèt ap bay kòm ofrann, yo dwe boule l nèt. Pèsonn pa dwe manje l.”
24 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 25 “Men sa pou w di Arawon ak pitit gason l yo: ‘Men lwa sou sakrifis pou peche a+: Se kote yo touye bèt y ap ofri kòm sakrifis yo boule nèt yo+ y ap touye bèt y ap ofri Jewova kòm sakrifis pou peche a. Se yon bagay ki sen anpil. 26 Se prèt ki ofri sakrifis pou peche a k ap manje l+. L ap manje l yon kote ki sakre, nan lakou tant reyinyon an+.
27 “‘Kèlkeswa bagay ki touche vyann bèt sa a, bagay sa a ap sakre. Si enpe nan san l vole sou rad yon moun, se pou w lave rad la yon kote ki sakre. 28 Si yo te sèvi ak yon veso ki fèt an tè pou yo bouyi l, w ap kraze veso a. Men, si se nan yon veso ki fèt an kuiv yo bouyi l, se pou w foubi veso a e se pou w lave l ak dlo.
29 “‘Tout gason ki prèt ap manje l+. Se yon bagay ki sen anpil+. 30 Men, yo pa dwe manje okenn bèt yo te ofri kòm sakrifis pou peche si yo te antre ak enpe nan san bèt la nan tant reyinyon an pou yo jwenn padon pou peche ki te fèt la+. Se pou yo boule bèt la nan dife.
7 “‘Men lwa konsènan sakrifis moun bay poutèt yo koupab la+: Se yon bagay ki sen anpil. 2 Se kote yo touye bèt yo ofri kòm sakrifis yo boule nèt yo y ap touye bèt yo ofri kòm sakrifis moun bay poutèt yo koupab la. Se pou yo voye san+ bèt la sou chak bò lotèl la+. 3 Moun ki fè ofrann nan ap bay tout grès+ bèt la, san wete ke a ak tout grès li ak grès ki kouvri trip yo, 4 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+. 5 Prèt la ap boule yo sou lotèl la kòm yon ofrann yo boule pou Jewova+. Se yon sakrifis ki montre yon moun koupab. 6 Tout gason ki prèt yo ap manje l+, e yo dwe manje l yon kote ki sakre. Se yon bagay ki sen anpil+. 7 Lwa pou sakrifis pou peche a valab tou pou sakrifis moun bay poutèt yo koupab la. Sakrifis sa a ap pou prèt ki te ofri l pou moun nan jwenn padon pou peche ki te fèt la+.
8 “‘Lè prèt la ap ofri yon bèt kòm sakrifis yo boule nèt, po bèt+ moun nan te bay kòm sakrifis pou yo boule nèt la ap pou prèt la.
9 “‘Tout ofrann manje angren ki te kuit nan yon fou oubyen yo te prepare nan yon kaswòl oubyen sou yon platin+ ap pou prèt ki ofri l la. Se pou li l ap ye+. 10 Men, tout lòt ofrann manje angren ki melanje ak luil+ oswa ki sèk+ ap pou tout pitit gason Arawon yo. Yo chak ap jwenn menm kantite a.
11 “‘Men lwa konsènan sakrifis kominyon*+ moun ap bay pou Jewova a: 12 Si yon moun bay sakrifis sa a pou l remèsye Bondye+, lè l ap bay sakrifis la, l ap bay pen san ledven ki won, ki gen yon twou nan mitan yo e ki fèt ak pat ki melanje ak luil, l ap bay bisuit sèk yo pase luil sou yo, e l ap bay lòt pen ki won, ki gen yon twou nan mitan yo e ki fèt ak bon farin yo te byen melanje ak luil. 13 L ap ofri sakrifis kominyon l ap bay pou l di Bondye mèsi a ansanm ak pen ki gen ledven ki won e ki gen yon twou nan mitan yo. 14 L ap bay youn nan chak kalite pen sa yo kòm yon pòsyon ki sakre pou Jewova. Sa moun nan bay la ap pou prèt ki te voye san sakrifis kominyon an+ sou lotèl la. 15 Yo dwe manje vyann sakrifis kominyon moun nan bay pou l di Bondye mèsi a nan menm jou li ofri l la. Yo pa dwe sere anyen ladan l pou demen maten+.
16 “‘Si sakrifis li bay la gen rapò ak yon ve+ oubyen se yon sakrifis kè l pouse l fè+, y ap manje bèt la nan jou li bay li a, e si gen rès ki rete, y ap kapab manje l nan demen. 17 Men, si gen nan vyann nan ki rete nan twazyèm jou a, se pou yo boule l nan dife+. 18 Si yo manje vyann sakrifis kominyon an nan twazyèm jou a, moun ki bay li a pap gen favè Bondye. Li pap jwenn favè grasa sakrifis li a. Se yon bagay ki pa dwe fèt, e moun* ki manje l la ap peye pou sa l fè a+. 19 Yo pa dwe manje vyann ki touche kèlkeswa bagay ki pa pwòp la. Se pou yo boule l. Tout moun ki pwòp ka manje vyann ki pwòp la.
20 “‘Men, si yon moun* pa pwòp e li manje vyann sakrifis kominyon an ki pou Jewova, yo dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp la+. 21 Si yon moun* manyen kèlkeswa bagay ki pa pwòp la, kit se yon moun ki pa pwòp+, kit se yon bèt ki pa pwòp+, oubyen se yon bagay ki pa pwòp ki bay degoutans+, e li manje vyann sakrifis kominyon an ki pou Jewova, yo dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp la.’”
22 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 23 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nou pa dwe manje grès+ yon towo bèf, grès yon jenn mal mouton oswa grès yon kabrit. 24 Nou pa dwe janm manje grès yon bèt nou jwenn tou mouri oswa grès yon bèt ki mouri paske yon lòt bèt touye l, men, nou kapab fè nenpòt lòt bagay avè l+. 25 Si yon moun manje grès yon bèt li te prezante devan Jewova pou yo boule pou li, yo dwe retire* moun sa a nan mitan pèp la.
26 “‘Kèlkeswa kote nou abite a, nou pa dwe manje san+, kit se san zwazo kit se san lòt bèt. 27 Si yon moun* manje kèlkeswa san an, yo dwe retire*+ moun sa a nan mitan pèp la.’”
28 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 29 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Si yon moun prezante yon bèt li vle ofri Jewova kòm sakrifis kominyon, l ap pote yon pati nan sakrifis kominyon l lan bay Jewova+. 30 L ap vin ak grès la+ ansanm ak pwatrin nan nan men l kòm yon sakrifis y ap boule pou Jewova, e l ap balanse l devan Jewova kòm yon ofrann ki balanse+. 31 Prèt la ap boule grès la sou lotèl la+, men pwatrin nan ap pou Arawon ak pitit gason l yo+.
32 “‘N ap bay prèt la jigo dwat bèt n ap ofri kòm sakrifis kominyon yo+ kòm pòsyon pa l. Se yon pòsyon ki sakre. 33 Pitit Arawon ki prezante san bèt yo ofri kòm sakrifis kominyon an ak grès bèt la ap resevwa jigo dwat la kòm pòsyon pa l+. 34 Se Arawon, prèt la, ak pitit gason l yo mwen bay pwatrin ofrann ki balanse a ak jigo dwat pòsyon sakre ki soti nan sakrifis kominyon Izrayelit yo ofri yo. Se yon kòmandman Izrayelit yo dwe obeyi pandan lontan+.
35 “‘Se pòsyon sa a Jewova te bay lòd pou yo pran nan sakrifis yo boule pou li yo pou yo bay prèt yo, Arawon ak pitit gason l yo, nan jou yo te prezante Arawon ak pitit gason l yo bay Jewova pou yo sèvi l antanke prèt la+. 36 Jewova te bay lòd pou Izrayelit yo bay prèt yo pòsyon sa a nan jou yo te mete yo nan fonksyon yo antanke prèt la+. Se yon kòmandman yo dwe toujou obeyi jenerasyon apre jenerasyon.’”
37 Lwa sa a se lwa konsènan sakrifis y ap boule nèt la+, ofrann manje angren yo+, sakrifis pou peche a+, sakrifis ki montre yon moun koupab la+, sakrifis ki dwe fèt lè y ap mete prèt yo nan fonksyon yo a+ ak sakrifis kominyon an+. 38 Jewova te bay Moyiz lwa sa a sou Mòn Sinayi+ nan jou li te bay Izrayelit yo lòd nan Dezè Sinayi pou yo prezante ofrann yo bay Jewova+.
8 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pran Arawon ansanm ak pitit gason l yo+, rad yo+, luil onksyon*+ an, towo bèf pou sakrifis pou peche a, de mal mouton yo, pànye ki gen pen san ledven yo+, 3 epi rasanble pèp la devan antre tant reyinyon an.”
4 Apre sa, Moyiz fè egzakteman sa Jewova te ba l lòd fè a e pèp la te rasanble devan antre tant reyinyon an. 5 Apre sa, Moyiz di pèp la: “Se Jewova ki ban nou lòd pou nou fè sa.” 6 Epi, Moyiz pran Arawon ak pitit gason l yo, li fè yo pwoche e li benyen yo nan dlo+. 7 Apre sa, li mete wòb la+ sou Arawon, li mare senti a+ nan ren l, li mete gwo rad san manch lan+ sou li, li mete efòd la*+ sou li e li mare l byen mare sou li ak senti ki byen tise a+. 8 Apre sa, li mete pòch la*+ sou li e li mete Ourim nan ak Toumim nan+ anndan pòch la. 9 Apre sa, li mare tèt Arawon ak gwo mouchwa espesyal la+, epi sou devan mouchwa a, li mete plak annò byen klere ki sakre a*+, plak ki montre Bondye mete Arawon apa a. Li te fè sa jan Jewova te ba l lòd la.
10 Apre sa, Moyiz pran luil onksyon an, li voye enpe nan luil la sou tabènak* la e sou tout sa ki anndan l yo+ pou l mete yo apa kòm bagay ki sakre. 11 Apre sa, li voye enpe nan luil sa a sèt fwa sou lotèl la e sou tout sa ki mache avè l yo, sou basen an ak pye l pou l mete yo apa kòm bagay ki sakre. 12 Finalman, li vide enpe nan luil onksyon an sou tèt Arawon pou l ka mete l apa pou Bondye+.
13 Apre sa, Moyiz fè pitit gason Arawon yo pwoche, li met wòb yo sou yo, li mare ren yo ak senti yo e li mete mouchwa yo sou tèt yo+ jan Jewova te ba l lòd la.
14 Apre sa, li pran towo bèf pou sakrifis pou peche a, epi Arawon ak pitit gason l yo met men yo sou tèt towo bèf la+. 15 Apre sa, Moyiz touye bèf la, li pran enpe nan san an+ ak dwèt li e li mete l sou chak kòn lotèl la pou l pirifye l, men li vide rès san an nan pye lotèl la pou l ka mete l apa kòm yon bagay ki sakre e pou l ka fè sakrifis sou li. 16 Epi, Moyiz pran tout grès ki te sou trip yo, sou fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a e li boule yo sou lotèl la+. 17 Apre sa, li pran rès towo bèf la, po l, vyann li, ak poupou l e li boule yo pa deyò kan an+, jan Jewova te ba l lòd la.
18 Apre sa, li vin ak mal mouton y ap ofri kòm sakrifis pou yo boule nèt la e Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt mouton an+. 19 Apre sa, Moyiz touye l epi li voye san an sou chak bò lotèl la. 20 Apre sa, Moyiz fè mouton an fè plizyè moso e li mete tèt mouton an, moso yo ak suif la* nan dife ki sou lotèl la. 21 Moyiz te lave trip mouton an ak pye mouton an nan dlo, li te boule tout mouton an sou lotèl la. Se yon sakrifis li te boule nèt e ki te bay yon bon sant ki fè Bondye plezi*. Se yon sakrifis Moyiz te boule pou Jewova, jan Jewova te ba l lòd la.
22 Apre sa, li pran dezyèm mal mouton an, mouton pou mete Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt la+, e Arawon ak pitit gason l yo mete men yo sou tèt mouton an+. 23 Epi, Moyiz touye mouton an, li pran enpe nan san an li mete l sou pwent zòrèy dwat Arawon, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li. 24 Apre sa, Moyiz pran pitit gason Arawon yo e li mete enpe nan san an sou pwent zòrèy dwat yo, sou pous men dwat yo ak sou gwo zòtèy pye dwat yo epi li voye rès san an sou chak bò lotèl la+.
25 Apre sa, li pran grès mouton an, ke a ak tout grès li, tout grès ki sou trip yo, ki sou fwa a, de ren yo ak grès ki sou yo a ansanm ak jigo dwat la+. 26 Apre sa, l al nan pànye ki devan Jewova ki gen pen san ledven ladan l lan, li pran yon pen san ledven ki won ki gen yon twou nan mitan l+, li pran yon pen ki won ki gen yon twou nan mitan l ki te fèt ak pat ki byen melanje ak luil+ ansanm ak yon bisuit sèk. Apre sa, li mete yo sou moso grès yo e sou jigo dwat la. 27 Apre sa, li mete yo tout nan pla men Arawon, nan pla men pitit gason l yo e li fè yo balanse yo kòm yon ofrann ki balanse devan Jewova. 28 Apre sa, Moyiz pran yo nan men yo epi li boule yo sou lotèl la pa anlè sakrifis yo boule nèt la. Se te sakrifis pou mete Arawon ansanm ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt. Sakrifis sa a te bay yon bon sant ki te fè Bondye plezi*. Se yon sakrifis yo te boule pou Jewova.
29 Apre sa, Moyiz pran pwatrin mouton an e li balanse l devan Jewova kòm yon ofrann ki balanse+. Se pòsyon sa a ki te pou Moyiz nan mouton yo te ofri pou mete Arawon ak pitit gason l yo nan fonksyon yo antanke prèt la, jan Jewova te bay Moyiz lòd la+.
30 Epi, Moyiz pran enpe nan luil onksyon an+ ak enpe nan san ki te sou lotèl la e li voye yo sou Arawon, sou rad li, sou pitit gason l yo ak sou rad pitit gason l yo+. Se konsa Moyiz te mete Arawon, rad li yo, pitit gason l yo ak rad yo apa pou sèvis Bondye+.
31 Apre sa, Moyiz di Arawon ak pitit gason l yo: “Bouyi+ vyann nan devan antre tant reyinyon an epi manje l la ansanm ak pen ki nan pànye pou mete nou nan fonksyon nou an. Paske, Bondye te di m: ‘Se Arawon ak pitit gason l yo k ap manje l+.’ 32 Nou dwe boule rès pen an ak rès vyann nan nan dife+. 33 Nou dwe rete devan antre tant reyinyon an pandan sèt jou, jiskaske tout jou n ap bezwen pou yo mete nou nan fonksyon nou an fin pase. Pou nou antre nan fonksyon nou antanke prèt*, sa ap pran sèt jou+. 34 Jewova te bay lòd pou sa k fèt jodi a fèt pou nou ka jwenn padon pou peche nou+. 35 N ap rete devan antre tant reyinyon an pandan sèt jou+, lajounen kou lannuit, e n ap respekte obligasyon nou devan Jewova+, pou nou pa mouri, paske se lòd sa a Bondye ban mwen.”
36 Arawon ak pitit gason l yo te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd fè yo.
9 Sou uityèm jou a+, Moyiz rele Arawon, pitit gason Arawon yo ak ansyen ki nan pèp Izrayèl la, 2 epi li di Arawon: “Pran yon ti bèf pou w ofri kòm sakrifis pou peche+ ak yon mal mouton pou w ofri kòm sakrifis w ap boule nèt epi ofri yo bay Jewova. Yo toule de pa dwe gen okenn domaj. 3 Men, men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Pran yon bouk kabrit kòm sakrifis pou peche, yon ti bèf ak yon mal mouton kòm sakrifis pou nou boule nèt. Yo youn pa dwe gen okenn domaj e yo dwe gen ennan. 4 Pran yon towo bèf ak yon mal mouton pou nou ofri Jewova kòm sakrifis kominyon*+ ansanm ak yon ofrann manje angren+ ki melanje ak luil, paske Jewova ap fè nou wè l jodi a+.’”
5 Vrèmanvre, Izrayelit yo pote tout sa Moyiz te bay lòd pou yo pote yo devan tant reyinyon an. Epi tout pèp la pwoche, yo kanpe devan Jewova. 6 Apre sa, Moyiz di: “Men sa Jewova mande nou pou nou fè pou nou ka wè glwa Jewova+.” 7 Epi, Moyiz di Arawon: “Pwoche bò kot lotèl la, ofri sakrifis pou peche w la+ ak sakrifis w ap boule nèt la pou w ka jwenn padon pou peche w+ e pou peche moun lakay ou. Apre sa, ofri sakrifis pèp la+ pou yo ka jwenn padon pou peche yo+, jan Jewova bay lòd la.”
8 Lapoula, Arawon pwoche bò kot lotèl la e li touye ti bèf li te pran pou l ofri kòm sakrifis pou peche l yo+. 9 Epi, pitit gason l yo pote san+ ti bèf la ba li, li tranpe dwèt li nan san an, li mete l sou chak kòn lotèl la e li vide rès san an nan pye lotèl la+. 10 Epitou, li pran grès sakrifis pou peche a, ren l yo ak grès ki sou fwa a, li boule yo sou lotèl la, jan Jewova te bay Moyiz lòd la+. 11 Apre sa, li boule vyann bèt la ak po l pa deyò kan an+.
12 Lè Arawon fin touye bèt li ofri kòm sakrifis li boule nèt la, pitit gason l yo pote san an ba li e li voye san an sou chak bò lotèl la+. 13 Apre sa, yo ba l bèt la, ki te dekoupe an plizyè moso, ansanm ak tèt la, e li boule yo sou lotèl la. 14 Epi, li lave trip yo ak pye yo e li mete yo boule sou lotèl la, sou sakrifis y ap boule nèt la.
15 Apre sa, li prezante sakrifis pèp la. Li pran kabrit y ap ofri kòm sakrifis pou peche pèp la, li touye l, e li ofri sakrifis pou peche a menm jan l te ofri premye sakrifis pou peche a. 16 Apre sa, li prezante sakrifis y ap boule nèt la jan sa dwe fèt la+.
17 Apre sa, li prezante ofrann manje angren an+. Li pran yon ponyen nan ofrann nan e li boule l sou lotèl la mete sou sakrifis yo boule nèt nan maten an+.
18 Apre sa, Arawon touye towo bèf la ak mouton sakrifis kominyon ki te pou pèp la. Epi, pitit gason l yo ba l san an e li voye l sou chak bò lotèl la+. 19 Kanta pou moso grès ki nan towo bèf la+, ke mouton an ak grès ki sou li a, grès ki kouvri pati ki anndan yo, ren yo ak grès ki sou fwa a+, 20 pitit gason Arawon yo mete yo tout sou pwatrin bèt yo. Apre sa, Arawon boule moso grès yo sou lotèl la+. 21 Men, li balanse pwatrin yo ak jigo dwat la kòm yon ofrann balanse devan Jewova, egzakteman jan Moyiz te bay lòd pou sa fèt la+.
22 Apre sa, Arawon leve men l devan pèp la, li beni yo+, epi li desann lotèl la apre l fin ofri sakrifis pou peche a, sakrifis yo boule nèt la ak sakrifis kominyon yo. 23 Finalman, Moyiz ak Arawon antre nan tant reyinyon an. Apre sa, yo soti e yo beni pèp la+.
Apre sa, tout pèp la wè glwa Jewova+, 24 e Jewova voye yon dife+ ki kòmanse boule bèt yo te ofri kòm sakrifis pou yo boule nèt la ak moso grès ki te sou lotèl la. Lè moun ki nan pèp la wè sa, yo kontan anpil e yo lage kò yo fas atè+.
10 Annapre, Nadab ak Abiyou+, pitit gason Arawon yo, pran veso pou boule lansan yo+. Yo chak pran veso pa yo, yo mete chabon dife ladan yo, yo mete lansan sou yo e yo kòmanse boule lansan pou Jewova san yo pa t gen dwa+, piske Bondye pa t ba yo lòd pou yo fè sa. 2 Lè sa a, Jewova voye yon dife sou yo ki boule yo+ e yo mouri devan Jewova+. 3 Apre sa, Moyiz di Arawon: “Men sa Jewova di: ‘Moun ki pre m yo+ dwe rekonèt mwen sen e pèp la dwe ban m glwa.’” Arawon pa t di anyen.
4 Annapre, Moyiz rele Michayèl ak Elizafan, pitit gason Ouzyèl+, tonton Arawon, e li di yo: “Vini non, pran frè nou yo devan kote ki sakre a epi al mete yo yon kote pa deyò kan an.” 5 Se sa k fè, yo vini, epi yo pote Nadab ak Abiyou ale ak tout wòb yo sou yo e y al mete yo yon kote pa deyò kan an, jan Moyiz te ba yo lòd la.
6 Apre sa, men sa Moyiz di Arawon ak pitit gason Arawon yo, Eleyaza ak Itama: “Pinga nou kite cheve nan tèt nou gaye, e pinga nou chire rad sou nou+ pou nou pa mouri e pou Bondye pa fache ak tout pèp la. Frè nou yo, anpalan de tout pèp Izrayèl la, gen pou yo kriye pou moun Jewova touye ak dife yo. 7 Nou pa dwe sot devan antre tant reyinyon an pou nou pa mouri, paske luil onksyon Jewova a sou nou+.” Vrèmanvre, yo suiv sa Moyiz te di yo a.
8 Apre sa, Jewova di Arawon: 9 “Ni ou menm, ni pitit gason w yo pa dwe bwè diven oswa lòt bwason ki gen alkòl lè nou pral antre nan tant reyinyon an+, yon fason pou nou pa mouri. Se yon kòmandman nou dwe toujou obeyi jenerasyon apre jenerasyon. 10 Konsa, n ap kapab fè diferans ant bagay ki sakre ak bagay ki pa sakre, ant bagay ki pa pwòp ak bagay ki pwòp+ 11 e n ap kapab anseye Izrayelit yo tout lwa Jewova te ba yo pa mwayen Moyiz yo+.”
12 Apre sa, Moyiz rele Arawon ak pitit gason Arawon ki te rete yo, Eleyaza ak Itama, e li di: “Pran manje angren ki rete nan ofrann yo boule pou Jewova yo epi fè pen san ledven avè l pou nou manje toupre lotèl la+, paske se yon bagay ki sen anpil+. 13 N ap manje l yon kote ki sakre+, paske se pòsyon pa w e se pòsyon pitit gason w yo ki soti nan sakrifis yo boule pou Jewova yo, paske se lòd sa a mwen resevwa. 14 Mete sou sa, n ap manje pwatrin yo balanse kòm ofrann ki balanse a ak jigo pòsyon ki sakre a+ nan yon kote ki pwòp, ni ou menm, ni pitit gason w yo, ni pitit fi w yo+, paske se bagay sa yo ou menm ak pitit gason w yo resevwa kòm pòsyon pa nou nan sakrifis kominyon* Izrayelit yo. 15 Y ap pote jigo pòsyon ki sakre a ak pwatrin y ap ofri kòm ofrann ki balanse a ansanm ak grès y ap boule a pou yo ka balanse ofrann balanse a devan Jewova. Pòsyon sa a ap toujou pou ou ak pitit gason w yo+, jan Jewova te bay lòd la.”
16 Epi, Moyiz tonbe chèche kabrit yo te ofri kòm sakrifis pou peche a+. Men, li te vin aprann yo te boule l. Se sa k fè li pa t kontan menm ak pitit gason Arawon ki te rete yo, Eleyaza ak Itama, e li di yo: 17 “Poukisa nou pa t manje sakrifis pou peche a nan kote ki sakre a+? Se yon bagay ki sakre anpil e yo te ban nou l pou nou ka retire peche pèp la epi fè l jwenn padon nan men Jewova. 18 Gade! Nou pa t antre ak san an anndan kote ki sakre a+. Nou te dwe manje sakrifis pou peche a nan kote ki sakre a, jan Bondye te ban m lòd la.” 19 Arawon di Moyiz: “Tande, jodi a, yo ofri Jewova yon sakrifis pou peche ak yon sakrifis yo boule nèt+ e gade sa k rive m. Si m te manje sakrifis pou peche a jodi a, èske sa t ap fè Jewova plezi?” 20 Lè Moyiz te tande sa, sa te fè l kontan.
11 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: 2 “Men sa pou n di Izrayelit yo: ‘Men bèt nou ka manje+ pami bèt k ap viv sou tè a: 3 Tout bèt ki gen zago yo fann an de e ki remonte manje nan bouch yo.
4 “‘Men, men bèt nou pa dwe manje menmsi yo remonte manje nan bouch yo oswa zago yo fann: Nou pa dwe manje chamo menmsi l remonte manje nan bouch li, paske zago l pa fann. Nou dwe konsidere l kòm yon bèt ki pa pwòp+. 5 Daman*+ an tou, paske menmsi l remonte manje nan bouch li, zago l pa fann. Nou dwe konsidere l kòm yon bèt ki pa pwòp. 6 Lyèv* la tou, paske menmsi l remonte manje nan bouch li, zago l pa fann. Nou dwe konsidere l kòm yon bèt ki pa pwòp. 7 Kochon an+ tou, paske menmsi zago l fann an de, li pa remonte manje nan bouch li. Nou dwe konsidere l kòm yon bèt ki pa pwòp. 8 Nou pa dwe manje vyann okenn nan bèt sa yo, ni nou pa dwe manyen kadav yo. Nou dwe konsidere yo kòm bèt ki pa pwòp+.
9 “‘Men bèt nou kapab manje pami bèt ki nan dlo yo: Nenpòt bèt k ap viv nan dlo ki gen zèl ak kal, kit se nan lanmè, kit se nan rivyè+. 10 Men, nou dwe gen degoutans pou nenpòt bèt ki pa gen zèl oswa ki pa gen kal k ap viv nan lanmè oswa nan rivyè, kit se yon bèt ki viv an gwoup ak bèt parèy li oswa lòt bèt* ankò ki viv nan dlo. 11 Wi, yo dwe ban nou degoutans, nou pa dwe manje vyann yo+ e nou dwe gen degoutans pou kadav yo. 12 Nou dwe gen degoutans pou tout bèt k ap viv nan dlo ki pa gen zèl ak kal.
13 “‘Men bèt ki vole nou dwe gen degoutans pou yo e nou pa dwe manje paske yo pa pwòp: èg+, malfini lanmè, karanklou nwa+, 14 malfini wouj, tout kalite malfini nwa, 15 tout kalite kaw, 16 otrich, koukou, mòv, tout kalite grigri, 17 ti koukou, kòmoran, koukou zòrèy long, 18 siy*, grangozye, karanklou, 19 sigòy, tout kalite krabye, hip* ak chovsouri. 20 Nou dwe gen degoutans pou tout ti bèt ak zèl ki viv an gwoup* ki mache sou kat pat.
21 “‘Pami tout ti bèt ak zèl ki viv an gwoup e ki mache sou kat pat yo se sèlman sa ki gen de janm ki long pou yo sote yo nou kapab manje. 22 Pami bèt sa yo, nou kapab manje divès kalite krikèt vèt ki konn vwayaje, lòt krikèt vèt moun ka manje+, krikèt bwa ak gwo krikèt. 23 Nou dwe gen degoutans pou tout lòt ti bèt ak zèl ki viv an gwoup e ki gen kat pat. 24 Bèt sa yo ap fè nou pa pwòp. Tout moun ki manyen kadav yo pap pwòp jiskaske l fin aswè+. 25 Tout moun ki pote kadav youn nan bèt sa yo ap lave rad li+ e moun sa a pap pwòp jiskaske l fin aswè.
26 “‘Kèlkeswa bèt ki gen zago l fann, men ki pa fann an de, e ki pa remonte manje nan bouch li, nou dwe konsidere l kòm yon bèt ki pa pwòp. Yon moun ki manyen kadav yo pap pwòp+. 27 Pami tout bèt ki mache sou kat pat yo, tout sa ki pa gen zago yo pa pwòp. Tout moun ki manyen kadav yo pap pwòp jiskaske l fin aswè. 28 Yon moun ki pote kadav bèt sa yo dwe lave rad li+, e moun sa a pap pwòp jiskaske l fin aswè+. Nou dwe konsidere bèt sa yo kòm bèt ki pa pwòp.
29 “‘Pami ti bèt ki viv an gwoup sou tè a, men sa nou dwe konsidere kòm bèt ki pa pwòp yo: rat ki konn fouye twou a, sourit+, tout kalite leza, 30 jeko, gwo leza a, zandolit dlo, leza ki viv nan sab la ak aganman. 31 Nou dwe konsidere ti bèt sa yo kòm bèt ki pa pwòp+. Tout moun ki manyen kadav bèt sa yo pap pwòp jiskaske l fin aswè+.
32 “‘Kèlkeswa bagay yo tonbe sou yo lè yo mouri, bagay sa yo pap pwòp, kit se yon veso an bwa, yon rad, yon bagay ki fèt ak po bèt, oswa yon moso twal sak. Si se yon veso nou itilize, se pou n plonje l anba dlo. Veso sa a pap pwòp jiskaske l fin aswè. Apre sa, l ap pwòp. 33 Si yo tonbe anndan yon veso ki fèt an tè, se pou n kraze veso a. Kèlkeswa sa k nan veso a ap kontamine+. 34 Si dlo ki te nan veso sa a tonbe sou nenpòt bagay moun ka manje, bagay sa a ap kontamine. Nenpòt bagay pou moun bwè ki te nan veso a ap kontamine. 35 Kèlkeswa bagay kadav bèt sa yo tonbe sou li, bagay sa a pap pwòp. Kit se yon fou, kit se yon recho, se pou nou kraze l. Yo pa pwòp, n ap toujou konsidere yo kòm bagay ki pa pwòp. 36 Se sèlman sous yo ak sitèn pou stoke dlo yo k ap rete pwòp, men moun ki touche kadav yo pap pwòp. 37 Si kadav yo tonbe sou yon grenn yo gen pou yo simen nan jaden, grenn nan pwòp toujou. 38 Men, si grenn nan te tranpe nan dlo e yon pati nan kadav bèt la tonbe sou li, l ap kontamine.
39 “‘Si yon bèt nou kapab manje mouri, moun ki manyen kadav bèt sa a pap pwòp jiskaske l fin aswè+. 40 Kèlkeswa moun ki ta manje nan vyann bèt ki mouri a, moun sa a dwe lave rad li, e li pap pwòp jiskaske l fin aswè+. Nenpòt moun ki pote kadav bèt sa a dwe lave rad li e li pap pwòp jiskaske l fin aswè. 41 Nou dwe gen degoutans pou tout bèt ki viv an gwoup sou tè a e ki pa pwòp+. Nou pa dwe manje yo. 42 Nou pa dwe manje okenn bèt ki rale sou vant, ni okenn ti bèt ki mache sou kat pat, oswa okenn bèt ki viv an gwoup sou tè a ki gen anpil anpil pat, paske yo dwe ban nou degoutans+. 43 Pinga nou fè m gen degoutans pou nou* akoz bèt sa yo ki viv an gwoup, pinga nou sal tèt nou e pinga nou vin pa pwòp akoz yo menm+. 44 Mwen se Jewova, Bondye nou an+, e nou dwe mete tèt nou apa pou mwen pou nou ka vin sen+, paske mwen sen+. Kidonk, nou pa dwe kite bèt ki viv an gwoup sou tè a lakòz nou* pa pwòp. 45 Paske se mwen menm, Jewova, ki fè nou soti nan peyi Ejip pou m ka vin Bondye nou+. Nou dwe sen+, paske mwen menm mwen sen+.
46 “‘Lwa sa a se lwa ki gen rapò ak bèt k ap viv sou tè a, bèt ak zèl, bèt* k ap viv nan dlo, tout ti bèt* ki viv an gwoup sou tè a, 47 yon fason pou nou fè diferans ant bèt ki pa pwòp ak bèt ki pwòp, ant bèt nou ka manje ak bèt nou pa dwe manje+.’”
12 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Si yon fi ansent e li fè yon pitit gason, fi sa a pap pwòp pandan sèt jou, menm jan li pa pwòp lè li gen règ li+. 3 Sou uityèm jou a, y ap sikonsi pitit la+. 4 Men, fi a ap kontinye pirifye tèt li pandan 33 jou akoz san li te pèdi a. Li pa dwe manyen anyen ki sen e li pa dwe antre kote ki sakre a toutotan jou pou l pirifye tèt li yo poko fin pase.
5 “‘Si se yon pitit fi l fè, li pap pwòp pandan 14 jou, menm jan li pa pwòp lè li gen règ li. L ap kontinye pirifye tèt li pandan 66 jou ankò akoz san li te pèdi a. 6 Lè kantite jou pou l pirifye tèt li a fini, kit se yon tigason kit se yon tifi li te fè, l ap bay prèt la yon ti mal mouton ki gen apeprè ennan kòm sakrifis pou yo boule nèt+ e l ap bay yon jenn pijon oswa yon toutrèl kòm sakrifis pou peche devan antre tant reyinyon an. 7 Prèt la ap prezante sakrifis sa yo devan Jewova pou fi a ka jwenn padon pou peche l, konsa l ap vin pwòp parapò ak san ki te koule sou li a. Sa se lwa ki konsène yon fi ki fè yon pitit gason oswa yon pitit fi. 8 Men, si l pa gen mwayen pou l bay yon mouton, lè sa a, l ap pran de toutrèl oswa de jenn pijon+, youn ap sèvi kòm sakrifis y ap boule nèt e lòt la kòm yon sakrifis pou peche. Prèt la ap ofri yo pou fi a ka jwenn padon pou peche l e konsa fi a ap vin pwòp.’”
13 Jewova kontinye pale ak Moyiz ak Arawon, li di yo: 2 “Si yon gason gen yon kote nan po l* ki anfle, oswa si l gen yon kal sou po l oubyen yon tach sou po l ki ka tounen maladi lèp*+, yo dwe mennen l devan Arawon, prèt la, oswa devan youn nan pitit gason l yo ki prèt+. 3 Prèt la ap egzamine maladi li gen sou po l la. Si l wè plim ki nan kote ki malad la vin blan e l wè kote ki malad la pi fon pase rès po moun nan, se maladi lèp li ye. Prèt la ap egzamine maladi a e l ap fè konnen moun nan pa pwòp. 4 Sepandan, si tach ki sou po moun nan blan, men li pa pi fon pase rès po a e plim ki ladan l yo pa vin blan, prèt la ap fè moun ki malad la rete yon kote apa pou sèt jou+. 5 Nan setyèm jou a, prèt la ap egzamine moun nan ankò, si l wè kote ki malad la pa vin pi mal e maladi a pa gaye sou po moun nan, prèt la ap fè moun nan rete yon kote apa pou sèt jou ankò.
6 “Prèt la ap egzamine moun nan ankò sou setyèm jou a. Si kote ki malad la gen yon koulè ki pi nòmal e maladi a pa gaye sou po moun nan, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp+. Se sèlman yon kal li te genyen sou po l. Apre sa, moun nan ap lave rad li e l ap pwòp. 7 Men, si apre prèt la fin di moun nan pwòp la, kal la* laji kò l sou po moun nan, moun nan dwe al devan prèt la yon lòt fwa ankò*. 8 Prèt la ap egzamine kal la. Si kal la laji kò l sou po moun nan, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se lèp li genyen+.
9 “Si yon gason vin gen maladi lèp, yo dwe mennen l devan prèt la. 10 Prèt la ap egzamine l+. Si gen yon kote nan po l ki anfle e ki tou blanch, si plim ki nan kote sa a vin blan e gen yon maleng+ nan kote ki anfle a, 11 se yon maladi lèp ki grav li gen sou po l. Prèt la ap fè konnen moun sa a pa pwòp. Li pap bezwen mete l yon kote apa+, paske, moun sa a pa pwòp. 12 Si lèp la gaye sou tout po moun nan nèt, si l kouvri moun nan depi nan tèt li rive nan pye l, dapre sa prèt la ka wè, 13 si prèt la egzamine moun nan e li wè lèp la kouvri tout po moun nan, l ap fè konnen moun nan pwòp*. Kòm tout po moun nan vin blan, li pwòp. 14 Men, depi moun nan gen maleng sou po l, moun nan pa pwòp. 15 Depi prèt la wè maleng nan, l ap fè konnen moun nan pa pwòp+. Maleng nan pa pwòp. Se lèp moun nan genyen+. 16 Men, si maleng nan vin blan ankò, l ap retounen kot prèt la. 17 Prèt la ap egzamine moun nan+. Si kote ki malad la vin blan, prèt la ap fè konnen moun ki malad la pwòp. Wi, li pwòp.
18 “Si yon moun gen yon klou sou po l e klou sa a geri, 19 men, kote klou a te ye a vin anfle e l vin blan oubyen vin gen yon tach blan ki yon ti jan wouj ki parèt kote klou a te ye a, li dwe al kot prèt la. 20 Prèt la ap egzamine l+. Si kote ki malad la parèt pi fon pase rès po l e si plim ki ladan l yo vin blan, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp ki parèt nan klou a. 21 Men, si prèt la egzamine l e l wè pa gen plim blan nan kote ki malad la, kote ki malad la pa pi fon pase rès po l e li wè li pèdi koulè, l ap fè moun nan rete yon kote ki apa pou sèt jou+. 22 Men, si li klè li gaye sou po l, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp li genyen. 23 Sepandan, si tach la rete yon sèl kote e li pa gaye sou po moun nan, se sèlman kote ki te gen klou a ki anfle. Lè sa a, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp+.
24 “Si yon moun te boule nan dife e kote chè a parèt la vin gen yon tach blan ki yon ti jan wouj oubyen yon tach ki blan sèlman, 25 prèt la ap egzamine kote ki malad la. Si plim ki nan tach la vin blan e si tach la parèt pi fon pase rès po a, se lèp ki parèt nan kote moun nan te boule a. Prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp li genyen. 26 Men, si prèt la egzamine kote ki malad la e li wè plim ki nan tach la pa vin blan, tach la pa pi fon pase rès po a e li pèdi koulè, l ap fè moun nan rete yon kote apa pou sèt jou+. 27 Prèt la ap egzamine l sou setyèm jou a. Si li klè tach la gaye sou po moun nan, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se maladi lèp li genyen. 28 Sepandan, si tach la rete yon sèl kote, li pa gaye sou po moun nan e li pèdi koulè, se sèlman kote moun nan te boule a ki anfle. Lè sa a, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp paske se kote moun nan te boule a ki anfle.
29 “Lè yon gason oswa yon fi gen yon pwoblèm nan po tèt li oubyen nan manton l, 30 prèt la ap egzamine kote ki malad la+. Si li pi fon pase rès po moun nan, e si cheve oswa bab ki ladan l yo vin jòn e yo vin fen, prèt la ap fè konnen moun nan pa pwòp. Se yon maladi li gen nan po tèt li oswa nan bab li. Se lèp li gen nan tèt oswa nan manton. 31 Men, si prèt la wè kote ki malad la pa parèt pi fon pase rès po a e li pa gen cheve nwa ladan l, prèt la ap fè moun ki malad la ret yon kote apa pou sèt jou+. 32 Prèt la ap egzamine kote ki malad la sou setyèm jou a, si kote ki malad la pa vin pi laj, si cheve ki ladan l yo pa vin jòn e si kote ki malad la pa vin pi fon pase rès po moun nan, 33 moun nan ap koupe tout cheve nan tèt li oswa tout bab li, men li pap koupe cheve oswa bab ki nan zòn ki malad la. Apre sa, prèt la ap fè moun ki malad la ret yon kote apa pou sèt jou.
34 “Prèt la ap retounen egzamine kote ki malad la sou setyèm jou a. Si maladi moun nan gen nan po tèt li a oswa nan bab li a pa gaye sou po l e si kote ki malad la pa vin pi fon pase rès po l, prèt la ap fè konnen moun nan pwòp. Moun nan ap lave rad li e l ap pwòp. 35 Men, si maladi a gaye aklè sou po l apre prèt la te fin di moun nan pwòp, 36 prèt la ap egzamine moun nan. Si maladi a gaye sou po l, prèt la pap menm bezwen gade si gen cheve jòn nan kote ki malad la. Moun nan pa pwòp. 37 Men, si lè prèt la egzamine moun nan, li wè maladi a pa gaye sou po l e cheve nwa pouse nan kote a, sa vle di maladi a geri. Moun nan pwòp, e prèt la ap fè konnen li pwòp+.
38 “Si yon gason oubyen yon fi gen tach ki parèt sou po l*, e si tach yo blan, 39 prèt la ap egzamine yo+. Si tach yo pa twò blan, se yon gratèl ki pa grav ki parèt sou po a. Moun sa a pwòp.
40 “Si yon gason pèdi cheve li gen nan tèt li e li vin chòv, sa pa vle di li pa pwòp. 41 Si li pèdi cheve ki devan tèt li e li vin chòv devan tèt la, sa pa vle di li pa pwòp. 42 Men, si l vin gen yon blese ki blan e ki yon ti jan wouj nan pati ki chòv la oswa nan fwon l, se lèp ki pete nan po tèt li oswa nan fwon l. 43 Prèt la ap egzamine moun nan. Si kote ki anfle e ki malad la blan e li yon ti jan wouj, kit li nan pati ki chòv ki nan mitan tèt moun nan, kit li nan fwon l, si li sanble ak lèp sou po l, 44 moun nan gen lèp. Li pa pwòp, e prèt la dwe fè konnen li pa pwòp poutèt maladi li gen nan po tèt li a. 45 Moun ki gen maladi lèp la dwe mete rad chire sou li, li dwe kite tèt li san penyen, li dwe kouvri moustach li e li dwe di byen fò: ‘Mwen pa pwòp! Mwen pa pwòp!’ 46 Pandan tout tan li fè ak maladi a, li pap pwòp. Kòm li pa pwòp, li dwe viv apa. L ap rete pa deyò kan an+.
47 “Si maladi lèp la ta kontamine yon rad, kit se yon rad ki fèt ak twal lenn oswa ki fèt ak twal len, 48 kit se fil ki fè lajè oswa fil ki fè longè twal len an oubyen twal lenn nan, kit se yon po bèt oswa kèlkeswa bagay ki fèt ak po a, 49 si maladi a fè yon tach ki jòn vèt oswa ki yon jan wouj parèt sou rad la, sou yon po bèt, sou fil ki fè lajè oswa longè yon twal oswa sou nenpòt bagay ki fèt ak po bèt, se lèp ki kontamine l. Se pou yo pote bagay la bay prèt la. 50 Prèt la ap egzamine maladi a e l ap mete bagay la yon kote apa pou sèt jou+. 51 Lè l egzamine maladi a nan setyèm jou a, si l wè l gaye nan rad la, nan fil ki fè lajè oswa ki fè longè twal la, si l wè l gaye nan po a (kèlkeswa sa yo fè ak po a), se yon lèp ki grav anpil e bagay sa a pa pwòp+. 52 L ap boule rad la oswa twal lenn nan oubyen twal len an, oswa nenpòt bagay ki fèt ak po bèt maladi a parèt ladan l lan, paske se yon lèp ki grav. Se pou l boule l nan dife.
53 “Men, si prèt la egzamine rad la, fil ki fè longè oswa lajè twal la oswa nenpòt bagay ki fèt ak po a, e li wè maladi a pa gaye ladan l, 54 lè sa a l ap bay lòd pou yo lave bagay ki kontamine a e l ap mete l yon kote apa pou sèt lòt jou. 55 Apre sa, prèt la ap egzamine bagay ki kontamine a apre yo fin lave l byen lave. Si kote ki kontamine a rete menm jan an, menmsi maladi a pa gaye nan bagay la, li pa pwòp. Ou dwe boule l, paske gen yon bagay ki manje l swa sou anndan, swa sou deyò.
56 “Men, si prèt la egzamine l apre yo fin lave l byen lave a e li wè pati ki kontamine a pèdi koulè, l ap retire pati sa a nan rad la oswa nan po a oswa nan twal la. 57 Men, si maladi a parèt nan yon lòt pati nan rad la oswa nan twal la oswa nan nenpòt bagay ki fèt ak po a, sa vle di se gaye l ap gaye ladan l. Ou dwe boule bagay ki kontamine a nan dife+. 58 Men, lè sa ki kontamine rad la oswa twal la oswa nenpòt bagay ki fèt ak po a disparèt apre w fin lave bagay la, se pou w lave bagay la yon dezyèm fwa e l ap vin pwòp.
59 “Lwa sa a se lwa ki konsène maladi lèp la, lè maladi sa a nan yon rad ki fèt ak lenn oswa ak len, oubyen nan yon twal oswa nan nenpòt bagay ki fèt ak po bèt, yon fason pou yo ka fè konnen si li pwòp oswa si li pa pwòp.”
14 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Men lwa yo dwe suiv nan ka yon moun ki gen lèp jou y ap fè konnen li pwòp la, jou yo mennen l bay prèt la+: 3 Prèt la ap soti pa deyò kan an e l ap egzamine moun nan. Si moun ki gen lèp la geri anba maladi lèp la, 4 prèt la ap ba l lòd pou l vin ak de zwazo ki pwòp* ki vivan, ansanm ak bwa sèd, yon moso twal wouj vif ak yon branch izòp pou moun nan ka vin pwòp+. 5 Prèt la ap bay lòd pou yo touye youn nan zwazo yo pa anlè yon veso ki fèt an tè ki gen dlo sous ladan l. 6 Men, l ap pran zwazo ki vivan an ansanm ak bwa sèd la, twal wouj vif la ak branch izòp la, l ap tranpe tout nan san zwazo yo te touye pa anlè dlo sous la. 7 Apre sa, l ap voye enpe san sèt fwa sou moun k ap pirifye tèt li anba lèp la, l ap fè konnen moun nan pwòp, epi l ap lage zwazo ki vivan an nan savann nan+.
8 “Moun k ap pirifye tèt li a dwe lave rad li, li dwe raze tout cheve l ak tout plim sou kò l, li dwe benyen epi l ap vin pwòp. Apre sa, li ka rantre nan kan an. Men, l ap fè sèt jou san l pa rantre anba tant li. 9 Sou setyèm jou a, l ap raze tout cheve nan tèt li, tout bab li ak tout sousi l. Apre l fin fè sa, l ap lave rad li, l ap benyen epi l ap pwòp.
10 “Sou uityèm jou a, l ap pran de jenn mal mouton ki pa gen okenn domaj, yon femèl mouton+ ki pa gen okenn domaj ki gen apeprè ennan, yon tyè efa* bon farin ki melanje ak luil kòm ofrann manje angren+, ansanm ak yon lòg* luil+. 11 Prèt ki fè konnen moun k ap pirifye tèt li a pwòp la ap prezante moun sa a ansanm ak ofrann li pote yo devan Jewova, devan antre tant reyinyon an. 12 Prèt la ap pran youn nan jenn mal mouton yo, l ap ofri l kòm sakrifis ki montre moun nan koupab+ ansanm ak boutèy luil la. L ap balanse yo devan Jewova kòm yon ofrann ki balanse+. 13 Apre sa, l ap touye mouton an nan yon kote ki sakre, kote yo abitye touye ni bèt yo bay kòm sakrifis pou peche yo, ni bèt yo bay kòm sakrifis yo boule nèt yo+. Paske, menm jan ak sakrifis pou peche a, sakrifis yon moun bay poutèt li koupab la se pou prèt la li ye+. Se yon bagay ki sen anpil+.
14 “Apre sa, prèt la ap pran enpe nan san bèt moun k ap pirifye tèt li a ofri kòm sakrifis ki montre li koupab la, l ap mete l sou pwent zòrèy dwat moun nan, sou pous men dwat li e sou gwo zòtèy pye dwat li. 15 Epitou, prèt la ap pran boutèy luil la e l ap vide enpe nan luil la+ nan pla men goch pa l. 16 Apre sa, prèt la ap tranpe youn nan dwèt ki nan men dwat li nan luil ki nan pla men goch li a e l ap voye enpe nan luil la sèt fwa avèk dwèt li devan Jewova. 17 Epi, prèt la ap mete enpe nan rès luil ki nan pla men l lan sou pwent zòrèy dwat moun k ap pirifye tèt li a, sou pous men dwat li e sou gwo zòtèy pye dwat li, menm kote li te mete san bèt moun nan te ofri kòm sakrifis ki montre li koupab la. 18 Prèt la ap mete rès luil ki nan pla men l lan sou tèt moun k ap pirifye tèt li a, apre sa prèt la ap chèche jwenn padon nan men Jewova pou moun nan+.
19 “Prèt la ap touye bèt moun k ap pirifye tèt li a bay kòm sakrifis pou peche a+ pou l ka jwenn padon pou moun nan e l ap touye bèt li bay kòm sakrifis pou yo boule nèt la. 20 Apre sa, prèt la ap ofri bèt li bay kòm sakrifis pou yo boule nèt la ansanm ak ofrann manje angren an+ sou lotèl la, l ap chèche jwenn padon pou moun nan+, e moun nan ap vin pwòp+.
21 “Men, si moun nan pòv e li pa gen ase mwayen, l ap pran yon jenn mal mouton pou l bay kòm sakrifis ki montre li koupab, pou l bay kòm ofrann ki balanse yon fason pou l ka jwenn padon pou peche l yo. L ap pran yon dizyèm efa* bon farin ki melanje ak luil kòm ofrann manje angren, yon lòg luil, 22 de toutrèl oswa de jenn pijon, selon mwayen l. Youn ap sèvi kòm sakrifis pou peche e lòt la ap sèvi kòm sakrifis yo boule nèt+. 23 Sou uityèm jou a+, l ap pote yo bay prèt la devan antre tant reyinyon an, devan Jewova, pou prèt la ka fè konnen li pwòp+.
24 “Prèt la ap pran jenn mal mouton moun nan bay kòm sakrifis ki montre li koupab la+ ak boutèy luil la, l ap balanse yo devan Jewova kòm yon ofrann ki balanse+. 25 Apre sa, prèt la ap touye jenn mouton moun nan bay kòm sakrifis ki montre li koupab la, l ap pran enpe nan san mouton an, l ap mete l sou pwent zòrèy dwat moun k ap pirifye tèt li a, sou pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li+. 26 Prèt la ap vide enpe nan luil la nan pla men goch pa l+ 27 epi l ap sèvi avèk youn nan dwèt ki nan men dwat li pou l voye enpe nan luil ki nan pla men goch li a sèt fwa devan Jewova. 28 Apre sa, prèt la ap mete enpe nan luil ki nan pla men l lan sou pwent zòrèy dwat moun k ap pirifye tèt li a, sou pous men dwat li e sou gwo zòtèy pye dwat li, menm kote li te mete san sakrifis ki montre moun nan koupab la. 29 Epitou, prèt la ap mete rès luil ki ret nan pla men l lan sou tèt moun k ap pirifye tèt li a pou l ka chèche jwenn padon nan men Jewova pou moun nan.
30 “L ap ofri youn nan toutrèl yo oswa youn nan jenn pijon li te bay selon mwayen l yo+ 31 kòm sakrifis pou peche e l ap ofri lòt la kòm sakrifis yo boule nèt+, ansanm ak ofrann manje angren an. Epi, prèt la ap chèche jwenn padon nan men Jewova pou moun k ap pirifye tèt li a+.
32 “Lwa sa a se lwa ki konsène moun ki gen maladi lèp e ki pa gen mwayen an. Yo dwe suiv lwa sa a nan jou y ap fè konnen moun nan pwòp la.”
33 Apre sa, Jewova di Moyiz ak Arawon: 34 “Lè nou rive nan peyi Kanaran+, peyi m ap ban nou kòm byen pa nou an+, si mwen ta kite maladi lèp tonbe sou yon kay nan peyi nou an+, 35 mèt kay la dwe al di prèt la: ‘Gen yon maladi ki parèt nan kay mwen an.’ 36 Anvan prèt la al egzamine kay la, prèt la ap bay lòd pou yo retire tout bagay ki nan kay la nèt yon fason pou l pa di se tout bagay ki nan kay la ki pa pwòp. Apre sa, prèt la ap antre nan kay la pou l enspekte l. 37 L ap egzamine kote ki gen maladi a. Si l wè gen yon seri kote ki manje nan mi kay la ki gen yon ti koulè jòn vèt oswa wouj e si l wè yo parèt pi fon pase rès mi an, 38 l ap soti nan kay la e l ap fèmen l pou sèt jou+.
39 “Sou setyèm jou a, prèt la ap tounen pou l egzamine kay la. Si l wè maladi a gaye nan mi kay la, 40 l ap bay lòd pou yo retire tout wòch ki kontamine yo e pou yo jete yo pa deyò vil la, kote yo jete bagay ki pa pwòp yo. 41 Apre sa, l ap fè yo byen grate tout anndan kay la e l ap fè yo jete tout vye krepisaj ak mòtye yo retire yo pa deyò vil la, kote yo jete bagay ki pa pwòp yo. 42 Apre sa, y ap mete lòt wòch nan plas wòch yo retire yo, l ap fè yo itilize yon lòt mòtye e l ap fè yo randui kay la.
43 “Men, si maladi a parèt ankò nan kay la apre yo fin retire wòch yo, apre yo fin grate l epi yo fin randui l, 44 prèt la ap antre nan kay la pou l egzamine l. Si maladi a gaye nan kay la, se yon lèp+ ki grav ki nan kay la. Kay la pa pwòp. 45 Lè sa a, prèt la ap fè yo kraze kay la. Y ap pran wòch ki te nan kay la, planch yo, ak tout krepisaj ak mòtye ki te ladan l yo, y ap soti pa deyò vil la avèk yo e y ap jete yo kote yo jete bagay ki pa pwòp yo+. 46 Men, kèlkeswa moun ki antre nan kay la pandan yo fèmen l+ lan, moun sa a pap pwòp rive jis nan aswè+. 47 Kèlkeswa moun ki kouche nan kay la oswa ki dòmi ladan l, moun sa a dwe lave rad li.
48 “Men, si prèt la vini e li wè maladi a pa gaye nan kay la apre yo fin randui l la, prèt la ap fè konnen kay la pwòp, paske, maladi a pa la ankò. 49 Pou l ka pirifye kay ki pa pwòp la*, l ap pran de zwazo, yon moso bwa sèd, yon moso twal wouj vif ak yon branch izòp+. 50 L ap touye youn nan zwazo yo pa anlè yon veso ki fèt an tè ki gen dlo sous ladan l. 51 L ap pran bwa sèd la, branch izòp la, moso twal wouj vif la ak zwazo ki vivan an, l ap tranpe tout nan san zwazo li te touye pa anlè dlo sous la e l ap voye enpe nan san an sèt fwa+ sou kay la. 52 L ap pirifye kay ki pa pwòp la* ak san zwazo a, dlo sous la, zwazo ki vivan an, bwa sèd la, branch izòp la ak moso twal wouj vif la. 53 Apre sa, l ap lage zwazo ki vivan an pa deyò vil la, nan savann nan. Prèt la ap pirifye kay la e kay la ap vin pwòp.
54 “Lwa sa a se lwa ki konsène kèlkeswa ka maladi lèp ki ta parèt nan po tèt yon moun oswa nan bab li+, 55 nan yon rad+ oswa nan yon kay+, 56 e ki konsène kote ki anfle sou po yon moun, kal ak tach ki parèt sou po yon moun+, 57 pou yo ka konnen si yon bagay pa pwòp oswa si l pwòp+. Lwa sa a se lwa ki konsène maladi lèp+.”
15 Jewova kontinye pale ak Moyiz ak Arawon e li di yo: 2 “Pale ak Izrayelit yo, di yo: ‘Si yon gason gen yon ekoulman nan pati entim li*, li pa pwòp akoz ekoulman sa a+. 3 Li pa pwòp akoz ekoulman li genyen an, kit ekoulman an kontinye soti nan pati entim li, kit li bouche l.
4 “‘Kèlkeswa kabann moun ki gen ekoulman an kouche sou li, kabann nan pap pwòp, e kèlkeswa bagay li chita sou li, bagay sa a pap pwòp. 5 Si yon moun manyen kabann moun sa a, li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+. 6 Nenpòt moun ki chita sou yon bagay moun ki gen ekoulman an te chita sou li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 7 Nenpòt moun ki manyen yon moun ki gen ekoulman dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 8 Si moun ki gen ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, moun sa a dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 9 Si moun ki gen ekoulman an chita sou sèl ki sou yon bèt, sèl sa a pap pwòp. 10 Kèlkeswa moun ki manyen nenpòt bagay moun ki gen ekoulman an te chita sou li, moun sa a pap pwòp rive jis nan aswè, e moun ki pote bagay sa yo dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 11 Si moun ki gen ekoulman an+ pa t lave men l epi li manyen yon moun, moun li manyen an dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 12 Si moun ki gen ekoulman an manyen yon veso ki fèt an tè, yo dwe kraze veso sa a, men si se yon veso ki fèt an bwa, yo dwe lave l+.
13 “‘Lè ekoulman moun nan te genyen an kanpe e moun nan vin pwòp, moun nan dwe kite sèt jou pase pou l pirifye tèt li. Li dwe lave rad li, li dwe benyen ak dlo sous e l ap vin pwòp+. 14 Sou uityèm jou a, l ap pran de toutrèl oswa de jenn pijon+, l ap vin devan Jewova, nan antre tant reyinyon an, e l ap bay prèt la yo. 15 Prèt la ap ofri yo, youn kòm sakrifis pou peche e lòt la kòm sakrifis yo boule nèt. Prèt la ap chèche jwenn padon nan men Jewova pou moun nan poutèt ekoulman li te genyen an.
16 “‘Si yon gason ejakile sou li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+. 17 Li dwe lave nenpòt rad oswa nenpòt bagay ki fèt ak po li te sal lè li te ejakile a, e bagay sa a pap pwòp rive jis nan aswè.
18 “‘Lè yon gason kouche ak yon fi e li ejakile, yo dwe benyen e yo pap pwòp rive jis nan aswè+.
19 “‘Si san ap koule sou yon fi, li pap pwòp akoz règ li pandan sèt jou+. Kèlkeswa moun ki manyen l pap pwòp rive jis nan aswè+. 20 Kèlkeswa bagay li kouche sou li pandan l gen règ li a, bagay sa a pap pwòp e kèlkeswa bagay li chita sou li nan moman sa a, bagay sa a pap pwòp+. 21 Nenpòt moun ki manyen kabann fi ki gen règ li a dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 22 Kèlkeswa moun ki manyen nenpòt bagay li te chita sou li, moun sa a dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè. 23 Si yon moun manyen kabann fi a oswa yon lòt bagay fi a te chita sou li, moun nan pap pwòp rive jis nan aswè+. 24 Si yon gason kouche avèk yon fi e san règ fi a fè l vin pa pwòp+, gason sa a pap pwòp pandan sèt jou, e kèlkeswa kabann li kouche sou li a, kabann sa a pap pwòp tou.
25 “‘Lè yon fi gen yon san k ap koule sou li pandan plizyè jou+, alòske se pa moman li abitye gen règ li+, oswa si règ li ret sou li pandan plis jou pase kantite jou li konn genyen l lan, li pap pwòp pandan tout jou san an ap koule sou li a, menm jan sa ye lè l pa pwòp akoz règ li a. 26 Kèlkeswa kabann li kouche sou li nan peryòd li gen san k ap koule sou li a, kabann sa a pap pwòp menm jan ak kabann li kouche sou li lè l gen règ li a+, e kèlkeswa bagay li chita sou li, bagay sa a pap pwòp menm jan ak bagay li chita sou yo lè l gen règ li a. 27 Kèlkeswa moun ki manyen bagay sa yo, moun sa a pap pwòp. Li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+.
28 “‘Men, lè san an sispann koule sou li, l ap kite sèt jou pase apati jou san an sispann koule a, apre sa l ap pwòp+. 29 Sou uityèm jou a, li dwe pran de toutrèl oswa de jenn pijon+ e l ap pote yo bay prèt la nan antre tant reyinyon an+. 30 Prèt la ap ofri youn kòm sakrifis pou peche e lòt la kòm sakrifis yo boule nèt. Prèt la ap chèche jwenn padon nan men Jewova pou fi sa a poutèt san ki t ap koule sou li ki te fè l pa pwòp la+.
31 “‘Nou dwe ede Izrayelit yo rete pwòp, yon fason pou yo pa mouri poutèt yo montre yo pa gen respè pou tabènak* mwen an ki nan mitan yo a akoz yo pa pwòp+.
32 “‘Lwa sa a se lwa ki konsène gason ki gen yon ekoulman, gason ki pa pwòp paske li ejakile sou li+, 33 fi ki gen règ li+, kèlkeswa gason oswa fi ki gen yon ekoulman+ e ki konsène yon gason ki kouche avèk yon fi ki pa pwòp.’”
16 Jewova pale ak Moyiz apre lanmò de pitit gason Arawon yo, ki te mouri paske yo te pwoche bò kot Jewova yon fason ki pa t kòrèk+. 2 Jewova di Moyiz: “Di Arawon, frè w la, li pa dwe antre nenpòt lè nan Kote ki pi sen an+, dèyè rido a+, devan kouvèti ki sou Lach la, pou l pa mouri+, paske m ap parèt nan yon nyaj+ sou kouvèti a+.
3 “Lè Arawon pral antre nan Kote ki pi sen an, li dwe ofri yon jenn towo bèf kòm sakrifis pou peche+ ak yon mal mouton kòm sakrifis l ap boule nèt+. 4 Li dwe met wòb sakre ki fèt an len an+ sou li, li dwe met kalson len an+ sou li pou kouvri kò l*, li dwe mare senti ki fèt an len an+ nan ren l e li dwe mare mouchwa espesyal ki fèt an len an+ nan tèt li. Bagay sa yo sakre+. L ap benyen+ epi l ap mete yo sou li.
5 “Li dwe pran de jenn bouk kabrit nan men Izrayelit yo+ pou l ofri kòm sakrifis pou peche e li dwe pran yon mal mouton nan men yo pou l ofri kòm sakrifis l ap boule nèt.
6 “Apre sa, Arawon ap prezante towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a pou l ka jwenn padon pou tèt li+ e pou moun lakay li.
7 “Apre sa, l ap pran de kabrit yo, l ap mennen yo devan Jewova, devan antre tant reyinyon an. 8 Arawon ap fè tiraj osò sou de kabrit yo pou l ka konnen kiyès nan yo de a k ap pou Jewova e kiyès k ap pou Azazèl*. 9 Arawon ap prezante kabrit ki pou Jewova selon tiraj osò a+ e l ap fè yon sakrifis pou peche avèk li. 10 Men, li dwe mennen kabrit ki pou Azazèl la vivan devan Jewova pou l chèche jwenn padon pou peche yo. Apre sa, yo dwe voye l ale nan dezè a pou Azazèl+.
11 “Arawon ap prezante towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a pou l ka jwenn padon pou tèt li e pou moun lakay li. Apre sa, l ap touye towo bèf l ap ofri pou tèt li kòm sakrifis pou peche a+.
12 “Apre sa, l ap pran veso ki plen ak chabon dife+ li pran sou lotèl+ ki devan Jewova a, l ap pran de ponyen lansan santi bon+ e l ap antre nan Kote ki pi sen an avèk yo, dèyè rido a+. 13 Mete sou sa, l ap met lansan an sou dife a devan Jewova+ e lafimen lansan an ap gaye sou kouvèti Lach la+. Konsa, li pap mouri.
14 “L ap pran enpe nan san+ towo bèf la, l ap voye l avèk dwèt li devan kouvèti a, sou bò lès. L ap voye enpe nan san an sèt fwa ak dwèt li devan kouvèti a+.
15 “Apre sa, l ap touye kabrit ki pou sakrifis pou peche pèp la+, l ap pote san an nan Kote ki pi sen an, dèyè rido a+, e menm sa l te fè ak san+ towo bèf la se sa l ap fè ak san kabrit la. L ap voye l devan kouvèti a, nan direksyon kouvèti a.
16 “Li dwe pirifye Kote ki pi sen an poutèt aksyon ki pa pwòp Izrayelit yo te fè yo, poutèt peche ak erè yo te fè yo+, li dwe fè sa tou pou tant reyinyon an ki nan mitan yo menm k ap fè yon seri aksyon ki pa pwòp.
17 “Okenn lòt moun pa dwe nan tant reyinyon an depi lè prèt la ap antre pou l chèche jwenn padon pou peche yo nan Kote ki pi sen an pou jis li soti. L ap chèche jwenn padon pou li, pou moun lakay li+ e pou tout pèp Izrayèl la+.
18 “Apre sa, l ap soti, li pral bò kot lotèl la+, ki devan Jewova, l ap pirifye l, l ap pran enpe nan san towo bèf la ak enpe nan san kabrit la e l ap mete l sou chak kòn lotèl la. 19 Epitou, l ap voye enpe nan san an ak dwèt li sèt fwa sou lotèl la, l ap pirifye l e l ap mete l apa poutèt aksyon ki pa pwòp Izrayelit yo fè yo.
20 “Lè l fin pirifye+ Kote ki pi sen an, tant reyinyon an ak lotèl la+, l ap vini ak kabrit ki vivan an+. 21 Arawon ap mete toule de men l sou tèt kabrit ki vivan an, epi l ap konfese tout erè Izrayelit yo fè yo sou tèt kabrit la ansanm ak tout fot ak tout peche yo fè yo. L ap mete yo sou tèt kabrit la+, epi l ap fè yo mennen kabrit la ale nan dezè a. Se moun yo te chwazi pou mennen kabrit la ale a* k ap fè sa. 22 Li dwe voye kabrit la ale nan dezè a+, e kabrit la ap pote tout fot pèp la+ te fè yo nan dezè a+.
23 “Apre sa, Arawon ap antre nan tant reyinyon an, l ap retire rad len yo sou li, rad li te mete pou l antre nan Kote ki pi sen an, e l ap kite yo la. 24 L ap benyen+ nan yon kote ki sakre epi l ap met rad sou li+. Apre sa, l ap pwoche bò lotèl la pou l ofri sakrifis l ap boule nèt+ ki pou li a ak sakrifis l ap boule nèt+ ki pou pèp la pou l ka jwenn padon pou li ak pèp la+. 25 L ap boule grès bèt li te ofri kòm sakrifis pou peche a sou lotèl la pou yo ka bay lafimen.
26 “Moun ki te voye kabrit la ale pou Azazèl la+ dwe lave rad li e li dwe benyen. Se apre l fin fè sa l ap ka antre nan kan an.
27 “Apre sa, y ap soti pa deyò kan an ak towo bèf yo te touye kòm sakrifis pou peche a ansanm ak kabrit yo te touye kòm sakrifis pou peche a e y ap boule ni vyann yo, ni po yo, ni poupou yo nan dife. Se san bèt sa yo prèt la te pote nan Kote ki pi sen an pou l jwenn padon pou peche yo+. 28 Moun ki boule yo a dwe lave rad li e li dwe benyen. Se apre l fin fè sa l ap ka antre nan kan an.
29 “Nou dwe obeyi kòmandman sa a pandan lontan: Nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo*, e nou pa dwe fè okenn travay+, ni nou menm, Izrayelit yo, ni etranje k ap viv nan mitan nou yo. 30 Paske, nan jou sa a, y ap fè nou jwenn padon pou peche nou+ pou yo ka fè konnen nou pwòp. N ap vin pwòp devan Jewova parapò ak tout peche nou yo+. 31 Se yon jou saba pou nou repoze nou nèt e nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo+. Se yon kòmandman k ap la pandan lontan.
32 “Se prèt yo vide luil sou li e yo mete l nan fonksyon l*+ pou l sèvi antanke prèt+ nan plas papa l la+ k ap ofri sakrifis pou l jwenn padon pou peche yo e k ap mete rad len yo sou li+, rad sakre yo+. 33 L ap ofri sakrifis sa yo pou l pirifye Kote ki pi sen an+, tant reyinyon an+ ak lotèl la+, pou l jwenn padon pou prèt yo e pou tout moun nan pèp Izrayèl la+. 34 Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan+ pou Izrayelit yo ka jwenn padon pou tout peche yo yon fwa chak ane+.”
Vrèmanvre, Arawon te fè egzakteman jan Jewova te bay Moyiz lòd pou l fè a.
17 Apre sa, Jewova di Moyiz: 2 “Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l yo e ak tout Izrayelit yo, w ap di yo: ‘Men ki lòd Jewova ban nou:
3 “‘“Si yon moun nan pèp Izrayèl la touye yon towo bèf oswa yon jenn mal mouton oubyen yon kabrit nan kan an oswa si l touye l pa deyò kan an, 4 olye l pote l devan antre tant reyinyon an pou l prezante l kòm yon sakrifis pou Jewova, devan tabènak* Jewova a, moun sa a koupab paske li fè san koule. Yo dwe retire* moun sa a nan mitan pèp la. 5 Se yon fason pou Izrayelit yo pa touye bèt y ap touye yo nan jaden yo ankò, men pou yo pote yo bay prèt la pou Jewova, devan antre tant reyinyon an. Y ap touye yo kòm sakrifis kominyon* pou Jewova+. 6 Prèt la ap vide san an sou lotèl Jewova a, ki devan antre tant reyinyon an, e l ap boule grès bèt la pou Jewova pou l ka bay lafimen, pou l ka bay yon bon sant k ap fè l plezi*+. 7 Kidonk, yo dwe sispann ofri sakrifis bay demon ki sanble ak kabrit yo*+, sa ki fè yo pa fidèl avè m*+. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon.”’
8 “W ap di yo: ‘Si yon Izrayelit oubyen yon etranje k ap viv nan mitan nou ap ofri yon sakrifis pou yo boule nèt oswa nenpòt lòt sakrifis, 9 men li pa ta pote l devan antre tant reyinyon an pou l bay Jewova, yo dwe retire* moun sa a nan mitan pèp la+.
10 “‘Si yon Izrayelit oubyen yon etranje k ap viv nan mitan nou manje san, kèlkeswa san an+, m ap vire do bay moun* ki manje san an, e m ap retire* l nan mitan pèp la. 11 Paske lavi* se nan san an li ye+, e mwen ban nou l pou nou ka jwenn padon sou lotèl la+ pou tèt* nou, paske se san an k ap fè nou jwenn padon+ grasa lavi* ki ladan l lan. 12 Se pou sa, mwen te di Izrayelit yo: “Okenn nan nou* pa dwe manje san e okenn etranje k ap viv nan mitan nou+ pa dwe manje san+.”
13 “‘Si yon Izrayelit oubyen yon etranje k ap viv nan mitan nou al lachas e li kenbe yon bèt nan bwa oswa yon zwazo nou gen dwa manje, li dwe vide san+ bèt la atè e li dwe kouvri san an ak tè. 14 Paske lavi* tout kalite kreyati vivan se san l, piske lavi a* ladan l. Se sa k fè mwen te di Izrayelit yo: “Nou pa dwe manje okenn san, paske lavi* se nan san an li ye. Kèlkeswa moun ki manje san, y ap elimine l*+.” 15 Kèlkeswa moun*, kit se yon Izrayelit kit se yon etranje, ki manje yon bèt ki te tou mouri oswa yon bèt bèt sovaj te dechire+, li dwe lave rad li, li dwe benyen e li pap pwòp rive jis nan aswè+. Apre sa l ap pwòp. 16 Men si l pa lave rad li e si l pa benyen, l ap koupab e l ap peye pou sa+.’”
18 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo, men sa w ap di yo: ‘Mwen se Jewova, Bondye nou an+. 3 Nou pa dwe fè menm sa moun yo ap fè nan peyi Ejip, kote nou te abite a, ni nou pa dwe fè menm sa moun yo ap fè nan peyi Kanaran, kote m ap mennen nou an+. Nou pa dwe fè sa y ap fè yo. 4 Nou dwe obeyi lwa m yo, nou dwe obeyi kòmandman m yo e nou dwe viv ann amoni avèk yo+. Mwen se Jewova, Bondye nou an. 5 Nou dwe obeyi kòmandman m yo ak lwa m yo. Tout moun ki obeyi yo ap viv grasa yo+. Mwen se Jewova.
6 “‘Okenn gason pami nou pa dwe pwoche kot yon fanmi pre l pou l fè relasyon seksyèl avè l*+. Mwen se Jewova. 7 Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak papa w ni ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak manman w. Se manman w li ye, ou pa dwe fè relasyon seksyèl avè l.
8 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak madanm papa w+. Sa t ap lage lawont sou papa w.
9 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak sè w, kit se pitit papa w kit se pitit manman w, kit li te fèt nan menm kay avèk ou kit li te fèt deyò+.
10 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak pitit fi yon pitit gason w oswa pitit fi yon pitit fi w, paske si w fè sa, w ap lage lawont sou tèt ou.
11 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak pitit fi madanm papa w, pitit ki soti nan ren papa w, paske se sè w.
12 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak sè papa w. Se fanmi pre papa w li ye+.
13 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak sè manman w, paske se fanmi pre manman w li ye.
14 “‘Ou pa dwe lage lawont sou frè papa w akoz ou fè relasyon seksyèl ak madanm li. Se matant ou+.
15 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak bèlfi w+. Se madanm pitit gason w, ou pa dwe fè relasyon seksyèl avè l.
16 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak madanm frè w+, paske sa t ap lage lawont sou frè w la.
17 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon fi epi w fè relasyon seksyèl ak pitit fi l+ tou. Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak pitit fi yon pitit gason l genyen ni ak pitit fi yon pitit fi l genyen. Yo se fanmi pre l. Se t ap yon aksyon ki sal*.
18 “‘Ou pa dwe pran sè madanm ou kòm yon dezyèm madanm+ pou w fè relasyon seksyèl avè l pandan madanm ou vivan toujou.
19 “‘Ou pa dwe pwoche kot yon fi ki pa pwòp akoz li gen règ li pou w fè relasyon seksyèl avè l+.
20 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak madanm pwochen* w. Sa ap fè w pa pwòp+.
21 “‘Ou pa dwe bay Molèk+ pitit ou oswa pitit pitit ou*. Ou pa dwe sal non Bondye w la konsa+. Mwen se Jewova.
22 “‘Ou pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon gason menm jan w fè relasyon seksyèl ak yon fi+. Se yon bagay ki bay degoutans.
23 “‘Yon gason pa dwe fè relasyon seksyèl ak yon bèt. Sa ap fè l pa pwòp. Nitou, yon fi pa dwe al devan yon bèt pou l fè relasyon seksyèl avè l+. Se yon bagay ki pa natirèl.
24 “‘Pinga nou fè okenn nan bagay sa yo, paske, sa ap fè nou pa pwòp. Se bagay sa yo nasyon m ap chase devan nou yo fè ki fè yo pa pwòp+. 25 Se sa k fè peyi a pa pwòp e m ap pini moun k ap viv nan peyi a akoz peche yo. Peyi a gen pou l vomi yo+. 26 Men, nou menm, nou dwe obeyi lwa m yo ak kòmandman m yo+, e nou pa dwe fè okenn nan bagay sa yo ki bay degoutans, kit se yon Izrayelit kit se yon etranje k ap viv nan mitan nou+. 27 Paske, moun ki t ap viv nan peyi a anvan nou yo te fè tout bagay sa yo ki bay degoutans+, e se sa k fè kounye a peyi a pa pwòp. 28 Konsa, piske nou pap sal peyi a, peyi a pap vomi nou menm jan li gen pou l vomi nasyon ki te ladan l anvan nou yo. 29 Si gen moun ki fè nenpòt nan bagay sa yo ki bay degoutans, y ap retire* tout moun* sa yo nan mitan pèp la. 30 Nou dwe kontinye fè sa m mande nou fè yo e nou pa dwe pratike okenn nan vye koutim moun anvan nou yo te genyen+, yon fason pou nou pa kite bagay sa yo fè nou pa pwòp. Mwen se Jewova, Bondye nou an.’”
19 Annapre, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak tout Izrayelit yo. Men sa w ap di yo: ‘Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen+.
3 “‘Nou chak dwe respekte* manman nou ak papa nou+ e nou dwe obsève saba m yo+. Mwen se Jewova, Bondye nou an. 4 Pa al sèvi dye ki san valè yo+, e pinga nou fonn metal pou nou fè dye pou n adore+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.
5 “‘Si n ap ofri Jewova yon sakrifis kominyon*+, nou dwe ofri sakrifis la yon fason k ap fè nou jwenn favè l+. 6 Nou dwe manje vyann bèt la nan jou nou te fè sakrifis la ak nan demen. Men, si gen rès ki rete nan twazyèm jou a, nou dwe boule l+. 7 Si gen moun ki manje ladan l nan twazyèm jou a, se yon zak derespektan e Bondye pap aksepte sakrifis la. 8 Moun ki manje l la koupab e l ap peye pou sa l fè a, paske li pa respekte yon bagay ki apa pou Jewova. Yo dwe retire* moun* sa a nan mitan pèp la.
9 “‘Lè n ap rekòlte jaden nou nan peyi a, nou pa dwe fin rekòlte tout sa ki toupre lizyè jaden nou an e nou pa dwe ranmase sa ki rete apre nou fin fè rekòt la+. 10 Epitou, nou pa dwe tounen al pran grap rezen ki rete nan jaden rezen nou, ni sa ki te tonbe atè nan jaden an. Nou dwe kite yo pou pòv*+ yo e pou etranje k ap viv nan mitan nou yo. Mwen se Jewova, Bondye nou an.
11 “‘Nou pa dwe vòlè+, nou pa dwe twonpe moun+, nou pa dwe aji yon fason ki malonèt youn ak lòt. 12 Nou pa dwe fè sèman nan non m+ alòske se manti n ap bay. Si nou fè sa, n ap sal non Bondye nou an. Mwen se Jewova. 13 Pinga nou eksplwate pwochen nou+ e pinga nou dechèpiye pèsonn+. Si n pran yon moun pou travay pou nou, nou pa dwe kite lajan l lan fè tout nuit lan nan men nou pou se demen maten nou peye l+.
14 “‘Nou pa dwe madichonnen yon moun ki soud, nou pa dwe mete yon bagay devan yon moun ki avèg+ pou nou fè l tonbe, e nou dwe gen lakrentif pou Bondye nou an+. Mwen se Jewova.
15 “‘Nou pa dwe aji yon fason ki enjis lè n ap fè jijman. Nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki pòv la, ni nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki rich la+. Nou dwe jije pwochen nou avèk jistis.
16 “‘Nou pa dwe ap mache pale moun mal nan mitan pèp la+. Nou pa dwe chèche fè yo touye yon pwochen nou*+. Mwen se Jewova.
17 “‘Nou pa dwe rayi frè nou nan kè nou+. Nou dwe fè tout sa n kapab pou n blame yon pwochen nou+ pou nou pa konplis nan peche li fè.
18 “‘Nou pa dwe tire revanj+, ni nou pa dwe kenbe yon moun nan pèp la sou kè. Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou+. Mwen se Jewova.
19 “‘Men lòt kòmandman mwen ban nou pou n obeyi: Nou pa dwe kwaze de bèt ki pa menm. Nou pa dwe simen de semans+ ki pa menm nan jaden nou, ni nou pa dwe mete yon rad ki fèt ak twal ki tise ak de kalite fil+.
20 “‘Si yon gason kouche ak yon fi ki se yon esklav, alòske yo te pwomèt yon lòt gason fi sa a, men, lòt gason an potko peye* pou fi a e fi a potko lib, se pou yo pini yo. Men, yo pa dwe touye yo, paske fi a potko lib. 21 Gason ki te kouche ak fi a dwe pote bèt l ap ofri Jewova kòm sakrifis ki montre li koupab la devan antre tant reyinyon an. L ap pote yon mal mouton kòm sakrifis ki montre li koupab+. 22 Prèt la ap ofri mouton moun nan bay kòm sakrifis ki montre li koupab la pou l ka chèche jwenn padon nan men Jewova pou peche moun nan fè a. E Bondye ap padone peche a.
23 “‘Lè nou rive nan peyi a e nou plante nenpòt pyebwa ki bay fwi, lè li donnen, okòmansman n ap konsidere fwi l yo kòm yon bagay ki pa pwòp nou pa dwe manje. Nou pap gen dwa manje anyen ladan l pandan twazan. 24 Men, nan katriyèm ane a, fwi l yo ap vin sen e n ap ka ofri yo bay Jewova ak kè kontan+. 25 Nan senkyèm ane a, n ap ka manje fwi li bay yo, l ap donnen e n ap rekòlte anpil. Mwen se Jewova, Bondye nou an.
26 “‘Nou pa dwe manje anyen ki gen san+.
“‘Nou pa dwe ap chèche konnen lavni, ni fè maji+.
27 “‘Nou pa dwe koupe cheve ki bò tèt nou, ni nou pa dwe koupe pwent bab nou*+.
28 “‘Nou pa dwe filange kò nou pou yon moun* ki mouri+ e nou pa dwe fè tatwaj sou nou. Mwen se Jewova.
29 “‘Nou pa dwe dezonore pitit fi nou pou n ta fè l vin yon pwostitye+, pou peyi a pa vin sal akoz pwostitye yo e pou l pa vin chaje ak konduit deregle+.
30 “‘Nou dwe obsève saba m yo+ e nou dwe montre n gen respè* pou tanp mwen an. Mwen se Jewova.
31 “‘Pinga n al kot moun ki konn chèche pale ak mò+, e pinga n al kot divinò+, yon fason pou yo pa lakòz nou vin pa pwòp. Mwen se Jewova, Bondye nou an.
32 “‘Nou dwe leve kanpe devan moun ki gen cheve blan+ e nou dwe onore granmoun yo+. Nou dwe gen lakrentif pou Bondye nou an+. Mwen se Jewova.
33 “‘Si yon etranje ap viv avèk nou nan peyi a, nou pa dwe maltrete l+. 34 Nou dwe konsidere etranje k ap viv avèk nou yo tankou Izrayelit parèy nou+, nou dwe renmen yo menm jan nou renmen tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Ejip+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.
35 “‘Nou pa dwe sèvi ak fo mezi, kit n ap mezire longè yon bagay, kit n ap peze yon bagay, kit n ap mezire ki kantite l ye+. 36 Nou dwe sèvi ak bon balans, ak pwa ki egzak, ak efa ki egzak* e ak hin ki egzak*+. Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Ejip. 37 Nou dwe obeyi tout lwa m yo ak tout kòmandman m yo+. Mwen se Jewova.’”
20 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nenpòt Izrayelit oubyen nenpòt etranje k ap viv ann Izrayèl ki bay Molèk youn nan pitit li yo dwe mouri san mank+. Pèp la ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri. 3 M ap vire do bay moun sa a e m ap retire* l nan mitan pèp la, paske li te bay Molèk youn nan pitit li yo, li sal kote ki sakre a+ e li pa gen respè pou non m ki sen. 4 Si pèp la ta fèmen je sou sa moun nan fè a, lè l bay Molèk pitit li a, e yo pa touye l+, 5 mwen menm, m ap vire do bay moun sa a ak fanmi l+. M ap retire* l nan mitan pèp la ansanm ak tout moun ki met avèk li e ki montre yo pa fidèl avè m* lè yo suiv Molèk*.
6 “‘Yon moun* k al kot moun ki konn chèche pale ak mò+ oswa k al kot divinò+ montre li pa fidèl avè m*. M ap vire do bay moun* sa a e m ap retire* l nan mitan pèp la+.
7 “‘Nou dwe mete tèt nou apa e nou dwe sen+, paske mwen se Jewova, Bondye nou an. 8 Nou dwe obeyi lwa m yo+. Mwen se Jewova, Sila a ki mete nou apa a+.
9 “‘Si yon gason bay papa l oswa manman l madichon, se pou yo touye l san mank+. Lefètke li bay papa l oswa manman l madichon, se li ki responsab lanmò l.
10 “‘Si yon gason fè adiltè ak madanm yon lòt gason, se pou yo touye l san mank. Y ap touye ni li, ni madanm ki fè adiltè a+. 11 Yon gason ki kouche ak madanm papa l, lage lawont sou papa l*+. San mank, se pou yo touye ni li ni fi a. Se yo ki responsab lanmò yo. 12 Si yon gason kouche ak bèlfi l, se pou yo touye toule de san mank. Yo fè yon bagay ki pa natirèl. Se yo ki responsab lanmò yo+.
13 “‘Si yon gason kouche ak yon lòt gason menm jan yon gason kouche ak yon fi, yo toule de fè yon bagay ki bay degoutans+. Se pou yo touye yo san mank. Se yo ki responsab lanmò yo.
14 “‘Si yon gason marye ak yon fi e li kouche ak manman fi a, sa se yon bagay ki sal*+. Yo dwe boule ni li ni medam yo nan dife+, yon fason pou bagay sal konsa pa kontinye fèt nan mitan nou.
15 “‘Si yon gason kouche ak yon bèt, nou dwe touye l san mank e nou dwe touye bèt la+ tou. 16 Si yon fi al devan yon bèt pou l kouche avè l+, nou dwe touye ni fi a ni bèt la. Nou dwe touye yo san mank. Ni gason an ni fi a responsab lanmò yo.
17 “‘Si yon gason kouche ak sè l, kit sè l la se pitit papa l, kit se pitit manman l, se yon gwo wont sa ye+. Yo dwe retire* yo nan mitan pèp la. Li lage lawont sou sè l la*. Li dwe peye pou sa l fè a.
18 “‘Si yon gason kouche ak yon fi ki gen règ li, yo montre yo pa gen respè pou san+ k ap koule sou fi a. Yo dwe retire* yo toule de nan mitan pèp la.
19 “‘Nou pa dwe kouche ak sè manman nou ni ak sè papa nou, paske nou t ap lage lawont sou yon fanmi pre nou+. Moun ki fè sa yo ap peye pou sa yo fè a. 20 Yon gason ki kouche ak madanm tonton l lage lawont sou tonton l*+. Yo dwe peye pou peche yo fè a. Yo dwe mouri san yo pa fè pitit. 21 Si yon gason pran madanm frè l pandan frè a toujou vivan, se yon bagay ki bay degoutans+. Li lage lawont sou frè l la*. Yo dwe mouri san yo pa fè pitit.
22 “‘Nou dwe obeyi tout lwa m yo+ ak tout kòmandman m yo+, pou peyi kote m ap mennen nou pou nou rete ladan l lan pa vomi nou+. 23 Nou pa dwe fè sa nasyon m ap chase devan nou+ yo ap fè, paske, yo te fè tout bagay sa yo e yo te ban m degoutans+. 24 Se poutèt sa mwen te di nou: “Se nou ki pral posede peyi yo a, e m ap ban nou l kòm byen pa nou, yon peyi kote lèt ak siwo myèl+ ap koule. Mwen se Jewova, Bondye nou an, ki mete nou apa pami tout lòt pèp yo+.” 25 Nou dwe fè diferans ant bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, ant zwazo ki pa pwòp ak zwazo ki pwòp+. Nou pa dwe fè m gen degoutans pou nou* akoz yon bèt oswa yon zwazo oubyen yon bèt ki rale sou vant mwen fè nou konnen nou dwe konsidere kòm bèt ki pa pwòp+. 26 Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, mwen sen+, e mwen mete nou apa pami pèp yo pou nou ka vin byen pa m+.
27 “‘San mank, nou dwe touye nenpòt gason oswa nenpòt fi ki konn chèche pale ak mò oswa ki se yon divinò*. Nou dwe kalonnen yo ak kout wòch jiskaske yo mouri+. Se yo ki responsab lanmò yo.’”
21 Apre sa, Jewova di Moyiz: “Pale ak prèt yo, pitit gason Arawon yo. E men sa w ap di yo: ‘Okenn prèt pa dwe fè tèt li vin pa pwòp pou yon moun* nan pèp Izrayèl la ki mouri+. 2 Men, li ka dakò pou l vin pa pwòp si moun nan se yon fanmi pre l, si se manman l, papa l, pitit gason l, pitit fi l, frè l, 3 oswa sè l, si sè l la vyèj toujou, l ap viv bò kote l e li poko marye. 4 Li pa dwe fè tèt li vin pa pwòp e l pa dwe kontamine tèt li pou yon fi ki marye ak yon moun nan pèp la. 5 Prèt yo pa dwe kale tèt yo+, yo pa dwe koupe bab ki sou bò figi yo ni yo pa dwe filange kò yo+. 6 Yo dwe sen nan je Bondye yo a+ e yo pa dwe derespekte non Bondye+. Paske, se yo k ap prezante sakrifis y ap boule nan dife yo devan Jewova, manje y ap ofri Bondye yo a. Yo dwe sen+. 7 Prèt yo pa dwe marye ak pwostitye+, yo pa dwe marye ni ak fi ki kouche ak gason deja, ni ak fi ki divòse ak mari yo+, paske prèt yo sen nan je Bondye yo a. 8 Nou dwe konsidere prèt la kòm yon moun ki sen+, paske se li k ap prezante ofrann manje yo devan Bondye nou an. Nou dwe konsidere l kòm yon moun ki sen, paske mwen menm, Jewova, Sila a ki mete nou apa a, mwen sen+.
9 “‘Si pitit fi yon prèt vin yon pwostitye, l ap avili tèt li e l ap avili papa l tou. Yo dwe touye l epi yo dwe boule l nan dife+.
10 “‘Moun ki gran prèt pami frè l yo, sila a yo te vide luil onksyon sou tèt li+ e yo te mete l nan fonksyon l* pou l ka mete rad espesyal prèt yo sou li a+, pa dwe kite tèt li san penyen, ni li pa dwe chire rad sou li+. 11 Li pa dwe pwoche bò kote okenn moun ki mouri*+. Li pa dwe fè tèt li vin pa pwòp menm pou papa l oswa manman l. 12 Li pa dwe kite kote ki sakre a e li pa dwe derespekte tabènak* Bondye l la+, paske li gen yon siy sou li ki montre Bondye chwazi l: luil onksyon Bondye l la+. Mwen se Jewova.
13 “‘Se ak yon fi ki vyèj li dwe marye+. 14 Li pa dwe marye ak yon fi ki vèv, oubyen ki divòse. Li pa dwe marye ni ak yon fi ki kouche ak gason deja, ni ak yon pwostitye. Se yon fi ki vyèj li dwe pran kòm madanm nan mitan pèp li a. 15 Li pa dwe aji yon fason k ap fè pitit* li pa ka vin prèt, paske se mwen menm, Jewova, ki mete l apa+.’”
16 Apre sa, Jewova di Moyiz: 17 “Men sa pou w di Arawon: ‘Jenerasyon apre jenerasyon, okenn nan desandan w yo* ki gen yon domaj pap ka pwoche pou yo prezante ofrann manje yo devan Bondye. 18 Yon gason pap ka prezante ofrann si li gen yon domaj tankou li avèg, oubyen li bwete, oubyen li gen yon domaj nan figi*, oubyen li gen yon manm ki pi long pase lòt, 19 oubyen li gen yon pye oswa yon men ki kase, 20 oubyen li gen boul nan do, li se yon nen*, li gen yon maladi je, li gen egzema, oubyen li gen dat oswa li domaje nan grenn li yo+. 21 Kèlkeswa gason ki desandan* Arawon, prèt la, e ki gen yon domaj, li pap ka pwoche devan lotèl la pou l ofri Jewova sakrifis yo boule nan dife. Piske li gen yon domaj, li pap ka pwoche pou l prezante ofrann manje devan Bondye. 22 Li kapab manje nan manje yo bay Bondye kòm ofrann yo, kit se nan sa ki pi sakre yo+, kit se nan sa ki sakre yo+. 23 Men, li pa ka antre toupre rido a+ e li pa dwe pwoche toupre lotèl la+, paske li gen yon domaj. Li pa dwe montre l pa gen respè pou kote ki sakre+ ki pou mwen an, paske mwen se Jewova, Sila a ki mete yo apa a+.’”
24 Moyiz te di Arawon ak pitit li yo ak tout Izrayelit yo tout pawòl sa yo.
22 Apre sa, Jewova pale ak Moyiz, li di l: 2 “Di Arawon ak pitit gason l yo pou yo fè atansyon ak fason y ap sèvi ak bagay sakre Izrayelit yo mete apa pou mwen yo e pou yo pa sal non m ki sen+ lè y ap sèvi ak bagay ki apa pou mwen yo+. Mwen se Jewova. 3 Men sa pou w di yo: ‘Jenerasyon apre jenerasyon, si youn nan desandan nou yo ta pwoche bò kot bagay ki sakre yo pandan l pa pwòp, bagay Izrayelit yo mete apa pou Jewova yo, y ap retire* moun* sa a devan m+. Mwen se Jewova. 4 Okenn gason ki gen lèp+ pami desandan Arawon yo oubyen ki gen yon ekoulman+ pa dwe manje nan bagay ki sakre yo toutotan l poko vin pwòp+, ni yon gason ki manyen yon moun ki te vin pa pwòp akoz yon moun*+ ki mouri, ni yon gason ki te ejakile sou li+, 5 ni yon gason ki manyen yon bèt ki pa pwòp ki viv an gwoup+ oswa ki manyen yon moun ki pa pwòp pou kèlkeswa rezon an, e ki ka fè l pa pwòp+. 6 Moun* ki manyen nenpòt nan bagay sa yo pap pwòp rive jis nan aswè e li pap ka manje okenn nan bagay ki sakre yo. Mete sou sa, li dwe benyen+. 7 Lè solèy fin kouche, l ap pwòp e apre sa, l ap kapab manje nan bagay ki sakre yo paske se manje pa l+. 8 Mete sou sa, li pa dwe manje okenn bèt li jwenn ki tou mouri oubyen okenn bèt yon bèt sovaj te devore. Sa ap fè l pa pwòp+. Mwen se Jewova.
9 “‘Yo dwe kontinye fè sa mwen mande yo fè yo yon fason pou yo pa peche e pou yo pa oblije mouri pou sa, poutèt yo pa t montre yo gen respè pou bagay sakre yo. Mwen se Jewova, Sila a ki mete yo apa a.
10 “‘Okenn moun ki pa gen dwa pou sa* pa dwe manje nan bagay ki sakre yo+. Yon etranje k ap viv lakay yon prèt oubyen yon moun prèt la peye pou l travay pou li pa gen dwa manje nan bagay ki sakre yo. 11 Men si yon prèt achte yon moun* ak kòb li, moun sa a ka manje nan bagay ki sakre yo. Esklav ki fèt lakay li yo ka manje nan manje l la tou+. 12 Si pitit fi yon prèt ta marye ak yon moun ki pa prèt*, pitit fi sa a pa gen dwa manje nan bagay sakre yo bay kòm kontribisyon an. 13 Men si pitit fi prèt la vin vèv oswa li divòse san l pa gen pitit e li tounen kay papa l menm jan sa te ye lè l te jèn nan, li gen dwa manje nan manje papa a+. Men, okenn moun ki pa gen dwa pou sa* pa dwe manje ladan l.
14 “‘Si yon gason manje yon bagay ki sakre pa erè, l ap remèt prèt la li plis 20 pousan valè bagay la+. 15 Prèt yo pa dwe montre yo pa gen respè pou bagay ki sakre Izrayelit yo bay Jewova yo+ 16 pou yo pa lakòz pèp la jwenn pinisyon poutèt moun nan pèp la vin koupab akoz yo manje bagay ki sakre yo. Mwen se Jewova, Sila a ki mete yo apa a.’”
17 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 18 “Pale ak Arawon ak pitit gason l yo ansanm ak tout Izrayelit yo, men sa w ap di yo: ‘Lè yon Izrayelit oswa yon etranje k ap viv ann Izrayèl ap ofri yon bèt kòm sakrifis pou yo boule nèt+ pou Jewova pou yon ve li te fè oswa kòm yon ofrann kè l pouse l fè+, 19 li dwe ofri yon bèt, yon mal, ki pa gen okenn domaj+, yon fason pou l ka jwenn favè Bondye. Se kapab yon towo bèf, yon jenn mal mouton oswa yon kabrit. 20 Nou pa dwe ofri yon bèt ki gen okenn domaj+, paske yon ofrann konsa pap pèmèt nou jwenn favè Bondye.
21 “‘Si yon moun ap ofri yon sakrifis kominyon*+ pou Jewova pou yon ve li fè oswa kòm yon ofrann kè l pouse l fè, li dwe ofri yon bèt ki pa gen okenn domaj pou l ka jwenn favè Bondye. Se kapab yon towo bèf, yon mouton oswa yon kabrit. Bèt la pa dwe gen okenn domaj. 22 Bèt l ap ofri a pa dwe avèg, li pa dwe gen zo kase, li pa dwe blese, li pa dwe gen ni boul sou kò l, ni maleng e l pa dwe gen maladi po. Nou pa dwe ofri Jewova yon bèt ki gen pwoblèm sa yo, ni nou pa dwe fè sakrifis ak bèt konsa sou lotèl la pou Jewova. 23 Nou ka ofri yon towo bèf oswa yon mouton ki gen yon pye l pi long oswa pi kout pase lòt yo kòm ofrann kè nou pouse nou fè, men Bondye pap aksepte pou nou ofri l yon bèt konsa pou yon ve nou te fè. 24 Nou pa dwe ofri Jewova yon bèt ki gen grenn li yo domaje oswa kraze oswa yon bèt ki chatre. Nou pa dwe ofri bèt konsa nan peyi nou an. 25 E nou pa dwe prezante okenn bèt konsa nou ta pran nan men yon etranje kòm manje pou nou bay Bondye nou an, paske bèt konsa gen domaj, yo pa bon. Bondye pap aksepte yo nan men nou.’”
26 Apre sa, Jewova di Moyiz: 27 “Lè yon ti bèf, yon ti mouton oswa yon ti kabrit fèt, nou dwe kite l bò kot manman l pandan sèt jou+, men apati uityèm jou a nou kapab ofri l kòm sakrifis yo boule nan dife pou Jewova, l ap aksepte l. 28 Nou pa dwe touye yon bèf oswa yon mouton menm jou n ap touye pitit li+.
29 “Lè n ap touye yon bèt kòm sakrifis pou nou di Jewova+ mèsi, nou dwe fè sa yon fason pou nou jwenn favè Bondye. 30 Nou dwe manje l jou nou touye l la. Nou pa dwe kite ladan l pou demen maten+. Mwen se Jewova.
31 “Nou dwe obeyi kòmandman mwen yo+. Mwen se Jewova. 32 Nou pa dwe sal non mwen ki sen+. Izrayelit yo+ dwe rekonèt mwen sen. Mwen se Jewova, Sila a ki mete nou apa a+, 33 Sila a ki te fè nou kite peyi Ejip la pou m ka vin Bondye nou+. Mwen se Jewova.”
23 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo e men sa w ap di yo: ‘Fèt Jewova mande nou pou nou selebre yo+ se jou espesyal pou nou tout reyini+ pou nou adore l. Nou dwe anonse fèt sa yo. Men fèt mwen ban nou pou nou selebre yo:
3 “‘N ap travay pandan sis jou, men, setyèm jou a se yon jou saba, yon jou pou nou repoze nou nèt+, pou nou reyini pou nou adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a. Se yon jou saba pou Jewova, kèlkeswa kote nou rete+.
4 “‘Men fèt Jewova mande pou nou selebre yo, yon seri fèt nou dwe anonse nan moman ki fikse pou yo a kote n ap reyini pou nou adore l: 5 Nan premye mwa a, nan 14yèm jou nan mwa a+, apre solèy la fin kouche, anvan l fin fè nwa*, n ap fete fèt Pak la+ pou Jewova.
6 “‘Nan 15yèm jou nan mwa a, n ap kòmanse fèt Pen san ledven an pou Jewova+. Nou dwe manje pen san ledven pandan sèt jou+. 7 Nan premye jou a, n ap reyini pou nou adore Bondye+. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a. 8 Men, pandan sèt jou yo, n ap ofri sakrifis yo boule nan dife pou Jewova. Nan setyèm jou a, n ap reyini pou nou adore l. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a.’”
9 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 10 “Pale ak Izrayelit yo e men sa w ap di yo: ‘Lè nou rive nan peyi m ap ban nou an e n ap rekòlte jaden nou, nou dwe pote yon pake nan premye danre+ nou rekòlte yo bay prèt la+. 11 Prèt la ap balanse l devan Jewova pou l ka chèche jwenn favè Bondye pou nou. Li dwe balanse l nan jou apre saba a. 12 Jou nou bay balanse pake danre a, nou dwe ofri yon ti mal mouton ki pa gen okenn domaj ki prèske gen ennan kòm sakrifis pou yo boule nèt pou Jewova. 13 N ap pote de dizyèm efa* farin bon kalite ki melanje ak luil kòm ofrann manje angren. Se ap yon ofrann yo boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. E n ap bay yon ka hin* diven kòm ofrann. 14 Nou pa dwe manje okenn grenn nou fèk rekòlte, ni grenn griye, e nou pa dwe fè okenn pen ak grenn nou fèk rekòlte yo pou nou manje, toutotan jou sa a poko rive, toutotan nou poko pote ofrann n ap bay Bondye nou an. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete.
15 “‘Nou dwe konte sèt saba. N ap kòmanse konte nan jou apre saba a, nan jou nou te pote pake danre kòm ofrann yo balanse yo+. Nou dwe konte sèt semèn konplè. 16 N ap konte rive nan jou apre setyèm saba a. Sa ap ban nou 50 jou+. Nan jou sa a, nou dwe pote yon lòt ofrann manje angren pou Jewova+. 17 N ap pote de pen sot lakay nou kòm ofrann pou yo balanse. N ap fè de pen sa yo ak de dizyèm efa farin bon kalite ansanm ak ledven+ epi n ap kuit yo kòm premye danre nou ofri Jewova+. 18 Anplis pen yo, n ap vin ak sèt ti mal mouton ki pa gen okenn domaj, ki gen ennan, ansanm ak yon ti towo bèf ak de mal mouton+. Y ap ofri yo kòm sakrifis yo boule nèt pou Jewova ansanm ak ofrann manje angren ak ofrann bwason ki mache avèk yo a. Y ap boule ofrann sa yo pou Jewova, e ofrann sa yo ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. 19 Epi, nou dwe ofri yon ti kabrit kòm sakrifis pou peche+ ansanm ak de ti mal mouton, ki gen ennan, kòm sakrifis kominyon*+. 20 Prèt la ap balanse yo kòm yon ofrann ki balanse devan Jewova ansanm ak de pen ki se ofrann premye danre nou rekòlte nan jaden nou yo. Bagay sa yo sakre nan je Jewova e se pou prèt la yo ye+. 21 Nan jou sa a, n ap fè yon anons+ pou nou reyini pou n adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn gwo travay nan jou sa a. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete.
22 “‘Lè n ap rekòlte jaden nou nan peyi a, nou pa dwe fin rekòlte tout sa ki toupre lizyè jaden nou an e nou pa dwe retounen al pran sa k rete dèyè+. Nou dwe kite yo pou moun ki pòv yo+ e pou etranje k ap viv nan mitan nou yo+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.’”
23 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 24 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nan setyèm mwa a, nan premye jou nan mwa a, nou dwe repoze nou nèt. Se yon jou nou dwe sonje e nou dwe anonse ak kout twonpèt+, yon jou pou nou reyini pou n adore Bondye. 25 Nou pa dwe fè okenn gwo travay, e nou dwe pote yon sakrifis pou nou boule nan dife pou Jewova.’”
26 Annapre, Jewova di Moyiz: 27 “Men, dizyèm jou nan setyèm mwa a se jou Pirifikasyon an+. Nou dwe reyini pou n adore Bondye, nou dwe montre nou* nan lapenn poutèt peche nou yo*+ e nou dwe ofri yon sakrifis pou yo boule nan dife pou Jewova. 28 Jou sa a, nou pa dwe fè okenn travay, paske se yon jou Pirifikasyon+, yon jou pou nou chèche jwenn padon pou peche nou devan Jewova, Bondye nou an. 29 Nenpòt moun* ki pa montre l nan lapenn* nan jou sa a, y ap retire* l nan mitan pèp la+. 30 E m ap touye kèlkeswa moun* nan pèp la ki fè nenpòt kalite travay nan jou sa a. 31 Nou pa dwe fè okenn travay nan jou sa a. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo kèlkeswa kote nou rete. 32 Se yon jou saba pou nou, yon jou pou nou repoze nou nèt. Nan nevyèm jou nan mwa a, nan aswè, nou dwe montre nou* nan lapenn pou peche nou yo+. Nou dwe obsève saba a soti solèy kouche nan jou sa a rive solèy kouche nan demen.”
33 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 34 “Men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nan 15yèm jou nan setyèm mwa a, n ap fete fèt Tonèl* yo pou Jewova. N ap selebre l pandan sèt jou+. 35 Premye jou a, nou dwe reyini pou nou adore Bondye e nou pa dwe fè okenn gwo travay. 36 N ap ofri Jewova sakrifis ki boule nan dife pandan sèt jou. Nan uityèm jou a, nou dwe reyini pou nou adore Bondye+ e nou dwe ofri Jewova yon sakrifis ki boule nan dife. Se yon rasanbleman espesyal pou nou adore Bondye. Nou pa dwe fè okenn gwo travay pandan jou sa a.
37 “‘Fèt sa yo se fèt Jewova mande+ pou nou anonse, pou nou reyini pou nou adore l+, pou nou ofri Jewova sakrifis ki boule nan dife: sakrifis ki boule nèt+, ofrann manje angren+ ki mache ak sakrifis la ak ofrann bwason+ selon sa nou dwe bay pou chak jou. 38 Nou dwe ofri yo bay Jewova anplis sa nou ofri pandan saba Jewova yo+, anplis kado nou yo+, ofrann nou bay pou yon ve nou fè+ ak ofrann kè nou pouse nou fè yo+. 39 Nan 15yèm jou nan setyèm mwa a, lè nou fin rekòlte tout sa peyi a pwodui, n ap selebre fèt la pou Jewova pandan sèt jou+. Premye jou a, nou dwe repoze nèt e uityèm jou a, nou dwe repoze nèt+. 40 Nan premye jou a, n ap pran fwi nan bèl pyebwa yo, fèy palmye+, branch pyebwa ki founi, ak branch pepliye ki nan vale a, e nou dwe rejwi+ devan Jewova, Bondye nou an, pandan sèt jou+. 41 N ap selebre fèt sa a pou Jewova pandan sèt jou nan ane a+. Se yon kòmandman nou dwe obeyi pandan lontan, ni nou menm ni desandan nou yo. Nou dwe selebre fèt sa a nan setyèm mwa a. 42 N ap abite anba tonèl pandan sèt jou+. Tout Izrayelit yo dwe abite anba tonèl, 43 yon fason pou jenerasyon ki vin apre nou yo ka konnen+ se anba tonèl mwen te fè Izrayelit yo rete lè m te fè yo sot nan peyi Ejip+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.’”
44 Konsa, Moyiz te fè Izrayelit yo konnen fèt Jewova mande pou yo selebre yo.
24 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Bay Izrayelit yo lòd pou yo pote bon luil pou lanp yo, luil ki fèt ak oliv yo bat, yon fason pou lanp yo ka toujou rete limen+. 3 Chak swa, Arawon ap limen lanp yo e l ap veye pou yo toujou rete limen devan Jewova pou jis nan maten, pa devan rido ki toupre lach alyans lan, anndan tant reyinyon an. Se yon kòmandman nou dwe toujou obeyi, jenerasyon apre jenerasyon. 4 L ap toujou met lanp yo nan plas yo devan Jewova sou pòtlanp lan+ ki fèt ak bon lò.
5 “W ap pran bon farin pou w fè 12 pen ki won e ki gen yon twou nan mitan yo. Chak pen ap fèt ak de dizyèm efa* farin. 6 W ap fè pen yo fè de pil, sis pen nan chak pil+. W ap mete yo devan Jewova sou tab la ki fèt ak bon lò+. 7 W ap met lansan blan sou chak pil pen, e se li y ap boule nan plas pen yo kòm yon echantiyon+ pou Jewova. 8 Chak saba, l ap ranje yo devan Jewova+. Se yon alyans mwen fè ak Izrayelit yo ki la pou lontan. 9 Y ap pou Arawon ak pitit gason l yo+, e y ap manje yo yon kote ki sakre+, paske se yon bagay ki sen anpil pou li ki sot nan ofrann ki boule nan dife pou Jewova yo. Se yon kòmandman yo dwe obeyi pandan lontan.”
10 Twouve, pitit gason yon fi Izrayelit te fè ak yon Ejipsyen+ te pran goumen ak yon lòt gason nan kan an ki te Izrayelit. 11 Pitit gason fi Izrayelit la te kòmanse derespekte Non an*, li te kòmanse pale l mal+. Sa yo fè, yo pran l, yo mennen l kot Moyiz+. Manman misye te rele Chelomit, pitit fi Dibri, moun tribi Dann. 12 Yo mete misye yon kote pou yo veye l annatandan Jewova di yo sa pou yo fè avè l+.
13 Apre sa, Jewova di Moyiz: 14 “Soti pa deyò kan an ak mesye ki te pale Bondye mal la. Tout moun ki te tande l yo dwe met men sou tèt li, epi, tout pèp la ap kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. 15 Apre sa, men sa w ap di Izrayelit yo: ‘Nenpòt moun ki pale Bondye mal dwe peye pou peche l fè a. 16 San mank, yo dwe touye moun sa a ki derespekte non Jewova. Tout pèp la dwe kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. Kit se yon etranje k ap viv nan mitan nou, kit se yon Izrayelit, nou dwe touye l depi l derespekte non Bondye.
17 “‘Si yon moun touye yon moun*, yo dwe touye moun sa a tou san mank+. 18 Si yon moun frape yon bèt ki pa pou li e li touye l*, li dwe remèt bèt la. Se vi pou vi*. 19 Si yon moun blese yon pwochen l, yo dwe fè l menm sa li fè pwochen l lan+. 20 Zo kase pou zo kase, je pou je, dan pou dan. Sa li fè pwochen l lan, se sa y ap fè l tou+. 21 Yon moun ki frape yon bèt ki pa pou li e ki touye l dwe remèt bèt la+, men yon moun ki frape yon moun e ki touye l, se touye yo dwe touye l+.
22 “‘Se menm lwa a k ap genyen pou nou tout, kit se pou yon etranje k ap viv nan mitan nou kit se pou yon Izrayelit+, paske mwen se Jewova, Bondye nou an.’”
23 Apre sa, Moyiz pale ak Izrayelit yo e yo soti pa deyò kan an ak mesye ki te derespekte Bondye a, yo kalonnen l ak kout wòch jiskaske l mouri+. Konsa, Izrayelit yo te fè egzakteman sa Jewova te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
25 Annapre, Jewova pale ak Moyiz sou Mòn Sinayi a, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo e men sa w ap di yo: ‘Lè nou rive nan peyi m ap ban nou an+, nou dwe bay tè a yon repo pou nou ka obsève yon saba pou Jewova+. 3 Pandan sizan, n ap ka simen semans nan jaden nou, n ap ka taye branch pye rezen nou yo e n ap ka rekòlte sa tè a pwodui+. 4 Men, setyèm ane a, nou dwe kite tè a repoze nèt. Se yon saba pou Jewova. Nou pa dwe simen okenn semans nan jaden nou, ni nou pa dwe taye branch pye rezen nou yo. 5 Nou pa dwe rekòlte sa nou jwenn ki te grandi poukont yo nan jaden nou grasa grenn ki te tonbe nan dènye rekòt la. Nou pa dwe rekòlte grap rezen ki te rete sou pye rezen nou pa t taye branch yo. Tè a dwe repoze nèt pandan yon ane. 6 Men, n ap ka pran nan manje tè a bay pandan tan l ap repoze a pou nou manje. Ni nou menm, ni esklav gason, ni esklav fi, ni moun nou peye pou travay pou nou, ni etranje k ap viv nan mitan nou ka pran ladan l pou yo manje, 7 ni bèt nou genyen yo, ni bèt nan bwa ki nan peyi a ka manje ladan l. N ap ka manje tout sa tè a pwodui.
8 “‘Nou dwe konte sèt ane saba, sèt fwa sèt ane, konsa, peryòd sèt ane saba yo ap bay 49 ane. 9 Lè sa a, nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nan jou Pirifikasyon an+, n ap sonnen kòn byen fò. Nou dwe sonnen kòn nan yon fason pou tout moun nan peyi a tande. 10 Nou dwe konsidere 50yèm ane a kòm yon ane ki sen e nou dwe fè tout moun k ap viv nan peyi a+ konnen lè liberasyon an rive. Se ap yon ane Liberasyon pou nou. Nou chak* dwe tounen sou tè nou e nou chak dwe tounen al jwenn fanmi nou+. 11 Wi, 50yèm ane a ap yon ane Liberasyon pou nou. Nou pap simen semans nan jaden nou e nou pap rekòlte sa nou jwenn ki te grandi poukont yo nan jaden nou grasa grenn ki te tonbe nan dènye rekòt la, ni nou pa dwe rekòlte rezen ki nan pye rezen nou pa t taye yo+. 12 Paske, se yon ane Liberasyon. Nou dwe konsidere l kòm yon bagay ki sakre. Se sèlman sa peyi a pwodui poukont li n ap kapab manje+.
13 “‘Nan ane Liberasyon an, chak moun dwe tounen sou tè l+. 14 Si n ap vann yon pwochen nou yon bagay, oswa si n ap achte yon bagay nan men l, youn pa dwe eksplwate lòt+. 15 Lè n ap achte yon tè nan men yon pwochen nou, nou dwe pran an konsiderasyon kantite ane ki pase depi ane Liberasyon an. Pri l ap vann nou tè a dwe koresponn ak kantite ane rekòt ki rete anvan pwochen ane Liberasyon an rive+. 16 Lè gen anpil ane ki rete, l ap ka monte pri l ap vann li an. Men, lè pa gen anpil ane ki rete, li dwe bese pri l ap vann li an, paske sa l ap vann nou an se kantite rekòt tè a ap bay. 17 Okenn nan nou pa dwe eksplwate pwochen li+, e nou dwe gen lakrentif pou Bondye+, paske mwen se Jewova, Bondye nou an+. 18 Depi nou obeyi kòmandman ak lwa m yo, n ap viv an sekirite nan peyi a+. 19 Tè a ap pwodui+, n ap ka manje vant plen e n ap ka viv an sekirite+.
20 “‘Men nou ka mande tèt nou: “Ki sa nou pral manje nan setyèm ane a si nou pa simen semans nan jaden nou e si nou pa ranmase rekòt nou yo+?” 21 Enben, m ap vide benediksyon sou nou nan sizyèm ane a. Konsa, peyi a ap bay ase rekòt pou twazan+. 22 Apre sa, n ap simen semans nan jaden nou nan uityèm ane a e n ap manje nan ansyen rekòt la rive jis nan nevyèm ane a. N ap manje nan ansyen rekòt la jiskaske sa nou plante yo donnen.
23 “‘Nou pa dwe vann yon tè pou toutan+, paske se pou mwen peyi a ye+. Pou mwen, nou se etranje k ap viv nan peyi a+. 24 Toupatou nan peyi nou pral genyen an, nou dwe bay yon moun ki vann yon tè dwa pou li reyachte tè li vann nan.
25 “‘Si gen yon moun nan pèp la ki vin pòv e li oblije vann yon pati nan tè li genyen, yon fanmi pre l ki gen dwa pou l reyachte tè a ap reyachte tè li te vann nan+. 26 Si yon moun pa gen fanmi pre pou reyachte tè a, men li ta vin rich e li vin gen ase mwayen pou li reyachte tè a, 27 li dwe kalkile ki kantite kòb rekòt ki pase depi li te vann tè a. Apre sa, l ap retire kantite kòb li jwenn nan nan pri li te vann tè a epi l ap bay moun li te vann tè a kantite kòb ki rete a. Konsa, tè a ap ka tounen pou li+.
28 “‘Men, si l pa gen mwayen pou l reyachte tè a, tè a ap ret nan men moun li te vann li an rive jis nan ane Liberasyon an+. L ap retounen pou li nan ane Liberasyon an+.
29 “‘Si yon moun vann yon kay nan yon vil ki gen mi ki bare l, l ap gen yon ane delè pou l reyachte kay la apre l fin vann li. Pandan tout yon ane, l ap gen dwa pou l reyachte+ kay la. 30 Men, si li kite tout ane a pase san li pa reyachte kay sa a ki nan yon vil ki gen mi ki bare l, kay la ap ret pou moun ki te achte l la nèt, jenerasyon apre jenerasyon. Moun nan pap gen pou l remèt kay la nan ane Liberasyon an. 31 Men, kanta kay ki nan bouk ki pa gen mi ki bare yo, yo dwe konsidere yo kòm yon pati nan jaden ki nan peyi a. Moun ki vann yon kay konsa ap toujou gen dwa pou l reyachte l, e moun yo te vann li an dwe remèt li kay la nan ane Liberasyon an.
32 “‘Kanta pou vil Levit yo ak kay ki nan vil ki pou Levit yo+, Levit yo ap toujou gen dwa pou yo reyachte yo. 33 Si yon Levit pa ka reyachte yon kay li te vann nan vil Levit yo, kay la ap retounen pou li nan ane Liberasyon an+, paske se kay ki nan vil Levit yo ki byen pa yo pami Izrayelit yo+. 34 Yon lòt bò, yo pa dwe vann tè+ ki toutotou vil Levit yo, paske tè sa yo se byen yo pou toutan.
35 “‘Si yon frè nou ki abite toupre nou vin pòv e li pa ka pran swen tèt li, nou dwe pran swen l+ menm jan nou ta fè sa pou yon etranje k ap viv nan mitan nou+, yon fason pou l ka rete vivan nan mitan nou. 36 Pa pran enterè nan men l, pa chèche fè kòb sou tèt li*+. Se pou nou gen lakrentif pou Bondye nou an+, e se pou frè nou an rete vivan nan mitan nou. 37 Nou pa dwe mande l bay enterè sou lajan n ap prete l+, ni nou pa dwe fè l peye pou manje nou ba li. 38 Mwen se Jewova, Bondye nou an, Sila a ki te fè nou soti nan peyi Ejip la+ pou m ban nou peyi Kanaran, pou m montre mwen se Bondye nou+.
39 “‘Si yon frè nou ki abite toupre nou vin pòv e li vann tèt li ban nou+, nou pa dwe fòse l travay tankou yon esklav+. 40 Se pou nou aji avè l tankou yon moun k ap travay pou lajan+, tankou yon etranje k ap viv nan mitan nou. L ap travay pou nou jiskaske ane Liberasyon an rive. 41 Lè sa a, l ap kite nou, ni li ni pitit* li, e l ap tounen nan fanmi l. L ap tounen sou tè zansèt li yo+. 42 Paske, Izrayelit yo se esklav mwen mwen te fè soti nan peyi Ejip+. Yo pa dwe vann tèt yo jan yo vann yon esklav. 43 Nou pa dwe maltrete l+, nou dwe gen lakrentif pou Bondye nou an+. 44 Men, gason ak fi k ap esklav nou yo dwe soti nan nasyon k ap viv toutotou nou yo. Se pami yo nou kapab achte yon gason oswa yon fi kòm esklav. 45 Epitou, nou ka achte esklav pami pitit etranje k ap viv nan mitan nou yo+, pami fanmi yo ki te fèt nan peyi nou an, e y ap vin byen pa nou. 46 N ap kite yo kòm eritaj pou pitit nou. Y ap byen pa yo pou toutan. Nou ka fè yo travay pou nou. Men, nou pa dwe maltrete Izrayelit yo ki se frè nou+.
47 “‘Men, si yon etranje k ap viv nan mitan nou vin rich, epi yon frè nou k ap viv bò kote l la vin pòv, e li vann tèt li bay etranje k ap viv nan mitan nou an, oswa bay yon moun ki nan fanmi etranje sa a, 48 l ap toujou kapab reyachte tèt li apre l fin vann tèt li a. Youn nan frè l yo ka reyachte l+, 49 yon tonton l oswa pitit tonton l ka reyachte l oswa nenpòt fanmi pre l ka reyachte l.
“‘Oubyen tou, si l vin rich, li ka reyachte tèt li+. 50 Li menm ak moun k ap achte l la ap konte kantite ane ki rete anvan ane Liberasyon an+ rive, e pri l ap vann tèt li a ap koresponn ak kantite ane sa a+. Pandan tan l ap travay ak moun nan, kantite kòb l ap touche pa jou a ap koresponn ak kantite kòb yo peye yon moun k ap travay pou lajan+. 51 Si gen anpil ane ki rete anvan ane Liberasyon an, kantite kòb l ap bay pou l reyachte tèt li a ap koresponn ak kantite ane ki rete yo. 52 Si se kèk ane sèlman ki rete anvan ane Liberasyon an, l ap konte kantite ane yo e l ap bay yon kantite kòb pou l reyachte tèt li ki koresponn ak kantite ane ki rete yo. 53 Se pou l kontinye sèvi mèt li ane apre ane tankou yon travayè k ap travay pou kòb li. Nou dwe veye pou mèt li pa maltrete l+. 54 Men, si l pa ka reyachte tèt li, selon kondisyon sa yo, l ap lib nan ane Liberasyon an+ e pitit* li yo prale avè l.
55 “‘Paske, Izrayelit yo se esklav mwen yo ye. Yo se esklav mwen mwen te fè soti nan peyi Ejip+. Mwen se Jewova, Bondye nou an.
26 “‘Nou pa dwe fè dye ki san valè+, ni imaj+, ni poto sakre ki fèt an wòch, e nou pa dwe mete yon estati ki fèt an wòch+ nan peyi nou an pou nou pwostène devan l+. Paske, mwen se Jewova, Bondye nou an. 2 Nou dwe obsève saba m yo e nou dwe gen respè* pou tabènak* mwen an. Mwen se Jewova.
3 “‘Si nou kontinye mache selon lwa ak kòmandman m yo, e si nou obeyi yo+, 4 m ap fè anpil lapli tonbe pou nou nan lè pou l tonbe+. Tè a ap bay rekòt+ e pyebwa ki nan jaden yo ap donnen. 5 N ap tèlman gen bèl rekòt, pandan n ap bat grenn yo toujou, sezon pou n rekòlte rezen an ap gentan rive sou nou. Nou pap ko fin rekòlte rezen yo, sezon pou n simen an ap gentan rive. N ap manje vant plen e n ap abite an sekirite nan peyi a+. 6 M ap mete lapè nan peyi a+ e n ap kouche san pèsonn pa fè nou tranble+. M ap retire bèt sovaj yo nan peyi a e okenn ènmi pap atake peyi a ak epe yo. 7 N ap kouri dèyè ènmi nou yo, e n ap touye yo ak epe nou. 8 Nou senk ap kouri dèyè 100 moun, e nou 100 ap kouri dèyè 10 000 moun. N ap touye ènmi nou yo ak kout epe+.
9 “‘M ap fè nou favè*, m ap fè nou gen anpil pitit, m ap fè nou vin anpil+. M ap kenbe alyans mwen fè avèk nou an+. 10 Pandan n ap manje manje tè a te bay ane anvan an, n ap oblije retire rès rekòt la nan depo nou yo pou n ka mete sa nou fèk rekòlte yo. 11 M ap mete tabènak mwen an nan mitan nou+ e mwen* pap rejte nou. 12 M ap mache nan mitan nou, m ap Bondye nou+, e nou menm bò kote pa nou, n ap pèp mwen+. 13 Mwen se Jewova, Bondye nou an, Sila a ki te fè nou soti nan peyi Ejip pou nou pa esklav Ejipsyen yo ankò e ki te kraze jouk ki te sou nou an pou m fè nou mache ak tèt nou byen dwat*.
14 “‘Men, si nou pa koute m oubyen si nou pa suiv tout kòmandman sa yo+, 15 si nou voye lwa m yo jete+, si nou* gen degoutans pou kòmandman m yo e sa fè nou pa obeyi yo, si nou pa respekte alyans mwen an+, 16 mwen menm, men sa m ap fè nou: m ap pini nou, m ap fè nou soufri, m ap lage tibèkiloz ak gwo lafyèv cho sou nou, m ap fè nou pa ka wè nan je nou e m ap fè nou* depafini. N ap simen nan jaden nou pou granmesi, paske ènmi nou yo ap manje sa jaden nou yo bay+. 17 M ap vire do ban nou, ènmi nou yo ap bat nou+, moun ki rayi nou yo ap toupizi nou+ e n ap pran kouri menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou+.
18 “‘Si malgre sa nou pa koute m, m ap oblije pini nou sèt fwa plis toujou pou peche nou yo. 19 M ap kraze ògèy nou, m ap fè nou sispann fè tèt di, m ap fè syèl la vin tankou fè*+ pou nou e m ap fè tè a vin tankou kuiv* pou nou. 20 N ap kraze kouraj nou pou granmesi, tè a pap bay anyen+ e pyebwa ki nan peyi a pap donnen.
21 “‘Si nou kontinye opoze avè m e nou refize koute m, m ap oblije frape nou sèt fwa plis toujou, selon peche nou fè yo. 22 M ap voye bèt sovaj ki nan savann yo nan mitan nou+, y ap touye pitit nou+, y ap devore bèt nou yo, y ap redui kantite moun ki gen nan pèp la, e wout nou yo ap vid+.
23 “‘Si malgre mwen fè nou tout bagay sa yo, nou pa korije+ e nou kontinye opoze avè m, 24 lè sa a, mwen menm tou, m ap opoze avèk nou, e m ap frape nou sèt fwa plis toujou pou peche nou yo. 25 M ap fè ènmi nou atake nou ak epe pou m pini nou poutèt nou pa kenbe alyans nou te fè avè m nan+. Si nou kouri al kache nan vil nou yo, m ap voye tout kalite maladi nan mitan nou+, e m ap lage nou nan men ènmi nou yo+. 26 Lè m fin detwi rezèv* pen*+ nou yo, dis fi ap ka kuit pen pou nou nan yon sèl fou e y ap peze+ kantite pen y ap ban nou an. N ap manje, men vant nou pap plen+.
27 “‘Si nou pa koute m malgre tout bagay sa yo e nou kontinye opoze avè m, 28 m ap opoze avèk nou pi rèd toujou+, m ap pini nou sèt fwa plis toujou pou peche nou yo. 29 Lè sa a, n ap manje chè pitit gason nou yo e n ap manje chè pitit fi nou yo+. 30 M ap detwi kote nou adore fo dye yo*+, m ap kraze lotèl kote nou boule lansan yo, m ap anpile kadav nou sou moso zidòl nou yo ki pa gen vi nan yo e ki bay degoutans*+. M ap* vire do ban nou paske nou ban m degoutans+. 31 M ap livre vil nou yo bay ènmi nou yo pou yo detwi yo+, m ap fè tout kote nou konn adore fo dye yo vin vid, e mwen pap pran plezi nan bon sant sakrifis nou yo ap bay. 32 M ap fè peyi nou an vin vid+ e ènmi nou yo ki pral rete nan peyi a ap sezi wè sa m fè peyi a+. 33 M ap gaye nou nan mitan nasyon yo+ e m ap fè ènmi nou yo atake nou+ ak epe yo. Peyi nou an ap vin vid+ e vil nou yo ap kraze nèt.
34 “‘Lè sa a, peyi a pral peye saba li dwe yo pandan tout tan l ap ret vid la, pandan tout tan n ap nan peyi ènmi nou yo. Lè sa a, tè a ap pran repo* pou l ka peye saba l yo+. 35 Pandan tout tan peyi nou an ap ret vid la, l ap pran repo, paske lè nou t ap viv nan peyi a, nou pa t obeyi lwa konsènan saba a e nou pa t kite tè a repoze.
36 “‘Kanta pou moun ki pa mouri yo+, m ap fè yo viv ak kè sote nan peyi ènmi yo. Ata bri yon fèy bwa van ap pote ap fè yo kouri. Y ap kouri tankou moun ki gen moun k ap kouri dèyè yo ak epe, menm tonbe y ap tonbe alòske pap gen pèsonn k ap kouri dèyè yo+. 37 Y ap tonbe youn sou lòt menm jan ak moun ki tonbe pandan y ap kouri pou yo pa pran kout epe, alòske pap gen pèsonn k ap kouri dèyè yo. Nou pap ka kenbe tèt ak ènmi nou yo+. 38 N ap peri nan mitan nasyon kote n ap ye yo+, e peyi ènmi nou yo ap devore nou. 39 Moun ki chape pami nou yo ap fin depafini nan peyi ènmi nou yo+ akoz fot nou te fè. Wi, y ap depafini akoz fot zansèt yo te fè+. 40 Lè sa a, y ap konfese fot yo fè yo+ ak aksyon zansèt yo te fè yo ki montre yo pa fidèl devan m, e y ap rekonèt yo te aji yon fason ki pa fidèl lè yo te opoze avè m nan+, 41 sa ki te fè m opoze avèk yo+ e ki te fè m mennen yo nan peyi ènmi yo+.
“‘Konsa, petèt y ap sispann fè tèt di e y ap soumèt devan m+. Y ap peye pou fot yo fè yo. 42 E m ap sonje alyans mwen te fè ak Jakòb la+ ak alyans mwen te fè ak Izarak la+. M ap sonje alyans mwen te fè ak Abraram nan+ e m ap sonje peyi a. 43 Pandan pèp Izrayèl la pa nan peyi a, peyi a ap peye saba l yo+ e l ap ret vid. Yo menm y ap peye pou fot yo te fè paske yo te rejte lwa m yo e paske yo* te gen degoutans pou kòmandman m yo+. 44 Men, malgre tout bagay sa yo, pandan yo nan peyi ènmi yo, mwen pap janm rejte yo nèt+, ni mwen pap kite yo elimine yo nèt, paske sa t ap fè m pa respekte alyans mwen fè+ avèk yo a. Mwen se Jewova, Bondye yo a. 45 M ap sonje alyans mwen te fè ak zansèt yo+ pou byen yo, yo menm mwen te fè soti nan peyi Ejip devan je nasyon yo+ pou m ka vin Bondye yo. Mwen se Jewova.’”
46 Se lòd sa yo, kòmandman sa yo ak lwa sa yo Jewova te sèvi ak Moyiz pou l bay Izrayelit yo sou Mòn Sinayi a+.
27 Jewova kontinye pale ak Moyiz, li di l: 2 “Pale ak Izrayelit yo epi di yo: ‘Si yon moun fè yon ve espesyal+ pou l ofri Jewova yon moun*, sa vle di, pou l bay yon kantite lajan yo fikse davans pou moun* nan, 3 l ap bay 50 chekèl* ajan, dapre chekèl ki nan kote ki sakre a*, si moun nan se yon gason ki gen ant 20 an ak 60 an. 4 Men, si se yon fi, l ap bay 30 chekèl. 5 Si se yon gason ki gen ant 5 an ak 20 an, l ap bay 20 chekèl, men si se yon fi ki gen menm laj la, l ap bay 10 chekèl. 6 Si se yon tigason ki gen ant yon mwa ak senkan, l ap bay senk chekèl ajan, men, si se yon tifi, l ap bay twa chekèl ajan.
7 “‘Si moun nan gen 60 an oswa plis, l ap bay 15 chekèl pou li si se yon gason, men, si se yon fi, l ap bay 10 chekèl pou li. 8 Si li twò pòv pou l bay kantite lajan yo mande a+, moun l ap bay la ap kanpe devan prèt la e prèt la ap di ki kantite lajan pou l bay pou li. Kantite lajan prèt la ap mande pou moun nan ap depann de sa moun ki fè ve a ka peye+.
9 “‘Si moun nan fè ve pou l bay yon bèt yo ka ofri Jewova, kèlkeswa bèt li ofri a, bèt sa a ap apa pou Jewova. 10 Moun nan pap ka ranplase l ak yon lòt bèt ki pi bon pase l oswa ki pi mal pase l. Si l ta bay yon lòt bèt nan plas li, ni premye bèt la, ni dezyèm nan ap vin sakre. 11 Si li ofri yon bèt ki pa pwòp+, yon bèt yo pa ka ofri Jewova kòm sakrifis, l ap met bèt la kanpe devan prèt la. 12 Epi, prèt la ap fè konnen ki pri bèt la vo selon jan l wè bèt la. Se kantite lajan prèt la di bèt la vo a k ap pri bèt la. 13 Si moun nan vle reyachte bèt la, li dwe bay kantite lajan prèt la di bèt la vo a plis 20 pousan kantite lajan sa a+.
14 “‘Si yon moun ta mete kay li apa pou Jewova kòm yon bagay ki sakre, prèt la ap detèmine valè kay la selon jan l wè kay la. Se kantite lajan prèt la di kay la vo a k ap pri kay la+. 15 Men, si moun ki met kay li apa pou Bondye a ta vle reyachte kay la, li dwe bay kantite lajan prèt la te di kay la vo a plis 20 pousan kantite lajan sa a, epi kay la ap vin pou li ankò.
16 “‘Si yon moun met yon moso tè nan tè li fè jaden apa pou Jewova, prèt la ap fè konnen ki pri moso tè a vo selon kantite grenn semans yo kapab simen ladan l. Si yo ka simen yon homè* lòj* ladan l, l ap vo 50 chekèl ajan. 17 Si se nan ane Liberasyon an+ li met moso tè a apa pou Bondye, kantite lajan prèt la di li vo a pap chanje. 18 Men, si se apre ane Liberasyon an li met moso tè a apa pou Bondye, prèt la ap kalkile pri tè a pou li selon kantite ane ki rete anvan pwochen ane Liberasyon an e l ap diminye sou valè l ap di tè a vo+. 19 Si moun ki met moso tè a apa pou Bondye a ta vle reyachte moso tè a, li dwe bay kantite lajan prèt la di tè a vo a plis 20 pousan kantite lajan sa a, epi tè a ap ret pou li. 20 Men, si li pa reyachte moso tè a, e yo vann yon lòt moun tè a, li pap ka reyachte l ankò. 21 Lè yo remèt tè a nan ane Liberasyon an, l ap vin yon bagay ki sakre pou Jewova, yon tè ki apa pou li. Moso tè sa a ap vin pou prèt yo+.
22 “‘Si moso tè li met apa pou Jewova a se pa yon tè fanmi l te kite pou li, men se yon moso tè li te achte+, 23 prèt la ap kalkile ki kantite lajan tè a vo selon kantite ane ki rete anvan pwochen ane Liberasyon an, e moun nan ap bay lajan an menm jou a+. Se yon bagay ki sakre pou Jewova. 24 Nan ane Liberasyon an, tè a ap tounen pou moun li te achte l nan men l lan, moun ki mèt tè a+.
25 “‘Y ap detèmine kantite lajan bagay yo vo dapre chekèl ki nan kote ki sakre a. Yon chekèl egal 20 gera*.
26 “‘Pèsonn pa dwe mete premye pitit yon bèt apa pou Jewova, paske antanke premye pitit yo deja apa pou li+. Kit se yon towo bèf, kit se yon mouton, li deja pou Jewova+. 27 Si se yon bèt ki pa pwòp e li reyachte l pou kantite lajan li vo a, li dwe met 20 pousan sou kantite lajan an+. Men, si li pa reyachte l, y ap vann bèt la pou kantite lajan li vo a.
28 “‘Tout sa yon moun mete apa nèt* pou Jewova nan sa li posede, li pa ka ni vann li ni reyachte l, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se yon tè. Kèlkeswa sa li met apa nèt la, li sakre pou Jewova+. 29 Mete sou sa, yo pa ka bay yon ranson pou okenn moun ki kondane amò+. Se pou yo touye l san mank+.
30 “‘Chak dizyèm*+ nan sa tè a pwodui, kit se rekòt nan jaden, kit se fwi pyebwa yo bay, se pou Jewova yo ye. Se yon bagay ki apa pou Jewova. 31 Si yon moun vle reyachte nenpòt sa l ap bay kòm dizyèm, se pou l bay kantite lajan bagay la vo a plis 20 pousan kantite lajan sa a. 32 Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit oswa mouton ki pase anba baton gadò bèt la, gadò a ap met dizyèm bèt* la apa pou Jewova. 33 Li pa dwe gade bèt la pou l wè si l bon oswa si l pa bon, ni li pa dwe bay yon lòt nan plas li. Si l eseye bay yon lòt nan plas li, y ap met ni premye a, ni sa l ap bay nan plas li a apa pou Bondye+. Li pap ka reyachte l.’”
34 Se kòmandman sa yo Jewova te bay Moyiz sou Mòn Sinayi pou Izrayelit yo+.
Lit.: “pitit gason Izrayèl yo”.
Oswa: “grès ki antoure ren yo”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “grès ki antoure ren yo”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “yon nanm”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Lit.: “siwo myèl”. Sanble se te siwo ki te fèt ak fig frans oswa ak lòt fwi oubyen se te ji fwi.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “se zepi ki vèt”.
Oswa: “yon sakrifis li bay kòm ofrann lapè”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Lit.: “pen”, sa vle di kòm pòsyon nan sakrifis kominyon an ki pou Bondye.
Lit.: “pen”, sa vle di kòm pòsyon nan sakrifis kominyon an ki pou Bondye.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “ofrann lapè a”.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “tande yon vwa k ap bay madichon”. Petèt se te yon anons kote yo te bay moun ki te fè peche a madichon oubyen yo te anonse malè ki t ap rive yon moun ki te wè sa moun nan te fè a e ki pa vin temwaye.
Oswa: “nanm”.
Mo ebre a gen rapò ak ti bèt ki viv an gwoup ki gen zèl, ki viv nan dlo, oswa ki mache sou tè.
Oswa: “nanm”.
Sanble se paske moun nan pa respekte pawòl li.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “nanm”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “sann ki gra yo”. Sa vle di sann ki gen grès sakrifis yo te fè yo.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “touche ofrann yo”.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Se yon pòch bwode ki te sou lestomak gran prèt la. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “li mete kouwòn sakre a”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “grès ki antoure ren yo”.
Oswa: “ki kalme Bondye”. Lit.: “ki bay Bondye repo”.
Oswa: “ki te kalme Bondye”. Lit.: “ki te bay Bondye repo”.
Lit.: “Pou nou plen men nou”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Se yon bèt ki sanble ak yon gwo lapen san ke e ki viv nan zòn ki gen mas wòch.
Se yon bèt ki sanble ak lapen, men ki pi gwo e ki gen zòrèy li ak pye l ki pi long.
Oswa: “nanm”.
Se yon bèt ki sanble ak zwa, men ki pi gwo.
Se yon zwazo ki gwosè yon jenn pijon.
Oswa: “tout ensèk”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “po chè li”.
Mo ebre lè yo tradui l yo mete “lèp” pou li a se yon mo ki gen plizyè sans e ki ka gen rapò ak plizyè maladi po ki trapan. Li kapab gen rapò tou ak kèk bagay ki kontamine rad ak kay.
Oswa: “maladi a”.
Oswa: “yon dezyèm fwa”.
Oswa: “moun nan pa ka bay maladi a”.
Lit.: “po chè li”.
Sa vle di zwazo yo ka ofri Bondye kòm sakrifis. Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “anviwon de gwo mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “yon boutèy”. Yon lòg egal 0,31 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “anviwon twa ti mamit edmi”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Lit.: “pirifye kay la anba peche”.
Lit.: “pirifye kay la anba peche”.
Lit.: “nan chè li”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “kouvri chè l ki parèt”.
Petèt, sa vle di: “Kabrit ki disparèt la”.
Oswa: “moun ki te pare ap tann nan”.
Oswa: “nanm nou”.
An jeneral, moun yo te “montre yo nan lapenn poutèt peche yo”, sa vle di yo te sispann fè kèk bagay pou yo montre yo nye tèt yo. Pa egzanp, yo te konn rete san manje.
Oswa: “nanm nou”.
Lit.: “e yo plen men l”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “touye”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Lit.: “bay kabrit yo”.
Oswa: “sa ki fè yo aji tankou pwostitye nan adorasyon y ap ban mwen”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm nan”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “Okenn nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm nan”.
Oswa: “nanm nan”.
Oswa: “touye l”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “mete l toutouni”. Se ekspresyon sa a ki te nan vèsè sa a ak vèsè ki apre yo.
Oswa: “ki dwe fè w wont; ki endesan”.
Oswa: “madanm konpayon”.
Oswa: “Ou pa dwe sakrifye pitit ou oswa pitit pitit ou bay Molèk”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “tout nanm”.
Lit.: “gen krentif pou”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “moun ki nan mizè”.
Se kapab tou: “Nou pa dwe rete san n pa fè anyen lè lavi pwochen nou an danje”.
Oswa: “bay yon ranson”.
Sanble y ap pale la a de kèk bagay moun lòt pèp yo te konn fè. Sa pa t vle di Izrayelit yo pa t ka koupe pwent bab yo menm.
Oswa: “nanm”. La a, mo ebre a, nèfèch, gen rapò ak yon moun ki mouri.
Lit.: “krentif”.
Oswa: “ak bon mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “ak bon veso pou mezire likid”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “touye”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “e ki aji tankou pwostitye nan adorasyon l ap ban mwen”.
Lit.: “tout moun ki met ansanm avèk li pou y al nan relasyon imoral ak Molèk”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “aji tankou pwostitye nan adorasyon l ap ban mwen”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “touye”.
Lit.: “mete papa l toutouni”.
Oswa: “ki dwe fè l wont; ki endesan”.
Oswa: “touye”.
Lit.: “mete sè l la toutouni”.
Oswa: “touye”.
Lit.: “mete tonton l toutouni”.
Lit.: “mete frè l la toutouni”.
Oswa: “pou nanm nou”.
Oswa: “ki gen yon espri avè l ki fè l anonse sa k pral rive”.
Oswa: “nanm”.
Lit.: “e yo te plen men l”.
Oswa: “okenn nanm ki mouri”. La a, mo ebre a, nèfèch, makònen ak yon lòt mo ebre ki gen sans “mouri”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “desandans”. Lit.: “semans”.
Lit.: “semans ou”.
Lit.: “ki gen nen l fann”.
Se kapab tou: “yon moun ki chèch anpil”.
Lit.: “semans”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “Nanm”.
Lit.: “Okenn etranje”, anpalan de yon gason ki pa nan fanmi Arawon.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “marye ak yon etranje”.
Lit.: “okenn etranje”, anpalan de yon gason ki pa nan fanmi Arawon.
Oswa: “ofrann lapè”.
Lit.: “ant de swa yo”.
Oswa: “anviwon sèt ti mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “anviwon yon lit”. Yon hin egal 3,67 lit. Gade Apendis B14.
Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “nanm nou”.
An jeneral, moun yo te “montre yo nan lapenn pou peche yo”, sa vle di yo te sispann fè kèk bagay pou yo montre yo nye tèt yo. Pa egzanp, yo te konn rete san manje.
Oswa: “nanm”.
Se kapab tou: “ki pa ret san manje”.
Oswa: “touye”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “Abri yo te fè pou yon ti tan”.
Oswa: “anviwon sèt ti mamit”. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Anpalan de non Bondye, Jewova, jan vèsè 15 ak vèsè 16 la montre sa.
Oswa: “frape nanm yon moun jis li mouri”.
Oswa: “frape nanm yon bèt jis li mouri”.
Oswa: “nanm pou nanm”.
Anpalan de tout gason ak fi ki esklav pami nou.
Oswa: “pa ba l ponya”.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “pitit gason”.
Lit.: “lakrentif”.
Gade Lis mo yo esplike yo.
Lit.: “M ap vire gade nou”.
Oswa: “nanm mwen”.
Lit.: “fè nou mache dwat”.
Oswa: “nanm nou”.
Oswa: “nanm nou”.
Sa vle di lapli pap tonbe.
Sa vle di tè a ap vin sèk akoz lapli pa tonbe.
Lit.: “baton”. Petèt y ap pale de baton yo te itilize pou yo stoke pen yo.
Oswa: “manje”.
Lit.: “kote nou genyen ki wo yo”.
Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.
Oswa: “Nanm mwen ap”.
Oswa: “obsève saba”.
Oswa: “nanm yo”.
Oswa: “nanm”.
Oswa: “nanm”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “dapre chekèl sakre a”.
Oswa: “anviwon 72 gwo mamit”. Yon homè egal 220 lit. Gade Apendis B14.
Se yon kalite manje angren.
Yon gera egal 0,57 g. Gade Apendis B14.
Oswa: “mete apa pou destriksyon”.
Oswa: “ladim”.
Oswa: “tèt”.